Learn Haitian Creole: Gad poukisa Madan Bicha ap kriye

If you are learning Haitian Creole, you probably have searched the Internet for videos where you can hear Haitian people speak. While many of these videos can be found, they often do not have any subtitles at all, which can make learning the language more difficult.

In order to address this issue, I present to you the transcript of a video in Haitian creole. It comes from a Haitian comedian named Tonton Bicha and the video is titled Gad poukisa Madan Bicha ap kriye. I hope you enjoy it!

Watch the video

Transcript of the video

This transcript has been edited for clarity.

Speaker 1: Yon bèl book sa a, Alexandrie!

Speaker 2: Bicha, ou pa janm pa sou lekti, prete m telefòn ou an, kou kwizin nan pral kòmanse la men telefòn nan mouri. M pap gentan pou m chaje pa m nan.

Speaker 1: Eben l mouri se “O non di Pè e di Fis e di Sentespri … resisite!”

Speaker 2: Bicha, kou a ap kòmanse nan 2 segond, ou ka prete m telefòn pou m gade bagay la?

Speaker 1: Fasil!

Speaker 2: Ou konn telefòn ou toujou gen kòd sou li epi ou just ban mwen l konsa.

Speaker 1: Pa fasil! Epi telefòn nan gen dwa gen kòd. Sa w genyen w ap gade a?

Speaker 2: Epi sa m genyen m pa ka gade a, Bicha.

Speaker 1: Hein?

Speaker 2: E sa m genyen, bon ou konn kòd pa telefòn mwen epi m pa ka konn kòd pa w la.

Speaker 1: Chak moun gen serye pa yo.

Speaker 2: Epi pou kisa ou oblije met yon kòd long konsa, Bicha.

Speaker 1: Paske se yon kòd batiman l ye!

Speaker 2: Chak moun gen serye, ou tèlman pa serye, ou toujou nan kachèt.

Speaker 1: Eh, sou YouTube ou prale?

Speaker 2: Non Bicha sou zoom, kou kwizin m pran Chak Madi a.

Speaker 1: An, sou zoom! Eben ou mèt al zoomer. Rete nan sal kwizin nan wi sèlman!

Speaker 2: M al nan sa m vle, Bicha.

Speaker 1: M mete liv la tèt anba.

Speaker 2: gade, delete mesag, gade. Oh, epa l gen foto tou. Hmm, banm gad foto. Oh, epa gen foto kilòt tou, fi toutouni! Gade, ou wè? Bicha mete kòd sou tout mesaj sou telefòn li.

(Someoneone knocks on the door)

Speaker 1: Yeah. Eh, baz la rive! Haha!

Speaker 3: Granmoun nan!

Speaker 1: [Inaudible]

Speaker 3: M pa wèw non!

Speaker 4: Men granmoun nan. Granmoun, ou la? Sak gen la?

Speaker 5: Men Bicha, men Bicha!

Speaker 1: men chèf la! Haha! Koman nou ye la?

Speaker 4: M mèt chita?

Speaker 3: Nou anfòm. Sak pase?

Speaker 1: Nou mèt chita, se mèt kay nou ye.

Speaker 4: M chita.

Speaker 1: Bon ti mesye, dat tan sa nou pa janm vini.

Speaker 3: Monchè, nou te kanpe nan yon lòt baz.

Speaker 1: Jodia, nou pral bwè kleren nèt!

Speaker 3: Ah monchè!

Speaker 1: Jiska [inaudible]

Speaker 3 or 4: Oh wi, ah m pare men menm!

Speaker 1: Men nèg k ap kondwi p ap bwè.

Speaker 5: Non, mwen m pa ladan l.

Speaker 3 or 4: Mysye se manje li manje.

Speaker 5: Se manje m ka manje, se manje m manje.

Speaker 2: Hmm! Gason! Gad Bicha ki di m li chanje, li pa nan bagay sa yo ankò. (Cries)

Speaker 3: Granmoun sa k ap fèt?

Speaker 1: Eben nou la, nou poze.

Speaker 3: M voye yon bagay pou ou.

Speaker 1: Mm-hmm.

Speaker 3: bagay funny, m voye yon bagay funny sou telefòn ou zanmi m.

Speaker 4: Cheke telefòn ou, w ap wè l!

Speaker 3: Cheke telefòn ou monchè!

Speaker 5: Tcheke pou wè…

Speaker 1: Eh! Talè, telefòn mwen nan men mèt la wi papa.

Speaker 3: Ki mèt?

Speaker 1: Eben, la madam.

Speaker 4: Ou menm Bicha!

Speaker 5: Bicha nan problem.

Speaker 4: Telefòn ou nan men madanm ou, jan w vagabon!

Speaker 3: Shh! Fon bese vwa nou, l ap tande.

Speaker 1: Li pran telefòn nan pou l al gade kou kwizin, online, e li k savwa.

Speaker 3: [inaudible]

Speaker 1: Ou pa wè m tèt frèt.

Speaker 3: Mesye, gad Bicha mesye!

Speaker 2: Bicha di m li pa nan anyen ak tifi a… Oh my God! Bicha, ou pa chanje, manman m pale m pou m pa tounen ak Bicha ankò.

Speaker 1: E m konnen telefòn nan lou pase pwa senkant!

Speaker 3, 4: Haha!

Speaker 5: Oh! Se pa kriye m wè madanm ou ap kriye la, Bicha?

Speaker 3 or 4: Oh-oh, kriye wi.

Speaker 1: M pa kwè se kriye, talè, se nan kou kwizin l ale online. Depi wè dlo ap sot nan je l konsa, sa vle di yo fenk rive nan pati koupe zonyon an!

Speaker 1,3,4 and 5: Haha! Haha! Haha!

Speaker 2: (She cries.)