Apprenez le créole haïtien : Bicha volè menaj jeff

Si vous apprenez le créole haïtien, vous avez probablement cherché sur Internet des vidéos dans lesquelles on peut entendre des Haïtiens parler. Bien que plusieurs vidéos de ce genre soient disponibles, elles sont rarement accompagnées de sous-titres, ce qui peut rendre l’apprentissage de la langue plus difficile.

Afin de corriger ce problème, je vous présente une transcription en créole d’une vidéo. Celle-ci provient d’un comédien haïtien qui s’appelle Tonton Bicha et la vidéo est intitulée Bicha jwenn yon vye kraze. Bon visionnement !

Voir la vidéo

Transcription de la vidéo

Cette transcription a été révisée à des fins de clarté.

Speaker 1 (Tonton Bicha): Anh Jeff, ou la, ou rive

Speaker 2 (Jeff): Haha, granmoun m fenk rive la

Speaker 1: Eben ok, Jeff men tande menm si w ta parèt ou wè yon pakèt moun ti jèn lòtbò a, ou pa bezwen enkyete w pa pran sa pou anyen, o contraire pitit gasonm nan lòtbò a « Daniel » epi li toujou ale se yon pakèt nan yo, yo tout wap wè moun Okap yo tout ye.

Speaker 2: Wi, li di m sa, li di m sa. M pa gen pwoblèm avèk zanmi gason depi moun nan respekte tèt li, m paka gen yon pwoblèm avèk sa. Èske ou konprann? Talè w tande moun nan pral nan zanmi fi epi tripotay, zen, bagay. Menm zanmi fi sa ankò ap mennen l bay gason tou brother.

Speaker 1: W ap kontan, men bon moun bon moun, wap renmen janl ye a, bon timoun respektèz.

Speaker 2: Bicha, Bicha ou konnen se premye fwa m pral fè ti bagay ak fanm Okap, yo gon mès yo di souse tetan’m, map souse tetan! Haha! M rive, m rive, m rive. 122, m rive

Speaker 1: Eben ok, pa gen pwoblem, ou rive la, eben ok frèm.

Speaker 2: Eben ok.

Speaker 2: O! Frè m, sa kap fèt la?

Speaker 3: M anfòm. Sa kap fèt?

Speaker 2: M anfòm. Adelia pa la?

Speaker 3: Adelia la. Kiyès ou ye?

Speaker 2: Jeff, Jeff

Speaker 3: O!, Jeff sak gen la zanmi m

Speaker 2: Anfòw wi frè pa m

Speaker 3: So ou te bezwen l

Speaker 2: Wi ou mèt di Jeff

Speaker 3: M pral jere.. an atandan, ou pap chita? Ou mèt chita.

Speaker 2: Non, m anfòm, m anfòm.

Speaker 3: Ou pa p bwè anyen tou?

Speaker 2: Non, m anfòm. Aprè, after.

Speaker 3: Eben ok, m pral rele l pou ou. M pral jerew zanmi m

Speaker 2: Wi. Frè pa m.

Speaker 3: Adelia, Jeff la

Speaker 4 (Adelia): Jeff cheri

Speaker 2: O!, baby

Speaker 4: Ou wè misye, se mari konzin mwen. Sa k te gen la? Koman w fè vin anreta konsa?

Speaker 2: Baby, m anreta

Speaker 4: Te gon gwo jwèt boutèy la, ou vini twò ta

Speaker 2: O, wow

Speaker 4: Baby, vini vini

Speaker 2: Men Bicha pa pale avèw ?

Speaker 4: Bicha? Li te rele m wi, li di m ou te gen pou vini la men m panse ou tap gentan vini o contraire li te gen pou l vin la tou

Speaker 2: Non, m te di fòm te pale avèw anfas

Speaker 4: Eben vini, an al chita, an al pale

Speaker 2: M pap kapab Adelia, m pap kapab, Adelia, Adelia m pap kapab

Speaker 4: Jeff?

Speaker 1: Sak pran misye la? M potko menm fini menm.