Si vous apprenez le créole haïtien, vous avez probablement cherché sur Internet des vidéos dans lesquelles on peut entendre des Haïtiens parler. Bien que plusieurs vidéos de ce genre soient disponibles, elles sont rarement accompagnées de sous-titres, ce qui peut rendre l’apprentissage de la langue plus difficile.
Afin de corriger ce problème, je vous présente une transcription en créole d’une vidéo. Celle-ci provient d’un comédien haïtien qui s’appelle Tonton Bicha et la vidéo est intitulée Bicha jwenn yon vye kraze. Bon visionnement !
Voir la vidéo
Transcription de la vidéo
Cette transcription a été révisée à des fins de clarté.
Speaker 1: Ou konnen, m di w m pa genyen. Si m te genyen m t ap di w ke m genyen. M pa tap ka kache w sa, lajan se papye m diw m pa genyen. Fò w klè lè m pale avè w, m di w non. Gade, tonnè Kris boul.. non se pou te kite m sèmante. M di w non, I don’t genyen. Ah! Cheri, m di w m pa genyen. Si m te genyen m t ap jere sa a. Aktyèlman la, m blanch kon kòton, pòch mwen anemi. Okay. My pòch is very sexy, you know what I’m saying. M di w m pa genyen, I don’t genyen. M pa genyen!!!
Speaker 1: O non de la tafya, yon bon kleren sa.
Speaker 2: Li ka sa, li, li ka pa sa tou. Ou konnen koman tonton m ye, e pa tout bagay li di w pou kwè, ou konn… ou konn kijan l ye men kèk tan m wè l pa sòti non li gen dwa pa gen kòb vre. Eben ok, matant, banm yon ti tan, m pral di w si tonton m gen kòb. Pa fatige w, ou konnen m konn jwè a byen. Banm yon ti tan m ap fè w konnen si l… eh! Menm lè w wèl sèmante pa fatige w. Se mwen k ap di w si tonton m gen kòb ak si l pa gen kòb. Ban m yon ti tan, m pral jere sa. M ap fè w konnen talè, tande. M ap fè w konnen.
Speaker 2: Chita Cheri, mete w alèz. Tonton? Tonton?
Speaker 1: wi
Speaker 2: oh! Vini m pale w tonton.
Speaker 1: Ah, Jeff!
Speaker 2: Se tonton m, se tonton m.
Speaker 1: Oh, salut. Ou ta di m ou avèk yon etranjè m ta mete kostum . Salut. Hi.
Speaker 3: Hi.
Speaker 2: Li te rele m, li di m li lakay li. Li yon ti jan santi l… bagay sa yo. Kounya, li te rele m, li gen yon ti zanmi l tou k ap vini. E yo de a Kounya la.
Speaker 1: Men Jeff, ou konn sa m pa renmen avè w? eskize m wi.
Speaker 3: Wi, tonton.
Speaker 1: Ou konnen w ap vini ak moun la, ou ta gentan banm yon rèlman nan telefòn. Gade kay la pa gen byè, kay la pa gen tafya. Tafya fenk fini la. Ou konprann? Ti pizza, ou konprann ? Pou resevwa moun nan, yon bèl ti lesanj konsa.
Speaker 2: Se vre.
Speaker 1: Eskize m wi, mademoiselle. Kounya, ou pral fè yo pran m la pou miserab. Depi Ayiti ou konnen m konsa, ou pa konn se moun gran jan m ye.
Speaker 2: M pa gen anyen nan menm, tonton. Se pwoblèm nan sa.
Speaker 1: En?
Speaker 2: M pa gen anyen nan menm, tonton. Se pwoblèm nan sa.
Speaker 1: Ou pa gen dwa neve m pou pa gen anyen nan men w. Ki bagay sa? Men! Al achte byè.
Speaker 2: Oh, sa se 10 dola.
Speaker 1: Konbyen?
Speaker 2: 10 dola sa ye wi.
Speaker 1: Mete sou li. Achte… Ou ka bwè ti byè w?
Speaker 3: Oh, m degaje m, tonton.
Speaker 1: Byè again.
Speaker 2: Ok. Eben, pa gen pwoblèm non. Ou avèk tonton m la, pa fatige w. Don’t worry.
Speaker 3: W ap tounen avèk…
Speaker 2: Wi, m ap pase pran Anise
Speaker 1: Anh wi… M ka fon ti moso chita?
Speaker 3: Ou mèt chita wi, tonton.
Speaker 1: Men g on bagay, kijan ti figi w fè [unclear name] konsa.
Speaker 3: Ou konnen.
Speaker 1: M konn sa k ap pase a.
Speaker 3: Hmm?
Speaker 1: E sa m pa renmen an avèk peyi bò isit. Depi w wè 29 rive, 30 a pral rive, figi moun yo yon lòt jan. Ou konn sak fè sa? Bil.
Speaker 3: Eben tonton, ou son bòkò! Kijan w fè konnen?
Speaker 1: Sa pi rèd ke bòkò. M fè analiz, analiz de dat. Sa vle di, m gentan wè se fen mwa. M fè analiz machwè a, m gade… Haha! Men pa gen pwoblèm, pa gen pwoblèm.
Speaker 3: Mèt kay la ki rele m la.
Speaker 1: Mèt kay la ki rele w?
Speaker 3: M pa peye kay. M te sipoze peye depi premye jiska senk.
Speaker 1: Di mèt kay la konsa al dòmi yon kote, tande? Lè w pare fè mèt kay la kado 300 dola sa.
Speaker 3: Tonton!
Speaker 2: Matant? Tande matant, mafya a gen kòb tande.