Apprenez le créole haïtien : Bicha jwenn yon vye kraze

Si vous apprenez le créole haïtien, vous avez probablement cherché sur Internet des vidéos dans lesquelles on peut entendre des Haïtiens parler. Bien que plusieurs vidéos de ce genre soient disponibles, elles sont rarement accompagnées de sous-titres, ce qui peut rendre l’apprentissage de la langue plus difficile.

Afin de corriger ce problème, je vous présente une transcription en créole d’une vidéo. Celle-ci provient d’un comédien haïtien qui s’appelle Tonton Bicha et la vidéo est intitulée Bicha jwenn yon vye kraze. Bon visionnement !

Voir la vidéo

Transcription de la vidéo

Cette transcription a été révisée à des fins de clarté.

Speaker 1: Yow piti man, se pa de kontan m kontan nan town nan la non man! Gade kijan m ap respire byen, man!

Speaker 2: Ou pa imajine jan w gentan bèl la! Gade jan pye w ye la, ou jis alèz. Bon Klima!

Speaker 1: g on fredi k ap fini ak nèg nan New York, man. Bò isit la, se la tout fanmi m ye, se baz mwen ou ye.

Speaker 2: Ou wè jan w kontan, m ap raple w lè m te konn al New York, papa. Adèle! Adèle te konn pran swen m, cheri!

Speaker 3: yeyeye, ti mesye! Haha!

Speaker 2: Haha! Ou pa menm vini nan domino an.

Speaker 3: M ap chèche w pou m ba w yon istwa depi yè, brother. M paka jwenn ou. Ou avèk moun la?

Speaker 1: Kiyès moun sa?

Speaker 2: Sa se patnè m ki sòti New York…

Speaker 3: yo yo, ban m di w…

Speaker 2: Yon patnè m

Speaker 3: Gade, m telman pale de Adèle, de Adèle mwen ta pral pale w,

Speaker 2: O kontrè, se sa m…

Speaker 3: Tande, ban m ba w. Gade, m te ak manzè yè! Ah, monchè! W ap ban m Lionel Messi sa! Gade, m ak manzè yè, gade, Oh, oh, oh! Haha! Sa fè twazyèm fwa, o kontrè, sak fè m oblije toufonnen l konsa, li di m li gen yon moun ki pral sòti New York, yon mennaj li m tande k ap… hahaha! Adèle! Piti, m rekase l ankò. E yon lòt bagay ankò, piti! Ban m di w, ou konn sa m renmen ak manzè? Pandan m ap fè lanmou ak manzè yè, gen yon bagay m pat konn wè, m wè anba tete gòch li. Li gen yon tatou li ekri: “Roni mon amour” Hahaha!

Speaker 2: Yow Bicha! Men “Roni” wi!

Speaker 3: Se vre? Advèsè a pran kou!