— Sou lak la, te gen yon ti kannòt. 2 moun ki ladann yo t ap sèvi ak zaviwon pou deplase l sou dlo a. — Li ap fè fas ak yon serie de pwoblèm kounyeya. — Chat ki chode pè menm dlo frèt [proverb]. — Mwen pa janm resevwa lèt ou di ou te voye ban mwen an. — La polis sispèk gen gwo konbin ki ap fèt nan kay. Gen yon antre sòti de moun ki deja sou lis li. — Nan fèt la bweson koule tribòbabò. — Fanmi sa a mèt zòn nan depi plis pase 100 lane. Se yon dinasti. — Se gras ak pyonye tankou Bil Gates, Steve Job ki fè nous gen òdinatè nan tout kay, nan tout lekòl. — Misye se bon jan doubsis, men pou kache sa, li pran pòz renmen ak Mirèy. — Mwen wè yon nonm ki sanble tèt koupe ak yon defen tonton m. Mwen te menm panse sete yon revenan. — Se yon lwijanboje. Kote l pase, fò li nan goumen. — Kotonou, yon vil nan peyi Benen pi gran pase Pòtonovo ki se capital peyi sa a. — Se yon timoun dezidrate yo mennen lopital la. Yo kouri mete l nan sewòm. — Li pèdi tout epay li nan yon move envestisman. — Anvan entènet te vin popilè, se kontab ki te sèvi ak siy @, nou rele a komèsyal la. — Li gen yon bouton ki leve sou zèl nen dwat li. — Mwen konte, gen 6 batiman nan pò a. — filè sou yon teren tenis pi ba ke sa ou jwenn sou yon teren volebòl. — Politisyen renmen moun. — Tout Franse pa Ewopeyen, menm si yo gen paspò ewopeyen. — Li vole nan gagann mwen mwen lè li aprann ke se mwen ki te gate radyo li a. — Medam yo pase tout jounen an nan sant komèsyal la, e yo tounen ak yon sèl sachè. Kisa yo tal fè menm? — Yo te pran yon wout dekoupe, se sa ki fè yo rive anvan nou. — Lekòl sa a pa kenbe elèv radi. — Nou panse mèt la pat serye lè li te di nou pou nou etidye 10 dènye chapit yo tou. — Anestezi kòmanse fè efè. Popyè li ap bat. Talè, yo ap fèmen. — Li te wont lè, sanzatann, li fè yon gaz nan klas la. — Timoun yo ap pran plezi sou li paske li pale ak yon vwa nan nen. — Tren an ap rive nan estasyon a 3 zè. — Jistis se bay chak moun sa yo merite. — Yo bezwen sèlman 5 moun pou travay la, 30 moun aplike. — Yo pa aksepte tout moun nan klib la. Fò ou gen kòb, epi fò yon moun ki deja manm rekòmande w. — Fou gaz kwit manje pi vit recho chabon. — Se nan dènye jou nan mwa dawou mwen ap ka pran yon ti vakans. — Gen anpil peyi kote yo ap pèsekite kretyen. — Yo panse Pola te enbesil lè li te envesti kòb li nan zafè sa a. — Manman l pyese pantalon an. Kote te gen twou an, li bwode l. — Li al lapolis pou li denonse yon vwazen ki t ap menase l. — Gepa se bèt a kat pat ki kouri pi vit sou tè a. — Mèt la rele tout gason nan klas la misye. — Li gen anpil bon lide nan mwèl tèt li, men li pa vle pataje yo paske li pa fè nou konfyans. — Li koupe pyebwa a, men li kite chouk la. — Enmi kandida a di li se yon mèt mantè. Men yo pa janm vin ak prèv. — Yo di se sa mouche sa a te fè li ap peye jodiya. — Nadin fèt le 8 me. Siy li se towo. — Li di anyen paka rive l paske li dodomeya sou Jezikri. — Lekòl la gen yon inifòm pou jou nan semenn, e you lòt pou lanmès dimanch. — Yo ap fete 10 zan maryaj. Yo deside fè yon vwayaj an Itali. — Blag move gou yo pa fè pèsonn ri. — Gen yon vil an Frans ki rele Lyon — Li gen yon frè l ki rele Wobè. — Se yon jounal ki parèt chak mwa. — Sa se yon opresyon tout bon vre: moun pa gen dwa pou pale, ou pa gen dwa pati lè lide yo di yo, yo pa gen dwa fòme ti gwoup nan lari. — Fib optik vin ranplase fil kwiv. — Kay Valeryo se sèl magazen ki vann chapo an lèn, nan vil la. — Li panse mwen ka fè l jwenn yon plas nan ministè a paske mwen zanmi minis la. — Mwen kontan aprann ke li sòti sennedof nan aksidan. — Li depanse yon pakek kòb pou li mete dal beton sa a sou kay la. — Pou pitit la gen paspò a, fanmi l oblije bay yon lajan anba. — Titrès fè li byen. Li leve figi li. — 6 mwa depi direktè a kite, yo pa rive jwenn yon ranplasman pou li. — W ap gen gwo pwoblèm si ou siyen dokiman sa a. — Li pa etidye, se sa ki fè li rete pentad konsa. — Direktè a mande mèt la pou bride klas li a. Elèv fè twòp bri. — Li rete ebete devant fi a. — Si ou bezwen ale Kwadèboukè, se yon taptap pou ou pran. — Li di li vin nan konsè a pou bay jèn mizisyen yo kouraj. — Li gen twòp bagay nan tèt li pou li ap okipe moun ki ap pale mete la. — Li di m li gen anpil travay pou fè, li pral nan mache a, men li pap mize. Li gen plis pase 2 zè deyò. — Mwen te prejije misye lè mwen te panse li te yon aryennafè. Mwen dekouvri se yon nonm dinamik ki ap travay di pou okipe fanmi l. — Ameriken yo genyen yon total de 25 meday nan Olenpik la. — Fè timoun pa yon piknik non. Li komanse ak doulè, li kontinye al tèt fè mal. — Bòs la di li si li anreta demen ankò, li ap revoke li. — Mwen konnen non li se Aleksand, men mwen bliye siyati l. — Divòs pa janm fasil. — Li vire do l bay Janèt depi li aprann sa li te di sou li nan reyinyon an. — Mwen gen tout sa mwen bezwen nan kay la. — Olye li di laverite, li fòje yon manti ban nou. — Depi mwen wè misye tounen isit la, li pa konn wont. — Lontan lè yon fi t ap antre legliz, li te blije mete yon mouchwa tèt. — Depi nonm sa ouvè bouch li, se betiz ki sòti. — Li di li plimen 2 kouzin sa yo; se manti. Li se yon dyolè. — Li di li yon jounalis endepandan, men li toujou ap defann gouvènman an. — Se yon nonm ki gen desizyon. Lè li kòmanse yon pwojè li pa kite l nan wout. — Depi 2 jou, Bètran pa fè wonnpòt. Li jis vle repoze e fè kalewès. — Bale a dèyè pòt la. — Se te yon wont pou Jaki. Jou swa maryaj li a li fè bèk atè. — Bètran pati pou li al etidye ekonomi nan yon inivèsite Kebèk. — Paskal byen kounyeya. Li sòti lopital e li repran aktivite li yo. — Li kite manje sou tab lakay li pou li al achte fridòdòy sou channmas. — Sa a se yon drapo ilandè. Se pa Meksik la. — Magazen pa pèmèt ou machande. — Teran se kapital peyi Iran. — Ou ka pran tifoyid nan dlo ak nan manje, e pase l bay lot moun. — Nan restoran a, li di mwen, lè li preske fin manje, ke li bliye bous li. Mwen di li, sa pa fè anyen, mwen ap peye pou li e pou mwen. — Paran l mete l deyò, lè yo aprann ke li te ansent pou yon vagabon. — Pandan vakans la, li pral fè yon entèna nan yon konpayi ki Monreyal. — Ou gen fyèl si ou ka pran medikaman anmé sa a. — Se yon daktilograf. Tout la jounen li ap tape dokiman li pa li. — Gato a gen zanmann ladan. — Yo di yo bezwen lapè pandan yo ap leve dezòd, se yon kontradiksyon. — Ou pa jwenn envitasyon an? ou pa envite. — Gen yon sèl lopital nan peyi a kote yo fè operasyon nan tèt paske li gen machin pou sa. — Se 2 mòn ki pa rankontre. Yon lè, yon kote n ap rankontre kanmenm. — Yon magouyè se yon moun malonèt ki ap toujou ap esye pran moun sou plan. — Li di m se on chenn 14 kara. Mwen achte l je fèmen san mwen pa menm tcheke e teste l. — Papa li defann li li sòti leswa. — Misye ap kraze yon chèlbè ak machine li fèl achte a. — Mwen voye yon long lèt ba li, li reponn mwen ak yon sèl mot: MÈSI! — Ti fi a antre aprè minwi. — Nou pa nan lagè, epi chalame nan tout lari. — Ki non w? Yo rele m Pòl. — Mwen konnen sa kòk bòs Lik ka fè, se pou sa mwen parye sou li. — Mwen pa sonje sa mwen te fè yèwoswa. — Lè m te lekòl. Mwen te gen yon konpayon ki te rele women. — Se konstitution 87 ki vini ak zafè konsèy elektoral. — Bank la pa gen yon ajans nan zòn nan. — 2 ekip sa yo kontre 2 fwa deja nan chanpyona a. — Gang ap fe moun nan katye a monte yon maswife. Yo touye, yo vòle, yo vyole fanm. — Yon kouzen, se yon pitit gason yon matant oubyen yon tonton. — Machin nan nan garaj. Yo sipoze remèt mwen li demen. — Li paka ouvri bwat lèt la. — Se yon nonm ki travay di tout lavi li. — Nou poko ka travay sou pwojè. N ap tann konsantman direktè jeneral la. — Klòch legliz la sonnen 6 kou, sa vle di li 6 zè. — Pè a di fidèl yo ke se batèm yo ki fè vin manm Legliz Bondye a. — Yon esclav pa mèt tèt li. Lavi li depann de kapris yon moun. — Youn rele lòt toutou na yo lakay. Men an piblik yo sèvi ak non yo. — Peyi sa a dwe repati a zewo. — Wout sa a pa ale okenn kote. Se yon enpas. — Nou pa pare pou li, men piske li la, fò nou okipe li. — Li komanse depale aprè sèlman yon ti vè tekila. — Frèd se youn nan kandida pou pòs Jan kite a. — Li pa bliye brimad kèk kamarad lekòl te konn ba li. Jodiya, li ap fè yo peye. Se lè pa li pou li — Nan fen diskou a, parenn nòs la mande envite pou yo trenke pou soksè maryaj la. — Nan sal triyay lopital la, enfimyè a separe moun ki grav anpil, ak moun ki bezwen swen men ki pa grav. — Mwen wè pitit gason Jozèf la, li sanble tèt koupe ak papa l. — Li leve ak yon doulè bò lenn li. — Doktè a di pou li pran grenn nan twa fwa nan yon jounen.' — Peyi a pa ofri jèn yo anyen. Se sa ki fè anpil, menm sa ki byen prepare yo, panse depeyize tèt yo. — Ajantin se yon peyi ki nan Amerik di sid. Moun la pale panyòl. — Lè yon moun nan grangou, li kap fè nenpòt bagay. — Bondye pat kontan ak pèp li a lè yo te kòmanse adore yo zidòl ki te sanble ak yon tibèf. — Anvan li pase kòn nan bay ranplasan li a, prezidan an dekrete yon amnisti pou tout prizonye ki pat fè gwo zak kriminèl. — Li mete de kote tout konsèy minis li yo. Li fè sa zanmi li yo di li. — Ti nonm nan reze tout moun nan kay la apre li fin fè yo yon pakèt bèl pwomès. — Manzè Ivòn al lanmès chak maten. — Se tante mwen t ap tanter. Kounyeya, mwen pral fè l tout bon. — Li lage 3 gout kafe atè a. Se yon libasyon. — Li mande divòs paske mari l te konn bat li chak fwa li antre sou. — Klas mwayèn nan se motè ekonomi a. — Map toufe andedan an, ban mwen fè yon sòti. — Se devwa ekip yon kandida pou monte yon dokimansyon sou opozan li yo. — Mwen te dwe remèt pwojè a yè. Se jodiya mwen fini l. — Jezi kwape movezespri ki te pran nanm yon nonm nan peyi Gadarenyen yo [Matye 5: 28-34]. — Vwazen a pa pa sou bò moun nan katye a. Li panse yo twò ba pou li. Moun nan katye a tou pa sou bò l — Gen anpil Kiben nan vil Miyami — Jodiya se premye jou lekòl. Lari a chaje ak elèv lekòl ak inifòm e liv nèf. — Misye pa yon dikdògòdò, se timid li ye. — Ou pa bezwen peze pedal fren an, jis retire pye w sou gaz la pou ralanti machin nan. — Sa Nayonzini itil vrèman? Li pa menm ka fè respekte dwa moun nan kèk peyi, e fè gwo peyi pa pase ti peyi nan betiz. — Po l tou wouj. Se yon atak solèy. Li pase twòp tan sou plaj la. — Tout moun mechan ki ap pale Ayisyen mal: Ale nou vouzan! — Li malalèz lè lòt timoun ap pale de papi yo. Li pa janm konn kiyès ki papa l. — Anpil koulè gen yon siyifikasyon, pa ekzanp, koulè wouj vle di enèji, pasyon, rezistans. — Ou ka divize trannsis, pa 2, 3, 4, 6, e 9. — Mwen pè ba li lanmen tèlman men li sal. — Li gen plis pase 30 lane, e li toujou rete ak manman l . — Chap achitèk nan konpayi sa a gen yon estidyo. Konsa yo ka travay anpè. — Fò al wè yon espesyalis maladi kè. — Jezi bay tèt li pou sove nou. — Dèyè kay la gen yon pak Kabrit. — San akolit li yo, nonm sa a pa anyen. — Se nan Salon "Pax Villa" y ap ekspoze kò a. — Antrenè a pa aksepte l nan ekip la pas li parèt twò molas. — Mwen deside pase nwit la kay Man Da. — Mwen pa kwè mouche lè li di m li al Las Vegas e li pa mete pye l nan yon kazino. — Maryaj pa yon jwèt, se yon reyalite. — Nan fen mwa ou gen pou resevwa ou rapò detaye sou tou aktivite klib la. — Li gen dizwit tan, kounyeya li se yon majè. — Pi bon jwè nou an kite nou pou yon lòt ekip. — Apre dife a, yo jwenn 2 kò moun ki kankannen nèt. — Li achte yon femèl bèl ak espwa ke li gen plis bèf nan kèk ane. — Direktè a pat renmen rapò a, men li bay ekip la yon lòt chans pou refè l. — Nan kay la, chak moun gen yon djòb, menm timoun yo. — Li leve nan Richès, li pa ka konprann lè yon moun di li grangou. — Li antre nan lame apre bakaloreya. Papa l pat kontan menm. — Se yon festival yo fè chak de zan. — San yon mato, ou pa ka kloure. — Yo te akize jeneral la de konplisite nan koudeta a. Men yo pat ka pwouve akizasyon an. — Yo poko fin repare do kay la. nenchèl yo la toujou. — Anpil jèn konfonn objektif ak rèv. — Desalin se yon ewo. — Papa m pat janm kale m lè mwen te piti. Men li te ka fè w tranble ak yon gade sèlman. — Pawòl ki sot nan bouch pastè a eskandalize kèk fidèl. — Nou 2 a te poukont nou nan kay la, lè nou kòmanse bo; anvan nou rekonèt nou, nou tap fè bagay. — Li refize sèvi ak parakwat yo fè ak pwodwi chimik. Li pito sakle pou l retire move zèb nan jaden an. — Mwen pa fè tripotay, mwen pa pran tripotay. — Se yo granmoun ki toujou ap plenn. — Jera touche de fwa plis de sa yo peye l. E poutan li travay plis pase jera e gen plis responsabilite ke li. — Yo te fè nou konprann ke tout moun ki rete bò lòt bò a pòv. Mwen wè se pa vre. — Devan asyèt diri sa a, miye pa wè moun. — Plis moun ki gen katarat se granmoun ki gen pase 65 lane sou tèt yo. — Twòp estrès ka ba w tansyon. — Nan lakou gen yon pakèt zannimo. Gen menm yon lapinyè kote ou ka jwenn plis pas yon douzèn lapen. — Machin nan rive nan dènye limit li. Li kanpe. — Tout meday gen yon revè. — Apre 100 tan, yo aboli lwa ki te entèdi yo vann tafya lè dimanch la. — Nan lakou a gen yon jaden legim, se la tomat n ap manje yo sòti. — Annou mache men nan lamen pou nou chanje peyi a. — Yo paka panse blese toutan emoraji a pa rete. — Ze pouri gen move sant. — Sispanp anmède nou ak istwa w l. Pèsonn pa enterese ak yo. — Jaklin gen yon pwoblèm memwa. Li pa sonje mwatye nan sa li etidye toyt semenn nan, — Depi 10 zan, tonton m mete yon ti kòb de kote chak mwa. Li di lajan sere a se pou antèman l. Li pa vle kite pwoblèm pou pitit li yo. — Li divose paske fanm nan t ap ba l zoklo. — Anpasan, manman w te rele l maten an. — Li travay pibyen nan yon ti gwoup ke nan mitan yon pakèt moun. — Li tèlman fè cho, papa m ouvè awozwa tounan sou lakou a pou mouye nou e kenbe nou fre. — Reyinyon an te byen pase. — Madanm nan ap vi ak yon angwas depi tifi a kite kay la. — Gade kòl matris yon fanm se premye pati nan yon ekzamen jinekolojik. — Mwen sezi aprann ke minis la te tranpe nan zafè lajan ke yo di gouvènman an detounen a. — Depi lane 2018, mariwana pa ilegal nan peyi Kanada. — Se yon enfòmasyon konfidansyèl. Ou pa ka lage l nan zòrèy nenpòt moun. — Tout sa li di yo se radòt, pawòl san sans. — Mwen paka di pitit sa a pa kinan m. Li tèt koupe avè m. — Nan yon kazino, anpil moun ap jwe pou lajan, anpil ap parye. — Ki jan ou ye? — Se yon desizyon enpòtan. Mwen bezwen reflechi sou li. — Moun sa yo konn kraze, men yo pa konnen sa yo rele rebati. — Papa li mande m konbyen fanm mwen pase anvan mwen rankontre pitit fi li a. — Pèsonn pa eksplike mwen kouman machin sa mache. — Yon tinèl se uon chimen ou pati yon chimen ki pase anba tè. — Kòsaj la pa ale ak jip la. — Si li te itilize menm kritè a pou tout moun, se pa nonm sa li ta chwazi pou fè travay la. — Lapolis gaye manifestasyon a anvan moun yo te rive devan palè a. — Anvan moun yo kalonnen fanm adiltè a, yo pote l bay Jezi. — Opoze lejè se lou. Men ki opoze malelve? — Lè li rakwoche, men li t ap tranble. — Pou di laverite, mwen pa konnen anyen de misye, eksepte ke li se zanmi yon zanmi mwen. — Lwès, se youn nan 10 depatman peyi Dayiti yo. Se la ou jwenn Pòtoprens. — Si nou pa fè vit, nou pap rive alè randevou a. — Mwenmenm ak Janèt, youn konn lòt depi plis pase 10 zan. — Mwen gen yon tèt fè mal ki kòmanse depi anlè nen mwen jis dèyè tèt mwen. — Nouvel kaledoni se yon pakèt ti zile ki nan mitan oseyan pasifik. — Nonm sa a kòmanse travay lè li te gen kenz lane. — Tout moun gen tete. gason kou fi. — Moun ki trayi w yon premye fwa, ap vann ou pita. — 2 fwa pa semenm li peye yon chany pou sire soulye l. — Mwen te konnen misye tap tounen yon tèt kale, depi li te marye ak penbèch sa a. — Li gen 2 lane, e li gentan ka konte jiska trant. — Li kite travay la paske anplwayè li a te di l yon mo deplase. — Gen 10 depatman an Ayiti. — Li pat vle di non m, li di oumenm pou l rele m. Mwen pa reponn. — Jaki se yon anmèdan, men li pa mechan. — Doktè a di li se manje yo ki ba l dlo si a. Se pou chanje rejim li. — Ou paka fè touris nan yon peyi kote gen yon pakèt pòv nan lari.' — Li toujou gen yon liv nan men l. — Pou moun ki gen kòb, Nwèl se pi bèl fèt nan ane a. — Lese li rekonèt li anvan ou mande kob la. Li fèk rive. — Pou enfòmasyon an antre nan tèt misye, se pa konngout pou ou mete li. — Ti jan se kras vant, se sa ki fè manman li renmen l konsa. — Prezidan an revoke minis la paske, pou li, li pa zelòt ase. — Grann mwen vlope vyann nan nan fèy mayi anvan li bouyi. — Minis Jistis la se yon moun onorab, ou ka fè li konfyans. — Mwen pa fè misye konfyans depi li fè pati de biwokrasi lakomin nan. — Monastè a se yon wazi pou jenn gason ki bezwen repanse la vi yo.' — Bwè tafya se yon mès ke ou jwenn anpil moun ki fèt Larisi. — Nan tout Litiji gen yon kote teyat, yon kote priyè. — Bandi yo epaye. Li pa konn poukisa. — Tout minis yo pa Ayisyen. Gen 2 Kanadyen nan yo. — Li pa konnen ki kote machin nan pran bòs sa a. Li pat fè aksidan. — Pèp enka a te avanse anpil. Yo te bon nan achitekti ak astwonomi. — Vwazin nan ap prepare yon ragou. Sa fè dlo kouri nan bouch mwen. — Fen mwa a preske rive, mwen poko gen kò lwaye a. — Nan jwèt echèk, gen de pyon ki rele fou. Yo toujou nan premye ranje — Lwaye a prèt pou bou, mwen poko menm wè kote mwen pral jwenn lajan an. — Kote nonm sa pase, li gen yon yon radyo pòtatif nan men l. — Ou vle di lapolis pa konnen kiyès ki kontrebandye yo. — Konpay elektoral la pa fè m ni cho ni frèt. Mwen pa menm konnen si mwen pral vote. — Yo di yon diven aje pi bon pase youn ki fèk fèt. — Mwen tande yon bip. Mwen paka wè kote son a sòti. — Li nan trentèn li, se sa ki fè li kouri marye a. — Reken se gwo enmi karèt. — Mwen panse ke ou te kite fimen. Sa sigarèt ap fè nan bouch ou. — Pitit la dekouvri nan tiwa tab bò kabann manman li yon jwèt seksyèl. Li pat konn sa li ye, li pran li, li desann nan salon a avè l. Moun sezi! — Li di m mwen twò jèn pou mwen tounen yon kaka kleren. — Lè yon moun gen kolera, li gen yon vant mennen ki ka touye li si li pa ale kay doktè. — Mwen te sezi lè mwen te wè Jilyen bo Ana sou bouch. Se apre mwen te konprann ke yo te renmen. — Yo sòti nan menm peyi e nan menm vil, men youn pa vle wè lòt, youn ap kou gòj lòt. — Krab arenyen ka touye w si yo pike w. — Jalon direktè ki te vin anvan m nan te poze pèmèt mwen fini pwojè a san pwoblèm. — Se yon timidite ki fè li pa di anyen nan reyinyon a. — Se yon mo ki etranje pou mwen. Sa li vle di? — Li se yon enjenyè; men pa nepòt ki enjenyè. Li se youn ki travay nan konstriksyon avyon. — Li soufle fò lè li rive sou tè mòn nan. — Kliyan an pa kontan de sèvis la, li mande pou li pale ak responsab biwo a. — Afè repare machin nan. li konn sa byen. — Bo yon moun se yon fason pou di yon moun afeksyon ou gen pou li. — Afganistan ak Iran se 2 peyi kote touye ak kout wòch se yon pinisyon pou kèk moun yo kondane. — Chemiz la parèt debraye paske li mal boutonnen li. — Nou wè yon pakèt branch bwa ki ap naje sou lak la. — Li di fi a: Mwen paka panse ak you san mwen pa peche nan kè mwen. — Li san sen kòb paske li jwe bòlèt ak tout lajan li touche mwa sa a. — Pou ou fè jis fò ou prese zoranj yo. — Si ou panse sa yo fè w la se yon enjistis, se pou pwoteste. — Sèl yon jij ka bay manda pou antre e fouye kay yon sitwayen. — Nan pyès teyat la, li jwe wòl yon ebete. — Li toujou mete 3 moso sik nan kafe. — Liv la tèlman enteresan, mwen pat ka mete l dekote pou m al manje. — Govènman an peye yon gwoup presyon nan vil Wachinnton pou fè kongrè ameriken an chanje lide sou èd la. — Li poko achte papye kado pou li vlope kado nwèl yo. — Li atiran. Tout rad fè li byen. — Yon kloure Jezi ak 2 lawon. Youn adrat, lòt la agoch li. — Jiri a konpare travay 2 finalis yo e deside ke toulede fè yon bon travay. — Li mande sekretè a pou pase nan dechiketè papye tout dokiman ki ka pwouve li ke li pat deklare tout sa li genyen e ki vo lajan. — Lè yon timoun pral fòme, gen anpil chanjman ki ap fèt nan kò li. — A katrevendiz lanne sou tè a, granmoun nan pa ni gaga, ni andikape. — Pòv yo jwenn kal yo, apre gran nèg fin pran. — Atoutalè! li di m anvan nou te fin pale. Li te sou wout pou vin lakay. — Li fè yon maryaj ekstravagan. Anpil manje, anpil bwason, mizik tout nwit. — Peyizan pa janm fè espekilaté konfyans. — Yo mete sekretè geneal pati a deyò pou tè move kondwit e volè lajan. — Li prezante mwen sè li konsa: "Jak, se Olivya, mwen sè mwen bò papa. — Yo pa gen menm laj, men yo panse menm jan. — Nan wotèw, legliz sa a depase tout kay nan vil la. — Yo sonnen pòt la, lè m ouvè mwen wè se yon demachè ki ap ofri pou mwen achte asirans. — Jaki se souflantchou yon chèf mafya. Tout travay sal, touye moun, se li yo voye al fè l. — Li deside achte wòb la menm si li koute chè. — Li panse grenn li ap pran an se yon medikaman mirak ki geri tout maladi. — Ti gason an te ale twò lwen sou lanmè a, mèt najè a pase l lòd tounen. — Konpayi kote li ap travay ba li sipò lajan pou li tounen nan inivèsite. — Nan sache a, w ap jwenn bonbon, sirèt, biswit. Se yon popouri. — Pati integris ki pran pouvwa nan peyi sa a, entèdi tifi al lekòl. — Aprè li pèdi madanm li, anyen pa di Rozmon anyen. — Mango yo gate. — Nan tan di sa a se lè ou ekonomize. Ou pa achte sa ou pa, oubyen poko bezwen. — Yo mete l nan prizon pou volè machin. Yon jou aprè yo lage l, li tounen fè menm bagay la — Jan misye ap depanse-a, gen lè li jwenn yon mago. — Dapre mwenmenm, li twò prese pou li marye. — Pat gen lapli, kouman fè fè bwa gen gout dlo? Se seren nan nwit la ki fè sa. — Mwen pata janm pase Magarèt ta yon fanm marye. Li konpòte l tankou yon penbèch. — Ki pati nan liv la ou pi renmen? — Nan reyinyon an, mwen poze anpil kesyon ki rete san repons ou ki pa satisfè mwen. — Li rete a yon demi kilomèt de lakay mwen. — Timoun ki derespekte granmoun gen madichon. — Jij se non yon liv nan Labib. Se 7è liv nan Ansyen testaman an. — Yo pa gen 2 zan mariaj, yo gentan divòse. — Nan restoran an, yo ekzije tout moun pou mete yon filè menmsi yo pote bonè. — Bòs la panse ke se fè moun monte yon mòn pa do ki ap fè yo respekte l. — Li gen 3 recho, chak pou yon chodyè diferan. — Li sezi aprann ke pitit fi li a marye an kachèt ak ti gason vwazen an. Li pat menm konnen ke yo te renmen. — Mwen manke 2 kou pou mwen fini pwogram nan, e pou mwen diplome. — Mwen sèvi ak tostè a pou m griye pen an. — San asirans sante, li pap ka ale kay doktè pou doulè anban ti vant la. — Li kontre anpil difikilte nan inivèsite, men li pa fè bak. — Si ou vle irite misye, pale l de papa l ki nan prizon pou vòlò. — 20 pousan (%) moun nan peyi a pa konn li. — Se ak kòb lòt travay la, li rive peye lekòl timoun yo. — Yon pakèt pou yo, yon tizig pou nou.', — Konvèsasyon sa mete m malalèz. Mwen paka tann pou li fini. — Se pa sèlman an Ayiti ou jwenn vodou. — Moun nan zòn pat kontan lè yo apran ta pral gen yon fèblantri tou pre a. — Pa gen inivésite nan peyi a ki ofri kou mizikoloji. — Nan mitan nwit la, Jan kòmanse touse, yon tous brital ki reveye tout moun. — Li pat gen anpil tan pou viv. Li gen yon kansè ki ap fini ak li. — Otèl la chè anpil, men ou jwenn bon sèvis lè ou desann la. — Nan Lakou kasasyon, gen 12 jij. Nan yo, gen yon prezidan ke yo rele dwayen. — Pandan lagè a, lame te konn sèvi anpil ak anfibi. — Chak samdi li ale kay granmè li. Se yon tradisyon kounyeya. — Se yon moustik ki ka ba w lafyèv jòn. Li ka touye w si ou pa trete l. — Vle pa vle, w ap peye kòb ou dwe m nan. — Pyebwa a tonbe sou machin e preske aplati li. — Lavaj sèvo tèlman reyisi nan prizon an, Jak tounen yon zonbi lè yo lage l. — Avyon a te gen pou li ateri Monreyal, men a koz de move tan an, yo detounen l sou yon ayewopò ki nan vil Towonto. — Li divòse, men li toujou gen Bag maryaj li nan dwèt. Li di se pou gason pa ranse avè l. — Lame franse nan vil la e solda yo fè piyay fou zafè abitan yo. — Pola pa yon fanm ki ap jwe ak vi li konsa. Mwen fè li konfyans si li pran desizyon sa a. — Moun yo panse ke pou jwe tchacha nan yon okès, ou pa bezwen konnen mizik. Yo tronpe yo.' — Ayiti pa fè ase diri ankò pou satisfè mache lokal la. Li oblije enpòte. — Li pi fasil pou desann yon pant ke pou ou monte l. — Jewografi kretyen vivan etidye espas kote moun ap viv. Ou apprann li nan inivèsite. — Mwen te pran tan pou m te konprann ke lè li te di chat, se de pati entim yon fi li t ap pale. — Divalye fè anpil moun kwaze rak e al viv nan peyi etranje. — Iribi se yon zwazo ki gen yon yon tèt ki sanble ak tèt kodenn. — Labib di se pou yon pòm Adan ak Èv dezobeyi Bondye. — Li di li pa ka konte sou moun nan fanmi l, paske tout se moun mare ki pa menm ka itil tèt yo. — Pran tèt ou! Pa kite bagay la domine w. — Sitadèl Kristòf la se yon yon fò. — Pa gen kote la a pou w fè yon dekan. — Li sot nan yon fanmi alèz. Li paka konprann lè yon moun di li grangou. — Nan lakou a gen 3 bekàn pou timoun. — Nan mwa me, nan peyi Kanada, tout pyebwa yo gen fèy vèt. — Òkès la jwe yon vèsyon enstrumantal de "Choukoun". — Izrayèl se te yon pèp chwazi. — Ti fi a tèlman sovaj, mesye nan katye a rele l tigrès. — Nanpwen moun ki pafè. Nou tout, nou gen omwen yon defo. — Teren an gran anpil. Ou ka bati 2 kay sou li. — Resèt la di fò ou grese plato a anvan ou mete pòmdetè yo ladan. — Sèzyèm moun ki rele ap gen yon biyè pou konsè a. Se sa yo anonse nan radyo a. — Mwen pa janm resevwa kado lè fèt mwen. — De tanzantan machin sa a ap ban m pwoblèm. Mwen paka fin konte sou li nèt. — Si ou kite 2 ravèt antre lakay ou, yo ap miltipliye tèlman se kite wa kite kay la. — 4 jiyè se jou lendepandans pou ameriken yo. — Depi ou pa fè respè w, moun pap respekte w. — Yo couvri estati ak yon vwèl an inogirasyon an. — Tan an mabyal. lapli a pa lwen. — Lapolis arete yon ventèn moun devan primati a. Yo t ap denonse lavi chè. — Li soti nan mas la. Men li rive lwen. — Manje a pat mal. Li te jis bezwen plis epis. — Madi maten, mwen gen yon randevou kay yon doktè je. — Se yon moun ki gen yon prezans. Ou wè sa, lè li ap pale. — Papa li mouri yè swa de kansè. — Bay kou bliye, pote mak sonje (pwovèb). — Lè li di Janèt gen yon tete lonbrik, zanmi l yo mande l kouman li fè konn sa. — Li enkri tout sa yo di l la sou yon mòso papye. — Se prezidan sena a ki ap tire fisèl nan gouvènman an. Sa li di se sa ki fèt. — Mès minwi ane sa a pi long pase tout lòt ane yo. — Omwen, li rekonèt sa li fè a pa bon. — Se yon mechan. Li ap mache pete kawoutchou machin nan lari a. — Yo ba li yon chèn an ajan pou fèt li. — Samdi dlo benit se yon jou tris, yon jou silans. — Li ap difisil pou vann manchin nan si ou pa retire bòs ki nan pòt bò chofè a. — Se lè rive nan estasyon an, mwen rankont ke mwen bliye biyè otobis la sou tab lakay la. — Kote w rive a, fò ou fè yon chwa kanmenm. — Se ou menm ki chaje pou ba li nouvèl la. — Lè rivyè sa a desann, li inonde tout katye anba lavil la. — Li panse li t ap pran yon chimen dekoupe, se pèdi li al pèdi. — Li manke 20 minit pou li 8 tè. — Lè timoun yo wè chovsourit la nan fetay galri a, yo kouri rele papa yo ki touye l. — Mwen pa ta janm panse ke mwen ta rive nan pwen sa a. — Anpil timoun pa renmen kreson paske li gen yon ti gou anmè. — Jan-Pòl albwachat depi 2 lane. — Prizonye a deside rann tèt li lè li. — Vatikan se premye Eta ki rekonèt gouvènman an. — Se yon pè Jezwit ki ap anime retrèt espiritwèl la.. — Li mete bweson yo nan yon iglou ki plen ak glas. Konsa y ap rete glase. — Chofè valè a pran plis pase ven minit pou li menmen machin ban mwen. — Gwo zanno fè tifi sa a parèt pi gran pase laj li. — Jaklin ak Klè se kòkòt ak figawo. Si ou pa vle youn konn koze w, pa di lòt li. — Yon atlas se yon gwo liv ki gen kat gewografik. — Si ou fè fi sa a move, li ap manje w nan yon bouche. — Mwen te bay misye 10 dola. Sete yon avalwa, pou li chanje pòt kay la, mwen pa janm wè li depi lè a. — Bondiye toujou ban mwen fòs, lè mwen nan tribilasyon. — Fi sa a se yon limena. Gason pa ka woule l debò. — Li fè pitit ta. — Sen syè se dra yo di ki te kouvri Jezi anvan yo te depoze nan tonbo a. Li tounen yon relik ki ekspoze nan yon legliz an Itali. — Li pa janm dezespere ke li ka wè pitit la anvan li mouri menm lè li pa pran nouvèl li devan 15 lane. — Yon kay ki pa gen kolòn, pap kanpe lontan. — Fò ou se yon gason byen kanpe pou yo pran w nan akademi militè. — Bibliyotèk minisipal la lib pou tout moun ki rete nan vil la. — Yo di lajenès se avni peyi a, men yo pa prepare jèn yo pou yon pran kòn la. — Premye sa mwen pral fè lè mwen rive lakay mwen, se pran yon douch. — Sen Valenten ak dimanch fèt manman se jou machann flè fè bon lavant. — Yon bon papa se yon nonm ki toujou ap travay pou byennèt pitit li. — Lé m di m ap vin wè l, li di li okipe. — Devan danje, yon ewo pa wè tèt li. Li wè moun pou sove. — Anpil jij nan peyi sa a pa onèt. Se sa ki fè yo pa pa gen bon renome. — Yon pawasyen se manm yon pawas nan legliz katolik. — Li paka zipe pantalon poukont li. Li bezwen èd. — Doktè di li si li pas sispann bwè tafya, yo pap ka fè anyen pou li. — Gen anpil moun serye kap viv nan bidonvil yo. — Ou bezwen yon kle boutèy ak espiral pou ou ouvè boutèy diven an. — Chak jou se yon gran sè l ki vin chache l lekòl la. — Li chanje bwòs dan chak 3 mwa. — Yon sekretè nan yon biwo se yon èd. — Gen yon kanmaradri sipèk ant 2 moun sa yo. — Vwa li anwe, li sanble li gen yon grip. — Tentasyon te twò fò pou li pou li reziste. — Yo di se pwen nèg sa a pran ki fè li rich konsa. — Nan nòs Kana, Jezi chanje fè dlo tounen diven. — Mwen tande koze a. Mwen pral chache mèt zafè ka konfime l. — Lè solda antre nan vil la, yo libere moun yo de malveyans kriminèl yo. — Li tris lè li aprann Mari gen yon ti menaj, Depi l piti li renmen l an kachèt, san li pa janm di li sa. — Mwen pa fè misye konfyans, li gen yon movezè nan tout sa li ap fè. — Se yon desizyon ki pap fè w plezi. Men yon jou w ap konprann poukisa mwen te pran l. — Mwatye nan maren leve kont kapitenn nan. Men rebelyon pat pran. — Tach diven sou nap sa a la depi Nwèl. — Li gen yon rayiman nan kè li pou Polo. — Li se pwofesè franse nan Lise Petyon. — Sitiyasyon peyi vini pi mal ane sa a. — Mwen aprann fè la pèch ak papa m. — Sigarèt ka bay kansè, se sa ki ekri sou pòch la. — An 1842, yon gwo tranblemanndetè ravajé Okap. — Li deside al gade ankò pou li ka si li pa bliye anyen. — Li mouri sans kite desandan. Leta ap pran tout byen l. — Paske li pa konn monte bisiklèt, yo di li se yon timoun enkapab. — Li manke 4 jou lekol. — Gen yon moun ki t ap fimen sou galri a. Mwen pòy sigarèt. — Romewo sòti nan yon fanmi ki te toujou nan yingyang ak fanmi Jilyèt. — Yon ayisbèg se yon gwo blòk glas ke ou jwenn nan lanmè ki tou pre zòn aktik yo. — Nan foutbòl ameriken, epolèt pwoteje zepòl jwè yo. — Li te chouchoute dam nan lè yo te renmen. Apre maryaj, li pa menm moun nan ankò. — Li akeyi mwen ak yonsouri nan kwen bouch li, yon jan pou li di mwen: "Ou wè kote mwen rive!" — Gen yon gwo tabènak jwif sou "Estèn Pakwe" a. — Ane sa a, kanaval tonbe ta. Sa vle di Pak ak tonbe ta ou. — Si ou pa izole 2 fil kouran sa yo, ou ka nan gwo pwoblèm. — Bonjou! Ou ka di mwen kote estasyon otobis la ye? — Yèswa, lapolis desann sou plas la e arete yon bann bouzen sou twotwa. — Si ou pa gen kè, ou pa ka travay nan lopital. — Si ou ap voye yon fotokopi dokiman an, fò ou notarye li. — Gen yon liv nan nouvo Testaman ki rele Tesalonisyen, yo di se yon lèt en 2 pati ke Sen Pòl te voye bay moun sa yo. — Nan lakou matant mwen an, gen yon jaden flè. — Se yon peyi ki pwoteje atlèt olenpik li yo. — Ou pa ka bwè dlo twoub sa a. — Apre klas sou analiz konparativ la, pwofesè a mande etidyan yo pou yo ekri yon atik kote yo gen pou konpare revolisyon franse a ak revolisyon ki rive nan endepandans Ayiti a. Fo yo montre sa sa ki sanble ak sa ki diferan nan 2 evenman sa yo. — Apre gwo vòl ki te fèt nan labank la, lapolis mete lamen sou yon sispèk, men anpil moun li pa gen pa gen anyen pou ou wè avèk dapiyanp la. — Mwen pa ka konprann kouman yon moun ki gen lespri tankou Madan Jasmen ka kite wougan ap fè l fè tenten. — Tout avoka se mantè. — Gen debòdman nan kwizin nan paske ou pat fèmen tiyo a anvan ou te sòti. — Plant mwen yo ap mouri paske yo pa wouze pou mwen. — Fèm kay la preske bout. Mwen pa kwè m ap renouvle l. — Pou anpil zannimo, sitou sila ki pase livè a ap dòmi, prentan se sezon kwazman. — Yon ti gwoup fòme devan kay la. — Gen 2 galon lèt nan frijidè a. — Mwen poko pare pou fèt la. Afa kado a, bliye sa! — Mont la pa bay bon lè, ou bezwen chanje batri a. — Moun dwat pa fè politik. — Mwen pa janm wè vreman yon sabo nan pye yon moun. — Gason ki viv sou do fanm pa respekte tèt yo. — Pou fi a pat ansent li te sèvi ak yon kapòt ki te andwi ak espèmisid. Konsa li te 2 pwoteksyon. — Gen 10 zan, zòn sa a te yon marekay, kounyeya, se yon katye pou moun rich. — Moun yo pat konnen m. Men yo resevwa ak kè kontan, paske mwen se fiyanse premye pitit yo a. — Se yon pwoblèm san solisyon lè solisyon a fè w tounen sou pwoblèm nan. — Jete tout manje sa yo se yon gaspiyay, sitou lè w panse ke gen yon bann moun ki ap mouri grangou. — Kanèt machin nan vid. Se sa ki fè kouti a pa pran. — Pyès teyat sa a se yon trajedi. Aktè prensipal la mouri dwòl nan fen an. — Yon elefan gen yon nen ki long anpil. Yo rele l twonp. — Kou manman m antre lekliz la, li ap devan tabènak la e fè yon jenifleksyon. — Ou pa bo moun ki gen bokè. — Mwen pa gen lanbisyon mwenmenm pou mwen vin prezidan. — Pandan lagè Vyetnam, anpil jèn gason te oblije pran zàm pou peyi akoz de yon lwa sou konskripsyon. — Li kòmanse fimen lè li te gen 16 zan. — Li rete nan yon kay anbwa ki kouvri ak pay. — Li pa janm padonen mari l pou enfidelite li yo. — Ikrenyen se lang ofisyèl peyi Ikrèn, men anpil moun nan peyi sa a kontinye ap pale lang ris la. — Yon ekspè egzaminen penti a e di li se yon fo. — Li gen yon damijann lakay li ki chaje ak kleren. — Pa kite timoun jwe al alimèt. — Se yon gwo otèl ki gen 5 zetwal. — Tibè se yon rejyon kote ou jwenn anpil mwàn boudis. — Li gen yon rankin nan kè l pou Pola. — Li vekse dèske yo kesyone l, paske li toujou ap travay ak moun ki ap flate l e fè louwanj pou li. — Li deside pa vote pou kandida pati li a, paske li di li pwojè li yo depit. Yp pral ede moun rich sèlman. — Arab se pa yon nasyonalite, se yon gwoup moun ak sa yo rele yon sivilizasyon. — Nan dènye paj liv la w ap jwenn yon vokabilè de mo difisil ki parèt ladan n. — Yon solda pa kite yon frè solda déyè. — Bri sa a annwiyan. Li fè m paka konsantre m. — Li konn tout moun ki nan sal la sof youn. — Preparasyon manje a ap pran twòp tan. Mwen pral nan yon restoran. — Li fè alèji ak berejenn. Depi li manje, li gen lagratèl. — se nan vil sèlman ou jwenn kouran. Pa gen sa nan peyi andeyò. — Sete bél bagay pou wè tout jèn sa yo ak wòb yo. Yo ta pral diplome. — Si rive ta, yo pap kite w antre nan sal la. — Se yon asansè prive. Se moun konsèy direksyon an sèlman ki ka pran l. — Biskèt tonbe, nan langaj ayisyen, vle di zo biskèt ou anfle oubyen kase. Sa pwovoke gwo doulè. — Tout sa mwen ap tann nan men w, se yon bon rezilta. Mwen pa bezwen konnen sa ou fè pou ou genyen l. — Jak se yon fanatik anraje de ekip yo rele Baselòn nan. — Yon gen yon zigòt lè yon espèmatozoyid rankontre yon ze nan matris yon fi. — Si li pat kite peyi a prese prese, yo t ap asasinen l. — Magazen sa a vann tout bagay ou ta bezwen pou kay. — Apre yon semenn travay, Polo pwofite de jou samdi a pou li divèti li — Mwen pa konnen siyati li. Mwen konnen sèlman li rele Feliks. — Venezuela se yon peyi ki gen petwòl. — Lè yo di l nan ki restoran yo ta prale, li deside manje anvan, paske li konnen se yon zwit manje yo pral ba li. — Patrik ban m yon gade zonbi. Oubyen li malad, oubyen gen yon bagay ki ap manje l andedan. — Bakteri ki koze sifilis la ka rete nan kò yon moun pandan kèk ane anvan premye siy yo parèt. — Moun renmen tande monseyè a pou elokans li. — Anpil moun di fanm sa a envayisan paske li toujou bezwen konnen — Pa gen kochon mawon nan peyi Dayiti ankò. Te genyen lontan nan tan koloni a. — Li mache di tout moun li sote Madlèn yè swa. — Sèl yon aksidan ka fè nou rankontre, paske wout mwen pa wout pa li. — Menm jou krim nan te fèt la, lapolis te kòmanse fè yon arestasyon, menm moun yo te pran an pat gen anyen pou wè ak krim nan. Yo lage l. — Si Polo te gen yon bon antrenè li t ap tounen yon bon atlèt nan kous long distans. — Kat telefòn sa a gen 10 minit sou li si w ap rele Ayiti, men 30 minit si ou vle rele yon moun an Frans. — Boutik flè fè bon lavant jou fèt Sen Valenten ak dimanch fèt manman. — Tout sa li di yo se pèpètjako, li pa pote anyen fre nan diskisyon an. — Kosaj la tèlman dekolte, ou ka rive wè fant tete fi a. — Nan mitan 16e syèk, te gen nan vil yo rele Trant la, yon gwo reyinyon evèk leglik katolik. Sa yo rele Konsil la. — Mwen pa moun ki konn foure nen m nan lavi lòt moun. Men fwa sa a, fò m chache konnen sa ki ap pase. — Restoran sa a sèvi bon taso ak pikliz. — Se yon ansyen makout ki ta renmen tounen nan tan kote moun tankou l te konn toufounen moun ki pat dakò ak gouvènman an. — Li travay kou bourik, li pa gen ankenn jwisans nan lavi-a. — Menm lè ou fèmen tiyo a, li kontinye degoute. — W ap gen anpil pwoblèm nan lavi sa a si ou pa vle moun kòmande w. — Se yon f1et ke yo te konn respekte lontan. Kounyeya, yo pa menm sonje jou a. — Nou ka tojou wè dènye travay atis la nan mize nasyonal. — Ou panse manje sa a ap ase pou Toma? Misye se yon gran manjè. — Zepòl li twò laj pou chemiz la. — Li chita bò fenèt. Li ap reve je klè. — Fanm te pran poz li renmen l. Kou li fin kale tèt tinonm nan, li lage l. — Ektò se moun pa m. Mwen ka toujou konte sou li. — Se wiski moun sa yo bwè, yo pa bwè kleren ni wonm lakay. — Pandan twa zan, mwen te yon san papye a Pari. Se travay nan nwit sèlman mwen te ka fè. — Ti gason an pa gen tèt, li toujou ap bliye. — Pou fose yo desann pri kay la, li ba yo enpresyon ke li pa enterese twòp. — Nan Paleman an, ou jwenn yon pakèt yèsmann. — Katolik yo pa oblije al legliz mèkredi lesann. Men gen plis moun nan legliz jou sa a ke le dimanch. — Estefèn wè m. Li fè tankou li pa konnen m. — Lapolis ap chache 2 moun ki te temwen krim nan. — Yon paj gen 2 fas. Yon devan paj ak yon dèyé paj. — Yon Yemenit se yon moun ki fèt nan peyi yo rele Yemenn nan. — Lekòl la gen plis pase pase 900 timoun. — Madanm sa a toujou ap plenyen. Sa tounen yon maladi. — Konpayon Batman yo rele Woben e Alfrèd ki se majòdòm li. — Li antre nan vil la an sekrè, li sòti an an sekrè. — Nan paleman an ou gen depite ak senatè. Se yo ki vote lwa peyi a. — Sete yon nwit sans limyè. Syèl la te klè. Detanzantan, nou wè yon meteyò. — Konferans la ap kòmanse a 5 kè pil. — Yon chatwouy se yon bèt lanmè ki gen 8 bra. — Li se yon se majòdòm nan youn nan pi gwo otèl lavil la. — Anbasadè meriken nan Pòtoprens gen plis pouvwa pase prezidan Ayisyen an. — Erezman manman m pa la ankò. Li t ap fè yon kriz lè li ta wè sèl piti fi li a plase ak yon gason ki ta papa l. — Nan anpil vil Lewòp, ou oblije pran yon tram pou ou deplase de yon pwen ak yon lòt. — Mwen pa konn sa l jwenn nan zizye poul la ki fè li renmen yo konsa. — Mwen pat panse moun yo tap renmen pomkèt yo konsa. 2 plato nou mete deyò a gentan vid. — Jera se yon aktivis ki ap lite lontan pou defann dwa kretyen vivan. — Se yon bawon dwòg ki peye pou touye minis jistis la. — Apre Jòb fin pèdi tout byen li e moun nan fanmi l li te renmen, li pran kouraj li ak 2 men e repati a zewo. — Lyon an pran gazèl la nan gagann. — Mil goud pa vo anyen jodiya. — Pòl se vwazen m depi 10 lane. — Jan pi entelijan ke Ektò. — Jwif ak Palestinyen se lèt ak sitwon. — Se yon bon ti granmoun. Mwen pa konprann poukisa yo rele l vye lougawou. Se paske li ap viv san mari e san pitit? — Magazen an nan ang ri pave ak ri Disant. — Anpil moun te panse ke Ilari t ap fele youn nan pi denye plafon an vit yo e vin premye fanm prezizan nan payi meriken. — Pèmi rezidans li a fini depi yon mwa. Kounyeya li nan kache paske li ilegal nan peyi a. — Eske Adriyen se siyati w oubyen non batèm ou? — Mwen fè yon rezèvasyon nan yon otèl, men fò m konfime yon jou anvan mwen rive. — Li sevi mesye a kafe nan yon tas ki fele. — Mwen pa gen anyen kont li. Okontrè mwen apresye l anpil. — Misye te renmen bwè. Tafya touye l. Li mouri nan pye travay li. — Se a yomenm mwen t ap panse. — Nan lame yo ba w teknik pou ou rale sou vant san ou pa fè bri. — Se nan ti chodyè a mwen di li pou li kwit manje a. — premye jou lekòl la, pifò elèv yo pa vini. — Li antre nan twalèt la pou li al fè kaka. — Yo di ke nan reyon medàm yo mwen ka jwenn sa m ap chache a. — Li fimen yon pòch sigarèt chak jou. — Se pa lapli ki ap tonbe, se lagrèl. — Li ap mache ak yon pantalon chire. — Pitit la pa abitwe sòti pou kont li. Kè m ap sote pou li. — Polisye yo toujou gen menot sou yo. — Ou pa diskite ak lwijanboje. Se toujou fè l konprann ou se yon lwijanboje tou. — Mwa jiyè se mwa fèt chanpèt nan anpil kote nan peyi a. — Mwen sòti nan yon rejyon kote tout moun konnen tout moun. — Prizon avi, se kondanazyon jij la ba li. Men anpil moun ta prefere yo kondane li pou li mouri tèlman yo gen degoutans pa zak li te fè a. — Se premye fwa mwen patisipe nan yon defile mòd. Mwen pat renmen youn nan rad yo. — Diskou a manke yon pwen santral. — Apremidi kòmanse a midi e fini a 6 zè nan zswè. — Tout moun ap mande nan ki negos nèg sa ye: Li gen machin, li gen yon gwo kay, li toujou abiye fen. — Moun sa yo gen bon ti kòb; ane pase yo te mete yon pisin nan lakou yo a, ane sa a se yon gwo balanswa yo achte pou timoun yo. — Elit yo pa janm enterese ak peyi a, yo wè nan tèt yo sèlman. — Vil l anba anba mòn nan. — Li se yon moun nan kanp opoze a, li pa yon enmi. — Apokalis se dènye liv nan labib. — Se yon demeplè ki ap fè pwomès li pap janm ka kenbe. — Chak fwa yo ba l randevou pou li vin pran paspò a, yo di li poko pare, pou li pran pasyans. — Gen yon ti kouch glas sou sifas wout la. Fè atansyon! — Lantiray pa dekouraje volè. — Li retounen chak ane pou fèt patwonal bouk la. — Pou moun sa yo, tout moun ki pa sanble ak yo oubyen pa panse menm jan ak you tankou moun louch. — Tout moun nan fanmi an mete menm koulè swetè. — Tribinal ka toujou di li pa koupab, men tout moun kondane l nan kè yo. — Yon vejetaryen pa bwè soup poul, men ou ka ba li soup legim. — Pou m fini fè devwa a, mwen bezwen anpil konsantrasyn. — Tan an kòmanse frèt. Se lè pou mete rad cho lè w ap sòti. — Piti la souse zo a jis nan mowèl. — Katrin lave cheve l chaque semenn. Souvan le samdi. — Feblès tèlman anpare li, li pa fouti kanpe. — Mè, pè ak anpil frè relijye fè sèman seliba. — Nan okès la gen 2 moun ki t ap jwe entriman yo rele twonpèt franse a. — Li dilye labouyi a ki te twò epè a ak yon tas lèt. — Nanpwen moun ki konnen kiyès ki pwopriyetè magazen sa a. — Nan lekòl la, klas yo gen yon trentèn elèv konsa. — Konbyen moun ki chita arebò tab? Mwen wè 5 pou kounyeya. — Li tonbe pou tifi a, men li paka di li sa. — Yo pat rive mete yo dakò menm apre gwo chita ansanm nan. — Mwen swete mwen pap janm kwaze ak Michèl nan vi m. — Fi a pa lèd, li jis pa pran swen de tèt li. — Dapre labib, Kayen ta premye pitit Adan ak Èv. Li se frè Abèl. — Makou yo pat konn sèlman kaponnen moun, yo te konn fè vyolans sou lòt tou. — 'Lapè nan vant, lapè nan tèt', sanble plis ak yon eslogan ke ak program yon gouvènman. — Doktè di li bezwen manje ki gen anpil fib. — Manman ak papa se paran, menm jan ak tonton e matant. — Boujwa yo panse se yo sèlman ki gen dwa nan peyi sa a. — Ou ka manje seriz jan ou keyi l la, konsa tou ou ka anpil desè ak li. — Nap vote dapre konsyans nous. — Yon moun ki ekri woman ak powèm, se yon ekriven. — Mwen pa bezwen defann li. Li ka defann tèt li. — Doktè a sispèk li ka fè enfeksyon nan blad pipi li, lè l li di doktè a li gen pwoblèm pou pipi. — Maladi sa a pa gen tretman, men ou ka viv lontan avè l. — Limyè sa a limen depi yè swa. Se yon gaspiyaj. — Pou madanm nan limen mari l, li parèt sou li ak yon dekòlte transparan. — Yon ti gout alkò detanzantan pap fè ou mal. — Mwen pat gen lajan likid sou mwen, se ak yon kat kredi mwen peye pou gaz la. — Avantaj nan fè tranzaksyon ak lajan likid, sèke ou peye, ou fini ak sa.' — Jan l pale, jan l abiye; tout sa montre yon konpòtman integris. — Siklòn nan kraze kay mwen. Sekonsa mwen vin viv ak manman m ankò. — Mètrès la bay chak timoun nan klas la yon mòso pat pou yo jwe.pandan yo ap sèvi ak imajinasyon yo. — Pechè yo dekouvri yon chatwouj nan nas pwason an, Li pat ko mouri, yo lage l nan lanmè a. — Silvyo Katò sete yon yon gran atlèt ki te reprezante Ayiti nan jwèt olenpik ki te fè an 1928. — Lè w miltipliye 4 pa 5, li ba w 20. — Mwen pa renmen pase nan zòn sa a ak machin mwen an. Li chaje ak twou nan lari — Samson te yon potorik gason, men li te gen yon feblès. — Li pase yon bon moman devan pòtrè a an admirasyon. — Li deside pa reponn kesyon an pou li pa antrave tèt li. — Flè bannann sanble ak pye bannann, men boujon yo ke ou ka manje, pa sanble ak bannann. — Li pa ka antre nan kay paske li bliye kle pòt la kay manman l. — Yo di li anvan yo rankontre l pou travay la, fòk li voye yon lèt motivasyon. — Lè mande Maryèt pouki li fache ak Jaklin. Li di mande Jaklin. — Ki travay misye ap fè pou li ap depanse san gade dèyè konsa a. — Tout manifestasyon opozisyon an ap fè yo, se bri sapat sèlman. Se sa minis defans la di jounalis yo. — Yon kès kola gen 24 botèy. — Pòl pa sou moun ankò depi li pa nan kabinè. — Magarèt gade toutotou de li anvan li deside frape pòt kay la. — Se yon ti ponyen nazi ke yo te jije pou krim degè. — Mwen te distrè. Mwen pat tande sa yo di a. Ou ka repete l. — Andedan zo tèt yon moun gen yon sèvo. — Poban ki gen medikaman dwe gen yon etikèt ki make dènye dat pou pran l. — Yo anonse manifestasyon pou lendi, sa vle di jou sa a zye siklòn la ap anba lavil la. — Nan chak kwen bibliyotèk la, gen yon siy ki make Silans!. — Lalwa se pou toutmoun, men gen moun ki panse kèk lwa pat fèt pou yo. — Yon kolposkòp se yon machin ki pèmèt yon jinekològ gade anndan matris yon fanm. — Gen plis moun ki gen gwoup san O sou tè a pase tout lòt gwoup yo. — Desizyon sa a ka tounen yon pwoblèm pita pou ou. — Moun gen 2 bra, 2 pye. — Apre yo fin koupe bwa nan yon izin, yo voye nan yon lòt pou tretman. — Nan diskou a li souflete chèf opozan a. — Tout ti ekonomi li ale nan maladi manman li a. — Li pat ka benyen paske pat gen dlo cho. — Mizik klasik gen yon efè apezan sou li. — Lapolis ap chache yon bandi yo rele kansonfè. — Menmsi ou wè li sanble ak yon chwal, yon zèb se yon bèt sovaj. — Grann pa achte andwi. Li f`e yo limenm. Li gen resèt pa l pou sa. — Li vire lang li. Sa li te di yè a, se pa sa li di jodiya. — Konpayi ki pwodui lwil doliv sa a garanti vijinite l. — Lanmè mòt ki nan fwontye an Lajòdani e Izrayèl se yon lak ki sale anpil. — Chimen a tèlman jennen, 2 bourik paka pase youn a kote lòt. — Yo ka di mwen pa gen dwa pou panse, mwen kontinye ap panse. — Nan nas pechè a te gen 2 karang, nan mitan pwason ak krab yo. — Se yon moun tèt di. Ou paka pale oubyen rezone avè li non. — Yo di ke koloran ki fèt ak alilin ka ba moun kansè. — Nemou, Siko, sete 2 ansanm ki te konn ap batay nan kanaval lè mwen te piti. — Sete yon wa ki te marye 10 fanm. Yo te rete yon kote nan chato a yo rele zòn madanm yo. Sèl gason kanson ki te ka antre kote sa a , se wa a. — Pitit sa a bezwen grandi. Li fè tout bagay lejèman. — Konpayi a ap chache yon jèn ki gen anpil envansyon e ki wè lwen. — Lam razwa a ka pa file ase pou koupe bab, men li ka koupe manton w. — Nan sitiyasyon sa a, se ou pa met gason sou ou, se ou ki ap anba. — Travay sa a mande pou swiv yon pwotokòl menm lè ou nan lari. — Depi li pèdi mari l la, li gen yon chagren nan je l. — Menm lè ekip te byen evolye sou teren, li pat rive bay gòl. — Bati yon lopital nan zòn sa a, se yon pari. Pa gen dlo, pa gen kouran eletrik. — Jodiya a se 2 novanm, se Fèt mò yo. Se yon jou nan peyi Meksik. — Moun ki pa kanpe sou anyen chanje lide fasil. Ou pa ka fè yo konfyans. — Moun deyò sa pran pòz li konn peyi a plis pase moun ki fèt ladan, ki pase tout vi yo ladan, ki vizite tout depatman yo. — Li se frè manman m, sa vle di li se tonton mwen. — Mwen pa konnen ki sa li fè, mwen jis konnen se yon bagay grav paske papa li ba li yon rakle baton pou sa. — Politik se aktivite pou moun je kale — Chak ane parenn li ba l 50 goud kòm zetrenn. — Toma gen yo repitasyon de petè. Nan kan an, pèsonn pat vle domi anba menm tant avè l. — Apre madigra, se mèkredi lesann. — Jak te toujou yon ransè, sa pa etone m li tounen yon komedyen. — Dokay la kouvri ak tòl. — Mwen pran tan mwen pou mwen siwolin kafe a. — Nan sant komèsyal sa a ou jwenn tout sa ou bezwen pou viv alèz. — Dimanch Ramo se jou legliz sonje lè Jezi te antre nan Jerizalèm anvan yo te arete l e touye l. — Radyo a sispann emisyon a pou li pataje yon bilten ki sòti nan katye jeneral lapolis. — Di m reyisi nan lavi a, se gras a manman ak papam. — Li pichkannen m pou li ka fè mwen pe bouch mwen. — Se yon dokiman ki ap sikile sou Entènet depi yon semenn. Pèsonn pa konnen kiyès ki otè l. — Koze a te kout, men mwen aprann anpil sou istwa peyi a. — Pat gen ase bè pou li bere pen a, li mete manba sou li. — M ap chache yon jan pou mwen koumanse travay la san mwen pa deranje moun yo. — Ou menm sa a, ou toujou ap fè blag ak bagay serye. — Tout magazen femen le dimanch, sof ti demele ki ouvri. — Li pran twa echèk nan bakaloreya. — Li pa yon nonm ki achte chat nan makout. Li pap peye pou anyen li pa wè e egzaminen. — Manje lekòl la se tchaw. — Pandan divòs la, madanm nan layite tout sekrè mari li nan lari. Menm move zafè li te konn fè. — Li pa rekòmande pou bwe lèt kri. — Jan pa sèlman demenaje. Li kite peyi a. — Grenn vèt ki gen fòm yon lozanj la bon pou konstipasyon. — Se yon ti moun ki fèt anvan yè. Li pa janm wè yon liv telefòn. — Moun yo pa tap resevwa nan salon lakay ou, ou resevwa l nan chanm. — Nan televizyon, yo konn ranplase yon gwo betiz pat yon son bip. — Yenyen sa a toujou ak kriye. — Misye gen mwayen. Li bay yon lajan anba pou li pa al nan prizon alòske yo femen konplis li a. — Mwen pa konn nan ki klas mwen ta mete liv sa a. Li pale de tout bagay. — Militè yo òganize yon eleksyon bidon e mete Maniga prezidan. — Kouran endispansab pou fè yon izin konsa mache. — Fanm nan gade li, tchwipe e vire do l. — Machin ki pral Sen Rafayèl la poko rive. — Gen yon Pafen nan lè a ki fè mwen sonje lakou lakay. — Apre lanmò mari l la, li jwenn rekonfò kay fanmi l e kèk zanmi. — Mwen sote sou Jan nan biwo imigrasyon a. — Men anpil chay pa lou, se deviz nasyonal, peyi Dayiti. — Li di li bay Patrik pèmisyon pou pale nan non l. — Napoleyon sete yon enprè franse. — Li retounen televizyon a nan magazen pakse li pa mache jan yo te di a. — Pou li elimine non ki sou lis la, li pase yon tirè sou yo. — Pitit la renmen lè matant li penyen. Li toujou fè danfans pou li. — Apre tanpèt glas, wout yo glise. — Se avèk siman pou ou bouche twou an. — Chen an pa pèdi se sove li sove. — Ki kandida ki fè plis vwa nan eleksyon a? — Chak 2 semenn lontan, anpil katolik te konn al jwenn yon pè pou yo konfese peche yo.' — Nan boks, yon koutba ka fè yo diskalifye w. — Tout koze sa yo bwouye lespri m. — Sa ou wè sou papye a se yon pwojè. Yo pral reyalize l nan kèk mwa konsa. — Nan terapi a, premye ekzèsis yo mande pou li fè se mare pwen li. Sa pat fasil pou li. — Li posko kite kalandriye a. Li gen sèlman 28 lane. — Anvan li deside fè operasyon an, li chanch opinyon yon lòt doktè. — Li se yon direktè ki ki toujou trete tout moun ki ap travay pou li ak respè. — Mari li abandone l apre li akouche twazyèm tifi li a. — Aprè chak chapit, ou gen 10 ekzèsis pou teste bon konprann ou. — Yo kondane esklav ki te sòti deyò yo san pèmisyon a 100 kout frèt. — Se pa dat mwen pa kontre Janin. Yo di m li pa nan peyi a. — Mwen panse ke sete yon mesaj ki pat fè sans. Se apre mwen konprann fò m te dekode. — Li nan ensilin depi kèt tan. Li soufri maladi sik. — Li fè tèlman cho mwen oblije tanponnen figi m ak zepòl mwen e tranpe pye m nan yon kivèt dlo. — Tann ak pasyans d`omi sou menm kabann. — Nanpwen moun ki konnen kote madanm nan fèt. Napwen moun ki janm mande l. — Menm nan peyi ki di yo rich yo, gen anpil moun ki nan bezwen. — Chak maten timoun yo resite sèman drapo a nan lakou lekòl la. — Kouman 2 moun sa yo fè rive marye, yo pa ale menm. — Moun gen zong nan boutdwèt yo. — Nan katiye sa a, pou al nan komòd, fò w mache plis pase kenz minit. — Kay sa a koute m yon pakèt kòb. — Li di li ap tounen anvan fen mwa a. — Li pa lespri pou li konprann e jije bagay sa yo. — Yè swa, mwen reve manman m. Mwen pa konn kisa pou m panse de rèv la. — Bibliyotèk la gen tout kalte liv. — An 1949, prezidan Estime te mete sou pye yon kokenn chenn ekspozisyon pou selebre desanzan Pòtoprens. — Li dedye tèz li bay papa l ki te ede l anpil. — Siklòn nan poko menm rive, vag lanmè a gentan pran tout plaj la. — Dapre Labib, Pèp ebre a sete pèp Bondye. — Mwen di jij la ke mwen te sèlman yon espektatè pandan batay la. Se pat dwa m pou m te entèveni. — Chak syans gen vokabilè pa yo. — Jozèt achte yon bèl wòb, men manman l fè remèt li paske li te twò dekòlte. — Apre tranbleman detè a anpil kay ki pat kraze te panche yon bò. — Mwen wè yon milèt, 3 chwal, 5 bourik e yon douzenn bèf nan savann nan. — Lè li aprann nouvèl, yon tranbleman pran tout kò li. — Desann anba a se yon pleyonas. — Depi twa mwa mwen pap travay. — Lagè toujou kreye òfelen. Anpil papa ale e pa tounen. — Vwayaj la kòmanse Jeremi, li fin nan vil Miragowàn.', — Lanmè Gwolann benyen kot 3 peyi: Nòvèj, islann e Gwolann. — Gen yon restoran tounèf ki louvri nan kwen an. Yo di li sèvi bon manje e pla yo pa chè. — Si w ap chache youn nan pwason ki pi lèd nan lanmè, pran yon Pwason lalin. — Obezite, se pwoblèm moun ki nan peyi rich. Se sa mwen te panse lontan. — Nan Labib nou li: "Bondye pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo". — Gen yon magazen kote ou ka achte yon kado maryaj si w ap bay Alfrèd ak Nadin youn. — Nan lavi m mwen rankontre anpil moun ki ban m bourad pou m rive kote mwen ye a. — Na peyi sa a, se adwaz oubyen twil yo mete sou dokay. Yo pa mete tol. — Tous sa se siy yon koklich. Li lè pou mennen pitit la kay yon doktè. — Syamwa, se yon chat ou jwenn sitou nan peyi Tayiland. — Nan konpayi sa a, yo pa pran moun ki gen pwen fèb. Yo vle pou ou di ak tèt e ak lòt moun. — Chemen sa pi kout, men li apik e annès. — Li fèk marye dènye fi li a. — Mekanisyen pa ka ranje machin nan semenn sa a. Se pou li ranplase yon pyès ladan,e li pa genyen l sou plas. — Li prese paske li gen pou li prepare manje anvan timoun sot lekòl. — Se yon bon papa li ye, li pa janm manke sou devwa li. — Mwen pito pase nan gran chemen ke pran santye a. — Pitit sa toujou ap kaka sou li. — Miyawo se yon chat ideyal. Li jwe lè pou li jwe avè ou. Lè kè ou pa kontan, li jis chita bò kote ou. — Ana ap travay nan estasyon radyo men li pa jounalis. Li se responsab piblisite. — Olye li al kay yon doktè pou maladi li a, li al jwenn yon medsen fèy. — Dam nan ranje nap la sou tab la anvan li ranje sèvis yo — Si m te mete espwa m sou pitit la pou peye lwaye kay la, mwen t ap nan lari kounyeya. Li pati. Mwen pa janm tande l. — Ou wè ke mèt la pa fè bab li maten an. Manton chaje ak chouk cheve. — Ki lang yo pale an Nouvel kaledoni? Franse se lang ofisyél. Men moun la pale 28 lòt lang. — Doktè a preski li yon remontan pou pwoblèm bèk atè li a — Sa a se travay ou matchokèt; yon moun ki pa fin konn metye a byen. — Abèl prete yon machin pou li ka enpresyone yon dam ki panse li gen kòb. — Nan fèt dènye ti gason li an, te gen yon majisyen ki te ap amize timoun yo. — Mandarin sa yo vrèman dous. Ki kote achte yo? — Ou ka divize kenz pa 3 ou pa 5. — Li bay anpil nan zanmi li kè grenn lè li anonse maryaj li a. — Se yon machann dwòg, se yon moun san fwa ni lwa. — Mwen gen 2 lese pase pou konsè a. — Lontan jèn ki fiyanse te konn tann yo marye anvan yo akouple. Kounyeya, yo fè sa san yo pa menm fiyanse. — Mwen mande si sa ou aprann mwen la a, pa yon nouvèl fabrike. — Li pa fouti leve nan kabann san yo pa ede li. — Nonm sa a pa jam peye ak lajan kontan, li toujou sèvi ak Kat kredi, menm nan episri. — Nan envitasyon a, yo mande tout gason pou pote yon ne papiyon olye de yon kravat. — Kanna se yon zwazo. — Lanmò manman li se yon gwo kou. E li pat pare pou sa. — Gen yon sèl kouri lavil la, tout magazen blije fèmen pòt yo. — Li toujou kite yon poubwa de 15% nan restoran a. Gen zanmi ki panse li twò piti. — Kont labank la pa rapote enterè li te ap tann. — Mwen fatige tande politisyen ki ap fe pwomès ke yo konnen yo pap ka kenbe. — Yo lwe yon woulòt pou yo al nan vakans. Konsa yo pa bezwen desann nan otèl. — Meriken ak angle se te 2 alye pandan gè a. — Nikòl anbarase lè zanmi l yokòmanse pale de esperyans yo. — Tout moun nan kay konn jwe pyano, men se Jozèf ki pi fò. — Se yon Pap ki te kouwonnen Chalmay. — Mari Ivèt lage l nan yon salmanaza lè li kite l san anyen ak 3 timoun sou kont li. — Labib defann moun adore idòl. — yo fè yon maryaj tralala, e yo divose aprè sèlman 6 mwa. — Ekip vizitè yo pran yon gòl nan premye minit jwèt la. — Labib di Jezi fèt nan yon vil yo rele Bètleyèm. — Tab sa a fèt an bwa masif. — Pou ou konprann klas la, fò ou li chapit 10 nan liv la. — Gen yon epidemi krikèt nan depatman. Yo detwi anpil jaden. — Direktè a vle mete m nan won ak moun tan biwo a, lè li rele m nan biwo a e fèmen pòt la. — Lè li fini ak dènye chante a. Moun leve e yo bat bravo pou li pand 10 minit. — Moun ki toujou sispèk pa gen konsyans yo anpè. — Kati rekonekte ak papa l aprè plis pase 12 lane sans youn pat wè lòt nan je. — Malgre li gen asirans sante, operasyon a ap koute l plis pase 5,000 dola. — Bank la di l ak salè li a li pa ka achte yon kay a pri sa a. — Papa tifi a te trete m de sansal. Jodya li pa konn kisa pou li ta fè pou mwen vin chita nan salon lakay li e petèt menm dòmi nan chanm la. — Misye pa gen fib pou mizik. — Travay li se sanble fèy yo nan lakou a e mete yo nan barik yo. — Se yon avadra. Li ap viv sou do manman l ak papa l. — Pou twonpe moun, li bay phraz la yon lot sans. Konsa li ap fè semantik san li pa konnen. — Rasis nan peyi sa a di gen yon konplo ki ap fèt pou ranplase blan yo. Gen moun ki kwè yo. — Li konnen li nan pwoblèm, lè madanm li ba li yon sèl kout je. — Timoun renmen istwa ki fè yo reve de peyi lwen. — Jiyè ak out se mwa gwochalè nan peyi a. — Li sèvi ak yon kontgout pou mete esans la nan likè a. — Yè mwen rakontre bap-pou-bap ak yon zanmi ke mwen pa wè lontan. — Lontan moun te konn telegrafye, lè yo te bezwen voye yon mesaj prese prese. — Misye pase devan lakay la chah maten a setè. — Gen moun ki rele li bèl maladi, gen moun ki rele li gwosès. — Mwen pa konn kisa mwen fè Nikòl. Yè, li tap ri avè m. Jodiya, mwen wè li ap ban m move jan — Yon pwatrinè ka poze yon gwo danje pou moun ki ap viv avè l. Yo ka trape maladi li a. — Yon mal kangourou pa gen poch sou vant li. Femèl kangourou sèl ki gen pòch. — Li pat ba li poto non. Li te vini nan randevou a, men lè li wè figi mouche a, li tounen lakay li. — Pwojè a parèt sispèk paske moun ki fè l la pa konsidere reyalite peyi a. — Nan yon demokrasi, tout moun ka pale anlibète depi yo respekte dwa lòt. — Li pa fyè de limenm apre move nòt li pran nan ekzamen an. — Nan safari a, touris yo rete nan yon zòn kote te gen yon pakèt lyon. — Fò ou gen parenn pou jwenn yon travay nan konpayi sa a. — Si ou pa respekte tèt ou kouman pou fè pou lòt moun respekte w. — Nan final chanpyona a, Lafrans bat Almay. — Yon drapo se senbòl yon peyi. — Yon fin koupe tout pyebwa nan zòn, se sa ki fè tè a pa donnen ankò. — Mwen gen kèk dola mwen bezwen chanje an goud, konbyen to a ye? — Direktè a se yon moun ki toujou rete trankil nan anpil sitiyasyon, men li wè estatistik mwa pase a, li pèdi sanfwa l e di yon gwo mo. — Ou ka al chanje chèk vwayaj nan nenpòt bank, men fò w montre paspò w. — Nan lakou lakay, moun respekte moun. — 2 mesye sa yo fè moun nan fèt la gade yo mal. Yo t ap manje ak safte. — Bondye kreye tè a ak syèl la. — Li remarye yon semenn apre divòs la. — Antre kay mwen e lekòl la, se yon distans byen kout. Mwen fè l nan 5 minit apye. — Li paka gade m nan je, mwen santi li fè yon bagay ki pa sa e li ap kache m li. — Se nan yon ekzamen konsa, doktè a dekouvri kansè a. — Klas twazyèm ane a gen karant elèv. — Li pa pote gwosès la byen, doktè a mande li pou li rete kouche. — Syèl la gri, lapli a pa lwen. — Mwen pi renmen pen patat ke pen mayi. — Li oblije al nan peyi etranje pou swenyay. — Lè li sòti nan prizon, li te gen mak kout frèt nan do l. — Misye al Jakmèl souvan. Li gen yon enterè nan vil sa a. — Si ou tonbe sou yon fanm mechan mal palan, wa regrèt ou te fèt. — Li wont di li t al wè yon sikyat. Li panse yo ap panse li fou. — Konferans la ap dire 90 minit. — Gana se yon peyi afriken. Moun la rele ganeyen. — Li pa fimen, li pa bwè tafya. Doktè a di se sa ki kenbe l ansante. — Mwen pral pwofite de vakans la pou m repoze m. — Yo ap tann yon bebe. Men yo pa vle konnen anvan ki seks li. — M ap swiv seri sa a depi premye epizòd la. — Li fè yon malelve ak mèt la. Se sa ki fè li nan direksyon an. — Nan chak etaj, gen yon Fontèn dlo . — Kannari pi gwo pase krich. Men yo fet ap menm materyèl: Ajil. — Wout Jakmèl la chaje ak koub. — Simòn gen je chèch, depi mwen wè l tounen nan katye a apre deblozay li te koze a. — Lapolis ap swiv bandi sa a depi kèk tan. — Depi misye te denonse m nan, mwen pran distans avèk li. — Manman m gade m. Se yon figi mwen konnen byen. Li di m pou m pe bouch mwen. — Miryèl kite Ayiti a pou al viv nan peyi Brezil. — Osterite ak sakrifis mache men nan men. — Li rete nan kay la, sa pa vle di li ap fè kalewès pou sa. Li ap fè manje, fè lesiv, fè netwayaj. — Li bay jandam la yon fo non, se sa ki fè yo arete l. — Li chita dezyèm ranje ban yo. — Ane lekòl la gen 3 trimès. — Se kòmsi li te nan fèt la, tèlman li rakonte moun sa ki te pase. E li pat menm la. Se di yo vin di li sa ki te pase.' — Se yon loray ki anonse lapli. — Li toujou abiye pitit li yo byen pwòp. — Se pa tout moun ki renmen sipriz. — Mwen gade manje a sèlman, e kè m tounen. Li sanble tchanpan. — Li fè m repons lèt mwen an la pou la. — Pa gen min chabon an Ayiti. — Yon bon kretyen panse li ap resisite lè dènye jou a rive. — Chak moun fèt ak 2 poumon. — Ane sa a, anpil moun nan legliz la paka peye ladim, paske yo pèdi travay yo.' — Mwen sonje lè JanPòl te yon bebe tou zwit. Ou te ka leve l ak yon men. — Anpil prizonye denonse krabinay san rezon yo sibi nan men chèf prizon an. — Moskou se kapital peyi Larisi. — Kokayin se yon dwòg, li ilegal pou vann li, sèvi ak li ou menm mache ak li sou ou. — Na zòn sa a, yo pa renmen etranje, moun yo pa konnen. — Rete sèlman 2 alimèt bwat alimèt la. — Tete doubout sa a pa natirèl non. Mwen sispèk chiriji plastik. — Janpòl II pat Italyen. Se yon pap ki te sòti Lapolòy. — Janin rakonte manman l sa ki te pase a sou 2 chèz. — Anvan li pati, li te fè l yon pwomès. Li di li li pap janm bliye l. — Nan lakou a gen kèk kapris. Flè yo blan e degaje yon bèl odè. — Sa ki anlè a? se yon avyon oubyen yon zwazo?. — Mwen wè 5 machin touteren sou la kou a. Moun sa yo rich. — Eske militon se yon fwi oubyen yon legim? Militon se yon fwi. Men se kwit ou ka manje l. — Anpil ensèk gen zèl. Konsa, yo ka vole. — Dan pou dan se pa yon prensip kretyen. — Se yon jwèt foutbòl gason pa kanpe. — Lendi gra, anpil magazen ak biro ouvè pandan demi jounen sèlman. — Edna tonbe damou pou Toma, yon avèg li te konn ap ede. — Ak tan cho sa a, gen anpil chans pou moun, sitou vye granmoun, ka pran yon kout chalè, si yo rete deyò twò lontan. — Li gen yon kansè nan pwostate, Li pral fè yon pwostaktetomi. — Nan fen rekreyasyon an, elèv fè yon liy devan fontèn dlo a. — Tout moun te sezi lè yo aprann ke jij la te kite kriminèl la. — Se yon ti nonm ki pa gen zanmi, Li toujou izole. — Jak se granmoun, li pa mete slip ankò, li pito pote kalson. — Lè ofisye a mande li ki sa poud la ye, li di se farin. Sete dwòg. — Doktè a di fòk ou pran medikaman sa a 3 fwa nan yon jounen. — Ou afeksyon Janin gen pou Pòl nan je li, nan jan li gade l. — Tout moun yo ap jwe nan lakou a. — Katye sa a gen yon gwoup atoufè ki ap bay moun laperèz. — Dam santi l vekse pake yo di li 40 lane. — 3 Jezwit Ayisyen te patosope nan chapit jeneral sosyete yo nan vil Wòm. — Kote li te aprann angle? Li bon nan lang la. — Toujou gen anbouteyaj sou granri a. — Nan prese grandi, li pa rive jwi timoun li. — dlo lanmè sale. — Nan peyi sa a, lè yo mete men sou yon volè, yo koupe yon men. — Kwaf ou di ou genyen a pa sèvi anyen jodiya. Ou pèdi tout kòb ou te genyen nan kazino an. — Li mete 3 kare glas nan kola ki te deja glase. — Pou yon moun ki gen tout timoun sa yo, kay li pwòp. — Li habiye l depi nan tèt jis nan pye pou maryaj la. — Li renmen manje ki gen anpil epis, men yo pa fè l byen. Yo ba l lestomak boule. — Demen, mwen pral dejene kay man Pòl. — Ti moun yo bwè tout boutèy koka yo ki te nan frijidè a. — Anyen pa senp nan lavi a. Sa ou kwè ki fasil ka pote move sipriz. — Yo pa janm renmen yon pwofèt paske li di laverite ki ka blese ou ki ka fè moun malalèz. — Mwen konnen Matye te gen yon bagay dèyè tèt, lè li mande m sa mwen panse de Florans. — Yon twonpèt se yon pwason ki ka chanje koulè pou li kache. — Youn pat konn lòt, men yo te oblije sere kò yo youn ak lòt pou fredi pat touye yo. — Ti gason sa san nanm. — Premye fwa moun sa yo te rankontre, te gen yon etensèl ant yo. — Si ou kite yo mete w devan, zanmi m nan di m, se sou ou tout responsabilite yo ap tonbe. — Li te pare pou li te rabese valè pwojè. Li pat kapab paske tout moun te apresye l e vote pou li. — Jan gen bontilaj la. Men li pa gen yon grenn cheve blan. — Se kòd lonbrit la ki pèmèt ti bebe ki nan vant jwenn manje. — Ou pa ka touche chèk la, fòk ou depoze nan kont labank avan. — Yon powèt, se yon moun ki ekri pwezi. — Blan franse yo pyeje Tousen Louvèti pou te ka arete l e depòte. — Yon mas moun ap danse dèyè cha kanaval la. — Yo chanje dispozisyon mèb yo nan salon an. — Li di li gen yon ekzamen demen, e mwen pa wè li ap etidye. — Manifestan yo t ap defile ak bandwòl blan ki gen foto prezidan an. — 2 moun sa yo se 2 opoze, E poutan yo se 2 bon zanmi. — Pitit sa bay tèt li pwoblèm pou nenpòt ti koze. — Tèt chòv la ap bay kwafè piyay. — Moun ki jwe badmintonn pa sèvi ak boul, men yon pyès yo rele volan. — Li preske fini ak travay. — Mari Janèt divòse l paske li di li bare madanm li ak vwazen an ki t ap fè ti bagay. — Tè nan plèn nan fètil anpil. Yo bay anpil manje. — Li pran san li pou li fè nap la ki tounen yon travay tralala. — Gen youn nan dan fouchèt la ki kwochi. — Patrik gen yon ti menaj yo rele Siz. — Paleman a deside vote yon amnisti pou san papye yo. — Li rele pou li di m li pote yon komisyon pou mwen. — Nonm ki chita nan 3e ranje ekri kritik sou pyès teyat. — Ti gason a pa ranje kabann nan maten an. — Se toutan nonm sa a ap mande m prete lajan. — Ou wè yo se frè menm manman ak menm papa, yo sanble tankou 2 gout dlo. — Li marye pou bouch pèp, men an kachèt li ap kraze moustach. — Lè m rive sou kontwa a ak liv la, librè ki se yon nonm save rekòmande m 2 lòt tit sou menm kategori a. — Li fin abime tifi a, epi li vire do l kite l. — Òf mwen resevwa sou kay la mwens ke sa mwen mande. — Li travay menm nan fen semenn. — Li toujou rele m chak samdi; jodiya samdi, mwen pa tande l. — Kisa w ap fè jodiya? Mwen pral flannen bò lanmè a? — Sa mwen swete pou ou ane sa a, se pou ou jwenn yon pwomosyon nan travay ou a. — Li al nan boulanje a, li pote yon pen franse. Se pa ditou sa mwen te voye achte. — Mwen ka mande yon fwa, men mwen pap sipliye. — Fritay bon nan bouch, men li pa toujou bon pou sante. — Li chita sou yon ban nan pak ak yon jounal nan men li. Men li patap li. — Mitrayèt se zàm fann fwa. — Fanm sa a se yon , si ou atake pitit li, li ap manje w kri. — Lekòl la pa tolere timoun san lizaj. — Se sèl avyon li ka pran pou li ale Jeremi. Li pa vle pran baiman paske li gen maldemè. — Pa gen takou Janin. Li pale 6 lang, ekri plis pase 60 liv, e li sipòte yon sant pou ti granmoun ak lajan l e tan li. — Li gen kansè. Doktè ba li 6 mwa pou viv. — Imigrasyon desann nan fabrik la paske yo te panse gen moun ki pa gen papye ki t ap travay la. — Manman m mete 2 ou 3 naftalin nan plaka a. Li di se pou kenbe rad yo fre. — Jeral gade Majori ki t ap pase ak anvi. — Lè ou pa gen alkòl, ou sèvi ak kleren. — Pou fèt patwonal, lakomin ap fè yon kèmès aprè lamès la. Ap gen jwet, ap gen lotri, ap gen mizik ak dans. — Fanm vanyan pa chita sou kont gason. — Michèl gen yon anvi nan rèl do. Se yon gwo mak nwa. Li fèt avè l. — Tann! ou gen kècho twòp. — Fanmi l pa vi vi li ap mennen na Pòtoprens la. — Inondasyon mwa pase a gate rekòt pwa yo. — 3 moun sòti nan aksidan an ak blese grav. Yo kouri lopital avè yo. — Pedwo aji tankou yon moun kav. Sa yo rele politès la, li pa konn sa menm. — Ou mèt di sa ou vle, yo pap kwè w. — Koko! Se pa mo moun renmen di. Se preske yon mo tabou. Gen moun ki ka di se yon mo betiz. — Li di zanmi li yo mari l pa bay okenn plezi seksyèl. — Mwen pa renmen yogout, men yo di li bon pou lasante. Se ki fè mwen manje l. — Li pote linèt paske li se yon moun myòp. Li pa wè lwen. — Se mwen Jak pase ak yon kòk anba chak bwa li. Li prale nan gagè. — Chak nich myèl, gen yon sèl rèn myèl. — Misye sòti depi granm maten, nanpwen moun ki konn kote li ale. — Ou kite pwa a rabbi, paske ou pat met ase dife anba li. — Lè lapli tonbe, dlo a vin lage tout fatra zòn nan nan ravin nan. — Mari fi sa a se yon abizan. Li pa janm vle travay e li ap fòse fi a ap travay pou okipe. — Chak apremidi jis lè soupe, nou ka jwenn Paskal anba wotond ak li. — Sant jasmen an rive jis bò isit la. — Li toujou se gaga ak moun ki pa gen sousi ki toujou ap ri. — Anvan li pentire mi a, li mete yon anplat sou li. Konsa li vin lis. — Alsid pap travay depi kèk tan, men li pa tounen yon koyo. Li toujou ap kòmande lakay li. — Li rekonèt ke li ka vin fou si li panse twòp a sitiyasyon Ayiti a. — Lè li wè fanm nan, sèl mo ki sot nan bouch li, se Wololoy! Lòt zanmi a rete ak bouch li tou ouvè. — Se pa chans ki fè mwen rive la a. Mwen rive ak travay e disiplin. — Gen plis pase 10 tradiksyon de liv sa a an fransè. Mwen tande gen youn ki pou sòti nan mwa ki ap vini an. — Gina deside kite Pòl. Se konsa!. Nou pa ka di ayen nan sa. — Manman m ak manman l se 2 bon zanmi. Yo leve ansanm. — Legliz katolik rekonèt 7 sakreman. — Tchaw li di m anvan li ale. — Yon Bon pòsyon Nan klas Politik la pa dakò ak prezidan an. — Panye baskèt la a 3 mèt de teren a. — Tout zanmi li yo di li li ap pote l mye san mari li a. Apre divòs la, li wè yo te gen rezon. — Nannan mango an si. — Lè w ap travay nan yon ekip, ou paka wè tèt ou sèlman. — Manman ki ap travay sèvi ak ponp lèt, konsa yo ka kite lèt tete pou bebe yo a pandan yo nan nan travay. — Nan peyi panyòl, Ayisyen jwenn anpil diskriminasyon. — Doulè yo vin pi souvan e pi fò. Li lè pou nou madanm nan lopital. Skouchman a pa lwen. — Li pa peye kouran depi 3 mwa. Konpayi elektrik la di li ap vin debranche l lendi si li pa vin peye anvan sa. — Chak tiray bòlèt, li jwe menm nimewo yo a. — Li gen yon eskandaleuse pou vwazin. Se joure, pale anpil tout lajounen. — Li ap mache di tout moun ke li te taye Janin, ki se yon madan marye, nan yon chanm otèl. — Manman kanpe deja jaden lakou a. Li ap admire krizantèm li yo. — Se konsa!. Nan pwen anyen ou ka chanje nan peyi sa a. — Fèmen yon inonsan nan prizon se yon enjistis. Men chak jou sa rive nan peyi sa a. — M ap di w sa byen. Fè atansyon ak tifi sa a. Sinon w ap gen gwo pwoblèm. — Yon cheni pa yon vè, menm si yo ka sanble. Vè se parazit. — Anpil remontan y ap vann san preskripsyon gen efè segondè. — Mwen verifiye li, li entak. — Ou bezwen yon viza pou ou ale an Dominikani. — Mwen pa fè li twòp konfyans, paske li toujou ap aji anbachal. — Peyi a fin debwaze. — Pa fatige w, mwen pap pale koze w — Doktè a rekomande pou li manje pwason paske li gen yon defisyans vitamin D. — Nan langaj moun Izrayèl yo, raben vle di mèt, pwofesè. — Sa 2 timoun sa yo ap viv la a, se yon yon ti renmen. Se pa anyen serye. — Li lwe yon machin pou li ka fè virewon nan vil la. — Kondòm ka pwoteje kont maladi seksyèl e pafwa kont yon gwosès ou pa ta renmen. — Gen alfabè laten. Sa nou adopte an Ayiti. Gen alfabè siril, ki sèvi nan peyi Larisi. Gen alfabè chinwa. — Benè se yon vil ki nan departman Sidès toupre Jakmèl. — Gen anpil resèt kwizin ki mande pou gen kawòt. — Ou pa fè gwo pwen nan ekzamen a, se sa ki fè yo pa aksepte w nan fakilte a. — Nikòl achte yon wòb ble ak yon valiz ki ale avèk li. — Li ap chache yon pisis olenpik pou li antrene. — Se yon sè li li chwazi poumarenn pitit li a. — Se yon fanmi ki gen posibilite. Kay yo peye; epi mari a ak madanm nan gen bon travay. — Pic glas nan men yon timoun? Se yon gwo danje. — Nan chak fenèt fòtrès la gen yon kannon. — Demen, Jil pral kay doktè pou li retire anplat yo te mete nan janm li a. — Jan fek entale yon èkondisyone nan chanm li. — Mwen di l si li gen remò pou sa li fè a, se pou li al konfese e mande Bondye padon. — Konpayi a di li sèvi kounyeya ak fib optik ki ogmante vitès kominikasyon pa entènet yo. — Lè w ap kondwi, se pou ralanti nan koub pou evite derapaj. — Epi li tounen apre kèk jou, li di Tchaw ankò. Sa vle ou ka sèvi ak li pou salye yon moun oubyen pou di l orevwa. — Nan vil la gen yon priz dlo nan chak kafou. Se la ponpye vin chache dlo pou al touye dife. — Odinatè a pran tan pou li ouvè, li sanble li gen viris. — Mwen pran plis pase 30 minit pou m dekòde fil la. — Li di mwen li te panse ke mwen te youn nan moun sa yo. Moun li paka sipote yo. Hmmm! — Gen yon ti lapè jodiya apre jounen manifestasyon ak dezòd yè a. — Lè ou prete fò ou remèt. — Koosaj la montre tout fòm pwatrin fi a. — Li jete jounal la nan fatra paske li pa kwè nan resikle papye. — Rele m si ou bezwen èd. — Tifi te twò wont pou li di ke yon zanmi l te vyole l. — Dezè se pa kote moun ka rete. Se menm yon danje pou travèse pafwa. — Chevwon se yon siy matematik ki ka vle di "pi gran pase" ou "pi piti pase". — Lè misye pran ton siperyè avè m, mwen mete l nan plas li. — Legliz gen gen represantan nan konsèy elektoral la ankò. — Nou dakò sou dat reyinyon an, men nou poko fin dakò sou lè a. — Yo gen 60 lane depi yo marye. Y ap fete nòs dyaman yo. — Li di mwen bon vwayaj depi kounyeya. Li pap la demen. — Manman m toujou di bonbon se tchaw. — Mwen di l se ak anpil jwa mwen rankontre l. — Si ou polisye bare w ap kondwi san ou pa tache senti sekirite w, li ap ba w yon kontravansyon. — Li chape anba lanmò apre aksidan an. Gen anpil moun ki panse li pa t ap viv. — Manman di mwen gen plis pase 30 lane sou tèt mwen. Li ap fè presyon sou mwen pou mwen marye. — Yo chef kwizin nan restoran ki fèk ouvè a, se yon kòdon ble tout bon. Mwen pral wè sa. — Lè mwen wè Pòl, mwen panse mwen tap reve. — Yo ap chache yon entèprèt pou wòl Wodrig la, poukisa ou pa aplike. Ou se yon bon aktè. — Li gen yon devenn avè l. Chak fwa li gen pou pati, gen yon kontraryete. — Kouman ou vle al marye lè ou paka menm fè fas ak pwoblèm ou deja genyen an. — Tout moun nan fanmi l rele Tòtò depi li te toupiti. Se Ti non l. — Latè vire toutotou solèy la. Men li vire sou limenm tou. — Moun pa preske bezwen kanè chèk ankò. Yo prefere sèvi ak kat bank. — Li tèlman fache avè m ke li pa menm vle salye m de lwen. — Li fòme yon gwoup ki gen 12 moun. — Mikayèl genyen nan lotri, premye sa li fè, li achte yon machin wololoy. — Kreyòl se lang manman nou. — Legliz ak yon Wa franse te rive fè arete anpil tanpliye e touye kèk pami yo. — Mòn nan apik. Menm chwal pa ka monte l. — Fi sa a fè 2 pitit nan 3 zan. — Olye opozisyon an chita ak gouvènman pou pale de peyi, youn ap koupe gòj lòt — Yon dizantri ki pote pitit la ale. — Antwàn se non gason ke ou jwenn anpil nan peyi Dayiti. — Pati opozisyon an fè yon sèl pou yo jete gouvènman an. — Yon ankèt ki te fèt anvan eleksyon te di kandida demokrat ap genyen. Sa pat rive.' — Gouvènman an chaje ak moun enkapab. — Ane sa a, pye mango pote fwi. — Lè li t ap fè otopòtrè a, li te chita devan yon gwo glas. — Mwen gen yon randevou kay doktè apremidi a. — Fò ou gen bon dan pou manje bougonnen. — Li gen yon doulè nan do depi yèswa. — Mawòk se yon wayòm ki dirije pa yon Wa e yon premye minis. Anpil moun ki ap viv nan peyi sa a se mizilman. — Anpil timoun nan lakou a pase jounen yo ap monte kap. — Lond se kapital peyi langletè. — Ou wè Jako ki ap ri a. Si ou bezwen l krispe kounyeya, pale l de ansyen madanm li. — Pwofese a di etidyan ki vle poze kesyon dwe leve men yo. — Gen 2 elèv nan klas la ki rele Moris. — Yo sèvi ak womaren nan anpil resèt manje italyen gen — Polo se yon nonm bwòdè. Kote li pase yo admire l. — Sizo, se yon tibèt ki gen 2 pens nan ke li. Ou jwenn yo kote ki frèt e imid. — Fanm nan tèlman gwo, se pa mache li mache, se trennen li ap trennen kò li. — Li nan yon gwoup ki ap fè kanpay kont avòtman, se sa ki fè li ap mande w pou ou siyen petisyon an. — Minis la fè yon diskou tèt anba. — Si ou jwe akòdeyon, ou ka rive jwe òg tou. — Li di se pou li al mouri kote kòd lonbrit li te koupe a. — Kò yon moun, lè li mouri ap depafini jiskaske li tounen pousyè. Men nanm li imòtèl. — Mwen toujou voye yon kat ba li pou fèt li. — Nouyòk se yon vil ki chanje ak volè. — Jeral se yon solda nan lame ameriken. — Pwotestan renmen site vèsè Labib. — Sa ou peye a pa yon pwèlyèm nan sa ou dwe a. — Yo te panse solda LONI t ap sove yo. Yo akeyi yo tankou liberatè. — Bravo pou zansèt nou yo, yo menm ki bay san yo pou nou ka gen yon peyi. — Leswa, lè lalin klè, tout fanmi a reyini bò yon boukandife pou manje e rakonte istwa. — 10% nan peyi sa a ap viv anban planche povrete ki se 6 dola pa jou pou yon moun. — Mwen renmen ale nan magazen sa a, paske li ofri plis chwa ke lòt yo. — Li gen gen 2 granfrè ak yon tisè. — Patrik se yon gason debyen se pou sa tout moun nan katye a respekte l. — Mwen te panse Sebasyen te bon zanmi Samyèl. Mwen sezi tande jan li ap pale l mal. — Opozan nan paleman a di gouvènman an pap sis nan pwojè amannman konstitisyon an. — Sa pa rele pentire, mèt kay la di bòs pent la, sa rele bagijonnen. — Jan renmen tèlman lanati ke li etidye l byen e li pare pou defann li kont moun ki vle depafini avè l. Se sa yo rele yon Ekolojis. — Pòtoprens chaje ak timoun lari. Anpil ladan yo ak mande. — Yon kouzin se yon pitit fi yon tonton oubyen yon matant. — Se pa tout konpwomi ki bon. — Minis la fini diskou a ak yon tos ki plis sanble ak yon flatri. — Depi kèk tan se yon profesè asistan ki vin fè klas la. — Li al bay chante yon libera jou ki fè manman l yon ane depi li mouri. — Yon di gen yon nap gaz natirèl nan zòn nan. — Gason ki pa sèvi ak pwoteksyon lè yo ap fè bagay ak yon fanm yo pa konnen byen, gen plis chans pou trape maladi nan boulgrenn yo. — Se Jak ki te detwi vijinite Pola. — Yon mitwon se dènye pati nan yon chemine, kote lafimen a soti. Ou wè l souvan sou do kay. — Pirat yo antere yon trezò sou plaj la. — Mekanisyen an di machin nan bezwen yon lòt vilbreken. — Ki jan ou fè pou viv? — Malèn ak mari pa antann yo depi plis pase lontan. Men yo te rive kache tout yingyang yo lè yo devan zanmi ak fanmi. Se sa ki fè anpil moun te etone lè te divòse. — Li te di jij la li repanti, li pap janm fè sa ankò. Yè, yo arete l pou menm zak la. — Ou toujou ap bay manti, se sa ki fè mwen pa ka fè w konfyans. — si ou mache 2 blòk, w ap wè pòs polis la. — Premye fwa mwen asiste yon jwèt krikèt — Kritike yon moun, se youn, men pale li mal e bay manti sou li, se yon lòt. — Chak ane li vwayaje pou li vin asiste yon sèvis nan lakou. a — Mwen pat janm panse moun sa yo t apreive marye e viv tout tan sa a ansanm. Te toujou gen yon hing-hang nan mitan yo, lè yo te renmen. — Yo ouvè yon sant pou timoun lari yo, nan kafou a. — Yon rejim bannann ka rive gen 300 bannann. — Lèt kabrit pa gen menm gou ak lèt bèf. — Li poti san li pa di nou orevwa. — Premye sa li fè, apre li fin pran retrèt li , se achte yon fotèy. — Li te kite pitit la fè sa li vle. Jodiya, li regrèt. — Se yon malfektè ke lapolis ap chache depi lontan. — Anpil Ayisyen al pran swen nan peyi Kiba lè yo malad. — Se yon medikaman ki ka fè w deprime, doktè a di li. — Li pa satisfè ditou de travay la. — Li li premye ak dènye paragraf la e sote lòt yo. — Tout moun ki ap travay dwe peye enpo sou salè. Se lwa peye a. E se sa ki fè Leta mache. — Pat la fini. Si m pa ranplase l jodiya, mwen pap ka bwose dan m deman maten. — Pòl se gason kanson, bon travayé, bon mari, bon papa. — Li gen yon kansè ki ap ronyen. Men li poko konn sa. — Rafayèl se non youn nan twa gwo akanj yo. — Bò bouch li anfle paske yon gèp bobo l. — Li mande divòs paske li te bouke pran kalòt e lòt abi nan men mari a. — Mwen mete yon ti pense bikabonat sou tach ki devan chemiz la anvan mwen lave l. — Lè mwen te piti mwen te pè krab. — Fò alwè yon doktè pou doulè a anba vant la. — Okap se youn nan vil ki pi granmoun nan peyi Dayiti. — Dènye dimanch mwa Me an Ayiti, se fèt dèmè. — Depi yè li pa goute sèl. — Si yo pa pwoteje bèt sa yo, y ap disparèt sou tè a. — Li paka al nan lant/eman an, men li voye yon kouwòn flè. — Mwen gen lontan mwen pat wè Jak. Li te aletranje. — Anplwaye bank sa a dwe pote yon kravat lè yon nan travay. — Li sipliye jij la pou li pa voye l nan prison. — Sa fè 3 fwa yo repouse dat eleksyon yo. — Yon chans konsa, se yon sèl fwa ou jwenn li nan lavi. — Fò m rele klinik la pou m anile randevou a. — Li t ap tranble tèlman li te frèt. — Fè timoun se yon gwo responsabilite. — Li travay di pou l rive kote li ye a. — Nan kominote a, gen yon siperyè, yo rele direktè. — Se sèlman lè li gen gwo vizit, li sèvi ak vè kristal yo. — Pale de yon pwoblèm avèk atake yon pwoblèm se de bagay diferan. — Yo izole tout moun ki sot nan peyi sa a, akoz de epidemi a. — Nan moun travay mwen yo, nanpwen youn ki te vin wè lè m te lopital la. — Tout moun panse ke prizon an t ap flechi l. — Li se yon fan, san mari. Men li fè tout li kapab pou ti moun yo al lekòl e manje chak jou. — Adolesan se laj tranfòmasyon. — Mwen dekouvri yon bon sit Intènèt sou Ayiti. — Franketyèn pa sèlman yon moun ki ekri woman, li se otè pyès teyat tou. — Pèsonn pa konn ki okipasyon nouvo vwazen an. Gen moun ki di li ap travay pou gouvènman an. — Alafendèfen, mwen rive lakay mwen apre yon semenn sou wout la. — Labib se pawòl Bondye. — Gen yon kan mlitè toupre ayewopò a. Se pou solda LONI yo. — Li reziye l, sa k rive rive. — Nanpwen moun ki te vle pwoche direktè a, paske yo pè pou li pa pran yo ak grap. — Li kraze raje anvan lapolis rive. Li te konn sa li fè. — Silans! se nan legliz ou ye!' — Misye Bèna se pwofesè franse nan klas Retorik. — Li pa rekòmande pou netwaye zorèy ou avèk yon ti bwa koton . — Lè li tande betiz kandida a ap di, li souke tèt li e li fèmen radyo a. — Amstè se yon bèt ki sanble ak rat. — Mal bourik la pa konn kouman pou li salye yon moun. — Kouto a pa pwenti ase pou li koupe vyann nan. — Selesten se yon kolonèl nan lame peyi. — Konpayi transfè sa a gen yon ajans nan chak vil ak bouk nan peyi a. — Pou vizite mize a, fò ou atann ke yo tcheke w depi nan tèt jis nan pye. — Pòtrè sou mi pat kadre. Mwen ranje l. — Jan ak Ektò se senkant kòb ak de gouden. Sa youn panse, lòt la di l. — Si yon moun di w li se Ayisyen, et li paka pale kreyòl, pa kwè li. — Penti nan plafon a kòmanse dekale. — Ti nonm sa se yon bolit nan mekanik oto, nanpwen machin li pa ranje. — Paske nou pa panse menm jan ak yo, yo di nou pa sivilize. — Peyi sa a pa pwoteje moun ki gen sèvo. — Li panse ke sèl jan pou li retire Timote nan kòsay li, se di Timote laverite. — Bri a pote m sou lènè paske li fè paka dòmi. — Sa rèd lè lanati dechennen. — Se yon sèl famasi ki gen remèd sa a. — Pòtpawòl yon prezidan? Sèl yon mèt mentè ka fè travay. — Yo trennen Jakito devan lajistis paske li t ap pale yon depite mal. — Mwen pa konnen an pèsòn, men nou pale nan telefòn souvan. — Li bezwen ouvè yon biznis; men li pa gen ase kòb. — Li renmen gade feyton sa a nan televizyon. — Gouvènman an chaje ak volè an palto. — A setè, gen yon fim damou nan chanèl senk. — Li oblije al nan lapolis pou ansyen menaj presyon li ap fè sou li. — Li mete 3 anetwale nan lèt a anvan li bouyi. — Lavi a tèlman di, menm diri vin ra. — Tout rekòt patat yo gate akoz de ti landeng. — Ane sa a, elèv dènye pwomosyon ekol enfimyè a chwazi yon moun ki pa doktè ou enfymyè pou poumarenn yo. — Bay manti ak kache laverite se menm bagay. — Gen yon estasyon ki pa lwen kay la. Le otobis la lage w, w ap travèse lari a, vire adwat e mache yon blòk. — Bèt gen pat. Moun gen pye ak men. — Nou rete yon katye trankil. Nou pa abitwe tande gwo bri konsa. — Antwopoloji: Se yon disiplin ke inivèsite sa a pa anseye. — Si ou eseye pran wout la poukont ou, ou ka pèdi. Ou pèdi ou moun ki konn zòn nan pou gide w. — Jeneralman, moun ki gen siy towo, se moun serye. — Moun yo pwofite de poz la pou yo pran yon goute. — Anpil otè renmen sèvi ak oksimò, paske li sonnen byen. — Jilyo nan senkantèn li, men li parèt pi jèn. — Ou paka renmen yon moun ou pa vrèman admire. — Bri ou tande a se yon alam ki avèti ke gen yon bagay ki ap brile nan chodyè sou dife a. — Mwen aprann ke Jaklin marye ak yon nonm dousman. Li ap plwaye l mete l nan poch li. — Mwen chache piti la toupatou. Li te kache dèyè yon amwa. — Mwen pa kwè ou achte òdinaté a ak lojisyèl espyon sa yo. Siman ou enstale yo san ou pa konnen. — Lans bokit la kase. — Tout machann, lè yo achte yon pwodi pou yo revann, ap chache yon benefis. — Fi sa a ap mache sans jipon ak yon rad to klè. — Premye minis la se yon karismatik. Anpil moun kwè nan li. — Tout jan li peze kesyon an, li pa ka jwenn yon repons ki satisfè l. — Nan maryaj Tinès la, chanpay koule tankou dlo. — W ap vire adwat 3 fwa. Kay la aprè dènye viraj la. — Gouvènman pa gen okenn vizyon pou developman peyi. — Reyiniyon a ak kòmanse a twa zè edemi.' — Nou gen yon elit malonèt ki ap tire pwofi de de tout richès peyi a, e ki pa ba l anyen anretou. — Se ak yon tèt gridap li klere chanm nan. Se sa ki fè fetay kay la tou nwa. — Bren an rive sou nou, fò antre lakay. — Chak ane pou fèt manman, li ekri manman l yon bèl lèt. — Se premye fwa mwen wè kavalye sa a. Men, mwen rekonèt chwal la. Se jiman bòs Masèl la. — Li pran tan l pou li admire vale a lè li rive nan tèt mòn nan. — Anvan li al nan randevou a, li techek pou l wè si l gen tout bagay. — Tout dwèt zòtèy pa menm gwosè ou menm longè. — Machin nan raze yon lòt ki te estasyonen et raze retwovize goch la. — Kay la gen kat (4) chanm san ou pa konte kwizin nan. — Dam sa a poko gen 40 lane, li gentan gen tete tonbe. — Mari rele yon taksi nan kwen lari, men chofè a pa rete pou li. — Mwen pap pèdi tan m pale de sijè enpòtan sa a ak yon pwofàn tankou w, mwen di l. — Li fè wont li a sèvi kolè. — Filipyen, se yon lèt ke yo di Apòt Pòl ak disip li, Timote, te ekri moun Filip yo. Li se 11è liv nan Nouvo testman an. — Katab ane pase a tout nèf, men li vle pou nou achte yon lòt pou li ane sa a ankò. — Yo mezire elektrisite an kilowat. — Foure tout resi nou peye yo nan piknòt. Na kontwole yo demen. — Avèk koubèlann mwen an, mwen peye anpil pou kouran. — Ou ka pote kòsaj la avèk ou san epolèt. — Lè m te lakay mwen te konn manje alè. — Mwen pa rekonèt li paske li pa makiye jodiya. — Madrid, se kapital peyi Espay. — Levanjil bon samariten an montre nou ke se pa tout moun ki di y ap sèvi Bondye ki gen renmen nan kè yo. — Manteau, chanday, se rad cho. Y ap di w fou si ou mete yo nan mwa jiyè nan peyi bò isit. — prezidan an revoke minis la poutèt derapman li a nan Paleman an. — Rezilta tès la konfime sa doktè a te sispèk la. — Yo pati dèyè volè a, men yo pa rive kenbe l. — Misye twò siseptib, li paka fè politik. — Mwen pase li yon mòso klineks pou siye nen li, men li foure l nan pòch li. — Yon moun soud se yon moun ki wè men ki pa tande. — Detektiv la ap chache pou wè si gen yon lyezon ant 2 asasina yo. — Misye bliye kote li sòt. Kounyeya, li konpòte tankou yon moun ki Pa konn kaka. — Lide pèsonèl yon jounalis pa enterese moun. — Tout moun te panse Majori pa t ap viv aprè aksidan a. Li pase plis pase 2 mwa nan yon >mark>respiratè sou yon kabann lopital. — Si ou pa yon sispèk, poukisa ou al wè yon avoka. — Se ak frètkach yo bat prizonye yo nan prizon sa a. Se òganizasyon dwa moun yo ki met piblik la okouran. — Gen moun ki ap siveye tèt dlo lajounen kou lanwit. Se pou malveyan pa vin kontamine l. — Ak disiplin ou ka rive ekonomize ase lajan pou ou achte yon kay. — Yon katakonm sete yon simityè anba tè. Jodiya, se yon seri de koridò anba tè kote ou jwenn zosman moun ki mouri. — Se yon peyi kote yon aksepte vyolans sou masisi. — Li vle fè moun konprann ke li pa gen anyen nan sèvèl li. Konsa li ka okipe afè l pi byen. — Poukisa fòs sa a? Se pou ou pisin. — Yo di se operasyon ki pou retire chè nan je a. — Lapli ak tonbe ak yon gwo van. Parapli pap fè anyen pou ou, se yon impemeyab ki pou sove w. — Pou li evite yon diskisyon ak madanm nan, li jis bat dèyè li. — Li paka jwenn travay, anwolman nan lame, sete sèl chemen ki te ouvè devan l. — Apre anpil refleksyon, Jòj rive chwazi yon pwofesyon. — Kapitalism se yon sistèm ekonomik ki fè yon ti gwoup moun rich pandan li lage mas pèp yo nan lamizè. — Li pèdi eleksyon an, men li kontinye ap plenyen e di, san prév, ke yo volè vòt li yo. — Vwazin nan gen yon pitit tèt pa byen. — Men ki jan pou ou fè pou ouvri bwat la. Devise tout vis yo, epi ou chofe l pandan yon minit. — Pen depis vini sou tout fòm: Kay, bonbon, gato. — Anvan ou marye ak yon moun, chache konn tout abitid li. — Klewon an sonnen nan kazèn nan, se lè apèl. — Madanm nan remet bòn nan nan wòl li, paske li te rete twò lontan nan salon an apre li fin sèvi envite yo. — Li bay tout moun yon kado, sòf mwen. — Li jwenn yon ti travay byen fasil. — Pou li al travay, fò pran li yon bis epi metwo a. — Li touye tèt li paske li te dezespere. — Se nan Imalaya ou jwenn mòn ki pi wo nan lemonn. Yo rele mòn sa Everès. — Mèt la mande tout klas pou refè devwa aljèb la. — Yon bi se yon rèv ke ou vle viv tout bon. — Li douzyèm nan klas la. Sa vle di ke 11 elèv nan klas la pi bon pase l. — Griyo Madan Dominique se fonn nan bouch. — Li malad pou fanm nan. — Li pa li woman, se liv istwa ki enterese l. — Ayiti pa yon peyi ki mèt tèt li ankò. Etranje foure bouch nan zafè l nenpòt lè. — Etalaj magazen sa a toujou chaje. — Jan se yon non ou jwenn toupatou nan peyi Dayiti. — Anvan to te divòse, yo te pase yon ane nan terapi pou moun marye. Sa pat mache. — Minis la avili tèt li lè li aksep pran lajan nan men chèf konpayi a pou yon lisans. — Eske ou grangou, Pòl mande li. Li sekwe tèt pou li di Non. — Yon biyografi pa yon woman, paske se istwa yon moun tout bon. — Nan klas la, anpil tifi ak tete an flè pat met soutyen. — Mwen pa konprann anyen nan sa li ap mamote a. — Kanti sou kantik se yon liv nan Labib. Se yon liv damou ke yo di Salomon te ekri. — Li ap chache yon mèt pou mezire pòt la.mèt twal pou li fè pantalon an.> — Yo di pitit se baton vyeyès, se pa timoun pa mwen yo. — Kouri ou pwoteje tèt ou lè ou anfas yon danje, se yon refleks ou jwenn kay tout moun. — Ti gason an bliye bwose cheve li anvan li sòti. — Li vrèman sal. li bezwen yon bon douch. — Tout prese li prese sitwon an, ji pa janm sòti. — Anpil kandida di se pat yon eleksyon tout bon ki te fèt, men yon eleksyon bidon. — Pèdi pasyans, kriye san rezon, pè moun, tout se konpòtman otis. — Li envesti tout tan l nan pwojè a. — Gen doulè fizik ki rèd, men doulè moral pi rèd. — Ti moun pa obeyi granmoun ankò. — Li devlope tout kado yo sof youn. — Rasin pyebwa a gaye nan tout lakou a. — Travay jaden ap tann depi yon semenn. Li lè pou m twouse manch li pou m fè l. — Rad fi sa a genyen, yon pandri pap ase pou mete yo. — Li sote nan kou papa l ke li pat wè depi 12 mwa. — Gen 4 gwoup san: yo A, B, AB e O. — Li manje anpil legim ak fwi, se sa ki fè li toujou ansante. — Pa gen zwa nan lakou a, kote plim zwa sa a sòti? — Yon semenn travay gen 5 jou. — Te gen yon anprè woman ki te rele Adriyen. — Lè m te piti, pat gen Entènèt. — Fò yon moun gen bon karaktè pou li pa fè sa ki pa sa lè li ap travèse yon move pas. — Sou plas la, mwen wè kèk jèn boudis ki tap chante. — Se dlo ki sòti nan tèt dlo a ki bon pou bwè. — Li pat ka vini nan maryaj la paske li te aletranje. — Kechwa se yon lang ke pèp nan tan lontan yo rele Enka a te konn pale. — Li panse li ta pral imilye dam. Li te jwenn ak pa l. — Pendan li ak menaj li, li ap gade yon dam bò je. — Krichna se youn nan ti bondye nou jwenn nan relijyon Endou a. — Li pran 2 grenn pou doulè, e tèt fè mal la vole gagè. — Se yon moun ki gen prensip ak konsyans moral. Menm si li nan bezwen, li pap janm pran sa ki pa pou li. — Apre sa li di yo, li lese chak moun rive ak konklizyon pa yo. — Li mete yon sosis nan mitan 2 mòso pen., epi woze ak sòs tomat e pikliz. — Menm jou yo fikse dat maryaj la, yo rezève nan pi bèl otel sou zile a, yon chanm pou jenn marye. — Depi mwen tande poul yo ap kakaye. — Ou se yon nonm vrèman odasye, si ou ka parèt figi w devan pòt kay moun sa yo. — Li gen 16 zan, li rete 2 zan pou li rive nan majorite. — Li pral renouvle paspò li a. Li panse vwaya deyò peyi a. — Machann yo okipe twotwa granri a. — Mwen renman Jaden flè Mèt Jera a. — Yo di ke po kiwano gen anpil vitamin C. — Pou kalme nè li yo, li fè yoga chak jou. — Imigran antiyè yo konsantre yo nan Nouyòk. — Se bon fim detektiv. Se jiska la fen yo revele idantite kriminèl la. — Blan nan peyi sa a panse ke se yo ki pou jwi tout avantaj sosyete a ofri. — Pyè ap travèse yon move moman. Li pèdi travay li, madanm li malad. — Tout moun ap pale, men youn pa touche kè pwoblèm la. — Nonm sa a ap mahe ap chemiz sire depi yè. — Pa gen manje. Se yon dizèt. Anpil moun ap mouri grangou. — Depi yè, Matye vini pi mal. Doktè kounyeya ap pale de operasyon. — Anpil san papye oblije ap travay anba tab kote patwon ap pwofite de sitiyasyon yo. — Apèl nan yon kabin telefòn te toujou koute chè. Plis ou pale, plis w ap peye. — Ou pa fè anyen la a, si se yon sèl kote ou flite. Lè efè a pase, ravèt anba yo ap monte. — Li pap travay, kote li jwenn kòb pou li sipòte yon lòt fanm. — Li di li pat janm patisipe nan pwotestasyon, men desizyon gwo ponyèt gouvènman an pouse al nan pwotestasyon devan palè a. — Lari vil la pwòp. Ou wè majistra ap fè bon travay. — Diri lokal la pi bon pase diri enpòte yo. — Lea leve ak yon malvant. Li paka al travay. — Eseye evite chimen parad la. — Yon manman toujou vle byen pou pitit li. — Lè l tande sa Pyè ap di sou li nan vwazinay la, l al koresponn ak li. — Madanm mwen soufri de maladi yo rele pè sourit, mwen pap ka lwe kay sa a, mwen wè yon sourit pase dèye fou ki nan kwizin nan. — Danyèl leve chak jou a 6 zè nan maten. — Asirans la mande pou li voye rapò lapolis ba yo. Yo bezwen konnen kiyès ki antò nan aksidan a. — Lapli ap tonbe depi yon semenn. — Leta pa gen pou antre nan lavi prive yon moun. — Pou sekretè a, lendi se yon jou bese leve. — Se pa yon moun kienpresyone devan lajan. Li gen lajan tou. — Anpil moun jwenn lanmò yo nan tranblemantè a. — Mwen se yon moun endepandan, mwen pa janm depann de lòt moun. — Litiji a ap komanse a 6 zè. — Plak fren machin nan wonje, se pou mwen ranplase li anvan enspeksyon an. — Milèt machann nan chaje ak machandiz pou li al vann nan mache a. — Yo mete ankarantèn tout moun ki sòti nan peyi sa a poutèt epidemi ebola a. — Ti vagabon yo bade mi lekòl ak labou. — Moris twò gwo pou laj, li tounen yon patat. — Èv se zanmi m. Li prezante m yon zanmi l ki rele Viktò. Kidonk, Viktò se zanmi yon zanmi. — Lè li ap kite peyi a pou li monte avyon an, yon tristès vlope kè li. — Yon bidè se yon kivèt. Se pou fi. Pou yo ka fè twalèt deba yo. — Lè l pale doktè a de doulè apre-konyen yo. Li apran ke se monopoz ki fè sa. — Atake direktè a se yon jès gratis ki pap rapòte anyen. — Mwen wè yon boutabak nan savann nan. Se yon zwazo ki gen plim nwa ak yon yon bek bonbe. — Li renmen vi seliba li a. Li ka sòti ak fi li vle e ki vle l. — sa a gen yon soulye pou chak koulè rad. — Anpil moun nan Afrik di Sid pale yon lang yo rele Afrikanns. Li sanble ak wolandè. — Pou travay sa a, nou ap bezwen omwen 5 gwo gason. — Mwen pa janm kite moun jwe avèk mwen — Jandam yo t ap fè menas sou li. Yo di l si li refize kopere e di tout sa li konnen sou zak kriminèl la, li pral nan prizon. — Mwen remèsye w davans pou tout sa w ap fè pou mwen. — Chak jou li priye pou Bondye bay timoun li yo bon konprann. — Jak gade fi a depi nan tèt jis nan pye anvan li pwoche kote li. — Tan an bèl. Tou moun nan lari. — Wa di pitit sa a pa gen tout bonnanj li souli. — Apre yo pran enpo e lòt dediksyon, mwen wè mwen pa touche ase kòb pou m pase mwa a. — Gonayiv se yon vil nan depatman Latibonit. — Bondye kreye tè a ak syèl la ak tout sa ki ladan yo. — Misye pèdi tout byen li travay di pou fè nan divòs la. Jodiya li toutouni, san anyen. — Match la te 1 a 1 e te manke sèlman 10 minit pou li fini. Fanatik yo te krispe. — Nan klas gen 40 etidyan. — Li fèk rache twa dan, se ki fè li ap soufri konsa. — Yo di se yon ranvwa ki fè li malad. — Te gen anpil makònay nan estad lè ekip lokal la te bay premye gòl la. — Yo prefere yon blofè ke yon moun ki ap di yo laverite. — Se yon taksi ki menmen l nan klinik la. Li pat jwenn yon woulib. — Le krim nan te fèt. misye te nan prizon. Men lapolis arete l kanmenm. — Nan bouk la gen yon eskadwon lanmò ki ap touye moun pou lajan. — Li pale m de vwazin yo, de lavi a ki ap vin pi chè, de gouvènman an e de Kesedyo Kesekwann. — Li jwenn yon travay nan sekretarya inivèsite a. — Li se amatè tout bato ki gen siy sa yo. — Pèsonn pa konn sa ki dèyè tèt Samyèl. — Tèt Jaki pa byen. Mwen wè l al pale pou kont li. — Yougoslavipa ekziste depi 2003, lè 7 peyi ki te fòme l la pran chemen pa yo e vin mèt tèt yo. — Pri kay la diminye. Kounyeya, mwen ka achte li. — Yon bon prezidan se yon moun ki fè atansyon a nesesite pèp li a. — Viv nan mizè pa yon vi. Ou pa janm konnen kote ou kanpe. Ou paka reyalize anyen. — Pouki moun bèl machin sa a ye? — Vyann nan rete twòp deyò a, li komanse kale vè. — Bondye t ap teste abraram lè l mande l pou li sakrifye pitit li pou li. — Li tonbe ansent move lè. Mari l fèk pèdi travay li. — Tout moun nan katye a sezi lè yo tandé Mari ansent, yo panse li te yon timoun ki pat janm fè ti bagay. — Li pa gen ase sèso pou pandye tou rad sa yo. — Kachèt anba tè sèvi pou pwoteje prezidan an si ta gen yon atak nikleyè. — Menmsi tig se yon bèt ki gwo e ki lou, li ka sote byen wo. — Yo arete ti Jan. Yo ale avè l nan yon chalan. — Lè ma mande yo ki kote yo te rankontre, yo chak rakonte yon istwa. — Engredyan yon bon maryaj se konfyans. — Li mete yon barèt pou kenbe cheve yo anplas. — Madan Jil se pi gwo negosyan nan vil. Li gen yon baza ki vann tout bagay. — Jan jwenn yon kal nan manje, gen moun ki pa jwenn anyen. — Mwen pat janm panse Natali ta twonpe m konsa, apre tout sa mwen fè pou li. — Konferansye an domine sijè an. — Si bay chemiz la yon bon kout fè, li pat sanble ak ranyon. — Gadmanje toujou fèmen ak kle, wa di li pa fè moun nan kay yo konfyans. — Mitan pòm nan pouri. — Li di li pral pwofite de fen semenn nan pou li detann li. — Gen anpil tip konpresè. Gen sa ki mache ak gaz, lòt mache ak kouran elektrik. — Anpil timoun nan òfelina a, mèg. — Mwen sonje l lè l te lekòl. Sete yon loray kale ki te toujou sou goumen. — Jida trayi Jezi ak yo bo. — Li gen yon pòt sigarèt ki gen non l grave sou li. — Li pa pòv, mwen pa konprann poukisa li al viv malsite sa a. — Se yon teknisyen mwen rele pou vin limen founèz la. — Li pi fasil pou ekri pwoz ke pou fè pwezi. — Li renmen di li pa dwe moun anyen paske se sou fòs ponyet li li rive kote li ye a. Li bliye bourad moun nan bouk la te ba li lè li ta pral etidye Pòtoprens. — Yon bon samariten se yon moun ki ede sa ki nan difikilte san passpouki. — Dezyèm jou kanaval la, Septan te an demon nan lari a. — Sa fè yon lane depi mwen pa tande Pola. Li pa janm bay nouvèl li. — Li gen yon paket chofi ki leve sou bra li. — Lapolis arete asasen ki te pwayade Joslin nan. Se yon ansyen menaj li. — Jan mwen wè Jaki ak Polo ye a, toujou kenbe men, yo sanble yo se se desiskole. — Sou teren foutòl la a, abit la se sèl wa. — Yon polisye pa yon solda, li se yon gadyen lapè nan yon kominote. Yon solda la pou defann peyi kont atak lòt peyi. Youn la pou pwoteje, lòt la la pou defann. — Paske lòt la pile l e pat di l padon, li ba l yon kalòt marasa. Li ap pran prizon pou sa kounyeya. — Lè ou pran yon limyè wouj, asirans machin ou vin pi chè. — Li se yon agwonòm ki pa janm janm pile yon gwo jaden. — Se yon silans ki di opposition l ak pwopozisyon an. — Si ou pral Okay, se nan estasyon ki sou Pòtay Leyogann nan pou al pran Otobis. — Zòn penalite se rektag ki devant chak kan sou yon teren foutbòl. — Ekografi montre yon timè nan matris fi a. — Jodiya se poul n ap manje. — Nan katye lanmò sa a, moun pa ri ankò. Men timoun gen min tris. — Mwen renmen pwason sale, mwen yo pa kwit sa souvan lakay mwen. — Iwoni ka blese yon moun. — Nan sezon Ivè, dlo kanal la jete. Li tounen yon patinwa. — Apre konsè a, nou pral nan yon restoran. — Mwen pat santi m alèz nan fèt la. Te gen yon darati ki t ap pale de tan lontan. — Pitit la fèt anvan lè. Yo oblije mete l nan yon kouvez pandan 3 semenn. — Pèsonn pat tande pale de misye avan. Kounyeya, yo di li se yon kandida. Se yon moun deyò fòse nou pran. — Ti gason an kòmanse anbrase yon seri de lide ki pa fè fanmi l plezi. — Janin okipe kanich li a tankou yon timoun. Li pale de li tankou de yon kretyen vivan. — Se yon moun ki retire. Menm Vizit, li pa resevwa. — Rachèl vide tout sa ki te nan bwat la sou tab, pou li chache zanno a. — Chak samdi, misye sòti byen ta. Nou aprann ke se nan yon bòdèl li ale. — Se yon nonm kripya. Li gen kòb, li refize ede fanmi ki nan bezwen. — Chen an fonse sou nou e mèt li pa fè anyen pou kenbe l. — Yon moun nan magazen a rele pou li di livrezon mèb yo ap fèt demen maten. — Nan fen leson an, gen yon revizyon ak kesyon sou li te kouvri. — Li te rete ak yon matant li lè li t ap etidye nan kapital la. — Yo bay tibebe vaksen kont Polyomyelit pou pwoteje l de maladi sa a. — Entènèt se te yon inovasyon nan ane 1990 yo. — Si ou paka wè mèch bouji a, wonyen tèt bouji jiskake ou wè l. — Aprè 10 lane maryaj, Vijinya resi ansent. — Li ap fè dam nan je dou devan mari l. — Se yon politisyen tèt chat ki jus ap di sa moun yo ta renmen tande. — Mwen pa kwè sa w ap fè a legal. — Li panse ke tout moun rich pale pwenti. — Moun ki di yo pa jan fè erè se mantè. — Deba a te chofe, men youn nan kandida yo pat derespekte lòt. — Ou panse ak laj li, li ta vin yon moun respektab. — Se pa yon doktè je ki preskri l linèt la. Se sa ki fè li pa wè byen avè l. — Lekòl la gen 3 batiman, Chak gen 6 klas. Se yon gran lekòl. — Pyès teyat sa a ta bon wi, si aktè yo pat fé l tounen yon tentennad. — Pou al kote sa a, ou bezwen yon bon kamyon. — Depi 3 zan, misye rete kay Ektò san li papa peye lwaye. — Tout kay nan zòn nan gen sousòl. — Li ap akouche nan 2 mwa. — Li fè tout vi ap travay anba presyon, e li pa menm jwi retrèt li. — Se yon mirak. Doktè a dekouvri ke kansè a disparèt. — Anba lapli sa a, mache ak sandal nan pye, pa sèvi anyen. Pito w te mache pye atè. — Si glisemi w pi wo pase 1.26 gram par lit san lè ou poko manje, ou gen gwo chans pou ou soufri dyabèt. — Tout klas nan lekòl la gen yon tablo. — Yon bisektris se yon liy ki depataje yon ang an 2 pati egal ego. — Balon mate devan kan an. — Si ou se yon Zayiwa , ou se ou Afriken. — Itali se yon peyi ki sou kontinan Ewòp. Kapital li se Wòm. — Li pa konprann kouman direktè a rive konnen sa li te di nan reyinyon a. Sanble gen yon moun ki te la e ki rapòte l. — Yon kamelit pase vi li ap priye e ap travay. Yo viv ansanm an kominote. — Tout lò li te genyen pat sove l de kansè a. — Papa m ap fatige tèt li pou paske li poko wè kote li pral jwenn kòb pou li voye timoun yo lekòl. — Yo depoze sèkèy prezidan an sou yon branka ki dekore ak drapo nasyonal. — Sou 10 kès nan magazen, sèlman 3 te ouvè. Se sa ki eksplike liy nan. — Tradisyon an mande pou yon fi pote rad dèy pandan yon ane pou manman l ou papa l. — Le te bezwen sekou a mwen pat jwenn. Kounyeya, tout moun ap mande ki jan yo ka ede m. — Salyè a vid. Mwen yon ti sèl pou m mete sou ze bouyi a. — "Nou pa ka aksepte nenpòt ki moun vin prezidan". Se konsa yon seri de moun panse. — Apre lamès, dàm sa a toujou pase 30 minit ajenou pou li priye e pase chaplè. — Li konn tout sekrè depite a, si yon jou li deside mete tout kaka chat deyò, palmantè a mèt konnen lavi l fini. — Li siye bwa a nan longè. — Doktè a di li poumon li anfle. Se yon nemoni li fè. — Pou rale kliyan, ou bezwen yon bon eslogan.' — Se yon zòn dezè; menm pyebwa pa leve la. — Matant mwen toujou dòmi ak yon kamisòl. — Li mande mwen non patisye ki fè gato a. — Depite a rele moun nan katye popilè yo ranyon, li bliye kote li soti limenm. — Se sekretè a ki chaje pou li rankont de diskisyon an. — Jano sòti lopital la, men li pa sanble yon moun gaya. — Magazen pa ouvri jodiya. Se fèt. — Premye edisyon liv la gen yo bann fot. Mwen ap espere yon pi bon travay nan sa ki ap vini an. — Se timoun ki pwòp. Ou wè sa nan chanm li. Tout bagay nan plas yo. — Anvan li al Ayiti, li achte yon diksyonè bileng: Angle ak kreyòl. — Premye moun ki komanse edike yon timoun, se manman l ak papa l. — Nan peyi Dayiti, vilnerè gen yon lòt non. Se Tibonm. — Zanmi pa mande zanmi bagay konsa. — Lè lè l rive, yo mande pou l pou li avanse pou al pran kado pa l. — Kòb li ban mwen ka ban yon soulajman, men li pa rezoud pwoblèm peye lwaye chak mwa a. — Lè chèf opozan an aprann ke yo te dèyè l pou yo arete l, li pran anbasad. — Li antre nan chanm li. Li fèmen pòt la a kle. — Pwofesè a se yon pèvè ki detounen yon bann ti elèv nan pouse yo fè zak malonèt avè l. — Li toujou gen yon kanè nan valiz li. Lè yon bagay pase nan tèt li, li ekri l ladan. — Machann nan di m si mwen achte 2 gwo mamit diri, li ap ban m yon ti mamit kòm degi. — Li difisil pou yon moun pale ou chante si kòd vokal li anfle. — Li ap jigote ak yon doulè. — Akiponkti se foure yon zegwi nan kò yon moun pou estimile nè anba po li yo. — Li san travay depi yon twa mwa. — Depi 3 jou, li gen yon tous sèch avè l. Mwen ta konseye wè yon doktè pou sa. — Nan pwen moun ki konnen ki kote li rete. Jodiya li yon kote, demen li uon lòt kote. Se yon vakabon. — Paul se administratè sit konpayi depi 3 zan. — Anpil moun panse li se yon epav paske li lakay li tout lajounen. Yo pa konnen konpayi li a pèmèt li travay lakay li. — Bandi yo pwofane legliz la lè yo antre ak zam pou touye yon moun ki t ap denonse yo an piblik. — Si ou te li lèt fen ki anba kontra a, ou t ap wè ke bank la ka vann dèt la e ke enterè a ka monte lè sa rive. — Li gen karant lane sou tèt li, men li parèt pi granmoun. — Pou maryaj yo, y al nan yon kwazyè. Se kado fanmi a. — Li fè 3 pitit. Chak pou yon papa. — Grann mwen toujou pale sèk ap manman. Men li pale dousman ak pitit pitit li yo. — Gen yon tribi nan forè Amazòn ki sèvi ak woukou pou kolore chive yo. — Youn nan kawoutchou machin nan eklate lè mwen te nan mwatye wout. — Li rele Michèl, men yo ba l tinon Michou. — Se pa yon dokté ki ede l nan akouchman an, se yon sajfanm. — Li mande m kilè m ap kite kay la. — Mwen pa konn kilè pou mwen al lakay mwen. Mwen bouke manje bouyi vide nan pansyon sa a. — Mwen pas janm bliye ke mwen se yon pitit soyèt. Se sa ki fè mwen pa janm meprize malere ak pòv. — Rim nan fè m paka respire nan tounen. — Bri anba machin nan sòti nan jant dèyè a. Fò m bay tcheke l. — Leta se pi gwo anplwayè nan peyi a. — Dlo se lavi. San li tout bagay e tout moun tap disparèt. — Chalmay Peral pat dakò avèk okipasyon an. Li te revolte e pran zam kont solda etranje yo. — Gen yon diferans ant entèn e pansyonè, dényè yo gen plis libète. — Nan dènye repa li te gen ak apot yo, Jezi lave pye yo. — Depi l bezwen yon bagay li rele m frewo. — Depi yon moun pa mete rad gran koutiryè fè, li di se ranyon yo mete. — Mwen pa pare pou mwen fè fas ak reyalite lavi a. — 35 pousan moun ki pa ka manje nan peyi sa a rete lavil. — Nan adrès prezidan an devan Paleman a, li pale de plan li genyen pou bay plis moun travay nan peyi, — Kòd postal an Ayiti kòmanse avec HT plis 4 chif. — Ap gen 2 plenn lin nan mwa ki ap vini a. — Li renmen chandelye ki nan salon an, se sa ki fè li achte kay la. — Direktè a mande pou m vin nan biwo imedyatman. — Mwen t ap chache yon moun pou refè kwizin lakay la, yon zanmi m rekòmande bòs Jewòm. — Rad travay li toujou gen sant ak tach pat papye, paske li ap travay nan yon faktori kote yo fè papye. — Ki zwazo sa a ki sou branch pyebwa a? Se yon pipirit. — Chofè a di n ap rive nan 2 è konsa. — Li gen 3 pitit. Li kite yon tyè nan eritaj la pou chak timoun yo. — Li te prèske 7 tè diswa lè m rive lakay mwen. — 2 matlòt yo pete goumen nan mitan mache a. — Yon atis se yon moun ki gen bon je. — Pou nou te ka kouri pou chalè lavil la, nou al pase 3 jou Kenskòf kote gen frechè yo. — Dekolte a fè kolye a pi parèt. — Mwen mande l si li oke; li reponn mwen m "wi". Mwen konnen li ap ban m manti e li ap bay tèt li manti. — Emili pa aji tankou granmoun. Li ap mete yon kalte jip ke menm jèn fi ki respekte tèt yo pap mete. — Li poko resevwa sakreman konfimasyon. Men li batize e li kominye. — Eleksyon a se yon lit ant kandida pou yon jòb politik. — Lavil la, mwen wè yon Jandam nan chak kwen lari. — Pitit vwazin Eliz la sòti nan lari a pye atè. Moun lakay li genlè pat we lè li t ap sòti a. — Se yon pèp ki pase anpil mizè, men ki reziste devan tout tantasyon pou lage sa. — Ti nonm nan fin tounen yon zosman tèlman li pa manje. — Pèsonn moun pa konn laj granmoun sa. — Li wè san nan krache l. Se sa ki fè li kouri al wè yon doktè. — Vwazin nan te toujou byen resevwa li. Men depi kèk tan sa chanje. — Nan moske a, gason yo chita devan, medam yo chita deyè nèt. — Lakou a chaje ak zandolit tout koulè. — Si se pa ou menm ki fè l, kiyès? Pa gen lòt moun la a. — Bondye revele anpil fwa. Pou sa lite sèvi ak pwofèt yo anvan, epi ak pitit li Jezikri. — Li kòmanse kouri lè li rann li kont li ta pral anreta. — Youn nan granpè m yo rele Masèl. — Se yon limena. Gason paka pase l nan betiz. — Li pito pran tren ke avyon lè li prale Nouyòk. — Yon lise se yon lekòl ki prepare w pou inivèsite ou lekòl siperyè. — Pou anpil fanatik foutbòl, jwè sa a se yon idòl. — Li deside repare do kay la ki te kòmanse koule. — Li rache kòb la nan men mwen.' — Konpayi sa a pa apresye anplwaye l yo, menm sa ki lwayal e ki te ede l grandi. — Map chache kle toupatou, li te anwo frijidè a. — Li chaje ak lajan, men li se yon kourèd. — Se yon zòn ki rezève pou pyeton sèlman. Sèl machin polis, anbilans ak kamyon ponpye ka pase la. — Li leve an malmakak. Pèsonn paka di l anyen. — Jano gen 40 lane. Li parèt yon moun ki gen plis pase 60 tan. Li gen move ten. — Wè pa wè lantèman pou katrè. — Si ou pral Japon, fò chanje dola ou yo an yenn. — Yo di ke gen yon envazyon opozan nan Sid. Gouvènman an voye solda pou al twoke kòn avè yo. — Li glise yon ti mo bay dam nan. — Pola wè m. Li fè kòmsi li pa rekonèt mwen. — Ak kòb li touhe a, li ka pran swen fanmi l, epi fè ekonomi. — Desandan Ameriken natifnatal yo ap lite jiska prezan pou jistis. — Kelkeswa kote ou ale, yo ap rive jwenn ou. — Depi yè Madlèn pran kaban ak yon grip. — Jòjèt toujou byen resevwa lè m al lakay li. — Fi a pa marye epi li gen yon kabann twa plas? — Tout vil la vin yon zòn batay. Moun ap kouri kite l. — Li ap swi yon terapi paske li pè koulè nwa. — Direktè a jwe kat sou tab ak anplwaye yo. Li di yo san manti nan ki sitiyasyon depatman an ye. — Ou ka wè lalwèt ou si ouvè bouch ou byen laj devan yon glas. Se yon ti moso chè. — Mwen ap chache sou figi l yon siy ki ka di m si li satisfè. mwen pa wè anyen. — Depi ray la monte l, li pase tout moun anba nan kay la anba baton. — Si ou pran wout nasyonal 2 a pou al Jakmèl, fò w pase Leyogàn. — Tout myèl travayè nan yon nich se femèl, men sèl rèn nan ka ponn. Men se yo ki fè tout travay yo. — Yon bann madan sara fè dapiyanp sou pye palmis nan lakou a. Bri yo t ap fè a te anpeche tonton Jowèl kabicha. — Li pè dòmi nan fènwa, Mwen limen yon veyez nan chanm nan. — Apre sa ou di li a, ou bezwen yon mirak pou repare relasyon an. — Papiyon pichon, se yon papiyon nwa e ki vole nan nwit. Anpil moun panse li anonse malè. — Li di m li renmen m ak tout limenm, men li pat ka demontre m sa lè li te gen chans la. — Ou pa fè radiyès ak moun ki gen otorite sou ou. — Manno gen jwèt la ak yon dekabès. — Li gen kont tan l kounyeya, li pran pansyon l. — Tchyaka se yon konsome vyann, mayi ak joumon. — Yè deja pase, demen poko rive. Sa ki konte de jodiya. — Andedan kay la byen dekore. — Li di li pa resevwa kòmand de pesòn, paske li se mèt tèt li. — kòsaj sa a twò dekolte; ou paka mete li pou ou ale legliz. — Si ou bezwen fè Fènan move, pale de Kèkèt, yon ansyen menaj li ki te ba l zoklo. — Misye gen kòk batay mare la kou. — Lè gen yon desas yon kote, moun kwa Wouj yo souvan sou plas pou ede. — Ti gason an vini nan vakans, li gwòs 2 fanm, e li tounen lakay li san li pa di moun yo anyen. — Se premye legliz katolik mwen antre, kote mwen pa wè yon krisifi pandye. — Li paralize aprè aksidan an. — Doktè a preskri li yon vaporizatè pou ede li ak pwoblèm respirasyon li a. — Li mete sou pye yon konpayi ki resikle metal ak limay. — Nan peyi, se pa ranmase yo ranmase kòb, se travay ou travay pou li. — Nou sanble moun ki pa anlibète. Nou paka al nan fèt, sou plaj, nan sinema. Epidemi a ki fè sa. — Bèt sovaj renmen viv nan rakbwa, kote yo gen kontwòl e ka defann yo pi byen. — Rezo telefòn konpayi a kouvri tout peyi menm kote ki pa gen kouran. — Misye gen tandans rive anreta nan reyinyon. — Li te deja ap pase yon tray anvan goudougoudou a, kounyeya, se pi mal. — Anvan yo kòmanse jwe, mizisyan yo pran ti tan pou yo akòde enstriman yo. — Vomisman chak maten? Doktè a gade li, epi li di li: "Ou ansent, Madan David". — Se pa yon kesyon de ki moun ki renmen lòt plis. — Mwen di l kareman sa m panse menm si li fache. — Ayewopò Pòtoprens la chanje non twa fwa. — Mwen gen yon doulè sou bò epòl goch mwen. — Moun k ap manifeste yo pa dakò ak rezilta eleksyon yo. — Mwen kapab fè travay, men sa pa enterese m. — Polo se yon moun neglijan. Mwen pa ka bay yon responsabilite konsa. — Travay li nan ajans la se dechifre mesaj kode. — Lè m te pitit, mwen te renmen jwe ak lonbway mwen. Granmoun te pè pou mwen. Yo te konn di m "Sa pa bon pou moun jwe ak lonbway yo" — Kwizin nan sal, grès nan tout panno yo. Li bezwen yon bon netwayaj. — Se yon move kalkil ki koute ou chè. — Mwen pa renmen ble. Li ban mwen gaz. — Itlè se yon Alman. Li responsab lanmò yon pakèt jwif. — Mata se yon bon lokatè. Li peye lwaye a alè e li kenbe kay la pwòp. — Gato a byen dekore. Li atirant. — Famasi devan lopital la toujou ouvri, menm nan nwit. — Sou tèt mòn ou ka admire plèn nan. — 10 Komandman, se yon fim ki gen anpil efè. — miray demokrasy a tonbe apre koudeta a. — Tout moun konnen kote kob pwojè a pase, men gouvènman an fèmen je l sou sa. — Li pase yon semenn ap chache enfòmasyon sou makadi a, anvan li al wè yon doktè. — Kiyès ki chita bòkote Richa a. — Mwen wè 2 chwal ki ap kwaze nan savann nan. — Se pa tout moun nan opozisyon an ki adopte jiskoboutism kèk depite ak senatè nan paleman an. — Nan bifè a, misye bise apre li fin manje yon plat manje. — Pou li pase apremidi a, li al bò lanmè ak kèk kwòk pwason. — Mwen renmen souwè Iv fè m pou fèt mwen an. — Si se ak nonm sa a ou vle marye, ou gen move gou, manman m di m. — Kanaval se yon defoulman pou Ayisyen. — Mèt kay di m li ap mete 100 dola sou lwaye a mwa ki ap vini an. — Yon femèl kangouwou a gen yon poch sou vant li kote tibe jwenn pwoteksyon e chalè. — Yon kandida ki aji de konivans avèk yon gouvènman etranje pou li ka genyen eleksyon a se yon trèt devan nasyon a. — Yo di ti bebe ki te nan tete pandan omwen 9 mwa, pi entelijan pase sa ki te sevre pi bonè yo. — Se yon giyon! Tout sa li fè fini mal. — Li pa pale ak mwen depi de jou. — Desizyon gouvènman pou ogmante pri gaz la pral mete klou sou maklouklou nan lavi pòv yo. — Se pa paske yon moun gen pouvwa pou li pa respekte lòt. — Solda LONI yo aji tankou yon moun ba yo pouvwa pou fè e defè. — Manman m ap prepare yon pat pou li fè pate demen. — Lontan chak lise te gen yon fanfa. — Fanm nan gen yonvwa gra. Yo di se tafya ki mange gòj li. — Peyi sa yo toujou ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo. Se sa ki fè anpil lòt peyi pa vle wè yo. — Pa gen revolisyon ki fèt san moun pa mouri. — Manje a bon, men manje manman m fè pibon. — Se yon pwofesè ki te ankouraje m enskri nan yon inivèsite aletranje. Mwen papa janm bliye sa. — Ou pa ka mache nan lari Nouyòk, pou ou pa jwenn yon moun bwose kò li avè w. — Mèt seremoni a pa swiv tout etikèt ke li te dwe swiv.' — Pwofesè a mande pou nou daktilografye devwa a. Li pap aksepte sa ki ekri alamen yo. — Kè m fè m mal pou moun ki ap travay deyò nan fredi sa a. — Lè ou antre nan zafè ki pa gade w, ou pran malonèt. — Ou se yon mechan si ou refize bay yon moun ki swaf yon vè dlo. — Lekòl la gen anviwon 200 elèv. — Maryen se youn nan kasika kite sou zile a anvan Kristòf Kolon te debake. Se yon nonm to te rele Gwakanagarik ki te chèf li. — Li di li pa dwe pèsonn moun anyen, se ak fòs kouraj li li rive kote li ye a. — Teren a gen yon lantouray an mi. — Li mal fofile woulèt la. — Zanmi ka tounen yon gwoup sipò lè yo mete yo ansanm pou yo mache ak youn nan yo ki nan pwoblèm. — Kiyès ki change lè randevou a pou midi. — Nan safari a, mwen wè yon twoupo bizon. Gid la di nou pou pa pwoche yo. — Minis la mete tout aryennafè deyò nan ministè a. — Se yon labouyi dlololo, mwen vide la nan yon tas. — Chen an konnen kiyès ki zanmi mèt li, li pa jape lè yo vin nan kay la. — Anvan mis la refè pansman, li retire pi nan blese a. — Polo ap vini tou. N ap gen plas nan machin pou li. — Minis la pa rive refòme ministè a. Anpil anplwaye ki t ap pèdi privilèj yo te opoze l. — Zòn sa a gen anpil timoun ki toujou sou bisiklèt. Ale dousman. — Li pat ban mwen tout garanti li t ap vini nan fèt. Yeswa ankò mwen mande l, li jis di m: "Petèt". — Nan ki kòd mizik sa ye? Li nan si bemòl. — Kafe a gen yon gou dwòl. Sa ou mete ladan. — Avoka di se inyorans ki fè li fè sa. Jij la di inyorans pa yon eskiz pou sa li fè a. — Se yon timoun fen. Li pa janm di gwo mo e li toujou di mèsi ak souple. — Yo ap repare kanivo nan zòn nan. — Li pate ka rete jis nan finisman fèt la, paske li te gen yon randevou. — Premye fraz la anonse yon gwo chanjman, epi otè a pa janm pale de sa ankò. — Lapolis kenbe volè ki te antre kay vwazen an semenn pase a. — Konpayi a chwazi youn nan pi gran aktè nan peyi pou fè pwomosyon nouvo pwodwi li a. — Elektrisyen pa fè yon bon travay menm. Li pa izole fil kouran yo. Erezman nou wè sa. — Se ak anpil travay e sakrifis, Janpòl rive fè chita l. — Ti nonm sa a pa konn ki kote li ye. Li ap grate fant janm an piblik konsa. — Pasté fè yon vwayaj Kanada pou li mande kòb pou pwojè òfelina a. — Nan yon semenn lekòl gen pou louvri. — Kalme w!, Jan, li di. Tout bagay ap pase byen. — Mwen gen yon randevou a 3 zè. Si m pran tren an kounyeya m ap rive anvanlè, men si mwen rete pou lòt tren a, m ap anreta. — Mwen di l mwen pap ka rann li sèvis li mande m nan. Li move paske li konsidere non an tankou yon malonèt. — Se yon flè sezon. Jodiya li ap vole nan kou w, demen li fè kòmsi li pa konnen w. — Chal se yon petadò. Mwen pap chita bò kote l. — Se sitou sou kontinan afriken an ou jwenn mouch tsetse. Yo ka touye moun yo pike. — Lavi li pa pafè, men li pi bon pase pa anpil moun. — Manman m ap netwaye yon bòl djondjon, sa vle di, demen li ap kwit diri ak djondjon. — Li pa konn de kisa li ap pale. Tout sa li ap di yo se pawòl tafya. — Yon monachi se yon peyi kote gen yon Wa oubyen yon Rèn. — Lè 2 moun marye, yo fè yon sèl pou vanse sou chemen lavia. — Moun ki gen kòb ka pran retrèt yo nenpòt lè. — Moun ki gen mòpyon toujou ap grate devan yo. — Bòs Manno se yon granmoun kannay. Li gen pitit pitit, epi li ap okipe yon jenn ti gengenn. — Jaki fè anpil efò pou li refoule kolè li lè li tande anons la. — Simen kontra se yon plant ki bon pou vè. — Tout moun ap pale de fim sa a. Li pote premye pri nan dènye festival sinema a. — Doktè a preskri yon pomad pou blese a. — Machin nan pèdi fren l e fonse sou moun ki t ap mache sou twotwa a. — Chaloup vin chwe sou plaj la. — Gen yon giy ki tonbe sou fanmi sa a. Chak ane yo pèdi yon moun. — Zanmi travay li yo prepare yon tifèt prenatal pou Janin. Li sou dènye mwa. — Si plas nan poulaye a koute pri sa a, mwen pa bezwen wè konbyen yon plas devan nan sal teyat la koute. — Pou travay nan konpayi envestisman sa a, fo ou se yon moun agresif. — Manman li entène. Se pou sa li ap fè alevini nan lopital la. — Sak diti a preske fini. Se lè pou ou achte yon lòt. — Depi yè, gen yon pòt avyon meriken nan rad la. Moun ap poze kesyon. — Antanke manm, ou gendwa patisipe nan tout aktivite klib la. — Yon papa ki kite fanmi l sanrezon fè yon peche grav pou sosyete a. — Tab chaje ak pousyè. Epoutan se yè mwen netwaye l. — Lapli a ka mete yon fren a sechrès la. — Azi, se pi gwo kontinan sou tè a. Li gen plis moun pase lòt yo. — Pèsonn pa konn si Jan gen tèt chòv paske li toujou pote yon perik. — Samdi pase, mwen te al vizite yon pak zannimo nan Nouyòk. — Metadone se yon gwoup sijè ki ba nou yon ide de yon dokiman elektwonik. — Manman Nadin fè anpil moun panse ke Patrick se mari Nadin. Poukisa? Paske Nadin te ansent. — Li dekouvri ke jeneral Aleksi se bizawèl li. — Se pa yon miray ki ka pwoteje w kont malfetè. — Si ou pran wout sa a pou ou al Okap, fò ou pase pa Gonayiv. — Mwen deside travay pandan vakans la paske mwen bezwen kòb. — Se vre mwen pa gen prèv sa mwen di an, e se yon entwisyon. Men entwisyon m pa janm twonpe m. — Ti misye yo t ap jwe kat sou galri a. Toupre a te 2 medàm ki t ap jwe oslè. — Li reyisi nan ekzamen ak yon gwo mwayèn. — Benwa dwe yon kòb. Depi li wè m, li kabre. — Nan koulwa lopital a, mwen kèk pòt sewòm, men san boutèy ou flakon. — Gen yon polemik ant de bann madigra sa yo — Konpayi a deklare fayit. Yon jij mete sou sele tout byen l. — Li sòti nan yon klas ki panse yo gen tout privilèj. — Chak mwa, mwen transfere 300 dola sou kont bank premye pitit mwen an. — Gen yon trèt nan gwoup la, paske gouvénman konnen tout desizyon nou pran an sekrè. — Se bout pantalon sèlman li mete pandan vakans la. — Sanble gen yon aksidan nan kafou a, mwen wè anbilans ak machin lapolis. — Ou wè nonm sa a pa moun bò isit la . Kote li dwe sòti? — Papa m toujou rele manman m "ti cheri" sof lè li fache. — Mwen pa konprann kouman li fè kase bwa bale a. — Moun te sezi lè yo aprann ak ki moun prensès la ta pral marye. — Ti nonm sa a se yon demon, paske sa li fè a pa zak moun. — Pola mouri poul li pou yo pa poze twop kesyon sou pase li. — Li pa bon pou bwè kafe anvan ou al kouche, li ka fè w pa dòmi. — Kola pa vrèman apese swaf, sèl dlo ki fè sa. — Yo Kòmanse ak yon separasyon e fini ak yon divòs. — Li ap benyen nan lanmè a, li pa tounen. Li mouri nwaye. — Paske ekriti li pat fin lizib, mèt la pa ba li gwo nòt. — Pou fèt Nwèl, peyi ki nan batay yo deside pran you lougal e mete baboukèt sou zam yo. — 95 pousan (%) el`ev nan klas la pase ekzamen leta a. — Si ou te konn fimen fò ou fe yon kanpe kèk jou anvan yon operasyon nan bouch. — Lè li aprann ke lapolis deyè l pou arete l, li kouri chache azil nan yon anbasad. — Premye Jwèt olenpik yo te fè an 776 anvan tan nou yo, nan peyi Lagrès. — Dimanch y ap diplome kenzyèm pwomosyon lekòl la. — Yo sevi yon vè kola ak 2 chalimo ladan n. — Ou pa mete bon adrès la sou anvlòp la, se sa ki fè lèt la tounen vin jwenn ou. — 2 madanm: youn chita sou yon ti ban, lòt la te akoupi devan l. Yo t ap pale yon koze sekrè. — Ou jwenn anpil mòmon nan eta yo rele Youta a. — Chip se yon zile ki blayi nan lanme Mediterane. Kapital li rele Nikozi. — Lè yon moun sou, ou di nenpòt tenten. — Abiman fi a te senp, men kolye a te frapan. — Li retire brid chwal la e mennen l al bwè dlo. — Si ou fini tout devwa ou yo, ou ka al jwe. — Gen moun ki panse planèt yo rele mas la te gen peple lontan. — 3 fwa li al nan eleksyon pou te ka vin prezidan. 3 fwa li pèdi. Li lè pou misye al mete dèyè l yon kote. — Li pral nan sinema, fò m ba li kòb pou li achete tikè e kòb pou li achte pèpèt mayi ak kola. — Gouvènman an gen plis patripòch ke patriyòt. Y ap pare yo pou al jwi kòb yo volè yo nan peyi etranje. — Li vin nan biwo a maten ak yon bag fiyansay nan dwèt. Moun sezi paske yo pat konnen si li te gen menaj. — Lè yon gason rive yon laj, li fèt pou li ak kay doktè pou yo tcheke pwostate li. — Pa kwè tout sa Wonal di w, sitou lè li aple de tèt li. Li se yon grandizè. — Lapli a resi rete, nou ka sòti deyò kounyeya. — Grann mwen nan jaden a. Li ap wouze legim li yo. — Li poko 10 zè? Mwen panse li te pi ta. — "Eske ou marye" misye a mande fi a nan entèvyou a. Li reponn li "Sa pa antre nan koze". — Se yon moun ki te nan reyinyon an ki rapòte yo bay lapolis. — Tout sa y ap fè a, se pou pèp la ka pran nan chenn, pou li pran lari e bay polis yon rezon pou touye l. — Si ou bezwen simen nouvèl la, se di Patrik sa. — Fredi a fini, se lè pou ou voye kapòt sa a lave.' — Avèk longvi, li wè tout sa kap pase lot bò lari a. — Yon mastif se yon gwo chen, men ki trankil, dosil e ki renmen timoun. — Mwen pran tanperati l, li 39 degre santigrad. Sa vle li gen lafyèv. — Anpil Nigeryan se mizilman. — Womewo ak Jilyèt sete 2 lanmoure ki te fèt nan 2 fanmi ki te toujou nan hing-hang. — Lè enfimyè anchèf la pa la, se enfimyè ki pi granmoun nan ki responsab. — Tonton fifi a di sa li fè pwofane non fanmi. — Polo marye ak yon fanm je kale ki fè li tounen yon koyo. — Gwozèy sanble ak rezen, men yo gen plis vitamin pase l. — Jano gen pou pase pran mwen a 3 zè aprèmidi a pou n al nan konsè a. — Nan tout kay li wè nan zòn nan, yon sèl te parèt kodyòm. — Leve dèyè w! Sòti! Al chache yon travay. Chita la a pap rapòte w anyen. — Nan kan an, yo divize timoun an brigad. Chak te responsab pou yo netwaye yon zòn. — Li leve pou li bay fanm gwòs la chèz. Se yon gason debyen. — Gouvènman an eseye entèdi rasanbleman nan lari apre 6 zè di swa. Men sa pa mache. — Pou li mande woulib li leve gwo dwèt li bay tout chofè ki ap pase. — Lè yon fanm Ayisyèn di li avè w, li avè w tout bon vre. — Ki dènye fwa ou te lave vèsèl yo? Si sete yè nou pata ka gen tout plat sal yo. — Li pi renmen dòmi ak pijama ke chemiz denwi. — Kò li twò rèd pou li bese. — Mwen pral kouche. Sa pa vle di m ap dòmi touswit. — Janm m te renmen katye sa a. Li te pezib. Jodiya li tounen yon zòn lanmò. — Ki avoka li chwazi pou defann li. — Se bon papa l. Moun save yo ta di se papa byolojik li. — Yo di tout komèsan se akrèk. Se pa vre! — Pijon gason ke yo sikonsi pa gen bèk. — Li pa menm kapab pran swen tèt li. — Si ou divize 9 an 3, li ap ba w 3. — Mwen santi kò m lache apre mwen fin pase 30 minit nan sona a. — Lè li te nan prizon, pèsonn pa janm vini wè li, ni fanmi, ni zanmi. — Misye pa gen anyen serye nan tèt li pou tifi a, li jis ap lolo l. — Chè poul sa a di. — Li gen 70 lane sou tèt li, men li gen enèji yon jèn ki nan ventèn li. — Yo izole w l`e ou gen maladai sa a. — Doktè jwenn yon pri pou savwafè l e pou kè sansib li. — Lè aksidan an, te yon polisye tou pre a, se li ki rele pou yon anbilans. — Li renmen chante, malerezman, li pa gen yon bèl vwa. — Pou ou achte sigarèt al alkòl nan kanton sa a, fò ou bay prèv ke ou gen plis pase 21 lane sou tèt ou. — Akoupman yon chwal ak yon bourik bay yon milèt. — Nan nouyòk pa janm gen kanaval, men se chak jou ou wè madigra. — Gazolin se yon likid ki danjere sitou lè li pre dife. — Lavi pafwa konn voye w yon kote ou pat janm panse ale. — Mwen pa pa nan lokal mwen nan pami moun sa a. — Yon fèmye se yon moun ki travay deyò anpil. Li plante, li rekolte, li prepare tè yo pou lòt rekòt, li pran swen de zannimo li yo. — Deyò li parèt tankou yon moun otoritè, lakay li, li bese tèt devan madanm li. — Tousen Louvèti te yon bwa bale lè li t ap grandi. Yo te rele l, pou sa, baton fatra. — Anry deja vini? Mwen poko menm pare pou li. — Doktè a voye l al fè yon lapawoskopi pou yo wè kote kansè nan vant rive. — Yo chwazi pi granmoun nan yo pou dirije pwojè a. — Gen yon fot nan kwonoloji a, Ayiti pat ko endepandan an 1801. — Ofèv la pran yon loup pou etidye dyaman ki nan bag la. — Tout sa politisyen sa yo vle, se chita bò tab la, gen yon bon mòso nan pataj pouvwa a. — Se yon lajan epaye. Mwen sere l pou lè sa pa bon. — De gen yon tan, Vyetnam te divize an 2. — Pou fèt dèmò, yon blanchi tout tonbo nan simityè a. — Li ouvè frijidè a, tout sa li we se zagribay ki rete nan dine yè swa a. — Li chache yon direksyon espirityèl pou li ka rive ki chemen pou li pran. Se yon pastè li ap jwenn pou sa. — Li toujou lave eslip blan li yo apa. — Manchon pwoteje men lè li fè frèt anpil. Yo pi bon base gan. Men yo kou pi chè. — Boukan an pap pran, paske bwa yo twò sèk. — Pandan moun yo t ap pale, yon ti limyè pase nan tèt li. — Jis an 2010, nou pat gen kolera an Ayiti. Solda Nasyonini yo enfekte pep la. — Jan te byen resevwa m lakay li. — Langèt manman! di youn matlòt yo ki t ap joure. Ou panse mari m pral kite m pou ou. — Le chelenn nan antre nan sal la, je tout mesye yo vire sou li, menm sa ki marye e ki te ak madanm yo. — Mwen pa janm kite kwafè chankre devan tèt mwen. — Dam nan di yo papa gen tan pou fè sa. Li di y ap jis fè yon dekout. — Manje zong li se yon vis, li genyen depi li piti. — Byopsi se yon tès medikal yon fè nan yon pati nan kò w, lè yo sispèk pati sa ka gen kansè. — Minis yo resevwa yon konvokasyon pou yon reyinyon espesiyal ki gen pou fèt demen. — Li se yon viskonsil, sa vle di li gen yon moun sou tèt li. — Se yon gwoup ki ap ankouraje vyolans sou nwa ak imigran. — Mousketè yo te la pou yo sévi e defann Wa a an Frans. — Fanm nan mande divòs paske li di mari a ap fè l pase mizè. Jij la mande prèv. — Ou paka mete yon moun ki pa avoka nan tèt Ministè jistis. — Peyi sa a voye 10 najè nan olenpik la. — Lè w parèt sou boulva a, famasi a agoch.. — Si pa gen moun ki konnen Pouki bwa chokola sou tab la ye, m ap ouvè l. — Li aksepte fè rapò a. — Legliz pwotestan sòti nan yon separasyon ki te te fèt nan legliz katolik nan 16è syèk. — Li kage kò li sou plaj la, ak yon vè wiski nan men li. — Mwen tande Janèt se yon wousi. — Se yon mouvman popilis ki fè moun nan lelit la pè. — Moun nan zòn nan montre yo pa tripay e yo merite respè moun lòt katye yo. — Li pase tout vakans la ap banbile, olye li repoze l. — Li pa ka kondwi machin sa a lannwit, paske limye devan yo pa mache. — Yon ti wout jennen ki pase adwat yon presipis. — Mwen pa konn fè moun peye tò yo fè mwen. Mwen kite sa pou bondye. — Se nan peyi yo rele Emira Arab Ini a ke nou jwenn en 2014, kay pi wo. Li mezire 829.8 mèt. — Li pa pale ak pèsonn nan kay la. — Se kote ki frèt, kote lanmè a tounen glas ou jwenn sitou Pengwen. Yo viv an gwoup. — Li pa gen yon brikè pou li limen sigarèt la. Li sèvi ak yon bwa dife. — L tande yon bri nan chanm nan. Kòm pòt la te baye, yon pwofite pran yon jòf. — Sipozon yon moman ke sa ou di a ta vre; sa nou ka fè pou sa? — Moun katye yo rete veyatif depi kèk vakabon te vin fè dezòd semenn pase a nan zòn nan. — Pechè yo pran lanmè a pou yo al poze nas yo. — 500 mil dola yo ba ou a apre ou fin denonse kamarad ou yo, se la lajan tranpe nan san. Ou ka depanse yo, men ou pap janm ka jwi yo — Pòtonovo, se capital peyi Benen ki an Afrik. — Mèt la di ti gason an se yon tèt di. Yo dekouvri ke limenm ki pa kon anseye timoun. — Depi yè machin a lave a refize mache. Mwen mande si pou m rele yon plonbye ou si pou m rele konpayi ki fè machin nan. — Depi li aprann li ansent la, li sispann fimen. — Bri anmèdan an anpeche m konsantre m. — Lafimen t ap sòti nan chemine an. Sa vle vle bato a ap chofe e li pral kite pò a. — Chofè gwo kamyon a pa okipe siy ki di machin konsa paka pase sou pon a. — Se nan bouch li respire akoz de yon nen bouche. — Gouvènman an pibliye yon dekrè, ki sanble plis avèk yon avètisman pou opozan yo. — Li pa travay le dimanch. — Ekri yon woman se abiye yon manti ke tout moun t ap denonse si yo te di l jan li ye a. — Tout medikaman gen efè segondè. — Si kout je te konn touye moun, mwen t ap mouri pou janm fanm nan gade nan. — Nèj ap tonbe depi yè. Tout aktivite paralize. — Pou ti jennonm nan pa refè klas, fòk li pase ekzamen final yo. — Se sou mwen s`el timoun yo ka konte. Si m tonbe malad, w ap gen gwo pwoblèm. — Li ap pati vandredi pou li tounen lendi. Sa vle li ap fè 3 nwit deyò. — Devan legliz la, mwen wè yon fanm byen abiye ki ap mande lacharite. — Mwen pa konprann mesaj atik la. Langaj la flou. — Yo mete misye deyò nan pè, paske yo dekouvri li nan metye a. — Li pa janm kite pòt chanm li fèmen. Li di li pa gen anyen enpòtan. — Tout la jounen Janpòl ak pale kaka. Se ki fè yon pa janm pran-n oserye. — Lekòl la a trant (30) minit de lakay mwen. — Solèy la fonn tout nèj ki te atè a. — Li pentire kay li vyolèt. — Kouman ou vle pou mwen fè w konfyans, aprè tout manti sa yo? — Pòt la frape. Mwen mande kilès ki la a, pèsonn pa reponn. Mwen pa ouvé. — Li ap chache yon travay ki bay asirans sante. — Lekòl lavi a pi di pase tout lòt Lekòl yo. — Fòm nan gen 5 seksyon. Premye seksyon se kote ou pral mete enfòmasyon pèsonèl ou. — Se Makyavèl ki ekri "li bon pou yon chèf fè moun pè li ke eseye fè moun renmen l". — Yo envite l nan yon maryaj. Sa vle di fò li achte yon kostim. — Yon foskouch, se yon eksperyans yon fanm pa bliye fasil. — Mwen konnen li t ap repwoche m yon lè pou sèvis li te rann mwen an — Latè fè laviwonn solèy la an 365 jou. Yo rele sa yon revolisyon. — Gen yon liv nan Labib yo rele Wa. Li gen 2 pati. — Nan preske tou kay, ou jwenn yon moun ki gen yon mobil. — Pwofèt la ekri liv sen a sou enspirasyon Bondye. — Li leve ak kò li mouye ak swe e souf li kout. Li dekouvri ke se yon kochma li t ap fè. — Mwen t al nan yon fèt. Li te la tou. Sekonsa nou te rankontre. — Jan tan an ye la a, lapli pa sanble l lwen. — Mete alam revèy la sou 4 trè. Se lè sa a mwen vle reveye. — Fredi a angoudi tout men m. — Li gen sèlman 100 goud nan pòtfèy li. Li paka achte anyen avè l. — M ap tann misye manifeste l anvan mwen pran yon desizyon. — Jounal yo rete bèbè sou bengbeng ki te fèt nan kanaval la. — Se yon fèt pou bèl moun santi bon sèlman. — Li kajole chen an plis pase pitit li a. — Lapli a ap fètilize tè a, li di m. Li pa bezwen mete pwodwi chimik sou li. — Lè pastè a antre nan yon kay, li toujou di "Lapè avèk nou tout". Se fason pa l pou li salye moun. — Li desann ti mòn nan ak tout boulig. — Izabèl bezwen konnen konbyen kòb mwen fè nan yon mwa anvan li sòti avè m. — Li òganize yon gwo fèt pou enpresyone zanmi li yo. — Mwen renmen mizik afriken. — Nanpwen moun ki kwè li ta ka akouche yon bèl lide konsa. — Kite youn chikannen lòt, pa antre. Se frè ak sè yo ye. — Yon moun gen dis dwèt ak dis zòtèy. — Nouyòk se yon vil ki chaje ak Gratsyèl. — Mwen pa wè diferans la. Se menm koulè a, menm dimansyon e menmdesen. — Se yon yon moun fini jodiya. Lè m panse li te yon moun ke tout moun te pè. — Nou pa t ap tann tout patisipan sa yo nan konferans la. Anpil ladan yo te rete deyò. — Se yon chante libanè ki pale de mòn ak mouton. — Gen 2 rivyè ki travèse vale a. — Tout pale sa yo pap abouti a anyen. — Se yon jeneral ki fè pati de etamajò lame a. — Ou konnen yon kote kote mwen ka achte yon bwat grifin? Soulye m nan sal. — Yo pakèt moun t ap fimen nan sal la. Se sa ki fè li parèt twoub konsa a. — Nan rèv la, mwen wè m ap plane nan yon bann nyaj e tè a byen lwen. — Li parèt fèb, men li plen enèji. — Ti limyè sa a ou wè nan syèl la, se veniz, yon planèt. — Mwen pa konn kote mwen pran viris grip sa a. — Granmoun sa a toujou ap fè rapò. — Li sanble yon moun ki dezonore, depi lapolis te arete l la. — Zam pa janm sove moun; se touye yo touye. — Olye ou defounen nen w ak dwèt ou, sèvi ak yon pwent mouchwa pou netwaye l. — "Katetè a ka fè w malalèz, men se li ki pou ede w vide vesi w", enfimyè a di li. — Li pentire kay la ak lacho. — 50 jou apre Lapannkot, Espri sen manifeste l sou apot yo. — Li manje kopyez nan fèt kominyon an. E yo pat menm invite l. — Tipòl sere kanè mwa sa a, paske li pa fè gwo nòt. — Chapantye se yon ti bèt ki viv sou pye pen, san li pa detwi li. — Nonm sa a gen moun toupatou nan gouvènman an. Li toujou byen enfòme de sa y ap fè ou pral fè. — Ou ka wè bougi nan kè Nouyòk. Se pou touris ki vle pran tan yo pou yo yon pati nan vil, oubyen pou lanmoure ki vle kreye yon anbyans womantik. — Vle pa vle fò m kite kay la anvan lòt mwa a. — Manman l mouri dèyè l. — Si ou pa mete yon brid pou pitit sa a, li ap fè yo pale w mal. — Li pase jounen an ap pratike pyès mizik. — Gen plis Ayisyen nan Nouyòk ke nan tout vil peyi Dayiti eksepte Pòtoprens. — Pou anpil Ayisyen ki pa konnen, Tè meriken se yon paradi. — Se yon sèl restoran lavil ki sèvi bon kavya. Se yon moun Larisi ki mèt li. — Blakawout la mete tout vil la nanfènwa. — Mwen wè Wilson lavil la. Li sanble yon moun ki depeyize. — Mwen dòmi sou kou a. Se sa ki fè mwen gen tòtikoli. Yon masay ka regle sa. — Monchè. Se konsa li kòmanse lèt la. — Gen yon kalte bèt ak zwazo, se Madagaska sèlman ou ka wè yo. — Fason li pale a montre li se moun ki gen lizaj. — Li mete tout dokiman enpòtan yo nan yon pòtfèy e fèmen l nan yon amwa. — Li gen bon kat nan men l, e li konn sa. — Li ap eseye fè madanm nan wè rezon, men se ak yon "Lanmèd!" ke madanm nan akeyi l. — Yon bon jounalis se yon fouyapòt. — Pou fòse janpòl pale de lè li te timoun, doktè oblije inoptize li. — Tèlman gen vyolans nan katye sa a, menm polisye pè vini ladan. — Lè nou tcheke kontè a mwa sa a, nou wè nou sèvi ak plis elektrisite ke mwa pase a. — Kòm ki dire, mwen di l, ou pral marye tout bon? — Se tèt ou w ap twonpe lè te ban m manti a. — Reken vini nan tout dimansyon. Genyen ki piti, Genyen tou ki gwo anpil. — Moun sa yo toujou ap batay. Epi yo di renmen. — Travay sa se yon djòb, se pa yon karyè. Se sa ki fè mwen kontinye al lekòl. — Anpil grandon rete lavil. Yo bay moun okipe tè yo. — Latousen se yon fèt ke Legliz katolik selebre chak 1er novanm. — Govi se yon boutèy oubyen yon krich. Moun vodou di li sèvi de repozwa pou yon lwa ou lespri yon zansét. — Li ap bay tèt li manti lè li panse nonm nan ap kite madanm li pou li marye ak li. — Nan peyi sa a, pou krim sa a, w ap fini sou echafo kanmenm. — Pou mache nan nèj, ou bezwen yon bon bòt. — Madanm li mouri nan akouchman. Limenm ak yon sè l leve pitit la. — Mwen wè 2 chwal ki ap akouple nan savann nan. — Se mwen ki fè 2 moun sa yo vin zanmi. — Se yon gwo estasyon ki gen anpil pon pyeton. Konsa ou ka pase de yon platfòm a yon lòt. — Doktè a sonde li, e di ke li gen nemoni. — Li fè gita a vibre. — Nou wè yon wistiti nan jaden bèt la. Se yon ti makak. — Inpektè a konvoke tout direktè lekol nan yon reyinion pou diskite rezilta ekzamen ofisiyèl yo. — Mwen fè machin sa konfyans pakse li pase tout tès sekirite yo. — Ofisye imigrasyon sou fwontyè a refoule tout moun ki pat gen viza pou yo antre nan peyi a. — Se kounyeya li konprann poukisa moun nan biwo tap evite l. — Janin di Krispen mande pou li souse l pandan yo t ap fè lanmou. Se sa ki fè li gate renmen an. — Li sitire pitit la twòp. Se sa ki fè li pa konn ki jan pou li konpòte l ak lòt moun. — Madan Manno se chèf fiyèt lalo sou katye. — Li se sekretè pati a depi plis pase 100 zan. — Ti nonm sa a yon jan nyè. Li kriye pou tout bagay. — Li rele tèt li jounalis paske li konn chita dèyè yon mikwo. — Jan ou di l la, patrik se pi gwo enmi w, ou li pa ede w an kachèt. — Franse se youn nan lang ofisyèl peyi Dayiti. — Galon sou inifòm li a di li se yon sèjan nan lame. — Ankèt la di ke minis la te swiside tèt li. Yo pat anpwazone l. — Enfimyè a antre nan chanm malad la, li pran tanperati epi kontwole poul li — Sèvèl ak kè se 2 pati ki pi enpòtan nan kò yon moun. Ou al bwa chat si youn pa mache. — Jan li rakonte istwa a, se pa konsa sa te pase. — Sa fè digdantan depi mwen pa wè Jilyèt. M ap mande si li chanje. — Nan jwèt foubòl, ou ka jwenn yon demi sou tout teren an. — zak vyolans yo ogmante ane sa a nan kanton an. — Mwen pa konn lè pitit la antre yèswa. — Pou travèse a, yo bay chak moun yon senti sovtaj lè yo t ap monte batiman a. — Tout manman gen yon pwen fèb pou dènye pitit yo. — Kontab la se yon mètdam. — Mèt Kite klas la pou yon moman. Sete lèkòl lage. — Jak ouvè kapòt machin pou li tcheke batri a. — Bondye rele limiyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit (Jenèz 1:5). — Nan mitan lakou gen yon gwo pyebwa. — Rezo sosyal toujou ap simaye nouvèl fabrike. — Moun ki soufri kriz de nè ka tounen yon danje pou tèt yo e pou moun bò kote yo. — Sosyete nou an pa ede moun ki soufri de defisyans mantal. — Gen 5 pyès kay nan chak etaj san konte twalèt yo. — Li ap sakle ti moso tè dèyè kay la pou li fè yon jaden legim. — To enterè a desann. Li te kat pou san (4%) yè, li tonbe a 3 jodiya. — Travay ak bidjè mèg sa a, se Fè san soti nan wòch. — Tab travay li byen ranje. — Tout fanmi an pral sou plaj samdi. — Ana ap viv ap yon nonm nan Monreyal san li pa marye avè l.Sa rele plasay. — Jilyen ak Mata kite apre 18 mwa renmen. — Misye ap tchoule fanm sa a depi 4 mwa. Men fanm nan gen je sou yon lòt nonm. — Yo di aktè a pa konn monte cheval, kouman fè li jwe fil kòbòy. — Se vre mwen sanble ak papa m, sa pa vle di pou ou pran m pou li. — Li di li pa vini pou li koze pwoblèm. Nanpwen moun ki kwè l, paske li se yon atoufè. — Nan yon ane gen 365 jou. Men chak 4 lane, youn pote 366 jou. — Li toujou di li gen preferans pou okenn nan timoun li yo. Men tout moun konnen, Kè li pi sansib pou ti dènye a. — Li gen yon chaf, men li pa gen mèch ke li bezwen a pou fè twou a. — Li di: San woulo patisri a, li pap ka fè ti pen yo. — Famasyen an di fo m Kenbe medikaman an fre . Donk, mwen mete l nan frijidè a. — Jounalis la ekri yon 2è atik pou klere moun sou kèk ide li te bay. — Jezi bay san li pou libere nou anba peche. — Li deja konnen li pral nan lanfè, se pou sa li kontinye ap fè sa ki mal. — Yo di forè sa a chaje ak bèt yo rele Lou yo. Anpil moun ki al ladan pa tounen. — Ayisyen pa tèlman abitiye ak pyebwa yo rele kola a.', — Yon misojin konsa pat dwe marye. Li pa trete fi tankou moun. Li panse yon madanm se yon bòn. — Dayiva a monte sou tranplen pou li plonje nan pisin nan. — Se pa yon moun ki ap janm trayi peyi l ou zanmi. Li lwayal. — Paske li ap travay kay yon zotobre, li panse li se youn tou. — Lè mwen vle yon bagay, mwen travay pou m genyen l. — Se timoun li yo ki ap jwi kòb pansyon li a. — Kay la twò piti pou nou. Nou bezwen youn ki gen 3 chanm san konte salon. — Lanmè a chaje ak lagratèl. — Ti kabrit la peze 5 liv. — Ivè a prekos ane sa. Desanm poko rive, nèj gentan ap tonbe. — Li ap fè granchire menm lè li konnen li pa kanpe sou anyen. — Yo depataje travayè an ekip. E nan tèt chak ekip gen yon chèf yo rele brigadye. — Men! bwè ti dlo sa a pou okèt la ka pase! — San yon bon edikasyon, ou pa gen okenn avni. — Tè Dayiti kouche sou latitid 19 degre Nò. — nèg ak zam atake yon senatè devn paleman an. — Swis se yon peyi ewopeyen. — Jezi te chwazi douz apot, Gen youn ki trayi l. — N ap fè yon fèt pou Jeral ki ap pati demen. Ou envite. — Volè yo rive antre nan kofrefò bank la e vide l. — Regleman an di yon solda ki fè yon zak malonèt pandan li nan sèvis fèt pou jije nan yon tribinal militè. — Mwen bezwen you koutmen pou mwen leve chay lou sa a. — Ti bebe gen pwoblèm pou li rale tete. — Yo fè Mouche Latòti premye minis. — Lame toujou sèvi ak mesaj kode pou lenmi pa konn sa li pral fè. — Vodka se yon tafya ki fò anpil. Li menm jan ak kleri. — Ki laj bòs Benwa? Mwen pa konnen. Li sanble yon moun ki nan karantèn li. — Nan tout papras sa yo, ki jan pou ou fè jwenn bon dokiman a. — Soufrans timoun yo ap fann kè. Mwen deside ede yo. — Depi yè swa, yon mòso kasav a manba ki nan vant mwen. — Maryo se yon ofisye nan lame e yon doktè. Si ou pa jwenn li nan biwo l nan katye jeneral, w ap jwenn li nan lopital militè a. — Nan boutik madan Jan an, yo vann preske tout bagay. — Anpil opozan gouvènman an pèdi dwa sitwayen yo si yo pran ekzil. — Touris renmen Lil Kòs paske se yon bèl kote. — Patwon ap prepare pitit li a lontan pou l pran kòn nan. — Li achte 10 zepi mayi pou 100 goud. — Li ap eseye angrese kochon an anvan li vann li. — Travay li ap fè a fè li tounen yon jamèdodo. — Non li se Kasandra men fanmi l rele l Sansann.. — Ekzile yo antre nan peyi a anchatpent. — Mouchavè se youn nan tibèt ki pi degoutan. Yo gen mikwòb nan tout kò yo. — Travay, travay, travay, se tout sa tout bon Ayisyen ap fè nan peyi meriken. — Pa pwoche kote Sayi maten an, li parèt nan biwo an an chimerik. — Mwen pat gentan viv lontan ak youn nan granpè mwen yo. Yo mouri lè mwen te timoun. — Li ap travay pou konpayi sa a depi plis pase 20 lane. — "Toujou pare", se deviz yon eskout. — Tifi sa a renmen di lòt moun, sitou ti gason, ke li pa klas yo. Nan ki klas li panse li ye? — Sa li di a montre li se yon gwo revè. — Depi yon mwa, Valeri ap swiv yon rejim. Mwen pa wè l pèdi pwa. — Grann gade m nan je, epi li fè yon dènye soupi. Se mwen ki fèmen je l. — Lapolis entèdi moun estasyone machin yo sou wout parad la. — Lapolis entèdi moun pase bò palè a. — Jan ti gason an mèg la, ou pa bezwen doktè pou wè li gen yon defisi nan vitamin kò w bezwen. — Li achte yon bèl penti pou l pote bay zanmi l Nouyòk. — Li fè yon gwo bak anvan li lanse li. — Lè papa m gen sousi, oubyen li ap jere gwo pwoblèm, fontenn tèt chaje ak pli. — Jowèl panse Nadin te jis touche bra li, li pat rann li kont ke sete yon karès. — Se premya fwa li antre nan bibliyotèk sa a. Li sezi wè tout sèvis yo bay. — Ki jou jodiya ye si yè te dimanch? — Nan pwen anyen li fè ki bon pou yo. Yo toujou ap kritike l. — Se pa fòt li, li kòmanse granmoun, se sa ki fè li ap rablabla konsa a, — Mwen pat panse ke ou te rete lwen konsa. — Moun yo al nan vakans, men yo bliye etenn limyè nan salon yo a. — Ou di li se zanmi w, ou pa konnen Ki jan li rele. — Se ak dan dèyè yo nou moulen manje. — Depi sou premye paj la, mwen wè se yon liv ki enteresan. — Se pa tout manm nan pati a ki vrèman militan. Gen nan yo se yon djòb yo espere. — Yon penalite, nan jwèt foutbòl, se yon pinisyon pou yon fot grav ou yon move jwèt. — Tigwav se yon vil ki nan depatman lwès, sou wout nasyonal nimewo 2 a. — Se pa 2 mo. Se yon sèl mo. Men fò ou mete yon trèdiniyon ant yo. — Mwen gen yon 3 ti frè. Youn lekòl toujou. — Li sòti nan reyinyon an ak yon figi krispe. — Moun fèt ak 10 dwèt.5 nan chak men. — Se yon solda yo te rele Gara ki te touye Desalin, men se Petyon ki te bay lòd la. — Ap genyen yon lit deyè lekòl lè yo lage. — Bouk la rete menm man parèyman, menm aprè 10 zan. — Moun egoyis panse a tèt yo sèlman. — Ibo se yon lang tou. — Sa fè 5 lane depi li ap viv Monreyal. Li fin abitwe ak fredi a. — Lend se kote ou jwenn yo pale plis pase 19,ooo lang ou dyalèk. Men Endi ak anglè se lang ki pale pa plis moun nan peyi sa a. — Ou santi li gen yon panchan pou dènye ti gason li a. — Chemiz sa a se yon sèl fwa ou ka mete l, tèlman li salisan. — Apre operasyon an, li gen pou li ale nan 12 sesyon adyasyon. — Gad yo resevwa lòd pou you chaplete prizoniye yo chak maten. — Teren a toujou detranpe. Se sa ki fè yo ranvwaye match la. — Kote lapli li fè la a pou gen inondasyon? — Lontan, veye te konn fè aswè anvan antèman yon moun. E li te konn dire tout nwit nan. — An nou fè louwanj pou Bondye. — Nan tout dokiman yo, non pa parèt menm yon fwa. — Li bliye bwòsdan l pandan vwayaj la. Erezman otèl kote li te desann nan te gen yon boutik. — Vil la anba yon gwo lapli depi yè swa. — Gen yon seren nan lè a. — Manje a te tèlman bon, li te preske niche lè li fini. — Bandi yo fè moun pè pase nan zòn nan. — Gen yon pakèt ti dye, men gen yon sèl Bondye. — Se tout sa li te aprann yo, li ap mete an pratik kounyeya. — Yon timoun yo chouchoute panse tout moun dwe l. — Li tèlman bay manti, yo pa kwè l menm lè l-ap di verite. — Li tèlman konsantre li sou travay la, li pa rann li kont ke tan an ap pase. — Rad pèpè anvayi mache lokal. Pa gen afè ankò pou tayè ak koutiryè. — Responsab tribi yo te reyini pou yo fè yon chita pale sou pwoblèm yo genyen. — Sa nou we a, se pa yon dapiyanp, se yon arestasyon. Lapolis mete men sou yon bandi a kostim. — Li sonje lè yo te jèn marye, tout moun t ap di yo damou e maryaj yo a te solid. Jodiya yo pral divòse. — Ap gen yon ekspozisyon kèk penti Pikaso nan mize mwa ki ap vini an. — Papa m pa janm mande moun padon, e li pa janm rele sou moun tou. Jou sa a, mwen te sezi lè li di mwen: "Pitit mwen, se pat entansyon mwen pou mwen te rele sou ou. Mwen mande w padon pou sa." — Li pa gen sik, li mete siwo myèl nan kafe a. — Nan tèt mòn sa a, toujou gen nèj. — Li pèdi nan rèv li e li pa tande manman l ki t ap rele l. — Nan pwen moun ki konnen konbyen sentaniz ki genyen nan peyi Dayiti. — Se pa yon moun m ap janm kite mete pye lakay mwen. — Doktè konseye yon rejim espesyal paske li ap vin twò gwo. — Kwakè se yon gwoup religye ki te fonde nan peyi Angletè. — Se yon manman. Li fèk gen yon bebe. — Sak fè li an malmakak konsa a? Li bwè twòp yèswa. — Nou voye Viktò nan reyinyon a paske nou konnen li pap lese yo entimide l. — Jwè a tounen sou teren a apre yo fin panse blese nan janm li a. — Yo di ke fèy metsiyen bon pou tansyon. — Depi li te piti, li te di se pou li vin yon doktè. Li rive. — Majorite Arab se mizilman. — Ane pase mwen te vizite peyi Pòtigal, Mwen renmen kapital li a, Lisbòn. — Fidonè yo ap batay pou bouke flè lamarye a. — Yo pwomèt otè a yon kachè de yon milyon dola pou li li ap ekri a. — Avoka a ban m kat li e di pou m rele l. — Vrè non li se Alisya, men depi li piti yo rele li Alis. — Granmoun lontan te respekte tèt yo. — Patrisya tounen yon bèl ti negès. — Bato a jis pase nan rad la, li pa jete lank. — Li bon, ou pa bezwen chanje anyen ladann. — Yo kouvri pòt chay ak yon pwela, paske yo ka kontre ak lapli sou wout la. — Jès ou fè lè ou ap pale, pli nan figi w, son vwa, langay kò se tout sa, e menm plis. — Li konnen alavans lapolis t ap vin arete l. Li gentan chape poul li. — Fanm nan pase anpil tan devan yon glas ap admire tèt li. — Pandan vwayaj la, nou rete sou tèt mòn nan pou nou admire plenn nan ak peyizaj alantou yo. — Mwen a chache yon moun ki konn lave-pase, mwen bouke mete rad sal ak rad chifonnen. — Lè m te piti, mwen te renmen sa lè papa m mete m sou zepòl li. — Lapolis gen yon manda pou yo arete ansyen premye minis la. — Sakristen a malad, se pitit li ki ranje otèl la anvan lamès la. — Tout kote ou pase nan vil sa a, ou jwenn ou mache sou la ri. — Li gen yon doktora nan Byo-etik. Kounyeya, li se direktè laboratwa nan yon konpayi ki fè medikaman. — Frè ou la pa sanble ak ou. Ak ki moun li sanble? — Gen yon konkou chato sab sou plaj. Moun ou ekip ki pot premye pri a ak gen 10000 dola. — Oganizatè maraton yo te ranmase de miliyon dola nan finisman jounen. — Lapolis gaye manifestasyon an, men moun t al regwoupe yo nan yon lòt zòn. — Se yon plan san di petèt, prezidan an di. — Te gen apeprè 200 moun nan sal la. Men nou tap tann plis pase 300. — Se yon fraz an laten. M ap chache yon moun ki pou tradwi pou mwen. — Apre 3 jou, mango yo pèdi frechè yo. — Nan plenn nan, gen yon pakèt woulong. Yo se yon danje pou moun ki gen bèt volay. — Fanm nan bay nonm nan yon twaze lanmò. Misye konprann mesaj la. Li rele lwen. — Misye gen yon afreman nan li. Wa di yon moun ki sot nan prizon. — Manch kouto a pote non konpayi ki fè l la. — Kòmanse reponn kesyon yo, wa fè redaksyon answit. — Lakay Pòl, se li ki al bò dife chak jou, sof samdi ak dimanch, paske madanm li al travay depi lendi jiska vandredi e antre ta. — Nan estasyon tren a, gen yon pankat ki mete vwayajè yo angad kont vòlè bous ak lòt metdàm. — Patrick te yon bèfchenn. Jodiya, li se yon chofè e pwopriyetè kamyon. — Ti nonm sa a toujou ap bay fi poto. — Avyon an ap ateri nan 2 zè. — Li mande yon ti tan anplis pou li fini travay la. — Machin nan deranje depi twa semenn. — Yon chatwouj se yon bèt lanmè ki gen yon tèt won, 8 bra. Li pa gen ke. — Mesye pase tout apremidi a ap bwè byè et jwe domino. — Leven an fè pat farin nan leve. — Fidelite, se sa ki kenbe yon maryaj. — Poukisa ou rele misye bòs? se yon senp anplwaye li ye. — Se ak plezi mwen rann li sèvis la. — Li enstale yon mit anwo chemine a pou anpeche lapli antre. — Yon moun ki wè lwen se yon moun ki gen vizyon. Se moun konsa konpayi a ap chache. — Manman m pase jounen a ap koud inifòm nou yo. Lendi se premye jou lekòl. — ak kle paspatpou a, ou ka ouvè tout pòt nan kay. — Se yon pwodwi mèg pou tout travay sa a. — Jan m wè Silven lonje dyòl li a, li sanble yo sot rale zòrèy li nan direksyon an. — Biskèt se pa yon mis, se yon zo long e plat ki devan pwatrin ou kote kot yo tache. — M ap kouri antre lakay anvan premye gout lapli yo. — Dapre resansman an gen sèl 76 Nigeryan nan peyi a. — Jodiya jedi. Kouman ou fè lakay ou> Ou pran konje? — Li gen yon mal gòj. Yo konseye l gagarize ak dlo sitwon. — Mwen sòti e kite 2 timoun piti nan kay la. Se sa ki fé m ap prese pou m antre. — Te gen yon woy-woy andedan Paleman. Kè depite nan opozisyon an t ap chache entewonp diskou prezidan an. — Edmon se yon senatè ki reprezante Depatman Nò. — Yo kondane Oje ak Chavàn pou yo mouri sou yon wou ki ap vire nan yon yon flanm solèy. Tout sa sou yon plas an piblik. — Lagonav se yon zile ki nan gòf la. — Li nan prizon paske yo akize l de kominis. — Nan pwen chak très cheve li, yo mete yon grenn kolye. — Lè m mande l sa li vle, li di m li vin chache yon komisyon pou bòs Pyè. — Yo kantin solda yo nan pou yo ba yo kèk konsiy. — Tout lajan li te genyen nan lotri a, fonn tankou bè. Jodiya, se mande li ap mande. — Lè li sispek bagay yo ka gate, li kite manifestasiyon an andous. — Vòlkan an pa mouri. Detanzantan, li gwonde. — Li antre sou pwent pye li nan chanm nan pou li pa reveye madanm li. — Ou bezwen plis pase 1000 dola pou achte tab la. — Li renmen fè granpanpan lè li ap pale. Li sévi ak yon pakèt mo laten. — Yon italyen t ap pale an alman ak yon Swis. — Yo sèvi kreson nan salad. — Vakans se toujou yon envitation pour fè kalewès. — Lanati chaje medikaman san dwòg. Men fò ou konnen kote pou jwenn yo e kouman pou ou pran yo. — Se sou yon sèl estasyon televizyon ou ka gade match final chanpyona nasyonal la. — Chèf lapolis fè yon bon travay. Depi li nan pòs la, gen lapè nan vil la. — Anfen, Jan ak Pola resi deside pou yo marye. Se pa dat yo fiyanse. — Direktè a reyini al etamajò konpayi a pou analize pèfòmans 3è trimès la. — Tout bri sa yo timoun ap fe a, Jano pa janm leve. Li dòmi di. — li se yon patnè nan youn nan pi gwo biwo avoka nan kapital la. — Li pase tout nwit la nan yon makrèl sou wout Kafou a. — Tafyatè pa ka bon sitwayen. — Si li di w li 23 zè, sa vle di li 11 zè nan aswè. — Se yon san mele. Manman l se yon Ayisyen, papa l se yon Japonè. — Li paka pran gwo desizyon, paske li se yon prezidan chofe ban. — Nan finisman semenn nan, li pral wè fanmi l li Miyami. — Si ou panse ou ka fè li abi, w ap nan gwo pwoblèm, paske li pa pitimi san gadò. Li gen dèyè. — Doktè a di pwonostik la bon. Papa m ka kite lopital nan yon semenn konsa. — Anpil bèt sovaj se rapas. — Prezidan an kraze paleman an. — Delabreman peyi a montre kouman otorite yo enkonsyan e san wont. — Jodiya li se bèl fanm. Demen li ka vini yon vye lougawou si li ap meprize moun konsa. — Si ou rele l lè sa a, ou pap jwenn li. Misye kouche bonè. — Jodiya se vandredi, manman m ap prepare yon Mayi ak pwa e sèvi l ak zaboka and sòs pwason. — Li ap fè vit pou li fini travay la, anvan patwon la rive. — Nan tout adrès emèl, gen yon a komèsyal ki ekri konsa "@". — Boutèy la eklate, li fè miyèt mòso. — Lalwa bò isit mande pou mete mizo nan bouch chen lè w ap sòti nan lari ak youn. — Siperyè li yo ap tann yon rapò detaye sou sa ki pase a. — Li ap fè yon retouday, sonje bon plezi li te konn pran lè li te piti. — Lang ofisyèl peyi sa a se angle. Men chak rejyon gen yon patwa. — Nou gen yon gouvènman retwograd ki vle tounen nan tan diktati yo. — Defile a ap kòmanse a twazè. — Ou pa janm kòmanse yon bagay pou ou fini l. — Yo deside revoke misye paske li te tounen yon menas pou konpayi. — Li touye tèt li. — Mwen tande loraj ki ap gwonde dèyè mòn nan. Lapli pa lwen. — Defisyans kadyak, se sa ki pote misye ale. — Gen moun ki panse ke jenjanm se yon afwodizyak . — Li gen yon doktora a 14 zan. Se yon ti pwodij. — Wout la tounen labou apre gwo lapli yèswa a. — Tou le twa pitit a Jan yo fini lekòl yo. — Fanmi l voye lòtbò nan inivèsite, se nan chat chawony li lage. — Nonm sa pa janm rekonèt erè li. — Pentatek se 5 premye liv ou jwenn nan labib yo, kòmanse ak Jenèz fini ak Detewonòm. — Li ap jwe vyolon depi li te gen 6 zan. Se sa ki fè li jwe l byen konsa. — Li pa pè di moun li se yon defwoke. Li menm di sa ak yon fyètè. — Chak ane, nan menm dat la, tankou rityèl , li mennen tout fanmi li al asiste yon pyès teyat, apre yo al nan menm restoran. — Se sè manman m. Sa vle di li se tant mwen. — Kandida a fè anpil atansyon ak opinyon lari a. — Pou li pa al lekòl, paske li pat fè devwa l, li pran pòz malad li. — Meriken yo panse misye tap travay pou yo, yo dekouvri ke li se yon woulemdebò. — Doktè a sispèk li fè yon enfeksyon nan twounen l. — Boksè a pwoteje pwatrin li kont kou advèsè li a. — Sèjan Lwisen pa janm kite kazèn nan ak inifòm militè a sou li. — Ou jwenn Flyò nan anpil pat dantifris, paske li pwoteje dan moun. — Sete yon bon atis. Men li mouri pòv. — Sete yon voryen ki pat pa nan anyen nan kay la. Se pou sa madanm li kite l. — Ti volè nan prizon, volè an palto ap achte bèl kay e kouri bèl machin. — Li di mwen doktè a di l san li tounen dlo. Se pou li manje bagay ki gen fè ak pwoteyin. — Gouvènman an voye yon pakèt polisye an sivil siveye kay chèf opozisyon an. — Lè pitit sa a gen peryòd li, li akaryat. — Mwen mande poukisa li pran tan konsa pou li reponn mwen. — Konferansye a kapte atansyon sal la. — Paleman an pase twa mwa ap debat kesyon salè minimòm. — Lapolis britalize manifestan yo lè yo rive devan palè a. — Ti gason an nan ka. Se pou sa li mawon an. — Diven se yon likid. — Li pa renmen pale. Sa pa vle di li sòt pou sa. — Li ap mache de bò, gen lè li sou. — Tout sa yo di l, li aksepte. — Chak fwa yon moun mouiri, se la lafendimond pou li. — Se fo dan ki nan bouch Madan Pyè. — Lè li tande sa nonm nan di sou madanm li, li pèdi sanfwa li. Li mache sou li e bay yon souflèt. — Lontan, mwatye moun nan bouk sa a te rete nan yon kay labou ki te kouvri ak pay. Jodiya tout moun rete nan yon kay bwa oubyen yon kay beton. Se pwogrè. — Tant Janèt se yon bon kwizinyè. Li ka fè yon dlo bouyi gen bon gou. — La polis arete 3 moun li di ki te nan trafik dwòg. Youn la dan yo se pitit yon majistra. — Tout vye roman sa yo li fèk sot li a fè li anchalè. — Mwen pale italyen, men mwen se ameriken. — Yon moun ka pa gen lajan men, sa pa vle li pòv pou sa. — Yon kominis pa kwè nan pwopriyete prive, e panse ke pa dwe gen klas sosyal. — Manman m sere tout bijou li yo nan yon kofrefò. — Sedras te yon wo grade nan lame dayiti. — Preske tout plant gen klowofil. Se yon pigman vèt ki bay fèy yo koulè yo. — yon ane lekol gen 180 jou klas. — Nan bouyon an, yo mete brigo, vyann, ak yanm. — Pou ou kouri konsa, fò ou gen enèji. — Yon patriyòt se yon moun ki renmen peyi l e ki toujou pre pou bay vi l pou li. — Majistra a gen entansyon enstale kèk moulen van nan vil la, pou bay fanmi malere yo kouran elektrik. — Li bo tou medam yo bò figi, men li bo Jèta sou bouch. — Mwen dekouvri istwa Abela ak Eloyiz lè mwen te klas filozofi. — Li gade yon dan kont mwen paske mwen pat vin nan antèman manman li. — Mwen pa ka konprann kouman nan yon peyi rich konsa gen moun ki ap mouri grangou — Li pa al kay madan viktò de 4 jou. Li gen yon vant sere. — Li tounen yon moun tann depi li devan fi sa a. — Lakay mwen se Ayiti. Se moun vini mwen ye tout lòt kote yo. — Se yon po ki frajil anpil, men ki gen anpil valè. — Pitit la malad. Olye li ap wè yon bon doktè, li mennen l kay yon bòkò ki di se mal y ap fè pitit la. — Li lwe yon kamyonèt pou li ka pote mèb yo. — Mwen te panse Jèta te bay Jano yon bwa long kenbe, apa mwen wè ansanm nan yon restoran. — Yon gouvènman ki ap pèsekite moun ki pa dakò ak li pa demokrat. — Misye mize tout kòb sou yon sèl chif nan kazino a. — Britalite gang yo pa gen limit. Yo piye, yo kraze, yo fè kadejak, yo touye. — Ou pa jwenn anpil gason ki rele Giyòm, nan peyi a. — Pou al lasous, fò k ou pase nan yon chimen pikan. — Rekòt la anpil ane sa a. — Ki pwofi li ap tire de sa? se sa li toujou poze tèt anvan li negosye. — Doktè a voye l al fè plis tès, pake li wè san nan poupou. — Mwen toujou reponn sali li yo. Mwen pa konn poukisa li ap di mwen pa reponn lè li di m bonjou?. — Mwen wè misye sòti nan yon ba sou wout kafou a. — Moun yo chita tou pre flanm dife a, pou yo ka chofe kò yo. — Bòs Madlèn la sòti pou li fè li fou. Li bay tout travay lòt refize fè. — Pou li kache zak adiltè a, li chache fè madanm li doute de tèt li. — Ou konnen nan peyi Izraèl, majorite moun gen mas gaz lakay yo. — Maryaj fòse pa dire, yo di. Pa nan peyi sa a kote se yon koutim. — Bra nonm nan chaje ak tatou. Ou wè se yon moun ki te pase nan prizon. — Nwen rive nan yon pwen kote pa gen kouraj ankò pou m lite. Mwen bay legen. — Nan pati tenis la, Rafael Nadal kouri ak konpatriyòt li, Nicolas Almagro. — Li pase jounen an kontan paske se fèt li e li jwenn kado li te mande a. — Koup sa fè figi li parèt pi gwo. — Soufrans la twòp pou li, se sa ki fè li ap rele konsa. — Lanavaz se yon zile ki pa gen moun. Meriken di se pou yo; Ayisyen di se pou yo. — Li pat fasil, men mwen te pèsevere e jodiya mwen pa regrèt. — Timoun ki gen ledikasyon pa soufle sou granmoun. — Piki gèp panyòl pi rèd pase piki lot gèp yo. Li ka menm ba ou lafyèv. — Mwen pa renmen jan istwa a fini an. — Non li se Kristòf, men tout moun rele l Kris. — Moun paka travay avèk lontan. Li ekzijan. — Pititlla pa wè li pa tande se yon kobay li vle pou fèt li. Bèt sa mande anpil swen. — Monik se yon bèl fanm, men ti sè li a pi bèl pase l. — Gen yon Eta ki re le Wachinntonn nan peyi meriken, li nan Lwès peyi a e kapital li se Olympia. Men pi gwo vil nan Eta sa a se Seattle. — Li toujou ap envite m lakay li, men madanm li pa akeyan ditou. — Lèpankreyas yon moun pa mache byen, li soufri de maladi dyabèt. — Bagay sa a chaje tèt li. — Apre li fin pase siray sou soulye a, li bwose pou fè li klere. — Lè izrayelit yo t ap pare pou yo kite Lejip, yo fè pen ki pat gen leven pou yo fè wout la. — Janin te yon koukou lè li te piti. Kounyeya li se yon modèl. — Yo mete randevou a nan mèkredi ki vin apre a. — Opinyon lari a kont desizyon gouvènman an pou monte pri gaz yo. — Li pat fèt domaje. Se polyo li te genyen lè li te piti ki kite li konsa. — Li gen yon amannkè, men li pa vle moun konnen sa. — Jan se dènye moun pou mwen ta mande kòb prete. — Li vle konpare tèt li ak Desalin alòke li ap vann peyi a a blan. — Nan pòt antre a pak zanimo a, gen yon avètisman ki di konpayi pap responsab aksidan si ou pa respekte distans vizitè yo dwe rete de bèt yo. — Se pa paske ou pa remèt travay la pou ou fè ak neglijans — Kire a konn tout pawasyen li yo. — Chwal lanmè chanje koulè pou lòt bèt lanmè ki ta manje yo pa wè yo. — Jan Gabi ak kajole w la, li pral mande w yon sèvis. Pare kò w! — Misye gen yon pwoblèm ki fè li pa ka ansent madanm li? — Si ou gen yon pwoblèm dantè, se yon dantis pou ou wè. — Jòj Anglad te yon gran jewograf. — Travay li nan kwizin nan se kale kawòt yo. — Li bati yon papa kay e li pa menm gentan jwi li. — Kelkeswa sa yo di, kenbe bouch mwen. — Lontan, yon pè pat sòti nan lari san soutàn. Se sa ki te ka fè moun rekonèt yo. — Ou konnen gen peyi kote yo retire langèt fi depi yo piti. — Li rete lwen peyi pandan 20 lane. — Moun ki vizyon wè pi lwen ke l. — Koupe lalwèt moun ki jennen yo, se taktik mafya ak diktatè. — Yo depoze yon koli dwòl devan pòt li la. — Li mete valiz la anba bra l. — Yon bon jij pa fè pou li pran pou pèsonn. — Li rakonte madanm nan yon pakèt bouden pou li ka pran kòb nan men l. — Ant Magali e Pyè, se linyon. Youn dakò ak lòt. — Yon ti lapli nan peyi sa a, tounen yon dezas. — Yon vale se yon zòn plate ki antoure ak mòn. — Nan laboratwa lekòl la, yo mete tout bokal asid anba kle. — Machann nan di li pa fè bon resèt jodiya. — Tout sa ki vivan sou tè a bezwen oksijèn pou yo viv. — Mwen pa pè lage pwojè a nan men Jan. Se yon moun responsab. — Mwen rele li tantann, menm si li pa sè ni manman m, ni papa m. — Kontra sa a gen twòp fay, se fasil pou ou pa respekte li. — Lè li te di moun lakay li rèv li pou li vini yon ekriven. Moun yo pat kontan. Men jodya, li tounen yon ekriven tout moun renmen e liv li yo pa rete sou etajè libreri. — Nou gen 2 pye pòm nan lakou a. — Se jodiya Pyè prale de pye devan. Se nan antéman a mwen prale la a. — Se nan taptap li al nan travay. — Avan li te marye, li te siyen David. Sete non jenn fi li. — Konfyans nan tet ou, se kle reyisit. — Nan tèt bèso a, gen yon balan. — Elektrisyen an branche tout aparèy nan kwizin nan yon sikwi espesyal. — Misye pa montre moun ke li ap dòmi sou lajan. Li pa janm fè wè, ni fè estravagans. — Kandida a trete moun ki pat vote pou li de dechè. Ou konprann poukisa li pèdi eleksyon an. — Gen yon pwovèb ayisyen ki di "tout koukouy klere pou je li", Sa k pou di w pa gen youn ki klere pou lòt. — Nou komanse etidye jewografi depi nou te nan katriyèm ane lekol fondamantal. — Li ap chache yon moun ki ka ranje eskalye a. — Travay li se touye ravèt nan kay, deyè machin li chaje ak flit. — Lopital la gen kabann pou 150 pasyan. — Machin nan anboneta. Mèt li mande yon bon pri pou li. — San bon pwofesè paka gen devlopman. — Li ekri tout woman li yo sou yon fo non. — Si ou kontinye ap bay manti konsa, moun pa kwè w menm lè ou ta di laverite. — Li mache nan labou. bòt li yo sal. — Nan lide moun yo, yon enik pa gason tout bon. Se pou sa yo te kite yo antre nan chanm madanm anperè a. — Enka sete yon pèp ki t ap viv sitou nan rejyon kote ou jwenn peyi yo rele Pewou a. — Li pa konn si pou li achte yon òdinatè biwo ou youn ki mobil. — End ak Pakistan se 2 peyi ki gen zam nikleyè. Se sa ki fè youn pè lòt, youn ak menase lòt. — Li ka gen lajan, men li pa yon potanta pou sa. — Depi yè li ap fè netwayaj nan kay la. Li ap resevwa bèlmè li demen. — Mannken an pa gen chè sou zo l, epi li bezwen pèdi pwa. Li ap tou tonbe. — Anpil peyi selebrefèt travay premye jou mwa me. Ayiti se youn ladan yo. — Mwen pat janm panse misye ta vin sitwayen meriken. — Pola te pansif pandan tout reyinyon. Li gen yon bagay ki ap trakase lespri l. — Si yon chen vwazen te vin anraje, Yo te oblije touye l. — Wa di se premye fwa pitit sa a mete talon kikit. Mwen wè sa jan li ap mache a. — Chak semenn, li jwe menm nimewo a nan Lotri leta a. — Gen sa yo rele manyòk dous e manyòk anmè. Ou ka bouyi manyòk dous la pou manje. Ou fè fè kasav ak manyòk anmè a. — Pola pa janm sòti nan lari san perik. — Nan frijidè a gen yon moun ki mete fwomaj yo nan kazye pou bè a. — Yo marye twò jèn and san preparasyon. — Li tonbe sou yon chèz paske li te kadre l twò lwen miray la. — Poukisa pilil woz sa bon? Se reméd kè a. — Se Bondye se Mèt lavi. Se li ki bay fòs. — Se nan yon fèt kay yon zanmi l ke li te rankontre fiyanse li a. — Ambasadè nigeryen a rele Boto-Boutou. — Kote m sòti a se yon endesans pou ou granmoun konsa marye ak yon timoun ki poko menm fini lekòl fondamantal. — Li pèdi yon pakèt san nan operasyon an. — Sanble misye gen yon pichon. Depi 3 zan li ap chache travay, san rezilta. — Yo ipoteke kay yo pou yo voye pitit la etidye lòtbò dlo. — Jan mwen wè ou kanpe nan kafou a, ou gen lè pran yon poto. — Li pa yon doktè ki ka geri moun, men yon doktè nan edikasyon. — Tanpliye yo se te militè ke legliz te bay pèmisyon pou akonpaye e pwoteje pèlren ki tap vizite Jerizalem. — Se yon pil ki ka ede l ak enfeksyon an. — Mwen ka padonen l pou sa li fè m nan, men mwen pap janm bliye. — Joslen kòmanse pran dwòg lè li te nan lise. — Si li di w li renmen w tankou 2 je tèt li, li ap ba w manti. — Li glise nan nèj la e tonbe sou dengwenn li. — Se pa lakay li li ye, se nòmal pou li santi l malalèz. — Ayisyen pa jwe krikèt. Men se yon jwèt ki popilè nan peyi Angletè, e nan anpil ansyen koloni angle tankou Ostrali, End, Paskistan... — Syèl la klè, li pa gen yon ti nway menm. — Yon ichtyolojis se yon moun ki konn pwason byen. — Advantis pa manje bouden. — Li pa janm dezabiye devan moun. — Si la vi w andanje, pa pè kriye osekou. Se premye konsèy yo bay etidyan yo, premye klas la. — Grèv jeneral opozisyon an mande a pa pran. — Nan lekòl gen yon chapèl kote nou ka al priye oubyen al patisipe nan lamès chak anvan klas kòmanse. — Patagoni se yon rejyon nan dènye pwent Amerik Disid ki kouvri yon pati nan chili ak Ajantin. — Mwen konnen li pat janm renmen m, li marye avèk mwen, paske papa m te menase l. — Sa fè yon mwa yo te fè l yon operasyon nan kè. Li poko reprann li. — Yon gè nikleyè pa enposib paske twòp peyi gen zam nikleyè. — Pandan 2 semenn vakans la, mwen te konn sa yo bonè. — Dantisyon rann ti bebe a akaryat. — Sèl sa mwen pa renmen nan kay, se chofaj gaz la. Ane ki ap vini a, mwen panse ranplse l ak yon systè, chofaj ki mache ak kouran elektrik. — Ou pa preske wè kab telefòn paske se ak telefòn mobil moun sèvi kounyeya. Yo pa bezwen fil ou kab. — Li pa rekonèt okenn non sou lis la, se pousa li wete non l. — Patrik decide koupe nan vakans la. Li pati anvan lè. — Nan mize, li entèdi pou ou touhe tablo yo. — Zanchwa se yon ti pwason. — Lanmè wouj separe Lafrik avèk kèk peyi Mwayen Noryen. — Depi li divòse a, li wè pitit li yo sèlman yon fwa pa mwa. — Moun ki gen katarat wè twoub. — Yo mete l nan lekòl sa a pou li ka frekante e fè zanmitay ak timoun lelit. — Si ou vire adwat, ou pap janm rive lakay la, paske w ap pran yon direksyon opoze — Apre tout vye nouvèl sa yo, li bezwen yon mo apezan de madanm li. — Doktè a mande l si gwo pous nan men dwat la sansib. — Ou jwenn anpil pwodwi dominiken sou mache ayisyen. Se yon siy de depandans. — Se kwizin nan ki fè mwen renmen kay la. Li gen tout sa mwen bezwen. — Apre yon semen chita tande, moun yo pa rive nan yon akò. — Mwen kwè anpil nan tinonm nan, se sa ki fè mwen pap sispann ba l soutyen — Li di m rèv la se yon presantiman. — Eske ou konnen yo pale plis pase 800 lang nan peyi yo rele Nouvèl Ginen a? — Si ou kouche ak rad la, li ap chifonnen. — Maryo ap viv yon sitiyasyon delika aprè divòs li a. — Anvan vant-siyati a, ap gen yon lekti de kèk pati nan liv la pa otè limenm. — Li paka dòmi san ti ous an twal li a. — Lekòl la sèvi dejene anvan klas yo. — W ap Kouche ak chen ak chat, epi ou etone ou pran vye maladi. — Li kòmanse karyè politik li lè li te gen sèlman 20 lane. — Li blese pi bon zanmi l. Remò ap manje konsyans li pou sa. — Enprime non w. — Mwen pat wè Almèn paske li te koupi dèyè Mariloud. — Si tifi sa a te nan swenyay, li tap bèl ti moun. — Mwen mande tèt mwen konbyen tan sa ap pran pou mwen rive pale kreyòl. — Akoz de sechrès la, zòn nan fin depeple. — Ou gen bon nen si ou pran sant pwason a kote ou ye a. — Se yon bon vwazin, bon tan kou move tan, li la avè m. — Ti gason a pa lave figi l maten a. Ou wè sa nan kaka je li yo. — Sou rad travay li, ou rekonèt ki sa li ap fè. — Mwen pa ka ede w demenaje, mande yon lòt moun. — Nan liy ki make okipasyon an, li ekri mekanisyen. — Anpil òganizasyon ki ap defann dwa moun denonse zak ki te fèt sou moun nan katye a. — 2 moun sa yo toujou nan yon chire pit. Ou pa ka mete yo chita sou menm tab. — Premye yon moun te ateri sou lalin se te le 20 jiyè 1969. — 2 fanmi yo dakò pou yon maryaj ranje pou evite eskandal. Fi a tonbe ansent. — Li twò jèn pou li gen yon patant pou kondwi. — Li di mwen li bezwen yon prèv, yon bagay ki reyèl, pou li ka kwè mwen. — Pechè yo retiredan tout krab yo anvan yo vann yo. — Pandan karèm, katolik yo abteni yo nan manje vyann. — Mwen pa antre nan koze madanm ak mari. — Divalye kouri ak tout opozan li yo. — Kawoutchou ap pèdi van paske li pran yon klou. — Fè tiyo a ploye nan mitan. — Dlo pisin nan tèlman frèt, mwen tresayi lè mwen mete pye mwen ladan. — Jan ou kòmanse a la, mwen pa wè pa ki mwayen ou pral rive resoud pwoblèm nan. — Pandan lapolis ap mete ti machann dwog anba chenn, gwo machann yo ap resevwa politisyen lakay yo. — Plas anblan an se kote pou ou siyen non e ekri dat jodiya. — Ou wè piti sa a byen manje. bò figi l plen. — Si ou sèvi ak yon bwòs metalik pou netwaye planche a, w ap degrade l. — Ou pa jwe volebòl ak menm balon ou jwe foutbòl. — Se yon biblo ki gen anpil valè. — Ou mèt bat kò w jan ou vle, yo pap janm ba w viza a. — Ou jwenn anpil kòmand nan langaj enfòmatik. — Yon Irakyen se yon sitwayen peyi yo rele Irak la. — Si ou pa ranpli machin nan anvan vwayaj la, ou ka pran pàn gaz, paske pa gen estasyon gazolin sou wout la. — Van li ap gwonde. Li gen gaz nan trip li. — Ak biva a, nou seche lank la anvan li simaye sou papye a. — Se yon antrepiz ki bezwen talan, se pousa, li gen yon ekip rekritè. — Se yon lekòl espesyal kote yo eseye ede entatad adopte yo nan lavi a. — Chak semenn, yon lesivyè vin chache rad sal li yo. — Gen 3 granmoun ki ap prepare pou recevwa batèm. Pè a rele yo neyofit. — Li pat janm wè yon lyon nan vi li, mwen mennen nan yon zou pou li al wè youn. — Li fèmen tout dokiman enpòtan yo nan yon kofrefò. — Tout jounalis se fouyapòt. Yo toujou ap chache sa ki ka deranje yon moun, sitou si li enpòtan. — Li pran pòz azizwèl li, pou li ka regle zafè li. — Li pa gen okenn rapò ak ansyen ansyen mari li a. — Se yon etnograf. Lè li ap pale de kilti peyi a, li konn de kisa li ap pale. — Li fèk sote sou mwen, e li gentan ap mande m prete kòb. — Ou bezwen 2 men ou pou ou manipile aparèy sa a. — Responsab aksidan an, se chofè kamyonèt wouj la. — Se yon òganizasyon ki viv de lacharite, men prezidan l ap viv an pacha. — Mwen pat konnen Jan te konn jwe flit non. E li sanble li bon ladan. — Briz la ede nou sipòte chalè a. — Gen yon petisyon nan lari ki ap mande demisyon premye minis la. — Ou kite alèlè sa a konn afè w. Ou nan ka. — Men lè ambasad la ouvri: Lendi a jedi: tè pou 2 zè; Vandredi: 8 tè pou 3 zè. — Ti moun alèkile pa konn sa yo rele yon plim a rezèvwa. — Yon pentagonn se yon figi jewometrik ki gen 5 kote. — Mwen ta prefere al nan prizon pase pou m peye kòb la. — Se yon mètdam qui panse li ka pran m nan pyèj. — Pa kite pou pita sa ou ka fè kounyeya. — Yon konyapis, se yon moun ki pa kontwole kò l. Sa ka yon maladi mantal. — Si ou bezwen li radòt, al sou rezo sosyal yo. — Li toujou alkolize kafe ak 2 kwiyè wonm. — Bri ap kouri nan lari a ke prezidan an ka kite pouvwa a demen. — Anvan lendepandans, Ayiti te yon koloni yo te rele Sen Domeng. — Mwen dekouvri ekzistans sivilization maya yo lè m te nan inivèsite. — Mwen di Jak si li bezwen defoule l sou yon moun, al kay wè yon sikolog. — Lè ou vwayaje ak yon paspò diplomatik, ou pa pèdi tan nan imigrasyon ou ladwann. — Yave gen bon kè pou pitit li. — Se yon diplomat ki gen anpil savwafè. — Touris yo achte tablo yo pou prèske anyen. — Bank la sezi kay la paske li pa peyi ipotèk la depi 6 mwa. — Pò se yon kalte ti twou moun gen sou po yo. Se la gout swe sòti. — Si ou bezwen wè tig ak lyon nan vil sa a, fò ou ale nan pak zannimo. — Yon pè katolik romen sipoze yon selibaté. — Ann pale pita, li di m. — Eliz pwoche pi pre moun yo pou li te ka tande pibyen sa yo tap di. — Papa m panse tout mizisyen se vagabon ki renmen tafya. — Direktè a gen sekretè jodya. Li blije fè tout travay yo poukont li. — Si w bezwen yon bon wiski ilandè, se nan magazen Okonò a pou w ale. — Sèjan an di rekri yo ke se moun djanm lame a bezwen. Si yo pa santi yo gen kouraj, yo met ale kounyeya. — Yo transfere kidnapè a nan yon lòt prizon. — Jij pran 3 mwa pou egzaminen dosye a. — Jounalis la gen enfòmasyon konfidansyèl sou premye minis la. Se sa ki fè y ap menase la la. — Li vle pase pou yon adjidan bòs. Men nou pap pran lòd nan men l. — Janpòl gen yon bon konesans de mekanik machin sa yo. Fè l konfyans. — Papa l toleran e toujou fèmen je l sou vye konpòtman l. Manman l fèm e toujou pare pou pini l pou nenpòt ti dezòd li fè. — Lapen a fouye yon pakèt twou nan lakou a. — Chak ane, yon doktè je tcheke m pou tansyon nan je. — Tifi a mennen yon vakabon nan kay la. Yon nonm san prensip, ni moral. — Zanmi m di li pou li mete dlo nan diven li e pa atake moun sa ki gen lyen ak mafya. Li pat koute yo. Li fini mal. — Si ou vle li manje bwokoli fòk ou kraze li e melanje l ak diri. — Si ou fè Moskou, ou se yon Ris. — Mis la mete tentidyòd sou blese a. Mwen sere dan m pou m pat rele tèlman li boule. — Mezanmi, pou jwenn dlo nan vil se pou ou pase tout yon peripesi. — Ti gason an pa bay anyen lekòl, li jis ale pou li chofe ban yo. — Beyatitid se kè kontan parèt sou figi yon moun. — Depi 2 moun sa yo rankontre fò yo papoter sou tout moun yo konnen. — Yon sangliye se yon kochon ki ap viv nan bwa. — Yon Pòtigè se yon Ewopeyen. — Tapèt mouch la pap sèvi ak anyen ap fatra ki tou pre a. — Yon sikyat se yon doktè ki trete moun fou ou moun ko kòmanse pèdi tèt yo. — Se 3 pè ki te responsab fondasyonkès popilè a. — Ejipsyen lontan yo te panse vonvon te yon bèt sakre. — Sa pa gade w, li di m. Se vre; paske mwen antre nan zafè ki pa gade m. — Depi pase plis ke 2o lane, pèp ayisyen pa mete espwa l sou gouvènman ankò. Chanjman prezidan pa di l anyen. — Yo di m tout moun nan garaj sa a kale nan mekanik. Yo ba gen machin yo pa ka ranje. — Sè m nan gen yon zanmi lekòl li ki rele Solanj. — Mwen pat konnen si Jano te gitaris. Kilè li aprann jwe gita? — Yo antre nan prizon enmi, yo soti frè de san. — Depi m wè jan youn ap bay lòt tibèk sa yo, mwen konprann trapde ke yo plis pase zanmi. — Kote ou ye konsa? Mwen pa janm wè w. — Si otorite bò isit te respekte tèt yo, yo tap respekte peyi a aletranje. — Prezidan an ap chache minis ki pa gen santiman, ki ka fè tout li di, e menm achte dèyè l. — Li pèdi kanè kote li sere adrès ak telefòn tout zanmi li yo. — Si ou pa ranje poto branlan sa a, li ap fè malè wi. — Li pat gen ase kòb pou li al nan tribin, li blije al nan poulaye. Li te vle nan estad la pou match la. — Kameleon an pran koulè fey bwa an, men sa pa rann li envisib pou sa. — Polo se yon djèt sou teren an, se sa ki fè tout lòt jwè yo pè lè li pran balon an. — Vit devan machin nan sal. eswivit poukont li pap ka netwaye l. Fò w lave alamen. — 2 pati yo fè yon antant anvan eleksyon an. Yo ap parèt ak yon sèl kandida. — Apre sa Jozèf fè m nan, mwen fini ak li. — Se dimanch. Li ap difisil pou jwenn yon plonbye soumen. — Chak ane, matant mwen al nan pelerinaj Sodo. — Nan seremoni an, li tounen chwal yon espri-lwa. Se sa moun yo di. — Se tante misye ap tante w wi, lè li poze w kesyon dwol sa a. — Mwen pa gen tan pou dejene. Mwen leve two ta. — Pa gen papye nan kabinèt si se la ou prale pote yon woulo. — Si ou paka jere ti pwoblèm sa a, kouman ou pral fè lè ou gen yon gwo pwoblèm. — Jowèl lopital depi yè. Li fè yon operasyon nan anch li. — Joslen pa konnen si li konn mache nan dòmi. — Etidyan akeyoloji yo fèt pou yo patisipe nan yon espedisyon omwen yon fwa anvan yo diplome. — Mwen gen yon dokiman ki pwouve li te di laverite. — Annden kay la fè nwa. E mwen pa ka jwenn switch la pou m limen limyè yo. — Nan travay, pa gen kanmaradri, gen relasyon pwofesyonèl. — Li pèdi paspò li, konsila a ba li yon lese pase pou li retounen nan peyi l. — Se yon reformis. Kote l li pase li vle fè chanjman. — Li ap tann pèp beyatifye li, paske li kritike gouvènman an de tanzantan. — Nan kan an, eskout yo dòmi anba tant. — Ak konesans li, Klod se yon kapital pou òganizasyon an. — Mwen pa di sa pap janm rive, mwen, pou kounyeya, pwojè pou bay kouran 24 sou 24 la parèt ensanse. — Li marye ak yon Fransè. — Menm lè mwen wè kobra nan televizyon, mwen pè — Se pa konsa nou fè bagay yo . — Tout moun konnen ke senatè a se yon bawon dwòg. — Depi yon mwa, Mata pa pale avè m. — Mèb sa yo granmoun. Yo bezwen chanje. — Sourit se yon bet non sèlman nwizib, men ki fè malad. — Pitit sa a gen pwoblèm kontwole emosyon li. Li kriye pou nenpòt bagay. — Depi kèk tan li ap panse ak pansyon l. Li resi rive pran l. — Dyabèt se yon yon kondisyon ki ka tounen yon danje pou lavi yon moun si li pa kotwole. — Peyi a andèy pou twa jou, se sa ki fè tout drapo rete demi ma. — Volè a rape bous la sou zepòl madanm nan. — Zayi se ansyen non yon peyi an Afrik ki rele jodiya Kongo ou Repiblik Demokrati Kongo. — Li soufri rimatis. Li gen fè mal lè tan an frèt. — Katmandou se pi gwo vil nan peyi yo rele Nepal la. — Li prefere taso ke griyo. — Ak gazolin ki monte tèt nèg konsa a. Gen mwen machin nan lari a. — Jan w ap depanse konsa, ou gen lè jwenn yon min lò. — L`et li a manifeste volonte l pou li pa tounen. — Tout òganizasyon sa yo gen pasdwa ki pèmet yo enpòte san yon pa peye ladwann. — Depi Bòs Jozèf kite bouk la, nou pa gen recholye ankò. Se byen lwen pou nou ale pou nou al achte yon bon recho. — Kote non Lanmè nwa a sòti? Se paske dlo a nan sezon livè télman fonse li parèt nwa. — Se vye moun ki rete nan katye sa a. — Si ou pa kwè manman w, ou pap kwè pèsonn moun. — Omoplat se zo ki fòme zepòl yon moun. — Li se yon fanatik konpa. — Chak premye jou nan mwa novanm, li al sou tonm manman l. — se kriminèl ak bandi ak zam ki ap fè lalwa nan zòn nan. — Se yon koral gason, men se yon fi ki ap dirije l. — Li gen yon bouton sou nen l. — Bistouri se yon zouti ou jwenn nan tout sal operasyon. Li sanble ak yon ti kouto, men li pi file. — Nou wè yon woulong pase. Li t ap kouri dèyè yon poulèt. — Mwen pap sèvi anyen nan seremoni a. Mwen pap pèdi tann ale. — Aktè a malad, yo rele youn nan ranplasman yo pou jwe pyès la aswè a. — Chadèk gen yon ti gou anmè. — Li deside fè testaman l. Anpil moun li ta pral mouri. — Se zanmi tidam nan li ye sèlman. Men anpil moun panse yo renmen. — Kou li mete tèt li sou zorye a, dòmi pran l. — Prezidan an antoure l ak yon bann kokorat, moun ki ap fè tout sa yon kapab pou plen pòch byen vit. — Chak ane moun sa yo chanje salon. — Ti nonm nan pè antre lakay li, paske li konnen papa l pral flange pou zak malonèt li fè nan lekòl la. — Infimyè a di doktè a ke malad ap bay watè ma depi 3 jou. — Otè sa a renmen sèvi ak symbolis pou li eksplike yon evenman.. — Yo tradwi liv sa a nan 20 lang. Mwen gen yon kopi an italyen. — Yo di samdi ap jounen gwo chalè. — Se yon fanm ak kèk moun nan gouvènman ki ap pwofite de karyè sab la. Moun nan zòn kote li ye a pa jwenn anyen. — Li pase tout jenès li nan fè devergonday. Kounyeya, li pran pòz ki pi serye nan katye. Moun yo pa bliye. — Si ou se yon anplwaye Leta, yo ka fè yon rabè pou ou nan magazen a. — Mwen toujou mande tèt mwen nan ki kan depite sa a ye? Li sipoze nan opozisyon, men li toujou vote ak patizan gouvènman an. — Divizyon ki te genyen anvan Lendepandans la pat disparèt aprè. — Lapolis fouke misye devan madanm li ak piti li yo. — Gang yo konvèti ti jèn nan katye. De bon timoun, yo vin tounen kriminèl. — Ak chans ou ka rive lwen. — Misye nan tout gwo bal, li ap bwè kòb li! — Sa k ta di sa! Yon ti grenn toupiti konsa ta donnen e tounen yon gwo pyebwa. — Li touche chak semenn nan travayl li a. — Pou tranzaksyon sa se nan Katye jeneral bank la pou ou ale, yo di l. — Konpayi sa a gen kliyan toupatou nan peyi a. — Moun ki soufri dyabèt fèt pou yo evite siwo mayi menm jan ak tout manje ki gen anpil sik. — Apre yo fin arete l e fose l pran lekzil, li bay peyi a do. — Moun ki gen chè nan nen ka gen pwoblèm pou yo respire nan nen. — Depi mwen leve, mwen paka dòmi ankò. — Pafwa ou paka chanje erè ou deja fè, men ou ka fè yon jan pou ou pa tounen fè yo ankò. — Li pèdi balans li nan eskalye. — Anvan li kòmanse lekòl, yo mande pou li pran yon seri de vaksen. — Li panche tèt li sou kote pou li ka koute sa moun yo t ap di. — Nan fèt malere, ou jwenn kola, nan fèt zotobre yo bay diven. — Machin yo ap plenyen paske yo pa fè bon lavant. — Pitit sa a se yon makfezan li chire kaye kanmarad ki chita bò kote l la. — Matant janin pase men l nan kou l pou li te ka soulaje l. — Mwen rele l pou mwen swete l bòn fèt, men li pa reponn. — Lafrans, anvan 1789, te yon monachi. Jodiya, Langletè se monachi. — Kandida fè yon diskou devan yon ti ponyen fanatik. — Nan antèman manman li a, Mari t ap fè anpil jefò pou li pa kriye pandan diskou a. Li t ap pale ak yon vwa latranbay. — Se pa pou bèlbèl yo badijonnen pyebwa yo al lacho, se pou kwape yon seri tibèt nwizib. — Li di moun yo sa yo te vle tande. Pat gen yon gout senserite nan pawòl li yo. — Mwen pa kwè gen ayisyen nan Ziltik. Genyen! Ayisyen toupatou. — Li sote kòmansman chapit. Li li sèlman conclusion an. — Pou rive manje nan restoran sa a, fò ou fè yon rezèvasyon yon semenn anvan. — Lafyèv, doulè nan zo, tèt fè mal , se kèk sentòm moun ki gen Bwouselòz ka santi. — Se yon pou pouryanis. Anyen pa di l anyen. — Anvan yo vin sèvi nou manje nan restoran sa a, yon mete devan nou yon plat biswit tiwon byen cho. — Liberalis se yon sistèm ki mete libète moun anwo tout bagay. — Minis la se yon lepè ki ap okipe yon fanm ki ta ka pitit li. — Devan grangou kanpe an, gouvènman an blije ap achte manje lòt bò blo. — Anvan li achte kay, li mande pou yo ranplase tout fenèt yo. — Si misye pat kouri kite fi a, li t ap mache ak yon sèl pantalon. — Nòvèj se yon peyi avanse kote moun respekte moun. — Ane sa a, li resevwa yon bonis de mil dola. — Pou pri mwen peye pou machin nan, sa yo di yo ban mwen anplis la ba yon degi toutbon. — Pou make pwen nan baskètbòl fò w mete balon an nan panye an. — Antre nan lame se sèl debouche pou zòn nan katye. — Pastè a pa sanble yon moun ki kwè nan sa li ap preche a. — Se yon medikaman yo pa teste sou moun. Yo te fè kèk tès sou rat ak makak. — Lòt bò lari a, gen yon ti boutik kote yo file kouto ak manchèt. — Yon modèm se yon ti aparèy ki konekte odinatè lakay ou a ak yon konpayi entènet. — Siyen non w la a. — Se yon papa ki renmen timoun li yo tankou 2 je tèt li. Li ka bay vi li pou yo. — Bale ou sèvi nan lakou, ou netwaye anndedan kay avè l. — Djèt ki sòti nan priz dlo nan kafou a mouye tout machin ki t ap pase. — Li di li pa fè politik, men li ap fè kanpay pou yon kandida. — Kote ou jwenn lide ke mwen panse mal de ou a? — Mwen wè yon foto granmè m lè li te jèn. Sete yon chelenn. — Mwen regrèt sa. Mwen paka fè sa ou mande mwen an. Mwen pa gen otorite pou sa. — Gen moun ki renmen katchouboumbe, paske yo fè kòb sou mizè, dezòd e vyolans. — Bonjou Madmwazèl, li di m. Mwen reponn li mwen pa yon madmwazèl, mwen se yon madan marye. — Li di doktè a se kote goch la ki ap fè li mal. — Li gen yon pwoblèm nan matris li. Se sa ki fè li paka fè pitit. — Nou sèvi ak savon likid pou lave men nou. — Prezidan an nonmen minis Afè etranjè a pou ranplase premye minis la. — Si ou bliye modepas ou, ou ka mande pou yo voye li ba ou. — Apre 3 jou nan pale ansanm, 2 pati yo rive nan yon konpwomi. — Kominis ap chache anwole jèn ki pa gen travay. — Administratè a ap jere pwoblèm nan. — Yon lekòl kote tout elèv pase — Mak sispèk Timote ap sedwi madanm li. — Misye kreye latwoublay kote li pase. Se sa ki fè li pa gen zanmi, — Gen yon mal zwa sou dlo a. Kote femèl la? — Li jis nan kou ak dèt. — Nèg sa gen yon sèl fay lakay li: Li renmen fanm twòp. — Yèswa, mwen kouri ak papa mwen nan ijans, li pat ka respire. — Depi ki lè ou wè yon doktè je? Ou bezwen wè youn. — Nan katye a gen yon ebenis, yon fèblantye ak yon bòs tayè. — Lapolis sèvi ak gaz lakrimojèn kont pwotestè yo. — Opposition an deside anfen pou li chita ak gouvènman pou byen peyi a. — Mwen pa fè Patrick konfyans; se yon trèt. — Nan legliz sa a, gen 3 mès chak dimanch. — Li pa envite m nan fèt la. De tout fason, mwen pa t ap ale. — Anakawona te yon chèf yon tribi avan Espayòl yo te foule tè a. — Wayòm Ini se yon gwoup peyi nan nòdwès Ewòp ki. Ladan yo nou jwenn Iland di Nò. — Asasen, nan yon distans, vize nonm nan e touye ak yon sèl bal. — Nan faktori a, chak jou se yon jounen gason pa kanpe. — Li fè zewo degre santigrad. Dlo nan bokit la tounen glas. — Bò solèy leve a, ou jwenn Ladomikani. — Jounalis yo wè kèk chawony bò wout la. Se prèv yon masak. — Yo sanble yo pral kòmanse travay sou wout, mwen wè kèk traktè trelè ki ap vini. — Jano se youn nan sispèk yo. Men lapolis pa gen prèv ase pou li arete. — Yo pwoche tou pre dife a pou yo chofe kò yo. — Vendredi Sen se jou kretyen yo komemore La Pasyon Jezikri. — Li bwè tout lèt la. — Gouvènman an ap eseye mete zizani nan opozisyon an, lè li ofri kèk nan chèf li yo yon plas nan kabinè a. — Tout moun nan vwazinay la panse misye se yon pèvè paske li ap viv poukont li e li zanmi yon bann ti medàm. — Yo di se yon granmoun ki te mete bouch sou li ki fè li pa pase. Mwen pa kwè. Misye pat etidye ase. — Pou li pat peye, li di li pat gen anyen pou li wè avèk dèt la. Alafen e sou presyon, li rekonèt responsabilite l. — Nanpwen youn nan kay sa yo ki vo 100,000 dola. — Minis la presente yon pwojè lwa ki ta ka vin yon plen pou jounalis yo. Senatè yo refize vote l. — Chèf prizon an se yon bouwo ki mete laperèz nan kè prizonye yo. — Pòl refize aksepte ke madanm li gen kansè e ke jou li konte. — Televizyon a gen yon ekran ki mezire 170cm. — Adrenalin bon pou kò yon moun. Men twòp Adrenalinpa bon. — Bank sa a se yon move pretè. — Pou rive nan mowèl liv sa, fò ou konnen istwa peyi a, men tou yon konesans nan sikoloji. — Pandan semenn nan, manifestasyon kont gouvènman fèt nan Jakmèl, nan Miragwàn ak nan Gonayiv. — Se nan bifèt la w ap jwenn tout bon vèsèl yo. — Nan klas la gen 4 elèv ki rele Jak. — Machin akoud la deregle. Mwen oblije al prete youn. — Pou fèmen dlo a nan tout kay la, li bezwen yon kle 2 pous. — Se yon magazen kote ou ka jwenn tout kalte diven. — Doktè rekòmande yon bann machwè pou ede l domi san li pa wonfle anpil. — Ale nan gagè chan samdi, se sèl plezi moun nan seksyon a. — Lontan, nan anpil peyi, yo te konn pann moun yo kondane pou gwo krim. — Si ou panse paske ou gen po klè a, w ap jwenn travay, ou tronpe w. — Lè mwen di manman mwen pral vizite Lanovèj, li di mwen sa mwen pral chache nan peyi pèdi sa a. — Anpil Ayisyen pa manje tete poul. — Akòdeyon se yon entriman pratik. ou ka al avè l toupatou e jwe l nenpòt kot. — Pola ap mache gouyang gouyang paske youn nan talon yo foule. — Ann rankontre, dizon, demen a midi. — Bòs la kòmande manje pou tout moun nan biwo anvan li kite, — Bawon se tit youn moun ke yon wa oubyen yon rèn fe anpil konfyans. — Sa fè plis pase 30 minit depi m ap tann ti gason ak komisyon an. — Li gen yon bwat sekrè ki chaje ak Vennsenk kòb ameriken Li panse li ka gen plis pase 200 dola ladan. — Li pa wè manman li depi 10 zan. — Sa mwen renmen ak pwogram odinatè sa a, li korijè erè mwen yo otomatikman. — Jodya sen kòb pa anyen, menm yon sirèt li pa ka achte. — Yon mileniyòm se yon peryòd de 100 ane. — Yo bay minis la yon akèy ki rezève pou diyitè. — Mwen ap chache tit liv sa a nan gwo karaktè, mwen pa fouti jwenn li. — Zanbyen se moun ki sitwayen peyi Zanbi. — Mwen pa fè anyen pou anyen. — Yon elèv ki rive nan klas la aprè apèl la, ap rete an pinisyon. Se regleman lekòl la. — Se yon kan endyen ki gen 10 ranji tipi. — Li se yon Galwa. Men anpil moun panse li se yon Angle. — Yo di gen lò nan sousòl peyi a. — Se yon apantè ki fikse limi teren a. — Lapawoskopi se yon operasyon ki pèmèt yo ekzamine anndan vant yon moun. Pou sa, yo sè ak yon aparèy yo rel lapawoskòp. — Ou deja wè se yon fo dèyè fanm sa a mete. — Si w al dèyè a, w ap yon bèl jaden flè. — Yo di se yon ameriken yo te rele Toma Edison ki te envente fonograf. Yon alman to te rele Emil Bèlinè te amelyore l. — Akoz de tanpèt nèj la, tout lekòl ap fèmen demen. — Li se se yon djòbis. Yo rele li lè yo gen travay pou li. — Mèt la divize klas la an gwoup pou diskite sijè a. — Sa fè orijinalite jwèt sa, sèke ou ka jwe l toupatou. — Aktè sa a an demon , li gen 4 pri deja pou ane sa a. — Lè yo marye, anpil moun te panse ke se madanm li nan ki t ap gen pouvwa sou. Yo te twonpe yo. — Nèg sa a toujou ap ranse, se sa ki fè yo pa janm pran li oserye. — Toto kite travay la san gade deyè, li te bouke ak yon direkte ki pa tap fè anyen. — Reyinyon ap komanse nan 20 minit, Mwen annavans. — Doktè a di li li gen yon pwoblèm sikilasyon. — Li te 3 zè anvan douvanjou, lè telefòn nan sonnen. Se pat yon bon siy. — Yo panse se san Jaklen ki sal ki fè li toujou gen yon gratezon. Ou pap konprann se yon alèji ki fè sa. — A laj ou ou kwè nan tonton Nwèl toujou. — Teworis se pa yon ideyoloji, se aksyon moun mechan ki ap chache vanjans, pouvwa, e pafwa menm jis vle touye moun pou touye moun. — Infòmasyon a a se yon swivi de sa yo te pale nan reyinyon yè maten a. — Misye ap pase bale nan salon, li sanble li pral gen yon vizit. — Map montre w pa A plis B ke Michèl t ap ba w manti. — Avril se 4è mwa nan ane a. Li gen 30 jou. — Li se yon tifi. Menm renmen li pa janm renmen. — Semenn sa se move nouvèl sèlman ke m ap tande. — Ti bazilik la bay soup yon bon gou. — Mwen bwè 2 vè diven aswè. Mwen pat janm bwè konsa anvan. — Li mete dlo cho a nan frijidè pou li ka refwadi pi vit. — Li t ap chache Katrin, li kontre bap-pou-bap ak Jaklin. — Mwen bat dada m lè m tande eskandalèz yo rele Fifi a ap pwoche. — Lè li fè w yon pwomès, li kenbe l. — Depi yè li wè yon pakèt bousòl leve sou bwa l. — Jan se yon bon papa. Li pran swen de timoun li yo poukont li apre lanmò manman yo. — Si ou bezwen al tande pawòl de grenn gòch, se nan paleman an pou ou ale. — Tout moun, e tout bèt gen pati jenital. — Se yon enprimè sou granri a ki fè kat maryaj yo. — Li kache dwòg la nan kilòt li, men chen ladwann yo fè yo kenbe l. — Moun pòv ap vin pi pòv alòske moun rich ap vin pi rich. — Chak swa, sigal yo bay moun nan zòn yon konsè. — Yo di gen yon katchouboumbe tou pre palè a. Moun ap kouri kite zòn nan. — Mwen pa ka al nan sinema jodiya, se jou lekòl e mwen anpil devwa. — Sa sektè prive ya fè pou peyi. — Chak ayewopò nan peyi gen yon estasyon metewolojik. — An desanm, solèy la leve pita. — Elèv la trase yon ang dwat ak yon ekè. — Nan kan an, mwen te gen chans admire syèl la leswa avèk milyon zetwal li yo. — Si ou kite ou fèy lagratèl kontre ak po w, w ap gen demanjezon. — Poukisa ou rele pitit la Benwa. Benwa se non granmoun. — Frè lekòl la monte ane sa a ankò. — Li gen anpil espwa sou premye pitit gason li. — Li pa yon moun fasil, men li gen bon kè. — Sa nou wè la a, se rès yon batiman ki te fè fyète tout Ayisyen. Se sa ki rete apre plis pase 100 lane neglijans. — Sitiyasyon peyi a mete preske tout popilasyon an sou tansyon. — Desten yon moun se nan men l li ye. — Gri pa ale avè l. — Aljè se kapital peyi Aljeri. — Pafwa inyorans ka tounen yon andikap. — Li mete gazolin nan machin nan anvan li antre lakay li. — Li gen yon sèl frè e li pa pale ak li souvan. — Joko tèlman siseptib, li toujou panse moun ap pale sou li. — Si ekip la pèdi match la, li ap elimine. — Mwen poko deside si m pral nan maryaj la. Li tonbe yon move dat. — Pastè di fidèl yo deyò a pa gen anyen. Se desepsyon ak peche ou jwenn. — Plan enjenyè a chaje ak defo. — Fi sa a renmen tilititi. Se pou sa li renmen ak Polo. — Mwen vini anvan lè pou m ka antre anvan. — Lè m di l mwen ka kale l nan jwèt damyen, li reponn mwen: "Se sa w panse!". Mwen di l ann parye yon ti kòb. Li kaponnen. — Akozde grèv la, anba lavil la vid. Ou ka jwe footbòl nan lari yo. — Li vini 20 minit anvan randevou a. — Lopital general nan Pòtoprens ap refize moun kounyeya. — Se Polo nou ap tann pou nou koumanse reyinyon an. — Si ou gen 6 pate, ou manje 3, konbyen ki rete? — Rèv tout paran se wè pitit yo reyisi nan la vi e menm depase yo. — Labouyi a twò epè. Mwen dilye l ak yon lèt. — Jounen l kòmanse lè kòk chante, e li fini lè solèy la al kouche. — Ekzamen medikal la di misye soufri de yon timè. — Mesye a pa renmen moun deranje l lè li ap repoze l. — Ti gason plen bouton nan figi li. — Konferansye pale de koripsyon ki gen nan sosyete. Sa k pi rèd la, anpil wè l nòmal e aksepte l. — Lè li al nan teyat, li toujou chita nan lòj. — Mwen paka imajine gwo aktè sa a aksepte ti wòl sa a. — Ou pap jwenn koka nan peyi sa a. Men ou ka jwenn kokayin. — Premye sa mwàn yo fè lè leve lematen, se benyen epi priye ansanm. Priyè sa rele lod. — Se lopital li te oblije ale pou trete chè nan zong nan. — Lè w ap tann, tan an parèt long. — Mwen bliye siyen youn nan fòm yo. Se pou sa yo pa aksepte demand mwen an. — Li pa ka fè foli, li gen yon bidjè manch kout. — Li se yon mekanisyen. Mwen wè sa nan zong ki toujou gen grès machin. — Apre vyòl li te sibi nan men bòs li a, li pa menm moun nan ankò. — Bag nan dwèt li a di li se yon misye marye. Men li pa konpòte tankou youn. — Non li se Monik. Li se madan Jowèl. — Pou nou sòti nan sotiyasyon nou ye a, fò youn ede lòt. — Li pote yon aparèy dan pou korije dan devan yo ki te kòmanse kwochi. — Li pa konn doulè malere. Li gen kote pou li rete, li manje 3 fwa nan yon jounen e li ap travay. — Li touye de bouk kabrit pou kominiyon an. — Ak fib koton, ou ka fè twal. — Mèt Danach gen bouch dlo, li ap pale, li wouze tout elèv ki devan li yo. Se sa ki fè premye ranje a toujou vid. — Depi kèk jou Maryano plat atè ak yon maladi. — Moun nan katye a fè yon sèl pou yo ka pwoteje tèt yo kont bandi. — Mwen tande yo ap pale m mal, men sa pa okenn efè sou mwen. — Tout monseyè pa evèk, men tout evèk pote tit monseyè. — Lè prezidan ta pral deside bay legen e kite pouvwa a, yon pakèt moun pran lari pou soutni li. — Kay an beton gen andirans pou yo kanpe devan siklòn. — Travay sa a mande yo gwo dòz pasyans. — Gen de aksidan ki rive w, se lopital pou ale dirèk pou jwenn bon jan premye swen. — Li pa di 2 mo san li pa pale de Fifi? — Li achte yon koulè pou piknik la. — Je li kouri dlo chak fwa li tande istwa sa a. — Anri fè pati de yon gwoup dayiva ki pral fouye epav yon batiman ki te fè fon toupre a. — Boulpik misye se pwezi. — Mèb yo mete yon gangans nan salon an. — Se kounyeya mwenn konprann ke Jano t ap epaye lè li te rete lwen m nan. Lapolis t ap swiv li. — Papa nan sal 456 nan lopital — Pa gen okenn enfòmasyon ki sòti sou rankont. — Depi aksidan, li mache twougoudap, twougoudap. — Anpil élèv lise sa a gen yon blog. — Li prese kite biwo anvan yo mande pou li fè yon lot travay. — Retire sechwa cheve a tou pre dlo a. Se yon danje. — Grann li tolere l twòp. Se sa ki fè manman n pa voye l nan vakans lakay li. — Amazòn se yon gwo rakbwa ki layite sou 3 peyi: Pewou, Brezil e Kolonbi. — Li gen viza meriken, sa vle di li gen dwa pati nenpòt lè kounyeya. — Chak moun gen 2 kòd vokal. — Patrik sispèk madan m li ap wè yon lòt gason ankachèt. Li mande yon detektiv pou swiv li madan m nan pandan yon semenn. — Bilten Jozèf la gen 2 zewo. Li pè montre l lakay li. — Anvan Jozèf te marye, li te ap konyen a dwat a goch, kounyeya, li respekte tèt li. — Ou paka mete chemiz swa sa a nan machin a lave. Yon di nan etikèt la "lavaj ala men". — Si mwen tande Elimi ansent, mwen pap sezi. — Chak jou li mache senk kilomèt pou li ale lekòl. — Li leve anvan tout moun nan kay la pou di priyè dimaten l. — Apwoche!, li di mwen. Lapè fè m pat ka bouje. — Anpil temwen te pran nimewo plak machin kite sèvi pou li chape poul li a aprè li fin vole bank la. Se sa ki fè lapolis rive jwenn li. — Golgota se non mòn kote yo te krisifye Jezikri. — Li parèt sou katye a li jwenn yon sèl chalbari: de matlòt ki tap goumen. — Yo anonse yon lapli glase pou demen. Depi aswè a mwen simen sèl denvan kay la. — Deyò kay la parèt bèl, men andedan an bezwen anpil travayl. — Tout sa jèn yo ap panse, se kite peyi a. Yo di pa gen lavi pou yo. — Lame alman yo anvayi Lafrans an 1940. — Li se yon opozan tout sa ki pap rapòte. — Se yon fi ak yon gason ki fè yon timoun. — Nan tout timoun li yo, se Tijak li pi renmen. — Nan kan militè a gen yon ranje latrin. Yo pa lwen dòtwa solda yo. — Maladi a mete Maten plat atè. Li pran kabann depi yon semenn. — Mwen wek poul nan lakou a, Men mwen pa wè okenn kòk. — Li gen 3 moun pou sèvi l. Li pa peye youn. — Tout moun di misye se yon kochon mawon. Yo t ap evite l. — Yo ban li de (2) chanm pou wou yo lè li achte bisiklèt la. Li gentan sèvi ak youn. — Jan pa gen kouraj pou li revoke Janin, menm si li pa renmen li ankò. — Yon ti peyi konsa, mwen tande li gen zam byolojik. — Zam chimik fè plis dega pase zam nòmal. Menm lè li pa touye w li ka fè w entatad. — Lè m te kòmanse ak pwojè sa a, anpil moun t ap chache dekouraje m. Mwen pa pat koute yo. — Do pye misye sansib. Li paka mete nenpot soulye. — Yon gwo sekou mete Pòtoprens ak zòn ki viwonnen li yo platatè. — Yon oktojenè se moun ki gen ant 80 e 89 lane. — Michèl se yon moun edike. Ou wè sa nan jan li pale. — Li oblije pati aletranje pou li jwenn gerizon. — Tablo a gen 3 kolòn e 10 ranje. — Li kenbe lestomak li lè li ap touse. — Depi tansyon an monte, li gen toudisman. — Mwen te konnen misye anvan li te vin yon Lepè. — Li rele tout moun cheri. Si li rele w konsa, sa pa vle di li renmen w pou sa. — Gen anpil moun ki soufri de Aspègè san yo pa konn sa. — Direktè a mande moun ki ap travay sou pwojè biwo tou nèf la pou yo vini ak yon pi bon achitekti. Li pa renmen plan yo montre li a. — Se yon moun ou pa ka chame fasil, paske li sispèk tout moun. — Jan chaje ak jèvrin pou laj li. Li gen 75 lane sou tè li. — Pèp ayisyen gen andirans. Se sa kifè li la toujou. — Se avantaj pa l li ap chache. Li pa nan entèrè m. — Mwen gen zanmi pa m. Frè m yo gen zanmi pa yo. Nou pa gen menm enterè. — Lè ou gen tibebe lakay ou fò ou toujou gen yon tèmomèt toupre. — Devinèt la parèt fasil, men pèsonn pat ka jwenn repons la. — Moun kanpe sou 2 ran, pou yo wè Defile a.' — Pòs radyo a pa mache paske pa gen kouran e li pa gen batri. — Li gen yon zo nan zepòl li ki dekole. — Ayiti se yon peyi lib e endepandan. — Fèt la pa ko tanmen, men gen yon liy moun devan baryè a. — Bouch ki chape! Li te di li pa t ap janm pale de koze sa a ak pèsonn. — Restoran sa a sèvi yon filè ki bon anpil. — Mwen wè Jak tyèd avè m, mwen pa konnen pou kisa — Pitit la fè yon rèl lè li wè koulèv la. — Limyè nan lari Jakmèl toujou fèb. — Yon dekamèt gen 10 mèt. — Eske w wè albòm maryaj Frank ak Janèt la? — Lapolis fòse yo mete yon pwen final nan fèt la. — Yon fatwa se yon jijman de yon gwo otorite nan relijyon mizilman an dapre lwa relijyon li a. Li pa toujou yon kondanasyon. — Doktè a rekòmande pou pran medikaman sa a 3 fwa nan yon jounen. — Nou gen yon gwo kafetyè ki toujou gen kafe cho pou vizitè. — Li ap chache linèt li. — Ak yon jès ak tèt li, granmoun nan endike volè a nan mitan gwoup la. Se sa fè lapolis te rive mete men sou li. — Premye jou lekol la, anpil etidyan premyè ane gen pwoblèm jwenn klas yo. — Si se yon defi w ap ban m ou deja pèdi. — Yo di mwen se do kiyè fè, paske mwen pa gaspiye lajan m, e refize kite moun viv sou mwen. — Kiyès ki peye salè anplwaye Leta yo. Se nou tou ki peye enpo. — Moun ki gen tandan pou yo gen pyè nan ren fèt pou yo bwè anpil dlo. — Bri a ap kouri ke Mèt Sam se pede. Yo di li detounen yo bann jèn gason. — Yon fibwòm se yon timè yon fanm genyen nan matris li. — Bwa lizyè se yon byebwa ak ak bèl fèy. — Pou yon volè a monte kou sa a, fò li gen 2 ou 3 konplis ak li. — Viktò se yon nonm chich, menmsi ou nan bezwen li pap ede w. — Direktè a se yon nonm pratik ki pa pèdi tan l nan pale anpil. — Vrè frè de san, se moun ki sot nan menm zantray avèk ou. — Apre divòs la, li mete tout afè l nan yon depo paske li pat ko jwenn kay. — Li rankontre, nan peyi Lend, yon fanm. Pou li, li konvèti nan boudis. — Pou yo pann kriminèl la, yo bezwen yon kòd. — Lokalite a pa gen yon lekòl segondè. Jèn yo oblije al nan vil ki pre a pou yo ka fini klas yo. — Mwen bezwen orè bis yo ki fè Nouyòk / Boston. — Li peye kay la ak lajan kontan, paske li achte a yon bon pri. — Se yon kout zenpeng ki fè gwo pous la anfle kons. — Chen sa a ap fè w mache wi, si ou pat met mizo nan bouch li. — Ki travay yon moun ki etidye Jewografi politik kapab jwenn? — Li Resevwa yon pogo pou fèt Nwèl la. — Jan Mari se ekspè nan mèb ansyen. — Jiman an gen yon ti chwal. — Li ap chache yon lòt mwayen pou li kite peyi. — Gen yon sourit nan kwizin nan. Mwen tande bri li. — Li rive Pòtoprens san anyen nan men. Se travay bòn sélman li jwenn. — Depi 10 zan li ap mete kòb de kote pou li ka achte yon kay. Li rive. — Li di mwen li sòti Pòdpè ki nan depatman Nòdwès. — Olye li ban m nouvèl la jan li ye ya, li ap fè m fè devinèt. — Fè politik, se mache nan chimen pikan. — Gwo kay sa a sou tèt mòn nan, se chato yon ansyen wa. — Pou li pa pèdi travay la, li blije vale wont li e mande bòs la padon. — Espedisyon machandiz yo ka pa rive alè pou fèt la. Se ap yon gwo kou pou komèsan yo. — Yon solda, se yon sitwayen ki toujou pare pou bay tèt li pou peyi l. — Planche bwa bèl nan yon kay lè ou pran swen l. — Li koupe tout kominikasyon ak fanmi l. — Soup la bon mensi li manke kèk engredyan. — Zaboka gen anpil vitamin kò yon moun bezwen. — Li fè tout klas li kay sè salezyèn yo. — Bese volim radyo a, manman li di li, mizik la twò fò. — Balon foutbòl la degonfle. Non! se pete li pete. — Mwen pa janm wè pwofesè sa a ak kòl. Li toujou abiye ak yon wozèt. — Ministè Travay piblik ap refè twotwa devan lakay la. — Balè pa polilè an Ayiti. — Tout ti moun yo abiye fen pou yo al swete larezone. — Li di li pa rasis, men li pa vle nwa ak panyòl pase nan katye li. — Diskotèk te alamòd lontan lè manman ak papa m te jèn. Kounyeya yo plis pale de Klib. — Gòf se jwèt grannèg.' — Talatàn se yon twal fen e soup. — Pap fèk mouri, yo genta — Si w ap mennen yon ankèt, epi ou gen paspouki, ou pap rive konnen tout verite a. — Mwen fè yon rèv ki twouble m anpil. — Fi a pè pou nonm nan pa kite l, se pousa l ap bere konsa. — Li pa aksepte sigarèt Riche ofri l la, paske li pa janm fimen nan vi li. — Si ou panse ou gen ka, al ka madan Etyèn wa we sa w ap pase a pa anyen. — Politisyen pa konn di laverite. Se travay jounalis konsekan pou demanti yo ak chif e fè. — Dantis di l si chenèt la deranje l, li ka diminye l ak yon aparèy pou dan. — Tipòl gen mayas paske li pa lave pye l byen. — Gen yon machin polis deyè m depi kèk tan. — Pwent zegwi a pike l pandan li tap bwode yon nap. — Se moun ki sou chèz woulant ki ap antre anvan nan avyon a. — Sou plaj sa a, moun yo pa mete anyen pou kache seks yo. Yo ap rete toutouni. — Depi yè gen yon batiman franse ki jete lank nan rad la. Pa gen moun ki desann. — Dejene gratis nan otèl la, men sa yo ba ou se yon tas kafe ak pen griye. — Se pa paske ou jwe 3 enstriman, pou rele tèt ou mizikològ. — Ou toujou ap pale de bagay ki negatif, ou se yon gwo pesimis. — Ti gason gen ti pwal anwo bouch li, li panse li gen moustach. — Rankont la anile. — Chastete, nan tan n ap viv la, mande karaktè ak anpil kouraj. — Youn nan timoun mwen yo gen las. — Fè bwa yo kòmanse joni. Sa vle nou nan sezon yo rele otòn nan. — Vwazen yo pat kwè sa Tijo te di l la, paske Tijo toujou ap betize. — Pou fè likè a, ou bezwen esans vaniy. — Devan kay la gen 3 Bwa lizyè. Li bay kay la yon bèl aparans. — Li ranje foto yo nan yon albòm. — Jan se frewo Wobè. — Misiye fofile kò li nan tout gouvènman. — Mwen wè yon pil fatra nan kafou a. — Gen yon lejand ki fè konnen ke fanm amazòn yo te konn wete tete yo. — Etènite pa ekziste pou moun ki vivan, paske lavi tout moun dwe pou fini yon jou. — Nou gen 2 pye metsiyen nan lakou a. — Sa ki fè mwen pran tan konsa pou mwen rive, se paske mwen te twonpe chimen. — Pe bouch ou lè ou pa gen anyen pou di. — Misye se yon pastè. Kiyès ki ta panse. Li tèlman mètdam. — Se yon dyolè ki toujou ap chante gam. — Nan peyi bò isit, se nan sezon ete ou tande sigal. e sèlman le swa. — "Wout ou pran an pap fasil non", papa mwen te di mwen, "w ap jwenn anpil pyèj ak bary`e sou li. Toujou kale je w". Anpil fwa, se konsèy sa a ki sove mwen. — Pwofesè fizik nou an malad, Direktè a tounen yon pwofesè chofe ban pandan absans la. — Mwen te gen anpil konsiderasyon pou vwazen an, jiska yo arete pou zak malonèt li te fè sou yon dam nan biwo li a. — Li paka ale nan reyinyon an, li voye yon ranplasan. — Semenn travay la te di, mwen pral repoze m byen lwen. — Aprè 4 ane maryaj, li dekouvri ke madanm li t ap ba l zoklo. Li te vle mouri. — Antant la pa mache antre 2 peyi yo, e youn ap blame lòt pou sa.' — Li leve maten an e li pa sonje sa li te fè yè swa. — Li marye ak yon moun pèsonn nan fanmi a pat konnen anvan. — Bourik chaje pa kanpe (pwovèb). — Sakristen an toujou sonnen klòch legliz la 15 minit anvan lamès la. Men maten an li bliye, se sa ki fè anpil fidèl rive anreta. — Grandon sa yo pa kontante yo de tè yo deja genyen. Yo vle vole sa ti peyizan genyen tou. — Nan tren a ou wè moun tout koulè e ki soti tout kote. — Se papa m ki toujou dekape dend joudlan an. — Se fèt manman m jodiya, mwen pap kite l al bò dife, ni netwaye kay. — Inion vle di travay ansanm, mache ansanm Kidonk tèt ansanm, — Apre tout baff li pran nan lavi a, li pèdi konfyans nan tet li. — Jan ak Robert sòti nan menm fanmi. — Li poko pare pou li sòti paske se sandal ki nan pye l toujou. — Li dekoupe pentad la an 6 mòso. — Yon lèt oubyen yon gwoup lèt ou ajoute apre yon mo pou kreye yon lòt, sa rele sifks. — Medò se yon maladren ki toujou ap mache frite. — Se yon nonm tèt di ki ap pèsiste nan yon travay ki pap rapòte l anyen. — Mwen tande vwazin nan lanse yon gwo vouzan. Se mari l ki te fè l move. — Lekòl la pa aksepte elèv ki pote pantalon ak pòch plake. — San manman yo fè kadejak sou ti fi a. — Se yon moun lakay li ki denonse l bay gouvènman an. — Doktè a mande l si li ansent, paske medikaman pou li ta pran an pa bon pou fanm ki ansent. — poukisa ou pa li yon liv, olye w ap pèdi tan w gade televizyon. — Jano refize bat bat e kontinye ap goumen pou li tounen lakay li. — Yon kafou, se yon kwazman 3 ou chemen. — Pola konside Jislèn tankou yon gwo lenmi. Menm lanmò pap fè li al lakay li. — Ou pa achte soulye chè e dirab pou timoun. Anvan ou bat je y ap vin two piti. — kipa se yon kalòt ke jwif ki relijye yo pote. — Li di mwen pa konfonn vitès ak presipitasyon. Li pa prese. — Elèv la di yo vòlè kreyon l. Tout moun tonbe ri paske kreyon a te dèyè zorèy li. — Se pa kondwit yon moun ki gen valè nan peyi, se sa ou genyen ki konte. — Li pase tout jounen nan chòp la ap pentire. — Mwen pa rekonèt li san pafouten yo. Li parèt pi jèn. — Depi yon mwa li fè kòmand machandiz yo, jiska prezan li poko resevwa yo. — Kou li tande vwa papa tifi a, li di "Pye s m te manje mwen pat ba ou". — Moun yo rele chalbari dèyè 2 nonm ke yo bare ki t ap kraze moustach yo. — Mwen te toujou reve pou m vizite Pari. — Li di zè edemi, li lè pou ou ale nan biwo a. — Lè w tive lakay li, li toujou ofri yon tas kafe. — Depi yon bagay pase mal, se sou li pou yo lage tout akizasyon yo. — Li jete po fig la sou twotwa a menm lè gen yon gwo poubèl toupre a. — Majori se yon fanm solid. Li pa pran blòf nan men moun, gason ou fanm. — chanm lopital kote tonton m ye a gen 2 lot malad ladan. — Semenn ki ap vini a, direktè a ap an konje. Si ou gen yon bagay pou mande l, se pwofite semenn sa a. — Ou tankou papa w, manman m di, tèt ou di menm jan avè l. — Li me yon boulèt devan chak fraz. — Mwen pa renmen jan bagay yo prale a, yo ap fini mal. — Pòl anba pat yon move bòs, se sa ki fè li toujou deprime. — Kenya se yon peyi afriken ki chita sou liy yo rele ekwatè a. — Se majistra a ki ouvri defile a. — Nan peyi sa a, yon timoun ki bay granmoun do, se yon jès derespektan nan je granmoun nan. — Depi li wè dam sa a, fò li bay yon pale pwenti. — Li ka toujou eseye fè m doute de tèt mwen. Li pap reyisi. Mwen pi entelijan pase l. — Lè aksidan, premye moun ki kouri pou ede pasajè yo se ti machann fritay bò wout yo — Jounalis dekouvri yon gwo sekrè ke minis la t ap kache tout moun. — Yon fèt san gato pa yon fèt toutbon. — se ak ble yo fè farin. — Yon ane! li di mwen. Ou konnen konbyen jou yon ane genyen? 365 jou, mwen reponn li san mwen pa menm panse. — Ti moun yo pa ka tann pou yo ouvè kado Joudlan yo. — Vyolonsèl se yon entriman mizik ki gen menm fòm ak vyolon, men li pi gwo. Se pou mete l kanpe pou ou jwe l. — Napoleyon, anvan li mouri, regrèt li pat soutni Tousen. — Chalito tèlman bezwen gen lajan, li pare pou li fè nenpòt bagay pou li rive. — Nan yon diskisyon, yon moderatè fèt pou li sanpatipri, tande tout moun e bay tout tan pou yo pale.' — Li soufri de yon maladi mantal yo rele pè chat. Li endispoze depi li wè yon chat. — Misye mal dòmi, li leve akaryat maten an. — Gen 4 pwen kadinal: Nò, Sid, Lwès et Lès. — Yo sèvi ak flè womaren pou fè lwil. Lwil la bon pou po. — Mwen reyisi fini pwojè a apre yon semenn san dòmi. — Eske Jak ak Jeral tounen deja? — Nan kite tan pase li pa rive fini devwa a. — Li fache avèk mwen pou yon vye koze. — Li kouri pran anbasad, lè yo di non l parèt sou lis kamoken pou yo elimine. — Kontè nan machin nan make 55,004 km. Se distan machin nan deja fè. — Li pran pòz moun legliz la, e li nan tout voksal ou konnen. — Yo di si m pa peye enpo anvan le premye, m ap nan tchouboum. Mwen ka menm pèdi kay la. — Li rele Valeri. Men tout fanmi li rele li Val. — Ou yad mezire mwens ke yon mèt. — Depi lekòl yon gen yon dizon. Si youn nan bezwen lòt la ap ede l. — Razwa a pa koupe bab byen. Fò m chanje l. — Yo rele l nan biwo a kote direktè a bay l yon savon pou dènye desiziyon li te pran an. — Jezi bay lavi l pou sove nou. — Li tal pran pwen, kounyeya dyab la al mande l regleman. — Jiskaske yo envente enprimri e komanse piblye liv, pat gen anpil moun ki te konn li. — Parès pa fè moun avanse. — Nan vil Tiren nan peyi Itali, gen yon Vwal. Yo di se dra ki te kouvri Jezi lè yo te mete l nan tonbo a. — Li di m se yon plezi pou li pou li wè m. Men figi l di yon lòt bagay. — Kò yon moun gen 33 ou 34 vètèb, yon kalte ti zo elastik ki nan rèldo l. — Si ou ka wè bagay sa a kote li ye a, ou gen bon je. — Aprè ekip lokal pran 2è gòl la, antouzyasm fanatik li yo diminye. — Zip la gate, se ki fè li ap mache ak pantalon l tou dezipe. — Li eskize l deske li rive anreta nan reyinyon an. — Se yon tibray ki entelijan. Ak direksyon, li ka rive lwen. — Metòd tanperati se sèl metòd pou pa fè pitit legliz katolik rekòmande, paske sa mmande abstinans. — Nan klas la gen 2 elèv ki rele Sayil. — Li soufri de dezidratasyon aprè twa jou san manje e san bwè. — Mit manje dènye paj li a. Mwen pa ka konnen kouman istwa a fini. — Li jèn, li gen tout founiti klasik li sou li. — Sen Jozèf, se sen patwon ebenis ak chapantye. — Deviz Ayiti se libète, egalite, fratènite. — Jan li pale sou kesyon sa a, ou wè misye bezwen yo klere l. — Neyon se yon gaz. Ou ka jwenn li nan kèk lanp elektrik. — Premye minis la pa reponn — Lè li te achte kay la, pat gen plaka nan kwizin. Li ajoute youn. — Li pa antre nan nan kay minis la pou vòlè lajan ak bijou, se yon dokiman yo t ap chache. — Misye pa renmen ak fanm ki pòy li, se toujou Jenn ti gengenn li ap chache. — Li gen pou li pran twa piki pandan twa semenn. — Li sanble ak yon jiraf tèlman kou li long. — Jounalis sa yo toujou ap fouye zo nan kalalou. Se travay yo y ap fè. — Lè pitit te vin jwenn grann li, li te tèlman sèch ke ou te ka konte zot kòt li. Kounyeya gade li. Figi l plen. — Lè li aprann nouvèl, li antre lakay li Bridsoukou. — Li pat sòti ak yon parapli, lapli a vrèman tranpe li. — Li marye ak yon Nigeryan. — Mè yo ap resite vèp, yo pa resevwa visit. Se sa pòtye a di mwen. — Doktè a tcheke pou li wè kouman souf li ye. — Yo fèmen wout la pou tout moun sof pou moun nan zòn nan. — Glas pandye sa yo se yon danje pou moun ki ap antre nan kay la. — Dan an kase, men rasin nan toujou nan jansiv la. Se pou ak kay yon dantis pou yo fin retire l. — Se sitou nan peyi meriken ak O Kanada ou jwenn ous nwa. — Apre salad, yo sèvi yon ragou bèf. Mwen double tèlman li te bon. — Lè li te piti li te gen cheve mawon, jodiya, li douko yo pou li ka parèt yon blon. — Li ap pase yon moman difisil, men li pa bouke ak lavi a pou sa. — Li prese antre lakay li, paske li konnen se jou y ap sèvi filè bèf pou dine. — Teks sa a se yon brouyon. Ou wè sa paske li gen anpil mo bife. — Mwen leve anvan tout lòt moun nan kay la. — Fè wè pa dire [pwovèb]. — Lè Terèz tande Mari li a gen yon madanm deyo, li fin debòde, li kraze tout vèsèl nan kay la. — Yo ba l yon garanti sou machin pou 2 lane. — Tousen Louvèti mouri nan avril. — Lapolis fè yon balewouze nan zòn nan. Anpil vacabon pran rak. — Ou bezwen anpil sajès pou viv nan mitan moun sa yo. — Joslen se yon moun ki toujou peye dèt li. Se sa ki fè li gen bon kredi. — Direktè konpayi a vle santralize tout sèvis yo nan yon sèl biwo. — Li mete yon ba kolant mawon ak jip jon nan. — Nan sal la, tout negès yo chita yon kote, nèg yo yon lot kote. — Mwen ta rete plis tan avè, men fò tounen lakay. — Se dezoutwa ki okouran de sa ki te pase a. — Nan liv Levitik, nou jwenn lwa Bondye te bay moun ke li te rele pèp li yo. — Mwen pa kwè yon poul ka viv san bèk li. — Paske li gen kòb, li panse fò tout moun achte dèyè l. — Lot avoka a reponn: "li te gen tout konsyans li sou li". — Se yon nèg anbisye ki ka fè tout bagay pou li rive. — Konpayi pa vle anplwaye antre nan yon sendika ou fòme youn yo menm. — Pakin sa a pa gratis. Fò ou peye pou kite machin sou li. — Li mande pou mwen vwayaje avè li, kòmsi mwen pa gen anyen pou m fè. — Mwen wè timoun yo kap jwen yon dekan sou galri Bòs Mira a. — Moun pa pran ponya pou yo marye. — Nan tout kay nan zòn nan, ou jwenn yon recho bwa — Li blije mande yon pretè lajan pou li ka peye lekòl timoun yo. — Ouvriye ap bati yon echafoday devan kay, anvan yo kòmanse repare l. — Li twò jèn pou li gen pakennsonn. — Bibliyotèk la gen yon pwogram akonpayman pou moun ki pa ka deplase. Yo pote liv ba yo. — Se pa yon travay ki ofri avansman, se pou sa mwen kite l. — Medam yo mete jip pantalon pou yo al jwe volebòl. — Chak ane, li rezève 10% nan lajan l pou lacharite. — Si ou kite bòs la make w, w ap nan gwo pwoblèm. — Poukisa ou mete fouchèt sa a sou tab la, ou pa wè li gen yon dan kase. — Li pa gen okenn atachman kondisip li yo. Li pa sonje non mwatye nan yo. — Flè solèy parèt pi bèl lè gen gwo solèy. Li panche kote solèy la ye. — Se pa yon moun ou ka mete mizo nan dyòl non. — Nou gen plis vizitè pase chanm. Nou mete sak kouchay nan salon an pou kèk ladan yo kouche. — Fòm tèt yon Reken mato dwòl. — Jean se yon èlèv ki dwe anpil. — Gouvènman pa kenbe devan revòlt la. — Li pran yon dèt pou yon dire de 10 lane. — Se yon nonm san konpleks, menm devan chèf. — Tèt mòn nan vlope ak bouya. — Se yon nonm ki fè tout travay, menm travay yon gason lakou. tout sa pou li voye pitit li nan gwo lekòl e okipe yo. — Yon pakèt moun liyen devan gichè sinema a. Fim nan sanble li enteresan. — Premye fwa mwen wè tidam sa a nan katye a. — Distans pouli jwenn batistè a, enskripsyon ap gentan fini. — Fi a pat ka rive kwè misye lè li di l li renmen l ak tout jèvrin l. — Timoun madichon sa yo pran plezi pou yo anmède granmoun nan. — Machann pa vle rete anndan mache, nou prefere mete bak yo nan lari alantou yo. — Misye toujou chache kontwole l menm nan move sitiyasyon. — Mwen toujou mande tèt mwen, anvan yo te envante bwòsdan, kouman moun te konn netwaye dan yo lematen. — Se nan palwa, pansyonè yo resevwa vizitè sof si se manman ou papa yo. Yo ka resevwa yo nan chanm yo. — Li se yon komedyen. fè moun ri se travay li. — Benwa kase yon janm li pandan match la. Yon òtopedis mete zo an nan plas li e mete janm nan nan yon kas. — Anva li sòti, li sere tout bonbon yo pou timoun yo pa manje yo pandan yo pa la a. — Nan yon legliz katolik, yon tabènak se kote yo sere losti ki deja konsakre. — Depi kilè ou pa manje? Mwen mande l. — Patrisya se fanm Franklen, yo gen 2 pitit ansanm. — Pou jwenn 5 kòb nan men kourèd sa a, fò ou desounen l. — Se poumon yo ki pèmèt ou antre oksijèn nan ko w. — Kabinè minis yo pa rive deside sou pwopozisyon chè lapolis la. — An 2017, yo te panse ka gen plis pase 7 milya moun sou tè a. — Nouyòk se kote ou jwenn pi gwo mache chanj nan Etazini, Yo rele l Wall Street. — Chikin kò w, ou bare pòt la. — Li al nan restoran li mande yon salad. Li di li nan rejim. — Se ou ki moutre m bay manti. — Nan lis la, yo retire non Jan, yo mete Pòl nan plas li. — Konbyen rad sa koute? Lè mwen te achte li, li te koute mwen 300 goud. — Olye ou depanse kòb bonis la, poukisa ou pa mete l labank. — Lè mwen te nan peyi Lafrans, mwen te konn al fè eski. — Jodiya se yon fèt nasyonal, tout komès fèmen eksepte ti boutik katye. — Ou ka jwenn vonvon nan tout peyi sof kote ki fè frèt anpil. — Sa fè 20 lane, zòn sa a te konsidere peyi andeyò. Kounyeya, li tounen yon katye vil la. — Li te vle dekoupe ji a ki te twò sikre ak yon kèk gout dlo. Men l chape, li vide twòp dlo. — Apre li mahce 4 blòk ak soulye talon an, pye l te kòmanse fè l mal. — Li wouze manje a ak sòs piman. Mwen pa konn kouman li fè. — Nou nan sezon sèch, pousyè toupatou. — Yon jij pa fè pou li lese panchan politik li gide li lè li ap rann yon jijman. — Chita! mwen di li. Moun pa manje kanpe, menm si ou prese. — Parese a pa li tout atik, se rezime a li li sèlman. — Manigans li yo pa mennen ankenn kote. — Soti Nouyòk ale Tokyo nan peyi Japon, se yon vwayaj ki long. Li ka pran w preske 15 zè de tan nan avyon, e san rete. — Majorite moun nan zòn nan se pwotestan. Se 45% ki katolik. — Li leve maten an ak kou rèd. Li paka vire tèt li. — Yon volè antre nan kay la. Li kontre bap pou bab ak yon bouldòg. — Se premye fwa mwen goute payeya. Mwen renmen li. — Pagen siyal kote m ye a. Se pou sa mwen pa ka rele ni resevwa apèl nan telefòn nan. — Anpil moun nan dyapora a soufri de kriz idantite. Yo pa konn si yo Ayisyen toujou e yo pake pa konsidere tèt yo moun nan peyi yo ye a. — Nan bibliotèk la, tout aktivite yo piblik. — Mwen pa rete nan katye a, men mwen chaje zanmi nan zòn nan. — Mwen wè Jan yè. Mwen pat rekonèt li paske li kite bab li pouse. — Li pa sere tiyo yo byen, se sa ki fè dlo ap koule konsa a. — Depi Polo gen gwo lo nan lotri nasional la, li pa menm moun nan ankò. — Jak se yon moun bileng, li pale franse e angle. — Rad la two laj pou li. — Ou pa ka vann sivil zam fann fwa sa yo. — Lè li te rive. Li ale de pye devan. — Franswa Rablè se te yon Franse ki te konn ekri woman e ki te viv nan sèzyèm syèk. — Li renmen kay la pou tèt salon a ki gen yon plafon wo ak yon bèl chandelye. — Ekoulman se yon maladi ou pran lè ou fè bagay ak yon moun ki enfekte. Se yon maladi seksyèl li ye. — Manm klib la gen anpil privilèj. — Se yon moun ki gen disiplin. Twòp menm, anpil moun ta di. — Blan meriken fin pran peyi a nan men nou. — Li tèlman fè cho aprè midi a ke mwen kòmanse soufle anlè pou nenpòt ti mouvman mwen fè. — Sa ou t ap tann. Ou pran yon sanlizay, ou mete l prezidan. Se nòmal pou li fè peyi a wont. — Yon doulè sans rete nan pwatrin ka yon siy ki anonse yon kriz kadyak. — Se yon gwo kamyon ki pote sèlman machandiz, pa pasajè. — Medikaman sa a pa bon pou tout moun. Li ka bay twonboz. — Jan resevwa yon bous pou li etidye pedagoji nan yon inivèsite nan vil Towonto. — Kyèv se kapital peyi yo rele Ikrèn nan. — Li te bliye bay bélmé l yon kado Nwèl. Yo repete l sa tout ane a. — Lepè a te al chache mete otan nan batay 2 ti vakabon yo, lè yon kout pwen demantibile machwè-l. — Nan pwen moun ki ka di yo janm fè sa ki pa sa menm yon fwa nan vi yo. — Manman m achte pèch yo pou fè konfiti. — Tijan di yo manman l yo ranplase mètrès li a ak yon lòt moun. Men se pa pou toutan. — Kangouwou se yon masipyal ke nou jwenn nan peyi Ostrali. — Vapè dlo se yon gas. — Li gen yon zo nan zepòl li ki disloke. — Lè Mata wè ke Jano pat sou maryaj, li fè ti nonm nan ansent li. — Li bezwen yon lòt moun pou ede l leve pake a. Li twò lou. — Yo kidnape yè yon pitit direktè bank nasyonal la. — Se kay pè salesyen yo li fòme. Se sa ki fè li onèt konsa. — Siveyan an kache nan yon kwen pou li gade elèv yo nan sal ekzamen a. — Pou mwen pa bliye, mwen ekri tout sa mwen gen pou mwen fè. — Ti machin sa a gen laj li. — Wòm se kapital Itali. — Se yon aryennafè. Li pap leve lou. Li papa leve lejè. — Dàm nan kite yon mesaj kode pou Patrik. — Eko konvèsasyon a ki sanse te prive rive jwenn mwen. — Podyab, se yon kalvè yo ap fè ti polis la monte. Chak ane yo transfere nan yon komisarya yon lòt vil — Konpayi a ofri asirans kont tout dezas natirèl eksepte tranblemanntè. — Pa gen lwil yo voye m achte a nan reyon manje episri a. — Yo voye ti gason an nan yon pansyon Pòtoprens. — Melchior se ta non youn nan wa maj ki te vin vizite Jezi lè li te fèk fèt. — Anpil epidemi komanse ak yon viris. — Li gen fanmi Monreyal, se sa ki fè se la li prale. — Eske latiki se yon peyi ewopeyen? — Eple non w. — Lantouray la manke 2 poto. — Lidè politik yo denonse briganday eleksiyon an senatè yo. — Mwen pa janm dòmi yèswa. Makout nan katye a pase tout nwit la ap tire zam. — Fò mwen gen plis detay sou katye a anvan mwen achte kay nan zòn sa a. — Anfen, jou pou nou te kite peyi a rive. — Lyas lèt yo jwenn kay ansyen depite a pèmèt gouvènman dekouvri yon konplo ki t ap prepare. — Granpè rann dènye soupi li pendan li ap dòmi. Nou jwenn li mouri maten an sou kabann li. — Pipi nan lari se yon zak endesan. — Prezidan an toujou antoure al moun ki ap obeyi l. Lè li panse li pral pase minis jistis la lòd, li jwenn ap pa l. — Pyebwa nan 2 kote ale a fòme yon tonèl. — Doktè a preskri yon savon pou touye krab li yo. — Se yon liv nimerik, sa vle di ou ka li l nan òdonatè w ou telefòn pòtab ou. — Karaktè se yon ti pyebwa ki atire papiyon. — Komèsan lavil la di zafè pa mache menm pou sezon an. — Galile se yon yon savan ke Legliz te kondane paske li te di ke tè a won tankou yon boul. — Ki ti pyebwa sa a nan kwen jaden a? Yo rele l konkonm zonbi. — Gen yon kan sinistre sou plas legliz la. Se pou sa ou wè tant sa yo. — Òdinatè se yon envansyon ki rann lavi anpil moun pi fasil. — Se toupre Jerizalèm yo te kloure Jezi sou yon kwa. — Kò yon ensèk gen 3 pati: yon tèt, yon vante, ant 2 ati sa to, yon pòtray. — Si ou reponn kesyon sa a pa wi, fò bay yon eksplikasyon. — mowèl kesyon se kiyès ki peye lajan pou touye prezidan an. — Sekouris yo travay tout nan nwit pou yo sove moun ki te trape yo. — Pitit la pran lendepandans li. Li ap travay et li ap viv lakay li. — Lamitye ant mwenmenm ak Jeral sot lwen. Nou zanmi depi sou ban lekòl fondamantal. — Kako yo te leve kont okipasyon meriken a depi premye jou entèvansyon an. — Leyon Tolstòy, se yon romansye ki te fèt nan peyi Larisi. — Tout prizonye yo ap plenyen de gadyen prizon an. Li se yon moun malonèt e malveyan. — Anpil moun sou plaj la te gen sandal nan pye yo. Sab la te cho. — Mwen pa konprann kouman moun ki di yo edike deside vote pou nonm sa a. — Si se te mwen menm, mwen tap mande yon moun ki deja fè eksperyans sa konsèy. — Pou katolik Sen yo se modèl, pou pwotestan, yo se zidòl. — Si ou resepare manje a, tout moun ap jwenn. — Peche se yon yon gwo tach ou genyen nan nanm ou. — Pou l dòmi li bezwen 2 zoreye anba tèt li. — 40 lane sèlman, e li deja yon tèt kale. — Li pran tan li pou li bere pen an. — Li abiye marasa yo menm jan. — Chak lendi, mèt la fè tout elèv yo chanje plas e chita bò yon lòt. Li di se pou youn ka konn lòt. — Ou ka divize istwa peyi an 4 tan. — Demen se samdi. Pa gen lekol. — Yo ka arete w si ou gen yon zam dife e ou pa gen yon lisans pou sa. — Aprè yon semenn travay, ou bezwen yon ti tan pou ou amize w. — Ou ka wè siy sa yo ™, ® apre yon non depoze. — Gade figi rizèz la. L iap bay manti nan figi w. — Mwen renmen fim aksyon, se fim damou mwen pa ka wè. — Govènman an pase konstitisyon an anba pye lè li te kraze paleman a. — Li gen chans, li fèk fini lekò, li gentan jwenn yon travay sekretè nan yon gwo konpayi. — Sa pa di w anyen ke pitit la renmen ak yon moun ki te nan prizon? — Si ou bezwen manje yon pitza nan zòn sa a, fòk ou ale jis lavil. — Nan anpik peyi, yon fonksyonè leta paka fè grèv. — An Ayiti yo mezire distans ant 2 vil ou rejyon an kilomèt. — Li di m, sèl pou ou alabri, se kite pou ou kite peyi a. — Prezidan an voye minis lasante ale. — Reyinyon an ap fini a 3 zè. — Vyolèt maspinen ekip ki te anfas li ya. Li ba yo 6 gòl san li pa resevwa youn. — Lèt yo vini nan boutèy ke yo mete nan yon ti kès. — Move tan an ralanti tout aktivite anba lavil la. — Li pran nan pwazon. Yo kouri avè l lopital kote yo ba l yon antipwazon. Se sa ki te sove l. — Lèt nan liv la te tèlman piti, se gras ak yon loup mwen rive li yo. — Si ou pa ekri randevou a sou kalandriye a, ou pap sonje l non! — Li simaye grenn yo toupatou, menm kote li pat sakle. — Konskripsyon se yon antolman obligatwa nan lame yon peyi, lè gouvèman peyi sa a rele w pou defann li. — Bata, se yon magazen soulye ki tou pre legliz la. — Li pèdi kòb kay nan jwèt woulèt. — Madanm nan toujou ap plenyen ke mari l toujou vini anvanlè, e kite l sou swaf li. — Gen yon filozòf ki ekri: "Lanfè a se sou tè a li ye". — Li te gen yon konfyans avèg nan pè yo. — Li pase 3 zan nan prizon pou yon krim li pat fè. Lè li sòti, li chanje. — Avyon an sou pilotay otomatik? Apa toulede pilot yo kite kabin nan. — Nan yon ane nòmal, yon semès se yon peryòd de 6 mwa. Nan yon ane lekòl, yon semès ka dire sèl 4 mwa. — Li kanpe anba eskalye ak entansyon pou li pran jòf lè medam yo ak monte. — Vyolans toujou akouche vyolans. — Li se yon pitit soyèt. Li rive paske li travay di e li gen disiplin. — Li prese pou li rive, li double tout lot chofè yo sou wout la. — Li pa è direktè a. Karaktè l varye chak fwa li wè l. — Rapò lapolis la gen rezon ki fè yo te arete l: Antre san pèmisyon — Dam sa a toujou mete foula ki ale ak rad li. — Si ou peze yon li dlo, w ap wè li gen 1000 gram. — Ensten yon moun ka pou li pran desizyon ki pap bon pou li ou lòt moun. — Jan li ap pale a, ou wè li se yon moun pedan. — Depi yo rive devan palè, band yo dwe rete pou ochan. — Y ap eseye fè chantay sou kandida a pou li ka retire kò l e pa patisipe nan eleksyon. — Moun ki ap viv nan yon diktati pa gen dwa pou panse. — Pou li trankilize manman l ki t ap fè move san paske li ap viv ak menaj li, li di li pral marye. — Mesaj la klè. Kelkeswasa ou fè ou pap janm bon nan je li. — Yo refize bali yon lisans pou li kondwi, paske li pa ka pake an paralèl. — Tout moun te panse Jano te trete. Tout moun sezi aprann ke menm maladi a pote l ale. — Nan mitan drapo nou an, nou jwenn amwari peyi dayiti. — Pou w rive nan bouk la fò ou travèse yon rakbwa. — Se yon katye vivan. Gen anpil aktivite. Gen kè kontan. — Lwa a ap antre an vigè le 1e janvye. — Lapòs pat ka livre lèt la, paske ou pat mete yon Kòd postalzòn nan. — Li woule pat farin nan anba men ni jiskaske li fè l tounen yon boul. — Mwen ta renmen pale avè w de yon koze enpotan e ki paka tann. — Pastè sa a pa modere menm nan pale l. — Bondye pase yon alyans ak pèp Izrayèl la. — Chak fwa m ap passe nan tinèl long sa a, kè m sote. — Chèf sendika yo kite negosyasyon yo. Yo bay legen poutèt menas yo t ap resevwa. — Gitan pa janm rete yon kote pou lontan. — Mezanmi, tande yon kouze! — Janèt se ti chou Remi. — Mwen fè antansyon ak moun sa yo. — Jezikri se Pitit Bondye. Li se Bondye tou. — Moun lakot yo viv de pwason sèlman. — Nan kay sa a, yo renmen sèvi kafe ak biswit sèk. — Fanm sa a kriye pou tout bagay ki pa fè li plezi. — Li pran yon bon dejene maten an. Non sèlman li manje ze, pen griye ak kafe, Li bwè tou yon gwo vè AK-100. — Ezayi se nom yon pwofèt nan peyi Izrayèl. yon liv ki pote non l rapòte travay ak mesaj li. — Boule sa ap pran anpil tan pou li geri e li ap kite mak sou po w. — Yo renmen depi 5 lane, yo toujou derefize fè bagay paske yo vle marye vyèj. — Jen, rive, talè konsa, elèv lekòl pral an vakans. — Volè yo fè yon gwo kou lè te rive antre nan bank la e pati ak preske tou lajan ki te nan kofrefò yo. — Pou fèt patwonal bouk, yo fè teren foutbòl la tounen yon sinodwòm kote moun pral asiste kous chen. — Ak chalè sa yon sitwonad byen glase se yon soulajman. — Otè sa a fètil. Chak ane li sòti yon liv. — Ne a twò lach, fò ou remare l. — 3 gason te renmen Esmeralda ki te bèl anpil. Yon pè katolik, yon jèn kapitenn ki te dejà fiyanse, e yon kakadyab yo rele kazimodo. — Pou Nwèl, li fè madanm kado yon botèy pafen franse. — Kòb la sou tab la anba je l. Li pa wè l. Si m te sere l, li t ap jwenn li. — Mwen pat rann kont ke tifi a te tou pre a ap fè azibe. — Fòk ou fè yon konbit pou rive netwaye chan sa a. — Se nan matris yon fanm, yon bebe ki poko fèt devlope. — Yo di lekòl primè obligatwa pou tout timoun. Men pa gen ase lekòl primè. — Pitit sa a tèlman inosan, li pa menm konnen sa yo rele ti bagay; oubyen li pran pòz inosan li. — Yon prezidan se yon chèf. Li ka chèf yon peyi oubyen chèf yon konpayi. — Li rekòmanse devwa a paske mèt la di li pat swiv sijè a. — Li chòv nèt. Li pa gen yon plim sou tèt li. — Mwen pase yon bon moman ak li. — Se pou diyitè premye ranje a ye. — Nan avyon an, mwen chanje plas ak yon fanm ansent. Mwen ba l chèz ki nan koridò a, e mwen chita bò fenèt la. — Valeri mande Natali sa li genyen. Natali jis monte zepòl li e vire do li. — Travayè yo gwoupe devan biwo direktè pou yo mande lajan yo konpayi a dwe yo. — Plan nouvo direktè se pou li voye tout Dinozò ale. Li di tan moun sa yo pase. — Nan chak sal, kay yon dantis, gen yon kwachwa. — Chwal la te vivan toujou apre li kase yon janm li. Men li t ap soufri anpil. Mèt li deside touye l. — Gen moun ki fè tout sa yo kapab pou rive, yo toujou jwenn baryè, menm nan dènye moman a. — Aprè yon semenn travay, ou bezwen pran yon tan pou ou distrè w, rechaje batri w. — Oke se jwèt brital. Se pou sa ke lekòl la mande tout jwè yo gen yon protèj dan lè yo monte sou glas la. — Chak ane, lekòl la voye pwojè pedagojik li bay tout paran yo. — Jezi te gen 12 disip. Youn trayi l. — Se yon nonm yo rele Dawin ki envante tewori yo rele evolisyon an. — Yo arete li nan ayewopò paske li te gen yon pwaya nan valiz li. — Gouvènman ap chache fe yon dekabès: kraze opozisyon yo e mete elit yo anba pye l. Li pap rive! — Asye pi di pase fè. — Li te konnen ke vwayaje sou ti batiman sa nan move tan an te danjere. — Ofisye imigrasyon an mande l konbyen tan li ap fè nan peyi, li di li se yon moun depasay, se Lafrans li prale. — Jano ap naje sou do nan pisin nan. — Mwen rete lwen fanm sa a, paske li se yon giyon pou mwen. — Yo envite mwen nan yon ti fèt dimanch. — Mwen kwè ke ou gen rezon. — Siklòn nan fè ravaj nan zòn nan. — Larisi toujou rete yon pwisans. — Depi yon semenn li ap soufri ak yon ekoulman. Li wont di moun sa. — Se yon desizyon ki montre kouman misye gen move jijman. — Si ou leve yon wòch nan dlo bò letan an ou ka wè tibet yo rele kokorat yo. — Nan klas la gen 15 tifi 22 ti gason. — W ap pale koze w ak Sandra? Ou gen lè bliye ki moun fi sa ye. — Tout bagay ap mache byen. Ou se pitit Bondye e Bondye pa gen pitit deyò. — Se nan dezòd, li fè premye pitit li a. — Sa k ta di fanm sa a ta yon ajan sekrè ameriken. — Li chita bò kote menaj li, men li t ap imajine ke ke se Pyè, li vwazen li renmen an kachèt, ki te chita tou pre l la. — Li bezwen yo arete tinonm nan, se sa ki fè li ap chache l kont konsa. — Li ilegal pou vann timoun sigarèt nan peyi sa a. — Anvan manje a pare, manman toujou ban m yon lòsyè. — Nan anpil peyi, se yon jiri ki ka deklare yon kriminèl koupab. — Pandan 10 dènye ane ki sot pase a, mwen wè anpil pwogrè nan peyi a. — Gen 2 mouch ki te antre nan chanm nan, mwen touye youn ak tapèt mouch. — Yon kazino, se kote ou jwen tout kalite jwèt aza. — Mwen pral mande bòs la yon avans sou mwa a. — Li leve maten ak yon yon vètij. Lè li kanpe, li santi l pral tonbe. — Jodiya se dimanch, nou pral legliz. — Konpayi anonse ke ap gen yon blakawout demen nan zòn nan. — Nouvel fè Polo gen kè kontan. — Chasè a konside chat tèt bèt li kwoke nan riray kay la tankou yon twofe. — Li ap chache asosye ki ka finanse an pati konpayi a. — Olye yon sèvi ak yon sizo poukisa ou pa sèvi ak masiko a. ou tap fini travay la pi vit. — Kouman ou vle pou moun pran w oserye lè ou toujou ap bay manti. — Wodayland se pi piti eta ki gen nan peyi meriken. Li ant Masachisèt e Konektikèt. — Mango pouri atire tibèt. — Yo nan dènye faz pwojè a. Y ap pale de prezantasyon kounyeya. — Infòmasyon sou sante yon moun fèt pou rete prive. — Li refize konpòte l menm jan ak tout moun. Li se oubyen yon rebèl, oubyen yon moun fou. — Mwen pa janm desann figi m devan moun. Se pa jodiya mwen ta kòmanse. — Jenèz se premye liv Labib. — Demen li ap kòmanse premye travay li. Li parèt sou tansyon. — Yo gen relasyon depi premye jou yo sòti a. — Mizisyen yo pase tout jounen a nan yon estidyo kote yo t ap anrejistre mizik ki pral parèt sou yon albòm. — Mwen pap fè yon pa. Se la map rete. — Gen de fo pas yon diplomat pa fè. — Bon travay! manman m di m lè m pote kanè a. — Li refize kite vwazen an tizonnen l konsa. Li rele lapolis pou li. — Fanm nan di mari li : "Apre tout sa ou fè m nan, ou panse ou ka rive adousi ak yon bouke flè. Ou twonpe w!" — Li ap viv poukont li. Li toujou kontan resevwa vizit. Li di chak vizit fè li plezi. — Li pa wè se tèt li li ap pase nan betiz, lè li pale konsa. — Se dènye lèt li ekri anvan li mouri. — Kostim tonbe daplon sou li. Tayè a bon. — Li se premye moun mwen konnen ki rele Isil. — Mwen gen yon kouzen ki rele Gaspa. Li pa renmen yo rele l Gaga ni Papa. — Li pat envite m nan maryaj li. Se pou sa, mwen pat envite l nan pa m nan. — Gen yon konsantrasyn devan palè a. — Li pa jounalis, men li gen yon kolòn nan yon gwo jounal kote li ekri sou sa tout moun ap pale nan lari a. — Li pé antre lakay li paske li konnen papa l ap tann li ak yon pataswèl. — Li ba l yon akolad e bo l sou fwon. Sa rele tandrès. — Mwen poko rive nan finisman liv la, men mwen deja santi sa ki ap pase. — Li te yon soukèt lawouze, kounyeya li se yon chef sèksyon. — 50 dola, se pri pou peye pou antre nan bal la. — Ane sa a, Nwèl ap tombe yon dimanch. — Lè li wè Joslin, ansyen menaj li, kè li kòmanse bat fò, bouch li vin sèch. — Moun yo ki touye prezidan an se ansyen militè ki tounen asasen pwofesyonèl. — Si ou se granmoun tout bon ale lwe kay pa w! li di pitit la. — Yo peye yon kriminèl pwofesyonèl pou desann avoka ki t ap defann travayè konpayi a. — Jan li abiye a, li parèt louch. — Pou ou pwofesè inivèsite, misye pa gen yon langaj ki klè. — De pi yon semenn Janklod pa fè yon pa. Se match foutbòl sèlman li ap gade nan televizyon. — Eske gen yon moun ki estasyone yon machin gri devan kay la? — Mwen t ap chache yon foto l lè li te piti, mwen jwenn youn lè li t ap diplome. — Jounalis la ekri yon atik kote li krisifye senatè yo pou lwa yo te vote yè a. — Gen 2 tip de chamo. Dwomadè se youn ladan yo. Chamo dwomadè gen yon sèl bòs. Lot tip la, chamo baktriyann, gen 2 bòs. — Depi yè li gen yon vant pase. Yo blije ba l sewòm pou li pa dezidrate. — Nou preske rive nan limit 2 peyi. Sél moun ki gen paspò ak viza ka pase lòtbò. — Gon pòt la bezwen yon gresay; li ap fe yon bri. — Pati a dirije pa yon konsèy e tout desizyon fèt pou li apwouve pa twa ka nan manm yo. — Ivon ka gen tout defo, men li pa yon kriyadò. — Se pa vre, li di mwen, mwen pa t ap janm di sa. — Se pa chans ki fè li rive kote li ye a. Se travay di ak sakrifis ki fè sa. — Le ou di Trinite, ou wè twa. — Manifestasyon an gen pou l fini devan lakomin. — Twa jou apre, Jezi ki te mouri te leve byen vivan. — Li foure men l nan yon nich flanman, se lopital yo kouri avè l. — Misyè se gwo jwè lotri. Li konn genyen anpil kob, konsa lè li pèdi, li pèdi anpil tou.' — Kandida a di si li pa jwenn sa li mande a, li ap fè patizan li yo pran lari e tounen yon woulo konpresè. — Bòs la mande m opinyon m sou kontra a. — Li t ap pale an parabòl, men tout moun te konprann byen sa li vle di. — Pèn lanmò se pi gwo santans yon kondane ka jwenn. — Lè gwo fredi, li bon pou met yon ti pomad sou po bouch ou pou evite li fann. — Li pase yon mwa ap pran masay chak jou apre aksidan an. — Depi ou pale de piramid, anpil moun panse ak Ejip. — Anvan mès la fini, pè a bay fidèl yobenediksyon. — Si ou vle jwenn yon mo nan dokiman an, peze anmenm CTRL+F sou klavye a et tape mo a. Se yon rakousi. — Pandan revolisyon an, anpil kolon franse te kouri kite koloni a. — Yo antre nan biwo avoka e kraze brize li. — Li separe lèt. San ki gen enpòtans nan yon pil, sa ki pa genyen nan yon lòt. — Zanmitay nou an kòmanse depi lekòl primè. — Pandan 4 jou sesyon an, chak apremidi te gen travay an ekip sou tèm jounen an. — Ou paka gen kè kontan toutan. Se konsa la vi ye. — Sou wout la, mwen wè anpil etidyan sou twotinèt. — Depi se zanmi pitit mwen, m ap byen resevwa l — Mafya yo touye jounalis la anvan limete tout kaka chat yo deyò. — Ou jwen Zile Fiji yo nan oseyan Pasifik. — Li pran retrèt li, men li rete yon ekspè konseye pou òganizasyon an. — Nikodèm se yon nonm rich ki te admire Jezi de lwen. — Li touche 600 dola chak mwa. — Li gen yon gwoup zanmi fidèl. Li rele yo koneksyon l paske li ka toujou konte sou yo. — De gouden ak senkant kòb, se menm bagay. — Anons la plis sanble ak yon modòd. — Se yon wondonmon. Se sa lvle li fè. — Sovaj yo antre nan vil ak gwo zàm. Yo piye anpil magazen. — Dlo a rete tou tyèd nan frijidè a. Eske frijidè a mache? — Lè li ap pale de Pari, se kòmsi li te konn vizite vil sa a; poutan li pa janm kite Pòtoprens. — Li se pwopriyetè. Li fèk achte yon kay. — Se moun ki desann lavil yon lè konsa, e li pa janm rete pou lontan. — Sof ti bswitsale, nou pa gen anyen nan la pou manje. — Mwen renmen choukwout. Li ban m gaz. — Manman m di ti sè m nan li twò piti pou li makiye. — Li pral pran ekzamen an lendi. — Yon milye moun asiste konsè Tabou Combo a. — Chak jou mwen leve, mwen lwe bondye pou la vi li ban mwen. — Ti bebe a vin tou ble nan men manman an. Yo kouri avè l lopital. — Nan sinagòg, fanm chita apa, gason chita antre yo. — Nan ki faz lalin nan ye? Li nan premye katye. — Pèp pa janm pwofite de kontrebann, se grandon ak kriminèl ki pwofite. — Nan travay sa a yo peye w swivan eksperyans ou. — Moun ki jwe gòf toujou bezwen yon souflantchou men pou pote baton gòf yo. — Nip se dènye depatman yo kreye an Ayiti. — Li entèdi pou vann timoun sigarèt nan peyi bò isit. — Ou ka jwenn plis enfòmasyon si ou li Nòt anba paj ki koresponn ak nimewo sa a. — Li tèlman rich, se nan Limouzin kondwi pa yon chofè privé li deplase nan vil la. — Nan bal la, li pa pa janm leve danse. — Mwen pi renmen mandarin ke zoranj. — Li sèvi ak yon yon konngout pou li mete medikaman an nan ji a. — Mwen tande eko pa li lè li pase nan koulwa a. — Yo refize pale de pase yo, yo pito pale de avni ak pwojè yo gen ansanm. — Yon moun soufri dyabèt lè kò li pa pwodwi ase ensilin, ou ensilin nan pa travay jan li dwe travay. — Akoz de lapli ki pa tonbe ane sa a, se yon pasket ti mayi rabbi ke machann yo ap vann. — Yo deside al pase 2 jou nan mòn nan. Konsa yo pa gen kèk moman prive. Jis yo 2 a. — Mwen mande twa lit edemi, machann nan ban mwen twa lit eka. — Li pi renmen kwasan ke pen. — Nan peyi Iran, yon Ayatola ki se yon gwo chèf relijye gen plis pouvwa ke prezidan an ou paleman an. — Pigman se yon bagay ki bay plant, zannimo ak moun koulè. — 3 batiman ameriken bare wout pou antre nan pò a. Yo te pare pou yon batay sou lanmè si batiman enmi ta pwoche pou fè radiyès avèk yo. — Pou konekte 2 mòso tiyo yo, ou bezwen yon rakò. — Kidnapè mandé de san milyon dola pou yo ka lage otaj la. — Gen plis gagè nan pwovens ke nan kapital la. — Li pa bwate, se yon poupou chen li pite sou chemen an ki fè li ap mache konsa. — Se pè nan monastè a ki fè anpil moun nan bouk la viv, menm si youn pa janm rankontre ak lòt. — Pou netwaye a lantouray la e retire wouy yo, ou bezwen yon bwòs metalik. — Makso rele dousman. Li pa vle atire sou li paske li pa vle moun konnen li se yon ansyen prizonye. — Papa a move kou kong paske pitit fi li a achte yon wòb san do pou li ak nan bal elèv klas tèminal yo. — Mwen kontan pou Janèt. Li rive doktè. — Mwen kite travay la, paske mwen te refize dijere remak san sans direktè a. — Kote li pran abitid dòmi ta sa a? Se nan inivèsite a? — Chemizèt yo blan tankou nèj. Piblisite a pa bay manti lè li di detèjan an ap fè rad blan rete blan. — Yon ane gen douz mwa ou senkannde semenn. — Mwen gen 3 matant, 2 bò papa e youn bò manman. — Li manje tankou yon moun ki nan yon konpetisyon. Anpil e vit. — Nan liv kont nou yo Bouki parèt tankou yon moun egare. — Sali, se yon non fi. Men pa gen anpil moun nan peyi a ki gen non sa a.' — Se Vladimi ki pote boutèy vodka sa a pou mwen. Li t al nan peyi Larisi. — Mè ki ap viv nan kouvan yo fè sèman pou yo toujou viv nan chastete. — Pou li pran kòb la nan men Kazimi, Melisa pa sèlman tòde bra l, li fè l gwo menas. — ou gen tan pou pèdi se sa ki fè ou swiv nonm sa a. — Kwè m!, prezidan an di, mwen pap rete yon jou anplis sou pouvwa a. — Kounyeya, fanm Ayisyèn yo ap chache òganize yo. — Pouki tout bri sa yo? — Li mete nan malèt la tout sa li ap bezwen pou vwayaj la. — Mwen ka prete machin ou? Men bezwen ale lavil la. — Prezidan an anonse yon operasyon nan rejyon Gòf la. — Li tap bon si nan konklizyon disètasyon a, you te fè yon paralèl ant 2 gwoup yo. — Dawout, se mwa fèt chanpèt nan anpil kote nan peyi a. — Se aprè anpil ezitasyon ke li te aksepte reprezante pati a nan eleksyon an. — Li pat fè atansyon ak fè cho a. Se sa ki fè li boule pla men li. — Li fè kolè pou nenpòt bagay. — Anglè yo renmen bwè te. — Konbyen Leyoganè ou konnen? Mwen konn anpil. Gen kèk ladan yo ki te nan menm lekòl avè m. — Li di li se yon moun ki pa janm fè lareverans devan devan lòt moun. — Gen yon douzèn boutèy nan kès la. — Jodiya mwen rankontre Ana. Se yon moun mwen pa wè depi plis pase 10 lane. — Li gen 22 zan, e li deja yon milyonè. — Sa fè 4 lane depi li ap sere kòb nan bwa sekrè a. Li di se pou li achte yon machin. — Li twò jèn pou li eskout, li se yon louvto. — Ou ka panse li gate timoun li yo, men sitirans li gen yon limit. — Tifi a di li twò gran pou mete chosèt lè li ap sòti. Se ba li vle mete. — Kay Jilyèt la pi pre kay nou an le pa Womewo a. — Lapolis al deniche bandi yo nan baz yo. — Pou rive ansent yon fi, fò ou ejakile anndan li. — Li kouche nan yon chanm lopital depi yon mwa. — Yon regwoupman òganizasyon popilè ki rele 'Tèt Kole Òganizasyon Popilè yo’ mande gouvènman pou voye premye minis ale. — Li di: 'Mwen gen you pwopozisyon, you plan ki ap bon pou peyi a'. — Lè li te ansent, tout moun te di se yon gason li pral fè. Yo te sezi lè li akouche. — Zabriko se yon fwi ki ka pote anpil benefis pou sante moun ki manje l souvan. — Yon siklòp se yon mons ki gen yon sèl grenn je nan mitan fwon l. — Patrik dekouvri ke kaponnay pa mache sou Jan. — Pitit la te gen yon makèt mak sou do l apre papa l te fin filange. Vwazen yo rele lapolis pou papa sa a. — Beywa a tèlman sal, si ou benye ladann ou ka malad. — Mari l mouri kite l ak 3 timoun anbazaj. — Depite a gen yon langaj retorik, li pa pale de oken solisyon pou konbat pwoblèm peyi a. — Atik la fè minis la move. Li deside Trennen jounalis la devan tribinal pou difamasyon. — Direktè a panse pwojè a pat posib. Li regrèt lè li wè yon lòt konpayi ki aksepte l, reyalize l ap fè milyon sou li. — Li mete pwa nwa a tranpe avan li bouyi. — Latè se yon planèt ki resevwa limyè ak chalè solèy. — Eritye pat ka mete yo dakò pou separe byen yo. — Libanè se yon lang ki sanble ak arab ke yo pale nan peyi Liban. — Regleman lékòl la mande pou paran yo siye kanè elèv yo. — Dwèt jouda ke yo rele tou endeks, se 2e dwèt nan men yon moun. Li vin apre dwèt pous. — Lekòl sa a pa kenbe elèv sovaj. — Jan li abiye a, ou wè misye se moun lakay. — Anvan ou sòti, mande ki tanperati li fè deyò a. — La lwa bò isit mande pou mete mizo nan dyòl yon chen anvan ou sòti nan lari avè l. — Beljik se yon yon wayòm. — si ou di travay se esklavay, ou ka di nou tout se esklav. — Li ap fè fas ak yon sitiyasyon kote li pa wè anwo, li pa wè anba — Dapre sa mwen wè, mwen pa di bagay yo pa miyò. — Deside fè yon vwayaj pou li al wè kèk fanmi l lòtbò dlo yo. — Se ti pouchon katye a; tout ti fi renmen l. — Petyon kite madanm li pou yon jèn gengenn. — Nan rechèch li, li dekouvri yon maniskri ki gen pou otè prezidan Sam. — Nonm sa a panse li ka dòmi sou mwen. Li mande m pou li achte machin e pou l peye m pita. — Li te viv a Wòm Se la li te aprann italyen. — Fèy tibonm santi bon. Yo fè te avè l r mete l nan manje. — Gouvènman an konfye eksplwatasyon min kwiv la a yon konpayi italyen. — Pati opozisyon yo pa pote kole youn ak lot. — Mwen wè yon gwoup — Se ye sèlman ke mwen aprann ke Jak te bay tè a. — Distans pou mwen rive nan fèt la, pat gen manje ankò. — Li pase tout jounen samdi an nan yon lavwa. Se sèl jou li genyen pou fè lesiv. — Ou te li liv la? Ditou! Li fè m dòmi. — Lèt sa pa sòti nan ministè a. Li ekri sou yon papye ki pa gen antèt ak so. — Bwè tafya ka fè yon moun fè tenten. — Pa gen dyakonès nan Legliz katolik. Men nan legliz pwotestan gen kèk fidèl ki rele tèt yo dyakonès. — Konbyen tan ou ka pran pou ou rive? Sa ap depann de trafik la. — Ou wè fi sa a se vejetaryen, li mèg pase yon kaw. — Yo di vilnerè ka ede moun ki fè sik. Li ka ede ranfòse sistèm defans kò yon moun. — Doktè a chanje medikaman a san li pa avèti malad la e paran malad la. — Fredi a fini, li mete tout rad livè li yo nan pandri nan galata a. — Gen yon otè ki rele Jil Telye ki te di: "Moun ki gen twòp prensip ak konsyans moral pap janm reyalize anyen de bon". Li gen tò. — Kisa nou pral fè ak tout rès manje sa yo? — Sispann voye pwen, si ou ap di mwen yon bagay, di mwen li nan figi mwen. — Tonton Jozèf derasinen ti plant devan an la pou li replante l dèyè kay kay. — Li remake yon boul sou po grenn li e deside al wè yon doktè pou sa. — Ekperyans la boulvèse la vi li. — Nonm nan di lakay li li se sèl mèt sèl mètres. Nan pwen moun ki ka pase l lòd. — Li pran chapantye a sèt jour pou vini fo kay la. — Chak fwa mwen touche, mwen achte yon bagay pou m fè tèt mwen plezi. — Moun ki divòse pa respekte sèman yo te fè jou yo t ap marye a. — Si ou mete dwèt ou nan bouch li, l ap bay yon kout dan. — Chak moun li diskou dapre sa yo ap viv ou dapre konviksyon politik yo. — Lè m mande l si li byen, li reponn mwen: "Pa gen pàn! — Tout élèv nan lekòl la bon nan ekzamen Leta yo. — Direktè a felisite l pou bon travay li te fè anvan prezantasyon an. — Se pa yon koutzam, se yon machin ki gen pwoblèm mòflè. — Li marye ak yon feneyan ki prefere jwe kat tout la jounen olye li chache yon travay. — Lapolis maspinen kèk manifestan ki te kite wout manifestatsyon an pou yo t al fè dezòd. — Jakòb pa konn li, li pa konn ekri; menm non l li pa ka siyen. — Solda ki te ale dèyè kamoken yo tounen nan kazèn yo. — Li chire lèt la san li pa menm fin li l. — Tout la jounen madanm sa a ap bougonnen. — Yon moun gen 5 dwèt zòtèy nan chak pye. — Samdi swa. Li te dwe chache yon amizman. E tout sa li fè se chita devan yon televizyon. — Bòs la revoke li paske li te mare pwen li sou li. Bòs la konsidere sa tankou yon menas. — Mwen nève wè sèlman mwen wè li. — Dat lapolis ak gouvènman ap di yo pral frennen kidnapin. Sa pa janm rive. — Ou wè misye pa yon bon katolik, li pa monté ankenn devosyon nan legliz la. — Mwen gen yon randevou le 3 me ki ap vini a. — Sifas teren a pa plat. Li chaje ak bit. — Mwen refize peye yon yon travay amwatye fini. Kontra an ban m rezon. — Fò ou gen andirans pou kouri yon maraton. — Li griye kwis poul yo anvan li mete l nan sòs la. — Twa ka fanm ki sot Ayiti ki ap viv nan peyi meriken se travayè lasante yo ye. — Mèsi Bodye. Mwen rive lakay mwen sennedof. — Li met yon yon soumen sou biwo a pou li pa grave l le li ap ekri. — Li mete manba sou kasav la, epi li rouze avec yon sòs tomat ki pike. — Lè li te lekol, kanmarad li yo te kon pran plezi sou zèl nen l ki te pwès. — Si vwazen wè mwen ap jwe mab, li pral pale papa mwen. — Sa mwen di l la touche yon kòd sansib lakay li. Se pousa li move konsa. — Sa Jozèf bezwen kounyeya se yon bon travay. — Si bagay yo kontinye konsa, ap gen yon lagè an 2 peyi sa yo. — Sete yon ti blese ki vin chaje ap pi. — Lazanya se yon yon manje italyen ki fèt ak pat farin e vyann. — Mwen te aprann li nan yon silabè yon matant mwen te ban mwen. — Mwen wè yon anbilans devan kay. Kè m sote. — Chadwon ak foufou, se 2 bèt lanmè ki gen pikan sou kò yo. Sa pwoteje yo kont lòt bèt malveyan. — Li pa antre lakay li yè swa. Se pa abitid li. Sa enkyete fanmi l anpil. — Yon jewograf se yon moun ki etidye jewografi. — Li rive doktè vre. Sete rèv li depi li te toupiti. — Se tann li tap tann pou 2 mango sa yo mi pou li keyi yo. — Se yon vwayaj Sanzeskal ki de Pòtoprens a Pari an Frans. — Gen 2 konpyoutè nan kay la. Youn pa mache. — Yo rele gonayiv Site endependans.' — Li fè semenn nan ap mete menm pantalon an. Epoutan, li chaje ak lòt nan pandri a. — Li pa konn tout fanmi l, se sa ki fè li ap fè yon rechèch sou zansèt li yo. — Nan yon kominote kote pè ou mè rete, gen yon moun ki responsab depans ak tout sa ki gen pou wè ak kòb. Yo rele l ekonòm. — Li resevra yon kou di bò figi l ki kite mak an anfle bò machwè a. — Liv gen 12 chapit. — Se li ki fè pantalèt li. Li konn koud. — Pitit sa bèl e li gen yon fòm ololoy. Li ta ka yon modèl. — Li enkri non l sou pyebwa a ak yon ti bout kouto. — Li pa antre nan fakilte a paske li pa gwo piston. — Li kouri anba lapli a. Li mouye antranp lè li rive. — Yon milya dola se yon pakèt kòb. — Depite Sanon se premye sekretè biwo lachanm nan. — Chanm nan gen sant dòmi, ouvè fenèt yo pou lè fre deyò a ka antre. — Nan dine a, yo te sèvi yon berejèn fasi. Li te bon. — Li gen yon mont. Mwen gen yon telefòn. Mwen boukante telefòn li a pou mont mwen an. — Kanada se yon refij pou anpil moun ki jwenn pèsekisyon nan peyi yo. — Administrasyon konpayi sanble ak yon diktati. — Zye Zegwi la twò piti, mwen ka file li. — Peyi Gal se yon teritwa ki fè pati de Wayòm Ini. Moun la pale angle ak yon lòt lang yo rele galwa. — Nonm sa a toujou ap dekoupe moun lè yo ap pale. — Li chanje rido douch la chak 2 mwa. Li te ka jis lave l. — Konsè a dire dezè. — Li marye yon katolik. Sa pa fè fanmi li plezi. — Li rezève yon plas nan otobis la yè. Maten an li dekòmande l, paske li deside pa vwayaje ankò. — Se manje pou malad. Li san sèl. — Li pa janm manyen yon liv, se sa ki fè lespri l angoudi konsa. — Se yon nayif ki toujou ap imajine ke ke li ap marye ap yon moun rich. — Fi sa mete fo plim je. — Wout tè sa a mennen nan bouk la. — jeneral mouri apre li bwè yon soup ki te gen lasini. Yo arete kwizinyè a. — Yo te bon patnè. Men youn dezasosye de lòt akoz de yon mezantant. — Mè yo òganize yon kèmès pou ranmase kòb pou lekòl la. — Gen yon bès nan moun ki ap achte aprè fèt la. Machann ap plenyen pou sa. — Se yon manje ki fèt depi yè. Li komanse gen move gou. — Jera pwomèt mwen li ap resevwa lakay li pou kèk jou lè m vin Pòtoprens. Mwen pap bezwen desann nan otèl. — Lontan yo te konn sèvi ak dyapo nan yon prezantasyon, kounyeya gen lojisyèl pou sa. — Minis jis la di prezidan an fò li pa ale pi lwen ke sa lalwa pèmit li fè. — Li gen yon grip ki ap sakaje l. — Match la fini ak yon egalite 2 a 2. — Li di pwiske pitit la pa tande l, li lave men l. Sa k rive l rive. — Yo pral travay sou wout la. Yo vini ak 2 Bouldozè, e kèk machin gravye. — Li anba dra depi 2 jou ak yon fyèv. — Ou pa janm konnen kote moun ki gen je vewon ap gade. — Li pat renmen manje a. Li twouse nen l lè bòn nan mete l sou tab la. — Chèf pwotokòl la anonse non envite yo lè yo ap antre nan sal la. — Mwen pap pèdi tan m pale de gwo koze ak moun ki gen lespri yo fèmen. — Lè plonbye a bese, ou ka wè fant deyè l. — Tout moun alawonnbadè fèt pou ale nan reyinyon an. — Gwoup kriminèl yo ame jis nan dan. Yo menm gen plis zam ke lapolis. — Pou li ka pase byen vit, li fè tankou li se yon ameriken e kòmanse pale angle. — Si mwen pa prese dechoucke lamitye ki leve nan lakou a, li ap rive nan jaden flè mwen a e toufe kèk ladan yo. — Mwen senti yon kòmansman vant fè mal. Mwen pral fè yon te pou sa. — Mwen pa janm antre nan yon sinagòg anvan. Men yn zanmi jwif te envite yon samdi. — Nonm sa se yon towo gronde ki pa kite moun ranse avè l. Pa chache l kont! — Papa m move ak mwen paske mwen te antre ta yè swa. — Tout moun chanje bonte l. Toujou pare pou ede sila yo ki nan bezwen. — Si li di se pa limenm ki fè l, mwen pa gen rezon pou mwen pa kwè l. — Sant la redwi sèvis li te konn bay. Li manke fon ak pèsonèl. — Se yon timoun san eksperyans ki bon jijman li ka genyen? — Tout bwesoyè yo chita sou menm tab la. Yo pa bwè lòt bagay ke wonm. — Tout peyi ap fè avan, Ayiti rete anplas. — Li sot bwè yon sospwa. ou wè tout tras la bò bouch li. — Se yon sèl bagay politisyen lakay vle: vin prezidan. — Li netwaye soulye yo ki te sal, men yo pa klere paske li pa sèvi ak plakbòl anvan li bwose yo. — Yo di ^chen polisye ka detekte yon moun sispèk. Poukisa pa gen plis nan yo — Ou ka manje gwayav tankou ou manje yon mango. Ou ka fè konfiti avè l tou. — Lontan, yon anyè telefòn sete yon gwo liv ki gen non moun ki abone ak yon konpayi telefòn. — Nesesite ka fè w fè sa ou pa vle. — Li dekore reyon bisiklèt li a ak reflektè. — Yè swa mwen te gen lafyèv frison, manman m ban mwen yon te Bwa kochon melanje ak wonm. Maten an mwen leve anfòm. — Sèl twotinèt yo kite antre nan pak la. Machin ak motosiklèt entèdi. — Polo te gen yon vi kout, li mouri a 21 lane. — Dam nan paka kontwole ko li. Li ap mache konyen a dwat a goch. Li bezwen terapi pou sa. — Mari li kite li paske li pale twòp; jodiya, se tou pa timoun yo. — Apre Lachin, End se peyi ki gen plis moun. — Mwen refize negosye ak bandi e kriminèl. — Pri gaz monte. Popilasyon an pa kontan menm. — Jaki toujou di zanmi li yo ke fanm rèv li se yon moun ki edike, ki konn sa li vle e ki renmen l tout bon. Zanmi toujou reponn li: "Poukisa w ap pèdi tan w ak Patrisya?" — Pou rive danse konsa, sa mande anpil ekzèsis. — Chak ssosyete gen yon lwa pa yo. Sa ki parèt jis yon kote tounen yon enjistis yon lòt kote. — li di fi a li renmen l. Manzèl pete yon sèl ri. — Li gen yon abiman pou tout okazyon. — Premier mwen fimen yon sigarèt, mwen te gen malgòj ak tèt vire. Se sa ki fè mwen deside fimen pa fèt pou mwen. — Depi kilè ou pa ale kay kwafè. — Mwen wè yon nonm ak yon pat elefan. Mwen panse pantalon sa yo pat alamòd ankò wi. — Moun ki fèmen nan prizon pa ka pote sentiwon. — Patrick bat yon rekò lè li rive sote 3 mèt. — Asye pa vrèman yon metal. Se yon melanj fè ki se yon metal ak kabòn ki se yon eleman chimik ki pa gen anyen pou wè ak metal. — Pèp pa menm jwenn yon lasibab nan gwo kòb yo bay leta a. — Si yo pat kouri menmen nan sal dijans, li pa tap viv. — Avoka refize gwo ka sa a. — Li renmenpa renmen moun pase l lòd. — Malfektè yo kidnape yon doktè e mande yon pakèt lajan pou lage l. — Kabinè a gen espas toujou li ka pran rès asyèt yo. — Li recevwa yon patant pou envensyon li an. — Li di mwen li pral fè yon kabicha, pou mwen rele l nan 30 minit. — Diktatè ki ap vole lajan peyi yo renmen depoze kòb yo nan bank ki an Swis. — Lè pastè a te monte sou chè a, tout moun t ap tann yon bon prèch. Men se radòt li t ap di. — Li ale nan batay pou grandon yo. Lè li tounen, menm yon kote li pa genyen pou l rete. — Tout moun, fi kou gason, gen yon lonbrik. Se yon bouton ki nan mitan vant yo. — Molyè se otè pyès teyat ki pi popilè nan peyi kote yo pale franse. — Sou figi doktè a, mwen konprann ke kondisyon fizik papa m agrave. — Depi premye jou mwen te rankonte ak Jinèt, mwen konnen nou t ap marye. Sete fanm rèv mwen. — Li poko jou, moun sa yo kòmanse fè bri konsa. — Pou Jak tout moun se enbesil. Se li sèl ki gen lespri. — Tout zanmi li yo marye, e li fidonè nan tout maryaj yo. Kilè li ap marye limenm? — Nan opozisyon an gen moun gouvènman anplas la. Yo la pou yo rapòte tout plan, aktivite e kontak opozan yo. — Se yon nonm ki gen prensip. Li pa kite pouvwa monte nan tèt li. — Yon bò figi sekretè a anfle. Li wont di se yon souflèt de mari l ki fè sa. — Li di valiz la pa pou li — Jan Alfrèd al pale a, li sanble li kòmanse varye. — Avis se yon konpayi ki lwe machin. Yo gen yon biwo nan ayewopò a. — Gouvènman nan voye kèk ajitatè nan manifestasyon an. Yo te la pou yo mete dezòd. — Pyè gen mòpyon? Kouman sa fè rive l? Li konn gen kontak ak bouzen? — Boutèy gen tout fòm. Genyen ki plat, genyen ki won. Genyen ki long, genyen ki kout. — Li nan klas la, men li ap reve je klè. — Gen yon kab elektrik ki kase nan lakou a. Se yon gwo danje/ — Direktè sa a pa konn sa yo rele favè. Pou l bay, fò yo bay plis. — Ti gason gen yon vwa gra. Ou konn sa sa vle di? Li ap fòme. — Kè moun yo sote lè yo wè tifi pa antre lakay la apre lekòl. Yo move lè yo dekouvri se yon pachat li te fè ak yon ti menaj. — Ou pa men bezwen eseye pliye l, bout fè sa pa fleksib. — Gad palè responsab pou yo defann Palè a, e pwoteje prezidan an. — Sa li fè a gen pou li ronyen konsyans li. — Mezanmim, tonton di, si nonm sa a vin prezidans peyi a pran. — Si ou trete tèt ou byen, moun ap trete w byen tou. — Konpyoutè rann travay sekretè yon ti jan pi fasil. — San manman yo pa respecte fanmi, zanmi ou vwazen. Yo touye tout moun yo kwaze sou chimen yo. — Pou direktè a ka gen lapè, li oblije resevwa madanm nan ki te tounen yon ti nandeng deyè l — Se yon van ki sot nan Nò. Li pote fredite. — Yo sèvi ak yon so sèch pou make dokiman. — Pastè a di moun ki pa konn Jezi ap mache nan fènwa. — Rawoul Pèk se yon sineyas Ayisyen. — Se pa jodiya li ap chache yon travay, jiska prezan, li pa jwenn anyen. — Ou jwenn anpil Meksiken nan Kalifòni, yon eta ameriken. — Depi yè, li gen yon tous avèk li. — Yon chèf espayòl yo rele Ovando pran Anakawona nan yon pa konprann e masakre tout moun li yo anvan yo touye l limenm. — Manmbo se yon rit mizik ki sòti nan peyi Kiba. — Depi li fin fè aksidan an, li ap mache ak beki. — Yo anonse bal la sou yon gwo Bandwòlki nan kafou a. — Li sonje premye fwa li te rankontre menaj li. Sa ki te enpresyone l se galantri l ak souri l. — 4 avangad yo lanse yo sou defans lòt ekip ak yon konbinezon pas e rive bay yon gòl. — Lopital sa a gen yon matènite. Se la sè m te akouche premye pitit li a. — Li ap flate m paske li bezwen yon favè nan men m. — Yon masay 2 bò tèt ou ka ede w desann tansyon an. — Gen moun ki di ti sale pi bon pase vyann kochon ki fre. — Medikaman sa a gen twòp move efè. Youn ladan yo se kriz malkadi. — Li rive nan yon laj kote li ka di sa li vle. — Nouvèl la trakase anpil. Menm manje li pa manje kouniyeya. — Yo di l ke doktè kè ki pou fè operasyon a nan vakans. Li gen pou li tann yon mwa. — Si mwen pati, y ap panse mwen sove, kidonk mwen koupab. — Direktris la voye chache paran tifi a ki t ap fè malelve nan klas la. — Balon an ap pèdi van, li sanble li gen yon twou. — Se bagay ki pi estipid mwen tande nan vi m! — Aprè twa zan jou san-l pa fèmen je l, li vrèman kreve. — Yo chwazi kat finalis yo pou dènye konpetisyon an. — Se yon nonm ak yon frètkach ki ap gide bann rara a. — Li resevwa yon mont pou fèt li. sa fè 3 li genyen. — Li sòti nan yon milye pòv, men ak disiplin e travay li rive gen yon bèl vi. — Se otopsi a ki ka di kisa pote premye minis la ale. — Pitit la gen yon mal zorèy. se sa ki fè li ap kriye konsa a. — Lè m mande timoun yo sa yo te pi renmen nan sik la, mwatye reponn kloun, anpil nan lòt mwatye a di akwobat yo. — Doktè a mande li ki rejyon nan kò li ki fè l plis mal. — Li te toujou abiye kòmande. Kounyeya a se lòt moun ki ap pase l lòd. — Zonbi ki goute sèl leve tèt yo. — Sekwe kò w, pa kite chagren ale avèk ou. — Lè lè w rive, nan pwen anyen ou ka fè. — Se blofe li ap blofe, li pa gen yon bon kat nan men l. — Mwen te kontan lè te aprann ke pitit la rive anbyen. — Majistra mete deyò yon nimewo pou nou kontakte Lakomin 24 sou 24. — Sikolog la di li pap ka ede Maryo, si li ap kache l kèk bagay. — Lè papiyon pichon an antre nan salon. Tout moun pè. Manman pran yon bale, fè yon ouvè tout fenèt e mete deyò. — Fi sa a merite mete dezodoran anbabra l. — Lè Simon mouri, anpil moun di li pati anvan lè l. — Nan tèt defile kanaval la te gen chaloska yo. — Anil elèv lekòl renmen achte bougonnen nan rekreyasyon. — Tout moun ap di menaj li a pa kadre paske li se yon doktè, nonm nan pa fini lekòl. — Mwen pa fè moun ki toujou mabyal konfyans. Yo gen yon pwoblèm. — Apre operasyon an gen yon enfimyè ki ap vini chak 3 jou pou li chanje panseman jiskaske kote yo koupe l la geri. — Reyinyon an ap dire apeprè 2 zè. — Do esklav la te plen sikatris, siy mechanste kolon yo. — Anpil moun kwè ke anpil bagay ki ap pase jodiya, Notradamis te anonse yo nan yon seri de pwofesi. — Li dwe Pòl mil goud. — Madlèn di tèt li ap fè l mal. Manman l bay yon grenn et mase tanp li pandan 10 minit. — Pwojè a te tounen yon maswife pou ekip la, men konpetans moun ki ladan li fè li rive monte l e reyisi. — Legliz la a de pa de de lakay mwen. — Se yon jiwèt, li avèk moun ki ka ba li. Moun konsa ka trayi w fasil. — Pou reyisi nan travay sa a, fò ou gen kreyativite. — Li ap fè travay la anvan w bat je w. — Elit yo fome yon klan pou toupizi pèp la ak malere. — Nan lekòl la te gen 2 klan. Mesye foutbòl yo te nan youn. Timoun ki te dwe anpil yo te nan yon lòt. Si ou pat youn nan moun sa yo ou pat gen klan. — Lekòl voye 10 jimnas nan chanpyona a. — Yo di ke veniz gen preske menm gwosè ak tè nou an. — Ti fi a kolte kòsaj anvan li kite kay la, men kou li rive nan lari, li deboutonnen li tèlman ou ka wè fant tete li. — Timoun ap peche chèvrèt ak yon panye. — Pou fèt pawas la, lakomin òganize yon chanpyona baskètbòl. — Nan 2 peyi sa yo, Kanada ak Larisi, kiyès ki fè pi frèt? — Li twò sòt pou li pa vini ak yon lide konsa. — Se yon gwo parenn ki plase l nan ministè a. Tout moun ap mande ki travay li, men li gen yon biwo. — Li bat kat yo anvan li sèvi yo. — Anpil moun pa kwè ansyen prizonye. Konpayi sa a toujou eseye ba yo yon lòt chans. — Li met vin prezidan, li rete yon moun meprizab, san respè pou tèt li. — Yon fedayin ka vle fè tèt li pase pou yon aktivis politik, men zak li di li se kriminèl. — Aktè a leve yon gwo wòch, tout moun di se yon lejann. — Koulèv sa yo pa yon danje. Men kontinye di timoun yo pou rete lwen yo. — Tifi a vyèj. Menm menaj li pa janm genyen. — Tren mache sou chemenfè. — Li pè sourit, se pou sa li gen yon chat nan kay la. — yo ofri li yon tas kafe, men li di li ta prefere yon tas te pito. — Si ou tonbe nan eskalye a, w ap kase rèldo w. Fè atansyon. — Direktè a di li retire chapo devan m pou travay la. — Anvan le premye, nou gen pou nou peye lwaye kay la. — Avoka a di li ap rele m. Sa ka rive nenpòt ki moman. Pèsonn pa manyen telefòn nan! — Yon pen ki pa gen leven parèt plat e mens tankou yon kasav. — Lontan, anvan entènet, lè yon moun vizite yon peyi, li te toujou achte kat postal pou li voye bay fanmi ak zanmi. Kouneya, li pran foto e pataje yo sou rezo sosyal yo. — Li se yon veteran ki pèdi bra goch li nan lagè. — Chif gen gwo enpotans. San yo nou pa t ap konnen kilè li ye ou ki dat jodiya ye. — Gwo oto sa pa pou li. Se lwe li lwe l. — Li tankou yon moun mare. Li pa janm sòti. — Nou gen yon glasyè. Nou sèvi avè l lè nou pral sou plaj. Le kenbe bwason nou yo fre. — Sò mwen, pran kouraj! Bagay yo pap rete konsa. — Li pa rekòmande pou fè pen ak ble nwa. Men ou ka fè bon krèp sale ak li. — Sante Ektò pa fin bon nèt non. Li pran yon grip ki mete l kouche. — Mwen pral nan òdinasyon yon zanmi m. Li ap vin yon pè katolik. — Li se yon bon kliyan. Se pou sa li peye yon pri ki pi ba. — Femèl kangouwou gen yon pòch sou vant yo. — Klinik dantè a ouvè tout la jounen juska 6 zè. — Apre diskou li a, sal la kanpe pou aplodi l. — Se yon gwo kay ki gen yon gwo salon, 3 chanm pou kouche e 2 saldeben. — Li fou. Pafwa li ka parèt nwizib, men li pa yon danje ni pou timoun, ni pou granmoun. — Li lè pou ou koupe branch bwa sa yo. Yo two ba. — Gouvènman se yon yon popetwèl nan men Meriken. — Kapitenn nan di rekri a: "Sispann kriye, mete gason sou! — Diskou minis la fè tou plim sou do moun nan zòn nan leve. Li trete yo de sangwen. — Yon akizasyon konsa ka fè w pran prison. — 2 marasa sa yo sanble tankou 2 gout dlo. Se nan pwent zorèy yo pou konnen kiyès ki kiyès. — Li mekanisyen an, li tande yon bri metal anba machin, lè li fè vitès. — Ti gason a kache nan latrin nan pou li fè dyesèlmevwa. — Li te aprann jwe pyano anvan menm li te al lekòl. — Ekip vle di travay ansanm, ede youn alòt, mache pou rive menm kote a. — "Moulen manje a anva ou vale!", manman li di li. — Ti gason sa a gen lè gen twòp testostewòn, li toujou sou batay. — Prezidan an panse opozisyon ap tounen sou desizyon yo apre iltimatòm. — Yo ale nan yon kwazyè pou yo selebre 25 lane maryaj yo. — Wipip! Gade yon vye gòl gadyen an pran! — Moun ki gen maladi yo rele tourèt paka kontwole mouvman yo oubyen son vwa yo. — Medikaman an ban m yon soulajman. Men mwen pral wè yon doktè kanmenm pou doulè a. — Mwen dekouraje l pou li pa sòti anba nèj. Li sòti kanmenm. — Gen twòp zòn lanmò nan Pòtoprens kounyeya. — Pou yo fè li pale, jandam yo koumanse pa ba li kèek baf. — Li meprize moun ki pa konn anyen e ki ap pale tankou yo konn tout bagay. — Chanm li a sanble yon mize, tèlman li gen tralala. — Li koupe biftèk la an 3 twonson. — Se yon rad 2 pyès, yon kòsaj ak yon jip. — 24 jen ki ap vini a, Kire nou an ap fete 25 lane òdinasyon pè l. — Revolvè a pa gen bal, menm moun yo pa konn sa. — Relijyon yon mizilman se Izlàm. — Gen anpil palemantè, se pòch yo y ap defann. Enterè peyi pa enterese yo. — Sou tab la gen yon bòl ki chaje ak pòm e zoranj. — Anpil nan Palestinyen ki t ap kalonnen solda izrayèl yo ak biswit leta, tonbe anba bal. — Ti pitit sa a byen nouri. — Pòt garaj la ouvè ak yon telekomand. — Mwen pat konnen si Mirèy te konn jwe tenis. Ki kote li aprann li? — Li pran koutiryè tout jounen pou li fonse jip la. — Sak nan fatra sa a konsa. Se yon chat chawony. — Chak di (10) zan, li oblije pran yon vaksen kont tetanòs. — Femèl tig pi sovaj pase yon mal tig. — Vant femèl yon masipyal gen yon pòch kote yo pote e pwoteje pitit yo. — Tifi a panse li siperyè tout lòt medam nan klas la, paske papa l se minis. — Jan te vizite Monreyal, mwen te rive wè l anpasan. — Dyetetisyen rekòmande pou m manje yon seri de bagay mwen pa renmen. — Pousyè lenn, ke ou jwenn sitou anba mèb, ka tounen yon danje pou moun ki soufri de alèji. — Nan akwaryòm nan nou we plis pase 7 pwason yo rele bous la. — Pwofesè a di komanse rechèch ak atik Ansiklopedi. Men nou dwe li 3 liv sou sijè a. — Sispann rablabla sa yo. si opu pa gen anyen pou di, pe bouch ou. — Nan paleman a ou jwenn 5 defwoke, yo pale pi byen e ak plis lojik paske lòt palmantè. — Yo di ke nan gouvènman an gen kèk kominis, men yo pa janm di kiyès yo ye. — Maten an mwen kontre yon direktè jeneral ki mande pou mwen fè espyonay pou gouvènman an nan fakilté a. — Nan entèvyou a, yo mande mwen pou m di yo ki moun mwen ye, mwen pale yo de karaktè mwen, de edikasyon mwen e de rèv mwen nan la vi a. — Se yon konpayo ki frete bis pou pwomenad. — Chasè yo tounen ak 3 kay, 2 pentad. — Bètran te gen je sou sou chenn la, se vre. Men se pa li ki volè l. — Li nan tout gouvènman. Li fè tèt li pase pou yon pakapala. — Ou moun ki nan vakans ka bay tèt yon detant, fè kalewès pandan jounen an. — Bouton manchèt misye gen menm desen ak goumèt li. — Doktè a di li soufri de simenay. E mande pou li pran yon vakans. — Li soufri de konstipasyon. Li pa poupou depi yon semenn. — Moun kanpe sou 2 ran pou tande 2 medam yo ki ap joure. — Se yon enjistis lè yon gwo nasyon ap fè yon ti nasyon chante. — Ou santi yon patènalis nan vwa dirèkté pandan reyinyon li te gen ak anplwaye yo. — Li dezyèm. Sa vle di li rive dèyè premye a. — Gen anpil Ayisyen nan Eta meriken yo rele Florida yo. — Eli karese kou Janèt e rale li pi pre kò li. — Li di m rad sa yo twò delika pou m mete yo nan machin a lave. Se pou m lave yo alamen. — Mwen sezi wè Patrik nan gwoup demeplè sa yo. — Yo di pral gen yon konpayi twal ki pral ouvè nan zòn endistriyèl la. — Mwen pa konprann poukisa li di mwen rete sou kè l. Se premye fwa mwen rankontre l. — Twonson yo ajoute sou wout la fè anpil moun nan bouk la kontan. — Chak maten madan Pyè al fè bri devan kay Janin ke li akize ki pran mari l nan men l. — Li manje zepina, men li pa renmen l plis pase sa. — Li gen yon ti jaden nan lakou a kote li kiltive tomat, leti ak lòt legim. — Ak yon lespri demanbre li pa prale lwen. — San yon bon chapant, yon kay pap kenbe anba siklòn. — Misye toujou renmen pran tan li pou lè li gen yon bagay pou li fè. Li di presyon dènye moman a ba li enèji. — Mwen deside sòti pou mwen al degoudi janm mwen. — Yo fè anpil efò pou eliminer maladi polyo nan lemonn. — Sito ke ou resevwa komisyon an, fè mwen konnen. — Jan li abiye a, ou pa ka rate li. — Pou doulè do a, ou ta bezwen yon bon rale. — Ekip la gen match la san li pa jwe akoz de forfèt advèsè li a. — Anvan ou tann rad yo nan solèy, se pou ou ploye pou retire dlo yo. — Li deteste kawòt, men li manje l kanmenm paske yo di li bon je. — Se ou ki konn sa ou vle, ou konn tèt ou pi byen pase tout lòt moun. — Mwen voye je m sou jounal la pou mwen wè gwo tit yo. — Mwen pa resevwa envitasiyon pou mwen ale nan mariyaj la. — Lapli pase tout apremidi ap tonbe. — Se yon nonm nil. Li pa gen metye, li pa gen diplòm. — Li okipe yon gwo pozisyon nan konpayi a. — Li se yon awona, men tout moun nan bouk la panse se nan yon faktory li ap travay lavil la. — Kadans mizik la fè tout moun ap danse oubyen vle danse. — Travay la mande pou tout moun al pran vaksen pou grip. — Ti gason an konnen li paka sòti al jwe toutan li pa fini fè devwa li yo. — Pestisid se pwazon tou pou kretyen vivan. — Pou tcheke jant la, mekanisyen an sèvi ak yon djak. — Doktè a di l ke remèd ka angrese l, si li pa fè ekzèsis chak jou. — Fèy ti sanit bon pou moun ki gen vè. — Li lonje yon liv ba li e mande l pou li li l. — Li wè yon bèl chemizye nan vitrin magazen. Li di fò l genyen l. — Mwen rekonèt ri sa a. Se ri Bòs Jera. — Okay gen yon kafou yo rele 4 chemen. — Mari Janèt kite l pase li soufri de fredite. — Moun ki te rive andènye pa jwenn anyen. — Prezidan an sèvi ak dwa veto li pou li tounen lwa a bay paleman an. — Plant la fin sèch paske yo pa wouze l depi kèk jou. — Se fanmi defen an sèlman ki patisipe nan antèman an. Sete yon zafè prive. — Nijeryen se Afriken, menm jan ak moun ki fèt Senegal. — Janin pran twop pwa, doktè a preskri yon rejim ki modere anpil. — Pè a se yon enspirasyon pou anpil jèn. — Fant janm yon moun, kit li se fi, kit li se gason, se pati prive. — Li kite grif li tout kote li pase. — Pwofesè a plis ankouraje pèpètjako olye li ede elèv yo devlope yon espri analiz. — Lakou kasasyon se pi wo tribinal nan peyi Dayiti. — Se direksyon Sid pou pran pou rive nan bouk la. — Li lage fèy rapò a pèlmèl sou biwo a. — Mwen pa janm al nan kanaval. — Misye pa vo anyen, se yon zewo. — Mwen eksplike l tout jan, men anyen pat antre nan nannan tèt li. — Yon amstè? se dènye kado mwen ta bay pitit mwen an. Se bèt ki ka pote maladi. — Mwen estomake aprann ke madanm nan te gen yon akote. — Novanm se toujou yon mwa tris pou mwen. Se mwa manman m te mouri. — Poukisa li fè sa? se kesyon tout moun ap poze tèt yo. — Ou pa ka rive a Wòm san ou pa vizite moniment yo rele Kolize a. — Li di mwen kesyon mwen an pa merite yon repons. — Li fèt nan yon ti bouk ki te gen sèlmn 200 moun ladan. — Lwi ap mande Jozèf travay. Li bliye kouman li te konn fè Jozèf pase pa l lè yo te lekòl. — Plis ou travay di, se plis yo ap respekte w.' — Se yon nonm kiltive. Mwen renmen tande l ap pale. — Se yon patekwè, ki panse tout pòt dw ouvè pou li. — Anpil timoun djèdjè gen yon pwoblèm mantal. — Mwen pase twòp tan nan kwizin nan, sant manje a rete sou mwen. — Tout timoun pè nonm sa a, paske li se yon kwòkmò. Travay li se prepare kadav anvan lantèman. — Otorite ankouraje moun pou pa sòti deyò pand siklòn nan. — Militè yo bay prezidan an yon panzou e arete l ak tout minis li yo. — Dans palaso pa alamòd ankò. — Mwen pa wont di manman m se yon machann. — Gouvènman an pa vle tande pale de maksis nan peyi a. — Li mete siyal pou li vire adwat e li tounen agoch. Se yon tèt mato. — Lapolis rive fè yon potrè de kriminèl gras a temwayaj yon temwen ki te wè krim. — Kouman pou mwen fè pase eponj sou malveyans sa yo. — Vwazen di li ap rele nan tribinal si m pa kouke branch pyebwa ki pandye sou lakou li a. — Misye mache tankou yon gason makomè. — Li panse li te pran yon vòl dirèk pou Pari, men avyon a rete de fwa sou wout. — Li konn gou tout pitit li yo, se sa ki fè ki toujou achte sa yo renmen lè fèt yo. — Li leve sou kabann nan. Li mete sapat nan pye et tire kò l — Di m yon peyi nan karayib la kote yo pale franse. — Li di machann manje a pou pran yon ti pasyan. Jou peman a preske rive. Se lundi e l ap peye l tout sa li dwe l. — Granpè, granmè, manman, papa, se yon famni. — Konpayi a ofri anpil avantaj. Youn ladan yo se asirans sante pou mwen ak fanmi m. — Tayè a kòmande 3 woulo twal kaki. — Si ou chanje dola yo an goud, ou ap pèdi. — Banjo se yon enstriman ki gen kòd tankou gita. — Sete yon mwa, nan sezon yo rele ete a, yon sezon ki fè w cho e ki fè w swe toutan. — Direktè a tèlman kontan de pwojè a, li deside ban m yon pwomosyon. — Li vire agoch nan yon sans inik. — Li rete yon jòkma menm lè li byen abiye. — Li t ap plenyen pou tretman yo ba li. Yon lòt reponn li: "se nan prizon ou ye, ki sa ou t ap atann". — Yon envètè se yon aparèy ki konvèti elektrisite an kouran altènatif. — Pechè a mete yon vètè nan kwòk pwason an anvan li voye l nan lanmè a. — Nonm nan eseye envante yon riz pou fè m siyen kontra a. — Kouman ou fè vle marye lè ou pa nan travay e ou ap viv an parazit. — Match la fini ak yon goumen. Federasyon elimine e ekip yo de rès chanpyona an. — Chak 4 trè eksepte le dimanch, otèl la sèvi yon kolasyon pou lokatè ki la. — Lè pastè a ap pale de twoupo li a, li ap pale de moun ki vin nan legliz li. — Mwen pa janm souwete mal pou moun. Mwen se yon kretyen. — Yon band mizisyen reyini e deside fòme yon òkès. — Moun save klase Kòk, poul, pentad ak kodenn nan menm fanmi zwazo: Nan laten yo rele yo "Phasianidae". — Nou manje spegeti sèvi ak moso sosison. — Li toujou bon pou reflechi anvan ou pale. — Lè li ap pale, li sèvi ak yon pakèt mo angle. Li difisil pou moun konprann li. — Poujan moun sa yo te renmen, mwen te panse yo tap marye. — Pa gen dlo cho nan twalèt la. Sa poze yon pwoblèm ak fredi li fè a. — Detèminasyon ekip la bay bon rezilta. Li rive genyen champyona a. — Li kite lekòl pou li lage kò l nan jwe mizik. — Plak devan anbasad la ekri nan 3 lang, swedwa, angle e franse. — Moun ki ap viv bò rivyè a fèt pou yo pare pou debòdman ak gwo lapli sa a ki ap tonbe a. — Lagè a pap janm fini toutan peyi yo ap rann kou pou kou. — Pou li bwè kafe a fò k li biyen cho. Si li tchèd, li mande pou w chofe l. — Yon meteyològ pa sèlman anonse tan, li eksplike tou fenomèn ki fè tan an chanje. — Foumi viv e travay ansanm nan sa yo rele yon koloni. — Anvan yo bati bazilik la, te gen yon oratwa. — Nan reveyon an te gen plis bwason pase manje. — Si ou pa wouze ti pyebwa a, li pap gwosi non.' — Telefòn nan pa mache. Ak kisa pou m rele konpayi a? — Gouvènman vle fè moun konnen ke dènye zak opozisyon an nwizib pou bon renome peyi. — Lè tren a rive nan estasyon an, mwen desann. — Yo pa sèlman bo, yo tete lang. — Ti moun yo te pè Jewòm ki te lèd anpil. Lè yo wè l, youn di lòt: "Men kakadyab la ap vini", e yo kouri al kache. — Pafwa se pa kote ou ta dwe pi alèz la, ou santi w alèz. — Iranyòm se yon yon eleman chimik ke savan yo reprezant ak lèt "U". — Yo rache 4 paj nan liv la. — Mwen pa janm wè granmoun sa a sa yon bonè sou tèt li. — Fèt pak fè nou sonje jou Jezikri te leve byen vivan. — Paske li gen 2 ou 3 kochon ki mouri, Lalo panse ke se yon movezè yo voye sou bèt yo. — Ti gason an gen yon konpòtman ki atire atansyon tout moun sou plaj la. — Lazi se pi gwo kontinan ki gen sou tè a. — Yon diksyonè se yon liv ki gen yon lis mo ak definisyon yo e ekzanp ki montre kouman ou ka sèvi ak yo. — Ti fi ki respekte tèt yo pa antre nan chanm gason. — Endouyis se 3è relijyon nan lemonn. — Li di pwoblèm frè a pa gade l. — Fanm sa a twò akaryat. Mwen pa pral lakay li. — Mwen eseye rele l, mwen tande yon son ki di ke telefòn nan okipe. — Kritike yon liv, yon pyès ou yon pèfòmans, se di sa ki bon e sa ki mal ladan yo.' — Erab? Pa gen pyebwa sa Ayiti. Men ou jwenn anpil nan peyi Kanada. — Li alèjik avèk nonm sa a. Depi li wè l san li gate. — Li panse demenaje nan mitan ane a. — Avèk lajan asirans la, Maslen ap byen mennen. Li achte yon machin tou nèf. — Fòk ou gen fyèl pou viv Chikago, tèlman li fè frèt. — Pent la poze chevalè a nan kwen lari a, mete yon twal vyèj sou li e komanse kapte sèn ki devan li a. — Yo pa gen renmen youn pou lòt, Se yon maryaj enterè yo fè, pou fi a ka gen rezidans. — Li kite nonm nan bafwe l jiskaske li vann li kay la. — Kiyès ki bay li dwa pou li fè chèfkonsa a? — Li kòmanse rale sou pye depi aksidan an. — Se yon travay engra kote moun ka manke w dega plis que yo remèsye w. Men fò yon moun fè l. — Paske li se premye pitit, li jwenn mwatye nan byen papa li yo. — Alman se yon lang ki difisil anpil. — Anana ki sòti nan zòn sa a dous. — Ou ka prete m plim ou an? Pa mwen an pa mache. — Pou rive lakay mwen, fò ou lonje rivyè sou bò goch nan san dko a. — Se premye gwosès Mari ki marye ane pase. — Magazen an gen 3 etaj. Jwèt ak bagay pou kay nan dènye etaj. — Se yon siy ki avèti moun ki pral benyen nan zòn nan ke gen yon antonwa nan dlo a. — Li refize rabese e desann nan nivo moun sa yo. Se sa li di. — Sa Jaklin ap fè nan Pòtoprens? Se tchoul li ye kay yon gran nèg. — Poukis ou rele pitit la Adan. Non sa a pote malchans. — Li deside pran yon konje sabatik pou li vwayaje e etidye. — Chatouy an piblik ka parèt — Bale pap retire zenglen yo. Sél yon aspiratè ka fè travay la. — zòtolan se youn nan zwazo ki pi piti sou tè a. — Dapre kalandriye elektoral la, kanpay la pa dwe koumanse 90 jou anvan eleksyon an. — Tout sa ou tande sou li a se tripotay. Men sa pa vle di se pa laverite. — Syndika a rive prezante doleyans li devan direktè konpayi apre anpil demach. — Dam nan panse misye se yon gwo soulye ki ap fè li wont si li sòti avè l. — Lè li ta prale li te vwayaje nan klas afè; men li tounen nan premye klas. — Se lwen sèlman li wè, li se yon moun presbit. — Nan yon rekòmandasyon pou Konsèy Sekirite a, sekretè jenéral Nasyon Zini an mande pou yo pwolonje manda Misiyon Nasyon Zini a nan peyi Dayity. — Dimanch ki ap vini a, se pral jou eleksyon. — Tout moun panse misye chèlbè sof moun lakay li. — Li toujou gen yon linèt nwa nan je l, menm nan apre solèy kouche. — Mwen gen 2 lane depi mwen pa al nan sinema. Epidemi a ki fè sa. — Li pa yon bon kwizinyè, men manje li kwit manjab. — Bi li ya gen premye lo. — Yo vann yon Kat bizbòl pour yon milyon dola. Moun ki achte l la fou, men li gen kòb. — Yo di demen ap fè cho anpil. — Jan ak Jèta pral marye, yo piblye ban deja. — Moun ki gen kè di renmen fè mechanste. — Nan reyinyon a, direktè a ta renmen pale de lòt sijè, men paran yo ensiste sou kesyon pri lekòl la ki monte nan mitan ane e mande yon repons. — Yon moman apre Jak kite biwo, direktè a mande pou li. — Li pran sekretè a 3 zè pou li antre enfòmasyon yo nan bank done a. — Mè ki nan kouvan sa a pa janm sòti nan lari. — Se toujou nan premye klas Jako vwayaje. — Premye fwa mwen Jèta ak yon dekolte. — Mwen pa renmen fen liv la. — Chabin plane radyo fanmi Nouyòk yo te fè la kado a. — Rèv mwen fè yè swa a boulvèse matant mwen. — Si li pat fè kout volan sa a, li tap tonbe nan twou ki nan mitan lari a. — Machin nan bezwen reparasyon. — 2 ou 3 minit de jwisans, 18 lane soufrans. — Li pèdi 2 pye l nan lagè. Se sou chèz woulant li deplase. — Chif twa pa ka divise pa lòt chif ke pa limenm et chif 1. — Li gen anpil anbisyon, men li pa gen kapasite yon lidè . — Koulè blan salisan. — Doktè a ekzamine tchou l e di li gen emowoyid. — Ki moun li panse li ye, pou li ap pale konsa. — Si ou fèt nan vil yo rele Daka a, ou se yon Senegalè paske Daka se kapipal Senegal. — Chak vakans, li bay tan li pou li aprann jèn nan katye a repare machin. — Yo te renmen depi yo te jèn, yo resi fiyanse. — Ti gason pap rete. Li ap kontinye nwi jiskaske ou ba l sa li mande a. — Garaj la chaje brikabrak. — Lopital sa a fonksyonen avèk enèji solèy. — Pewon sa a bezwen repare, bwa premye mach la kòmanse pouri. — Se lè mwen rive nan prizon, mwen vini konnen valè libète. — Sèl kote ou ka jwenn yon bon plat fritay se kay Tifanm. — Ou pa ranje chanm ou a, janm mwen te espere a. — Anpil moun pè lè yo tande ke 2 gwoup kriminèl yo ap travay pou yon kominyon — Li pa yon esklav, men li ap travay depi solèy leve jiskas ke li kouche. — Se yon bon nouvèl, li resevwa a, paske li parèt eksite. — Li pèdi tèt li depi lè madanm li kite li pou yon lòt gason. — Fim nan te long, men li te enteresan. — Li pat enfòme de vizit la. Se sa ki fè li pat prepare. — Direktè a pase yon jounen gason pa kanpe premye jou lekòl la. — Anvan Kovid-19 la, bay yon zanmi ke ou rankontre lanmen te yon jès otomomatik. — Misye nan gwo kalkil depi li pèdi travay li a. — Yon patespere ki bliye kote li sòti. — Fi a t ap joure l, pyafe devan l. E kè kal misye te enève l plis ankò. — Jilyen tounen yon chen anraje lè li pèdi kòb la. — Lwiz pat renmen jan manman l te penyen l nan. Li mande marenn li pou ba l yon lòt kwafi. — Kou rad yo fin lave nan machin nan, mete yo nan sechwa a. — Lè yon fi di yon gason Rete!, fò li tande, sinon li ka pran prizon. — Anpil kandida yo di yo gen solisyon pou pwoblèm peyi, men youn paka di ki sa li ye. — Fi sa kale kò l li nan minijip sa. — Nan peyi isit, moun ki gen timoun paka gen ekonomi. Lavi a chè. — Maladi chabon se yon zounoz — Avèk edikasyon li genyen a, li pap janm ka rive yon dirijan. — Le maten se manman l ki kondwi l lekòl. Papa l al chache nan apremidi. — Nan moman sa a, se pa lè pou ap fete. — Dyagnostik doktè pa bon menm. Li panse al pran yon dezyèm opinyon. — Mwen paka kwè ke Kawòl se yon kamelit kounyeya. Li nan yon monastè byen lwen. — Li leve nan mitan nwit la pou li al gade pònografi. — Jan ap vin granmoun. Li pa gen menm enèji a ankò. — Li pa janm rankontre ak yon rèn anvan. Li pa konn ki konpòtman pou li adopte devan youn. — Li sòti sou pwent pye li, konsa li pa deranje moun nan sal la. — Li rezève mwatye nan sa li touche nan yon mwa pou lwaye. — Li fè nan fen mwa septanm, li se yon balans. — Se pa tout dyondyon ki bon pou manje. — Ou jwenn tenpan nan zòrèy. Se yon vlen ki fen anpil e ki pwoteje fon zòrèy la. — Yo ba li 3 semèn pou li fini pwojè a. — Li pa konn abese nan mekanik e li bezwen travay nan yon garaj. — Li enskri pitit la nan yon lekòl kote li ka aprann balè. — Jodiya se 14 fevriye, se fèt Sen Valanten. — Chèf prizon ak eksplwate fanmi prizonye yo. Se yon moun ki ta dwe limenm nan prizon. — Travay la rete paske sipò lajan yo te konn resevwa yo rete. — Yon non depoze se yon mot oubyen yon fraz ki di lòt moun paka sèvi ak li san pèmisyon. — Kwafè li a voye anpil move kout sizo. Dèyè tèt li chaje ak chemen rat. — Se yon moun save. Li refize aksepte konklizyon kanmarad li a sou rechèch la. — Sete yon sitiyasyon difisil, men tout moun rekonèt li te fè devwa l. — Gen anpil Ayisyen ki ap viv Monreyal. — Li fè 25 degre santigrad deyò a. — Depi yon semenn li paka pliye jenou. — M ap fè tout jan mwen konnen pou mwen ede ti gason an jwenn travay la. — Kalamba, ti gason, li di, pa anmède mwen. — Lèt la sou tabl la devan je li, li pa wè li. — Mwen poko konnen ki jan nou pral fè, men fò nou jwenn yon solisyon anvan fen mwa. — Gen pwotestasyon lavil jodiya. — Yo fòme yon komisyon pou diskite e chache solisyon pou pwoblèm ensekirite a. — Li t ap fè komedi. Anyen nan sa li di yo pa vre, men li fè moun ri. — Li tèlman bay manti ke menm lè li ap di laverite pèsonn pa kwè li. — Pou joudlan a, ap gen yon gwo espektak la sou Channmas la. Ap gen mizik, jwèt, manje ak yon ekspozisyon zèv kèk atis nou yo. — Se Ekakteman repons sa mwen t ap tann de ou. — Mwen konnen yon restoran kote yo sèvi bon ji papay. — Gouvènman an foure yon bann azizwèl nan ministè yo. — Nouvèl maryaj la pote Lajwa nan kè tout moun nan fanmi a. — Jaklin se yon anfibi. Li kouche ak fi parèy li e ak gason. — Se nan vil Medin ou jwenn tonbo pwofèt Mouwamèd. — Lè mafya dèyè w, nanpwen kache. Nenpòt kote ou ale, yo ap jwenn ou. — Pafwa, plezi lachè dire yon moman, konsekans la dire tout lavi. — Yo t ap eseye foure m nan nan zafè. Mwen refize. — Moun ke gen ke paka fè enpridans. — "Ou paka kite travay la san ou poko jwennn yon lòt!", madanm li di. — Moun ki kwè nan predestinasyon pa fè gwo efò nan lavi a. — Jeral al wè yon doktè paske li gen sa yo rele blenoraji a depi kèk jou. — Pèmèt mwen poze w kèk kesyon, detektiv la di m. — Mwen pat janm rankontre yon Danwa anvan mwen te vizite Dànmak. — Misye se yon moun rezonab, ou ka pale avè li. — Malfini se yon rapas. — Moun ki pa degize paka patisipe nan defile kanaval la. — Tout kòb li pase nan gwòg. — Gen yon Fransè yo te rele Molyè ki ekri anpil bon pyès teyat. — Youn ede lòt, se la ide konbit la sòti. — Kòb retrèt pa ase pou li viv. Erezman, li te gen lòt byen ak yon bèl ekonomi. — Li konn twòp sekrè, yo ap chache fè li pe dyòl li.' — Pitit la pap dòmi san li pa bwè yon bibon lèt. — Moun sa yo vle pou lòt toleran pou yo, men refize aksepte moun ki fè yon chwa ki pa kadre ak pa yo. — Dan a kase, men chouk la rete. Li pral kay yon dantis pou li retire l. — Mwen gade toute seremoni a nan televizyon. — Nimewo telefòn kòmanse pa 62 e fini par 26. — Mwen wè 3 chwal nan savann nan. — Fè afè w, pa okipe sa zòt ap di. — Li gen pou li prezante tèz doktora li a devan yon jiri samdi ki ap vini a. — Mwen wè 3 tas, epi gen 4 moun. Manke youn oubyen gen youn ki pap bwe te a. — Nan maryaj sa a, moun ki pi sibi se mari a. — Nouvelis se pi ansyen jounal nan peyi a. — Lyon ak tig se bèt sovaj. — Mwen lwe zouti a paske mwen pap bezwen ankò apre travay la. — Legliz Petiyonvil la dedye a sen Piyè. — Sa mèt konpayi a ap chache nan yon anplwaye se fidelite ak serye. — Mwen grangou. Pa gen yon bon restoran nan zòn nan. Tout sa ki genyen se 2 ou 3 chen janbe. — Peyi a kanpe bò yon presipis akoz de kriz. Tout fo mouvman ka lage l anba. — Vakabon yo kreve 2 kawoutchou machin nan. — Lè m mande si li wè sa mwen vle di li, li rete gaga. — Depi kèk tan revèy sa a ap bay move lè. — Lè w nan lye verite a, nan pwen tounen. — Poukisa vwazen an ap fè twou sa a nan lakou l la. — Chèchè a al toupoutou, men li pa janm rive jwenn sa li tap chache a. — Mwen separe chokola yo ak kèk zanmi. — Pase gaz nan bouch, sa rele yon rapò. — Yo te kenbe men. Kou yo wè m nan yo lage l. — Brezil se yon peyi kote yo pale pòtigè. — Nan peyi sa a, moun pote zam menm nan legliz. — Kouman ou pral fè kominike l ou nouvèl tris konsa. — Lè ou se malere sosyete a pa ba w valè. — Li sonnen 2 fwa deja. Li ta pral sonnen yon twazyèm fwa lè pòt la ouvè. — Papa tifi a di menaj li a li lè li tan pou li pwononse entensyon li. — Kouman ou fè aksepte bag fiyansay Pòl ofri w la? Ou kwè ou toujou di ou pa renmen l. — Li pi renmen chen pase chat. — Toulede moun yo gen rezon. — Manba se yon sous pwoteyin. — Lè l mande kiyès ki dakò, tout moun alawonnbadè leve men yo. — Se pa paske dam nan parèt soup ke ou panse ou mache sou pye l. — Mwen rekonèt moun ki nan foto. Se Rene yon zanmi lekol. — Si mwen te gen lajan, mwen ta bati yon bèl kay. — Vè lanp la sal. Li bezwen yon netwayaj. — Bank la debloke lajan an. Ou ka al pran ladan. — Bis sa ap fè lanavèt ant plas la e estasyon tren a. — Yo se 2 bon zanmi, men sou teren foutbòl, yo se 2 advèsè. — Doktè a pran wotè l pou l wè si li grandi. — Li resevwa yon kat pou Sen Valanten. Li pa konn ki moun ki voye l ba li. — Si w bezwen yon bon nèg pou marye, se pa nan katye sa a w ap jwenn li. — Ak kaselezo a, akouchman an pa lwen. — Li di li pito viv poukont li tan pou li rete lakay matant li ki toujou ap joure. — Mwen rekonèt mwen gen tò, men se pa yon rezon pou ou pini mwen konsa. — Sou ki kontinan ou jwenn anpil tig? Sou kontinan yo rele Azi a. — Nan reyinyon an, minis edikasyon an di li pa la kòm potpawòl gouvènman men kòm edikatè. — Yo di li se yon pitit san papa, paske papa l pa rekonèt li. — Jodiya, se anivèsè lanmò manman l. Se sa ki fè li tris konsa, — Prezidan an panse li ka resisite mo Kamoken an. Konsa li ka kole l sou tout moun ki pakò avè l. — Moun gen yon tèt zòtèy nan chak pye. — Yon mizisyen se yon atis. — Li pèdi mwatye nan betay li yo nan siklòn nan. — Yon kenyan se yon yon sitwayen peyi Kenya. Yo se Afriken. — Michèl gen inisyativ, li ap reyisi nan lavi. — Li akouche. Li fè yon fi. — Pitit la mache san li pa janm rale. — San paran l ki te anime pandan tout ane li te pase nan fakilte a, li pa t ap rive. — Maryaj se yon inyon ant yon fi e yon gason ki damou. — Nan avyon militè a te gen sis sivil. — Dinozò se yon kalte zannimo ki t ap viv nan tan lontan e ki disparèt nèt sou tè a.' — Se pa tanperaman Jak pou li fè chen devan moun. — Mwen chanje lide mwen. Mwen deside ba li yon lòt chans. — Kote l pase, ti fre l la swiv li. — Anba kanape a chaje ak pousyè lenn. — Ti nonm nan sòti chak swa. li antre lè solèy pral leve. Li dòmi tout la jounen. Mwen sispè li se yon gason bouzen. — Pele sete yon Brezilyen. Se pi gran jwè foutbòl ki ekziste. — Dat maryaj la ap apwoche. — Avèk tan sa a, nanpwen anyen ki pou fè m mete pye m deyò. — Li pèdi travay li. Olye li chache yon lòt, li kwaze bra li. — Li fasil pou ajiste kabann lopital e deplase yo. — Mwen renmen tande zwazo yo rele toutwèl la lè li ap chante. — Li pa al travay jodiya. Li malad. — Sou tèt legliz la gen yon jiwèt ki pèmèt ou konnen nan ki direksyon van an ap soufle. — Eleksyon pou majistra yo ap fèt dimanch. — Nan peyi sa a pou ou jwenn ou travay kòm ranmasè fatra fòk ou gen anpil piston, paske moun sa yo byen peye. — Li gen yon kansè nan twou bouda l. — Olye li kontinye lekòl li, li prefere al travay. — Li te konn bay Pyewo chenn lè li te lekòl. Kounyeya li ap fè chen nan pye l pou yon travay. — Tout Aljeryen se Afriken, men tout Afriken pa Aljeryen — Nou toujou ap tann sipò lòt moun, se sa ki fè pou paka rive lwen. — Li vivanm menm si respirasyon l fèb. — An Ayiti yo manje manba ak pen ou avèk kasav. — Aprè yon bon syès, mwen santi m anfòm. — Mwen wè Dominik jodiya, Li sanble yon moun ki kòmanse pèdi lòlòj li. Li t ap pale poukont li. — Gadkòt yo mande pechè ti kannòt pou yo pa monte lanmè akoz de move tan an. — Lè li te jèn, li te renmen fawouche moun. — Premye fwa li jwe e li fè la mayòl. — Tout moun gen odinatè kounyeya. Li vini prèske yon nesesite. — Jaklin pa nenpòt fi, se yon dam. Li entelijan, li gen bon manyè e li respekte moun. — Li te vle rele pitit la Ezayi, men manman an di non paske li di se non ki sanble ak granmoun. — Pou Rita rive mèt rad sa a, fò li antre nan yon rejim ki pou angrese l. — Jilyen se yon moun ki gen 2 pye l sou tè a. Li pa foure kò l nan anyen ki ap mete l nan twouboum. — Anvan lendi, fò li fini liv la e rezime — Si ou te fè w toupiti, ou t ap rive lwen. — Bandi yo barikade tèt yo nan depo a. Yo di yo gen zàm lou, yo gen bonm. — Misye se chofè valè nan yon restoran. — Nou gen pou Nou ale Ayiti nan mwa jiyè. — Ou jwenn yon tirè anba nan mitan 2 mo men anba mo yo, tankou nan ekzanp sa a: dosye_kreyòl. — Tayiti se ti paradi pou touris. Men fò k ou gen lajan pou ale la. — Avoka a mande pou yo bife tout pati nan dokiman a ki ka pèmèt yo idantifye moun ki te denonse konplo a. — Li fèt yon jou ki te 27 jiyè. Sa vle di li se yon lyon. — Nan lame gen espesyalis ki la jis pou dekode mesaj sekrè. — Li toujou alè. — Bòs Jera bon nan nan elektrisite. Kote l etidye? — Sa nonm sa genyen li anchalè konsa a? — Premye jou a, direktè avèti elèv ke afè woul la, lekòl la pap aksepte sa. — Li parèt tankou yon azoumouou, men se yon moun vanyan lè li devan danje. — Y ap fete ane sa 330 lane fondasyon vil la. — Gwo lapli, van, se yon van tanpèt yo anonse la a. — Li fè pwomèt ke mwen pap janm repete sa li ta pral di mwen an. — Lansman fize a pa rive fèt akoz de move tan, — Pati politik yo pa kanpe sou anyen nan peyi sa a. — Sa li di a gen de sans, se sa ki fè moun yo ri. — Li chita ansilans pandan tout reyinyon an. Pèsonn pa konnen sa li panse. — Se yon atitid tipik pou moun ki soufri maladi sa. — Pou Nwèl la li resevwa yon bisiklèt. — Pran san mande se vole. — Pa gen lèt ki vini jodiya. — Sèl jan pou fè misye vale pawol li yo, se trennen l devan yon jij. — Moun ki touye direktè a se pat yon etranje. Se yon moun ki te zanmi l. — Rete la, pa fè yon pa! M ap tounen nan yon minit. — Si w te li atik 15 nan kontra a, ou pa t ap nan pwoblèm kounyeya. — Nan klasman an, Ayiti se disetyèm peyi. — Yo di te jenjanm ak siwo myel ka desoule yon moun. — Paske li pat konne mòd sa anvan, li panse li nouvo. — Li manke mouri nan aksidan. — Ou konnen byen poukisa Pòl vag sou ou. — Li se kòdonye, kouman fè l-ap mache ak yon soulye chire. — Se pa gwosè a ki konte, se kalita l. — Ou ka lwe yon kannòt a pedal bò plaj la. — Yo mande l pou li remanye pwojè a anvan yo apwouve l. — Nan kouri maraton, pran devan pa di anyen se rete devan jis nan denye bout ki tout. — Si ou pa pase yon tès alkòl lè lapolis rete w sou yon wout, yap revoke lisans ou. — Gistav banm kè fè mal, lè m wè nan ki eta li ye jodiya. — Militè yo anile eleksyon an e pran pouvwa a. — Pandan li ap tann manje a, li ekri 2 lèt. — Li le pou tibebe a tete. Men li ap dòmi. — Yon bon solda toujou gen zam li sou lamen. — Chak samdi, gen yon chany ki vin lakay pou netwaye e poli soulye nou. — Li pa leve kodyòm maten. Li gen yon vant fè mal. — Mwen rele Elèn. Manman m rele Izabèl. — Manman l te toujou di se ak yon boujwa pou pitit la marye. Boujwa pitit la marye a pa gade manman an pou anyen. — Makawoni a bwè tout sòs la. — Nan istwa li a nou pa konn kisa ki reyèl, kisa ki envansyon. — 150 minit se dire konsè a. — Yon mwàn se yon relijye ki fèmen nan yon kouvan oubyen nan yon monastè e ki pase tan li ap travay e ap priye. — Jilyen viv nan menm katye an depi li fèt. Li konn tout moun. — Vandredi sen anpil kretyen fè jèn. — Nouvèl la ba l yon yon frisonnman ki sòti depi nan tèt li ki rive nan pye l. — Kazye lèt la piti nan frijidè sa a. — Jounal la parèt chaque semenn. — Mwen pa konn ki jan pou mwen fè pitit sa a plezi; li se yon timoun difisil. — Yo panse yo te ka pase misye nan betiz, yo jwenn ak pa yo. — Tout nwa ki nan Paleman amerikan pase 2 dènye jou sa yo nan yon konklav. — Li inosan, men li pa gen anyen ki ka pwouve sa. — Ayiti se yon peyi de nèg, e yon fyè de sa. — Prezidan an panse lajan Leta a se byen papa l te kite mouri pou li. Li ka foure men li jan li vle ladan.' — Ayiti pa gen visprezidan, li gen yon premye minis. — Ou mèt madichonnen m depi jodiya jis ou mouri, anyen pap rive m. — Si li ka viv aprè tout tribilasyon sa yo, li se moun ki gen fyèl. — Ak grafik sa a, ou ka wè varyasyon tanperati a pandan yon mwa. — Li di li pa wè ki benefis li tire nan zafè a, Li retire kò li.' — Yon jij pa ka san fwa ni lwa, li fèt pou li jis e toujou respekte tèt li. — Anpil nwa nan peyi meriken pa fè lapolis konfyans. — Elèv sa a se yon fawouchè. Nan pwen moun nan klas la ki renmen l. — Paske dlo mineral gen kalsyòm ak mayezyòm, yo di li bon pou moun ki soufri de tansyon. — Enstalasyon antèn nan ap pran sèlman 30 minit, bòs la di m. — Rivyè a ap pran anpil jou anvan li bese. — Li pa gen revèy, se chante kòk yo ki reveye l chak maten. — Si nan fen fim la nou dekouvri otè krim nan — Travay li te ye a fèmen depi 6 mwa. Depi lè sa a, li chita pap fè anyen. — Se yon avadra ki ap frite tout la jounen. Li pa konn sa yo rele travay. — Se yon nonm yo te konn pèsekite sou dènye rejim nan. — Direktè a di mèt:"Se yon klas ti landeng ou genyen. Mwen konte sou ou pou fè yo konprann yo. — Pou minis la tout moun ki rete nan katye popilè yo se zagribay. — Nan reyinyon an, direktè mande tout moun nan biwo a, pou yo travay ansanm. Pou yo montre espri ekip yo. — Ajisman fanatik yo fè lapolis antre nan estad la. — Li frape yon yon machin pandan li t ap fè bak, e pliye defans machin lòt chofè a. — Li finalman aksepte sitiyasyon li an. — Eske ou li dènye nimewo jounal la? — Zaragwa se non youn nan 5 kasika ki te ekziste anvan Kristòf Kolon te mete pye l sou tè nou rele Ayiti jodiya. Kapital li te rele Yagwana. — Li ka konte pabak de 100 à zewo. E li gen sèlman 2 zan. — Pwonostik la bay direktè konpayi a kè sote. Li sanble envestisè prak pèdi anpil kòb nan mwa ki pou vini yo. — Tout moun te panse ke Pola t ap mouri. Epi yon mirak rive: sanzatann, li leve. — Mwen pa gen tan pou m chita tande radotay sa yo. — Klinik la pa gen jan de aparèy laboratwa ou bezwen pou test sa a. — An Ayiti, yo sevi ak fèy dèyèdo pou trete malaria. — Ministè agrikilti gen yon pwojè pou li rebwaze Mòn Lopital. — Yon banm moun aliyen devan konsila merikan an, sèl yon ti pwayen ak rive antre e jwenn yon viza. — Li pase ekzamen an. — Ak lanmò Jezi, nou gen chans pou nou jwenn sali, sa vle di lavi ki pap janm fini a ak Papa a, Pitit la e Lespri Sen an. — Ou pa renmen zonyon. Poukisa ou renmen mete nan manje? — Ti nonm nan fe pati yon rezo kriminèl. — Mwen gen yon bagay ki ap lanse mwen anba kè mwen. Yo lanseenvitasyon yo two ta. — Li gen yon maldo apre li leve yon bwat ki te lou anpil. — Yo te di li pa tap ka fini kay la. Li aksepte paryay la, e li genyen. — Li toujou di m li soufri maldemè. Kouman fè li pran nan kwazyè. — Yo soti souvan. Mwen sispèk yo plis pase zanmi. — Depi m achte bogota sa a, se traka li ap ban m. — Mwen jwenn yon foto papa m lè li te piti, e mwen wè potrè pitit gason mwen an nan foto a. — Li gen yon tonton, men li gen 3 matant. — Jan damou pou Jèta depi yo 2 a te lekòl. Men li pa janm gen kouraj pou l deklare l. — Moun ap panse ou se yon gwo soulye si ou aji konsa. — 2 djazz sa yo toujou nan konpetisyon. Ou wè sa sitou lè kanaval. — Yo kouri lopital ak pitit la paske li foure yon ti mòso bwa nan zòrèy li e pèse tande zorèy li. — Jakòb se yon pèsonay ou jwenn nan Labib. Li se pitit piti Abraram et pitit Izarak ak Rebeka. — Si se yon leson ou te vle ba li, li konprann. — Orè yo poste sou Entènèt. — Depi jedi rive, mwen konnen semenn nan preske fini. — Modòd prezidan an pou lekòl fèmen pou yon semenn, bay manman ak papa anpil pwoblèm. — Si ou panse misye se yon azoumouou al anmède l. — Etidyan angaje e serye jodiya, lidè moun sipòte demen. — Li konsève tout ansyen nimewo jou la depi premye jou li te abòne a. — Tout moun ap plenyen pou jan travay la vin di, men pèsonn pa vle pran inisyativ pou yo al pale ak bòs la.' — Se sa ki fè bòs li renmen li, li te toujou pran devan lè li wè yon chans pou antre kòb .' — Se nan bouch moun li aprann ke pitit fi li a ap viv ansanm ak yon gason nan Pòtoprens. — Li diplome, men li poko resevwa diplòm nan. Se nan yon seremoniofisyèl yo ap ba li l. — Li fèt pou li etidye tout liv sa a pou ekzamen an. — Lajan a rive bon lè. Mwen te razè. — Lè lè a rive pou ou pran retrèt ou, w ap konnen. — Chak dimanch, nan lanmès, yo resite ou chante kredo. — Lanmò sibit ti jak la frape l anpil. — Yon ane bisektil gen yon jou anpli. Mwa fevriye nan ane sa a gen 29 jou. — Agat fache avè mwen paske mwen pa rele li aprè randevou a. — Janèt gen yon bèl souri. Se sak fè moun pa pè pwoche bò kote li. — Jip la twò long. Remonte woulèt la. — Granmoun sa a toujou gen yon kachimbo nan bouch li. — Matye ap chache yon mekanisyen ki ka ranplase mòflè nan machin li a. — Se yon vwayaj klandesten li te fè, paske li rive nan peyi moun yo san paspò e san viza.. — Doltè a retire Patrisya nan pilil pou li ka ansent. — Noutout gen pou mouri yon jou. — Jiska prezan, nou gen yon karantèn moun ki enskri pou vwayaj la. — De pi premye fwa mwen rankontre ti gason sa a, men wè li se yon timoun ki gen bon lizay. — Mwen pote yon nouvèl ki ap fè kontan anpil. — Mwen pran yon taksi pou m ale nan ayewopò a. — Kontribisyon monte barèm enpo lokatif yo ki pase de 10% a 12% de pri kay la. — Li dezasosye de rès fanmi l, paske yo te ap pwofite de li. — Lapolis kouri ak tout mesye ki te nan reyiniyon politik la. — Michèl se yon moun radi, li pa kenbe bouch li. — Kouman Janin fè ap krache konsa a? Li sanble li ansent. — Se lapolis ki te pwovoke manifestan yo. Se pa opoze a ki rive. — Nou gen yon tonèl nan lakou a. Lè li fè bon, se la nou manje leswa. — Janin get yon vis kache. — Ti Pòl pa nan klas la maten an. Li malad e li kite lakay li maten. Li ap fè woul. — Je li ap kouri dlo paske yon grenn sab antre ladan li. — Gonayiv se chèflye depatman Latibonit. — Direktè a rele papa ti gason an paske li pat konpòte l byen nan klas la. — Mwen pa fè sa pou ou, mwen fè pou mwen. — Detektiv la fouye toupatou pou wè si li ta jwenn yon endis ki ta mete li sou pis moun ki fè zak la. — Li pèdi kay la aprè yon dapiyanp kontribisyon fè. Li pa peye enpo sou kay la depi plis pase 5 lane. — Nan la vi sa a, ou pa toujou jwenn sa ou merite. — Li pral nan yon fèt aswè a. Se sa ki fè li ap repoze l aprèmidi a. — Satin se planèt ki fasil pou rekonèt. Li gen yon sèk toutotou li. — Doktè li deside koupe tete li yo pou anpeche kansè a avanse. — Monsèyè Langlwa se premye kadinal Ayisyen. — Tiblan se yon manm etamajò gang yo krazebrize a. Lapolis ap chache l. — Sanksyon an vize moun ki ap soutni vyolans ak krim nan peyi a. — Je Salomon fikse sou yon dàm nan sal la. Se apre mwen vin konn poukisa. — Madan Jowèl se moun ki gen pi gwo salè nan kay la. — Manatann se yon zile ki antoure ak rivye an lanmè.Pou ou ale la, fò ou pase sou pon oubyen anba dlo. — Mwen rete pi lwen lekòl la. — Gen anpil ki panse ke se lide politik Makyavèl yo ki ap domine jodiya. — Yon ekta egal 10,000 mèt kare oubyen 0.775 kawo. — Polisyen tèt chat fin dekonstonbre peyi. — Yo di kafenòl bon pou tout doulè. — Lè granpè m te tonbe nan lari a, se yon etranje ki te sove gras ak yon bouch-a-bouch. — Etazini gen 50 eta. Kapital li se wachinntonn. — Li tonbe e foule jepye. — Se yon rèl kay vwazen an ki reveye m nan dòmi. — Li pa manje sa ki bon pou li. Li pito fridòdòy. — Filozofi pa lasyans, se yon seri de tewori sou lemonn ak lezòm. — Mwen mande li si sa li di a se yon tout bon oubyen se yon ipotèz la. — Mwen gen yon klas a 11 zè. — "Se nan chimen jennen ou kinbe chwal malen" (Pwovèb). — Gras a Dye, tout timoun mwen yo fè vi yo. — San etranje yo, moun vini yo, peyi sa a pa t ap avanse konsa. — Nonm sa a ap mennen w anba tè si ou pa kouri kite l. — Sou chak tab nan restoran an te gen yon flakon lwil. — Gid la ban nou yon bon eksplikasyon sou kouman estalamit yo te rive fòme nan kav la. — Moun ki swe twòp nan pye, gen tandans gen pye mayas/ — Diplòm sa a, di Viktò, se fwi 4 lane travay di. — Nan yon ane, gen douz mwa. — Apsè nan lenn se siy yon enfeksyon. Li merite yon bon tretman e pafwa menm yon operasyon. — Anpil zotobre bò isit panse ke lalwa bò ki mande pou respekte lòt moun pa pou yo. — Chak bò veston an gen yon pòch anndan. — Nan ayewopò a, yo tcheke kat anbakman yo 2 fwa. Lè ou ap antre nan zòn sekirite a ak lè ou pral monte avyon a. — Papa m patko gen 17 lane sou tèt li lè li te fini klas retorik. — Nou kòmanse wè solèy la. Sa vle di Move tan a pase. — Sa a se yon fouchèt tab, ou pa ka mete mete l nan chodyè a. — Nonm nan te tèlman sal ke li bay moun ki te bò kote li a degoutans. — Li antre nan chanm ti gason a, sa li wè se yon gwo dezòd. — Katya peze sèlman 702 liv. Li mèg. — Mèkredi lesann se premye jou tan karèm. — Leswa, timoun chita devan tab kwizin nan pou yo fè devwa yo. — Apre fèt la, planche sal la te plen ak moso boutèy. — Pou kandida a fè mesaj li pase, li sèvi ak televizyon, radyo e sitou Entènèt. — Mwen di tout sa mwen dwe di. Mwen pa gen anyen pou m di ankò. — Nan mitan plas la, ou jwenn yon estati Anprè Desalin. — Li pase yon bon moman ak fanmi pandan vakans Nwèl la. — Alòke ke gen 4 moun sou tab la, li mete mwatye manje a nan asyèt li. Se yon sanjèn. — Gazon vwazen an bèl e vèt. Se paske li pran swen l: Li wouze l, li met angrè ladan e lòt pwodwi pou kwappe ti bèt nwizib. — Piyay magazen an dire tout yon apremidi e lapolis kanpe ap gade. — Li kenbe kin alaganach sou pozisyon li a, menm lè tout moun ap ba l presyon. — Lantèman avoka bandi te asasinen a ap fè vandredi. — Manatann se yon pati nan vil Nouyòk kote ou moun ki ap fè gwo zafè e bwase gwo lajan gen biwo yo. — Mwen ak vwazen yo te konn viv anpè jiskake fanm sa vin tabli nan mitan nou. — Depi se manje sa yo fè, apeti m ale. — Travay la ap pwogrese. — Kay nou rete a nan fanmi a depi yon syèk. Se yon bizawèl mwen ki te bati l. — Mwen vle envesti nan endistri peyi a, men fò gouvènman an ban mwen garanti ke li ka jere peyi a tout bon vre. — Dèyè kay la, gen yon bèl jaden ak 5 pye mango. — Se pa yon moun ou ka voye al negosye. Li tanperaman twò farouche. — Lanmè nwa pi sanble yon gwo lak ke yon lanmè. — Nan tèt klasman an, nou jwenn ekip yo rele Atletik la. — Li pat envite m nan maryaj la, poukisa pou mwen ba l yon kado nòs? — Jezi di fanm adiltè a, ou mèt ale, men pa peche ankò. — Yon milyadè se yon moun ki gen plis pase yon milya dola ant lajan e lòt bagay li genyen. — Li gen yon voum kòb nan bòlèt. — Kouraj! mwen di li. Nou preske rive. — Li pral nan kan. li pote yon tant ak yon matla van. — Apre aksidan a, Toma tounen yon lòt moun. — San bousòl la, eskout yo tap pèdi nan bwa a. — Yon dèsten se tankou yon rèldo nan yon batiman, men se anba bato a ou jwenn li. — Li pa gen youn nan kondiman resèt sa a. Li pral sòti pou li al achte l. — Gen anpil gwo zotobre ki antere nan simityè sa a. — Reyinyon a te gentan fini, lè li antre. — Tanjerin se yon fwi ki gen anpil vitamin, tankou vitamin B1, B2, B3 ak vitamin C.' — Lè Èv di koulèv la ke si li touche pyebwa ki nan mitan jaden, li ap mouri. Koulèv la reponn li, se manti ou pap kras mouri. — Premye fwa mewn wè misye ak yon abako. — Li soufri de yon pwoblèm mantal ke yo rele pè pwason. Sa fè menm bò lanmè li pa renmen ale. — Ektò sòti depi maten a, jous kounyeya, li poko tounen — Jozèf diplomean pi gwo inivèsite ki genyen nan Kanada. — Li mete yon vèni ble sou zong li. Koulè a pa ale avè l. — Se yon tèt mato ki vle fè tèt li pase pou yon pwofesyonèl. — Minis la t ap mennen yon ankèt sou mafya, yo touye l. — Mwen di li fraz la san sans. — Papa l pa rekonèt li, se manman l ak grann li ki leve. — Jan bagay yo ap pase la a, se pa yon Eleksyon n ap genyen, men yon seleksyon. — Youn nan 2 zo nan avanbra yon moun rele radiyis. Lot la se kibitis. — Mwen rete nan otèl la pandan 3 nwit. — Equation sa a twò konplike. Li gen twòp done ki pa gen valè. — Anvan yo te fèmen min chabon a, mwatye nan gason nan bouk la te chabonye. — Kote lòt yo? — Janin se manman pitit Pyè. Yo pa marye. — Li te yon timoun frèl lè li te piti, jodiya li se yon jwè foutbòl. Sak ta di sa? — Si ou kouri, w ap ka rive jwenn li. Li gen sèlman 3 minit depi li pran wout la. — Li télman fè fot nan dikte a, mèt la ba l zewo. — Li pa kale, li pa kreten, se yon elèv mwayen. — Pou gen timoun ou bezwen, bò kote gason an, espèm, bò pa fi a, yon ze. — Anvan yo mete asfalt la sou wout la, yo aplani l ak yon woulo konpresè. — Se yon malelve. Li ap defounen nen l nan klas la. — Bibliyotèk la gen yon pwogram chak samdi pou ti granmoun. Gen sinema, jwèt bengo, kwochè, dans etc. — Dokiman an epè. Mwen pa kwè m ap li l nan 2 jou. — Abit la soufle. Ekip gen gen dwa a yon shot preske nan sifas penality a. — Li kwè ke maladi pitit la pasenesòf, se pousa olye li mennen li lopital li al wè yon gangan. — Li gen yon panchan pou moun fèb, se sak fè li toujou ap resevwa malere lakay li. — Lè ti bebe a konsa, se sèl vwa manman li ki ka adousi li. — Patrisya pa gen cheve sou lang li. Li toujou di sa li panse. — Vyetnam se yon peyi ki sou kontinan yo rele Azi a. — Diri a manke lwil. — Plimen poul, pa kite l rele [pwovèb]. — Lari a kal jodiya apre 3 jou manifestasyon e vyolans. — Nan vil Lond nan peyi langletè, nou ka wè yon pon baskil. Li sou yon rivyè yo rele Tamiz. — Ti kòb mwen resevwa chak mwa a ede m dole. — Mwen pa rele sa li fè a yon betiz, mwen rele l yon krim. — Retire zago w nan zafè m. — Se yon estipid ki panse li gen lespri. — Fanm nan bourade m pou li ka antre an premye nan sal la. — Lamarye a kouvri figi l ak yon vwèl. — Li ekri lèt la ak yon kreyon. Epi li sèvi ak yon plim pou li rekopye l. — Anpil gwo kay nan peyi meriken pa gen yon trèzyèm etaj; yo pase de douzyèm a katòzyèm.' — Apre li fin li dosye a. Li mete siperyè l okouran de sa ki ladan. — Jij la di se yon kontra san valè paske se pa tout patnè yo ki siyen l. — Jano soufri de sa yo rele laperèz lopital. Menm devan yon lopital ou pa renmen pase. — Mwen panse koutiryè a tap sèvi ak mouslin nan pou l fè volan rad la. — Dape konstitisyon an, dire manda yon prezidan se 5 lane. — Pwofèsè a ba li yon move nòt. Li di pwojè a gen anpil mank. — Kolon se youn nan trip yo. Sa ki pi gwo a. — Li ap kouri cheval la san etriye se sa ki fè li mete pye l konsa a. — Alkòl se yon dezenfektan. — Ki plezi ki genyen nan vil sa a le samdi? — Se yon Plafon an wo, ou bezwen ou nechèl pou netwaye chandelye a. — Pou reparasyon fot li, yo mande pou al travay nan yon kay ti granmoun pandan yon mwa. — Mwen ka konte sou ou, ou pap lese mwen tonbe, pa vre. — Li refize monte sou balans la paske li pè wè konbyen li peze/ — Mwen pap okipe yo. yo mèt kontinye pale sou mwen. — Janin mete espwa l sou lajan sòl la pou li peye lekòl ti gason li a mwa sa a. — Ou paka fè dife ak bwa vèt. — Lapolis pran saliv Jetwo, voye l nan yon laboratwa pou li konnen si ADN li koresponn ak pa moun ki fè krim nan. — Timoun yo pran yon move plezi pou koupe ke zandolit paske yo di yo li ap pouse ankò. — Janèt preske kite almanak la, e li poko marye. Sa ba l pwoblèm. — Nou pa konn ki moun ki mèt kay anfas la. — Yon dyak ka fè batèm, maryaj e preche. Men li pa ka di lamès. — Sa a se yon emosyon ou paka tradwi an pawòl. — Pèsonn pa konn ki lè rayisans ant 2 fanmi sa yo kòmanse. — Yo pa konside m nan fanmi an. Yon matant mwen mouri, yo pa mete m okouran. — Mwen pa gen prèv, men, mwen kwè ke Batis triche nan ekzamen a. — Klas la pat gen anpil elèv. Nou te sèlman sèz. — Li mande yon alabwòs, kwafè a kale tèt li. — Se pa Jezi sèlman Women yo te krisifye. Souvan se konsa yo te konn kondane yon moun pou mouri. — Malpouwont sa a vini devan pòt la ankò apre li fin mache pale fanmi an mal. — Pou ou se yon zak kriminèl, pou li se lejitim defans. — Li soufri de malkamyon, se sa ki fè li pat santi l byen pandan tout vwayaja la. — Mwen wè yon zwazo. Li patap vole. Li ouvè 2 zèl pou li plane. — Katrin jwenn ap pa l, lè l panse li ta pral imilye Patrisya. — Yo ap pale nan dan pou m pa tande sa yo t ap di a. — Pa gen kochon foumi an nan peyi Dayiti. Ou jwenn bèt sa a nan kèk peyi lafrik. — Se soulye a ki ba l zanpoud yo. — Depi li te fè zanmi ak sansal sa a, mwen pèdi tout respè mwen te gen pou li. — Rèv li se pou li ale an Frans anvan li mouri. — Se nè nan kò yon moun ki fè lòt ògan yo aji. Li voye mesaj ba yo. — Apre kou deta a, piyajè sakaje magazen anba lavil la. — Silvi ak Chantal pase tout jounen samdi a anba lavil. Yo t ap chache yon wòb de sware pou yo ale nan yon gala. — La vi a gen tribilasyon, gen kè kontan. — Nan Bakaloreya, Lekòl Sen Lwi toujou gen plis pase 90% reyisit. — Vyann nan tonbe atè, li pa bon ankò; jete l! — Mwen konnen li t ap anrimen, li mache yè anba yon lapli. — Li tap fè vitès, lapolis rete l e ba li yon kontravansyon. — Depi yè li ap chache kle a, Li kontre l anba eskalye a. — Twalèt la gen sant pipi. — Penyen tikouri alamòd. — Li pase kòn nan bay jèn yo. — Minis la zigzage anvan li reponn kesyon an ki te senp. — Mwen pa rekonèt ou paske dènye fwa mwen te wè w nan peyi Dayiti, ou te yon bwa bale. Ou pran chè. — Tè dife se yon band zile ke nou jwenn nan pwent sid Kontinan amerik la. Yon pati pou peyi chili, lòt pati a pou Ajantin. — Manje a boule. Depi ou ouvè pòt la, ou pran sant li. — Kolèj Rejina se yon lekòl pou fi sèlman. — Li pote non granpè li — Chak ane nan tan Lavan, evèk yo reyini an konferans pou yo fè sòti yon lèt pastoral. — Après yon mwa ekzèsis, li pèdi 10 kilo. — Gwo negosyan yo fòme yon ti gwoup pou yo toupisi malere. — Apre diskisyon an, ti gason an mouri poul li. — Pri yo depann de sa ekonomis rele òf ak bezwen. — Gen 7 jou nan yon semenn. — Nou gen 2 zorey, se pou ka tande. — Yo voye ansyen chèf lame a nan peyi Brezil kòm atache nan ambasad Ayiti a. — Yon pye gen douz pous. — Se yon moun rankinye. Li pa bliye fasil mal yo fè l. — Li gen yon sèl bi nan lavi a, se pou li vin doktè.', — Fanm sa a renmen gason ki gen pafouten. — An nous jis di ke misye pa fèt pou travay sa a. — Lè li ouvè kont kouran a, bank la ba li 4 chekye ki gen 100 chèk nan chak. — Jan gen bon ten, li gen senkan lanne sou tèt li, men li parèt karant. — Se yon travay sanfay enjenyè ban mwen. — Li bwè tout diven ki nan vè a. Epi li di li pa bwè alkòl. — Tout peyi gen dwa pou defann tèt yo si yo atake l. — Kè kal se yon kalite yon lidè fèt pou genyen. — Yon chabin pa yon blan. Se yon moun ki gen yon pwoblèm po. Li pa gen ase pigman. — Libète pa mache san respè youn pou lòt. Se libètinay ki pa fè plas pou respè. — Si ou kite bè a deyò twò lontan, li ap fonn. — Moun relijyon sa yo ap anonse lafendimond depi 1970. — Règ militè yo two rijid pou li. — Dekana poste kat etidyan yo bay tout elèv ki anrèg avèk ekonoma a. — Li radye jwè a pou tout rès chanpyonat a lè yo dekouvri ke li t ap pran fòtifyan pou rete anfòm. — Dispozisyon elèv yo nan klas la depann de wotè yo. Sa ki pi piti yo chita nan premye ranje yo. — Resèt la mande pou ou dezidrate. fwi yo anvan. — Geran an responsab tout sa ki pase sou chantye a. — Bòs Jera se yon chapantye ki bon nan fè ak repare kowalen. Se sa ki fè tout peché nan bouk la respekte li. — Yo ta divòse wi, men poutèt timoun yo, yo blije rete ansanm. — Bouyon a konsantre. — Ewo se kòb peyi Ewòp yo sevi. — Bòs jera refize aksepte menaj premye fi li a. Li di li pap kite kokorat antre nan fanmi a. — Jezikri se pitit Bondye ki te mouri pou sove lemonn. — Albè etidye kat yo. Li souri. Laperèz pran lòt jwè yo. — Nan yo 2 a kiyès ki pi gran? — Apre lapolis fin repran komisarya nan men bandi yo, premye minis la fè yon vizit delye pou li konstate dega yo te kite dèyè. — Ou bezwen yon lisans pou genyen yon pistolè lakay ou. — Li rele madanm li bebe. Poukisa? — Se yon chèf mafya, se souflantchou li yo ki fè travay sal li yo. — Yo te di li patko pare pou li pran ekzamen. Li te pran. Li pase. — Tout fanmi an al keyi pwa jodya. Kèk vwazen ap ede yo. — Lè chen sa a anchalè, nanpwen anyen ki pou fè li rete andedan kay la. — Seri nan pòt la pa mache. Fò m chanje l. — Kote ki gen deblozay, mwen pa la. — Ratyèfè a sove ak tout ekonomi nonm nan. — Tout sa li genyen, se nan timoun li yo li envesti l. — Sondaj yo kandida a pa gen chans genyen eleksyon, se pou sa li bat bat. — Misye se yon moun ki renmen li. — Manifestasyon fini an gagòt, paske lapolis te kòmanse tire sou moun yo. — Moun ki ale lwen, se moun ki aprann e ki pa fè menm erè a 2 fwa. — Pwa sa pran tan pou l kreve. — Li gen yon doulè nan ti vant depi yè swa. Olye li al wè yon doktè se tè fèy li ap bwè. — Mango anvan tèm pa janm bon. — Polis mete Barikad toutotou lekòl la. Ni paran ni elèv pat konnen poukisa. — si ou li jounal entim tifi, w ap dekouvri anpil sekrè. — Nan tout negosyasyon, gen yon mande, gen yon bay, gen yon pran. — Misye ap tronpe madanm li lontan, men se kounyeya a moun konn sa. — Moun sa yo ap pale de yon koze ki parèt sanzenpòtans pou moun ki konprann. — Wougan Bovwa sete premye ati. — Li bezwen 500 grinnback. Tout moun li mande reponn di se goud yo genyen. — Yo toujou di vyèy fi se moun akaryat. Se pa vre! — Li tèlman gen kè di, li refize manman l ki nan bezwen. — Se yon lwil ki fèt ak grenn koton. Yo di li bon pou moun ki gen pwoblèm kè. — Ti nonm sa a se yon pès. — Moun save renmen ranje tout bagay pa klas. — Aprè li fin bwè bwason, li pat limenm ankò. Li te tankou yon lòt moun. — Li te toujou reve pou li vin yon doktè. — Mwen pa janm wè ze zwa. Se paske mwen pa viv kote gen zwa. — Li gen yon anplak nan koud dwat la, paske li tonbe e li kase yon zo. — Ane sa a li resevwa sèlman yon bonis de $1000.00. Li te espere plis. — Ou jèn timoun konsa, li lage kò l anba yon darati. — Gen yon sèl bengbeng lavil la. Tout moun ap kouri antre lakay yo. — Timounse ti inosan. Men yo nayiv tou. — Li fè m yon pwopozisyon mwen paka pa aksepte. — Lè Jezi te fèt, te gen yon wa nan Jide yo te rele Ewòd. — Nan ekzamen admisiyon, se entelijans ki ap konte. Moun pa pa ladann. — Se te yon zòn ki te zanble ak yon forè tèlman li te gen pyebwa. Kounyeya, li preske tounen yon dezè. — Ide mwen te gen de Pyè a pat korèk. — Lekòl la gen yon sistèm parenaj ki ansyen elèv tabli. Yo ba bon elèv men ki ka gen pwoblèm pou peye ekolaj la bous an lòt èd. — Yo fason fasil pou fè moun tande w, se pale ak otorite. — Minis la bay direktè jeneral la kat blanch pou li repanse depatman an. — Mwen pa fè politisyen konfyans. — Mwen pa ka kwè ti gason sa gen sèlman 15 lane. Si se vre, li gen gwo zo. — Premye novanm se konje nan peyi a. — Tekila se yon bwazon tankou kleren, men se nan peyi Meksik li sòti. — Mwen wè 2 toutwèl sou yon branch pyebwa dèyè kay la. — Ou ka fè legim ou salad ak militon. — Manman l mande l ki lè li ap deside marye, paske li kite kalandriye a. — Yon koulèv chanje po de tanzantan. — Fèt la anpàn bweson. — Si pou pè pèdi, ou pap janm genyen. — Jip la te vin twò kout, li desann woulèt la. — Nou bezwen Jean paske li se potomitan òganizasyon an. — Ak sezon sèch la ki dire plis ane sa a, peyizan yo kòmanse plenyen. — Kòd vokal se yon ògàn toupre gòj yon moun. Li pèmet son sòti lè yon moun ap pale ou chante. — Nan matematik, yon koyefisian se yon chif ki parèt devan yon varyab e ki miltipliye Varyab la. Pa ekzan 7x+ 9y= 39. chif 7 la ak chif 9 la se koyefisian yo. X ak y se varyab. — Gen moun ki panse ke zwazo yo rele kaw la konn anonse move nouvèl. — Moun yo kite yon pakèt bout chandèl devan legliz la. — Gen moun ki panse gen lòt vivan nan lespas. Men pa gen prèv pou sa. — Na peyi Lend gen anpil tanp. Preske tout se tanp boudis. — Mwen gen yon sè ki pa pitit manman m, se yon pitit deyò papa m. — Nan tout moun li te envite, nanpwen youn ki vini. — Li pa byen manje, li pa byen dòmi e li ap travay di. Li ap abime sante li. — Kote moun yo pran kòb pou yo fè yon maryaj wololoy konsa? — Li pase ekzamen a ak yon gwo nòt. — Manman m blame m paske mmwen pat di tisè m nan te ansent. Se kòmsi se mwen ki te pouse l. — 6 moun mouri nan aksidan an. — Myèl la poze sou flè a. — Chat sa a sovaj. Li renmen grafouyen moun ki manyen l. — Labatwa se kote you touye bèt. — Lè vapè dlo kòmanse vin frèt li tounen dlo ankò. Yo rele sa kondansasyon. — Papa l egzijan avè l. — Tout moun sou tab di se pa yo ki fè van a. — Moun ki ap vini enpòtan anpil. Manman mete ajantri li yo deyò. — Jaki mete yon salopèt pou li pentire chanm nan. — Se tan w w ap pèdi. Ou pap ka rive donte bèt nan bwa sa a. — Madanm li pran yon lòt fi sou li. Se sa ki fè li kite l e mande divòs. — Yon kilomèt egal 1000 mèt, 100 dekamèt e 10 ektomèt. — Pandan vakans la, li pa ouvri yon liv. — Nan yon legliz katolik, koulè nap lotèl ka di ki sezon litijik nou ye. — Moun ki fè lojisyèl sa a, sèvi anpil ak pwogram yo rele piton a. — Jan ak Michèl se de bon zanmi, se pou sa youn chwazi lòt pou parenn nòs yo. — Lè mari a pa la, madanm nan fè tigason an pase nan yon je zegwi. Men lè mari la, wa di ti fason an se grenn je l. — Sa se bon pen lakay. Pa gen tankou li. — Ap toujou gen moun sou tè a. Sèlman se chache pa rive youn nan yo. — Li achte yon dezyèm kay bò yon etan. — Se pa pè kakolik sèlman ki konn mete soutàn, pè nan legliz anglikan yo konn mete l tou. — Estasyon televizyon leta a pa konn analize nouvèl, se pwopagann yo konn fè pou gouvènman. — Anpil pwofesyonèl ki ap travay lajounen al pran klas nan aswè pou yo ka gen yon diplòm inivèsite. — Si ou montre l bonjan, l ap ba w tout sa ou bezwen. — Wonn tete ka chanje koulè. Ou pa bezwen kou ri al wè doktè si ou wè pa w la ta vini pi fonse. — Li antre nan akademi aprè li fini klas segondè li. Li te gen 18 tan. — Li kòmanse pran grad. Ou pa ka konsidere l tankou yon rekri ankò. — Apre goudougoudou a, anpil Ayisyen montre ke se nan sitiyasyon malouk ou rekonèt moun brav. — Li renmen kanson sa a. Li mete l souvan. — Yo peye li 100 dola pa jou pou li tounen kobay pou yon pwodwi ki fèk soti. — Li parèt tankou yon masèl kòkòb, men li gen nanm sou li, e kont lespri nan tèt li. — Gen yon lèkòl lage nan biwo imigrasyon an. — Li achte medikaman sa a anbatab. — Li te gen twa pitit, se premye a selman ki rete. — Lanati se yon gwo kado Bondye. Se devwa nou pou nou pwoteje l — Nan restoran te gen yon triyo ki tap jwe mizik panyòl. — Yon ane apre tranblemen detè a, sinistre yo toujou ap dòmi nan lari. — Bètran gen anpil kalite. Pasyans se pa youn nan yo. — Li gen chè nan gòj. Doktè di se operasyon li fè. — Mari se manman Jezi. — Se yon dlo ki trèt, Si ou pa bon dayiva, ou ka nwaye si ou antre ladan. — Misye tw`o entelijan pou ou ta rive bafwe l ak pwomès tèt chat sa yo. — Nan chalè sa, se yon bon tas te glase mwen santi mwen ta bwè. — Tamiz se yon rivyè ki pase nan mitan vil yo rele Lond la. — Devine ki moun mwen wè yè? li di m. — Jano se bas nan koral la. Ou ka konprann sa, vwa l grav. — Se yon ekip jèn, men se yon bon ekip. — Volè yo mete kay la pakanpak. Yo tap chache lajan. — Wondonmon sa a panse li konn tout bagay. — Nou gen 2 pye gwayav nan lakou a. — Lè nou pale de moun kav, nou ap pale de moun lontan lontan, anvan moun te kòmanse tras sa yo fè. — Pòtoprens gen 2 palè. Yon palè nasyonal kote prezidan an gen biwo l e yon palè jistis kote Jij tribinal kasasyon yo gen biwo yo. — Misye boude depi twa jou, paske ekip li a pèdi. — Li di li konn tout bagay, men lè mwen kòmanse poze l kesyon, mwen wè li pat konn anyen. — Aksidan an defigire l. — Devan otèl la gen yon estasyon taksi. — Lè m mande l kilè mwen ka kòmanse travay la, li di m kounyeya, si mwen vle. — Joujou pa renmen yo rele l pwotestan, li pito yo rele l batis paske se li se manm yon legliz ki rele manm li yo batis. — Yon tas kafe byen cho le maten, se sa ki pou vrèman reveye m. — Se yon radyo ki jwe mizik klasik 24 sou 24. — Avèk vye jès sa yo, w ap atire atansyon tout moun nan sal la. — Lèt la pa date, li pa siyen. — Maman Magali voye l ak keyi kèk sitwon sou sitwonye ki dèyè lakou a. — Mwen misye soti kay yon machann flè ak yon boukè ki gen 12 flè woz. Se pou manman l ki lopital. — Nan klas sa a, timoun ap aprann fè divizyon. — Kote Soni prale konsa a. Mwen pa janm wè l kravate. Li pral nan randevou pou yon travay nan Leta. — Pa gen moun ki fimen nan kay la, kouman fè nou gen sandriye. — Soup la bon, men li twò pwès. — Chanm nan santi van. — Misye se yon aganman. Yè li te yon demokrat, jodiya li se yon repibliken. — Anvan solèy la al kouche, li klere vil ak yon limyè ki sanble yon flanm dife. — Pou ka rive fè sa li vle ak yon moun, fò ou fè l pè w. — Li fin peye dèt li te pran sou kay la, Se yon gwo pwa ki sot sou li. — "Sa k pase menm?", Enri mande Janèt ki reponn li: "Mwen tonbe e mwen frape tèt mwen". — Yo mete fatra deyò sou kanivo a. Kamyon sèvis dijyèn ap pase pran yo anvan midi. — Li ekri yon rapò sou tout sa ki te di nan reyinyon an. — Chamo pa bwè dlo souvan, se sa ki fè moun kap travèse dezè renmen sèvi ak yo. — Li pa ka manje, men li met yon pakèt dan lò nan bouch li. — Tout travayè fèt pou pote yon tabliye ak linèt pwoteksyon,lè yo nan faktori a. — Li se yon metis. Li pase pou blan kote ki gen blan, men lè li nan avantaj li, li di li se bon nwa. — Li t ap kondwi nan kontresans nan ri sans inik. Se sa ki fè yo ba l kontravansyon an. — Jodiya 1er avril. Fè atansyon pou ou pa pran nan pwason davril. — Peyi a ap viv yon sitiyasyon latwoublay depi plis pase 30 lane. — Plis w ap granmoun, se plis w ap anpile eksperyans. — Swis se yon peyi trankil. — Yon pye egal a 0.3048 mèt. — Li pase tout jounen devan konsila meriken pou viza. — Li fèt frèt deyò a. Rad sou ou twò lejè pou ou sòti. — Kavalye Poupèt konn danse e li bèl gason. — Eli se non yon pwofèt nan ansyen testaman.. — Fèblan se asye ki kouvri ak eten pou anpeche l wouye vit. — Pyè ap mache di tout moun li te konn koupe Magali. — Li pase 2 mwa Pòtoprens, kounyeya li panse li se moun lavil. — Tout moun sezi lè nou aprann konivans kouvènman ak kèk bandi ke lapolis tap chache. — Depi 6 mwa, lame ap prepare operasyon militè sa a kont rebèl yo. — Travay la a de pa de lakay mwen. — Yo voye 2 brigad polis pou bay manifestan yo pwoteksyon e evite derapaj. — Nan mwa fevriye, gen yon jou yo rele Fèt prezidan yo. Se yon jou konje. — Yon defibrilatè se yon aparèy ki ede kè yon moun reprann aktivite l, si moun sa a gen yon kriz. — Se lè manje kochon yo. Se sa ki fè yo ap fè wenwen konsa a. — Li tèlman rete nan solèy, po li vin bwonze. — Li kite peyi a, li ap tante chans li jis Brezil. — Chak ane, pou fèt defen manman m, tout fanmi reyini pou yon mès e yon dine. — Yo touye l paske li te triche nan yon jwèt pokè. — Depi papa yo mouri. ti moun sa yo a monte yon Golgota. — Dapre moun nan katye a, tifi sa a se yon gwo vèmin. — Mouch yo ap fè lavironn dede sou pil fatra. — Mwen pale twa lang: angle, franse, kreyòl. — Apre lendepandans la, yon lagè sivil eklate ant moun nan Nò e moun nan Sid. — Flè sa yo santi bon. — Fanmi l di l nonm pa kanpen sou anyen, se penpennen li ap penpennen. — Pou sedwi moun, kandida a kòmanse flate yo, fè kòmsi li se youn nan yo. — Rankont 2 rivyè rele Konfliyans. — Nan ekip la, Bèna se yon flanm. Prezans li sèlman ka reveye tout moun ki t ap dòmi ou ki te dekouraje. — Mwen pa gen okenn resantiman kon nouvo direktè ki revoke m 2 jou apre li antre nan konpayi a. — Moun ki ap sipòte anbachal gwoup kriminèl yo, se fòs fènwa yo. Yo pa vle peyi a devlope. — Depi yon travay mande anpil responsabilite, Ektò rete lwen l. — Yon moun ki touye yon moun ak sanfwa, se yon kriminèl. — Savan ki jwenn lanp la nan gwòt ladate de tan farawon yo. — N ap chache un anime pou anime kèmès la. — Tab la pa solid ase pou ou chita sou li. — Pola di li se levanjil, tout lajounen li nan bal. — Li deside koupe tout lyen ak konpayi a. — Sa fè yon semenn depi mwen malad. — Ou di se yon vye televizyon, kote pa w ou menm? — Si yo poze w kesyon sou aksidan an, di ou pa konnen. — Pwent soulye a komanse dekale. — Mwen pa kapab chitatann ankò. Randevou a te pou 4 trè, men li gentan Men li 5 kè. Male! — Li pèdi konesans lè yo ba l nouvèl lanmò an. — Tout sa yo ap di la a, se krèk ti bèt. — La pli a ki ap tonbe depi twa jou ban nou yon lougal jodiya. Lape rekòmanse ankò demen. — Li pa konnen si granpè li entène lopital depi yè. — Devan danje, moun ou panse ki poul mouye ka parèt brav. — Li sere woulo lajan yo nan yon kofrefò. — Denye pitit mwen an se yon etidyan dezyèm ane nan yon inivèsite meriken. — Se yon soup ki chaje ak vitamin. Li bay fòs. — Syèl la kouvri ak nyaj depi twa jou. — Ou pa bezwen yon kle pou demare machin nan. Ou ka fè sa ak yon bouton. — Ti gason, met boudenw yon kote! — Li antre nan reyinyon ak yon lide. Li sòti ak yon lòt. — Kouman tan an ap ye samdi. Li ap fè cho anpil. — Li chape anba yon atanta. Kouyeya, li deside al dèyè moun ki atake l yo. — Dènye volonte papa m, sete ensinere l lè li mounri. Nou te respekte sa menmsi anpil moun nan fanmi a pat dakò. — Si ou tonbe nan eskalye, zo rèldo w ka kase. — Jan rete nan yon bèl kay nan yon banlye tou pre kapital la. — Konbyen pitit ou genyen? Mwen gen 3 pitit: yon fi, 2 gason. — Babin misye tèlman long, lè li bese tèt li, babin nan touche pwatrin li. — Yon ofisye vini nan bouk la pou rekrite jèn gason pou lame. — Gen yon kous sou teras la pou tout timoun ki gen yon pogo. — Li toujou gen yon admirasyon pou pastè a. Sete yon desepsyon lè li aprann sa li te fè. — Ou konnen istwa David ak Golyat la? Pa janm gade moun sou aparans. — Si ou kontinye frekante moun sa yo, a ap fini nan prizon. — Mwen pap pran ponya nan men bakoulou. — Lè Jan lage Mod lakay li, li jis di li Bonswa, san okenn emosyon. — Ti Fifi ap pase mizè kay yon tant li nan Pòtoprens. Se lawont ki fè li pa vle tounen lakay li. — Mwen sezi lè m tandi Ivon di madanm li pou li fèmen bèk li. — Gen yon mankman gazolin nan peyi a depi yon semenn. — Li pat gen likid, mwen oblije peye l ak yon chèk. — Pastè a mande fidèl yo pou bese tèt yo pandan lapriyè a. — Li ale Nouyòk, nan 2 zan li voye chache tout famni li. — Li bezwen fè yon gato, men li pa gen esans vaniy. — Lè yo nan dènye ane lekòl primè, tout etidyan nan peyi sa a dwe pran yon ekzamen ofisyèl. — Te gen disèt moun nan bato a. — Jodiya, nan lamès la se dyak la ki te preche. — Li vle wè machin nan anvan li achte. Li di li pa janm achte chat nan makout. — Li pédi chen li a. Li ofri yon rekonpans de 1000 goud pou moun ki jwenn bèt la e ki pote l ba li. — Moun yo sezi aprann ke yon pwofesè nan lekòl la se yon rapas ki te konn vyole fi nan klas li a. — Pa gen yon vòl dirèk ant Pòtoprens e Bogota. — Lèv mwen fann. Se fredi a wi. — Nan pwen yon dan nan bouch grann mwen ki pou li. li pote danti. — Se parenn mwen ki te ban m jarèt ki fè mwen rive kote mwen ye a. Li te ede m anpil. — Si ou peze pedal la dousman, machin nan ap avanse. — Demen se vandredi sen, se konje. — Silabè kounyeya gen imaj. Sa ede timoun aprann pi vit. — Yo nonmen Patrik direktè lise bouk la jou ki te 4 jiyè a. — Li ap kite peyi a nan 4 jou pou li al jwenn manman Miyami. — Nan tan lontan ou te konn wè kwachwa toupatou, nan kolwa otèl, nan ba kote moun ap fimen e bwè. — Misye pa chèf mwen. Mwen pa pran lòd nan men l. — Se yon fanmi ki ka miltipliye. Grann mwen te fè 9 pitit. Jodiya li gen plis pase 100 pitit pitit. — Minis la panse li ka twonpe entelijans moun ak sofis li yo. — Yon lisans pou kondwi se yon ka didantite. — Machin pa rive nan mòn la. Machann yo sèvi ak bouri oubyen milèt pou yo charye machandiz yo anwo sa a. — Veronik se non yon fi ke yo di te siye figi Jezi pandan li t ap monte mòn Kalvè a. — Tout Diyitè yo vin akeyi prezidan an nan salon ayewopò a. — Se pa sèlman yon aksidan. Se yon katastwòf ki mete dlo nan je anpil moun. — Jan li ap aji a se yon fason pou li mande sekou. — Kote lèt la? si ou di ou te mete l la a, fò m ta wè l. Li pa gen pye pou deplase pou kont li. — Lè w rive pou al nan ayewopò a. Avyon an ak pati nan 2 zè. — Misye pa sanble l kontan wè m. Li konn poukisa mwen vini. — Avèk lapli a, mayi yo pouse vit. — Samdi se jou lesiv nan kay sa a. — Se pa yon chenn lò ki nan kou li a, se yon mark>krizokal Si ou lwen ou pap wè sa. — Pastè a di sèvi lwa, se sèvi dyab. — Olye li sèvi ak yon mato pou li retire klou yo, li pran yon tenay. Sa pa mache. — Li se yon abit nan yon negosyasyn ant sendika a e patwon konpayi a. — Meday la menm gwosè ak yon 10 kòb. — Nou pwofite de fèt la pou rann yon tribi a granpè nou. Di kouman li reyisi kenbe fanmi a ansanm. — Fò w te vire adwat apre limyè. — Yon ti gresay ap fè boulon yo vin pi lach. Konsa w ap devise yo pi vit. — Mwen pa konn si misye sou oubyen si li dwoge, men li ap di yon seri de pawól san sans. — Yon soup, ou kenbe l cho. Lanmou, ou Kenbe l fre . — Yon moun ki gen tetanòs ka gen machwè rèd. — Sou plas la, gen yon bann pijon. — Li tire Kabwèt la de Lali a riyèl Nazon. — Doktè a di Magarèt li pa gen pwoblèm fizik. Ou voye l wè yon sikyat.' — Lapolis mache ak manifestan yo pou anpeche moun malonèt fè kraze brize lè yo ap pase nan zòn magazen yo. — Tout fanmi li rete aletranje. Sak ap viv nan peyi meriken, sa ki rete Kanada. — Li jwenn yon bous pou li al etidye lòt bò. — Ou pa ka rele sa enjerans si ou mande yon lot peyi pou antre zafè w. — Li fèt nan yon vil to rele Islamabad, li se yon paskitanè. — Anpil moun di lavi a se yon paryay. Se lachans ki konte. — Pou fèt la, li deside chanje bifèt nan salmanje a. — Ki asirans ke li ba ou ki fè ou panse ke li ap vini lendi? — Depite a makiye e mete yon rad fanm pou li te ka sove lè gouvènman an te voye solda pou te arete l. — Soumoun! Se sa anpil moun panse de mwen, paske mwen pa pè di sa mwen panse. — Pou li pati kite peyi, li pare pou li vann nanm li. — Polo pap travay, epi li ap kouri bèl machin konsa. Se fanm ki gen lajan ki ap okipe l. Li se yon tchoul! — Jan mwen wè Katrin kase sou do la a, li sanble li pa lwen akouche. — Ti makak sa ou wè a soti sou kontinan yo rele Amerik la, e non li se tamaren. — 3 solda nan patwouy la mawon. — Chak maten, minis la jis parèt nan biwo a; aprè sa, wa chache l, ou pap jwenn li. — Misye two lou pou travay. Se yon moun ki rapid e ajil ke nou ap chache. — Pousyè deyò a irite je m. — Mwen wè nan figi l ke te gen yon bagay ki t ap twouble l. — Eske ou achte òdinatè ou te vle a? Non. Mwen poko gen ase kòb. — Detektiv yo kwè ke se misye ki fè krim nan, menm yo pa rive fè li konfese. — Li ap agonize. Sa pap pran anpil tan pou li trepase. — Militan yo pare pour yo sakrifye tèt yo pou peyi a. — Anpil moun ki ap travay nan min chabon mouri de maladi poumon. — Li gen 2 semenn depi li ap sanble lajan lwaye a. — Li t ap travay nan biwo santral konpayi anvan li vin direktè yon branch an Ayiti. — Li oblije mennen m nan ayewopò a, men li pa fè l ak kè kontan — Mwen sot nan yon peyi kote yon vwazen se tankou yon fanmi. Bò isit la, ou pa menm konn kiyès ki vwazen w. — Prezidan a te elèv kay Frè Sakrekè yo. — Moun ki antrene ekip la fè yon bon travay. — Anpil gason ki jwe foutbòl ameriken gen blese nan tèt. — Nan yon yon peyi, yon nons se reprezantan diplomatik pap la. Li gen dwa ak privilèj yon ambasadè. — Granm maten solèy poko menm leve, li vin frape pòt mwen. — Li renmen mete rad fonse. — Papa li pa dakò ke li marye yon divòse. Li di li si li te yon bon mari konsa, yo patap kite li ale. — Mwen envite nan yon nòs, yo di mwen ka mennen yon moun avè m. — Eske Djo se yon doktè, mwen wè l ak varez blan e yon aparèy sonn nan kou l? — Manman Bènadèt malad. Li gen lapenn. — Nan kwen lari a, gen yon brikabrak kote ou ka achte yon mato dezyèm men. — Misye toujou kite tan pase lè li gen yon bagay pou li fè. Li di li travay pi byen sou presyon dènye moman yo. — Sou pis ayewopò a, mwen wè 5 avyon ki ap pare pou vole. — Soupyè sa a nan fanmi an depi 2 jenerasyon. Se lè fèt manman m mete l sou tab. — Dat pou pran medikaman a pase, se pou ou jete sa ki rete a. — Minis la vin nan reyinyon kabinè a ak sekretè l. — Lajan pa bay kè kontan. Men san lajan, paka gen kè kontan. — Yon kretyen pa ka lese rayiman fè dapiyanp sou kè li. — Li oblije kòmande tout materyo li bezwen pou kay la nan peyi lòtbò. — Ane sa a, Pola gen pou li desann ekzamen bakaloreya. — Mwen envite yon pakèt zanmi lekòl mwen nan fèt la. — Li konsidere pa gen telefòn tankou yon tray. Li pa konn sa yo rele tray. — Li gen yon nè nan do l ki domaje. Doktè di pou li pa koube ou fè gwo mouvman. — Nan koulwa tribinal la, gen yon gwo pandil ki pa mache. — W ap pran nan twa wa si ou al marye nan fanmi sa a. — Mwen pa janm konprann poukisa yo mete jiwòf nan manje. li pa gen bon gou. — Se moun lach ki voye wòch kache men yo. — Sak rive l la, se peye li peye sa li te konn fè. — Tout moun ki vin nan fèt la kite manto yo nan vestyè a. — li di li paka chita pale ak ak yon moun ki pa kanpe sou anyen oubyen kipa onèt. — Li pran pòz gaga pou yo pa mande l kont. — Pastè a baze predikasyon li a sou liv Jòb. Bondye bay, Bondye pran. — Li pat vle di bagay yo jan yo ye a, li t ap vire alantou sijè a. — Yo arete misye nan ayewopò a pase li t ap eseye monte avyon a ak ponya. — Pou pastè a, tout jèn gason ki pa pwotestan se sanzave. Li pa gade sa tigason li a ap fè deyò a. — Kolonizasyon Ayiti komanse jou Kristòf Kolon debake sou tè nou an. — Kilè lapè ap tounen nan peyi sa a? — Se yon lach ki renmen pèsekite`moun ki pi piti pase l. — Machin nan refize demare/ Se ka yon pwoblèm estatè oubyen batri ki febli. — Demen se yon jou konje pou ou. Pwofite pou ou repoze w. — Pitit la pèdi yon grenn zanno. M ap ede l chache l. — Se mèt najè li ye sou yon plaj prive. — Sa pitit sa a ap fè nan lari aprè minwi. — Mwen pa janm ka rive konnen tandans politik Patrik. — M ap chache kle a toupatou. e li te nan pòch mwen. — Kontribisyon pran 10% sou kòb li touche. Se sa yo enpo sou salè. — Pwa nwa gen anpil pwoteyin. — Lapolòy se yon peyi kote ou jwenn anpil katolik. — Pou li te peye lwaye a, li oblije mete nan plàn bag maryaj li. — Ana mande m pou m salye tout moun nan kay la. Mwen fè sa. — Li refè menm sa ki te fè li te ale nan prizon an. Li pa aprann. — Yon Farawon te gen pouvwa sou tout moun. Tout desizyon yo te tounen lwa. — Kristòf se sèl wa Ayiti te genyen. Yo te rele l Enri premye. — Premye sa mwen fè lè m rive se retire baboukèt la nan bouch chwal la e mennen li bwè dlo. — Diven Lanmès ke mwàn yo fè a pa fò tankou diven kòmèsyal yo. — Yon lè nan tan lontan, moun ki te rele tèt yo save te kwè ke latè te plat. — Amazon se yon konpayi ki te kòmanse kòm yon libreri enliy. — Nan kous la pari yo komanse a 1,000 goud. — Ou pa bezwen penyen chak jou si ou fè tikouri nan cheve w. — Li rete deyò kay pou li pale ak vwazin nan. Li refize antre. — Papa tinonm nan di li: "Se lè ou lakay ou, ou ka di ou mèt tèt ou". — Yon lè tout kachotri ap sòti. — Sida se yon maladi san remèd. — Yo pat bezwen di m Ale m vouzan!, pou te konprann plas mwen pat la. Je yo te di m sa. — Ou pa gen pou montre li anyen, ni pwouve ki jan de moun ou ye. — Ki siyati Mod kounyeya? Yo di m li marye. — Li mete yon kostim fen, ki tonbe byen sou li. — Avèk Entènèt, televizyon, moun pa prèske li jounal ankò. — Li panse Edmon te yon nonm estipid, li sezi aprann ke misye gen yon doktora. — Gen katolik ki panse ke sen yo ka fè mirak. — Chak vandredi swa, li al nan karismatik nan legliz pawasyal la. — Kapitenn nan di batiman a twò lou, li deside jete kèk bagay nan kal la nan lanmè. — Yo panse li ka rekonèt asasen an, se pousa Jij la konvoke l. — Kay sa a se presbitè a. Nan premye etaj la gen biwo pawas la. Pè yo rete nan 2e etaj la. — Awona li marye a ba li tout bagay, men li pè li paske fanm sa a pa jwe. — Mwen parafe memo a e voye li tounen. Konsa mwen pwouve ke mwen li l. — Pè sourit ka tounen yon maladi si li anpeche l viv. — Mwenpa janm wè yon tèt ki gen fòm sa a. Wa di yon bwat. — Benwa pa yon moun kanbral. Li jis ap imite yon vwazen ki gen janm li kanbral. — Li mete pitit la nan pansyona Mè Lali yo. — Konbyen fwa ou gade fim sa a? — Ou paka di ou se kretyen pandan w ap sèvi ti bondye. — Itlè, pandan 2è gè mondyal la, touye yon pakèt jwif. — Se yon pàn motè delko a genyen; li ap koute pi chè pou m repare li ke pou mwen achte yon lòt. — Pezantè se yon fò envizib ki fè tout bagay tonbe. — Li toujou mete yon chemiz blan pou li al travay. Eske se yon inifòm? — Li souflete dam man lè li aprann ke li t so denigre l man latte a. — Gen de baf lavi a ba ou, ou pa wè anwo ou pa wè anba. — Magali gen tèt gridap. Men li fyè de cheve l. — Mwen gen yon kouzin ki rele Nadin, se pitit fi yon tonton m. — Se pa laperèz ki fè moun yo pa al vote, se paske yo anbalan: yo pa fè youn nan kandida yo konfiyans. — Garaj la chaje ak zagribay. — Ichmayèl, nan Labib, se premye pitit gason Abraram. — Depi li ap fè yoga, li vin pi dousman. Li pa move pou nenpòt anyen ankò. — Gefra se konpozitè chan nasyonal nou an. Men se yon nonm yo te rele Lerison ki te ekri pawòl yo. — Se zo rèldo ki fè yon moun ka kanpe e mache dwat. — Se yon chat sovaj. Grif li toujou deyò. — Yon lyezon chimik se yon akoupman de 2 atòm ou plis. — Lontan ak 2 gouden, ou te ka al nan sinema. Jodiya, menm yon sirèt ou paka achte avè l. — Viktim balewouze zenglendou yo deside pote plent devan la jistis. — San yon kat sekirite sosyal, ou pa ka travay nan peyi meriken. — Blese nan bò dèyè dwat la pa vle geri. Mwen pral wè yon doktè pou sa. — Lè mwen mande li kouman li ye, li reponn mwen: Konsa konsa. — Vwèl ti batiman an chire nan gwo van yè a. — Yon endou se yon moun ki fè pati de yon relijyon yo rele endouyis. — Yon ekip malfètè bare l et volè tout kòb li te gen sou li. — Yon pòt avyon se yon bato de gè k ap sèvi kòm yon pis e yon baz pou avyon ak elikoptè yon lame. — Si fredite antre nan zo w, li ap bay doulè. — Menm lè li pa angle, li ka swiv sa aktè y t ap di gras a soutit yo ki te an franse. — Se yon gaspiyay pou kite limyè yo limen tout lajounen konsa menm lè ou pa la nan kay la. — Li glise nan nèj e tonbe sou dèyè. Li pa anyen ki kase. — Li rekonèt li te te siyen dokiman ak toutbonkonsans li. — Jij la anile maryaj paske li di fi pat gen konsyans lè li te di wi a. — Yo fèmen esklav yo nan kal batiman pandan tout vwayaj la. — Nan lakou a gen 6 kanna. Yo renmen antre nan base dlo bò baryè a. — Li ap reprann li apre operasyon an. — Bagèt optik sonnen chak fwa yo pase sou janm lepè a. — Mwen menm ou wè la, mwen pa janm tchoule bòs. — Pou deside ki ekip ki ap komanse woule boul la, abit la mande kapitenn yo pou yo jwe tonton ou palmis. — Yo defann moun benyen nan zòn sa a paske twòp moun neye nan dlo a. — Se yon gason onèt ki pap bay fi koutba. — Jan soufri yon blakawout. Yo te gentan rele anbilans pou li. — Mwen pran yon liy pou m ale nan randevou a. — Lè kè li kontan, li gen bonjan. Men lè li move, se pa pwoche l. — Depi li aprann nouvèl la, li refize pale, li ranmase kò li nan yon ti kwen nan salon a. — Ak dlo sa a ki ap degoute toutan an, ou mèt pare w pou peye konpayi dlo a yon bon kòb mwa sa a. — Li di li se pwotestan, e mande pou yo eskize l nan asiste lamès le dimanch. — Ou bezwen yon linèt pou file zegwi a, paske je li twò piti. — Si ou gen polyo, ou ka pase l bay lòt moun. Sa vle di, maladi sa a kontajye. — Jezi pran tout peche nou yo sou do li. — Se yon ajans ki fè rezèvasyon an pou mwen. M ap pati samdi. — Nazi yo te rive antann yo sou yon solisyon final nan yon reyinyon kote yo te deside yo t ap touye tout jwif. — Mwen te kontan Jak apre maladi li. Li parèt daplon. — Konbyen madanm Albè genyen? Kouman sa? Ou kwè li marye. — Mwen evite tout kontak ak vwazen an paske li gen Malozye. Li ka pase moun maladi a. — Nan fifi l, gen yon dousè ke ka kalme moun li rankontre. — Katye a vin pa bon kounyeya. Tout moun serye ak kouri kite l. — Chak maten e chak swa, mwen remèsye Bondye pou pwoteksyon li. — Li ap fè enteresan ak yon machin ki pa menm pou li. Se lwe li lwe l. — Lalwa yon peyi ta fèt pou li bay tout moun menm pwoteksyon. — Ou pa bezwen yon kle kola pou debouche boutèy byè a. Jis devise bouchon a. — Salnav kanpe bò rivay la. Li t ap tankk pechè yo tounen. — Li desann lavil pou li al peze kafe a. — Janèt fou. Yo oblije fèmen nan yon azil. — Sèvo yon moun andedan bwa tèt li. — Se tout yon seremoni pou abiye pitit sa a. — Glas la kraze e kite yon pakèt zenglen nan chanm. — Se pa nan peyi Dayi sèlman yo pale kreyòl. — Mwen di li, nan tout bagay fò li toujou chache bon kote yo. — Mwen fatige anpil, mwen pral eseye pran yon syès apremidi a. — Misye bwaze lè li wè jendam nan. — Katye a tounen yon zòn batay, paske 2 gwoup kriminèl vle pran l. — Chak tiray bòlèt, li jwe menm bi a. — Lajan Ayiti se goud, ero se lajan ki sèvi nan peyi Eròp yo. — Li fè yon aksidan ak machin li lwe. Erezman li te pran asirans pou li. Sinon li t ap nan gwo tèt chaje. — Batiman separe an de lè li t ap koule a. — Fi a sot nan mache ak yon djakout byen lou. — Gwo kay nan tèt mòn nan, se yon monastè. — Se moun lach ki kache men yo pou yo voye wòch. — Rete lwen nonm sa a, li ankolè. — Majorite Grèk se katolik òtòdòks. — Akilè fèt la ap fini? — Li pa gen cheve swa. Se pèmanant li mete. — Yo fè yon eksepsyon pou li, paske li te malad. Yo pèmèt li pran ekzamen li te manke a. — Zabèlbòk pran fanmi dam nan yon pa konprann. Li te di yo, li se yon gwo avoka. — Ejipsyen yo sèvi ak rivyè yo rele Nil la pou vwayaje e pote machandiz. — Lasòbòn se dezyèm inivèsite ki te fonde sou kontinan Ewòp la. Nou jwenn li nan vil Pari an Frans. — Depi li wè ti fi sa a, li pèdi kontwòl li, li mache bobis, li pale bobis. — Anvan fi a ba l yon kout pye, li gentan kite kay la. — Li gen yon avans de 5 mini sou ou. Si ou fè yon wout dekoupe ou ka rive jwenn li. — Si ou bezwen yon sètifika batèm, se nan presbitè a pou al mande pou youn. — Tout pati nan yon chadèk bon pou yon bagay. Menm po a. Yo fè te ki bon pou endijesyon avè l. — grangou se mizè, vant plen se traka. — Yo pa pran moun ki gen bab kabrit oserye. — Tout moun te panse se reve mwen t ap reve, lè mwen te di m ap vin yon doktè yon jou. — Elév sanble yon moun ki gen lespri li ki ap flote. Li pa tande anyen nan pwofesè a t ap di a. — Li kouche. Li pa tenyen lanp la. — Anpil Ayisyen pa gen kòb nan bank. — Jodiya se dimanch. Tout gwo magazen fèmen. — Si ou bezwen fè Masèl anraje, pale l de Pola, premye menaj li. — Insekticide touye ti bèt, se vre. Men li ka tounen yon danje pou lòt bèt tou. — Konpare a anpil lòt chen, yon terye se yon ti chen men ki chaje al enèji. — Mwen pa janm manje lapen. — Eritye yo divize divize tè a, olye yo travay ansanm sou li. — Yon dirijan san konsyans ka fè plis mal ke byen. — Li kòmanse diskou a frèt frèt, nan mitan li vin anime, e moun ki t ap tande yo te vin pi enterese. — Li tonbe. Li blese nan jenou. Manman l mete yon panseman sou blese a. — Yo di ti granmoun ki rete nan kay vèt la gen yon syèk depase. — Jano bezwen yon transfizyon, mwen pral ba san pou sa. — Minis kite ministe apre li fin akize prezidan ki te griyen dan sou li nan chita pale an prive. — Kandida di advèsè li a se yon kloun ki ka fè moun ri, men ki pa gen okenn pwojè pou lakomin li vle reprezante a. — Se te yon woutin chak samdi, li al nan sipèmache, epi fè lesiv. — Mwen goute yon kiwano kay yon zanmi, mwen pa renmen gou a, Li si. — Li te ka rive disipline ti gason an, li voye nan yon lekòl militè. — Mwen pa janm rate epizòd Langichat yo chak madi nan televizyon. — Li poko mouri, batman Kè a la toujou. — Mwen jwenn yon mesaj kode sou biwo papa m nan. — Jan mwen kwit vyann nan mwen degrese l nèt. — Gòl la twò kout pou rive nan mango yo. — Gouvènman an achte 5 avyon militè pou Kò avyasyon an. — Lwi te toujou yon moun piti. Poutan li byen manje. — Se pa sèlman obeyisans Kolon fransè yo te mande esklav. — Ouvriye faktori yo ap fè grè pou yo mande plis respè e chanjman nan kondisyon travay yo. — Betani se yon bouk ki nan Jide. Se la zanmi Jezi yo Mat, mari e Laza t ap viv. — Pedal bisiklèt la devise. Se yon danje si m wen monte l. — Moun yo t ap pran ti plezi yo devan cha kanaval lè kè jèn kòmanse yon lese frape. — Depi yon semenn m ap eseye chachewè direktè. — Kouvè chodye fèt ak fèblan. — Devan prèv avoka defans la, avoka ki reprezante ministè piblik la oblije metba. — Li te konn trete tout moun ki pa gen kòb de malpwopte. Jodiya li ap viv nan prizon. — Òdinatè a gen yon lojisyél pou koreksyon, men li pa rekonèt mo nan kreyòl Ayisyen. — Jozèf se yon ebenis. — Anpil liv timoun gen desen oubyen foto. — Mwen ta renmen ou defini sa ou di a. — Li renmen al laplenn kote li ka manje mange fèk keyi. — Se yon pakèt pawòl bidon li ap bay fanm nan. — Misye vekse paske yo mete l chita nan bout tab. Li pa konnen sete yon onè yo t ap fè l. — Ou ka sèvi soja kòm antre anvan gwo manje yo nan yon dine. — Gen delè fò ou pran chans nan lavi a. — Ou t ap anraje si ou ta fè yon bagay konsa. — Mwen rekonèt mwen fè Pòl ditò lè mwen pa poste lèt la. — Kay la ap vin pou mwen lè manman m mouri. — Yon flèv se yon gwo rivyè ki fini nan lanmè. — Mwen pa bezwen gen okenn relasyon avèk moun sa yo. — Gen yon divizyon nan pati a, se sa ki fè yo pèdi eleksyon an. — Moun yo ranpli boutèy yo ak lwil doliv. — Yo di l: "nan tcheke grenn sa a, yon lè w ap pran nan yon pongongon". — Mesye yo pèdi nan yon jwèt pokè a. — Jan se yon moun ki gen bon kè. Li toujou ap ede lòt moun e rann sèvis. — Mwen jis salye dam nan. Mwen pagen anyen dèyè tèt mwen. — Anvan ou antre nan vil la, ou gen pou travèse ou salin. Se yon kote plat, san pyebwa, san kay. — Vastey sete yon bawon nan wayòm ki te nan Nò peyi a, kote Anri Kristòf te wa a. — Mafya se yon òganizasyon kriminèl ki ka elimine w lè yo wè w ap deranje yo. — Misye ak de bouda l, li bezwen achte machin. — Papa m pa janm antre nan kay la ak soulye travay li yo. Li kite yo nan papòt la. — Mwen gen yon presantiman ke rankont la pap byen pase. Kè m ap sote. — Li gade m dwòl, li fè m malalèz. — Gen yon mank de dola sou mache, se sa ki fè goud la pèdi valè li konsa semenn sa a. — Prezidan an padonen tout prizonye politik yo sof yon sèl. — Mwen resevwa anfen repons ke mwen tap tann nan. — Mwen wè yon femèl bourik. Déyè te gen yon ti bourik. — Pou demantibile sistèm koripsyon, yo bezwen èd tout ayisyen. — Chanm ti gason a sanble ak yon pak kochon. — Jaki se yon gran manjè. Li ka desann yon poul antye ak yon gwo plat diti deyè l. — Se yon sajfanm. Li ede fanm ansent anvan e pandan akouchman. — Pou ou koupe papye kado a, swiv pwentiye yo. — Mwen pa kwè misye lè li di m li se kouzen m, paske pa gen moun nan fanmi m ki rele Jèmen. — Jij li nan je akize a yon inosans, se sa ki fè li pa kondane l. — Lè a télman konprese, menm respire li difisil pou kèk moun respire. — Se 2e tòm liv la, librè a di m. Ou li premye a deja. — Gouvènman an ap menase menase opozisyon an. — Lalwa bò isit mande pou mete timoun ki poko gen 7 lane chita sou chèz dèyè. — Kounye, nan lè travay, pou pouse yon nway sigarèt fòk ou sòti deyò.' — Pè a beni moun yo anvan yo kite legliz la. — Ti nonm sa a sanble yon moun ki gen yon madichon dèyè li. — Depi douvanjou, misye yo pati al fè la pèch. — Liberalis pap janm rive pran pye an Ayiti. — Chak fen lanne, parenn li toujou fè bèk ak li. — Menm lè jounal la fè sòti yon nòt pou li di ke yo te fè yon erè lè yo mete non Toto nan lis volè yo, atik la sal non Toto pou toujou. — Nan renmen pa gen plas pou manti. — Madlèn ap voye pwen pou chikannen vwazin nan. — Li gen yon grip avè l depi yè. Li pa al travay jodiya. — Madan Jozèf gen lè ap bwote, men wè piti li yo ap mete mèb nan yon gwo kamiyon. — Ou paka chanje yon chèk nan bank sa a si ou pa gen yon kont avè yo. — Fanm sa a se moun ki konn machande. Li rive achete valiz pou mwatye pri yo te mande l la. — Se nòmal pou radyo a pa mache, li pa ploge. — Yenn se adoken yo sèvi nan peyi Japon. — Si ou swiv flèch sou twotwa yo, w ap rive nan mache a. — Se yon pafen siperyè, se sa ki fè li vini nan ti boutèy e li koute chè. — Yè swa, pitit la te gen yon fyèv. Tanperati l monte 38.7°C. — Li fè Bondye konfyans, Li remèt tout bagay nan men li. — Mwen pat envite latriye moun sa yo. Kouman fè yo antre nan fèt la? — Lè m te piti, marenn mwen ban m yon zenga Se avé l mwen te kòmanse poulaye m nan. — Youn nan plan Blan franse yo se te pou yo depòte tout chèf nwa ak milat ki ta ka ba yo pwoblèm. — Nan fèt sa ou jwenn tout graten vil la. Moun ki gen non, lajan ak repitasyon. — Si ou mete w nan plas mwen, w ap konprann poukisa mwen pran desizyon sa a. — Si ou konnen ou pap la jou eleksyon an, ou ka vote kòm absan. Jis mande yon bilten pou moun ki absan, ranpli l,byen fèmen l nan yon anvlòp ofisyèl, e voye l pa lapòs nan biwo Konsèy elektoral nan zòn kote ou rete a. — Apre li fin pran retrèt li, li decide viv retire. — Twòp lanp limen nan kay la. Touye kèk ladan yo! — Se ektò ki t ap anime reyinyon an. — Tout moun konnen ke se madanm li ki kòmande nan kay la. — Premye minis la pa sanble li gen latitid pou li pran gwo desizyon.', — Se yon wout jennen, pou vire machin nan e kase tèt tounen pou, chofè oblije fè anpil mannèv. — Lè m te piti, chak dimanch, nou te konn jwe monopoli an fanmi. — Bouya se siy ke imidite a wo nan lè a.bouya sa, nou pa ka wè lwen. — Pyè fè yon digdal lajan nan bòlèt. — Pandan operasyon an, doktè a dekouvri yon bagay ki pa nòmal nan trip li, li pran yon echantiyon pou yon byopsi. — Fisèl la makonnen. Li ap pran tan pou demare yo. — Se yon nonm brital. Li maltrete timoun yo. Li bat madanm li. — Li se yon sitwayen Pòtigal, sa vle di li se yon Pòtigè. — Chak samdi mwen wè dam sa a ak yon lòt gason. — Akwobat sa a vreman bon. Li kenbe ekilib li sou yon kòd rèd. — Sik pa bon pou moun ki fè dyabèt. — Nan peyi sa a lavi moun pa konte. — Nouyòk se pa yon kote mwen renmen. Vil la gen twòp moun. — Mwen mete rad mwen fèk fin lave a sou yon kòd nan lakou a pou yo seche, — Bra ak janm se 4 manm nan kò yon moun. — Mwen wè l sòti nan yon otèl louch — Fanmi m te pran yon kou lè papa m te pèdi travay li. — Sida pa konn moun rich, li pa kon moun pòv, si ou pa pran prekosyon. — Yo di ke gen plis pase 10 prizonye ki disparèt nan prizon santral la. — Si ou bezwen montre kè kontan w, se pa rad gri sa pou mete. — Matant mwen toujou mache ak yon poban tabak nan sak li. — Lè ou pile yon moun, fò ou di l padon. — Te gen yon eskonbrit devan magazen. — Mwen pa konn kisa li te vle di lè li mande m si mwen pa pè. Pè kisa? — Moun sa yo pa konn sa yo rele moute chodyè. Se nan restoran yo manje. — De Saltrou, Jeremi parèt yon peyi pèdi. — Misye jwe yon wòl enstrimantal nan konpayi a. — Lè ou pliye tou dwèt nan yon men, ou gen yon pwen. — Yo mete li deyò nan lekòl la paske yo jwenn li ap pran poul. — Yo mare bouch senatè a, lè yo di l si li denonse gouvènman an nan paleman an y ap mete tout vye koze l nan lari. — Lè w ap kondwi, ou rive devan yon siy ki di Rete!, fò w rete. — Limyè a vin fèb. Mwen mande poukisa? — Se yon nonm reskonsab. Si li di li kapab fè travay, Li ap fè l. — Chak dimanch, manman m chanje nap sou tab kwizin nan. — Pou evite rim chalè a ane sa a, doktè preskri yon remèd pou alèji. — Misye se yon zanmi. M ap mete men m nan dife pou li. — Kou li sòti, fèmen pòt la ak kle. — Apre tantativ asasina ki te fèt sou depite, lapolis deside bay tout palemantè yo pwoteksyon. — Machann Sara yo pase tout vwayaj la ap jape. — Li blese nan avanbra li. — Li frape mato jij la 3 fwa anvan li bay santans la. — Solèy poko kouche li gentan mete pijama pou li al dòmi. — Li pèdi bra goch li apre yon reken te fin atake l. — Nan lanmès, kretyen katolik yo reyini ansanm pou yo bay Bondye glwa, priye youn pou lòt e resevwa kò Jezikri. — Nan Labib nou jwenn yon liv yo rele Samyèl. — Pandan li t ap patinen li tonbe e kase zo kwis li. — Ki otè Jeral? li parèt wo pou laj li. — Pou li ka rete alèt li bwè yon tas kafe. — Ki jou jodiya ye si yè te mèkredi? — Jan li ap viv bandaman konsa, ou ta di li gen lajan. Se nan prete li ye. — Li poko ale lekòl, li gentan ka konte jiska mil. — Volè an palto panse yo pi entelijan paske tout moun. — Lè ou pa travay di pou yon bagay, ou pa vrèman konn valè l. — Michèl sòti nan kay la andènye. Tout moun te gen chita nan otobis la. — Yon radyo anonse ke prezidan ameriken a debake Ayiti. Sete yon pwason davril. — Madanm nan depanse swe travay mari nan vwayaj. — Pou reyisi nan lavi a, ou bezwen anpil pèseverans. — Konpayi a gen sal teyat pa l. — Gen yon pakèt lòt peyi panyòl ki rele lajan yo peso tou. — Li sote tout paragraf ki fè l plezi. — Lavèy joudlan an magazen yo fè anpil pwofi. — Pwofesè latin an rele Odèt. Li rijid, men li jis. — Mwen pa konn sa Jak di Ivèt ki fè Ivèt ba l kalòt la. — Mèt kay la mande pou mwen peye twa mwa lwaye davans. — Se yon bon dòmi ki pou desoule Jak. — Li te renmen graten anpil anvan yon grenn diri te kase yon dan li. — Ayiti bezwen bon lekòl. — Gen yon siy nan baryè a ki di "Atansyon, chen mechan nan lakou a!" — Gen lontan nou pa gen kouvrefe nan peyi a. Te gen lapè. — Kelkeswa kote mwen ye, mwen pap janm bliye ke Ayiti se kay mwen. Se la lonbrik mwen antere. — Ekip volebòl lekòl nou an sòti chanpyon ane sa a. — Misye se yon moun san kritè. — Li konside pitit li a tankou yon benediksyon, yon byen Bondye. — Ak longvi a ou ka wè bagay ki lwen. — Travay yon notè, se pwoteje moun ak konpayi pou yo pa pran nan dokiman. — Papa madanm mwen se bopè mwen. — Depi danbala Kò likid sa pran misye, fòk li al dòmi. — Lapannkot fè nou sonje jou Lesprisen te desann sou apot Jezikri yo. — Li kite lame. Li se yon sivil kounyeya. — Se yon mouvman integris ki vle bani tout liv ki ka pèmet ou reflechi pou tèt ou. — Misye lage volan an, jis pou li bay cho. — Misye fè karate. Li gen yon senti nwa. — Achte yon kay, se yon envestisman alontèm. Li pa pote benefis touswit. — Tout prekosyon te pran yo te initil. Nou pat janm an dange. — Li fèt yon jou ki te 25 me. Siy li se Marasa. — Li gen yon vwa bariton. — Vit machin nan twoub paske li sal. — Richès konn fè moun pèdi tèt yo. — Moun pa voye lèt pa lapòs ankò. Yo voye sa yo rele emèl ou pale dirèkteman. — Polin toujou mete pantalon olye de jip paske li soufri de venn anfle nan janm. — Chofè a mande tout moun ki ta gen yon bezwen natirèl pou yo ale anvan machin nan demare. Li di li pap rete sou chimen. — Nan estad la gen yon seksyon pou malere; youn pou moun rich. — Mwen bourike pandan mwa an. Mwen pa wè sa mwen touche pou sa. — Li aliyen vè yo sou kontwa a. — Nan fakilte Medsin inivèsite sa a, gen yon klas yo rele frenoloji ki, dapre sa yo di, ka pèmèt ou predi konpòtman yon moun dapre fòm zo bwa tèt li. — Nan gwoup la, Bètran se yon poto. Se li ki kenbe nou ansanm. — Diven yo sèvi yon diven kontamine. — Kandida a pale anpil de reformis sosyal. men li pat kapab eksplike sa sa vle di. — Gen de moun ki pata renmen peyi a chanje, yo ap rich sou lamize pèp la. — Solye l sal ak labou. — Misye gen yon langaj dekolte. Li pa di 2 mo pou li pa di yon gwo betiz. — Mè gen bowo li nan yon kay yo rele Lakomin. — Pou li pa bay fanmi l kè sote, li pa di yo si li pral fè operasyon. — Anbasad Kanada a pa sou wout Delma a ankò. — Pou kenbe gou zepina a, se chode pou chode li sèlman. — Li pwoche bò kay la, e li tande moun ki tap pale e ki tap ri. — Kiyès ki mete ze yo nan bak legim nan? li mande timoun yo, lè li ouvri frijidè a — Lapolis fin fou ap chache chimè nan katye. Yo tout pran rak. — Li sispèk madanm li ap ba l zoklo, li peye yon detektif prive pou swiv li. — Tout pwofesè nan lekòl sa a se ansyen nòmalyen, sa vle di moun ki al lekòl pou yo ka anseye. — Gen anpil moun vini Etazini. — Se yon zòn ki pa gen anpil moun, men ki chaje ak pentad mawon. — Premye etap nan yon travay rechèch se dokimante w byen, sa vle ranmase enfòmasyon. — Tout meriken ak viv nan yon konte, se tankou sa you rele yon awondisman nan peyi Dayiti. — Tout moun panse li te yon timoun timid oubyen li te pè moun, jiskake doktè di li soufri de yon kondisyon yo rele otis. — Premy minis la pa montre okenn detèminasyon pou li konbat krim nan peyi a. — Rablè, se pa yon non ou rankontre fasil an Ayiti. — Bagay yo pa klè menm, ondirè, yo ap vin pi mangonmen chak jou. — Mwen pè afiche m ak misye, paske li pa gen bon renome.' — Doktè a di fò m fè antansyon ak sante. Manje byen, fè ekzèsis. — Magrit se yon ti pwason ki gen anpil koulè. Ou jwenn li nan dlo dous ki fon. — Ki zak kriminèl li fé ki fè li nan prizon? Li te touye yon moun. — Se yon moun depanse adwat agoch. Moun ap mande kote li jwen lajan yo. — Magazen an fè Livrezon gratis pandan tout seson fèt la. Men fò w achete pou plis pase 100 goud. — Lè ti bebe ap fè dan, yo bave anpil. — Se kòb ki enterese direktè lekòl sa. Reyisit elèv? sa pa di l anyen. — Kati vin pli kal depi li tounen kay manman l. — Li vin yon prensès, lè li marye ak yon prens. — Wòb nan vitrin nan te atiran. Se sa ki fè mwen achte l. — Mwen bezwen ranplase televizyon sa a pa youn ki pi modèn. — Yo sèvi ak yon tab woulan pou yo pase manje manje nan chanm malad yo. — Lapolis nan peyi sa a sou kont Ministè jistis. — Se dlo distiye sèlman mete nan yon batri machin. — Li nan prizon pou yon vòl nan yon magazen lavil la. — Doktè a di jan jenou a ye la a, se operasyon pou li fè. — Mwen sipoze ou gen yon rezon pou fè sa ou fè a. — Ti gason an ap mache san pantalon ak pijon l bandye. — Nan tranblemantè 2010 la, 2 gwo militan dwa fanm te pèdi la vi yo. — Li chaje ak kòb, men li konpòte li tankou pòv, paske li chich. — Kata se yon peyi arab. Anpil moun la se mizilman. — Se vide ou al vide konsyans ou lè ou ale konfese. — Jera pa janm pale de papa l. Li te ti bebe lè papa l te mouri. — Pola tresayi lè Patrik mete men li sou zepòl li. — Li ap travay nan yon kabinè avoka. Li se youn nan sekretè yo. — Tijan ka tounen lekòl lendi, se sa doktè a di. — Se yon siy depresyon lè yon moun aji tankou anyen pa di l anyen. — Gouvènman an fè alyans ak bandi e malfètè yo. — Misye renmen diskite, li ta fè avoka byen. — Moun ki fimen gen ki plis chans pou yo gen kansè nan poumon ke moun ki pa janm fimen. — Nan mitoloji, yon chimè se yon bèt dwòl ki gen yon tèt lyon, kò yon kabrit ak yon ke ki sanble ak yon koulèv. — Anvan li parèt devan kamera televizyon a, yo poudre l. — Mwen ofri li yon tas kafe, li derefize. — Anpil moun di li se nonm bourik. Yo dekouvri ke li aji konsa pou moun pa dòmi sou li. — Se evèk archevèk ak kadinal ki pote mit. Pè pa gen dwa pote yo. — Paleman pase yon lwa kont pèpè, men ti machann yo leve kont li. — Lapolis dekouvri yon sak mariwana nan yon machin. Y ap chache mèt li. — Nan travay li a, Jera toujou ale dousman pou evite rayisab kolèg li yo — Li gen 2 chèk pou li ap depoze labank. — Sou chak tak nan restoran a, gen yon ti boutèy sòs piman, anplis de pwav ak sèl. — Yo fè 3 zan nan plasaj anvan yo te rive marye. — Yo kite timoun yo nan kay la poukont yo pandan tout yon jounen. Se zak moun iresponsab. — Li tonbe sou yon cheval e kase janm goch li. — Jaklin gen 2 pitit e 5 pitit pitit. — Senmèl soulye sanble gen twou. — Pat gen asez chèz pou tout envite yo, nou al chache bankèt ki te nan sousòl la pout tout moun ka jwenn yon kote pou yo chita. — Avoka sa a konn plede devan tribinal! — Li ap viv anpòv pou moun pa konn afè l. — Timoun yo dòlote pa konn kouman pou batay ak lavi a. — Kanson a trò gwo pou ti bonnonm nan. — Siklòn nan sou nou toutbon. Lapli a vin pi fò e van kòmanse sekwe kay la. — Volan machin nan sal. Fò w lave men w aprè ou fin kondwi. — Lè m te fè k konn Maryo, li te parèt yon gwayil. 5 lane apre, mwen dekouvri yon nonm ki fen, yon pouchon. — Yon moun toumante pa ka rive pran desizyon pou kont li. — Lè li tande pri machin nan, li sekwe tèt li. Li past ka kwè sa li te tande a. — Pat gen kamyonèt akoz de grèv la, mwen oblije pran wout la apye. — Mwen resevwa yon kat postal de Jak, li te a Pari semenn pase. — Si ou achte kola yo pa kès, yo ap koute w pi bon mache. — Fi a gen yon istwa ke li pa fyè de de li. — Pou li ka antre nan biwo dam li, li di li bezwen yon kreyon. Se te yon preteks. — Manifestan yo kraze vit devan machin yo. — Gouvènman an bouke vyole konstitisyon an. Kounyeya li vle chanje l nèt. — Li pa gen anyen pou li wè avèk krim nan, men kòm lapolis konnen se kriminèl li ye, yo arete l kanmnem. — Yon lanbi se yon molis ki gen yon karapas. — Tranblemantè kreye yon kalamite ke gouvènman an pat ka jere. — Sa ou fè a, se yon lave men siye l atè. — Li mete yon wòb ble ak yon soulye menm koulè a. — Li di li se yon desandan Desalin. Men li pa gen prèv pou montre sa. — Bon timoun obeyi manman ak papa yo. Bon sitwayen obeyi lwa peyi yo ki jis. — Legliz pwotestan se rezilta divizyon ki te genyen nan legliz katolik nan 16è syèk. — Li ap travay pou ministè touris, li se yon tchoul. — Li tonbe nan ekzamen a. Yo bay rezilta yo maten an. — Doktè a mande la si li konn bwè, li reponn: "Wi, dlo ak kola!". — Mwen pa vle yo jije m dapre sa mwen genyen, men dapre sa mwen ye. — Nouvèl la ban m yon gwo sezisman. — Li vire kou li wè mwen, pou li pa salye l. — An Ayiti, yo manje patat tout jan: bouyi, an fritay ou sou fòm pen. — Lontan de gouden te vo yon bagay. Jodiya menm yon sirèt ou pa achte avè l. — Jan de fig sa yo ou pa jwenn yo nan peyi Dayiti. Se nan peyi ki nan zòn Mwayen Noryan yo ou jwenn yo. — Moun yo te byen dekoupe nan restoran an. — Pola gen yon bagay sou konsyans li ki ap boulvèse li. — Pase yon fo chèk nan peyi sa a se yon gwo krim. — Li bakle travay la, men oblije rele yon lot moun pou refè l nèt. — Dyòl santi ka yon siy yon enfeksyon ou genyen nan bouch oubyen nan yon lòt pati nan kò w. — Pyè twò entelijan pou li tonbe nan pyèj ou a. — Tonton m sa a se yon do kiyè fè. Pou li ba w yon goud, se pou li wè w ap mouri. — Li paka ale lekòl jodya paske li ap soufri ak yon doulè règ. — Li di se mari l ak jinekolog li sèlman ki ka wè chòchòt li. — Se yon kòb yo bay swadizan pou ede malere. Li al nan pòch zotobre yo. — Mwen te kouche byen bonè, men mwen pat ka dòmi. — Li koupe twal la nan sans longè. Se pa sa mwen t ap tann. — Tazmani se yon gwo zile ki tou fè pati de Ostrali. — Nan komansman lamès la, se limyè bouji ki kle legliz la. — Mwen dechire lèt la lè m fin li l. — Yo deside pou yo pa di yon mo sou sa ki rive yo. — Avèk premye minis sa a, Ayiti se yon peyi pèdi. — Rido kay sa toujou fèmen. — Li poko konnen si li ap jwenn yon plas nan avyon an, yo mete li nan estannbay — Li blese nan pye. — Yè, Jan achte yon òdinatè tou nèf. — Manje a poko pare. tonen nan 30 minit. — An Ayiti, se yon tradition pou fiyèl al kay parenn ou marenn le 1er janvye pou swete yo larezone. — Li panse yo paka dezonore moun ki gen lajan. — Ogisten se bòfrè m. Li marye ak yon gran sè m. — Si grèv jeneral la pran, anpil moun menm sila ki pap travay nan konpayi a ap soufri. — Se lavi ki fè li pati e kite fanmi l dèyè. — Li konnen yo pare yon po kann ak foumi pou li nan katye. Se pou sa li chache evite tout moun zòn nan. — Lontan, anpil Ayisyen te panse tout Meriken rich. — Li te bliye touye flanm anba chodyè a. Se sa ki fè li kouri tounen. — si ou bezwen wè zwazo yo rele flanman a, se pou ou ale nan zón Letan somat. — Lè li di mwen se blan ewopeyen kite pote sivilization ban nou. Mwen reponn, Wi, sivilization lanmò. — Konsa ou deside pati, kite tout bagay dèyè. — Mwen bay Sara kle kay la. Konsa li ka vini nenpòt lè. — Yo bife non tout envite ki pat reponn pou di yo ap vini. — Misye pa Paraguayen. Li se yon Brezilyen ki ap viv nan peyi Paragwe. — Avoka di li pou li pa di anyen, si yo ta poze l kesyon. — Travay li se netwaye biwo a lè moun yo ale, e vide poubèl yo. — Vwazin nan se yon tchòtchòwè, li toujou bezwen konn zafè moun. — Li vle ale nan paradi, men li pa vle mouri. — Ak chalè sa a, w ap swe, w ap pèdi dlo, fò ou bwè anpil. — Bouk la pa gen yon estasyon ponpye. Si gen dife se nout moun ki vini pou ede touye l. — Se jis yon akolad. Pa gen anyen dwòl nan sa. — Mwen pa ka li lèt la, fraz yo sanble majigridi. — Ou pat byen mezire pantalon an, se sa ki fè sa ou achte two piti. — Jan te pote yon chemiz vè pal, yon kòl wou grena ak yon pantalon nwa. — Mache a chaje ak aladen, tout se jèn timoun. — Li sèvi ak yon move mèch pou fouye twou nan mozayik la. — Li pa gen tan, li oblije yon lesivèz pou lave rad li yo. — Gen yon envazyon foumi nan lakou. Yo toupatou. — Espè eseye montre ke gen yon rapò ant lamizè e zak kriminèl — Li pran pòz pòv li, men li chaje ak adoken. Sa li mete labank. Sa li sera anba matla. — Se yon zòn ki chaje ak bouzen sou twotwa kou solèy la kouche. — Ezekyèl se non yon liv nan lansyen testaman. Ou jwenn moun ki pote non sa tou. — Misye nan mande prete, paske li san sen kòb. — An mwayèn, lopital la resevwa resevwa 130 moun chak jou. — Tayino se non youn nan tribi ki peple peyi a anvan espayòl dekabe an 1492. — Li san anyen apre dife a ki te boule kay li a. — Direktè a voye yon mesaj bay tout anplwaye pou li anonse yo chanjman ki pral vini yo. — Nan inivèsite sa a, gen plis pase 20% etidyan ki kite sa chak ane. — Mwen gen yon randevou kay doktè aprèmidi a. — Se yon moun ki adapte l ak nenpòt sotiyasyon. — Manje a t ap pi bon si li te gen plis zepis. — Fi a pa vle bay piti li a tete, li pito bay lèt ki sòti nan faktori. — Yo agrese l nan yon tren. — Ti gason an gen yon bwat mab chelèn, li pa janm jwe ak yo. — Jako pran pòz tèt di li pou li pa fè travay la. — Yon gèp pike l nan jarèt li. — Mwen pase plis ke 18 lane sou ban lekol. Mwen pa yon enbesil. — Pòl pantan nan dòmi a paske li te ap fè yon move rèv. — Si m pat konn pran pasyans, mwen t ap fè gwo kolè. — Atèn se kapital peyi Lagrès. Yo di se la lonbrik demokrasi antere. — Lè m nande l pou li ede, li di m debouye w poukont ou. — Pwostaktetomi, se yon operasyon kote yo retire pwostate yon gason. — Li move paske mari l gade yon lòt fi. — Tan an fèmen. Lapli pral tonbe. — Se yon pyès teyat ki fè moun griyen dan yo, tèlman li gen sèn komik. — Bondye beni timoun ki respekte granmoun. — Li pase yon echap nan kou l anvan li sòti, paske li fè frèt deyò a. — Dam sa gen repitasyon konyapis, se sa ki fè gason serye rete lwen l. — Mwen envite Pòl ak Mari nan nòs la. Toulede di m yo pa ka vini. — Misye ap panse ak yon mannèv pou li pran kòb granmoun nan. — Sak siman an twò lou. Se 2 moun ki pou leve l. — Minis la gen yon machin blende. — Li antre nan bibliyotèk la e kòmanse mande moun pou siyen yon petisyon kont avòtman. — Twotwa yo chaje ak glas. Li mete kranpon anba soulye li yo pou li te ka sòti. — Li fè alèji ak berejèn, se sa ki fè li pa vle manje légim nan ki gen berejèn ladan. — Chantaj se yon mwayen pou nou fè li pe bouch li, yo te panse. — Li ban m kenbe k`ob la pou li pa depanse l. — Pran lanmè nan tanpèt sa a se yon gwo ris. — Konbyen tan maryaj dire nan peyi sa a? Pa plis ke 10 zan. — Mwatye timoun nan klas la gen azoumouou. — Kandida a pè rankontre fasafas ak opozan li a. — Mwen aprann ke chantè tout moun te renmen al nan peyi san chapo. — Mèt boutik la gen yon pri espesyal pou pratik li yo. — Mwen sezi wè li salye mwen. Mwen panse aprè aksidan semenn pase a, li t ap vag sou mwen. — Depi aksidan an, li bwete. — Diskisyon an pa ale byen, chak peyi parèt al kondisyon ke lòt yo paka aksepte. — Mwen wè Fènan ki ap souse yon piwouli. — Le vandredi, yo sèvi boulèt pwason nan kafeterya a. — Ki pwoteksyon w ap ba li, si li denonse malfektè yo. — Se yon bon lekòl. Li se yon tranplen pou antre nan yon bon inivèsite. — Tout moun rele l Jojo, menm non batèm li se Jowèl. — Ti granmoun sa a gen 2 chat kaliko lakay li. — Se yon lekòl ki ekzijan. Si ou pa fè mwayèn 7.5, yo ap mete w deyò. — Jij la mande li pou li rete lwen fanmi li vyole a ak tout rès fanmi l. — Li panse desten l se vin yon gwo achitèk. — Li wè yon lonbray pase devan l. Li retire manchèt la nan fouwo li, pare pou li defann tèt li ou atake. — Depi tinonm sa a te toupiti, li te di se mwàn li pral fè. — Nan tout matant mwen yo, se sèl Katrin ki gen bonjan. — Nan chak chanm otèl la, gen 2 ou 3 pochèt alimèt, mwen pa konnen poukisa, paske moun paka fimen nan chanm yo. — Li poze pwoblem nan tout jan pou li wè si li ta jwenn yon solisyon. Li pa rive. — Jako a repete tout sa jennonm konn di. — Li pa reponn mwen. Mwen panse li pat tande sa mwen di a. Mwen dekouvri aprè ke li te jis vle ban m vag. — Li ban m telefòn li, men mwen pa gen entasyon rele l. — Se yon militan politik ki toujou ap plede pou respè dwa moun. — Pou ou chanje anpoul nan plafon an, ou bezwen yon nenchèl. — Majistra a gen biro l nan lakomin. — Mwen pa mele ak moun sa yo. — Jij la mande pou yo li yon lòt fwa ankò pwosèvèbal lapolis la. — Pa janm di ou pap janm fè yon bagay. — Se twaze sèlman li ka twaze m, anyen ankò li pa ka fè. — Ane pase ekip la te chanpyon nan chanpyona premye divizyon. Ane li pa remèt anyen. Yo desann li nan dezyèm divizyon. — Chak mwa, li depoze yon boukè flè sou fòs manman l. — Lontan nan anpil kay gwo zotobre, ou te jwenn yon majòdòm ki te la pou kenbe lòd nan kay la e pami lòt domestik yo. — Yo refize ba l yon lisans pou gen zàm, paske li konn fè kriz de nè. — Anvan li rive nan bouk la, wout la tounen yon fouchèt avèk yon branch ki ale na mòn nan, youn ki al sou plaj la et dènye a pou ou pran pou antre an bouk, — Kannon ki nan sidadèl la se yon atik. Li la pou dekorasyon. — Prezidan an vle moun respekte l, pandan li ap derespekte tout moun li pa renmen li ou ki opoze lide li. — Labouyi a twò likid. Li sanble manje bebe. — 2 prezidant yo chita pand 2 zè pou yon pale. — Direktè pase nan biwo pou li felisite. — Mwen toujou pote kanè ak gwo not. Papa m pa janm felisite. — Li pat konn ak kimoun li te an afè. Se sa ki fè li rele sou li e di di l pou li pe dyòl li. — Branch pyebwa sa a prèt pou kraze fenèt la, fò ou taye l anvan li twò ta. — Fè atansyon a nonm sa a. Li fè sèman li ap tire revany pou sa ou fè li. — Men mwatye moun sou tè a konprann angle. — Jansenis la se yon mouvman religye ki te pran rasin an Frans. — Yè aprèmidi, katrin pase tan l ap ranje chanm li. — Bibliyotèk mobil la rive nan bouk la. Anpil moun vin prete liv. — Fè chelbè pa rapòte w anyen. Sa y ap tann de ou se montre sa ou vo. — Moun ke etidiye zwazo di ke gen plis pas ven espès fokon. — Lanmò granpè toupre. Doktè a di nou fò nou prepare nou. — Li t ap pare l pou li bay Jan yon salad lè li vin wè l. Men Jan pa met pye lakay li. — Nan kamyon an te gen 10 bal koton ak 5 bal pit. — Anpil moun panse Patrik se yon timoun maladwat, men pwofesè a di li pa kwè. Li twò enlijan pou li ta maladwat. — Douzyèm moun ki rele radyo a ap gen yon bilè pou konsè a. Se sa yo anonse. — Li renmen li jounal voye monte sa a, menm si li konnen ke mwatye nan sa yo di pa laverite. — Se sèl yon majisyen ki ka rive fè travay la jan yo mande a ak ti kòb yo ap ba li a. — Yo te konn ap pase l nan betiz lè yo te lekòl ak li, kounyeya, y ap mande la travay. — Moun li te marye a te tounen yon kochma pou li. Li kouri divòse sa. — Lè w gade misye ou panse se yon moun ki ap viv byen, ki fè chita l; konnen ou pa konnen. — Ou pa ka ba li move nouvèl la konsa. Fò ou prepare lespri l pou sa. — Nan katye sa toujou gen yon hing-hang. Anpil moun pran plezi asiste yo. — Nan prizon sa, gen 5 moun nan chak kacho. — Si direktè a ki te bay pwojè a lavi. Minis la vle pran tout kredi a. — Cha lakomin nan pote premye pri nan kanaval ane sa. — Tout moun fini, yo leve sou tab la, Jak la toujoujou, li ap jwe avèk manje a. — Terèz se grantant ou, se Eliz ki grann ou. — Mwen konsidere moun ki montre konsiderasyon pou mwen. — Kote ou prale ak koukou sa a, zanmi yo di li; valè bèl gason byen kanpe ki genyen. — Apranti yo ranmase limay yo chak apremidi. — Mwen gen yon randevou kay yon doktè je demen. — Paleman an vle pote kèk amannman nan konstitisyon an.' — Li mande m kote m sòti, mwen reponn li Ayiti. — Doktè a voye l al fè yon tès, men se pipi li pou li bay. — Li enskri nan fakilte a, men anvan yo aksepte fò li pase yon ekzamen. — Moun ap fè grèv pou yo ka dechouke prezidan an. — Pati politik sa gen yon chapit nan dyaspora a. — Li rekòmande pou bwè omwen 6 vè dlo nan yon jounen. — Mwen pa rive fè tout sa mwen te panse fè jodiya. — Mwen wè li se yon azyatik, men nan ki peyi nan Azi a li soti? — Inegalite ap toujou ekziste. — Tout travay sa a e tout sakrifis sa yo, e mwen pa rive a anyen. — Ou bezwen yon règ pou ou trase yon liy dwat. — Tout kay la te nan fè nwa, eksepte yon chanm kote yon balèn te limen sou yon tab. — Li te toujou vle vini yon mannken, se pousa li pat vle manje anyen ki pou fè li vini gwo. — Depi nèg sa sou, fò l di gwo mo. — Se lè li fè gwo fredi e nèj ap tonbe, li gen nostalji e sonje peyi li. — Se yon wout annès, kondwi dousman. — Gouvènman an mande pou peye ladim sou tout sa ki fèt ak alkòl. — Ou keyo mango a san li poko mi. — Milisyen yo ap simen laperèz nan kanton an. — Ou wè se yon moun ki travay di, men li plen kal. — Li fi pa renmen yo rele li Bèbèt. — Anpil moun panse trèz se yon chif malchans, se sak fè nan kèk otèl pa gen yon etaj trèz. — Kè tifi a ap sote paske li pako gen règ li mwa sa a. — Li pa janm wè yon senj nan vi li. E li toujou ap di moun sanble ak senj. — Li di se ak 2 moun li gen adezyon: Manman l ak madanm li. — Mwen pa gen sen kòb nan pòch mwen. — Moun ki ap viv kote gen diktati pa lib pou yo pale jan yo vle. — Mwen gen yon non alman, men mwen pa Alman, mwen se yon Meriken. — Li oblije al benyen e chanje rad apre li fin fè manje a, paske li te santi grès. — Pati byen lwen ka yon bon desizyon.Sak pou di w? — Li di medikaman a repiyan paske li pa renmen gou l. — Voye wòch kache men, se taktik moun lach. — Kreyansye yo tounen yon ranvwa dèyè nonm nan. — Li te mete telefòn mobil la chaje, se sa ki fè li pat reponn ou. — Bandi ap fè moun lokalite a monte yon kalvè. — Se yon vil ki chaje ak distraksyon. — Li mande sekretè a konbyen rankont li gen jodya. — Depi lanne 1974, Ayiti pa janm rive patisipe nan yon mondyal. — Li se direktè yon bank. Yo pozisyon ki ba l anpil privilèj. — Li pase de premye match yo sou ban touch la. — Li renmen fè manje, men li pa renmen lave asyèt. — Pèdi travay li, se mande li mande kounyeya. — Jazz sa a mizik konpa ak bolero. — Djo ap sere lajan pou li achte yon machin. — Jodiya se jou mache. Machann yo kòmanse anvan douvanjou. — Karèt sanble ak tòti, men yo pi gwo gwo pase yo. — Travay li nan estasyon a, se makiye prezantatè yo anvan yo parèt devan kamera yo. — Se nan yon tren a Pari Pola te rankontre Jan-Mari. — Gason pa kanpe sou chantye sa a. — Li ta wouspete wi, men li bezwen travay la. — Anfantiyay! se konsa mwen ta dekri konpòtman li. — Li al wè yon zanmi l ki malad e ki entène nan yon lopital. — Anvan ou sòti, pa bliye touye dife sou fou a. — Li refize rekònet kilpabilite nan zak briganday yo. — Mwen byen, li reponn. E ou menm? li mande mwen. — Medam yo al nan yon santdacha. Yo poko ap tounen. — Kandida a di li pa otorize pèsonn moun pou pale nan non li. — Yon kout lang de yon ansyen zanmi l, e li pèdi tout respè moun nan katye a. — Li se yon vyèy fi, li pa janm renmen nan lavi li. — Ti Jozèf se yon las nan jwèt mab. Tout moun pè jwe avè l. — Kesyon pou ou poze tèt se : Eske ou kapab achte kay sa a, ak ti kob w ap touche a? — Nan prentan, anpil bèt ki tap dòmi leve. — Kan konsantrasyon vle di kan lanmò. — Lil Kòs se yon zile ki ant Itali e Lafrans. Men se pou Lafrans li ye. — Li te tèlman ap kondwi dousman, tout machin depase l sou wout la. — Pa kwè tout sa Jonas di w, li toujou ap mete pase genyen. — Yon kolèg pa vle di zanmi. Se yon moun ki ap travay menm kote avè w ou sou yon menm pwojè. — Plant sa a envayisan Mwa pase a mwen te wè yon sèl nan lakou. Kounyeya, li pran tout yon kwen pou li. — Fi a pa konn sa li ta bay pou li gen yon timoun. — Papa l rele l Oze apre yon pwofèt nan Labib. — Polèt se yon fanm totalkapital. — Pola gen konbyen pitit? Li gen yon sèl. Yon gason. — Anpil timoun soufri zòrèy kouri dlo. — Li toujou gen pwoblèm pou dezipe rad la. Zip la mal plase. — Solèy se yon sous de vitamin D ki bon pou zo, dan e pwoteje w kont lòt maladi. — Yon bon woman se youn ki fè w santi ou fè pati de istwa li ap rakonte a. — San yon bon travay, yon moun paka pale de endepandans. — Se yon òganizasyon dwa moun ki ap lite kont pratik yo rele klitoridectomi. — Si ou w ap chache yon kote pou ou an pè, ale nan yon monastè. — Ayiti gen yon paket bezwen. — Sou pakin otèl la ou wè tout kalite machin. — Pèp la vote yon malandren pour prezidan. — Ti Djo di manman l li aprann nan katechis ke chak moun gen yon lanj gadyen. Pa li a sanble li t ap dòmi lè li t ap jwe sou lakou rekreyasyon an. Se sa ki fè li tonbe e blese nan jenou. — Li sezi wè papa l apre tout tan sa yo. — Nan yon semenn nòmal gen 5 jou lekòl. — Gen 8 peyi ki nan zòn Aktik la. Se Etazini, Kanada, Larisi, Fenland, Lasyèd, Islann, Grennlann e Nòvèj. — Se tan ou w ap pèdi, si ou al mande ti koulout sa a kòb prete! — Mwen tèlman mache, Pla pye m fè boul. — Yo fiyanse depi 2 zan. Yo sanble yo pa prese pou yo marye. — Ou bezwen plis pase bèl pawòl pou sedwi limena sa a. — Kraze brize sa yo pa travay volè, se travay sanzave. — Se pa nan yon jou non estalaktit ki nan plafon kav la te rive fòme. Sa pran syèk. — Yo ap pale sou mwen devan mwen paske yo konnen mwen pa konprann jagon yo a. — Toutalè yo pra sèvi manje. Mwen wè y ap ranje tab la. — Chak chapit, nan liv la, koumanse ak yon lèt ki an gwo karaktè. — Travay ajans sa a se siveye kominikasyon opozan yo ant yo e moun deyò peyi a. — Malatchonn se yon pwodwi chimik ki touye vye bèt nan jaden. Men li se yon gwo pwazon pou kretyen vivan tou. — Patrisya se makòmè m. Nou batize Jak, pitit bòs jewòm nan. — Li ouvè tiwa a e pran yon kachè ki gen 2 grenn. Li pral pran yo pou tèt fè mal. — Yoyo Ma se yon gran vyoloncelist. — Pa gen 13è etaj nan gwo kay la. — Tifi sa a se yon gason manke. Li jwe foutbòl, e aprann fè bòks. — Maladi sa a manifeste l tout jan. — Reyon limyè ki pase nan pèsyèn nan limen chanm nan e fè m paka dòmi. — Se yon granmoun enganm, li pa parèt laj li. — Ou pa pale yon moun ki nan lye verite yo mal. — Ti zwazo ak bèk fen e long sa a ki sanble li ap bwè nan flè a, kouman yo rele? Se yon zwazo mouch. — Chak swa, Polo abiye l byen fen pou li ale tcheke grenn sou plas la. — Se yon fèblantye ki fè kafetyè a. — Mwen te tèlman etoudi, mwen pat tande sa li t ap di a. — Poul, kodenn, pentad, tout se zwazo. — Pola di li pap pèdi tan l ak sendenden yo rele Alfrèd la. — Chak 4 lane, fyèv mondyal pran preske tout Ayisyen. — Li pran tanperati l ak yon tèmomèt. — Grann li kite plis ke mwatye byen li yo pou li. Lòt fanmi yo pat kontan menm. — Li antre lakay li depase 11 zè nan aswè. — Mwen pa jwenn travay la paske bòs la nan paspouki. — Se akoupman ki konekte tiyo yo mal ki fè dlo ak degoute konsa. — Fi a di m li ka wè avni m nan yon boul kristal pou sèl man 200 goud. — Jaki panse li pèdi jwèt mab paske li pa tap jwe ak boulpik li a. — Yo te kondane teworis la pou li mouri. Yo poko chwazi jou pou egzekisyon a. — Mwen wè 3 pilon sou koutwa kwizin nan, kiyès ki pilon patat a. pa gen youn ladan yo. — Mwen pat panse ke lagè t ap dire toutan sa a. — Premye fwa mwen te monte avyon, mwen te gen laperèz. — Se yon bon samariten ki sove nonm nan. — Li te etidye grèk nan lise. Li di sa ede l anpil lè li antre nan fakilte medsin la. — Ti lapli yenyen sa a fè mwen pa ka travay nan lakou. — Nan yon monachi, yon kont se yon moun ki nan yon ran pi ba pase yon maki men ki pi wo pase yon bawon. — Rene pran tan li pou li moulen manje a. — Se inyon milat ak nwa ansyen esklav ki fè nou rive bat blan franse yo. — Dimanch demen an se premye jou kanaval. — Pou konpare yo, fò ou mezire yo. — Mwen te konn fé wout nan 30 minit, poutèt yo ap repare li, mwen oblije fè yon gwo detou. Kounyeya, mwen pran plis pa 90 minit pou mwen rive kote mwen prale a. — Si ou kite moso fè sa a deyò, li ap wouye. — Rezilta eleksyon jiska prezan yo montre ke pati Demokrat la domine. — Madanm li rele Katrin, men li rele li Kat. — Li gen yon rat nan kay la, li mete yon ratyè kote li tande bri bèt la. — Teren nan zòn sa gen anpil kalkè. — Lè papa mwen te ap file manman mwen, chak jou lekòl, li ale tann li devan fakilte a. — Manifestation rive devan palè tankou yon vag. — Pous se yon pi gwo dwèt nan men yon moun, men se pa li ki pi long. — Moun ta pral touye fi a ak kout wòch, Jezi sove l. — Se sou estrad la pou ou monte, pou gen yon lide de konbyen moun sal la genyen. — Lapolis sezi tout zam yo te jwenn nan depo a. — Restoran sa a fè bon manje. — Lè li nan vakans, li pa li imèl. — Li ap viv ak yon kè sote paske li pa tande piti gason li a ki ap viv nan peyi lòt bò. — Sa vle di nou te gen yon kriminèl nan mitan nou la a. — Rad la chifonnen. — Chanm nan tèlman piti, lè ou ladan ou pa gen kote pou ou vire kò w. — Jan se te yon apòt. Yo di se li ki te pi jèn nan gwoup la. — Anvan li mouri, li ranje tout afè l; konsa li pa pa kite fanmi l nan pwoblèm. — Bon non li se Patrisya, men tout zanmi li yo rele Trisya. — Nan Pòtoprens, ou jwenn machetoupatou, menm nan katye ki te pezib lontan. — Lè li mande m si m konn kote Mari ye. Mwen di reponn non. — Mwen se yon katolik. Men mwen pa al lamès chak dimanch. — Se pa tout ki gen cham Richa. Li ka fè yon moun ri san li pa bay yon blag. — Li di li pa renmen beyè paske li twò dous e li rebitan. — Pou fèt li, menaj li fè li kado yon pè bouton manchèt. — Li demanti kandida an piblik. — Janèt se yon dam fiyanse. Li ap marye nan 6 mwa. — Se ou balanse ansanswa a pandan lamès la pou dife a ka rete limen. — Gen mwen moun ki alèji ak lèt kabrit paske li gen mwens laktoz. — Cheval ak bèf se manjè zèb. Tig ak lyon renmen vyann. — Doktè a rekòmande l pou li manje pwodwi ki mèg. — Tifi m nan malad jodiya. Mwen pa kite l al lekòl. — Li pat gen sik, li sikre kafe a ak siwo myèl. — Dechoukay pyebwa a lese yon gwo vid devan kay la. — Jan-Klòd pase 7 lane nan inivèsite pou l vin yon chimis. — Tout mèt kay dwe peye yon enpo sou kay chak ane. — Se manman l ki montre l priye. Se sa ki fè chak fwa li ap priye, li sonje manman l. — Plis pase 60 moun pèdi lavi yo nan pasaj siklòn Gustav sou Ayiti. — Nan deblokay ou jwenn mo debloke e sifks "äy". — Pito ou jwe ak dife tan pou jwe lawoulèt ris. — Ou travay san pran souf pandan 2 semenn. Li lè pou fè yon kanpo. — Se yon estasyon radyo ki lwen. Li pa yon frekans manch long. Se sa ki fè ou pa ka kapte bò isit la. — Nonm sa a toujou ap chache akwochay, jodiya li resi rankontre yon nonm ki fè l konprann li. — Se yon nonm ki ka defann tèt li devan chantay ak kout lang. Mwen pa pè pou li. — Si se pat pouEmili ki zanmi, mwen t ap fè Polèt peye sa li fè m nan. — Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodiya (from the Pater Noster) — Si nou lib, se gras a Desalin. — Li pa kontan, men li pa vle di mwen poukisa. — Lapolis lage baton tribòbabò sou manifestan yo. — Ivèt bliye malonèt li te fè Janpòl la lè yo te sou ban lekòl. Men Janpòl pa janm bliye. — Vil la te sal, majistra a fè yon bon travay rive netwaye l. — Mwen di ti gason an pou li ede mwen, li fè kòmsi li pa konprann.' — Se yon lekòl pou moun ki gen posibilite. Kouman yo fè aksepte Jozèf. Se yon bous li jwenn. — Li pase 2 zan nan prizon. Lè li sòti, li tèlman fèb, se lopital yo kouri ak li.' — Lajistis kondane akize 3 ansyen milité krim degè — Tripay bèf la pa sèvi a anyen. Yo jete l. — Li vale manje a san li pa moulen l. — Zótolan yo ap ranmase ti branch bwa pou yo al fè nich yo. — Yo pat trete l tankou yon bèt, men yo te pat ba li valè li merite. — Li di m patwon a se yon moun enposib, se sa ki fè li ap chache yon lòt travay. — Prezidan an prete sèman devan palemantè yo. — Papa l pa rekonèt li. — Mwen pa kap zanmi yon moun ki trennen m devan majistra. — Lè kandida a di mo deplase, patizan li yo di li di bagay yo jan yo ye a, opozan yo di li ap pale tenten. — Depi ke ou remèt devwa lendi, ou pap pèdi nòt. — Lè papa Ti Fifi aprann li ansent, li fè yon sèl kolè e menm lè a tansyon l monte. — Li gen yon bon metriz de volan a. Li pare pou li gen lisans pou kondwi. — Yon ponpye se yon sekouris. — Li bay tout fanmi l vag akoz de madanm li. — Li pat fè Wayal la ak sèlman manba, li te mete pikliz sou kasav la tou. — Mwen wè nelyo ap sòti nan yon lòj. Li se mason. — Mwen pa renmen silans. Silans deprime m. — Mwen pa konn si pou m kwe sa li di m nan. — Fi a ap mache ak yon kanson ki chire nan jenou. Li di se yon mòd. — Li ap tòde ak yon doulè anba vant li — Moun ki pa mande pa bezwen. — Moun ki rive se sa ki vize wo. — Tout klas la te kopere e travay ansanm nan pwojè a. Se sa pwofesè a te di. — San asistans Ayisiyen ki lòt bò dlo, Ayiti t ap pi mal ke jan li ye a. — Si san w ale ak pa li, se pou ou di li sa. — Mande padon pou peche w, e Bondye ap padonen w. — Pwofesè a eseye devlope kay elév li yo sa yo rele espri kritik, pou yo ka panse, jije e analize pou kont yo e pa aksepte tout sa yo di yo. — Lapolis ap menne yon ankèt sou asasina jounalis la. — Moun pè sòti leswa, paske kou solèy kouche, atoufè yo kontwole lari a. — Machin nan bezwen gaz, tank li preske vid. — Pitit la pa rive jwi vakans Nwèl la. Mèt lekòl la te ba li devwa. — Rele li zo chenn do paske zo yo soude youn ak lòt tankou yon chenn. — Glas se dlo ki vin solid. — Yon moun gen 2 machwa. — Se malelve pou fè rapò sou moun. — Zaboka a kite yon aryègou anmè nan bouch. — Li gen yon demele devan lakay li. Li ap vann pate, kola, pistach griye elatriye. Rèv li se rive gen yon boutik. — Li pa moun ki pral chache kras kay vwazen, menm si li ap mouri grangou. — Nons apostolok nan peyi rele monseyè Goustavo. — Anvan li bwose dan l, li lave bouch li e gagari. — Si ou fèt Stòkòl, gen anpil chans pou ou se yon Swedwa. — Se vre prezidan an pa nan sal la, men nou gen lòt Excellence ki vini. Yo nan premye ranje a. — Li mèt move, li mèt gwonde, sa pou m di a m ap di li kanmenm. — Yon moun ki gen dyòl bokyè ka pase l bay yon lòt. — Moun achte kay la pou yon ti kraze nan yon ankan. Kontribisyon te sezi paske mèt li pat peye enpo sou li. — Se pou pran bokit la nan zorey pou leve l. — Dòmi twonpe l, se sa ki fè li rive anreta nan reyinyon an. — Aprè Jak fin demisyone, direktè a regrèt li te ba li salad la. — Sa li fè a ka pa parèt rezonab, mwen nou ka konprann li. — Siwo sa a se yon medikaman. — Deteronòm se 5è liv nan Labib. — Manman m al nan mache pou li achte yon jarèt bèf. Li pral fè yon bouyon. — Men chache kle a toupatou sof nan chanm nan. — Lè ou gen yon randevou nan anbasad meriken pibonè ou rive, se plis chans ou genyen. — Ou pa byen siye mèb yo. Yo toujou gen pousyè sou yo. — Li gen pou li defann tèz li a devan yon komisyon. — Konsèy elektoral la pibliye kalandriye elektoral la maten an. — Minis la otorize chèf kabinè li a pou li rankontre pwofesè yo. — Sentiwon an pa gen bouk. — Satin se non yon ti bondye women yo te konn rele lè yi bezwen yon bon rekòt. — Se sèl dlo ki pase swaf tout bon ve. — Se dwòl, mwen pa janm tande l apre vizit la. — A laj sa a, tout timoun inosan. — Militè yo fè dapiyanp sou pouvwa a. — Sizo se zouti travay, Tiwèl se zouti travay mason. Kisa ki zouti travay politisyen? — Manman m leve granm maten pou li prepare manje pou vwayaj la. — Gen moun ki panse ke 2 fanm sa yo se madivinèz paske yo ap viv ansanm e yo pa janm wè yo ak yon gason. — Tout chodyè nan kwizin nan sal. Mwen pa konn nan kisa mwen prel kwit manje a. — Jak fè kadejak sou Pola. Se sa ki fè li nan mawon kounyeya. — Kou elèv yo sòti nan klas la, yo kòmanse fè bri. — Yo t ap fè lanmou. Pou li pa ansent fi a, li voye deyò. — Li pase yon randevou pou katrè eka. — Nan peyi ki fè frèt anpil, yon kaya viv yon sèl ane nan yon jaden. — Eske Rivyè yo rele Tamiz gen pwason? — Mwen gen yon dan ki ap fè mwen mal, fò mwen al wè yon dantist. — Se premye fwa yo pase fim sa a nan televizyon. — Kola pa pase swaf moun. Se dlo ki ka fè sa. — Lè ou antre nan bibliyotèk la, agoch, w ap wè liv mwen yo poze sou 2 ou 3 chevalè. — Manje a te bon. Se sa ki fè mwen te double. — Apre mès, li toujou rete nan legliz la pou yon moman adorasyon. — Pase yon moun nan betiz se youn, vekse yon moun se yon lot pè demach. — Mwen paka kwè ke Pola marye ak yon nonm ki ta pitit li. — Ti gason a deside fè yon kanpo sou etid li yo. Pandan tan sa a, li ap travay. — Lè mwen te marye ak Jak, mwen panse mwen te konnen ki moun li ye. Mwen te twonpe mwen. Se kounyeya vrèman li ap montre m ki moun li ye: Jalou, peng e pafwa vyolan. — Gouvènman vle mete baboukèt nan bouch jounalis pou yo enfòme pèp la sou zak li fè an kachèt. — Glas la tonbe a tè a, li fè miyèt. — Misye ap radote lè li ofri m ti kòb sa a pou kay la. — Pyè ak Mari gen menm laj. Men Pyè gen 2 mwa anplis Mari. — Ewòd sete yon asasen ki re responsab lanmò pwofèt Janbatis. — Liv sa a fèk sòti, e li gentan nan lis de sa ki vann plis. — Pou ekzèsis jodiya, solda yo abiye al rad batay. — Se yon kandida ki gen je chèch. Li kontinye ap simaye manti menm lè li konnen tout moun konnen se manti. — Nan plas ou se pa sa mwen ta fè.' — Prizoniye sa a di. Tout bat yo bat li, li pas janm denonse konplis li yo. — Li te di m renmen a ap toujou dire. Li kite m mwa pase a. — Mwen fè l ak tout kè m, san tann anyen anretou. — Papa m gen yon cheval. Li okipe l pi byen pase nou. — Misye pa sou san l. Si ou pwoche w ap pran yon bòt. — Jalouzi ka pouse yon moun fè gwo mechanste. — Se trezorye a ki responsab jere lajan gwoup la. — Demwazèl yo manje mwatiye nan jaden pwa a.' — Ou konnen gen yon bagay kap bouyi lè ou wè yon machin lapolis nan chak kwen lari. — Moun yon trete ak dousè ap aji ak ou menm jan an. — Doktè a voye li al fè yon kolposkopi, paske li sispek li ka gen kansè nan matris. — Akilè ou reveye le maten? Mwen mande l. Li reponn a 6 zé la semenn, a 7 tè le samdi ak le dimanch. — Mwen visite ekspozisyon atis Ayisyen yo. Se sa nèt. — Misye se yon kajolè, li gen yon ti jan pou li pale avè w lè li ap mande w yon bagay, ou pa ka refize l. — Mwen pa janm ale nan kanaval ou lòt gwo rasanbleman, paske mwen pè foul. — Lè gras Bondye tonbe sou ou, nan pwen anyen ou pa ka reyalize. — Langletè se yon peyi ki an Ewòp. Lang ofisyèl li se angle. — Mwen mande sekretè a pou li fè 2 kopi lèt la pou mwen. — Youn nan wòl yon anbasadè, se rapòte aksyon gouvènman kote yo ye a ak aktivite opozisyon yo. — Poukisa ou vle pou Pyè toujou dosil? Men chen pa toujou dosil. — Se yon solisyon chimik, men pèsonn pa konn kisa ki ladann. — Kay la sanble gen tèmit. Mwen wè yon poto ki manje ak poud li atè a. — Se yon klasik laten, li di. Li pa vle li yon tradiksyon. Li ap chache yon tèks orijinal. — Mwen jwenn yon foto manman m lè li te jèn fi; mwen paka kwè ke li te konn mete minijip. — Episri nan kafou an vann tout bagay, sof tafya ak bwason ki fèt ak alkòl. — Moun yo panse ke pentagram li gen nan chenn nan ka pwoteje l kont madichon. — Li fè yon diskou konsa, ki pa di moun yo anyen. — Ou mèt al nan ginen, map jwenn ou. — Izolman pa bon pou sante mantal ou. — Patrisya al wè yon matant li ki ap mouri. — Yon pakèt timoun gen kwachyòkò paske yo pa manje, oubyen yo manje mal. — Si ou pa fèmen galon a, gaz ki ladan an ap evapore. — Mwen rele l akote pou m di l pou li zipe pantalon. — Li nan aprantisaj toujou, li rete 2 lane pou li fini. — Me se sezon lapli. — Li pa wo ase pou li jwe baskètbòl. — Li pase nan libreri a pou li al achte dènye liv otè prefere li a. — Nan vodou, zaka se lwa ki pwoteje moun ki ap travay latè. — Jodya, nan klas anatomi a, nou etidye aparèy sikilatwa. — Maryo pa janm sonje non mwen. Mwen panse li fè eksprè pou montre mwen pa konte pou li — Pa okipe salopri a. Kisa li konnen. — Gen yon mezantant sou chwa moun ki dwe reprezante gwoup la nan Konsèy Elektoral Pwovizwa. — Anvan emèl, moun te konn kominike ak son tanbou, telegraf et telefòn. — Opiswa piblik sa a bay kè plen — Fi sa a fè twa pitit nan twa zan. — Se yon zanmi ki nan bezwen, se nòmal pou m ede l. — Janin mare yon bendouk, e li pa vle di kiyès ki responsab. — Polyomyelit se yon viris ki kay paralize yon moun lè antre sou li. — Papa mwen pran retrètli a 75 zan. — Se ak lajan sal li te achte kay. — Li ouvè deyò a pou lè fre deyò a ka antre. — Ou mande sa misye ap fè pa li ap kouri gwosè tèt bèf sa a.' — Pandan li t ap eksplike sa ki te pase li a, papa l rete an silans, men li t ap plenn nan kè li. — Magalie, se granmè Pòl bò manman. Sa vle Magalie se manman manman Pòl. — Nan bouk la, gen yon sèl libreri. Li gen liv sou tout sijè. — Prizonye a rive chape nan prizon a, e evapore. — Li pa gen vwa nan nen, se yon grip ki fè vwa li sonnen konsa a. — L`e yon moun ap viv yon sitiyasyon estrès, kò l pwodwi plis òmòn yo rele Adrenalin pa bon. — Eske w konnen lontan te gen yon afè de antèman ak maryaj premye klas, nan legliz katolik? — Mwa sa a, ministè sante di gen mwen moun ki enfekte de viris la. Se nouvo vaksen a ki eksplike gwo bès la. — Nan lemonn gen plis moun ki bwè lèt kabrit. — Lapolis rive deniche asasen yo. — si nou pa jwenn anbouteyay sou wout la, sou ka rive nan 45 minit konsa. — Gen yon elikoptè ki poze nan lakou palè a. — Dlo a chita dèyè kay la. Li kòmanse ap fè limon e atire marengwen. — Pitit la deside ke manto a pa alamod et ke li pap mete l. — Yo di kawòt bon pou je. — Chofè yo mete yo sou kote pou kite anbilans la pase. — Pikaso se yon pent espayòl. Penti li yo vo anpil lajan. — Li pa renmen rad koule zanmann nan. — Ou pa sanble yon moun ki parese. Men mwen ka tronpe m. — Tout moun te di l envesti nan konpayi sa a se yon gwo ris. Li pat tande. — Ewòp se yon kontinan ki gen plis pase 40 nasyon. — Komatyouboulout! Gade jan yon tidàm chèlbè. — Ou siyen papye a, sa vle di ou dakò pou fè tout sa yo mande w. — Li mande divòs paske li pat ka sipòte twonpri mari l la ankò. — Li kòmanse jete tout bagay nan kay ka ki pa itil li ankò. — Pou ou antre nan inivèsite sa a, fò w pase yon konkou. — Misye sòti lwen , tout moun te pèdi espwa li te malad la. — Apre siklòn, toujou gen dizèt. — Tout papye sou biwo sekretè a, se dosye an atant. Sa ap kenbe l okipe tout jounen an. — Chak madi, manman m sèvi espageti ak boulèt. — Zilofòn se youn nan pi ansyen entriman ki genyen sou tè a. — Se yon ti blese ki tounen yon zobop. — Mango a gen chè, men li pa dous. — Yon ti koupe ki tounen yon blese grav. — Lè gwo desizyon ap pran, ou pa wè pèp la chita bò tab la. — Kongolè se moun ki fèt ou ki sitwayen peyi yo rele Kongo a ki an Afrik. — Li sezi lè dàm nan kite li kenbe men l nan machin nan. — Aprè eleksyon an, prezidan an di pèp la ba li yon manda pou li gouvène jan li vle. — Ou pa ka fè soup joumou san pwaro. — Ak chalè lou sa a, mwen pap sòti deyò. — Kenntèki se yon eta nan peyi meriken. Li gen yon ekip bizbìl yo rele Kadinal. — Jezi di disip li yo:"Al simaye pawòl la." — Mwen gen empresyon ke ou pa manje jan ou ta dwe manje. Se sa ki fè ou fèb la. — Se liv ki pale de yon zak vanjans de yon fanmi pou asasina youn nan yo. — Lapolis pran kay la daso, an yo arete de moun ke yo tap chache depi lontan. — Pou Vandredi sen an, ap gen 3 sèvis nan legliz la. Youn a midi, 2è nan a 3 zè et dènye a a 7 tè nan aswè. — Yon moun ki anrimen, ka pase maladi a bay yon lòt moun. — Otèl la chaje ak blan semenn sa a. — Pa janm kwè moun ki di w li ap ba w yon sekrè. — Mwen wè manman m t ap kriye, ou wè tras dlo nan kwen je l. — Valeri deside li pap kontinye viv nan mizè ankò. Li kite peyi a. — Li pat gen lin demyèl lè yo te marye. Apre 25 lane, timoun yo afri yo youn. — Mesye dam yo te nan yon gwo koze, yo pe bouch kou mwen pwoche bò kote yo. — Li nan klas la, men li lwen. Wa di yon moun ki ap reve je kle. — Gen yon kabouyay nan peyi a apre asasina prezidan an. Ou pa konn ki moun ki vrèman nan tèt gouvènman an. — Lontan, lè ou te pale de pirat, ou te wè yon bann san manman sou lanmè. Jodiya yon pirat ka yon moun ki ap volè, elimine ou tòde enfòmasyon elektwonik. — Mwen pat konnen si Viktò te konn jwe saksofòn. — Mwen wè 2 pechè ki ap repare yon filè sou plaj la. — Li prezante mwen bay tout zanmi li yo. — Sendika yo fome yon konfederasyon, pou yo vin pi fò. — Vizitè mize yo rete bèkèkè devan tablo jèn atis la. — Tout bagay rive pou yon rezon. — Li komanse diskou a ak yon pawoli ki sanble yon avètisman. "Chat konnen, rat konnen". — Tout kretyen selebre Fèt pak. — Li bwè twòp nan fèt yèswa a. Li leve maten an ebete. — Anpil kay Okap gen yon balkon ki bay sou lari. Men yo pa gen galri. — Pwotokòl mande pou fè lakoubèt devan Rèn nan. Ou pa ba l lanmen ou anbrase l. — Solon pa yon politisyen salon. Li sòti, li ap rankontre moun yo kote y ap viv ou travay. — Piti la gen sis (6) mwa kounyeya, li kòmanse rale sou vant. — Labib pale de san Jezi ki te koule a kòm yon ranson pou libere nou e pèmèt nou rive sove.. — Kèk timoun ap jwe lago kache, pandan yon lòt gwoup t ap sote kòd. — Mwen mande yon konje maladi nan travay la, yo di mwen fò mwen pote papye doktè. — Akwobat la kite tout moun ak bouch ouvè aprè pèfomans li a. — Bwè soup joumou 1er janvye, se yon tradisyon an Ayiti ki sòti lwen. — Mwen pat ka fin li liv la, mwen mande bibliyotekè a pou li mete l an rezèv pou mwen. — Sa k fè yon bagay yo bagay? Se yon kesyon metafizik. — Moun ki te nan reyinyon an pale de yon dezakò nan pati a. — Kote w rive a ou pa ka abandone. Pa dekouraje! — Kandida a fè sòti yon nòt pou di ke tout y ap di sou li yo se envansyon. — Liv Nitche yo difisil pou konprann si ou pa yon bon baz nan filozofi. — Ana gen yon gwosès difisil. — Gen yon gwo eka ant premye a e dezyèm la. — Yo di Jozèf gen yon pitit gason an Ayiti. Li pa rekonèt li. — Yon konte se yon divizyon pilitik. — Ou te mande pou mwen te ba ou lapè, se sa ki fè mwen rete lwen w. — Istwa Bon samariten montre kouman moun ki yo ap sèvi ka ipokrit. — Li di mwen tout sa mwen te vle konnen. — Aprè 3 jou nan rad la, batiman an leve lank. — Nan peyi sa, fè politik, se mache dèyè lonbway lanmò. — Kèk tapajè nan sal la anpeche nou tande tout diskou kandida a. — Jwè ki gen soulye ak kranpon anfè pa ka monte teren an. Se sa Federasyon an deside. — Mwen pa janm wè nonm sa a nan katye a, genlè li pedi wout li. — Animatè a mande pou toutmoun repete sa li t ap di a. — Sa a se Jilyen. Pa ou yo sou lòt tab la. — Ki moun ki ka pale de nonm sa a te rele Desalin nan. — Eske ekwatè gen yon ambasad nan peyi Dayiti? — Paske ti malere a te rekonèt youn nan bandi yo, yo desann li. — Yo ofri m yon travay ki pi enteresan ke sa m genyen kounyeya, men m ap touhe mwens. — Balon an frape poto kan an. — Anvan youn kite lòt, yo bay lanmen. — Li pa janm chita lakay li. Li toujou ap frite nan vwazinaj la. — Papa l gen twòp enflyans sou li. Se sa ki fè li paka montre sa li vo. — Men li pa konnen dèyè bèl rad ak bèl machin e lòt tilititi, zanmi a pa kanpe sou anyen. — W ap bezwen ou bon bwòs pou retire kras sa yo nan kwen an. — Li komèt adiltè ak vwazen. Yo menm fi dènye pitit li a pa pou mari l. — Li ap tounen sot nan vakans la nan 2 jou. — Lapli pa tonbe, men fèy yo mouye. Se lawoze ki fè sa. — Si ou kite lajan sa-a tonbe anba men Pòl, ou pèdi l. — San peyizan yo pa gen peyi. Men yo pa gen respè ke yo merite. — Bank la fè ouvè yon sikisal sou plas la. — Mwen mande kouman misye fè sipòte tout abi sa yo nan men fanm nan. — Aksidan a kite l ak yon twomatis ki fè li pè kondwi kounyeya. — Mèt teren a bare l ak yon lantouray byen wo. — Machann di si mwen achte 12 mango, li ap fè yon dediksyon sou pri a. — Depi Jaki bezwen yon favè nan yon moun, li rele l lamitye. — Anpil moun ki konnen mizik di ke twonpèt franse pa yon enstriman fasil. — Moun tèlman renmen chante a, yo mande mizisyen yo pou yo bise li. — Eske Yemenn se yon peyi arab? Wi. — Se pa yon desizyon mwen pran konsa konsa. Mwen te reflechi anvan. — Li site non tout asosye li yo. Men bliye youn. — Se nan yon restoran endyen nan nouyòk, mwen te man manje pen yo rele chapati pou premyè fwa. — Istwa sa a pa vre. Se yon kanna yo vle fè pase pou nouvèl byen cho. — Li peyi tout enpo l. Pou kontribisyon, li anrèg. — Li siyen papye divòs la yè, Li pare pou yon lòt chapit nan lavi l. — Li kwè li siperyè tout moun nan katye a. Se sa ki fè yo pa renmen l. — Kabann nan komanse granmoun. Moun yo deside achte yon lòt. — Li refize admèt li se yon gwògmann paske li pa janm sou, li di. — Pantalon gason fèt pou toujou gen pòch dèyè. — Bat yon timoun 2 tap se youn, men flange l se yon lòt. Se menm yon abi. — Si ou grese angrenaj la, li ap mache pi byen e li ap fè mwens bri. — Kout volan an fè chofè a evite madanm nan ki tap travèse lari a ak je li atè. — Nan kò anpil fanm, klitoris se pati ki pi sansib. — Diri ak dyondyon, se manje mwen renmen. — Vè ankilostòm se yon parazit ki souse san moun. — Pou ale bò lòt bò a fò ou travèse rivyè a. — Moun ki gen chik nan pye ka bwate lè y ap mache. — Match la fini nil. Chak ekip yo fè 2 gòl. — Panflèt sa a se yon pwopagand. — Si ou bezwen repwoche yon moun pou sa ki rive a, chache yon lòt, pa mwen menm. — Lapolis dèyè chèf gang ki touye avoka a. — Zèb yo kòmanse wo, fò koupe yo. — Panteyon nan vil pa sèlman yon moniman, se yon mozole kote anpil gwo tèt antere. — ou pa bezwen jete soulye a paske ou pile kaka bèf. Jis netwaye l. — Papa mwen pa janm rate vèp lè dimanch swa. — Se yon nonm ki neye ak dèt. Li oblije nan mawon. — Ti gason sa a bezwen yon moun ki pou domine l. — Chemen sa ale toudwat nan bouk la. — De lwen, li ap swiv devlopman sitiyasyon politik la nan peyi l. — Aprè deblozay politik jounen yè a, lari a frèt jodiya. — Se yon katye ki chaje ak engredyan. Sèl yo pwòp se jwe kat an anmède medam ki ap pase. — Se nan lekòl li te aprann jwe badmintonn. — Dlo si sou lestomak se yon maladi ki dwe trete tankou tout lòt maladi. — Mwen wè yon bèt ki travèse chimen an. Li sanble ak yon ti lapen. — Bondye ap beni w si ou obsève komandman li yo. — Lè penisilin se fèk parèt, tout moun tap di sete yon remèd mirak sitou pou solda ki te konn blese nan lagè. — Opozisyon an refize pale ak gouvènman an paske li pa fè li konfyans. — Dèye prizon an te gen yon teren lanmò. se la, nan mitan nannwit yo touye anpil prizonye politik. — Mwen ta renmen konnen sa ki nan djakout la? — Moun obèz gen gwo vant. — Gen moun ki fè koubèt devan rèn nan, lòt ki fè yon jenifleksyon. Se pwotokòl la. — Madan Pòl se yon pwofesè nan yon inivèsite. Li ap anseye sikoloji. — Fanm ki soufri de lèt pase ka menm rive gen lide touye tèt li, oubyen pa enterese ak timoun li fèk fèt. — Li pa rann li kont ke sa Jozèf di a sete yon blag, li prann oserye. — Jan se yon aloufa ki manje mwatye pate nan kabare a. — Li pa gen okenn atou, men li tèlman konn blofe, tout lòt jwè yo panse kat ki nan menm li yo bon. — Nan peyi sa a, ou ka disparèt si w pa kenbe bouch mwen. — Ti mesye alekile yo mete yon dinaza pou pantalon. — Sou Divalye, te gen yon chèf makout nan chak katye pou siveye alevini moun nan zòn. — Sa yon rasis konsa vin fè nan peyi Dayiti! — Gen foufou ki gen gwo pwazon andedan yo, se sa ki fè yo ka sèvi avè yo pou fè lòt mal. — Anvan li touche pachemen, li mete yon gan blan. — Sa li di nan telefòn nan pa rete yon sekrè pou lontan. — Ekzèsis chak maten ak manje natirel ki gen bon vitamin kenbe w ansante. — Wès Vijinya se yon eta nan peyi meriken. Kapital li rele Chalstonn. — Yo pa konte vot blan yo. — Li mete yon ti po sitwon sèch nan te a. Se sa ki ba l gou anmè a. — Li di twalèt la twò lwen, li bezwen yon vaz pou nwit la. — Alfrèd tonbe pou Jèta depi premye fwa je l te tonbe sou li. Sete yon kout foud. — Se antanke zanmi li, mwen ba li konsèy la. — Gen yon epidemi grip nan peyi. — Matye se visprezidan yon gwo bank. — Mwen yon twoupo Boufalo ki t ap manje zèb anba mòn nan. — Mèt la rijid lè pou li rijid. Li fleksib lè li pou li fleksib. — Yon biyè elektwonik pa vreman gen valè. tout sa ou bezwen se yon kat didantite ak nimewo rezèvasyon an pou monte avyon an. — Kapital Etazini rele Wachinntonn. Se la ou jwenn kay ak biwo prezidan an ak tou anpil lòt biwo Leta. — Anpil dèyè boutèy bonbe. — Se yon travay fini li remèt mwen. Mwen pa gen pou m plenyen. — Li pale pale nan nen, se grip la ki fè son yo sòti konsa lè li ap pale. — Si mwen ensatisfè de travay la, yo ap remèt mwen lajan an. Se garanti sa a yo ban mwen. — Li pran yon denye goje anvan li leve sou tab la. — Doktè fè m ouvri bouch mwen, pou pou ka wè gòj la ki anfle. — Li deside enfen lanse l sou etid li. — Kamyon pote yon chay lwil pou boutik la. — rive nan boulanje a anvan menm yo kòmanse defounen pen yo. — Yon biologist se yon moun ki etidye tout sa ki vivan sou tè a, depi kretyen vivan jiska ti bèt. — Li pase tout timoun nan kay granmè li andeyò. — Gen 2 matchokèt nan bouk la ki fè recho chabon. — Tè a sèk paske lapli pa tonbe depi kèk tan. — Li di li pa gen okenn koneksyon ak gwoup kriminèl ki ap piye e touye. Gen yo videyo ki montre se pa vre. — Premye minis la fèmen je l sou devergonday nan gouvènman li a. — Di plis pase genyen, se konsa mwen ta rele tout bri w ap fè apre diskou a. — Touye sivil ki inosan pandan lage se yon krim degè. — Anvan antèman a yo a ekspoze kò a nan legliz la. — Li kòmande 2 pantalon a pli plat. li resevwa youn san pli. — Ou jwenn kabòn nan yon pakèt pwodwi chimik tankou, Oksijèn, idwojèn. — Ak chalè sa a, si ou pa bwè anpil dlo, w ap dezidrate. — Li pote premye nan festival chanson kreyòl la. — Pa gen anpil moun ki ap viv nan forè a. — Li se yon komèsan. Li al achte pwodwi nan lòt peyi, pou vin revann yo nan Pòtoprens. — ki jan pou mwen fè konnen kote Jera ale. Li pat di m anyen. — Nouvèl asasinay avoka pandan li t ap antre lakay li revolte anpil moun. — Mwen pwomèt li m ap pase chache l alè. — Li antann li ak tout moun nan vwazinay nan. — Opozisyon an vle pran pouvwa san yo pa ale nan eleksyon. — Tanpou yo te depanse tout kòb sa a nan nòs la, sak fè yo pat bay yon avalwa sou yon kay ou envesti l. — Depi li fin pase ekzamen an, se banboche li ap banboche. — Depi nan ginen, nèg rayi nèg (pwovèb). — Lè Ayisyen gen doulè nan pati kote biskèt yo ye, ou ka tande yo pale de "biskèt tonbe". Se pafwa zo a ki deplase apre yon gwo so ou yon move kou nan pwatrin yo. — Ma dlo a chaje ak Arenyen dlo. — Egzòd moun save yo se yo gwo pwoblèm pou peyi a. — Lè nou te piti, nou te kanmarad, leve nan menm katye. Kounyeya, li di mwen pa nan ran l. — Mwen pap janm kesyone lwayote Pòl, menm apre sa ou di m sou li a. — Nan vodou, inisyasyon yon kanzo dire 7 jou. Li fini ak yon seremoni yo rele boule zen, yon batèm dife. — Li rete oliwoud. Li se yon yon doktè ki fè chiriji estetik sou gwo zotobre ak sou aktè sinema. — Demen n ap gen yon tanperati negatif. — Ti gason an pa koute papa l, se sa ki fè li gen problèm konsa. — Se bon kè l ki sove l. — Yo di m Moyiz se yon chat. Depi w kite yon bagay ki gen valè toupre l. Li ap mete men sou li. — Mwen ap gade pitit la ki ap depafini nan men nou. Nou enpwisan. Nou pa ka fè anyen pou sove l. — Yo marye pou evite eskandal, men pat gen lanmou ant yo 2 a. — Gen kèk peyi kote fanm pa gen dwa pou yo vote. — Nan kan an, nou gen twa (3) repa, de (2) goute. — Manje Man Pòl yo se koupe dwèt. — Li antoure teren an ak Fildefè pou dekouraje timoun vin jwe sou li. — Fi sa-a konvèti nan levanjil. — Li benyen, men li pa savonnen figi li. — Si ou wete 59 nan 100, w ap rete ak 51. — Aprè sa li fè m nan, si li vini lakay mwen mwen, m ap kwape l. — Li te tèlman malad, li pat menm ka ale nan lantèman tonton li. — Li fè tèt li bèl pou jou fèt Sen Valenten. — Poukisa tout soupi sa yo? Kè w pa kontan. — moun ki soufritansyon souvan manke enèji. — Apre yon jounen konsa, mwen se yon moun fini. Tout sa mwen wè se kabann mwen. — Bòbòt se yon mo ki dekri pati kò yon fanm. Men anpil moun konsidere li tankou yon mo betiz. — Yon mayo pou benyen fèt pou l byen kache pati pwèl yon fi. — Li renmen pitit li yo anpil. — Li gen talan pou ekri. Premye woman li a se yon gwo siksè. — Si ou byen konsidere sa ki pase a, w ap wè mwen gen rezon. — Fanmi l pat renmen lide maryaj la. Yo di fiyanse l la se yon salopèt. — Se nan vil Akayè drapo peyi a te kreye. — Lapolis rete kamyon a paske yo di li twò chaje. — Li di li gen kòb, epi se bogota sa a li ap woule. — Sete yon patriyot. Li pa t ap chache imòlite. Menm travay li, sakrifis li pou peyi a, fè memwa l pa janm mouri. — Misye se yon fanatik malad de Vyolèt, yon ekip foutbòl. — Gwo revèy nan salon an gen yon pandil ki ap balanse adwat agoch. — Lè li aprann lapolis t ap vin arete l, li kite zòn nan prese prese. — Minis la gen maladi tranble, se sa tout jounal yo ap di. — Maladi sa a pa gen gerizon. — Reklam nan di se yon bwason ki plen vitamin e ki ap fè yon moun anfòm, nan 2, 3 mouvman. — An 1974, Ayiti te patisipe nan Chanpyona dimond jwèt foutbòl ki te fè nan peyi Almay. — Yo voye m al etidye, yo pa voye al fè touris. — Li resevwa konpliman de tout otorite yo paske li pote premye pri pou liv li a. — Li ap dòmi depi kòmansman klas la. — Yè, senatè yo vote yon lwa ki pwoteje timoun ki nan vant. — Tanpliye yo vin tèlman rich e pwisan, ke yo pat respekte ni Wa, ni Prens. — Li kouri repare mi a pou li pa tounen yon tounen yon pwoblèm ki ka ap koute l. — Pandan tout moun nan kay la ak dòmi sou yon kabann ki gen yon bon matla, se sou yon nat san dra Sentaniz pase nwit li chak swa. — Dènye fwa mwen te pran yon bon vakans, sete an 2007. — Li pa vrèman renmen fi a non, se lajan moun yo ki pran nanm li. — Depi yon semenn, li ap plenyen de je li ki ap boule l. — Li ap travay pou yon tibouda lajan. Li pa menm ka peye lwaye avè l. — Nan papye li ranpli anvan vwayaj la, yo mande li si li soufri maldavyon. — Pitit la sot lekòl ak mak grafonyen sou bra l. — Paleman an ap reyini dezyèm lendi nan mwa avril la. — Lwa nan peyi isit mande pou tache senti w lè ou nan yon machin ki ap woule. — Nan yon rejimdemokrasi, ou ka chwazi moun ki pou gouvène w. — Si se louwanj ou ap tann nan men bòs la, ou fin rive. — Refize pote yon moun ki nan bezwen sekou, se yon zak kriminèl. — Youn nan bofrè m yo rele Lik. — Nan peyi ameriken e nan peyi Kanada, yo gen abitid mete foto timoun ki disparèt sou bwa katon lèt. — Katrin se yon ti fanm ki toujou respekte tèt li. Ou pa janm tande yo ap nonmen non li. — Se yon lè konsa mwen wè Manno. — Bèf sa a pa janm begle. Li sanble li gen yon pwoblèm. — Jan ak Janèt rete ansanm san yo pa marye. — Lè yo te fèt, yo te syamwa. Se apre yon operasyon yo rive separe. — Pola, dwe fè Patrik yon gwo bagay pou li genyen li sou kè li konsa. — Pawas la ap fè yon kolèk pou ranplase kòb pou klòch legliz la. — Li pa bon pou ou bwè kafe anvan ou al kouche. Ou pap ka dòmi. — Volè a tann toutmoun nan kay la sòti pou li al pran sa li te vle a. — Konpayi a deside chanje tout kontè kouran ki gen plis pase 10 lane depi yo ap travay. — Bri zàm fè mikalaw yè swa. Ya di 2 lame ki ap fè lagè. — Li chaje ak dèt, se sa ki fè li paka jwenn yon bank ki vle finanse kay li bezwen achte a. — Boujwa yo bwè chanpay apre koudeta a. Yo di kounyeya se bèl moun santi bon ki pral dirije peyi a. Gwo soulye ak moun san sal pa ladan ankò. — Eske gen gwoup an Ayiti ki gen sosyolèk pa yo? Mwen pa kwè. — Li pa gen chans. Li tonbe malad premye jou vakans la. — Apre kèk ane, renmen a vin fletri paske yo pa wouze l pou kenbe vivan. — Gen kèk bis ki fè Pòtoprens / Sen Domeng. — Mwen pwomèt papa m m ap ba l yon kout telefòn kou mwen rive. — Si ou pran rakousi a, w ap rive byen vit. — Fò ou chita pou ou fimen yon kachimbo tik, paske li se yon pip ki long — Mwen toujou chache rete lwen moun jouda. Moun ki bezwen konnen pou yo al pale. — Ayiti se peyi kote lonbrik mwen antere. Mwen sansib pou li. — Lontan Petyonvil te yon dòtwa, kounyeya li se yon gwo sant komèsyal. — Responsab krim nan makiye l pou fè moun panse ke minis la te swiside tèt li. — Madanm nan di fi a twò dezòdone pou li lage timoun li yo nan men l. — Medin se yon vil nan ki nan peyi Arabi Sawoudit. Pou moun ki nan relijyon Islam yo, li se dezyèm vil Sen apre Lamèk e anvan Jerizalèm. — Solda yo kanpe toudwat pandan tout diskou prezidan an. — Li fèt nan vil Boston. Li pa janm mete pye l nan peyi manman l ak papa l. — Li gen pwoblèm pou li vale, se nan yon tib yo ba li manje. — 100 dola sa a se yon fo. — Li te di m li ap toujou la, nan bon tankou nan move moman, li kenbe pawòl li. — Eskapèl se yon zouti ki sanble ak bistouri, men yo pa sévi avèl sou kretyen vivan, sèlman sou kadav. — Apre 7 mwa maryaj, tout moun ap mande kilè Sonya ap fè bel maladi. — Lè w ap kondi machin, toujou kenbe dwat ou lè w ap vire adwat. — Biyè avyon a te chè, men ou jwenn yon sèvis wololoy. — Jodya pa pi mal pou machann yo. Gen yon ti alemye nan lavant la. — Mwen di l pou li pran lajan an kay yon ajan Westèn Inyon. — Yon lè mwen te dòmi sou yon matla pay. Lè m leve tout kò m t ap grate m. — Mwen pa dako pou di se laj li pou li tounen yon rebèl. Mwen te pase laj sa tou. — Natali kouri leve sou tab paske li te anvi vomi. — Li di li pat janm atache l ak granmè bò kote papa l. — Demen se lundi; you lot semenn pwal kòmanse. — Malgre tout gwo pwoblèm li genyen, li rete ak tout sanfwa li. — Konbit la ap tanmen granm ti maten. — Yon sèl kabann ki nan chanm nan, e gen 3 moun. — Tewòdò achte yon longvi pou li ka wè sa ki ap pase nan lakou vwazen yo. — Li pa yon fanatik woman. Li plis renmen liv istwa ak liv sou syans. — Pitit la twò jèn pou li mete talon wo. — Depi li pral netwaye depo a, li mete salopèt gwo ble a. — Doktè a di se pa fi a ki pa ka fè pitit, se kalite espèm mari a ki pa kòdyòm. — Linèt la sal. Se sa ki fè tout bagay parèt bwouye pou ou. — Mwen pat janm konnen si bofrè m nan te gen pitit deyò. — Lanmè a pezib jodiya. Se sa ou we tout moun sa yo sou plaj la. — Li antre nan inivèsite ak yon gwo rekòmandasyon minis edikasiyon nasiyonal la, parenn li. — Polisye a di m vire agoch apre limye ki nan kafou a. Lekòl la se 3e gwo kay la. — Li nan laj kote li kapab pran swen tèt li. — Kay la gen bon fondasyon, li ka pran yon lòt etaj san pwoblèm. — Pledwaye avoka a pa vrèman montre akize a inosan. Li sèlman di ke misye pa gen kouraj ase pou li fè yon krim konsa. — Si ou bezwen yon chanjmandè, se pa Nouyòk pou ale. se yon kote trankil kote lè a fre pou ou ale. — Malgre tout presyon Janèt te genyen, li rive kenbe devan tout vye tantasyon. — Li pa konn ki jan li pral fè pou ranplase youn nan travayè ki al fè yon operasyon. — Mizisyen yo resevwa yon gwo bravo lè yo fin yo jwe dènye mòso yo a. — Lis yon yon vis na konpayi a. Sa vle di li vini apre direktè a. — Ak 2 pè las ki nan men li an, li panse jwèt la deja pou li. — Pè sa a preche byen. — Mwen sesi tande Paskal. Mwen pa t ap janm kwè li ke te ka di mo sal sa yo. — Chendemè samble anpil ak chen. Men se yon bèt lanmè li ye. — Manifestan yo voye wòch ak moso boutèy sou polis yo. — Se yon gran restoran. Se alakat yo sèvi manje. Se kòmande pou kòmande. — Fèt latousen se 1er novanm. Li ap tonbe yon dimanch ane sa a. — Se yon Fanm kannay. Li gen plis pase 40 tan, e li plase ak yon ti gason 20 tan. — Li pa wè ki jan pou li kòmanse devwa a. — Li di fanmi sa a se fimye, li pap kite pitit li asosye avèk yo. — Mwen konnen Jan te finbout lè yo di mwen li al antre anba fi sa a. — Li pa manje nan men moun li pa fè konfyans oubyen li pa konnen. Li nan eta mantal yo rele "pè pou pran nan pwazon". — Mwen wè yon fanm ak yon chen sou plas la, mwen pa konnen kiyès ki ap mennen lòt. — Gen dèy nan fanmi an. Yon tonton nou mouri. — Se yon nonm ki gen anpil repitasyon paske li ede anpil moun. — Kòsay la pa ale ap jip la. — Nan kous la, li rive an twazyèm. Li gen yon meday an bwonz. — Pou fè siman, ou bezwen kalkè. — Latiki plis sanble ak yon peyi arab ke yon peyi ewopeyen. — Li abiye tankou yon madigra. — Si ou foure kò w nan gwoup mafya sa a, ou pap sòti vivan. — Lame bonbade bouk la. Anpil kay kraze. anpil moun mouri. — Nou gen yon revèy ansyen ki gen yon pandil ki ap fè alevini. — Li pa konn ki sa pou li pran sou tab la. — Se yon travay ki mande pou abiye byen pwòp chak jou. — Yon bon masaj ka delache zepòl la. — Abitan yo al pote plent pou soukèt lawouze a ki ap fè yo abi. — Si ou panse mwen ap pèdi tèt mwen pou yon ti rans konsa, ou tronpe w! — Nan magazen mèb la, nou wè yon bèl tab denwi ke nou te renmen. Nou pat achte l paske li pa ale ak lòt mèb nan chanm nan. — Li pa gen kontè kouman li fè gen kouran. Li gen yon priz kobèlann. — 2 jou apre antèman an, fanmi gen randevou kay notè pou tande denyè volonte defen an e kouman li vle pou byen li yo pataje. — Yo kondane youn nan bandi yo pou mouri. Pou sa yo ba li yon piki fann fwa. — Kas ble LONI yo ansent yon pakèt jèn tifi e detounen tigason, e pati san yo pa kite lapè nan peyi Dayiti. — Wòm se yon vil ki chaje ak bazilik ki sanlbe plis ak mize ke legliz. — Chak ekip sa yo gen estil pa yo. Se sa ki fè match la enteresan. — Li bay yon seri de manti sou mwen pou li eseye desann mwen. — Nan restoran sa a, yo trete moun byen e manje yo bon. — Moun timid pa ka politisyen. — Lanati gen lwa pa li, e li ka fè w peye chè lè ou pa respekte yo. — Tout moun di nonm sa se yon bourik ki pa konn pale ak moun. Mwen pa wè sa. — Li paka verifye enfòmasyon an. Moun yo pè pale avè l — Machin lontan konsa, se nan mize ou ka wè li. — Li kouri vit. Nan fraz sa a, vit se yon advèb. — Nan 2 jou, mèt aprann ti moun yo fè miltiplikasiyon. — Se yon zo bouke chen, li twonpe menm manman l. — Direktè dwa moun nan di: "Se pou wobinèt san sa a sispann koule". Li tap pale de pakèt opozan gouvèman an touye. — Se yon nonm pedan ki panse ke se byen materyèl ki fè yon moun. — Timoun ap prepare nòs dò paran yo. Yo kenbe sa yon sekrè paske yo vle fè yo yon sipriz. — Sayil gen yon konpayi ki touye tibèt nwizib nan kay tankou tèmit, foumi, ravèt. — Yon jezwit se souvan yon bon predikatè. — Se yon restoran franse kote manje yo gen non dwòl. — Ak sechrès la, tout flè nan jaden dèyè lakay la fletri. — Yon prefiks se yon pati ke ou mete devan yon mo. — Pou ranpli jounen timoun yo, li mennen yo sou yo plaj. — Li pale menm jan ak papa l. Se sa ki fè mwen toujou konfonn yo nan telefòn. — Li gentan ejakile san ke fanm nan pa manyen l. — Yon madan sara se yon fanm djanm ki ap chache lavi a tout kote, san li pa desann tèt li. — Politik nan peyi Dayiti bay anpil moun degoutans. — 2 zanmi sa yo pa kenbe sekrè pou lòt. Si ou di youn yon koze, se komsi ou di lòt la tou. — Se moustik yo rele anofèl la ki bay malarya ak ansefalit, yon maladi ki anfle sèvo. — Pase yon dokiman nan dechiketè pi bon pase chire l alamen. — Politisyen sa a gen anpil zelòt ki ap swiv li e ki pare pou fè tout bagay pou li ka rive pran pouvwa a. — Nan lakou a nou rive. Sonnen ason an pou nou (Rara song). — Li akonpaye menaj li nan yon balè. — Yon sipozitwa se pa yon grenn ou ka mete nan bouch ou e vale. — Li ap naje nan yon pisin. — Kamanbè se yon fwomaj ki sante move. Mwen pa konn kouman moun fè manje l. — Lè te bezwen pou li ban m jarèt, li pat sou bò m. — Ou bezwen ou batistè pou ka jwenn yon paspò. — Youn nan 2 elèv sa yo kopye sou lòt. Repons yo twò sanble. — Paske li pa paye enpo sou kay li a, kontribisyon fè dapiyanp sou tout sa li genyen. — Aktris sa a se yon zomangay. Ou ka wè zo zepòl ak zo kòt li. — Rebò twalèt bezwen chanje, se pa sal li sal. — Pou evite youn kontamine lòt, yo mande pou tout moun pote mas. — Se yon mechan ki toujou ap pèsekite moun ki paka defann tèt yo oubyen moun ki tankou pitimi san gadò. — Li se yon delenkan seksyèl ki fèk sot nan prizon. — Li pare tout valiz li aswè a paske li ap pran premye okazyon an demen maten pou li ale Okap. — Nou gen yon pèp bouke ki deside pran gwo chans pou li kontinye viv. — Yon bon limonad byen glase, se tout sa mwen bezwen nan chalè sa a. — Sik kann pi popilè pase sik bètrav. — Pandan timoun nan klas li yo pral nan yon kan vakans, li-menm, li pral ede papa l nan boutik li a pandan tout vakans la. — Se jis yon sipozisyon, men mwen panse ke minis pat swiside tèt li vrèman. — Depi premye jou li wè pitit la, li gaga pou li. — Jaki ap pran ensilin pou regle glisemi li. — Faktè a glise lèt la anba pòt la. — Yon katon wouj nan foutbòl, se yon siy ke abit match la penalize yon jwè pou yon fot grav. Jwè sa a pa ka kontinye jwe match la. — Konklizyon diskou a mete aksan pou pwen enpòtan yo. — Janin fen tankou yon bwa bale. — Tout kay nan zòn gen yon nimewo nan lento pòt yo. — An Ayiti, sezon lapli kòmanse nan mwa me pou rive nan mwa oktòb. — Batiman an tounen ak vwal li dechire. — Ti non l se Wowo, men bon non l se Wodrig. — Janvye se premye mwa nan ane-a. — Si mason an te gen yon jenouyè pandan li t ap travay la, jenou l pa t ap grafonyen konsa. — Makout yo fè ti machann nan machann yo peye taks 2 fwa. Se mechanste! — Chak swa se yon pwoblèm pou fè timoun sa yo fè devwa yo . — Anpil moun panse ke eleksyon yo ap onèt. Yo di Jan l pase l pase e moun ki genyen a ap prezisan yo menm si yo pap vote pou li. — Lè w gen pou w ale, fòk ou ale. — Li panse li se mèt katye a, konsa li ka dechalbore yon jèn fi, e pèsonn pa ka di anyen. — Moun ki panse yo fin rive pa renmen mande moun konsèy. — Papa li se yon tafyatè ki, lè li sou, bat manman li. — Mwen rele w 3 fwa, ou pa pran apèl yo. — Ok ou ka komanse eksperyans la ak yon sipozisyon, men fò w chache, elimine move pis, verifye, pwouve pou ou rive a yon bon konklizyon. — Grèv mwa pase yo afebli ekonomi a. — Se yon ti sovaj. Li pa kouman pou li konpòte nan mitan moun. — Li parye sou yon cheval tout moun te di ki pat gen chans genyen. Li genyen. — Evèk yo mete yo anliy pou al fè lareverans devan Pap la. — Istwa madanm nan te touhe anpil. Epi mwen aprann ke anyen nan sa li te di yo pat vre. — Li pa t ap vivan jodiya si yo pat kouri sou tèt ak li lopital — Nou pa wè solèy la depi 2 jou. Tan an mare. — Mwen pa fè anyen ki mal, pouki sa yo vle pou mwen wont tèt mwen an. — Loran jwe bas nan djazz la. — Li konn Rachèl depi li toupiti. Li pa janm panse li ta tonbe pou li kounyeya. — Plus w ap kite vil la, se plis wout ap tresi. — Li pat konn si chodyè a te cho. Li al manyen l. Li boule. — Jezi di: "Plen kannari yo dlo e sèvi envite yo." (Nòs nan Kana) — Òkès la bezwen 2 vyolonis. — Anpil Ayisyen natiralize Ameriken. — Nan timoun Anjelina yo pa pou li. 2 ladan yo se timoun adopte. — Pèsonn pa konnen ak kilès tifi a sòti, ni ki kote li ale. — Se yon aktò selèb, se sa ki fè kote li pase, yo rekonèt li. — Nimwòd te fonde yon vil yo te rele Babilonn. Non li site nan anpil kote nan Labib. — Mwen di l m ap voye kòb la palentremiz Madan Jera lè li ap tounen Ayiti. — Ak gaz ou genyen an, machin nan pa pral lwen. — Ki zak vakabon sa a sot fè, ki fè li ap kouri konsa. — Babankou se yon wonm yo fè an Ayiti. — Li vide demi galon dlo nan kivèt la pou li ka lave figi l. — Li pa yon senp anfannkè, li se yon akolit kounyeya. Nan lamès, li ka prepare otèl la anvan ofètwa, e ansanse fidèl yo. — Se ak ble yo fè farin ki sèvi pou fè pen ak biswit. — Delege 2 gouvènman yo rankontre pou yo eseye negosye, e konsa, mete fen nan chirepit sou fwontyè a. — Nan 3 prens sa yo, kiyès ki ap vini Wa yon jou? — Li manje tout pate yo san panse a lòt yo. — Grann mwen gen yon jaden nan lakou kay li a. Nan yon jaden, gen yon tou pèsi. — Papa l ap lagoni, yo voye di l. — Mesye fikse fanm nan, se kòmsi yon t ap manje yon moun ak je yo. — Misye panse li ka fè chèf sou nou. — Pa gen moun ki vrèman konnen kisa ki te rive. — Li fèt nan vil yo rele Oslo a; sa vle di li se yon Nòvejyen. — Se aparèy yo ki kenbe l anvi nan lopital la. — Revèy la pa sonnen maten a pou reveye m. Mwen bliye mete alam nan pou 6 zè. — Tèt mato a kolboso. Li lè pou achte yon lòt mato. — Yo di grenn papay bon pou moun ki pwoblèm ren. — Lasous rivyè sa a nan tèt mòn nan. — Makout yo tire sou timoun lekòl yo. — Lè gratezon an pran Masèl, li oblije kouri al fèmen kò l nan chamn li. — Yo sèvi soup la ak yon louch. — Se yon ansyen kriminèl ki vin rich ak lajan tranpe nan san. — Avidèy, lyetnan an wè ke nonm yo pa fèt pou lavi militè. — Si ou bezwen manje ou bon sandwitch se kay Man Pòl pou ale. — Mwen ta pral fè yon kabicha, se kout Klaksonn yon machin ki reveye m. — Kandida a genyen a plis ke 60%. Li filange 2 opozan li yo ki pa menm ka rive jwenn 25% moun ki vote pou yo. — Estefèn pase jounen a ap kalkile pou li wè kote li pral jwenn kòb lwaye a. — Yo bay talon yo lè yo tande sirèn lapolis la. — Gen 2 ou 3 zwazo ki ap voltije nan lakou a. — 3 tifi nan yon bouk yo rele Loud nan peyi Lafrans gen yon aparisyon. Yo di yo wè Lavyèj Mari. — Ti gason sa a ka rive lwen. Li gen anpil kapasite. — Kè kontan pa dire lontan. — Jandam nan pete tèt prizonye ak yon kout kòs fizi. Nan pwem moun ki di anyen. — Lè mwen pran nouvèl la, mwen kouri sou tèt pou vin wè w. — Tout moun ka gen dezi lachè. Men fò ou ka kontwole l. — Sadam se yon Irakyen ki ap viv nan katye nou an. — Gouvènman an deside atake pwoblèm krim yo toutbonfwa sa a. — Pou premye anivèsè maryaj li, li benyen madanm li kado e atansyon. — Premye mirak Jezi, sete nan yon maryaj: Li fè dlo tounen diven. — Mwen sezi tande nonm sa a ap pale. Mwen panse li te bèbè. — Nan pwen fanm di konsa, depi li fin pran yon desizyon, li pap chanje. — Mwen te toujou konnen misye se yon sanzave. — Li panse li se yon gwo aktè paske li te jwe nan yon ti pyès teyat. Li gen foli grandè. — Yon moun sou pa gen yon lòlòy an labou. — Ti non jwèt li se Bèbèt, menm bon non li se Bènadèt. — Mwen di l, mwen pral sòti. Li jis reponn mwen: Byen! — Li fè pwomosyon, li rive brigadye kounyeya. — Mwen konnen Magali depi lè li te yon pisannit. — Si li vrèman repanti e regrèt sa li te fè a, se pou li remèt tout lajan an li te vòle a ak enterè. — Se difisil pou jwenn yon bon pen sereyal nan boutik nan zòn nan. — Pou yo te ka elimine chef opozisyon an, yo di li se yon moun tèt pa byen. — Kominis se yon ideyoloji politik ke Kal Maks ta envente. — Chak moun ap resevwa de goud lè travay la fini. — Sa a se lis moun chwazi yo. — Se yon gwo sourit. De lwen, li sanble ak yon ti rat. — Wè fi a sèlman bay misye yon bann. — Konferans pou lapè a pa rapòte anyen paske youn nan de peyi lwijanboje yo pat la. — Yon koutzam pati e tout moun pran kouri. — Manman m di Pola twò jèn pou li mete zanno kreyol. — Lè yo di w non, se pou w tande non. — Yon mitoz rive chak fwa yon selil manman divize tèt li an 2 pati ke yo rele selil piti fi. — Mason yo di m ak yon machin beton, travay la t ap fèt pi vit. — Kaska, se premye nonm ki te rale pwaya li e atake Seza, nan sal Sena a. — "Lajan nou fini. Se sa ki eksplike ti kanpe a. N ap kontinye ranplase fenèt legliz yo kou nou gen kòb pou sa". Se yon nòt ki parèt nan bilten pawas la. — Yo arete yon pitit yon gwò komèsan ki t ap antre siman nan peyi a nan kontrebann. — Zounoz se yon maladi yon bèt ka bay yon moun. — Li manke otobis 2 zé a. Se nan sa 3 zè a li ap vini. — Diskou a fè tout moun ki t ap kritike li yo manje mo yo. — Se yon pwomès. E lè m fè yon pwomès, mwen kenbe l. — Wè pa wè, mwen ap vin chache lajan an demen. — Mwen obsève kandida a byen pandan diskou a. Bouch li t ap di yon bagay, kò l ap di yon lòt. — Gwo volè ak palto ak mache lib, lapolis ap kouri dèyè aladen. — Lame alman yo oblije retrete devan avans lame fransè yo. — Bwat rad sal la plen. Se lè pou nou fè lesiv. — Mwen pa janm priye moun. Mwen mande ou di non, mwen kite sa. — Tan pou Itlè rann tèt li, li prefere touye tèt li. — Yo rele yon pè pou chase movè zespri sou ti nonm nan. — Konpleks edip se yon tewori ki ta vle fè nou kwè ke kèk gason pa ka detache yo de manman yo, menm lè yo granmoun.' — Tout peche se peche. Pa gen gwo ni piti. — Pou yo kapab pwoteje tèt yo kon bandi kriminèl yo, moun nan katye a deside mache zepòl ak zepòl ak lapolis. — Pi gwo travay la aprè desizyon monte gaz la, se infòme popilasyon an e evite dezòd. — Mwen vide kafe a nan tas yo. — Mwen konnen misye t ap fè mèddam avè m. Se sa mwen pat menm vle tande l. — Pou joudlan a, ap gen yon gwo espektak sou Channmas la. Ap gen mizik, jwèt, manje ak yon ekspozisyon zèv kèk atis nou yo. — Li bese tèt. Li pat ka gade m nan je. — Bri se yon fromaj franse. — Matan mwen pat konn li. Se mwen ki konn li lèt pitit li voye ba li. — Tout bagay byen ranje nan tiwa a. — Mwen pase yon apremidi plezan sou plaj la ak kèk zanmi. — Yo di chou palmis bon pou lasante. — Gouvènman an mete tout etranje san papye deyò nan peyi a. — Lè li wè manman l, li sote ak kontantman. — Peyi sa a gen anpil resous natirèl. Men yo pa eksplwate yo. Se sa ki fè yo konte l pami soudevelope yo. — Mwen rele yon taksi, chofè a fè komsi li pa wè m. — Jezi te mouri sou yon kwa. — Politisyen rabi vle fè yo pase pou yon Mesi. — Pou li debloke pòt, li oblije vide lwil machin nan gon yo. — Vòlè abandonnen sak lajan an lè li tande bri lapolis. — Gen 2 kòk nan lakou a. — Pola choke mwen paske mwen pat janm panse li ta di yon mo konsa. — Youn nan rezon ki fè mwen renmen samdi, se paske mwen pa gen pou m al travay e mwen kapab leve ta. — Li antre nan lame paske yo pwomèt li yo ap peye lekòl li — Chat la monte sou janm mwen. Li t ap tann yon ti karès. — Li di mwen, si mwen refize aksepte sa bòs la mande mwen an, li ap revoke m. Mwen kite travay la. — Se nan devergonday, li pran vye maladi sa a. — Nou pa sanble ditou, Jan avèk mwen. — Li vin nan vil pou sèlman yon lane. Li ap chache yon apatman fètefouni pou li lwe pandan tan sa a. — Pou mwen, tout sa minis la di a se tentennad. — Je m kòmanse vin fèb. Fò m al wè yon doktè je. — Men Jan! Li ap vin chache lajan ou dwe li a. Kache! — Ou bezwen yon lisans pou ou yon espekilaté. Se kòb ou ki pou rete w. — Ou wè li te fè frèt yèswa, vit machin chaje ak glas. — Women yo te konn sèvi yon ti bondye yo rele Venis. — Nou vivan, se sa ki konte. Se sa anpil moun di apre siklòn nan. — Li mande m si mwen pa gen yon sigarèt paske li anvi rale yon nyaj, aprè sa li sot wè nan lopital la. — Se sezon Nwèl, tout vitrin magazen dekore.' — Mwen wè yogout yo bon mache nan boutik la. Men se pa sa mwen konn achte yo. — Lè li antre nan sal la, li resevwa yon gwo ban de piblik la. — Pa renmen seson y rele ivè a, paske mwen pa renmen fredi. — Jan chen sa a ap bave a, li gen lè malad raj. — Gen 2 jeran sou chantye a. Youn responsab materyo yo, lòt la ap dirije ouvriye yo. — Depi l te toupiti li tegen anbsyon pou li vin doktè. — Doktè a tcheke refleks li. — Gen yon bagay nan kay la ki atire mouch. — Mwen pa yon moun ki konn bay legen. Lè m vle yon bagay, mwen batay pou li. — Aksidan toujou ap fèt nan zòn sa a paske pa gen yon siyal ki avèti chofè yo wout pral chankre. — Nonm sa a pa janm rate yon okazyon pou li fè kòb, menm lè se sou do frè ak sè li yo. — Moun ki soufri maladi yo rele emofili ka senyen anpil, paske li manke yon pwoteyin. — Si ou kite pak la ouvè, kochon yo ap sòti. — Manje a sale, men li manjab. — Jij montre anpil pitye, se sa ki fè li pa kondane ti nonm nan. — Kouman yo rele mè vil la? — Anvan li sòti lopital la, aprè operasyon, li mande l pou li al wè doktè l pou yon swivi. — Jan debòde ak travay, se sa ki fè li rete byen ta nan biwo a. — Li manje tout manje a. Pat rete anyen pou li te lanbe asyèt la. — Nan astwoloji, se yon krab ki senbòl kansè — Sayil se pitit yon nonm yo te rele Kich ki te vini premye Wa Izrayèl. — Poukisa nou ap trakase tèt nou konsa, fè Bondiye konfiyans! — Ou pèdi twòp tan pou kalkil sa yo. Gen program enfòmatik ki ka fè l otomatikman. — Ki diferans ki genyen ant yon chapantye e yon ebenis? ebenis fè travay fen ak bon bwa. — Li panse li se yon bagay. Toujou ap bay moun vag. — Li renmen monte sou bit la pou li admire savann nan. — Tout lajounen gason ap antre sòti nan kay sa a. Se yon bòdèl. — Jaki pa bezwen fè bwodè pou moun wè l. — Li di m tan pou li chita pa fè anyen, li prefere tounen nan peyi l. — Prezidan antoure ak moun ki ap flate l olye yo di l bagay yo jan yo ye a. — Li soufri de kondisyon yo rele otis. Se sa ki fè li parèt yon moun dwòl nan je anpil moun. — Li gen ou li parèt devan yon jij jou ki ap 12 desanm nan. — 2 bononm sa yo toujou ansanm. Kote ou wè youn, lòt la pa lwen. — Yon kay chanmòt gen 2 etaj ou plis. — Mwen granmoun. Mwen gen lespri. Si mwen peche se mwen ki vle. — Jilyen se yon kannay. Se sa ki fè moun pa respekte l. — Se gras ak soutyen tout moun nan bouk ki fè li rive fè vwayaj sa a. — Karaf ki sou tab la gen diven. Se pou vizitè. — Ekwatè se yon peyi ki nan Amerik disid. Moun la pale panyòl. — Anvan ou demare machin, fò w ranje retwovizè yo. — Manman toujou rete manman. — Boutèy la gen yon kapsil nan bouch li. Anba kapsil la gen yon bouchon lyèj. — Mwen antrave. Mwen pa konn ki moun pou m mande èd. — Li priye chak jou poy movezespri pa antre sou timoun yo e fè yo fè zak malonèt. — Kay la gen 3 plaka. Gen menm youn anba eskalye a. — Pou menaj li pa tonbe ansent, li fè lanmou avè l san penetrasyon. — Se pa admire timoun yo ap admire Pen depis, se manje yo bezwen manje. — Mwen aprann sa ki ap pase a de yon kanmarad travay la. — Apre li fin gade fim pòno a, li gen yon sèl chalè ki monte l, li anvi fè bagay. — Koumatyouboulout! Gade jan yon tifi bèl. — Djèt pa alamòd ankò, men ou jwenn kèk granmoun ki toujou sèvi ak li. — Pola pap sòti nan lari si li pa li owoskòp lè maten. — Doktè a remake kè li ap bat fò. Li voye l al fè yon tès. — Misye ap etidye ichtyoloji, paske li vle fe elevaj pwason. — Nan kõmansman lamès la, pè a mande fidèl pou yo pran pran pou yon ekzamen konfyans. — Yo revoke bòs ki te ap rann la vi Jaòk enposib la. — Giyàn se non yon ti peyi nan zòn Sid Lamerik. Gen yon lòt teritwa ki pote non sa a tou, se yon koloni Lafrans. Yo rele l Giyàn Franse. — Jip sa a chita byen sou ou. — Li leve maten an avèk yon gwo klou sou je li. Mwen di li fò li al wè yon doktè. — Se pa sou pawòl yo jije w, men sou aksyon w. — Se konsa sitiyasyon ye pa bò isit la — Se pa premye fwa mwen vin nan restoran sa a. — "Dakò, mwen ka ede w". Se sa mwen reponn li lè li te mande èd mwen. — 2 peyi yo siyen yon akò ki pèmèt yo fè komès. — Li gen kras manje nan chak kwen bouch li. — Se tibèf sèlman ki satisfè fi a. Konyen nòmal pa di l anyen. — Si w ap peye li ak lajan kontan, fòk li ba ou yon resi. — Pastè yo tap gade twoupo mouton yo, lè anj la vin pale avèk yo e anonse nouvèl la. — Nan jewometri, yon reyon se mwatye yon dyamèt. — Se yon vil ki gen moun ki sòti nan divès peyi.' — 3 gason ak zam desann yon machin e kidnape yon doktè ki ta pral nan klinik li. — Yo di kandida a se yon lwijanboje. Si li rive prezidan, li ap kòmanse yon lagè. — Li achte yon bèl chemizye pou yon kouzin ki ta pral marye. — Pase li popilè, li panse li pa bezwen fè kanpay. Se yon politisyen salon. — Pou fèt Nowèl la, n ap prepare yon kodenn fasi. — Devan chak biwo Leta, gen yon pakin bisiklèt. Ou ka jwenn yo tou devan kèk bank. — Menmsi ou pa chanje dra yo, fò ou chanje tèdoreye yo. — Jan gaga pou istwa. — Se yon fanm marye, mwen di Pòl. Li pa ka file lang li sou yon fanm marye. — Li se yon etranje ki ap pase nan zòn nan, li pa yon vagabon. — Li te deside pase yon sware trankil. Men yo rele pou yo ba li yon nouvèl ki boulvèse l. — Frèz se yon ti fwi wouj. Ou ka manje konsa. Ou ka manje an konfiti tou. — Mari pa wi, li mezire sèlman yon mèt 90 santimèt. — Ou bezwen ou mikwoskòp pou wè nè nan zèl yon papiyon. — Espò li pi renmen se foutbòl. Men li pa rayi baskèbòl. — Tabak gen nikotin. — Mwatye nan mesaj mwen resevwa maten a se move mèl — Lè prezidan an te fèt monte, li te kwè nan li. — Li pa janm di li pa renmen m. Li pa janm di tou li renmen m. — Nan 5 lane, pri tout bagay preske double. Mwen touche preske menm kòb la. — Li rete lakay li jodiya paske li malad. — Mwen pa renmen gade jwèt bizbòl. Jwè yo ban m degoutans, lè yo ap voye plòt krache a tè. — Pye flè sa ap repouse nan mwa mas, lè prentan a rive. — Nou kòmanse dine a ak koki senjak e fini li ak viann mouton e pòmdetè. — Se yon teren kote moun ki gen woulòt ka estasyone yo. Men fè yon peye yon ti pri chak jou. — Pran yon lòt, li di mwen, lè li wè ke mwen renmen mango a. — Blag la gen anpil vye souzantandi, menm lè li pa parèt yon blag sal. — Pa gen mwayen pou pran daso nan fèt la, gen 3 gad ki ap siveye pòt antre a. — Nan fon lakou a, papa m gen Kay zouti, Ou ka jwenn depi mato jis pèl ak pikwa ladan. — Li mete yon levit espesyal pou li ak fè eski. — Li al lavil la pou li al fè kèk acha pou kay la. — Se vakabon ki jwe zo. — Li pi wo pase lòt frè li yo. — Pafen Emili a anbomen sal la. — planche a abime. Olye li repare l, li mete yon tapi sou li. — Li bwouye kat la. — Yo achte yon paket pafen pou anbomen kadav la. — Mwen rete 2 kay aprè sant ki ede granmoun yo. — Li pran yon bòt nan dènye match la. Se sa ki fè li pa jwe jodiya. — Depi yon mwa li ap tann nouvèl ti gason an. — Resèt manman yo se nan tèt li yo ye. — Li prezante yon rapò detaye de konferans la. — Se gran nèg ki manje oma, paske yo chè. — Li pral 10:00. Map kite w pou ka al dòmi. — Li dokimante tout sa li fè nan vwayaj nan yon jounal entim. — Pase de entandan a administratè se yon gwo pwomosyon. — Jezikri mouri sou yon kwa. — Prezidan a ap chache yon yèsmann pou vin minis lajistis. — Li fè li toupiti devan Bondye pou mande Li padon pou peche li yo. — Pitit la fèb, li bezwen kèk vitamin. — Si ou pale alman, swedwa ap fasil pou aprann. — Apre 3 jou nan koma, li revni. — Se yon jwè pokè, li konn kouman pou li reze, bay enpresyon ke li gen bon kat nan men l. — Gen moun ki lanmou pa gen klaksòn. Lòt di lanmou pa wè lwen. — Bonjou. Kouman w ye jodiya? — Li kwè tout salopri li li sou entènèt. — Li fèk jwenn yon travay nan sipèmache kote li ap kole etikèt sou pwodwi lè pri yo chanje. — Doktè a di twou nan memwa papi, se yon siy ou jwenn kay tout granmoun laj sa. — Li leve. Li pran dejene epi li al rekouche. — Si ou sonje li konsa, rele l nan telefòn ou ekri l yon lèt. — Li mete fraz la ant 2 akolad. — Si ou estasyone machin nan nan plas sa a, w ap remòke l, paske li rezève pou machin pou pote moun enfim. Ou pa wè siy nan? — Li ronyen foto a ak yon sizo. — Mwen sezi wè tout ansyen solda sa yo ki ap dòmi nan lari. — Di m sa ou fè tout jounen an, apa pale anpil. — Kle pwoblèm la devan yo, men yo pa wè l. — Nan peyi sa a, se yon sèl relijyon Leta rekonèt. — Li toujou di ke se madanm li ki enspirasyon li. — Premye jeran konpayi sete yon nonm yo rele Wilyam. — Yo peye nonm nan pou li di radotay sa yo nan televizyon a chak swa? — Mwen pran tout zafè pèsonèl mwen anvan mwen kite kay la. — Li pa sèlman kontante de denonse koripsyon, li fè li tounen yon kwazad. — Yo mete vyolans nan manifestasyon an sou do gouvènman an. — Li se moun k ap vann nanm pou yon asyèt manje. — Depi li pèdi travay li a se an ranyon nèt li abiye. — Gouvènman an kontinye ap degize laverite sou zak malonèt patizan li yo te fè a. — Li kenbe souf li anba dlo a, men li ouvè je l. — Pou rive jwenn plas ou nan estad, fo ou pran ale 11 la. — Nan estasyon an, chak chofè kamyon gen bèfchenn pa yo. — Misye deside pa desann ekzamen yo paske li pat pare. — Konsèy elektoral la diskalifye kandida a paske li pa janm peye enpo. — Kouman ou ye? Mwen mande l. "Kòmsikòmsa!". li reponn mwen. — David se yon nonm byen kanpe. — Menm lè fim nan te raz, li gade li jiska lafen. — Nou prese pou nou pat anreta. Gade nou rive e baryè lekol poko menm ouvè. — Ti gason an sòti san li pa penyen. Li di se paske li te prese. — Yo se 2 bon zanmi. Youn rele lòt frewo. — Li poko akouche, men li chaje ak layèt. — Faktè a kite yon pake devan pòt la pou Fara. — Madanm sa a ap sibi yon vyolans anbachal nanmen mari l. — Chak maten, li mache yon distans de 5 kilomèt pou li ale lekòl. — Pou pa kite moun antre ak zam nan teyat la, gad yo pase yon bagèt optik sou kò nou. — Chak fwa mwen pwomèt tèt mwen pou m kenbe bouch mwen e pa di tout sa mwen panse, mwen pa rive. — Sekretè a toujou mete talon kikit. — Mwen gen pou mwen prezante devan jij la demen maten. — Li gen 10% aksyon nan konpayi a. — Michèl se yon fèk desann. Ou wè sa nan jan li ap mache e nan jan li ap gade tout bagay. — Resi kontribisyon a se yon papye tenbre ki montre ke li peye enpo sou kay la. — Premye fwa fi a antre nan yon chanm lotèl, sete jou maryaj li. — Benwa 16 se premye Pap ki bay demisyon li depi plis pase 6 syèk. — Ou jwenn zo yo rele pewone a nan janm yon moun ant jenou l e pye l. — Ou kapab sèvo ak jenjanm nan yon pakèt resèt kwizin. — Li ap mete m devan. Lè bagay yo gate pou li di li pat konnen. — Se pa tout moun ki ka yon bon doktè, sa mande yon vokasyon. — Moun save yo panse ke lemonn sòti nan eksplosyon yon sèl matyè. Yo rele l Bengbang. — Li achte rakèt tenis sa a byen chè, paske yo di l ke Serena, yon gwo jwè tenis, te sèvi ak li yon fwa. — Ki moun ki ta renmen al lopital? si w ale se paske ou oblije. — Onolili se pi gran vil e kapital Awayi, yon Eta meriken. — Li paka kwè ke Nadin di yon bagay konsa sou li. — Ou ka panse de sa mwen di w la se manti tèlman li parèt enposib. — Presizyon se kle nan matematik ak tout lòt syans ki sèvi ak matematik. — Mwen pa dwe li okenn ekskiz. Se li ki atake karaktè mwen anvan. — Pou defann repitasyon ti sè li a, li kase dyòl nonm ki t ap mache sal non li a. — Ak enflasyon an, tout bagay vin koute chè. — Li gen yon ti demele nan yon magazen soulye. — Dyab ekzizte. Travay yo se detounen moun sou bon chemen oubyen fè yo soufri. — Gen 2 chilyen ki ap jwe nan ekip foutbòl sa a. — Travay la fini, fò m bay enjenyè a dènye tranch kòb la. — Moun yo bouke tande menm predikasyon a chak dimanch. — Apre li fin touye yon paket moun nan zòn nan, li panse li ta pral viv anpè nan yon lòt katye. — Li fè 2 sezaryèn. Doktè konseye l pou li pa fè lòt timoun. — Li parèt dousman, men si ou chache l kont, w ap jwenn avè l. — Pou pastè a, moun monden, non sèlman pa swiv lwa Bondye, men yon pa respekte tèt yo tou. — Misye panse paske li gen lajan ak richès li gen dwa pou li toupizi malere. — Mwen antre nan chanm ti gason a. Mwen pa konn kouman li f`e viv nan malpwopte sa a. — Fanm nan panse maryaj, nonm nan wè plezi. Toulede rive dakò ke renmen an pap mache. — Bèt yo dechalbore jaden mayi a. — Ti medam yo pase tout vakans ak sote kòd, jwe kay. Yo pa manyen yon liv. — Ou vin yon sitwayen meriken apre ou fin prete sèman pou defan peyi kont enmi ki ap viv sou tè a e lòt ki aletranje. — Pomad sa a bon pou kap, se sa yo di. Men mwen pa kwè. — Janin rann fyèl li maten an. Se konsa chak maten depi li ansent a. — Cheni jodya,bèl papiyon demen. — Madanm nan jwenn pitit fi li a ak menaj li nan yon move pozisyon. — Li pa gen asirans ki pwoteje l kont kolizyon. — Li pa konn ki karaktè pou li chwazi pou liv li pral pibliye a. — Kòsaj la tèlman dekolte, ou preske wè tete l. — Govènman otoritè pa janm fè peyi avanse. — Timoun ki sòti nan lekòl byen edike. — Sèl jan pou li genyen, se si l fè koken. — Mwen pa prale jiska sipoze se li ki fè zak la. — Mwen bouke fè jako pye vèt devan biwo imigrasyon pou yon paspò. Yo ban m randevou pou m vin chache l. Lè m rive, yo di li poko pare. — Moza te yon gwo konpozitè. Li kite yon pakèt senfoni. — Anpil grenn, fwi ak legim se fekilan. Ekzanp, ponmdetè, patat, pwa. — Benwa se yon ansoudin. Li ka vann ou pandan li ap ba w bonjan. — Lè direktè a antre nan sal la, tout elèv yo kanpe pou resevwa l. — Bèf se yon bèt sakre dapre relijyon yo rele Endouyis la. — Li fiyanse. Li pa di pèsonn sa. Se bag nan dwèt li ki fè nou konn sa. — Zam nikleyè se pi gwo danje pou latè. — Si se kè grenn li ap eseye ban mwen ak machin nèf li ap kondwi a, li pap rive. Mwen konnen machin nan pa pou li. — Lè te jèn mwen te renmen ale nan sinema. — Kiyès ki prepare goute sa a. Li bon. — Lè li gen yon lide nan tèt li, anyen paka retire l. — Doktè a di mwen gen twop kras zorèy. Li mande yon oksilyè pou netwaye zorèy la anvan li gade l. — Divalye, an 1963, deklare tèt li prezidan pou toutan. 7 lane apre li mouri. — Jan ekip la ap jwe la a, li ka vin yon chanpyon nasyonal. E sa k pou di w, yon chanpyon rejyonal. — Evite problèm, se dènye konsèy papa m ban mwen. — Manman Joslin pa renmen li jwe oslè. Li di anba zong moun ki jwe jwèt sa a toujou sal. — Lè sa a, se lè tout tren ak otobis bonde. Tout moun ap sot travay. — Madanm li mande l poukisa li toujou ap mete dibreyis sa a, alòske li gen omwen 6 pantalon nèf. — Li resevwa yon mesaj ki eksplike li kouman pou li enprime biyè elektwonik la. — Li gen yon vi senp, san tralala. E li kontan. — Li deside kale tèt ou li paske li komanse chov. — Chak maten solèy la leve dèyè mòn yo. Le swa li al dodomeya nan lanmè. — Poukisa pwason yo sèvo nan restoran pa gen zo. — Nèg la pòv, li lèd. — Anpil timoun nan klas la gen dan rachòt. Y ap chanje dan. — Wout sa a chaje ak bwa ki gen pikan. — Li remèt dokiman an yon jou anvan. — Yon ti blese ki enfekte ka tounen yon malig. — Anpil fi pèse pwent zòrèy yo pou yo ka pote zanno. — Manman m tris paske li gen yon premonisyon ke yon bagay mal pral rive. — Ak lajan mwen epaye a, mwen ka bay yon avalwa sou yon kay. — Gen yon aksidan devan an, se sa ki fè machin yo paka avanse. — Mwen fè chofè a konfyans paske li gen kòmand machin nan menm nan move wout sa a. — Yon bosi se yon moun difòm nan do. — Yo voye anpil fèt katolik ki te tonbe jedi nan dimanch apre a. Pa ekzanp, fèt Asansyon. — Mwen di l m ap fè l yon siyal si bagay yo mangonmen. — Pou mwen pa agrave sitiyasyon an, mwen sòti m sou pwent pye m. — Ti nonm nan twò cho nan zafè politik sa a. Di l mete dèyè l yon kote, tande. — Li pa renmen pake an paralèl, se sa ki fè li pa janm ale lavil la ak machin li.' — Sou kesyon li poze a, mwen wè misye gen yon bagay dèyè tèt li. — Sansann se dènye pitit, se sa ki fè tout moun gate l. — Li mouri ak 100 lane sou tèt li. Lavi ak lanmò, lagè ak lavi, lajwa ak tristès, li wè, li viv tout. — Mwen pa pa fèmen je m nan nwit la. Mwen leve ak yon tèt fè mal e mwen pa ka konsantre m. — Premye fwa mwen rankontre l, li rakonte yon seri de bagay entim ke mwen pa tap di menm pu bon zanmi m. — Si ou ap chache dezonore m ak tout jouman sa yo, ou fin rive. — "Anpil men chay pa lou", se deviz Ayiti. — Pa pale angle nan peyi sa a se yon kwo baryè. Ou paka al lekòl, ou paka jwenn bon travay. — Moun sa yo toutan y ap bo. — Fi a dechire kè ti gason a lè li kite l pou yon zanmi l. — Mwen bay misye fè yon travay nan kwizin, li desann pantalon li ladan. — Li refize pote dèy pou belmè l. Li mete abiye ak rad tout koulè. — Nan lame pa gen tout voum sou do. Gen chèf ki ap pase lòd, gen onè, gen obeyisans. — Pitit sa a gwosi depi li pati a. — Nou toujou gen kwasan pou dejene. — Kote mwen ka jwenn yon restoran espayòl ki sèvi payeya nan vil sa a. — Mwen deside pa ba li pa travay la, paske yon ansyen kliyan l di mwen li te tchyake yon travay li te fè nan kay li. — Bab mayi ta fè bèl dekorasyon si yon pat seche twò vit. — Ajoupa nan lakou a se pou bòn nan. — Li komanse jounen an ak 10 santilit jis zoranj anvan menm li pran dejene. — Tout lèt ofisyèl ki sòti nan konpayi ekri sou papye ak antèt e gen yon so sèch. — Albé pat konnen si Pola te marye lè li te konyen li nan yon otèl. — Li ki youn nan fwaye limen e li sòti. Gwo danje! — Ou twonpe w si ou panse ke Olivye se yon timoun dosil. — Banda se dans gede. Se sa yo danse nan peristil premye novanm. — Si ou paka wè san, ou paka fè doktè. — Si ou te reflechi anvan ou pale, ou patap pran desepsyon sa a. — M ap tann yon moun ki ap sòti Nouyòk. — Ou paka jije yon moun san ou pa tande l, oubyen tande avoka l. — Li deside retire tapi atè a e ranplase l avec yon planche bwa. — Kiyès ki mete tout tenten sa yo nan tèt ou? — Lèt la pat pou li, men li ouvè l kanmenm. — Sa pral gen 30 minit depi mwen swete timoun yo bòn nwit, je yo klè toujou. — Mizè pa dous. — Nou paka fè Jaki konfyans ak misyon sa a. Li twò kazwèl. Li pap ka defann enterè nou. — Li met move sa pa di m anyen. Sa mwen te gen pou m di l la, mwen di l. — Gen yon gwoup biologist ki pase la a. W ap fè wout Makaya pou yo al etidye pyebwa ak bèt nan mòn nan. — Moun prese vide sal la, lè tande kout zam yo. — Lè mwen di li ki jan mwen regrèt sa mwen te fè a, li reponn mwen: "Bliye sa!. Mwen pa genyen ou rankin".' — Chak semenn li lave tapi nan salon an. — Gen yon pàn gaz nan peyi depi twa jou. Anpil machin kanpe. — Li plase granmè yo apre diksyonè yo sou etajè liv yo. — Bouyabèz, se yon soup espesyal , ki gen pwason fre. — Madanm sa a pale twòp, mwen pa fè li konfyans. — Eske ou remake kouman misye aji ak madanm ni? Se tankou fanm nan se yo timoun. — Louwanj pou Bondye, Li menm ki gen tout pouvwa. — Mwen pata janm panse misye ta gen madanm deyò. Li te parèt yon moun serye. — Yo pa jete rad nan kay isit; yo fè yo sèvi kòt e mete anba matla.' — Nan tribinal la, sou ban kote akize yo te chita a, te gen yon chèf mafya, yon senatè, yon ansyen minis. Yo te arete yo pou zak malonèt e menm asasina. — Mwen ap etidye pou egzamen demen an. — Moliya mòde lang li pou li pa di plis pase sa li ta vle di. — Nan pwen moun ki pou fè m demenaje nan katiye sa a. — Li di nou li ap oblije pase yon lòt swa nan lotèl la akoz de nèj la ki bloke tout bagay. — Kay anfas la byen dekore pou fèt Nowèl la. — Lontan, anvan telefòn pòtab, ou te ka fè yon nan yon kabin telefòn si ou nan lari. — Li pa fèmen tiyo a, dlo tonbe sou planche a. — Moun ki toujou ap prejije lòt se souvan yon moun sòt. — Fanm nan tèlman make m, li kite sal ak degou lè li wè m. — Lè Maryo se jèn li te mèg. Kounyeya, li tounen yon patapouf — Gen yon nich zwazo sou youn nan branch pyebwa a. — Mwen pa janm achte figi moun. Se pa jodiya mwen ta komanse pou yon travay ki pa menm byen peye. — Li leve nan yon kay pay ak 2 frè e yon sè. — Se yon liv timoun . Li pake de yon sourit ki renmen bonbon anpil, e de yon chat ki gen yon kès bonbon. — Se yon ti nandeng, li toujou jwenn sa li bezwen. — Paske mwen pa swiv li nan dezòd li yo, li ban mwen tout non kenbe. — Ou pa pèdi liv la, ou jis pas konn kote ou mete l. — Se gras a kòb machann dwog ba li ki fè li rive depite. — Chak ane, li peye enpo sou kay la. — Òdinatè bibliyotèk yo gen yon pwogram ladan yo ki bloke tout sit pònografi. — Maladi a rann li frèl. — Li vle chanje kay paske li pa renmen seksyon eskolè ki ale ak adrès li a. Li di seksyon a pa gen bon lekòl. — Moun ki nan vodou kwè ke gen bon lwa qui toujou la pou ede, gen move lwa ki la pou fè mechanste e siman lanmò. — Yo di m gen aktris ki pa janm mete kilòt, mwen pa ka kwè sa — Mèt la dekore panno klas la ak pi bèl desen elev li yo. — San konesans, san fanmi, san zanmi, lavi t ap san gou, san sèl, san sans. — Satan tante Jezi 3 fwa. 3 fwa, Jezi kwape l. — Zavye ak travay nan yon factory. — Se yon gwo mafya, ki rete lwen ap telekòmande yon seri de moun ki ap fè zak malonèt nan peyi a. — Mayi nou plante a kòmanse jème. — Chalo tande yon bri anndan kay la. Li rele lapolis paske li te panse ke sete yon volè. — Li pa gen anpil zanmi, paske li toujou ap gade moun sou aparans. — Ap gen yon deba aprè konferans la. — Se yon restoran kote ou ka manje yon bon filè bèf sévi ak pòmdetè fasi. — Lajonis se yon siy ke ou gen pwoblèm nan fwa oubyen yon lòt enfeksyon. — Moun ki etidye fonoloji ka eksplike son ou jwenn nan yon lang. — Radyo a pran konbyen so, li toujou rete entak. — Si Jak te fè travay la jan yo te mande l la, yo pa t ap revoke l — Fè atansyon, pa sòti pye atè. Gen yon pakèt moso boutèy devan an. — Boulon an lach, se pou sa ou tande bri a. — Li al travay nan lajounen, e al lekòl nan aswè. — Menm lè nou pap viv an Izrayèl, yon jwif rete atache ak eritaj li. — Serena se yon bèt nwa pou Janin ki di zanmi l yo ke san l tounen chak fwa li wè Serena. — Li asoupi pandan prèch la. — Jezi kritike farizyen yo ki toujou ap pale de Bondye men ki pa ni renmen Bondye, ni fè sa li mande. — Kriminèl renmen anachi. Konsa yo ka fè sa yo vle. — Lekòl la gen yon entèna pou timoun ki rete lwen oubyen nan yon lòt depatman. — Ou vle se fòt mwen si ou pèdi kle a? — Se yon nouvèl ki bay kè sote: Yon antonwa vale 2 timoun ki t ap jwe nan lakou dèye kay yo. — Lè mwen poze li kesyon sou sa, li di mwen lè lè a rive, mwen ap konnen. — Se yon gwoup jèn gason chèlbè ki pa kanpe sou anyen. — Se yon chakal. Si li prete w lajan se paske li wè li ka pran kay ou a. — Se yon machin ki koute omwen 30,000 dola. — Aprann pa kè pa vle di konprann pou sa. — Yo di fèy lougawou soulaje moun ki gen pyè nan ren. — Kou li bay do yo kòmanse pale l mal. — Li jete tout medikaman nan kabinè a ki pase dat. — Jodiya, mèt la kòmanse chapit sou lozanj la. Nou konn diferans ant yon lozanj e yon kare. — Peyi pap janm fè yon pas toutan nou pa mete ak zafè santralizasyon sa a. — Menm byen abiye, li rete yon makwali. — Depite a bay pati a koutba,, lè li vote kont bidjè. — Yon kapitèn se yon gid. — Lepè a te al chache mete yon otan nan batay de ti vacabon yo, lè yon kout pwen demantibile machwè l. — Kote ki gen joure, mwen pa la. — Lè m pwoche l pou m pale ak li, li di m : "Kite m anrepo". — Gason kou fanm ka gen tete lonbrik. Se lè pwent tete a antre e kite yon twou nan plas li. — Li di li pa yon misojin, men nan biwo a li trete fi tankou li trete gason, e mande tout moun pou bay menm rannman an. — Li achte yon yon kat telefòn pou li ka rele fanmi l ki lòtbò. — Vaksen kont tifoyid pa pwoteje a 100%. — Nan pwen fi soumoun konsa. Li joure tout moun. — Li télman ensiste pou li wè direktè a, sekretè a oblije kite l pase. — Lontan se sou kadav yo te konn bann machwè. Kounyeya vivan mete l pou soulaje machwè yo. — Mwen te vizite Espay ane pase. — De tout fason, yo pap kite misye pase nan eleksyon an. — Mason yo kouvri mi chanm nan ak yon anplak siman. — Mwen al nan tout magazen zouti nan vil, mwen pa rive jwenn yon tèt tiyo ki ka ranplase sa mwen genyen an. — Kafenòl pa bon pou moun ki gen pwoblèm ren ak pwoblè fwa. — Pitit prezidan! Li ka kache dèyè papa l lè li fè yon bagay ki pa sa. — Nan otèl yon sèvi aliman 2 fwa sèlman: nan maten e aswé. — Mwen tande yon pòt ouvè. Lè m al gade pòt la te femen. Sa ban m frison. — Se yon panye ki fè ak fèy latanye tise. — Si se presyon w ap ban m, ou pa pap rive jwenn sa ou vle a. — Youta se youn nan 50 eta meriken yo. — Moun ki gen nostalji tan lontan, gen tandans anbeli souvni yo. — Nouvèl Ginen se dezyèm pi gwo zile nan lemonn. Li nan mitan Oseyan Pasifik pa lwen Ostrali. — Pou li fè yon bagay pou ou, fò li jwenn yon bagay anretou. — Anvan li sòti, li fèmen tout pòt kay la e baryè lakou a. — Li two eksite kounyeya pou pale avè l. Ba li yon ti tan pou li apese li. — Moun yo deside boykite tout pwodwi ki sòti Lachin. — Li pa sonje anyen de sa kite pase nan fèt yè swa a, gen lè li te dwoge. Non! Li te sou. — Se yon lopital ki pran swen de bebe sèlman. — Ou pa gen rezon pou ou move pou sa mwen di a. — Pyè ak kache pou Mago paske li dwe l 500 goud. — Misye Sannfòd tap mache san prese, wa di li pat vle rive lakay li. — Kat la di gen yon estasyon tren nan zòn nan. Se vre, men tren pa rete ladan depi kèk tan. — Li mete yon twokèt sou tèt li anvan li mete panyen mango a. — Bèt ki gen karapas sèvi avè li pou pwoteje tèt yo. — Lame ak lapolis ap chache teworis yo nan tout mòn yo. Yo di se la yon gen baz yo. — Li jete preske tout lwil la sou kontwa a, paske li pat sèvi ak yon antonwa pou vide nan boutèy la. — Se paske li pa gen lajan pou w ap trete l tankou yon malandren. — Literati pa enterese l. Se matematik ak lasyans li renmen. — Chak premye nan mwa a, elev yo resevwa yon bilten ki montre pwogrè yo fè nan dènye 4 semenn nan e kote yo bezwen èd. — Li chache nan tout magazen soulye lavil la, li pa ka jwenn youn ki ale ak wòb la. — Nèj plen tèt kay la. — Lè ou di "Epi?", w ap tann yon pi bon eksplikasyon, oubyen plis enfòmasyon. — Se premye fwa Jan ap vwayaje nan avyon. — Depi fi a rive nan travay, li pèdi bonanj li, wa di yon moun yo mare. — Gadavou! jeneral la di. Tout solda kanpe dwèt. — Moun serye pa pase nan zòn sa a leswa, li chaje ak makrèl. — Li mete yon chenn ki fèt ak grenn kolye. — Nepal se yon peyi sou kontinan yo rele Azi a, bò yon mòn yo rele Imalaya. — Lontan bank yo te gen pòtye, kounyeya, yo gen gad ak zàm. — Ti pyebwa a ap grandi. Talè li ap bay flè. — Se nan difikilte ou wè kouman nou se yon pèp djanm. — Yon konstitisiyon se manman lwa yon peyi. — Samyèl al soufri de yon maladi. Men li pa di moun ki maladi. — Li renmen al nan libreri e tcheke etalaj kote yo mete liv ki fèk sòti yo. — 2 mesye sa yo frenn de yo te nan lekòl primè. — Jan se neve mwen, pitit gason yon ti frè m. — Esklav yo revolte, yo pran zàm, e yo libere tèt yo. — Li dwe anpil moun. E kèk nan keyansye sa yo konn fè l gwo menas pou fòse l peye yo. — Lè mwen nan pwoblèm, tout fanmi mwen sipòte mwen. — Si twòp kiryozite ki fè li pran nan mera. — Li pann rad yo sou yon k`od nan lakou a. — Fi a gen sik li, se sa ki fè li akaryat konsa. — Depi li pèdi travay li a, li ak de bouda l. — Retire pye w sou tab la. — Nan fen semenn nan ap gen yon kongrè karismatik kay frè yo sou Delma. — Li pa sou san l, li chimerik jodiya. — Palestinyen yo pa gen yon Eta. Gen 2 teritwa kote yo rete: Gaza ak Sisjòdani. — Sous Divalye anpil moun te pè tonton makout, paske yo te espyon, asasen e yo te konn fè anpil abi. — Gade bon kote a. Pa gen moun ki mouri nan aksidan a. — Li di frè l la ke lèt li te voye a te bay manman yo dlo nan je. — Fò yon moun ta gaga nèt pou l pa wè sa kap pase a. — Tout la jounen moun sa yo ap plede, mwen pa kwè yo ka travay ansanm. — Lontan, Ayisyen te panse ke se gran nèg sèlman ki ka soufri yon kriz kadyak. — Minis la di plan opozisyon a se anachi, estrateji li se dezòd la vil la. Se sa ki fè mwen rete lakay mwen. — Se anbalakal yon batiman li vwayaje, paske li pat ka peye yon tikè. — Ti moun yo pran plezi pou yo bonbade machin nonm nan ak labou. — Nan bouk la gen yon sèl ponp finèb. — Nan dènye repa a, Jezi beni pen an ak diven an anvan li pase bay patizan li yo. — Ti nonm nan ap ploye ak yon sak sou do l ki plen liv. — Grès, se yon peyi ki sou kontinan yo rele Ewòp la. — Mwen mande l pou li pase m liv la lè li fin li l. — Apre anpil pratik, mwen panse misye mi pou travay la. — Aprè yon vwayaj konsa, se nòmal pou ou fatige. — Lakou a gen sant chawony. — Sòl, se yon nòt mizik ki vin anvan la et apre fa. — Malgre Jonas nan retrèt li, li toujou okipe ak yon bann pwojè pèsonèl. — Jil leve maten ak rad fèt la sou li. Li pa sonje sak te pase. Li pa menm konnen kouman li te fè pou li tounen lakay li. — Li se yon gwògmann. Li pase samdi swa l ap bwè tafya. — Gouvènman an deside aji kont tout konpayi ki pa peye enpo yo. — Ti gason a bezwen detounen tifi a sou chemen l. — Espanyòl se lang ki pi pale sou kontinan Amerik la. — Toto ki ap rele lòt kannannan? Li pa wè tèt li. — Yo konside pitit sa a tankou yon prensès. — Li fè yon pari ak sè li a. Si li pèdi, li gen pou li fè tout travay nan kay sè a te dwe fè. — Si li te yon zanmi toutbon, li pa t ap pase w nan betiz konsa. — Blan te fè esclav konprann ke se sò yo pou yo esclav. — Anvan li publiye premye liv li a, li mande yon bon zanmi l, ki ekriven tou, pou li ekri prefas la. — Chak menten mwen wè misye ap mache ak chen l nan pak la. — Lafyèv pa yon maladi. Se yon sentòm. Souvan, sentòm yon enfeksyon ke kò a ap chache kontwole. — Ou pa bezwen pè, mèt chen di mwen. Li jape, men li pa mòde. — Malad la ap bwè bouyon, sa vle di li alemye. — Nan kay sa a, politik se yon sijè tabou. — Li achte yon kay pou yon sèl famni, paske li pa vle an afè ak lokatè. — Yon moun k ap bay yon lòt gwo maladi ak saliv li, sitou lè li touse. — Li fè fèt lè li aprann pitit fi li a pral marye. — Souflèt abit la pa mache. Li rete jwèt la pou mande yon lòt. — Se nan yon bank Joslin ap travay. — Ranje machin se pa yon travay sal, menm si moun ki fè sa toujou gen men yo sal ak grès. — Depi yè, ri bò lakay ka vin sans inik. — Se yon nonm ki bwè anpil, men li pa pa jan sou. — Si mwen pat bouskile mesye, li patap fini pwojè a. — Chak semèn li depanse plis pase 20 dola nan manje chat. — Manman m toujou gen yon tabliye sou rad li lè li ap fè manje. — Yon dola gen 5 ennsenk kòb ameriken. — Se pa nan yon klas sèlman ou jwenn yon edikatè. Ou ka jwenn youn nan legliz, nan yon klinik, menm nan yon magazen. — Minis la se yon otorite nan kesyon relasyon ak lòt peyi. — Se yon timoun chode. Li poko menm gen 18 tan, li gentan ansent. — Se palemantè sèlman ki ka vote lwa. — senk miltipliye pa senk bay 25. — Mwen tande ke Janin se yon gwo jenès nan Pòtoprens. Fanmi l pa konn sa. — Anpil etid montre ke fèy dèyèdo bon pou enfeksyon. — Jeremi se kapital depatman Grandans. — Nan lakou a te gen 2 kabrit. — Se ak vyann kabrit yo fè taso. — Jako pa gen move karaktè, li jis pa renmen moun deranje l lè li okipe. — Pri gazolin yo bese toupatou sof nan peyi sa a. — Pou li jwenn travay sa a, li oblije fè chen dèyè direktè a. — De lwen mwen tande son klòch la. Li te tris. — Se gras a moun pa ki fè li rive antre nan fakilte a. — Mari l mouri sou li, kite l ak 4 timoun anbazaj. — Yon kote se yon travay ki byen peye, men yon lòt kote li pa bay asirans sante. — Sa li di a gen sans, se ou ki pa konprann. — Se fèt yon sen ki te mouri matirize, pè a mete yon chazib wouj pou lamès la. — Apre li fin manje, li renmen al dodomeya sou amak ki pandye ant 2 pye manfo yo. — Mari se yon fi ki beni. — Mwen gen yon kouzin mwen ki sè. — Kanaval la ap kòmanse devan lakomin pou li fini sou plas devan legliz la. — Mari ak Maryèt se marasa. Yo sanble tankou 2 gout dlo. — Moun ki ranje bouke flè sa a gen an pil kreyativite. — Anvan Terèz te marye, li te yon fanm fasil. Se konsa anpil kanmarad nan fakilte a sonje l. — Eske ou etidye? — Souf se yon pwodwi chimik ki gen yon sant fò. — Nan tan lontan lontan, se nan kav anpil moun t ap viv. — Li frennen atan, se sa ki evite aksidan a. — Veston sa a se yon dibreyis depi 2 zan. Li mete l pou al legliz. Li mete l pou al nan maryaj ak antèman. — Madanm li toujou ranje kòl li anvan li sòti. — Se yon oktojenè, men li gen enèji yon moun ki gen 50 lane. — Li gen 2 chenn annò nan kou. — Eske Chalòt rive lakay li deja? — Se yon travay ki mande pou toujou konpòte w an pwofesyonèl. — San yon diplòm bakaloreya, ou paka antre nan inivèsite. — Li konsidere tankou enjistis santans jij la. — Mwen wè kontriksyon an ap mache. Yo koule beton sou tèt kay. — M ap fè ji a, pandan ou ap prepare salad la. — Jan sanble li gripe. Li ap touse, nen li ak koule e li di m tèt li ap fè li mal. — Se yon deprave. Li san travay. Li bwè. E li renmen chat chawony. — Li pran pòz li pa renmen Katrin, men anbachal li ap mouri pou li. — Gen 2 moulen nan kwizin nan. Youn se vyann sèlman. — Se yon lapli fen ki ap tonbe a. Se pa move tan. — De pi li fè kolè, ransyon li monte. — Ak retorik li, pwofesè a rive fè moun ki pat kwè vin aksepte nan tewori l yo. — Li ouvé yon kont kouran nan yon bank. Yo ba li yon kanè chèk gratis. — Apantè a montre bòn tè a. Men gen yon jewomèt ki pral trase kadas la. — Chak fi fèt ak yon kantite ze. Li lage youn chak mwa. — Sekretè a klipse fèy yo, san li pa ranje yo anvan. — Sinistre yo kritike konpòtman manfouben gouvènman an an fas sitiyasiyon y ap sibi a. — Janmen nan la vi mwen, mwen ta panse mwen ta wè yon bagay konsa. — Si se sa li panse, li kaka. — Doktè a preskri yon antibyotik pou chank la. — Mwen ta renmen konnen ki kritè li itilize pou li chwazi liv sa yo. — Nan jazz, piston gen anpil enpòtans. — Gen tout kalite klou. Depi koulou gagit rive sou sou klou beton. — Gen douz minis nan cabinè a. — Ekip la demoralize paske li pa jwenn sipò. — Gen yon baraj lè ou ap antre nan vil la. Polis ak militè ak kontwòl machin ki ap antre e ki ap sòti. — Li teke fren an, lè li wè machin devan li a ralanti. — Sal dijans lopital sa a toujou chaje ak moun. — Malgre sanksyon yo pran kont depite a, li pa janm pèdi ekilib li. Li toujou rete kè kal. — Orizon se dènye pwen kote ou ka wè, paske tè a won. — Pou ou tounen lakay ou, fò ou ale nan lòt sans. — Moun ki pa ka rete ak san fwa yo, ka fè zak malonèt. — Se yon lide monden e preske nyè. Se pa pou sa pou m konside l tankou yon anatèm. — Pitit la bay paran l anpil tèt chaje. — Moun nan travay la ap fè yon kèt pou ede yon kolèg yo ki nan difikilte. — Touris pa vin nan peyi sa a ankò. — Okap se 2è vil nan peyi Dayiti. — Nan vil Wòm, premye kretyen yo te konn kache nan katakonm pou evite pèsekisyon. — Konpayi depoze sou teren an yon machin beton. Se pou fè mi fondasyon kay la. — Retadatè yo rete pandan 60 minit nan koulwa antre lekòl la, paske pòt klas yo te fèmen. — Mwen wè yon mal chat ki ap pase nan lakou. — Edikasyon se yon atou pou yon jèn gason jodya. — Doktè di tonton m soufri de latranbay, se sa ki fè men ap sekwe toutan. — Li mache yon bon bout tan avèk li. — Machin mwen an dirab. Li gen plis pas 15 lane, e li ap mache san pwoblèm. — Tig renmen vyann. Nenpòt vyann. — Ou ka divize ven pa 2, 4, 5 e 10. — Li se yon nonm konsekan. Li di prezidan a nan figi si se ak souflantchou li vle fome kabinè a li pa bezwen konte sou li. — Se dènye semès li nan inivèsite a. Li ap diplome nan mwa me. — Li di tout kò l pran dife lè nonm nan manyen l. — Travay li ap fè a fè l tounen bèt seren. — Lavèy ekzamen a, nou al dòmi bonè. — Li pase tout apremidi a sou lakou a ap raze gazon an. — Janin gen je zanman. Li atire atansyon anpil moun. — Kay la tounen yon kwa sou zepòl mwen. — Evite pale de bagay sa yo avè l. Li ka enève l. — Yo arete misye. Li nan pòs polis la la. — Nonm sa ap fè pwomès li pa ka kenbe; li fè yo jis pou li amadwe fanmi fi a. — Tout pèpè se rad enpòte. men tout rad enpòte pa pèpè. — Òganizatè yo sèvi ak yon anplifikatè pou ogmante son nan sal la e pèmèt moun ki chita dèyè yo tande diskou a. — Depi li ouvè bouch li, se salte ki sòti. — Sispann fè lanmou chen nou an la! Nou pa wè tout moun ap gade nou. — Jezi di moun yo, plen damijann yo dlo e sèvi envite yo. Se premye mirak li: Li fè dlo tounen diven. — Byen yo e jan yo separe yo a mete frè yo do a do. — Se yon otè ki pibliye plis pas 25 woman. — Kouman fè ou pral marye, e ou di ou doute fi a renmen w tout bon. — Depi madanm nan wè yon bagay kay yon moun, li vle tou. — Lè mwen ba li nouvèl la, li sèlman sekwe tèt li, li pa di anyen. Mwen kwè sa te kontrarye l. — Kamyon fatra a pase bonè jodiya, mwen pat menm gentan mete bwat fatra yo deyò. — Nan salon sa a, titrès koute pi chè ke yon pèmanant. — Yo pat envite Patrik nan nòs yo, paske yo di li se yon makwali. Jodiya yo ap mande l travay. — Se yon te ki bon pou gonfleman. Li anmè. — Ofisye ladwann nan mande m si m pa pote alkòl, bijou e kado ki depanse 2000 dola. — Gen 10 milimèt nan yon santimèt. — Le madanm nan di m si m vle yon vè bouboul mwen pat panse li t ap pale de ji kowosòl. Se sa ki fè mwen te di non. — Byen souvan, se maladi fwa ki bay dlo nan vant. — Ibè pè pou lame a pa konvoke l nan tan lagè sa a. — Pou anpil moun rive doktè se yon eksplwa. Men pou fanmi sa se sèl karyè yo aksepte. — Doktè a di pitit la soufri de yon mank de vitamin. — Atis la gen yon pòtfèy ki enpresyone direktè mize a. — Tout moun nan katye a branche sou entènet. — Se fay yo ki responsab tranbleman de tè a. — Mwen twouse nen m paske pafen dam nan te twò fò pou mwen. — Li ante nan biwo a an premye le maten. Li sòti an dènye leswa. — Yo pral kraze kay nan zòn pou yo fè yon gwo sant komèsyal nan plas yo. — Chak samdi, Gabi al fè yon toune nan bouk la sou bisiklèt li a. — Sadam se chèf gouvènman irakyen an. — Li gen kapasite pou li fè travay la men yo pa pran l paske li pa gen bon referans. — Majori se direktè jeneral nan ministè Finans. — Yon branch pyebwa tonbe sou kab televizyon dèyè kay et kase l. — Pyè pa vle Jan marye pitit fi li a, paske Jan se moun vini e pèsonn pa konn fanmi li. — Moun ki ap viv jodiya pa ka imajine kouman lavi te ye nan tan lontan lontan. — L ap pran yon ti beny. — Alis ka fè travay la pi byen pase Janin. Men yo chwazi Janin. — Govènman an di se opozisyon an ki pouse etidyan yo pran lari. — Menaj Beyatris kòmande yon tès patènite pou konnen si Ti Polo se pitit li tout bon. — Janin panse li te poukont li. Se sa ki fè li t ap pete konsa. — Se syèl la m ap tann demaske la a pou m reprann wout la. — Pou ou rive pè ou pastè, fò ou etidye teyoloji. — Nan mès lantèman an, pè a itilize yon pakèt efemism pou li montre kouman moun nan te bon moun; men sa pa diminye soufrans fanmi a pou sa. — Se moun Pòtoprens ki marye, moun endeyò plase. Se sa anpil moun panse, men se pa vre. — Gen yon kriz gazolin nan peyi. — Kisa Pòl di w? Li pa di m anyen. — Depi li te toupiti, Jeremi konnen li tap vin yon pwofèt. — Yon disètasyon mande anpil rechèch. — Zirik se yon yon vil nan peyi Laswis. — Dlo lapli a enfiltre nan fondasyon kay la. — Tout anplwaye anbasad la se espyon gouvènman an. — Si ou kite misye fè chèf sou ou, se ki vle, paske li pa gen ankenn otorite. — Mwen voyè Ektó al reprezante nou paske li se yon nèg ki gen anpil bon konprann. — Epidemi a touye anpil moun. — Pou li montre li metrize bekàn nan, li lage gidon pandan li ap pedale. — Si ou pa repare krakman nan planche a kounyeya, li ap koute pi chè pita. — Li pase nap. Kounyeya, li san pli — Li te gen yon konpòtman degoutan nan nòs. Mwen pa kwè fanmi a ap envite l nan okenn lòt seremoni. — Avan li al nan kan an, manman verifye ke li gen omwen 2 pijama nan valiz li. — Ok! Bliye sa! Mwen pap tounen sou koze sa a ankò. — Bòs li a apwouve demand konje li a, men pou sèlman 15 jou olye de 21. — Se you jèn aktè, se nan premye fim li jwe. Li gen talan. — Adezyon a group sa a pa gratis. Fò ou peye yon kotizasyon chak ane. — Li aliyen tout tas mezi yo sou tab la kwizin nan. Sa vle di li prak fè gato. — Pitit la vini ak yon kwafi ki fè manman l sezi. — Sou tab la te gen yon pat fig, kèk zaboka ak mango. — Mwen sou wout, mwen ap rive nan yon ti moman. — Pitit! sispann bat kò w, pou mwen ka met rad la sou ou. — Misye se yon yenyen, menm tèt li li paka okipe. — Jwè yo tounen nan vestyè a apre premye mitan a. — Kodeyin se yon remèd ki kalme doulè, men li ka tounen yon danje pou lavi ou, lè ou pran li twòp e twò souvan. — Nan restoran an, mwen mande yon biftèk byen kwit. — Se pa tout relijyon ki preche sajès. — Moun sa yo ak danse tèt kole depi bal la kòmanse. — Se yon moun ki toujou panse a demen. Se pou sa li pa gaspiye lajan l. — Maryèl pa yon chwèt. Li jis pa konn abiye. — kote zenga sa a sòti? Nou pa gen poul koulè sa a. Se pou vwazin nan. — Gato maryaj la koute chè, men li byen dekore e li bon nan bouch. — Mwen pat janm panse ke Ivon te makout. Mwen wè labiye ak inifòm ble a e li ta pral nan parad 29 jiyè a. — Lè li nan vakans, se pantalon kout sèlman li mete. — Si ou pa jwenn yon kiyè esgeti a, sèvi ak yon gwo fouchèt pou sèvi w. — Lè li aprann nouvèl la, li kouran al infòme Polo. — Pou ti krik ti krak dlo sot nan je l. Li se yon fenyan. — Kalifòni se yon eta ki nan Lwès peyi meriken. — Depi operasyon a, li pap janm reprann li. — Nan fanmi sa a, manman m di m, gason pa fidèl. — W ap jwenn repons yo nan paj ki vin apre a. — Pòl se yon jèn kale nan matematik. — Si nou bezwen konnen istwa pèp Izrayèl la nan peyi Ejip, e pwoblèm li te genyen avèk fararon yo, se liv Egzòd pou nou li. — Anvan Kristòf Kolon te debake, zile a te divize an senk kasika; chak te gen nan tèt yon chèf yo rele Kasik. — Swèd se yon peyi ki sou kontinan Ewòp. Kapital li se Stòkòl. — Prezidan an bay chak minis gouvènman an yon tèt bèf. — Ayiti e Ladominikani, se 2 peyi sou yon menm zile a. — Moun sòti toupatou pou fèt patwonal vil la. — Ki premye zannimo kay ou te genyen? Yon chen oubyen yon chat? — Siklòn nan kite lapenn ak dezolasyon nan kanton an. Tout rekòt pèdi, anpil kay kraze. — Li jwenn youn nan grenad ki pat sote yo. — Maryo gen anpil imajinasyon, si li envente yon istwa konsa. — Tout timoun pè jwe mab avè li, paske yo konnen ki jan li maton anpil nan jwèt sa a. — Vonvon se yon radyo pirat. Li pa gen yon lisans pou li mache e li pran frekans radyo ki legal. — Nan menm diskou a, minis la kontredi tèt li 2 fwa. — Ekip la fè kaka. Li pa remèt anyen sou teren a. — Se papa Polo ki te kòmanse tablo ki nan salon an, se li ki fini l. — Li gen yon pistolè ki fèt depi dènyè gè a. — Pou fèt li, li pa tann moun ba li kado, li toujou ofri tèt li yon bagay li renmen. — Nom li se Majori, men li pi renmen lè yo rele Majo. — Se yon bon timoun, li plen atansyon pou tout granmoun nan katye a. — Mwen pa wè manmi m depi 6 mwa. — Chak peyi gen tradisyon pa yo. Sa ki paret korèk nan youn ka revolte moun ki ap viv nan yon lòt. — Nan lakou a, gen yon kay dwòl ki pentire tout koulè. Yo di se kay mistè. — Li fè manje a, mwen ranje tab la. — Siklòn Gustav ak Hanna touye plis pase 500 moun. — Sèl lè nou achte manje nan bwat se lè pral gen siklòn. — Pitit moun sa yo se eksplwatè menm jan ak papa yo. — Na premye reyinyon nou gen ak direktè a, nou wè se yon nonm ki gen pouvwa pou fè e defè. Tout moun kraponnen. — Ou jwenn langèt nan pati jenital fanm. Se yon pati ki sansib anpil. — Kwizinyè a koupe patat la an 2 mòso. — Feblès sa se move siy, li di m, ou dwe wè yon doktè, li di m.. — Tout fè sa yo montre misye pa fin inosan. — Yon babwen se yon gwon senj ke ou jwenn sou kontinan afriken an. — Chofè machin nan zigzage sou wout pou evite machann yo. — Se yon kandida popilè nan vil la sèlman. Men moun andeyò yo pa konnen li. — Ou konpòte w an san wont. Epi w ap mande poukisa moun pa respekte w. — Alfabè se premye sa yon moun aprann pou byen pale e ekri. — Si Bètran te la, nou te rezoud pwoblèm sa lontan deja. Li gen repons pou tout bagay. — Li plen pòt ak dlo, et mete l sou dife a. — Moun ki ap swe toutan dwe sèvi ak dezodoran pou pwoteksyon. — Premye fwa mwen manje yon rezen ki dous konsa. — Poukisa ou fè sa? Mwen mande l. Paske, li reponn mwen, fè l ou pa fè l, yo ap rann mwen responsab. — Mwen tande diskou prezidan an. Mwen pa kwè yon mo nan sa li di yo. Sete yon pèfòmans pou kalme patizan li yo. — Yo afiche yon pakèt foto candida a sou mi a. — Gouvènaman an pote yon demanti sou vye koze ki ap pale nan lari a. — Moun ki soufri presyon gen plis chans pou yo gen kriz kadyak. — Zo bra moun tache sou 2 ekstremite zo zèpòl, ke yo rele tou omoplat. — Se premye woman li, e kritik di li bon anpil. — Podyab! li pédi tout tan sa a devan anbasad e li pa jwenn viza a. — Anpil etranje lè yon fèk rive nan peyi sa a soufri de dizantri. — Li abiye tankou yon gason manke, men li se yon fanm toutbon. — Lè m te nan bezwen, sèl moun ki te epole m, se manman m. — Minis la bay demisyon l aprè li te fin anonse ke li dezasosye de de dènye zak gouvènman. — Si youn nan pati yo te modere, nou patap nan lagè jodya. — Anvan lapolis te rive, volè a te gen chape. — Nan peyi sa a, sekz anvan maryaj entèdi. — Mari fanm sa kite li paske li di li pa ni cho ni frèt. — Siklòn ap pwoche, gouvènman an mande tout moun sou kot Sid, pou yo rete annalèt. — La lwa bò isit pwoteje granmoun. — Gade yon salmanaza pou moun nan zòn. Bandi ap menase yo. — Yo di ke te fèy vèt ka ede pwoteje kò kont kansè. Mwen mande si se vre. — Si li pat takle jwè a, ekip la t ap pran yon gòl. — Tamaren gen yo ti gou asid, se sa ki fè mwen pa renmen l — Lou ka sanble ak chen, men li pa yon zannimo kay. Se yon bèt sovaj. — Anpil fanmi vin pase apremidi a nan pak la. Genyen ki pwofite fè babako. — Dwa otè se yon pwotesyon pou ekriven, atis e tout moun ki ap kreye zèv. — Mwen envite touletwa sè Lespinas yo nan fèt la, yoyoun pa vini. — Lalwa rekonèt sèlman 2 seks. Gason ak fi oubyen mal ak femèl. — Sou teren fakilte agwonomi a, y ap bati 2 poulaye. Sa ap ede etidyan ki ap swiv klas ònitoloji yo; e moun nan zòn nan ka achte ze fre. — Yon ti van ki t ap soufle lejèman kwape chalè a. — Li rele manman l yon fwa nan yon semenn. — Premye moun parèt nan koub la, sanble se Abèl ki antèt. — Yo depòte li, menm lè li pa janm dezobeyi lwa peyi a. — Fwod nan deklarasyon enpo ka mennen dwat nan prizon. — Gen moun ki te fi se yon gwo chans mwen te pran avè w. Fè yon parisou yo. Men mwen te kwè nan kapasite w. — Ekspè etranje sa yo ka rive sène pwoblèm peyi tout bon vre. — Misye pran yon kontravansyon poutèt li te pran yon limyè wouj. — Yon silans ki di anpil, se yon oksimò. — Pitit la mouye kò l, li di li benyen. — Volè a te gen yon mas nan figi, men yo wè tatou li te gen sou do pla men li a. — Pou moun ki lwe yon chanm, otèl la ofri dejene gratis ant 6 zè e 9 vè nan maten. — Lontan chak awondisman te gen yon prefè. Sete yon reprezantan sivil prezidan an. — Prezidan an nommen premye minis, paleman an apwouve l. — Lasèt soulye ti nonm sa a pa janm mare. — Prezidan bezwen plis pase elokans pou li fè m kwè nan sa li ap di yo. — Li abandonnen lekòl depi li te gen 16 lane. — Mwen tande Ève rele Ivèt choupèt. Se bouch li ki chape oubyen gen yon bagay antre yo. — Le dimanch, anpil fanmi mennen timoun sou plas bò palè pou yo al wè atis lari, mizisyen ki ap jwe, moun ki ap mime. — Sèj pase tout jounen samdi a ap gade televizyon. — Volè di moun nan bank yo: "Atè!" Tout moun obeyi paske yo te gen zàm nan men yo. — An Angletè gen kote gen yon rèn gen anpil moun yo kont. Men pa genyen moun sa yo nan peyi meriken ki se yon republik. — Li di kay la se tout byen li genyen. Fò li jwi l. — Nèf se yon chif ki kapab divize pa twa e pa limenm sèlman. — Lontan timoun te respekte granmoun, kounyeya bagay yo chanje. — Vwazen an fouye yon trou dèyè kay li. Se pou yon pisin — Si pat gen tout chomeko sa yo nan peyi a, pa t ap gen tout gang sa yo. — Yo di avyon a ap poze a midi. — Li resevwa yon kafetyè elektrik pou kado, men li pa bwè kafe. — Lè li wè ki moun ki te nan reyinyon an, li vire do l. Li ale. — Eksperyans la pa pwouve ipotèz la. — Ti gason a touye zòtolan an ak yon yon wòch nan fistibal li a. — Nèg la pèdi memwa li. Li pa menm ka sonje kote li abite. — Misye a di m pou m ale toudwat. Lè m rive nan dènye kafou a, m ap wè legliz la. — Li mete yon jip blan >arèl ble. — Patrik pa yon entatad. Li jis pa renmen kote li ye a. — Mwen paka akouple chosèt sa a, paske mwen paka jwenn lòt grenn nan. — Bwochi a di ke otèl la yon kote bèl e pezib, lè yo rive yo wè ke li preske nan mitan vil la. — Se si m ta sou branka sèlman pou mwen pata vin travay. — Anpil flè gen yon siyifikasyon senbolik. Pa ekzanp, yon woz wouj se siy lanmou; yon woz blan vle di inosans. — Gen yon epidemi difteri nan vil la. Anpil timoun tonbe viktim de li. — Oktòb se mwa lang ak kilti kreyòl. — Anpil moun ki vin nan reyinyon an vin defann interè pa yo sèlman, pa interè katye-a. — Sa depan sou ki ang ou wè kesyon. — Chante sa a toujou fè vibre. — Li te bezwen koupe pyebwa nan lakou a depi kèk tan, li pwofite de van tanpèt ki pral rive a pou li fè sa. — Li krispe pandan tout reyiniyon an. — Biwo travay la rele m pou li di m ke yo ranvwaye randevou a. — Pa manyen vè lanp la! Li cho. — Moris se non yon zile ki nan mitan lanmè yo rele Oseyan Endyen a. — Se lè gen kòve nan bitasyon a, ou wè vrèman sa men anpil chay pa lou vle di. Travay yon moun ta fè nan yon mwa, nou fè li nan yon grenn jounen. — M ap chache yon penti, yo di di m m ap jwenn li nan yon galri da ki Petyonvil. — Wès Dominikani se Ayiti. — Menm nan mitan apot yo te gen yon trèt. Non li se Jida. — Menm lame pat vle aksepte misye. Li se yon sanginè. — Renmen se yon santiman ki chita sou Konfyans. — Kè li te komanse bat fò lè li tande vwa ansyen menaj li a nan telefòn nan. — Direktè a ap fè asistan li a mache ès-ès. Li poko fini yon pwojè, li ba l 2 lòt. Tout sa paske li pran yon jounen konje san li pa di l. — Ak ranmasèt sa a, ou pa bezwen bese pou ou ranmase fatra yo. — Chak kwa sou plaj la repranzante yon moun ki neye — Li reponn tou kesyon Ekakteman. Se pou sa li gen 10 sou 10 nan ekzamen an. — Lè li te kite travay la, li te panse pa tap gen lòt moun pou ranplase. — Mwen frape pòt la, yon vwa gason di "Antre"! — Dola a monte sou mache a. — Yon krabye se yon tip zwazo ki gen pye fen e long. Flamengo se youn nan zwazo sa yo. — Gen anpil vil ki pote non chanpay. Gen youn an Frans, you nan peyi Langletè. — Nan lavi gen bon moman, gen move moman. — Minis sa a se yon woulemdebò, sa li di nan konsèy la, se pa sa li di laprès. — Dantika se yon otè Ayisyen men ki ekri an angle. — Se yon malsite. Tout sa li fè tounen kont li. — Li deside al flannen lè madanm ni koumanse pale nan tèt li. — Chak mwa, premye lendi, se jou peman. — Kandida yo pa di anyen sou pwojè yo, tout sa ou tande nan bouch yo, se eslogan. — Li deja kòmande tòj li a pou seremoni diplòm nan. — Yon bòkò se yon wougan ki fè plis mal ke byen. — Opozisyon an pi alèz nan kontrekare gouvènman ke prezante yon plan ki ka ede pèp la. — Li kite lekòl pou li ak al aprann yon metye. — Chak fwa ou fè yon peche, ou dezobeyi Bondye. — Fanm nan mete yon flanm nan kè tinonm nan. — Lopital la òganize yon bankè pou volontè ak sipòtè li yo. — Tout otomobil gen yon levye vitès. — Yo pare yon danje kache pou woulong yo ki t ap manje poul nan lakou a. — Mwen marye, papa pitit, men pou Wobè, mwen toujou yon ti frè ki bezwen pwoteksyon. — Kontra travay la intèdi enplwaye yo pou fè kanpay pou yon kandida anvan yon eleksyon. Si yo vle fè sa, fò yo demisyone. — Yo pap mete l directè, li twò tann. — Chèf mafya a deside elimine youn nan akolit li yo. Li di li te trayi l. — Salad la gen fèy leti, tomat ak kawòt. — Ti gason an banbile kon li yèswa. Li pa ka leve maten an pou li al travay. — Se yon vòlkan ki te detwi vil Ponpey. — Li jwenn repons li t ap chache a nan Entènèt. — Yo poze l yon kesyon byen senp, li fè yon diskou pou li reponn. — Yo di m Polèt nan metye a. Pou li kache sa, li marye ak yon zanmi l. — Aleksi se yon medsen. Li gen yon klinik anfas legliz la. — Avyon a pati bonde. Li pat gen yon chèz ki te vid. — Sa ki vlope anba bra janin la, se yon nat espesyal pou moun ki pral sou plaj, — Yon 17 oktob, Desalin tonbe sou bal moun mechan yo. — Ayiti, se yon konsèy elektoral ki ka fè eleksyon. — Mwen di chofè taksi pou li mennen m nan yon adrès kote yon zanmi m rete, li di m li pa prale nan zòn danje sa a — Nan foto a, tout moun ap souri sòf Mari. — Mwen mòde lang mwen pou mwen pa reponn li e di li yon mo ki ta ka blese li.' — Ou ka pa rive si ou pran chemen riskan sa a. — Nan kan an, chak swa, nou limen Yon gwo dife bwa e chita arebò l pou nou chante, manje, pataje. — Prezidan Lesko kite Chada (SHADA), yon konpayi meriken, pran tè peyizan yo pou plate pye pit. — Se yon manje lou. Li ap pran w tan pou dijere l. — Pou li tout rèv gen yon sans. — Se oumenm nou t ap tann pou nou kòmanse reyinyon an. — Si ou pa moulen manje a byen, w ap gen pwoblèm lestomak. — Li kilbite, men li pa tonbe. — Lekòl militè se sinonim Academi militè. — Nan liv Deteronòm, nou jwenn premye lwa Granmèt la te ba pèp Izrayèl la. — Misye se yon amatè, li poko konnen metye a. — Mwen kwè nan tèt mwen, se pou sa mwen pa okipe sa lezòt ap di sou mwen. — Sò Àn se yon fanm vanyan. — Li rete nan kay pay ki anba ti mòn nan. — Fanmi moun sa yo pa gen bon ten; yo sanble granmoun a vennsen kan. — Nan lekòl, lè yo pale de lang klasik, yo vle di laten ak grèk ansyen. — Jan toujou rekonesan pou tout sa ou fè pou li ak fanmi. — Gen òmòn ki ka chanje konpòtman yon moun pand yon tan. — Si pati ki nan pouvwa a reyisi dezini opozisyon an, li ap gen eleksyon an. — Pant mòn nan ranpli ak pye zaboka. — Li prepare yon gwo repa, kote li envite tout zanmi nan travay li yo. — Mwen plenyen sò Katrin ki pèdi travay li. — Nou tout gen pou nou rann kont de sa nou te fè sou tè a. — Li pote mawon griye nan piknik la. — Moun yo te gen 30 minit pou yo poze konferansye a kesyon sou sijè li trete a. — Dominik toujou ap poze kesyon ki pa gen repons. — Pafwa li regrèt li pat marye ak Janin. — Otobis la pa rete pou mwen paske li te twò chaje. — Etanazi se touyou yon malad ki ap soufri anpil e ki pap janm jwenn gerizon. — Bòs la peze yon bouton sou biwo a, touswit yon sekret1e parèt. — Li bezwen silans pou li ekri, se sa ki fè li an nan kay li genyen andeyò a. — M ap kontinye fè sa mwen konn fè a jiskaske mwen resevwa lòd de bòs la pou m fè l yon lòt jan. — Nono t ap senyen tankou yon konchon aprè kout kouto a. — Depi fi sa a vin prezidan, li pa janm mete wòb pou li vin nan biwo a. Li toujou abiye ak kostim. — Imigrasyon di Janpyè se refijye ekonomik, li pa refijye politik. — Obeyisans pa toujou yon siy feblès. — Pri manje vin tèt nèg nan peyi sa a. — Direktris òfelina a se yon Swisès. — Gen medikaman pou moun ki soufri de lèt pase. — Yo te bay yon chita tann nan fèt la. Erezman, yon zanmi l di l sa e ba li yon antidot. — Chak semenn nan kan vakans la, gen yon chase trezò. Se aktivite mwen te pi renmen. — Madagaska se yon zile ki nan Sidès Afrik. — Ou bezwen pay de defè pou lave chodyè sa yo. — Se yon mirak! Misye sòti vivan nan aksidan avyon a. — Lawoland pa yon peyi. Se sèlman 2 pwovens nan peyi yo rele Peyiba ki pote non sa a. — Li lakay li kounyeya. Ou met rele l. — Olye ou jete etajè an fè sa a, pote l kay yon ferayè. Li ap resikle l. — Mwen te gen pou m te telefonnen manman m yè swa, domi pran m. — Eske ou li "Lanmò Ivan Ilyich"? , se yon liv Tolstòy ekri. — tibia se zo ki sòti anba jenou rive jis nan kòmansman pye yon moun. Dèyè zo, gen yon lòt yo rele pewone. — Mwen twop granmoun pou m swiv ou. Mwen pa gen menm fòs la ankò. — Mwa sa a, nou pral etidye pati sèvo yon moun. — Tou moun ap tann ke gouvènman an ale pi lwen ke pawòl doudous li yo. Fò li montre nou li ap aji. — Ou gen kapasite, sèvi ak yo. — Mwen pa fye bòs. Li bay 2 manti sou mwen deja. — Anvan ivè a, li deside kalfetre tout pòt ak fenèt pou fredi pa antre nan kay la. — Papa m gen yon sètyèm sans ki fè li konprann menm sa w pa vle di l. — Mwen se yon Sen Tomas, san prèv mwen pap kwè anyen nan sa ou di a. — Pou pechè nan bouk, yon kannòt se lavi li. — Prezidan chilyen an vizite Ayiti de fwa nan 6 mwa. — Li konnen yo pakèt wout dekoupe pou li rive lakay li. — Oslo se kapital peyi yo rele Nòvèj la. — Timoun aprann vit lè yo pami pòy yo. — Li se yon chimis, li ap travay travay nan yon laboratwa kote yon teste medikaman. — Doktè a voye li al fè yon tès san pou wè si li gen Sida. — Moun sa yo se tout an cheri yo pale lè yo pami moun. — Youn nan tèt yon mato mason pwenti. — Janin renmen ak yon zoulou. Se sa yo di m. — Adan, se premye gason, dapre Labib. — Ou wè moun sa yo rich. Saldeben yo, gen yon bidè. — Mwen pa ka fè misyye konfyans, li chanje lide l twò fasil.', — Misye twò bòne pou li konprann sa w ap di a. — Oregonn pa pre Florida. Youn nan Lwès anwo nan Nò, lòt anba nan Sid, sou kot Lès la. — Eske asirans ou a pwoteje kont dega yon siklòn ka fè? — Estidyo a voye maniskri fim nan bay aktè a. — Boutik la pat pwofitab, se se ki fè li te fèmen l. — Si ou jwenn yon moun onèt nan gouvènman an, ou pap jwenn 2. — Li pran li 18 mwa pou li ekri disètasyon an. Ki tit li? — Lontan, pè te konn mete yon ti chapo yo rele barèt. — Pou ou fè pen, fò ou mete poud levasyon nan farin nan. — Nonm sa a ka inoptize w e fè ou fè sa ou pa vle oubyen pa ta renmen fè. — Mizè ka pouse yon moun fè sa li pa renmen. — Manje a rete sou kè m. — Misye fache souvan. Li ka gen yon pwoblèm mantal. — Si ou vle mouri nan peyi sa a, al atake moun sa yo. — Li di Kè l fè l mal pou pou Jan paske li pale l. — Eske se vre lanbi gen pouvwa afwodizyak? Dat m ap manje lanbi mwen pa wè li gen efè sa a sou mwen. — Floyeyal te kòmanse 21 avril e li te fini 20 me. — Se tande zorèy ke moun save yo rele tenpan ki pèmet nou tande. Li pwoteje fon zorèy la tou. — Aprè li mache sèlman 5 minit, li deside poze. — Li pèdi telefòn li. Omwen se sa li te panse. Li jwenn li kay yon zanmi li te vizite. — Pa tann lè dòmi nan je pou fè kabann ou. — Chen an pèdi ke l nan yon aksidan. — Yo pa sòti nan menm milye, men youn konpran lòt. — Esklavaj, se yon demounizasyon pitit Bondye yo. — Woy! Travay sa a se yon bouyi vide. — Anpil endou pa manje vyann. — Istwa tifi a bay dlo nan je tèlman li tris. — Enfas magazen an gen yon boulanje. — Map mande si Ektò pa gen yon pwoblèm tande nan zorèy gòch li. — Gouvènman an pa di yon mo sou asasina jij la. — Kapital Ostrali se Kanbera. — Apre 2 semenn vakans. li reprann travay. — Se pa yon kapon, men li pa pran ris konsa konsa. — Liv sa a pale de istwa yon manman ki oblije vann dwòg pou bay pitit li manje. — Ane sa a twa (3) etidyan nan fakilte a resevwa yon apwobasyon de ministé ledikasyon.' — Pitit la bliye bwat dejene l. Mwen blije pati sou tèt ale nan lekòl la avèk bwat la. — Tout moun konnen pòtpawòl yon prezidan se yon mantè . Se sa travay la mande. — Gouvènman rete soud devan rèl pèp la e pa brannen pou elimine vyolans yo ap fè sou li. — Lapli a gate match foutbòl la. — Poutèt fizik li, yo pa aksepte li nan lame. — OEA ede nan magouy yo aprè eleksyon an. — Depi lè m te tande sa Wodrig te di sou mwen an, mwen mete yon trèdiniyon ant mwenmenm ak li. — Se nan vil Meksiko you jwenn anbasad tout peyi etranje yo. — Fi a eseye 10 rad anvan li chwazi youn. — Nan fim nan, gen yon sèn kote 2 gladyatè ki t ap batay yon lyon. — Li bay chak timoun yo yon twouso kle, konsa lè yo sot lekòl, yo pap gen pwoblèm pou yo antre nan kay la. — Li kite fenèt yo fèmen paske li fè twò frèt deyò a. — Alafen, esklav Sen Domeng te refize flechi devan kolon blan yo. Yo pran zam. — Liv la te fèk anba men m, kounye mwen pa wè-l. — Li rayi lè jèn moun yo, sitou medam yo, ap rele l tonton. Li pa vle rekonèt li komanse granmoun. — Erè sa a gen pou swiv ou tout la vi w. — Mèt la ekri yon fòmil sou tablo a, e mande elèv pou yo dechifre l. — Li pa renmen direksyon pati ap pran an. — Pis se yon tibèt ki nwizib pou zannimo kay. — Nan otèl la gen yon oratwa kote vizitè yo ka al priye e menm asiste lamès le maten. — Mèt la mande pou tout elèv yo rete ansanm pandan yo ap vizite mize a. — Ki nasyonalite zanmi w nan? Li se yon Meksiken. — Se yon lagè sivil ki mennen a yon divizyon teritwa a. — Lèt JanPol la di li rive anbyen. — Lè yon chèf mafya di li ap tire revanj pou sa yon lòt klan fè. Se pare w. — Moun nan katye fòme yon ti kominote. Youn pran swen lòt. Youn kouvri pou lòt. — Lontan chak gwo vil te gen yon kazèn. — Si ou pa ka wè kote y ap egòje, pa al nan labatwa. — Si li te konnen istwa peyi li byen, li pa tap pale konsa. — Fi sa a mete tout gason nan menm sak. — Jodiya se yon gwo jou pou Jilyèt. Se jou premye kominyon l. Li ap resevwa kò ak san Jezikri pou premye fwa. — Mwen pral vizite Ejip. Gen 2 vil mwen deside wè. Se Lekè ak Aleksandri. — Jaki pa gen ase konesans pou li dijere sa ki nan liv la. — Solèy se yon sous enèji. men fò w konn ki jan pou ou kapte l. — Yo fèmen tinèl la paske y ap repare yon pati nan plafon l lan. — Arenyen dlo se yon tip de arenyen ki viv anba dlo. — Ti fi a mete yon kòsaj ki gen kou wo pou li kache koka menaj li ba li bò kou li a. — Apre semenn di konsa, mwen sou jant. Menm panse mwen pa ka panse. — ou ka vin enfekte si ou rete twò pre yon moun ki gripe. — Doktè ba li yon likid pou gratezon an. Li kòmanse wè efè l. — Nan batri a gen yon pwent pozitif ak yon pwen negatif.' — Nan tout ekip ki ap asiste chanpyona a, sèlman sa Okap la ka rive chanpyon. — Boujwa yo ap denonse magouy alòke yo se mèt nan magouy. — San yon pomp dlo, moun nan twazyèm etaj yo pap rive jwenn dlo pou yo benyen. — Li poko gen 7 lane sou tèt li, li gentan yon dayiva. — Ti pitit mwen an pral gen 9 mwa, li komanse fè de. — Mwen pa kwè li merite pinisyon mèt la ba li a. — "Ki non fanmi w?", li mande m. Mwen reponn: Deramo. "Mwen te gen yon kondisip mwen yo te rele Deramo", li di m. Mwen reponn: Se papa m. — Se nòmal pou Jano vekse, ou trete l de mal bourik. — Gen yon lapli ki ap tonbe depi 2 jou. Si sa kontinye n ap gen inondasyon. — Nan pwen nèg pèsistan konsa. Li pa janm lage toutan li pa jwenn bagay li bezwen an. — Li pati. Li pa janm bay nouvèl. Menm pa yon kout telefòn pou li di ki jan li ye. — Se nan peyi ki pale angle ke yo sévi sitou ak yad. — Moun sòti tou patou pou yo vin nan mache nan bouk la, le jedi. — Li fè tout sa l kapab pou li dezini fanmi aprè lanmò grann. — Ouvriye faktori yo an grèv. Y ap pwoteste kondisyon travay yo di ki rabese yo tankou bèt. — Mwen demanti yo lè di m mwen demerite pri a. — Mwen pa janm mande moun sèvis. Mwen pa dwe pèsonn. — Li vin di mwen tout sa yo di nan reyinyon an. — Annatandan ke tout bagay antre nan lòd, li mete kò l tou dousman. — Li konnen mwen pa ka refize l anyen. — Pè resevwa sakreman ki rele lòd la. Maryaj se sakreman madanm ak mouche. — Mwen fin pa kwè ke fanm sa a se yon mazochis, li toujou renmen ak gason ki bat fanm. — Li chache yon kabin telefòn nan tout vil la, li pa rive jwenn youn. — Lè ou pral Jakmèl fò ou pase Leyogàn. — Mwen toujou voye yon ti bonjou ba ou lè pale ak Janjan. — Kèk zanmi fè Zamò doute ke pitit la se pou li. Li mande pou fè yon tès patènite. — Li fe yon aksidan nan wonpwen an, paske lòt chofè a pat respekte lwa sikilasyon yo. — Ti mouvman sa a mwen fè, mwen gentan ap soufle anlè. — Jaklin ansent pou Maryo, men li fyanse ak Timote ki aletranje. — Li jwenn yon travay nan yon biwo avoka kòm daktilograf. — Nan fanmi sa a se manman an ki domine — Manman m pa di m pa sòti, men li mete m angad. — Aljeri se yon peyi ki sou kontinan Afrik. — Li di li pa bezwen konkou pèsonn moun. — Li rayi lè se moun sa ki rele, paske li janm rele li pou li bay bon nouvèl. — Minis komès la fè sòti yon nòt anonse pri gaz a pati de lendi. — Tig pi fewòs pase lyon. — Mwen wè Pola nan yon magazen ki vann rad fanm ansent. — Moun kap dirije konpayi a wè pòch yo sèlman. — Nan kay isit la, yon bwat ze pa fè yon semenn. — Lè w gade yon moun nan je, ou wè plis ke sa ki deyò; ou ka wè tou sa ki andedan moun, sa li ap kache. — Ak move tan an, nou paka al nan mache. Ak sa ki nan kay la, nou prepare yon toufe e sèvi l ak diri blan. — Li konsidere pwoblèm li genyen yo tankou yon tès. — Èv koute istwa koulèv la et fè Adan kwè nan li tou. — Depi lontan, anvan moun Ewòp yo te vi sou kontinan yo rele Amerik la, yo te konn sèvi al Tibonm mawon pou maladi pwatrin. — Li bliye kòd sekrè li mete sou malèt la. Dwanye yo fè li kraze seri a pou li ka ouvè l. — Pasyon m se kolekte tenm tout peyi. — Pitit la gaye lèt la sou tab la. — Seyans validasyon nouvo senatè yo rive fèt vandredi. — Aprè li fin vann machandiz li yo, li fè yon pwofi de ven pousan.' — Mwen ta ba ou plis, si mwen te genyen. — Se dimanch, li rete kouche jiska midi. — Do Chèz kay dantis chanje pozisyon fasil. — Lè tranbleman detè a, moun sòti toupatou pou bay peyi a yon koutmen. — Se toujou yon plezi wè ansyen kanmarad lekòl mwen yo. — Kandida a remèsye moun ki te vote pou li e pwomèt lòt moun li ap travay pou yo you. — Li rete bò chemin pou l mande direksyon. — Fanfa palè a te nan tèt defile a. — Do kòsaj la fèmen ak presyon. — Prepare w, paske se pa yon travay fasil, li ka estrese. — Li di nonm nan pa kodyòm pou pitit li a. — Si tout lajounen w ap fè enbesil ki moun ki pran w oserye. — Se yon granmoun. Li ap pran fòtifyan pou ka bay rannman sou kabann. — Depi mwen te wè misye pou premye fwa, mwen pat apresye l. — Papa l te vle rele l Jakòb, menm manman l pat vle. Li di non an ap twò lou pou. — Pandan mwen pat la a, timoun yo zongle gato a. — Bis la gen 35 pasajè. — Nan lakou a gen 2 grenadye. Y ap donnen kounyeya. — Li ekri yon liv sou kouman yon fason ka rive bay fanm jwisans lè yo ap fè bagay. — Gratwa nèj pa sanble ak gratwa pou pye ki sanble ak yon lim. — Joslen nan yon sant pou moun ki bwè twòp tafya. Chak jou li patisipe nan yon terapi an gwoup. — Ti mesye nan katye a te vle fè ti nonm fou paske li pa konpòte l menm jan ak yo. — Mwen pat konnen si Lik te yon achtèt figi. Li toujou ap fè direktè a konpliman pou anyen. — Mè yo rebati lekòl yo a de (2) zan apre tranblemanntè 2010 la. — Nan premye tiwa tab denwi a, te gen yon Bib ak kèk medikaman. — Li rive ladwann pou li peyi yon dwa sou machandiz li resevwa de lòt bò dlo yo. — Kostim nan se yon djanni li mete nan tout maryaj. — Si peyi a te bon, anpil Ayisyen nan dyaspora a t ap retounen. — Aprè dizan maryaj, Vijinya resi ansent. — Se lè pou li bay tibebe a manje. Li femen telefòn nan pou yo pa deranje l. — Eleksyon an byen pase. Kounyeya n ap tann rezilta yo. — Ou kwè se ta Alfrèd ki ta radyo a? Sa k pou di w? — Yo arete ansyen rebèl la ki te nan kache depi 6 mwa. — Ak kat manm mize a, mwen gen yon rabè de 10% nan magazen kado a. — Kò yon moun chaje ak glann. Nou gen youn nan bouch nou ki fè nou kapab krache. — Chak ane vwazen yo refè matla koton yo a. — Depi misye pa prezidan ankò, popilarite l desann. — Amazòn ak Misisipi se rivyè ki pi laj nan lemonn. — Manman li di: "Ou poko pare poutonbe damou. Pran san ou." — Eske ou konnen ke Eta yo rele Lwizyàn nan peyi meriken te pou Franse? — Nan salon an gen 2 lanpadè anpli de lanp tab yo. — Nonm sa a se yon chachèdkont. Anpil moun pa renmen l pou sa. — Ou fèt Pòtoprens, men nan ki katye ou grandi? — Mwen fè yon vèsman de 1000 dola sou kont la pitit la. Sa ap pèmet li viv pou mwa a. — Jozafa panse li te ka jis betize ak Nikòl, epi kite l. Li te twonpe l. — An nou bay kamyonèt yon tès. An nou nou wè si li ka moute mòn nan. — Yo teste tout kandida yo anvan yo aksepte yo nan akademi a. — Sa li ap di m nan depase m. Mwen pa bezwen tande l. — Pa gen konparezon posib ant 2 machin sa yo. — Li gen dyare. Se pou sa twou bouda l ap boule l konsa. — Li fè yon ne ak kòd la. — Lè moun vin lakay nou, nou sèvi yo dite ak ti biswit. — Nouvèl la dekonstonbre Jano. Li fèmen nan chanm li. — Se yon maman ki gen kouraj. Li pedi mari l, men li ap lite pou pitit li yo. — Se timoun malelve ki fè sèman devan granmoun. — Mouchwa nan pòch veston papa m nan ale ak kòl la. — Chèf opozisyon yo fè yon lekti de travay gouvènman ki diferan de sa ministè Kominikasyon prezante a. — Wozalvo Bobo sete yon nasyonalis. Se sa ki fè Meriken yo te anpeche l vin prezidan. — Lesivez la lave souvètman blan yo apa. — Labib di konsekans peche se lanmò pou tout tan.' — Ou ka divize sèz pa 2, 4 e 8. — Li pa gen pat tomat, li sèvi ak woukou pou bay sòs la koulè. — Afganistan gen fwontyè al Pakistan e Iran. — Lè Bondye fin kreye lemonn. Li kontanple zèv li e di : "Se sa nèt" — Tout moun panse Jano ap byen mennen paske li pa janm plenyen ba yo. — Fèt papa pa popilè menm jan ak fèt manman nan peyi Dayiti. — Yon peyi paka viv de èd lòt peyi sèlman. — Chanm chofay la se kote ki pi cho nan kay la pandan sezon gwo fredi a. — Yo mare chèf rebèl la sou yon poto, e bat li devan tout lòt prisonye yo. — Goud la devalye anpil depi gouvènman an tonbe a. — Zago misye trò gwo pou soulye a. — Nòvèj se yon peyi ni sou kontinan yo re Ewòp la. Kapital li rele Oslo. — Anpil moun te pè lè 3è mileniyòm nan t ap pwoche. — Ènès chache ti chen an toupatou, li pa janm rive jwenn li. — Pyano sa a se yon eritaj granmè nou. — Nan lise sa a, anvan elèv yo diplome fò pran yon ki montre yo kouman pou yo pratike bouch-a-bouch. — Gen moun ki kwè ke gen tanpliye toujou, men yo anbachal. — Konpliman! li di m. Mwen san se pouse yo pouse l di sa, paske li vin apre m nan konkou a. — Si ou envite sanlizay sa yo nan fèt la, mwen pap vini mwenmenm. — Chak etidyan nan klas sa a fèt pou gen yon òdinatè. — Timoun ki gen bon lizay reponn "plètil" lè granmoun rele yo. — Boulgrenn nan yon gason enpòtan anpil, san li yo pap ka fè pitit ak yon fi. — Nou kwè nan Latrinite, Papa a, Pitit la ak Espri sen an. — Magarèt pa yon fanm pye lejè. Se yon limena, men li respekte tèt li. — Bale a sal planche a plis ke li netwaye l. — Madanm nan trete tifi lakay li a tankou yon esklav. — Se pankreyas ki pwodwi ensilin. — Pye seriz la kòmanse fè flè, sa vle di seriz yo pa lwen parèt. — Se menm dinaza li mete chak ane nan fèt Pak. — Li pa vrèman yon pastè. Se yon chalatan ki bezwen fè yon lajan vit. — Pòl se yon papa gason, li parèt pi gran pase laj li. — Nan twoupo mouton a a te gen sèlman yon sèl mal, tout lòt yo te femèl mouton. — Li mete katchòp sou tout vyann griye. — Li bezwen chanje goud li yo pou dola. — Vesi se yon ògan nan kò yon moun. Li kenbe pipi. — Mari l tèlman jalou, li pa vle li gen menm gen zanmi fi. — Gadyen an mete yon jenouyè. Se pou pwoteje jenou l. — Prizonye yo refize swiv lod gadyen yo, e nan rebelyon sa a, anpil nan yo jwen lanmò yo. — Depite a okipe chè a pandan 6 zè, jis pou li di li pa dakò ak pwojè lwa a. — Moun ki gen Aspègè parèt timid, retire. Yo pa ka fè zanmi. — Si nou te swiv metòd Direktè, nou tap gentan fini pwojè a. — Moun Pòtoprens se bakoulou. — Sifilis ki pa trete ka rann yon moun avèg, fou e menm rive paralize l. — Nan Labib, Aga se te yon bòn kay Abraram ak Sara. Li bay Abraram premye pitit gason li ki te rele Ichmayèl (jenèz 16:1-16). — Pechè yo se meteyològ bouk. Depi yo pa monte sou lanmè a ou konnen tan an pa bon. — Mòn nou yo fin — Lè mari l te mouri, li te gen 31 lane ak yon pitit sou bra l. Tout moun te ankouraje l pou li remarye apre sa, men li refize. — Li mete papa li nan yon azil pou granmoun.', — Jipon elev la depase jip inifòm nan. Metrès fè l wè sa. — Lè dlo nan Bwadchenn desann, li pote nan lanmè tout sa li jwenn. — Li ap swiv yon dyèt paske li bezwen pèdi pwa. — Apre 10 zan nan travay, tout bagay vin tounen yon woutin. — Chak 25 lane, legliz katolik dekerete yon ane sen, yon tan pou mande padon. — Yon gwoup Ris debake an Ayiti. Tout moun sispèk. Yo mande sa yo vin chache ou sa yo vin fè. — Depite a gen 2 potorik gason ki ap okipe yo de de pwoteksyon l. — Li pa peye enpo sou kay li-a, Kontribisyon sezi tout afè l. — Yon pouryanis pa yon parese. Li jis pa atache ou enterese a anyen. — Doktè a di tibia l fele. Kas la ap repare nan 6 semenn. — Li pral Nouyòk nan avyon ak yon lyezon a Miyami. — Tout sitwayen ki gen 18 lane ou plis ka vote si yo pa gen dosye kriminèl. — Lè ou konn feblès yon moun ou ka bay li pression byen. — Yo touye misye paske moun nan group kriminèl li te ye a panse li ta pral lage yo. — Lamèk se yon vil ki nan mitan yon dezè nan peyi Arabi Sawoudit. Pou mizilman yo se yon vil ki Sen. — Lekòl la gen yon barèm pou pase. Fò ou gen mwayèn de 7/10 omwen. — Yo kouvri moniman a ak yon vwal annatandan jou inogirasyon a. — Apre li fin ranmanse yon bann richès, li deside marye ak yon jenn ti gengenn. Se twofe l, zanmi l yo di. — La vi pa yon feyton, se yon reyalite ki konn pa fini byen. — Si pa gen yon viza, ou pa ka antre nan peyi sa a. — Li di m li santi fòs li ap diminye. Mwen di l se ka yon feblès e konseye l pou li al wè yon doktè. — Mwen wè yon ti limyè dèyè rido chanm nan. Mwen konnen gen moun nan kay la. — Kanmarad klas li yo pa fè konfyans, paske li toujou ap rapòte yo by mèt la. — Depi li marye ak pitit bòs li a, li tounen yon dikdògòdò. — Li chanje sak zorye yo 2 fwa nan yon semenn, men li chanje dra yon sèl fwa nan menm semenn nan. — Si ou wè yon moun ki ap mande sekou, ou pa ede l si ou kapab, ou pa yon bon kretyen. — Pa pale koze w ak tout moun. — Li varye envestisman li yo. Divize yo e mete chak yon kote apa. — Se timoun ki kwè nan tonton Nwèl. — Mwen toujou dakò avè w. Men nan ka sa a fò m di w ou pa gen rezon. — Li pa resevwa lèt lakay li, se nan yon kazye lèt li lwe nan lapòs li resevwa tout korespondans li. — Direktè a ap chache yon moun ki ka fè yon bon entèprèt pou wòl Selimèn nan pyès li a — Chak jou dàm sa a mete yon braslèt. M ap mande konbyen li genyen. — Li frape ti gason an ak badin. — Mwen rele Lwiz, li pa reponn. Mwen kite yon mesaj pou li sou repondè li a. — Li tèlman panse li siperyè moun li ap travay pou li yo, li pa gade yo pou anyen. — Te kamomiy se yon trankilizan natirèl. — Olye kadida pale de pwoblèm peyi, li ap rablabla e repete menm manti yo. — Asyèt fayens la tonbe e fè miyèt mòso. — Li pa vle vale tout sa gouvènman an di. — Doktè dekouvri yon timè nan vant li. Yo pral eseye retire nan yon operasyon. — Man Pòl al kay doktè maten an. — Jilèt se yon mak depoze, men anpil Ayisyen rele tout tip razwa Jilèt. — Matant mwen chita sou galri a. Li ap gade lwen. Mwen mande kisa ki ap pase nan tèt li. — Manman m di li gen yon maltèt, li pa vle moun deranje l. — Li pè manyen pwaye pòt, paske li di li chaje ak mikwòb. — Lapolis di moun ki vole magazen bijou a, pa ti volè, men gwo wa chat. — Si ou pran chemen yon rele Pwomnad Zansèt yo, w ap rive pi vit. — Boutdwèt yon pyanis enpòtant anpil. — Moun sa yo gen kòb wi, chak ane yo ale nan yon kwazyè. — Plan li se pou tounen nan peyi l lè li pran retrèt li. — Si ou panse ou pral fè m bèkèkè, w ap peye sa chè. — Se pa tout bèt nan bwa ki sovaj. — Se yon sanginè ki ka rive touye menm manman l pou l ka sa li genyen. — Li tonbe sou yon ti kès ki chaje al pyès lajan lontan. — Si ou pa peye dèt la anvan fen mwa a, y ap fin sezi zafè w. — Ekri otè sa a gen yon gangans ki mete l apa nan jenerasyon li an. — Li gen malgòj, pwoblèm pou li respire, nen koule. Doktè di li soufri de difteri. Li paka gen kontak ak lòt moun pou evite kotaminasyon. — Mouch makayèt se yon ti bèt ki renmen fwi ki mi ak legim vèt ko kòmanse gate. Yo miltiplye fasil. — Chak manti Pinokyo bay, prent nen l vin pi long [Pinnochio / Carlo Collodi, 1881]. — Miyami pa lwen Ayiti, nan 90 minit ou ka rive nan vil nan avyon si w sòti Pòtoprens. — Mwen pa gentan pou m al jwe. Mwen gen twòp devwa. — Yon lojisyèl espyon se yon pwogram malveyan. Si ou enstale l nan yon òdinatè yo ka konn tout sa w ap fè sou li. — Polis te la pou bay manifestant yo pwoteksyon. — Kretyen pa . — Bèlmè pa manman. — Silven se tonton, li gen 5 nyès. 2 de yon fre l, 3 de yon sè l. — Nan batay la, youn rive mòde pwent zòrèy lòt. — Yo di Ayiti gen sous gaz, si te vre pacha ameriken tap fè sa yo konnen pou fè dapiyanp sou yo. — Yon desimèt se yon dizyèm de yon mèt. — Chèf Ektò se yon sèvo nan zafè fè manje. — Plant yo rele kap la pouse sitou bò rivyè ak bò lanmè. — Li jete manje apre yon mouchavè poze sou li. — Se manman l sèl ki gen pouvwa sou li. — Li konnen sa li fè, men li pran kouraj li ak de men e aksepte tò yo. — Depi yè li ap soufri ak yon kou fè mal. — Ki mak machin sa a. Se yon Toyota. — Pake li pèdi travay li, yo rele l voryen. — Chovsourit se yon bèt ki renmen fè nwa. — Nan otèl la, gen senkant senk chanm, dis sèlman gen kabann yon sèl plas. — Pwofesè a pran yon ane sabatik pou li fini yon pwojè pèsonèl. — Li toujou bon pou gen bwa soup lakay ou nan move tan. — Seremoni maryaj la dire sèlman 15 minit. — Tout fanmi an andèy. Yon matant nou mouri. — Fou a pa mache depi yè. se poutèt sa nou paka fè manje. — Youn nan gran grantant mwen yo te marye yon prens etranje, se sa ki fè de nan kouzen mwen yo pote tit prens. — Yo deside touye chwal la aprè li kase jarèt li nan yon kous. — Yo di gouvènman an nan pòch gang yo. Se sa ki fè kriminèl sa yo gen pouvwa konsa. — Douch la separe de rès sal twalèt la. — Fò m konnen alavans ki jou li ap rive, pou m ka pare yon chanm pou li, epi al chache l nan ayewopò a. — Anpil timoun ki ap fè woul, vin pase tan lekòl la sou plas la. — Premye metye li se tayè. Men li blije aprann elektrisyen pou li ka viv. — Li pat fèt konsa. Se yon gwo chòk li te pran ki fè li vin bèbè. — Li toujou di li pa pran lòd nan men moun. Men lakay li se madanm li ki kòmande. — Li sot nan prizon gras a yon padon prezidan an. — Poukisa pou mwen envite w lakay mwen, lè ou pa janm fè menm jès la avè m. — Li parèt tankou yon anj, men se yon sadik. Li ap fè mechanste anba chal, et pran plezi nan sa. — Emilyen Ala se nom yon gwo mizisyen Kanadyen. — Chanm li an sanble yon kacho. — Lapolis arete youn nan moun ki fè krim nan. Yo kontinye ap chache pou patnè li yo, e mande popilasyon èd pou sa. — Chamo se yon bèt ki gen yon bòs sou do l. — Ekzamen bakaloreya yo ap fèt nan mwa jen. — Lontan se timoun sèlman ki te konn sote kòd. — Opozisyon mande moun yo pou okipe lari a pou fè presyon sou gouvènman an. — Se yon etranje. Tout moun nan zòn nan ap gade li antravè. — Nan diskou a li remèsye tout moun, sof mari li. — Se yon nonm karismatik ki ka fè yon foul mache. — Li bon pou ou gen pretansyon, men moun ki toujou ap pete pi wo pase deyè yo pa janm rive. — Li parèt tou timid, men se yon gwo manman chat. — Liv yo rele Kanti sou kantik la montre ke maryaj se yon angajman ant yon gason ak yon fi e ki montre atansyon san fay pou youn ak lòt. — Vwazen an jis nan kou ak dèt. Li ka rive pèdi kay li a. — Li remèsye tout moun ki te vin nan fèt la. — Gen yon pwason yo rele twonpèt. Li long e fen tankou yon bwa bale. — Chwal la pran yon zòk nan zago l. — Rat se yon bèt ki degoutan e ki pote jèm maladi. — Alèji kapab koze po je anfle. Men nan anpil ka, se ka yon siy enfeksyon. — li twò bonè pou ou separe tibèf la de manman l. — Chemine a sal ak swif. — Sa ou di a, se jis yon pwopozisyon, sa pa vle di fò mwen dakò avè w. — Estasyon gazolin sa a ouvè tout jounen tout nannwit. — Manman w pèmèt ou mete ti jip kout sa? — Ekè se yon zouti ki itil anpil pou jewomèt, achitèk, enjenyè kay. — Nan klas la, elèv piti yo chita devan. — Si yo pa evite w nan yon fèt, ou ale, ou ka pran pran veksasyon nan bouch moun ki òganize l la. — Mwa sa a resèt yo plis pase depans yo. — Mwen pral achte teren ki bòkote kay la. — Lè kanaval eyè ou jwenn anpil moun ki ap vann beyè bò twotwa. — Yo jije chèf lapolis la pou espyonay e kondane pou li mouri nan prizon. — Ou pa janm viv anpè lè ou ap bay manti. — Pito li te souflete m tan pou li fè m malonèt sa a. — Mwen panse ou te konprann sa mwen te di ou a. — Pou ou rive nan leglis la, chankre a dwat kou ou fin pase boutik Madan Jèmen. — Ou ka wont wi, si ou bay misye defi, e li leve l. — Ale dousman ak [Nikòl]. Se yon moun ki fache fasil. — Li di yo maltrete l nan travay la. Se pou sa li kite l. — Matant mwen pa sipòte salte. Fò nou netwaye kay la anvan li vini. — Espwa fè viv. — Yè mwen vizite yon Baraj sou rivyè Atibonit nan zòn Pelig. — Anpil gwo atis nou yo mouri nan lamizè. — 3 pitit, 3 karaktè diferan. — Li pa pran vè diven yo te ofri l la paske li ta pran kondwi. — Se yon bon yon tè. Tout sa ou plante ladan donnen. — Kannòt Jewòm nan koule paske li pat byen kalfetre. — Lekòl ap kòmanse dezyèm lendi mwa septann. — Yo touye senatè a devan je tout moun. — Gen yon liv tou nan Labib ki pote non Zakari. — Se sèl le dimanch tout fanmi an chita ansanm bò yon tab pou manje, paske se sèl jou tout moun nan kay la. — Li di li bezwen yon demwazèl seriye pou li mariye. — Teworis la sabote enstalasyon ki bay vil la kouran. — Koulèv la lolo Èv e li fè li manje pòm nan. — Nap se yon vil ki nan Sid Itali. — Nan monastè sa a, yo rele direktè a abe. — Ekrevis sanble ak ti oma. ou jwenn yo sitou nan nan dlo dous. — Janin panse li te ka kache gwosès la. — Yon Leyoganè se yon moun ki fèt nan vil Leyogàn. — Lè yo arete l la. Li mande pou wè yon avoka. — Ou ap rekonèt li fasilman, li pèdi de dwèt nan men dwat li. — M ap chache yon moun pou bay pitit leson patikylye nan aritmetik. — Kay li rete a se yon eritaj manman l kite pou li. — Lapolis debake nan manifestasyon an, yo kounamse frape tout moun ki tonbe an men yo. — Li antre ak yon figi koupab. Madanm li wè sa, men li pa di anyen. — Li panse si li mande padon li ap parèt tankou yon moun fèb. — Li mande m pou mwen telekopye dokiman anvan lendi. — Lontan, chak komèsan te gen yon patant. Se kontribisyon ki te konn delivre yo. — Machann nan mande l pou li sispann ponyen mango yo. — Li bouyi bannann yo san li pa kale yo. — Klas la ap fini a 1 nè. M ap jis gen tan pou m manje yon bagay anvan mwen al nan lòt klas la. — Kote lajan an pase? Se kesyon tout moun ap mande. — Li vekse paske mwen pran li pou li paskitanè. — Klas la gen 2 ou 3 eskandalè. Misye sa yo konn anpeche pwofesè a travay. — Mèt teren a antourè ak Filfè. — Lajan dwòg se lajan sal. — Tifi sa a se yon gason manke. Se tout sa ti gason fè li vle fè. — Apre yon jounen travay, li renmen antre nan jakouzi a, e lese dlo a bay yon masaj. — Gen kay gen yon pepliye — Mwen sezi wè Misye Tarij ki t ap rale nyaj nan yon kachimbo tik, Se pa bagay ou wè fasil an Ayiti. — Mwen pa janm wè monseyè sa a san soutàn. — Dirèktè lekòl di paran Jozèf ke li pap pap mete li deyò nan mitan lane a, men pou yo chache yon lòt pou li ane ki ap vini a. — Figi w fennen, ou sanble ou malad. — Apre retrèt la, se pa menm Pola a ki tounen vin jwenn. Li sanble yon viktim de yon lavaj sèvo. — Se nan sousòl la papa m sere boutèy diven yo. — Gen koripsyon toupatou, menm nan legliz. — Moun ki nan vodou kwe ke plant yo rele zo devan a, gen pouvwa majik. — Manman toujou gen fèy lorye nan kay. Li di li bon pou vant fè mal e ede moun dòmi byen. — Janin toujou pare pou yon konpwomi pou sove maryaj la e pwoteje timoun li yo. — Nou paka mande pou tout jounalis objektif, men omwen se pou yo onèt. — Li di li pa pral retrèt li pou li jis chita sou twòn li. Li pral ekri, li ap vwayaje, li ap fè volontè nan yon lopital. — Kalite konpayi a ap chache a, men pa genyen l. — Bogota sa san lè kite w sou wout. — Doktrin gwoup sa ka fè tout manm li yo tounen yon asasen. — Joslen gen yon figi moun malad. — Mwen ta renmen vizite Ejip pou m ka wè piramid de prè. — Tren li a rive, li kouri fèmen telefòn, pou li monte anvan tout moun. — Nan resèt sa a, ou bezwen yon demi tas lèt kondanse. — Istwa matant mwen ak mari l se yon womans dapre sa li rakonte m. — Aswè a se labouyi avwàn yap sèvi pou soupe. — Se yon kolèg nan biwo a ki kominike desizyon konsèy la pran yè swa nan reyinyon. — Chak 6 mwa, yo rekòmande pou chanje lwil nan machin nan. — Pa jete pen rasi yo, ou ka fè soup ou panad avè yo. — Yo jwenn yon ti kote trankil pou yo pale, kote moun pa vin twouble yo. — Fè se yon metal ki di anpil. — Mwen ta fè yon omlèt, men mwen pa gen ze. — Antou ou ka jwenn preske 20 tip alfabè nan lemonn. — Potigè se lang ofisyèl Gine Bisawo. — Gen yon debanday lavil la. Te gen tire. Magazen t ap fèmen pòt yo e moun t ap kouri antre lakay yo. — Gen yon liy moun ki ap tann pou antre andedan sal sinema. — Li ansent 7 mwa. Monte eskalye a rèd pou li. — Pou li adousi kafe a, li mete 2 ti kwiyè sik blan nan tas la. — Li kite kay li chak maten a 5 kè e tounen jiska 8 tè nan aswè. — Pola toujou pran tan pou li abiye l, paske li pa janm ka deside chwazi yon rad. — Si ou vin ap plis pase yon valiz, w ap fè w peye pou lòt yo. — Se sou yon fòm parabolik, li rakonte istwa a. — Ou ka konte sou dwèt ou lekòl ki gen kantin nan peyi a.. — Premye jou a, yon sèjan sanble tout rekri yo nan lakou kazèn nan. — Li chode goblè a anvan li sèvi ak li. — Dlo nan kannari a pi fre pase sa ki nan dwoum nan. — An Ayiti yo sèvi ak lalwa pou trete kèk maladi po. — Kwè toujou nan Tonton Nwèl. Se pa mwen ki pral di l ke se yon envansyon. — Se yon cham yo bay tigason an ki fè li kouri marye vit konsa. — Aprè divòs la, li pat menm moun nan ankò. Li rete lwen fanmi l ak zanmi l. — Gen liv sou tout bagay. Gen menm liv ki ekri pou montre moun kouman pou fè ti bagay. — Pitit li a fèt anvan tèm. — Boutik sa pa pran chèk, se lajan sèlman li asepte. — Tout moun t ap gade nan direksyon lafimen a. — Se yon travay riskan paske vi w toujou an danje. — Se yon lekòl pou timoun ki sot nan klas defavorize yo. — Fi sa a pa konn pale ak moun. Se joure sèlman li ka joure. — Mwen pap kite pèsonn gason vin pase onè piti fi mwen an anba pye li. — Jan li pale a, li pa sanble yon moun ki pase nan inivèsite. — Se espas li, li pap kite moun pran l. — Chak fwa nou resite "Papa nou ki nan syèl la", nou mande li pou pwoteje nou kont tentasyon. — Liv la abime paske li pase nan men twòp moun. — Maladi a afebli papa m. Li pa menm moun nn ankò. — Olye li ale lopital pou doulè a, se yon doktè fèy li al wè. — Fò m ta enkonsyan pou m ta vote pou nonm sa a. — Lapli ki ap tonbe depi 3 jou a pwovoke yon lavalas. — Kou ou rive rele-m. — Telefòn nan gen yon pakèt bagay mwen pap janm bezwen. — San manman yo antre lakay nonm nan pou yo ansasinen. — Premye sa li fè lè li leve se fè kabann li. — Li achte yon kay mwa pase a. Li poko meble l. — Larisi lanse yon atak kont Ikrèn, yon peyi li di ki pou li. — Li pa sèlman yon moun derespektan, li se yon moun vilgè e ki toujou ap joure. — Lapolis ap chache 3 prizonye ki sove nan gran pizon lavil la. — Se yon bèt seren. se lajouen li dòmi. — Lapli ap farinen depi yè swa. — Li se yon misyonè katolik e li fè ve pou li rete chas pandan li an misyon an. — Fedayin yo fè dapiyanp sou yon bato pasaje e menase pou yo touye tout granmoun gason ki abò si yo pa ba yo sa yo mande a. — Li bat pitit la ak yon rigwaz e kite yon pakèt mak sou po li. — Li leve nan yon fanmi ki gen mwayen. Li pa konnen sa yo rele trimen. — Si li yon kote e li pa ka fè granchire, li pap rete. — 2 moun ki marye se plis ke 2 patnè Se 2 alye, 2 konplis, 2 lanmoure. — Ou bezwen yon ka didantite pou al vote. — Moun pa tèlman rele pitit yo Zakari. kounyeya. — Gen 2 vèsyon de rapò a. Youn ki long, yon ki kout. — Li pran yon flach pou li klere eskalye a anvan li desann nan premye etaj la. — Papa pa manje maten an. Dejene l la toujou sou tab kwizin nan. — Minis la mouri nan kabann li Se pa pwazon ki touye l. — Batistè se premye pyès idantite w. — Tout machann pèpè yo tap rele, "aba minis finans la". — Mwen pa konn sa mwen fè li ki fè li ap djayi sou mwen konsa. — Nyajnwa sa yo anonse lapli. — Laferyè, ki se yon gwo otè, fèt Tigwav. — Misye nan kache apre li fin bay madanm nan yon palavire. — Lavalas la pote anpil bèt ale. — Li pat pran pa nan seremoni a paske yo pat envite l. — Yon ti blese ki tounen yon baka. — Jodiya mwen rankontre Mari Kamèl a 6 zè. N ap rankontre ankò demen a menm lè a. — Se pa direktè a ki te gen ide sa a an premye. Se yon estajyè ki te vin avè l. — Ou bezwen yon envètè pou chanje kouran ki sòti nan yon panno solèy an kouran pou aparèy ak limyè nan kay. — Nan pyès teyat la li jwe wòl yon jòkma, men li se yon nonm ki fen. — Jeremi se yon banbochè. Kote gen yon fèt ak tafya, li la. — Lekòl pa edike moun, li aprann ou. — Doktè yo fè tout sa yo kapab pou sove nonm, men yo pa rive. — Eta yo rele Nevada a gen anpil kazino. — Lè ou pa gen chans, menm lèt kaye ka kase tèt ou (pwoverb).' — Chite pit ant 2 peyi ka fini nan yon lagè kote anpil moun ka pèdi lavi yo. — Kriminèl yo touye jounalis e yo lage kò demanbre a nan yon falèz. — Machin ki pase devan nou an gen 3 moun kidnape andedan l. Youn te mete yon siy nan fenèt ki di: "Anme, yo kidnape nou!". Nou avèti lapolis. — Kandida sa a pap pase pase yo panse li tandans kominis. — Manifestan yo kraze anpil fenèt kay ki te sou wout yo. — Kote jerenons ye, mwen pa la mwenmwnm. — Se yon akize. Li poko parèt devan yon jij. — Se sanfwa Janin ki sove mari l la. Lè misye tonbe, li rele sèvis ijans e kòmanse pratike bouch-a-bouch sou li pou li. — Se pa sa ou ye ki konte nan peyi sa a, se sa gen nan bank ki ba w valè. — Moun ki ap di: Pran tèt mwen! pa konn jan kou a fè m mal. — Depi li fin kriz la, li pa janm reprann li. — Mwen te panse li te reveye. Men lè m antre nan nan chanm nan, mwen wè li te nan fon somèy. Se pale li t ap pale nan dòmi. — Avyon a anreta. Li te dwe rive a 3 zè. — Se Bondye ki bay lavi. Se sèl Limenm ki ka retire l. Se sa ki fè touye yon moun se gwo peche. — Depi yè, mwen wè yon alevini ki ap fèt nan kay anfas. — Volè a mete dwèt li sou gachèt revolvè a, men li pa peze. Sa te kont pou li fè moun nan kay la pè. — Mwen ta swete ke grip sa a pa pran m anvan ekzamen an. — Lè m te piti, mwen pat konnen sa yo rele angwas. — Mwen pa konn kisa lapolis t ap chache, men yo demantibile biwo a, e yo pa ale ak anyen. — Ou paka s'vi jis zoranj sa a, li rans. — Yon moun san sèvèl aji san reflechi. — Tout moun nan kay al nan mès minwi. — Zo rèldo yon moun se pati ki pati ki pi enpòtan nan chapant kò l. — Se yon eksplwa pou rive bay 3 gòl nan yon sèl match. — Gen yon bagay ki ap boulvèse Patrik, figi li sonm maten a. — Mèt la di manman Jozèf ke li fè anpil pwogrè. Yo ka wè sa nan nòt Jozèf yo ki amelyore. — Pechè yo poze filè apre resif la. — Jeriko se youn nan vil ki pi ansyen sou tè a. — Istwa se yon liv nan Labib ki bay anpil detay sou kèk evenman pèp jwif la te viv. Li divide en 2 pati. — Demostèn chita bò kabann. Li tap pale ak Jistin kite kouche. — Avoka a di m fò mwen kopere ak lapolis et di yo tout sa mwen konnen. — Anvan li voye dokiman yo ale, li fotokopye yo. — Tout fami li chape anba siklòn. — Kote Chantoutou pase, li gen yon bòn ki ap swiv li. — Travay sa a mande pou ou gen anpil metriz. — Li pran pòz enbesil li pou yo pa voye l nan lagè. — Lè ou wè l pi fenwa se lè sa a li pral jou. — Nou pa gen jele, men gen yon lapli frèt ki ap tonbe depi maten an. — Yo di ke plis yon koyak granmoun, se plis yon bon. Mwen pa konn si se vre; mwen pa bwè bweson ki gen alkòl. — Yon ouvè yon restoran sou granri a ki sèvi manje kebekwa. Pate somon yo a pa gen parèy. — Kòk la fè bèk atè. Se pa de moun ki te parye sou li ki pèdi lajan yo. — Lè Twopikana ap jwe, ou pa gen kote pou mete moun sou pis la. — Si ou montre ou twò frekan, yo ap mete w deyò nan gwoup la. — Ak yon souri mwen pral chame li. — Sèjan Ibè resevwa yon konvokasyon. Se posib ke li ale nan peyi Lirak. — Lasansyonse yon fèt ki selebre jou Jezi te monte tou vivan nan syèl la.', — Dlo larivyè a ki te kite wout li e kite anvayi plenn la komanse regrese. — Li pa fè anpil tan nan tete. — Anfannkè pran 2 birèt yo pou pote bay pè a. — Se koral legliz ki te chante nan maryaj Dominik la. — Fò ou fè figi w sèch lè w ap negosye ak moun sa yo, paske yo konn kouman pou jwe sou emosyon yon moun. — Woulong pa zanmi koulèv, paske woulong touye koulèv pou manje yo. — Otorite yo dekouvri nan yon depo plis pase 20 dwoum plen ak gazolin. — Manman di m li pa renmen bab mwen an. Mwen kouri raze l. — Li kite pòt la ouvè pou lè ka antre nan chanm nan. — Kouman misye fè konn pale espanyòl? Li te pase kèk tan nan vil Madrid. — Se yon gwoup delenkan ki fè travay malonèt sa a. — Mak tal nan yon safari an Afrik, yon lyon manje l. — Tibebe a sispann kriye kou li tande vwa manmi l. — Nouvèl tèlman ba li Lapenn ke menm manje li pa ka manje. — Yon tikras tan apre mwen fin diplome, mwen jwenn yon travay nan yon bank. — Sou yon Sen kòb ameriken, ou jwenn foto yon prezidan yo rele Jefèsonn. — Eske revèy sa a bay bon lè. Non! li an avans de 10 minit. — Jwè a kite teren an gouyang gouyang. — Li pa janm antre nan kay la ak bòt trava li. Li kite yo devan pòt la. — Nikòl se dam Sayil. Yo marye depi 3 zan. — Mwen ap oblije pran yon ipotèk sou kay la pou mwen ede Jan kite peyi a. — Wè yon moun krache repiye Nadin. E li vle al fè enfinmyè. — Manton l chaje ak chouk cheve. Li pa fè bab li maten an. — Bwat la pat kolboso konsa lè m te pati a. — Nan pwen moun ki ka di yo pa janm fè fot. — Resèt la di ou bezwen 10 gram sik blan nan. — Nan pak devan legliz la gen yon pye sòl. Li toujou fè fre anba l. — Yon aparèy dan koute chè. Men manman m te prete lajan pou li te pèmèt mwen pote youn. — Yo envite m nan yon seminè sou ledikasyon. — Depi nou monte machin nan jiska lè nou desann, se de madanm li lap pale. — Mwen gen anpil rezèvasyon sou plan kandida a. Li a mande anpil kòb. — Ensilin se òmòn kò yon moun pwodwi pou pou regle sik nan sistèm li. — Ou parèt fatige. Ou bezwen yon repo. — Li tèlman rive bonè, ke pòt biwo pat ko menm ouvè. — Pitit li a pral komanse lekòl ane sa a. — Si ou antre nan kay peyi yo rele Lend la, ou ou ka wè yon otèl ki dedye a Bouda — Apre divòs la, li di li pa gen anyen pou ou wè avèk ansyen mari li a. — Mwen te toujou panse ke yon bagay konsa pa t ap janm rive m. — Ti fi sa a pèdi a 15 zan. — Misye se yon vakabon ki ap mache pèdi pitit fi moun. — Kote priz la ye a, ou bezwen yon kòd kouran ki pi long. — Twòp mazèt nan ekip la se sa ki fè li pa ka rive lwen. — Yo bay nou chak yon panye. Yo di nou pou plen l ak mango. — Gen yon vye granmoun ki ap okipe l. Se yon madan papa. — Nan lakou a gen yon magazen kote li sere bagay li achte nan kontrebann. — Dapre gwo fizisyen yo pa gen anpil antimatyè sou latè. Se nan galaksi ki lwen latè ou jwenn yo. — Li pa wont bay blag sale sa a devan granmoun yo. — Li blayi tout rad li pral mete yo sou kabann nan. — Jodiya se fèt premye pitit mwen an. Li gen 25 lane. — Li pa vrèman yon doktè zorèy, men li rive trete enfeksyon Joslen te fè nan zòrèy goch lia a. — Direktè a resevwa dokiman an. Li pa menm gade l. — Prezidan Larisi a di si yo atake peyi li a, li ap sèvi ak zam nikleyè li yo pou defann li. — Tout moun ka fè erè. Men se pa tout moun ki ka korije l atan. — Karapat, tankou marengwen, viv de san moun ou bèt. — Dapre Kontribisyon, se yon sèl konpayi ki pa antre machandiz sa yo nan peyi. — Doktè yo pa rive sove Polo pake li te senyen twòp apre aksidan. — Li sonje ki jan li te konn soufri ak doulè règ anvan li te fè pitit. — Li t ap chèche moun sa a depi lontan. Li jwenn li sou yon rezo sosyal. — Papa m reyalize yon pakèt bagay pandan vi li. — Pou li te ka mete yo do a do, li di yo chak sa youn te di sou lòt la. — Bò rivyè te gen 4 a 5 lesivèz. Gen youn ki t ap sèvi ak yon batwèl sou kèk pantalon gwo ble. — Pou antre Nouyòk, fò ou pase nan yon tinèl oubyen sou yon pon. — Devan biwo a, gen yon latriye jèn gason ki la pou yon travay. — Yo di mwen twalèt nan magazen pa piblik. Se pou ou achte yon bagay pou ka antre nan youn. — 11 novanm chak ane. nan peyi meriken, se fèt veteran yo. Se yon jou konje. — Moun sa yo ap viv nan plasaj, men fanmi yo pi djanm pase moun ki marye. — Dlo a tèlman cho, pou m bwè l, mwen oblije mete glas ladann. — Li rele sèvis asistans, li rete sou liy pandan plis pase 15 minit anvan li rive pale ak yon moun. — Mwen pa konn kisa mwen di misye pou li move konsa. Li sanble li gen yon lòt pwoblèm. — Tit liv la atire atansyon l. Li pran l e kòmanse feyte l. — Pa gen plas pou moun rekalsitran nan lame ou nan seminè.' — Pèp la te deja move deja. Diskou premye minis vin mete abse soi klou l. — Nan tan difisil sa a, fò w fè tout sa ou kapab pou ou rete anvi. — Li gen yon lyas dola nan men l. Li se yon moun ki ap chanje goud an dola. — Li fè tèlman cho, se kòmsi ou ap kankannen lè ou soti deyò. — Ekzamen la, dapre pwofesè a ap gen 100 kesyon. — Misye dwòl papa! Li pa janm salye moun. — Lwaye a koute m 1000 dola pa mwa. — Mwen pa konn poukisa ou renmen woman pònografi sa a. — Kay jòn sa a ki tou pre palè a se Katye jeneral lame Dayiti. — Li twò fèb pou travay sa. — Mwen se yon moun blende, yo mèt di sa yo vle, mwen pap brannen. — Sou lis gen 5 non ki bare. — Gen 5 jou travay nan yon semenn. — Biwo a komòd kote li ye a, konsa lè ou chita devan l, ou ka wè tout sal la. — Tout pre Saltrou, gen yon kaskad yo rele Pichon. — Sou tab, anba chak asyèt ak vè kristal yo, te gen yon bèl napwon dekore alamen ak koulè sezon an. — Li pa gen yon diplòm. Poutan li rive pi lwen pase moun ki gen 3 ou 3 diplòm. — Sechrès la ravaje tou jaden yo. — Li pa rekomande pou moun ki soufri dyabèt bwè alkòl. — Nan mitan dezè a gen yon wazi, men anpil moun mouri swaf anvan yo rive sou li. — Sa ki te plis atire nan Lwi, se senplisite l. — Pè pawas la se yon pastè tout bon. Li mete moun ki vin kote an konfyans. — Ou ka jwenn majorite lwa Legliz katolik nan yon liv yo rele Dwa kanon. — Yo bay rezon ki fè yo pa pran li nan travay la. Li twò jèn. — Anpil pwotestan rele legliz yo tabènak ou tanp. — Zansèt nou yo te ba batay pou yo te ka libere nou. — Anvan yon bay yon moun san, fò yo konn tip san l. — Li ale nan kazino a ak 2,000.00 dola, lajan lekòl ti moun yo, li pèdi tout nan jwe pokè. — Jaklen se yon konpè kòk ki pa janm travay e ki ap viv sou kouraj fanm. — Moun ki ap mache fè abi, gen pou yo peye sa yon jou. — Lapolis di ke li te nan zòn nan lè krim la te fèt, tout sa li bezwen se yon alibi ki montre se pa vre. — Misye soti anban yon gwo maladi. Mwen wè sa. Figi li blèm toujou. — Chak moun wè bagay yo yon jan. Se sa ki fè yo paka mete yo dakò pou chanje peyi a. — Nan restoran a, le samdi, toujou gen yon djaz ki ap jwe mizik pandan moun yo ap manje. — Lè ou voye kòb pa transfè, fanmi w resevwa la pou la. — Yon Ministè jistis la pou defann e sèvi tout moun, li pa la sèlman pou defann yon gouvènman. — Yon pon levan se yon pon mobil ki leve pou bay batiman pase anba li. — Fanm sa a pa nan fè pitit ankò, li nan menopoz li. — nan dejene le maten li renmen mete konfiti sou yon moso pen griye. — Gen yon kat jewografik Ayiti nan klas. — Anpil Ikrenyen yo se katolik men yo gen rit litijik pa yo — Youn nan kesyon yo poze nan biwo imigrasyon an se kote ou fèt. — Yon oksimò se yon tèm ki gen de mo ki pa ale ansanm. Pa ekzanp: Yon politisyen ki gen bon kè. — Pye mango a bay bonlonbway. — Li kanpe anba eskalye a pou li tann mwen. — Papa m rele Samyèl. — "Chè Ivon", li konanse ekri. Li efase sa li ekri e li ekri pito, "Ivon cheri". — Li ge gwo baf kap vomi mizik tout la sent jounen. — Mwen pa moun ki ap pèdi tan m nan diskisyon kremòl. — Li antre nan yon fanmi ki pa kadre l. — Se pa tout anvi ou ka satisfè. — Pewon sa a bezwen repare, bwa premye mach la pouri nèt. — Mwen tande yon pòt machin ki ouvè devan kay la. — Melkyò, Gaspa e Baltaza, se non twa wa maj yo. — Nan reyinyon trankil tankou yon moun ki lwen. Li pa di yon mo. — Pè a di timoun kritike legliz se se yon blasfèm. se premye fwa timoun yon te tande mo blasfèm. — Lè l te di m mwen mèt konte sou li, mwen te panse li t ap ranse. Mwen wè li te serye jodiya. Li te la pou mwen. — Se jisteman sa mwen te di Jisten. Li pat bay manti. — Batay la rive nan yon faz enpòtan. — Pete san kontwòl, se youn nan move efè medikaman sa a. — Pou li, se yon kesyon de "ban mwen, ma ba ou". Li refize pèdi tan li ak moun ki pa itil li. — Li ap pase yon eprèv. Li pèdi travay li, youn nan timoun li yo malad. — Ase fè lanmou sou moun! — Jeral jwe 2 entriman. Youn se saksofòn, lòt la se twonpèt. — Nou te jwenn yon peyi fini. Nou rive refè figi l, prezidan an di. — Fanm sa a yon pakèt lajan pou li al pran yon beny labou chak mwa. — Nan zòn sa a anpil do kay la fèt an beton ame. — Mwen panse li t ap vini poukont li, e li parèt ak 3 moun nan fanmi l. — Ki peyi ki gen plis milyonè? — Gen yon dam sou rivyè a. — Vote se devwa patriotik. — Mwen tèlman depense mwa sa a, ke mwen gen pwoblèm peye lwaye a. — Reparasyon machin nan tounen yon salmanaza lè yo di m konbyen li ap koute. — Se linyon tout pitit li yo ki ka fè Ayiti sòti kote li ye a. — Yon sèl chalè tonbe sou peyi a depi lendi. — Lè li wè Jan e sa li tounen, li pa regrèt li kite l pou nonm ki mari li a jodiya. — Li nan menopoz li rive, sa eksplike kriz chalè li yo. — Kebèk se yon pwovens nan peyi Kanada. — Jako gen sèlman 3 mwa depi li marye e li gentan ap pran zoklo nan men madanm li. — Maten a mwen manje 2 ze bouyi ak 2 tranch pen. — Doktè a voye m al wè yon nitrisyonis. Li di m nitrisyonis la ap rekòmande m sa pou m manje pou m ka kontwole tansyon pi byen. — Si ou vizite peyi a ou pa pase nan yon galri da, ou pèdi. — Akouchman te tèlman difisil, doktè a blije sèvi ak yon tenay pou retire bebe. Erezman tout bagay byen pase. — Se yon ajisman nòmal kay moun ki soufri de maladi sa a, doktè di. — San yon lisans, ou pa ka bati nan peyi sa a. — Mwen pat ka konpran sa yo t ap di. Tout sa mwen te tande se yon chwichwichwi. — Irak se yon peyi tèt chaje. — Fanmi Jàn pat renmen mari l, se sa ki fè yo fè tout sa yo kapab pou yo divize yo. — Tayisyen se youn nan 2 lang yo pale sou zile yo rele Tayiti a. — Se nan yon aksidan machin, Pyè pèdi lavi l. — Detanzantan , li gade mont li pou li tcheke lè a. Wa di yon moun enpasyan. — Tout moun ki ap travay nan kwizin nan pote yon bonè blan. — Janin pèdi lòlòj li lé li aprann li loreya nan konkou a. — Ou deja wè se yon jouman, lè li di Jan se ton malandren. — Li gen 2 frè. Youn ladan yo se yon pè katolik. — Mwen li liv sa a lè mwen te nan lise. — Twotwa se pou pyeton. — Tout soumaren gen sonn. Se sa ki fè yo pa pèdi anba lanmè a. — Li nan diskisyon ak vwazen an ki deplase bòn ki separe 2 teren yo. — Manman gen yon ti kès anba kabann li ya. Se la li mete kòb li ap sanble a. — Mwen konnen dam nan rele Silvi, mwen paka sonje siyati l. — Granmoun sa a toujou bezwen moun bobo l. Toto pa renmen sa. — Cheve m kòmanse twò long, fò m al kay yon kwafè pou taye yo. — Konbyen tan li bezwen pou li fini travay la? 2 a 3 semenn konsa. — Li pa gen sentiwon, li mare pantalon an ak yon kòd. — Mwen pèdi. Epoutan, mwen panse mwen te pran bon direksyon an. — Chen an pase tout nwit la ap jape. — Misye di li se yon teknisyen, men pèsonn pa konnen nan kisa. — Fòk se yon bèt lanmè ki sanble de lwen ak yon chen. Se sa ki fè yon rele tou chendemè an kreyòl. — Mwen kite Ayiti. Men mwen pa abandone l. — W ap bwate, ou sanble ou gen yon zo ki deplase nan jepye w. — Yon moun ki grangou pa ka konsantre li byen. — Prezidan an ap tounen nan peyi a madi ki ap vini an. — Yon abim se yon twou san fon. — Boykot sou kazolin la kreye mache nwa e anrichi malveyan. — Se yon lame ki pare pou fè lagè nenpòt lè. — Se yon bebe ki fèt anvanlè. — Se son kontrebas la ki bay mizik la pwa. — Si ou resevwa yon imèl de yon moun ou pa konnen, pa ouvè li. — Chanm la nwa, ouvè rido yo pou yon ti limyè kap antre. — Ak sezon lapli a ki pran rive a, nou bezwen yon manto enpèmeyab. — Travay la ap avanse. — Van an diminye, men lapli a toujou ap tombe. — Pòt chay la deja plen. Se andedan machin nan n ap mete valiz la. — Li pa malad, men li di m li pa nan lokal li. — Tanperati a vin pi frèt. Tout nèj mouye ki te tonbe a tounen glas. — Li se yon chanpyon nan bay manti. — Lanmò chen li a ba l anpil lapenn, paske li te gen yon gwo atachman pou li. — Si ou ap chache dezòd, se nan chanm Patrik la pou ale. — Dènye fwa mwen te wè Salomon li te yon ti bout tonton. — Prezidan an pa bezwen minis, se tchoul li ap chache. — Li pat fèt mancho. Se na lagè li pèdi yon bra l. — Elèv ki pi pòv nan lekòl la resevwa lèd Leta. — Paran l vle l marye ak yon moun ki nan menm nivo sosyal ou pi wo pase l. — Chak bagay sou tè a gen yon non, San yon non, bagay la pa ekziste. — Se sèl gwo boutik nan bouk la. Se sa ki fè yo gonfle pri machandiz yo konsa. — Se yon sòyèt, se vre; men li pa janm desann figi l devan moun, ni fè sa k [a sa. — Sendika yo deside okipe beton a pou pwoteste kont pri manje ki kontinye ap monte. — Ous se yon bèt sovaj. — Se elèv ki pi parese nan klas la mèt la chwazi pou efase tablo a mwa sa a. — Katedral chaje ak moun ki vin asiste òdinasyon Inès. — Yo di Azaka se yon lwa ki pwoteje latè. — Chofè a pat ka kontwole derapman machin nan. — Tout manti se manti, menm lè ou di l ak pou sove yon moun. — Pou fèt li, parenn li ba l yon goumet lò. — Lè m te lekòl, mwen te gen yon zanmi yo te rele Mata. M ap mande kote li ye kounyeya. — Granmoun chita sou galri a, yon bann bagay ap pase nan tèt li. Detanzantan, li soupire; yon soupi ki di anpil bagay. — Nan bank nan, gen yon sèl gichè ki ouvè. — Vin yon avoka, se yon rèv li te karese depi jou li te wè parenn li ap plede yon koz nan yon tribinal. — Tifi a di m li pa pòy mwen, li paka renmen avè m. — Jij la akize a fè yon jès lenkondwit, se vre, men se pat yon krim ou yon bagay lalwa pa pèmèt. — 2 douzèn bay vennkat . — Se yon enfidelite lè yon moun pa respekte yon gwo pwomès. — Ba a twò long, se pou ou koupe ladan. — Nou pat jwenn yon moun nou konnen pou te fè travay la. Se pou sa, nou pran pran yon bòs yon zanmi nou te rekòmande n. — Li pa manje se remontan li ap pran. — Dat mwen pa tande mo sa a, mwen panse li pa sou moun wi. — Pat gen opiswa nan kan an, se dèyè pye bwa oubyen nan kwen mi mesye yo te konn al degaje yo. — Map pati de Pari, map fè eskal Matinik anvan mwen rive Pòtoprens. — Mari se yon bibliyotekè. Li chache enfòmasyon pou moun e rekomande bon liv. — Mwen pèdi wout mwen, mwen ateri nan yon katye mwen pa konnen. — Mwen mande pou li ede m bwote. Li di m li gen yon orè chaje. Mwen pa ensiste. — Li pa sèlman yon mètdam, li se yon volè ki ap pwofite de ti granmoun. — Se pou tout moun nan yon katye defavorize ki malonèt. — Moulen Dayiti se yon konpayi kote yo fè farin. — Chak ane, anvan lekòl ouvè, grann nou bay nou tout timoun yo yon medsin — Bòs la mande pou nou kare li lajan nou dwe li la, anvan li kontinye travay la. — Tansyon ka touye w. — Se yon nonm yo te rele Richlye ki te kreye Academi lang franse a. — Yap tann pwofesè a sòti pou yo arete l. — Si li pat sòti nan kay sa, li tap fè yon kriz kadyak. — Lè m patap travay e razè, li te konn kwape m menm lè mwen salye l. Kounyeya, li ap envite m nan fèt li. — Yo pat vle choke mwen, se sa ki fè yo pat vle ban mwen nouvèl la nan telefòn. — Se 2 bagay Toma renmen nan la vi a: Fè moun ri ak blag e manje poul fri. — Dodo se yon mizisyen. Li jwe gita nan yon òkès. — Ris se yon lang ki difisil pou aprann. — Mwen pa renmen jan istwa a fini a. — Anoreksi se yon maladi grav. Anpil aktris soufri maladi sa. — Li pase de direktè jeneral a minis, se yon gwo avansman. — Li sere livrè bank la pou moun pa wè l, e konsa konnen konbyen kòb li genyen kòb labank. — Depi eskandaleuse antre nan sal la, anpil moun nan fèt al fè wout yo. — Tout Ayisyen konn omwen yon istwa sou "Bouki ak Malis". — Oslè se yon jwèt tifi, papa Jakòb di l. — Gouvènman ap mennen kanpay pou chanje konstitisyon peyi a. — Son lari a monte jis nan dizyèm etaj otèl la kote chanm mwen an ye. — Sete yon vil yo te rele Sodòm, kote moun t ap fè sa ki pat fè Bondye plezi. Li te retire l sou fas tè a. — Yo kondane asasen an pou li mouri sou yon pilori. — Tan pèdi pa janm tounen. — Papa li fini lèt la ak yon avètisman. — Panda se yon bèt ou jwenn sitou nan peyi Lachin. — Lè vwazen yo tande vwa yon vwazin ki t ap rele Anmwe sekou!, yo tout kouri al wè pou ede e pwoteje dam nan. — Anpil moun pè arenyen. — Travay li nan sal resepsyon an se plase envite yo nan tab yo asiyen yo a. — Mwen pa konprann kouman yon nonm ki pè menm lonbray li ka deside antre nan lame. — Nou kouri lopital la ak Katrin ki gen yon kaselezo. Li fèk gen 9 mwa. — Li di li pa kwè nan vodou, epi chak ane li voye kòb pou yon seremoni. — Jan se non w, ki siyati w? — Li paka jwenn katouch pou revolvè a nan ankenn magazen zam ki nan vil la. — Li te al dòmi byen bonè, men yon rèv fè li leve anvan douvanjou. — Kalida! yo di se yon dans desalin te renmen anpil. — Si lwa a gen mankman, se pa avoka ki ap pwofite de mankman an pou nou blame. Se palemantè yo ki vote li san yo pa menm li teks ou mande ekspè pou jete analize li anvan. — Mwen bliye kote mwen plase twoso kle a. — Misye pat banm sa non. Mwen pat gade byen sinon mwen tap wè ke se ak yon Tèt kòk, bouda pentad mwen te an afè. — Mwen sesi li gentan resevwa lèt mwen te voye lendi pase a. — Senatè a aprann ke Kanada rele chalbari dèyè l. Li pa ka met pye sou tè sa a. — Konpayi telefòn nan ofri anplwaye Leta yo yon rabè de 5% sou tou abònman yo. — Tout ansyen direktè bank sa a te gen pafouten. Ou wè sa nan foto yo. — Anglè se yon lang entènasyonal. — Gaston pa gade sou moun pou li fè afè l. — Se yon fanatik. Mwen pa fè li konfyans. — Konje matènité peye se youn nan avantaj travay sa a. — Jan de machandiz sa yo, se nan yon sèl magazen ou ka jwenn li lavil la. — Yon nòmalyen se yon edikatè. — Sèl, pwav ak piman se epis ki bay manje gou. — Se yon nonm ki ap dòmi nan lari e ki pa chanje rad li depi kèk semenn. Li chaje ak karang. — Rapò a bay yon bann detay sou aksidan. — Gen 3 pouvwa nan Leta. Youn pa ka foure nen yo nan zafè lòt. — Li aprann yon bann bagay pandan vakans. Youn ladan yo se bride yon cheval e galope youn. — Li separe kòb la egal ego avèk frè a. — Se yon penti ki montre adorasyon wa maj yo devan ti kezi. — Ti gason an ap mache sou moun ak frètkach li deyò. — Depi madanm li mouri, li pa sòti, li deprime. — Li toujou peye lwaye a alè. — Li pa gen bè. Li manje pen an an zabèlbòk. — Moun nan peyi sa panse ke timoun fèt pou bese je je yo devan granmoun. — Mwen pat panse misye te gen tout kòb sa a labank. Li toujou ap mande prete. — Plezi l se chase e touye bèt sovaj, epi anpaye yo. — Salad la gen leti, tranch tomat ak kawòt. — Li gen plis moun ki kont li ke moun ki pou li. — Legliz kondane plezi lachè, sof nan maryaj. — Li pa sonje si li te fèmen Pòt poulaye a. Li oblije leve al gade, paske gen woulong nan zòn nan. — Sa ou fè, se sa ou ap rive keyi. — Ti nonm sa a toujou ap fè tenten pou fè moun ri. — Tifi a di manman l, li pral nan bibliyotèk, men se nan yon randevou damou li ale. — Li fè frèt deyò a, menm lè ou wè solèy la kale je li. — Mwen se papa pitit, mwen gen responsabilite. — Pen nou achte yè a komanse rasi. Sa vle di li pat fre lè ou te achte l la. — Li paka bwè lèt ou sipòte nan lestomak li anyen ki fèt abaz lèt. — Li pote yon souvni vwayaj la pou chak zanmi nan biwo a. — Alawout chaje ak vitamin. Li bon anpil pou tibebe. — Mwen pa konprann Masèl menm kounyeya. Li depeyize tèt li e refize sòti. — Ou jwenn ekrevis nan anpil resèt kwizin. — Li separe bon mango yo de sa ki komanse pouri yo. — Granmè m pa konprann ke moun bò isit sèvi ak grèp kafe yon sèl fwa. — Polis la rete li paske machin pat gen plak. — Pa gen moun ki ap ede mwen. Se mwen ki pou rele sou kò mwen. — Lik se twazyèm Evanjil nan nouvo testaman an. Yo di se yon doktè ki te ekri l. — Manman an di li twò piti pou li pran tap. Papa a di moun pa janm twò piti pou koreksyon. — Moun ki ap fè rechèch sou geneyaloji, ka sèvi ak liv telefòn pou konnen konnen kote yon moun te rete. — Yon Imam, che yon gwo chèf nan religion yo rele Izlam nan. Se li ki responsab lapriyè nan yon moske. — Se yon manman. Li konn sa yo rele batay pou pitit li. — Misye pa konprann ke sa zanmi li yo ap di a, se yon iwoni. — Li kòmanse depale aprè sèlman yon vè diven. — Anpil moun blese nan atanta a. — Ou di ou te wè m Okap dimanch ki sot pase a? Mwen pa mete pye m nan vil sa a depi plis pase 5 lane. — Ou sonje Paul? men wè li yè. Misye rete ak menm figi timoun nan. — Bòs la mezire pòt ki kraze a anvan li fè lòt ki pral ranplise l la. — Kesyon jounalis la mete minis la nan ti soulye l. — Kav kay la fè frèt. Se la nou sere boutey diven nou yo. — Mwen sonje Jan. Sete elèv mwen. Li te serye e entelijan. — Tè sa twò imid pou li lalwa ta pouse. — Marenn Zoun jete l deyò. — Lwil sa fét ak esans mayi. — Yon sèl gwo koutpwen bò figi, boksè a te fini al lòt la. — Mèt la li redaksyon Ti Jewòm nan. E li doute ke se li ki ekri l. Ti Jewòm sèvi ak yon seri de fraz ki twò wo pou timoun laj li. — Papa m move sou mwen paske mwen pa reponn telefòn nan. — Pour delache boulon an mete yon ti lwil motè sou li. — Sa li fè a montre ke li se yon moun san wont. — Ou ka toujou sèvi ak abake pou montre timoun konte. — Li kite sosis la sou tab la. Chen an pran e kouri avè l. — Jezi mouri, e li resisite apre 3 jou. — Lè lapolis debake lakay li, misye te gen tan vole gagè. — Mwen di li fòk li ale wè yon doktè pou zorèy sonnen sa a. — Li kòmanse grese pat tout moun nan lopital la pou yo ta ka okipe manman l. — Desiyon jij fè tout moun sezi, menm avoka yo — Demanjezon nan bra ak nan pye se youn nan efè segondè medikaman sa a. — Dapre chema a, ap gen 3 pòt pou antre nan kay la. — Gen yon konpresè nan tout frijidè. Li travay ak 2 lot aparèy: kondasatè e evaporatè pou kenbe frijidè a frèt andedan. — Li pa janm wè yon krab areyen nan vi li. Mwen swete li pa janm wè youn. — Li di mwen gen ase cheve la a pou m penyen. Mwen jis bezwen yon kout bwòs. — Nòt la montre ke ti gason a fèb nan matematik. — Gen yon pwovèb ki di sa ou renmen anpil, se li ki ka touye w. — Manman m di nou gen yon tonton ki rele Molyè. Mwen pa janm wè l paske li nan prizon. — Kote ekip la ye a, se t ap yon gwo kou si yo ta rive nan final. — Li te okipe tout maten an, se kounyeya, li gen yon ti tan pou li pran souf li — Lè ou sou tèt mòn nan ou domine tout plenn nan. — Se yon blag degoutan. Li pa ka bay li devan timoun yo. — Mari l mouri, tout timoun yo marye e ap viv lwen. Li santi l poukont li. — Vil la paralize akoz de grèv la, nou pa ka ale okenn kote. — Mwen sezi tande sa Adlin di a. Mwen pat panse li te ka di yon gwo mo konsa. — Yon ane bisektil vini chak 4 tran, — Aparèy li a gen yon deklanchè otomatik. — Li te toujou di li se yon gason kanson. Lè li te gen chans pou li montre sa, li kouri. — Li antre nan peyi a an refijye, jodiya li ap pale kont refijye ak imigran. — Fi a pase tan l ap tizonnen ti nonm nan pou li te ka leve yon defi kèk zanmi l ba li. — Mwen refize mande pou yon bagay ki pou mwen. — Li anpile tout sal yo nan mitan chanm nan. Li pral fè lesiv. — Vwazin di li pral pale madanm pou Sentaniz paske Sentaniz gade l nan je. — Li pral l`e pou chanje lank nan enprimè a. — Se yon fanm derespektan. Pèsonn pa renmen l. — Li mete yon kòsay san manch. — Labib la rakonte nou travay Bondye. — Faktè a pa kite koli a paske pat gen moun nan kay. Fò yo te siyen pou li. — Ou depann twòp de moun lakay ou, li lè pou sevre tèt ou. — Si ou pa jwenn yon estasyon gazolin touswit, ou ap pran pàn gaz. — Pitimi se yon sereyal ki chaje ak vitamin. — Manman l di l, pou sa li fè a, li ap pase tout viv ak yon move konsyans. — Frè yo mete li deyò nan lekòl la, paske yo di li se timoun endisipline e yon refraktè. — Li pran prann kawoutchou e li pa menm gen yon rechany. — Li pral gen yon gwo vizit, se sa ki fè li pase jounen an ap netwaye kay la. — Madanm nan ouvè katon ze a pou li wè si pa genyen ki fele. — Nan labib, Zakari se papa pwofèt Jan Baptis. — Pou fen ane a, anpil Ayisyen lòtbò lanmè ap vin pase fèt la ak fanmi yo. — Yon vòlò antre kay yon vwazen yèswa. — Yon jounalis korespondan lagè se yon moun ki ekspoze la vi li chak jou pou li ka enfòme. — Li panse sa li di a se yon ti manti, men pou madanm li se yon gwo manti. — Li pa prese pou antre lakay li, se pousa li ap trennen kò li konsa. — Tout sa fi sa fè pou cheve li yo, li pa rive fè kap yo disparèt. — 2 gwo konpayi telefòn nan peyi a deside fè yon sèl. Sa vle di pap gen konpetisyon e pri abònman pral monte. — Minis la gen kat blanch poul negosye kontra zam nan. — Si ou ban mwen adrès imèl ou, mwen ap voye enfòmasyon yo ba ou kounyeya. — Doktè a di mwen mwen pral santi tankou yon piki, lè li frape do mwen. — Li ouvè wobinè dlo cho a sèlman. Li chode lè li ta pral lave men. — Kandida sa a tèlman popilè, li pap menm bezwen fè kanpay pou li pase nan eleksyon an. — Dapre Labib, moun ki pa obeyi pawòl Bondye merite yon chatiman etènèl. — Sovajri san manman sa yo pa gen parèy. — Nouvèl la demantibile misye. — Kapital Lwizyàn, yon Eta nan peyi meriken rele Baton Wouj. — Papa ti gason Koupe latcha l lè li aprann sa li te fè kay vwazin nan. — Dublen se kapital peyi Iland. — Jezi se redanmtè tout moun. — Yo divize patisioan an ekip pou yon brasay lide. — Sa ki fè bèlte mizik la se amonizasyon an. — Se fi ki gen matris. Gason pa genyen. — Jiman Bòs Antonen an metba maten an. — Li antre legliz, ajenou e bese tèt li pou li priye. — Ak tout biwokrasi sa yo, ou ap pran plis pase twa (3) mwa anvan ou jwenn paspò a. — Ki sa ou vle? Di mwen fè yon bagay ke mwen pa fè. — Teyajèn, sete yon gwo boksè Grèk ki te viv yon syèk anvan Jezikri. — Se premye liv li. Kritik yo ba l yon bon akèy. — yon gramofòn se yon toundis ansyen. — Mwen menm ak ou, se de moun diferan. — Apre veksasyon li pran nan peyi meriken mwa pase a, li di li pap janm met pye l nan peyi sa a ankò. — Ou jwenn pyebwa sa a anpil kote nan depatman Sid la. — Kapital Lagrès rele Atèn. — Moun ki anvi sò moun ki byen pa janm kontan. — Li pa manje sosis depi lè li te manketrangle nan yon mòso sosis. — Li te planifye vwayaj la ankachèt. Se sa ki fè menm fanmi l te sezi lè li kite peyi a. — Moun ki soufir de maladi yo rele ekoulman an dwe pran antibyotik pou trete l. — Gen de lè, fò ou pa pè plenyen devan otorite yo, sitou lè yo pa ba ou sèvis ou merite. — Li fè frèt deyò, omwen, mete yon chanday sou ou. — Mwen wè kèk moso sou twotwa a. — Tanpèt la gen pou rive sou Ayiti demen a midi. — Swivan sa pastè di jodiya a nan prèch li a, si ou pa pwotestan, ou pral nan lanfè. — Li rete nan yon kay ak chanmòt nan yon katye kote pa gen lòt konsa. — Jan li abiye a, li bay enpresyon ke afè li bon anpil. — Pòt poulaye a paka ouvè anndan, se sa ki fè madanm nan rele pou yo vin ouvè l pou li. — Se prezidan chanm depite a ki pase echap la nan kou prezidan tou nèf. — Depi ti konkonm tap goumen ak berejenn, pèp ayisiyen ap goumen po fè yo respekte dwa li. — Li pa gra, li sèlman gen gwo zo. — Chak fwa ou touye yon limyè, ou ekomize lajan, ou sove tè a. — Jan se yon apranti kay bòs Sovè. — Moun sa yo foure peyi a nan yon katchouboumbe olye yo ede l sòti nan eta li ye. — Mwen batize nan legliz sen Jak, mwen rete nan pawas Sen Jewòm jodiya. — Li te konnen peryod aprantisaj la te ap long, poukisa li ap plenyen kounyeya. — Lalin nan premye katye jodiya. Nan semenn konsa li ap plenn. — Doktrin jansenis yo parèt nan 17è syèk. — Misye leve tab, pli al nan kwizin nan pou mande yon ti graton. — Jezi te renmen sèvi ak parabòl pou li te fè yon mesaj pase. — Anpil chè nan nen pa gen tras kansè. Men li bon pou fè yon doktè ki espesyalize l nan nen, bouch ak gòj retire l. — Nan pwen moun ki konnen kote kachèt anba tè ye, men tout moun konnen gen youn nan peyi. — Si yo gen tan pou yo pedi, ou met pale sou mwen. — Grèv yo vin anvliman sitiyasyon peyi plis. — Li kanpe dèyè pòt biwo a pou l eseye tande kisa direktè a t ap di papa l. — Se sèl yon temwen ki ta ka rakonte nou bagay la byen. — Yo fè yon twou nan biyè a ak yon pwenson pou di ke li sèvi deja. — Atansyon Nikola te fikse sou Nikòl, se sa ki fè li pa tande yo rele l. — Lè Sen Domeng te yon koloni franse, se blan ki te gen tout pouvwa. — Yon ze zwa pi lou pase yon ze poul. — Fanm sa pa ni blan ni nwa, se yon kwazman. — Moun ki rele a rakwoche kou li reponn telefòn nan. Se pa vwa li yo te vle tande.'' — Li nayiv anpil. Li kwè nan tout move enfòmasyon yo voye ba li. — Pyè pati avèk Magali; yo al viv Pòtoprens kote moun pa konnen yo. — Li naturalize l Ameriken. konsa li gen yon lot patri sou papye. — Se yon anachis ki refize swiv nòm sosyete a. — Jèn andeyò yo tounen do bay travay latè. Yo prefere vin mande nan kapital la. — Avoka a kwè ke temwayaj zanmi akize a kapital. San li, li ka pèdi ka a. — Mwen te toujou panse ke Ivwoz se manman Pòl. Tèlman li te byen pran swen li e pwoteje l. — Yon kay san baz pa ka kanpe. — Yo ba li yon sèl kal, paske li pa pase nan lekòl la. — Mesaje ou te anvi wè a rive. — Kanmarad li pa konn gade pou anyen lè li te lekòl, se yo li ap mande travay jodiya. — Li pa konn ki jou ni ki ane li te fèt, paske li pa gen batistè. — Li di se yon rad sentre li ap eseye. Tout moun di se yon rad ki two piti pou li. — Moun ki gen lijyèn pa souse dwèt yo pandan y ap manje. Yo siye l nan yon sèvyèt. — Anjela gen yon zye zanmann. — Pase pou li marye gason yo te chwazi pou li a, li prefere rete vyéy fi. — Gen yon Karans dola sou mache a, se sa ki fè valè goud la, lajan lokal la, diminye konsa a. — Sa ki ap pase nan peyi a, se yon wont pou tout Ayisyen. — Madanm sa soufri de yon sendwòm yo rele Pè moun k ap mande. Se sa ki fè li pa janm desann lavil. — Paske li toujou di sa li panse, yo di li moun frekan. — Mesye Pyè fatige, li ap fè yon kabicha. — Maliy sanble anvlimen, li ap bay sòs. Fo`ou ale wè yon doktè. — Mwen pa kwè misye gen tout lòlòy li sou li. Li pa sipann di pawòl san sans. — Li fèt sou siy kansè, paske fèt li se 16 jiyè. — Se yon travay ki mande pou ou pale byen, paske tout la jounen w ap nan reyinyon e pafwa n ap voye w reprezante konpayi a. — Lè li wè papa l leve men l, li panse li ta pral kalòte. — Mari l sispèk li gen yon lot gason sou li, li mete siveye l. — Ou tande nouvèl la? Premye minis la remèt demisyon. — Mwen kwè nan yon sèl Bondye. — Jodya, yon raben se chèf espirityèl yon kominote jwif. — Mwen renmen w, li di mwen. Si ou pa rann ou kont de sa, mwen ap pèdi tan mwen. — Se yon pyès pou vyolon. Se Moza ki te konpoze l. — Li pa pè pou li pale. E li verite yo san detou. — Li gen yon dan si, doktè di se rache pou li rache. — Bon jounalis pa voye monte. Yo bay nouvèl, yo analize nouvèl, yo enfòme. — Chak jou, li fè plis pase 10 kilomèt apye pou li al lekòl. — Lè m di fi a mwen renmen l, li mande m poukisa. Mwen pat pare pou kesyon sa a. — Doktè di mwen vizyon mwen desann depi dènye vizit la. — Gen peyi kote jiska prezan kretyen yo ap sibi pèsekisyon. — Nan lekòl sa, fi ak gason pa mele. Chak gen klas pa yo — Tout sa ki sòti nan jaden nou an se pwodwi byolojik, paske nou pa sèvi ak angrè chimik ou pestisid. — Li pral lè pou fèmen magazen an. Yo kòmanse fè kliyan yo sòti — Se yon mèb ki fèt al ladrès Ebenis la konnen metye a. — Se yon yon bon moman pou mande papa n kòb la. Li nève kounyeya. — Pitit la jwenn yon foto grann li ki tap danse ak yon bèl ti gason. Li di: "Grann, ti gason sa a se papi?" Li reponn pitit la: "Sife! pitit mwen. Fò w ta wè l jou sa a." — Vann nan fo mamit se twonpri. — Tatwaj ki nan bra l yo di li nan aktivite gang. — Li di li se yon fotograf. E li pa janm manyen yon aparèy foto. — Ou twò jèn pou w konprann bagay sa yo. — Tout fotèy nan salon an ge 2 ou kousen. — Yon katon wouj se pi gwo sanksyon yon abit ka pran kon yon jwè foutbòl. — Peyi a pase plis pase 20 lane san yon lame. — Labib gen 2 parti. Yo rele yo testamen. — Yo di gen yon trilyon planèt, men nan sistèm pa nou an ki sistèm solèy la, gen sèlman 8 planèt. — Masyal eritye gwo nen sa a de granpè l. — Mwen fè wòl mwen, pou moun sa yo pa antrave m. — Li sóti lè li tande yon boukan nan lari a. Se 2 fi ki t ap joure e yon asistan ki t ap ankouraje yo. — Lapolis ap mennen ankèt sou disparisyon aktè a. — Lijyèn rekòmande pou yon moun bwose dan l omwen 2 fwa pa jou ou apre li fin manje. — Mwen bliye ki jan yo koud, tèlman mwen pa manyen yon zegwi lontan. — Se fwa l ki soutni nan tout tribilasyon s yo. — Nan konpayi sa a tout lide fèt pou sòti nan biwo direktè a. Se sa yo rele santralizasyon. — Li te konn sòti avèk Jeral lè yo te nan fakilte an ansanm. Apre yo diplome, chak moun fè wout pa yo. — Nonm nan di fanm la li renmen li, men tout sa li te bezwen se rive konyen li. Lè fanm nan te rive wè sa, li te twò ta. — Solisyon minis sante a ofri pou konbat epidemi a ka mache. — Tout katye a nan fènwa a koz de blakawout la. — Li panse mande fanmi li èd, se mande lacharite. — Elektrisyen an dekouvri yon koneksyon nan fil elektrik yo ki ka poze yon gwo danje pou kay la. — Gen yon magazen ki fèk ouvè lavil la ki vann tout bagay ou ka bezwen pou kay. — O kanada, tout chofè gen youn ou 2 gratwa nan machin yo pandan sezon gwo fredi a. Se pou netwaye nèj. — Ekzamen a te fasil pou moun ki te etidye. — Yon diplomat, se yon reprezantan yon gouvènman devan yon lòt nasyon. — Tifi sa a chanje menaj tankou li chanje kilòt. — Sentiwon an pa mare. — Chak maten, apre li fin bwose dan l, e anvan li benyen, papa m fè labab. Se yon abitid. — Yo twò lach pou yo di sa nan figi m. Se dèyè m yo ka pale. — Devan otèl la chaje ak bout sigarèt, se pa yon bon siy. — Fi sa a tèlman bon nan piano, li pa ka li yon patisyon. — Lè mande m kisa li vle bwè? Li reponn mwen, yon ti vè anizèt. — Adan vini anvan Èv. — Revè 05 se 50. — Tòtiya sanble ak kasav, sèlman li fèt ak farin olye de manyòk. — Eske se yon bag fiyansay ki nan dwèt Jilyèn nan? Wi! Se yon bag fiyansay. — Se pat wòl minis sante a pou li te mete desizyon ki pran nan konsèy la deyò. Se fo pas sa a ki fè yo revoke l. — Makout te konn f`e anpil mechanste. Yo te panse yo te gen dwa pou touye, pou arete, pou fè disparèt. — Mwen paka wè ti bèt sa yo. Menm si yo pike moun, yo degoutan. — Se yon anbetant, se vre, men li pa mechan. — Menm apre diskou li a, entansyon prezidan a rete yon devinèt. — Yo enspekte tout gwo kamyon anvan yo pase fwontyè a. — Ak chalè sa a, nou pap limen fou pou fè manje, m ap jis fè yon bouyi vide pou timoun yo. — Yo wè solda minista yo ki ap jete yon kamyon kaka nan rivyè a. — Fò w pa konfonn timidite ak rèzèv. — Li mande m si mwen pase yon bòn nwit. Mwen di l mwen pa dòmi ase. — Yo jween 10 kilo dwòg nan valiz li. Lapolis arete l. — Gadkòt yo gide kapitenn batiman nan nan pò ki te pi pre a. — Iran se yon peyi mizilman. Kapital li se Teran. — Wou dèyè a degonfle. — Mwen manke papye pou mwen vlope kado Nwèl yo. Fò m al achte. — Depite a desann figi l devan anbasadè meriken pou yon viza. — Mwen pa vini isit la pou preche m, men pou konprann mwen. — Mwen sonje lè misye te lwe yon chanm kay. Jodiya, li gen plis pase 5 gwo kay ke li mete nan lwaye. — Jounalist la pa vle bay sous enfòmasiyon li yo. — Tès alkòl montre ke misye te bwè twòp e ke li pat dwe dèyè volan. — Apre aksidan an, jòj vin enpwisan. Li pa fè pitit. — Gen yon kote an Espay kote yo pale yon lang ki rele katalan. — Manman m di m si mwen rete dousman li ap banm yon sirèt. Mwen renmen sirèt, konsa, mwen rete dousman. — Chak jou mwen leve, mwen di Bondye mèsi. — Li te yon ti renmen pou Masèl lè li te lekòl. Pèsonn pat konn sa. Pa menm Masèl. — Se lè w sou tèt mòn, ou dekouvri vrèman belte plenn nan. — Pandan Polo ap antre kay Janin, li wè Mako ki ap sòti. — Li soti kenzyèm nan ekzamen antre an lekòl. Li gen chans, paske yo te bezwen sèlman 15 jèn pou fòme klas premyè ane. — Li di li pa gen krebete nan fanmi. E mwen aprann li gen yon kouzen ki fèmen nan yon lopital moun fou. — Tout lajounen yo ap bimen ti gason sa nan lekòl li a. — Se li ki deside pa manje. Li ap fè jèn. — Li poko al lekòl, men li ka konte jiska 100. — Inisye rime avèk visye. — Yon radyoloji montre ke zo janm jwè a fele 2 kote. — Se pa flatri ki pou fè jwenn pwomosyon nan biwo a. Se travay, montre sa ou vo ki ka fè w monte. — Li toufe manje a, e di tifi a pou veye chodyè a pandan li kouri al achte yon kès kola. — Se pou ou sere 2 mòso bwa sa yo ak yon klanp jiska ke lakòl la sèch. — Li kòmanse diskou li a ak kèk mo rekonesans pou tout moun ki te sipòte nan travay li. — Li tap fè menm bagay la pou mwen si sete li. — Li ap travay nan yon biwo de 7 tè a 5 kè de lendi a vandredi. Men li gen yon lòt travay le samdi. Se nan yon otèl. — Yo arete l paske li t ap eseye peye ak yon move chèk. — Sen Valanten te dwe yon jou pou selebre lanmou. Men li tounen yon jou pou fè gwo depans jis pou fè wè. — Nèg sa a pale twòp; mwen pap pale li de pwojè a. — Lè Jak mande m sa m panse de divòs Mari ak alfrèd la, mwen di l nan koze sa a, mwen pa antre. — Anvan klas la kòmanse, mèt la mande nou pou fè yon moman silans pou viktim siklòn yo. — Lontan timoun te gen anpil respè pou granmoun. — Suzàn gen dyabèt, chak maten fo li tcheke nivo sik nan san li. — Lè li 9 vè bò isit la, li fè 6 zè kote w ap viv la. — Nan peyi sa a anpil gwo zotobre se masisi. — Pati pat janm antren nan pwojè li. — Bayakou yo travay tout nwit la pou devide latrin nan. — Li padonen l avèk pwomès ke alavni li pap fè menm bagay la ankò. — Apre 3 semenn nan lopital, ou ka egzeyate l demen. — Priye Bondye pou Ayiti chanje, li bon. Men fò nou travay pou nou chanje l tou. — Depi kek tan li ap plenyen li wè twoub, li ka bezwen chanje linèt. — Moun yo koupe tout bwadchenn yo pou yo fè chabon. — Yo te sòti pou yo kwense direktè a nan reyinyon, men li te vini byen pare pou yo. — Se yon katye cho kote toujou gen lobèy. — Gen 4 sezon nan yon ane. — Vatikan kondane aktivis politik pè ti legliz yo. — Rad tèlman chè, li derefize di konbyen li koute. — Sèt (7) mwa aprè, sinistre tranblemanndetè 12 janviye yo kontinye ap viv nan move kondisyon nan kan Pòtoprens. — Li pa gen prêv de sa li di a. Se moun ki kwè nan istwa pou fè timoun dòmi ki pou tande l. — Se pi move premye minis nou te ka genyen. Peyi a depafini sou li. — Lang Enka yo te pale te rele Kechwa. — Nanpwen moun ki respekte ti nonm sa a nan katye a. Bri ap kouri li se yon jigolo. — Fimen ka ba w kansè nan poumon. Se sa ki ekri sou pòch sigarèt la. — Si w pa vle madanm nan eklate, peye l lajan ou dwe l la. — Viktò gonfle, Li manje twop tchaw yèswa. — 2 peyi sa yo ap fè lagè depi plis pase 10 lane. — Moun yo konsidere pastè sa a tankou yon farizyen. — Pwodwi dominken yo se zagribay. Leta dwe kontwole yo. — "Eske w gen prèv ki ka sipòte sa ou di a?" Li mande m. Mwen reponn li: "Mwen chaje ak prèv". — A laj li e nan peyi bò isit, vin yon manman san mari se pa yon dezonè, se men yon siy de kouraj. — Jan renmen fwomaj meriken; Pola renmen fwomaj swis. — Tout rekòt pèdi ane sa a akoz de sechrès la. — Premye devwa yon paran se elve timoun li yo pou yo vin bon sitwayen. — Se nan yon sant pou ti granmoun, madanm li ap travay. — Travayè yo di si patwon yo pa vle tande revandikasyon yo a, yo ap koumanse yon grèv. — Yo di siwo myèl bon pou alèji. — Ak yon kout penso, ou ka kache fent nan mi a. — Aprè asasina, li jete revolvè a nan yon rivyè e li disparèt. La polis ap chache li e mande èd popilasyon an. — Ou fanm mechan mal palan ka touye yon moun ak lang li. — Nonm te vyole yon pakèt jèn timoun. Yo chatre misye. — Teks la divize an 4 pwen. — Travay la pa peye, men mwen fè anpil kòb nan komisyon. — Aprè siklòn nan, gen yon ratezon bannann sou mache a. — Lanbi se sèl brigo yo manje an Ayiti. — Seksyon espò jounal la disparèt. E se seksyon sa a mwen li an premye. — Jilyen se yon sinefil ki ekri anpil sou sinema. — Li sòti loreya nan konkou a. — Nan kò yon moun ak anpil lòt bèt, ezofaj se yon kanal ki sòti nan gòj rive nan vant. Se la manje ak bwason pase pou rive nan leskomak yon moun. — Toutan lagè a pa fini, pap gen kote nan peyi sa a kote ou ka pase yon tan anpè. — Pou yon bagay konsa ta rive? Mande Bondye padon non! — Yo fè m chita nan sal datant la pandan 2 zè anvan mwen rive pale ak direktè a. — Se pa yon travay pou moun ki inosan. — Tig ak chat sanble. — Zavye se yon nimewo. Anpil moun pa remnem l pou sa. — Yo gen tan revoke twa moun nan travay la, kou pa mwen deyè.kou — Li di ekzèsis dimaten an ede l rete alèt tout bon. — Li di m li ta renmen pale avè m pou yon ti moman. Men mwen konnen sa ap pran yon bon tan. — Nan jaden danfan ti moun aprann pentire. — Paleman an chaje ak kreten. Men tout panse yo gen lespri. — Syèl la klè. Detanzantan nou wè yon etwal filant. — Anpoul elektrik la sote, fò ou ranplase l. — Soup premye janvye an kòmanse ak yon bouyon bèf. Se apre yo ajoute lòt engredyen yo. — Match la te fewòs. Abit la bay 2 kat wouj e simen kat jòn. — Li panse li ap rive prezidan, se yon fantezi. — Bidjè lekòl la depann de patwonay ansyen elèv li yo. — Manje a santi bon. Kisa w ap kwit konsa a? — Nan disètasyon an, li montre enflyans lide revolisyon 1789 an sou esklav Sen Doming yo. — Li etidye enfòmatik. Se pou sa li ap travay nan konpayi sa a. — Li ap fè kay la bèl anvan vizit bèlmè li a. — Tit se yon liv ou jwenn nan Labib. Yo di se yon lèt Sen Pòl te ekri yon zanmi l kite rele Tit. — Chak kandida di yo gen yon resèt pou sove peyi. — Tè a ankò vyèj. Tout sa ou plante sou li ap donnen. — Mwen depoze dokman an sou tab travay la. — Nan peyi meriken se pa semenn yo peye moun yo. — Tigason a di li al etidye ak zanmi l, men se nan yon fèt kote gen voksal li ale. — Chak semenn gen yon vòl ki fèt nan pansyon an, medam yo sispèk ki fi ki manman chat la, men yo paka kenben l. — Olye chofè a mete pye l sou fren, li peze akseleratè. Sa eksplike aksidan an. — Bibliyotèk nasyonal la gen yon branch nan cheflye depatman yo. — Tranbleman de tè a mete vil la plat atè. — Ravèt, sourit ak lòt vèmin fin pran kay. — Li ap travay pou yon sosyete ki ede moun ki vle fè gwo envestisman. — Li panse li se yon moun sivilize paske li konn pale e ekri franse. — Sa ou fè a se yon atitid lenkondwit. — Elektrisyen mande pou m peye alavans mwatye nan pri travay la. — Kobra pa manje moun, se lòt koulèv yo manje. — Wachinntonn se premye prezidan nan peyi meriken. Sete yon jeneral nan lame. — A laj ou ou paka ap kouri dèye timoun lekòl. Yo ka panse ou se yon granmoun kannay. — 20è syèk te fini angagòt. — Jan w bòzò a, kote ou prale? — Direktè mande asistan li an kote li jwenn moun initil sa yo. — Blog politisyen sa a chaje ak lide malonèt. — Timoun ki soufri de defisyans entèlektyèl pran tan pou yo aprann, men yo ka apprann. — Ou ka acheté nèg ti lespri, men ou paka achte m. — Legliz li a ap òganize yon pelerinaj nan bazilik Sen Pyè. — Li abiye ak menm rad ki te sou li yè a. — Dlo rivyè a sal. Li pa bon menm pou lesiv. — Ou te blese li, e ou etone ke li gade yon dan kont ou. Bay kou bliye. Pote mak sonje. — Mwen gen yon nyès yo rele Agat. Se pitit fi yon frè m. — Ou pa bezwen yon gwo sèvo, pou w jwe titato. — Lekòl la pa kenbe elèv ki gen plis pase 15 reta nan yon ane, menm si yo pase. — Li gen yon kansè nan Toubouda. — Mwen resevwa fiyanse premye pitit mwen ak 2 bra louvè. — Ki ti zwazo sa a ki ap vole nan lakou a? Se yon zòtolan. — Tanjerin sanble ak zoranj, men li pi piti. — Li antre byen ta. Menm lasibab pat genyen ankò. Nou blije al achte yon pitza pou li. — Yon pawòl ou bay ka tounen yon angajman. — Li di li pap soti avè li paske li se yon bout tonton. — Nan pwen moun ki la pou toutan. — Chofè taksi a di m li pap pase nan vwazinay palè a. — Depi premye jou lekòl la, direktè a avèti elèv yo ke li pap tolere tibilans nan klas, sou lakou e deyò lekòl la. — Lavi yon moun kòmanse 9 mwa anvan li fèt. — Zansèt nou yo, se Afriken yo te ye. — W ap rekonèt misye fasil0; li gen yon manton long. — Yo rele li mazora paske li make 3 dan devan. — Lè li fin gade fim pòno a, li gen yon sèl anvi fanm ki pran li. — Yon milèt se kwazman yon bourik ak yon chwal. — Jiman an prèt pou mete atè — Pou ou pè katolik fò ou etidye apolojetik Yon branch nan sa yo rele tewoloji dogmatik. Konsa ou ka defann doktrin ak dòg legliz yo a byen. — Militè yo pran pouvwa a apre kou deta a. — Li pran kritik yo ak kè poze. — Yo envite yon predikatè ki soti kanada pou li bay denye sèmon retrèt la. — Goud, se lajan ofisyèl peyi Dayiti. — Kote ki pa gen kouran, yon radyo pòtatif se yon pakèt bagay. — Timoun yo dekouvri yon zo tèt nan bwa a. Yo kouri avèti lapolis. — Anpil gwo peyi te eseye domine Afganistan. — Papa mwen se yon doktè, manman mwen se yon pwofesè. — Li pase tout jounen an ap pentire chanm nan. — Li rezève yon plas 3 mwa anvan konsè a. — Demon pa chache byen moun. men pafwa lè li ap tante w, ou ka fè w kwè se byen w li ap chache. — Kab sa a twò kout pou sòti nan delko a e rive nan kay la. Nou bezwen youn ki pi long. — Pou pwoteje rasin ti pyebwa a, mete konpòt bwa toutotou li. — Si se sou zòt nap gade, nou deja chire. — Sal la gen yon kapasite de 150. E yo lese 200 moun antre ladan. — Mwen panse ale Sodo nan jiyè ki ap vini a, pa tankou yon vizitè men kòm pèleren. — Mizilman, jwif ak temwen Jewova pa fete Nowèl — Li renmen zoranj, men li prefere pòm. — Nan tout lekòl ti gason sa a pase, li koze pwoblèm, se sa ki fè li pa gen okenn diplòm. — Pou fèt endepandans peyi yo, Ameriken renmen fè babako. — Pat gen kote pou chita. nou te rete kanpe. — Li di gozye l sèch, ki sa li mande se yon byè. — Nesans ti denye a te fet ak kèk konplikasyon. — Kanna renmen dlo. Poul pè dlo. — Yon zigòt se premye selil nan yon kò ki vivan. — Zobòy fè misye mache bwete. — Li oblije fè tankou tout moun pou yo pa sispèk li se yon espyon. — Bal tonbe adwat agoch sou manifestan. Sete yon masak. — Kounyeya, ti bebe ka manje ak kiyè. — Sa pa etone m ke Paskal vin yon komedyan. Li te yon blagè depi li te toupiti. — Li gen yon lyezon ak yon madan marye. Limenm tou, li marye. — Kalo ap plenn paske sa yo di l la blese l. — Li di li pral fè vakans an Itali, men se Veniz li ap pase plis tan l. — Moun yo pa wè ke tout sa misye ap di a se demagoji. — Sa ou pral fè ak dekovil sa yo ki nan panye a. Chifon pou netwaye? — Mwen te pwomèt sè m nan mwen t ap okipe m de de timoun li yo lè li pati. — Ikrèn se yon peyi ki sou kontinan yo rele Ewòp la. Li pataje yon fwontyè ak Larisi. — Pa bay nouvèl sa a, ou ka alame l. — Premye bagay anpil timoun apran lè yo ap aprann konprann e ekri lang manman yo, se abese. — Manman l te yon sòyèt. Li pa janm pè di moun sa. — Mwen pi konte sou vwazinay ke sou fanmi. Si m gen yon bagay, se vwazinay ki ap pote sekou anvan tout lot moun. — Yo tankou mouton yo ap mennen nan labatwa. — Pou dejene li toujou manje 2 tranch pen bere ak yon tas kafe. — Li se yon milèt. Li marye, li gen 40 lane e li pa janm fè pitit. — Li toujou gen yon bwa klineks nan valiz li. — Lè li bezwen regle afè li, ou afè fanmi l, li parèt tankou yon figi di. — Sa ou wè a poko anyen. sa ki ap tann ou pi devan ap pi rèd. — Yo abize prizonye nan peyi sa a. Yo bat yo ak frètkach. — Machin sa a tèlman bogota, menm kontè vitès la pa mache. — Menm lè ou konprese rad yo nan malèt la, li pap rive pran tout sa ou ta vle pote nan vwayaj la. — Jeremi di li ap vin lakay la dimanch. — Si ou poko pare pou gen timoun, pa chache ansent. — Si ou santi w raz, li yon bon liv. — Konpayi a an fayit. Nou bezwen yon direktè ki ka ede l remonte pant la — Lè jij la ap aplike lalwa, li pa fè eksepsyon. — Yon moun ki etidye etnografi respekte tout kilti, menm sa ki pa pa l. — Eske mwen kapab mennen yon moun avèk mwen nan fèt la? — Doktè gade ekografi a e di: "mwen wè yon zizi. Se yon ti gason". — Granmoun pat ka kontwole l, pipi sou li. — Gita se yon enstriman a kòd. Twonbonn se yon enstriman a van. — Nonm sa pa konnen sa li ap fè a endesan. Kouri nan yon machin chè konsa, nan yon peyi pov konsa. — Li fèt 19 mas, se pou sa paran li rele l Jozèf. — Se pa tout etidyan ki ka antre nan fratènite sa a. — Li mete vè yo nan yon kès apa e boure l ak papye pou yo pa kase si kès ta tonbe. — Jan louwe yon apatman nan kè vil la. Li gen kòb, paske apatman sa yo chè. — Ti gason, se depi yo nan laj timoun pou aprann yo respekte fanm. — Melani te fè plan pou li sòti ak machin nan. Li move ak frè l la lè li wè li te pran l anvan l. — Pandan tout moun ap kouri, Jano rete anplas paske li pat gen konsyans de sa ki t ap pase a. — Li pa pwofèt, men li wè lwen. — Mèki se yon metal likid. — Gen moun ki kwè ke kote ki gen liberalis gen lese ale. — Nonm sa a se yon Kameleyon, ou paka konte sou li. — Li pèdi bous li nan bal la. — Lè yo mande l kisa li ta renmen tonton Nwèl pote pou li, li reponn ou machin. — Apre tout sa li fè moun yo, li gen odas parèt figi li devan pòt kay yo. — Se nòmal pou li aji konsa, li nan jenès li. — Si ou gen farin mayi, sèl ak sik, ou paka kite grangou touye. Ou ka fè yon labouyi mayi. — Anvan papye sou kisa moun te konn ekri. Yo te konn ekri sou zo, sou fèy bwa, ak tablèt an ajil. — Li pase tout matine a ap titile, se sa ki fè li pa gen apeti. — Machin nan bezwen yon chèk. — Kote ki gen flè, gen myèl. — Yon pwonon se yo mo ki raplase yon lot, souvan yon non. — Fèt dèmò, se jou anpil moun vizite tonm fanmi yo ki mouri. — To te bon zanmi lontan. Yon ti mezantant fè youn vin pa vle wè lòt. — Pa gen eksperyans san tès. — Li ak ekri, se sèl distraksyon Pola. Li a renmen ni sòti ni gen vizit. — Anvan yo touye kochon an, yo di m: "Si ou pa gen kè, pito ou deplase". — Lè Ti Pouch sot nan prizon, li te yon zomangay. Kounyeya, li kòmanse pran chè. — Paske mari l pap travay, li di se yon manm initil. — Li di si Frèd ap chache l kont, li ap jwenn avè l. — Li soufri de lagratèl. Moun pa vle chita bò kote l. — Fasafas, m ap di li tout sa mwen panse. Men mwen pap pale dèyè di li. — Jan renmenpa renmen kawòt ak bwokoli, men li renmen tomat ak leti. — Figi misye chanje lè mwen di li ke lapolis te pase bò isit la. — Sekretè ap plenyen ke li jis nan kou ak travay. — Pou li montre deplezi l kont desizyon maryaj, li pa ale nan seremoni a. — Nouvèl lanmò a desounen li. — Volè a te gen 2 akolit. Lapolis dèyè yo. — Gen 18 minis nan kabinè a, ladan yo 3 pa Ayisyen. — Li ap fè yon travay ki di. Se sa ki fè li toujou delala lè li rive lakay li. — Tout kandida sa yo pou yon sèlfotèy. — Enprimè a bezwen lank. — Lè l tande nouvèl la, li tonbe e rete enkonsyan pandan 15 minit. — Jwè a konvèti kou fran an yn gòl. — Si jan ou di a ou maton nan nan matematik, rezoud pwoblèm sa a pou mwen. — Yo kondane li pou yon ti vòl nan yon mache. Gwo vòlè yo ak byen mennen. — Katrin tèlman sansib li pa rekonèt ke Jowèl t ap blage. — Paske ou pat peye, yo vin koupe kouran a. — Ti gason toujou rete dèyè. — Mwen mande li pou li ekri yon diskou. Li banm yon kaka. — Yon rim sèvo pa grave. Men yon grip, se yon danje. — Li pa moun vini, li se yon natifnatal. — Madanm nan gen yon min tris. Li pèdi mari l. — Moun ki pa mizilman paka antre nan vil yo rele Lamèk la. — Ou ka panse li fou tout sa li di se radotay, men se yon mesaj kode li t ap voye. Li se yon ajan sekrè. — Lè yon jwè pran yon katon wouj, ekip li a ap kontinye jwe match la ak yon jwè an mwens. — Bis la ka pran trant moun, men chofè a fè 32 monte. — Se yon cheve kote peny pa pase depi kèk tan. — Madanm nan chante fo, li chante fò. — Mwen ale Pòtoprens yon sèl fwa. — Se yon mekanisyen ki gen anpil pratik nan ranje machin italyen, tankou Fiat, Alfa Romero elatriye. — Manman m ak matant gen yon boutik flè sou gran ri a. — Nou gen yon pye langichat tou pre lantouraj la. Se li ki pi kou tan tout pyebwa sou lakou a. — Jan refize kopere paske li pap ka jwenn avantaj pèsonèl nan pwojè a. Se toujou tèt li li wè. — Li mete bwat la anba kabann nan. — 2 moun sa yo damou tout bon. — Anpil peyi ki mèt lakay yo, gen yon jou kote yo slebre fèt lendepandans yo. An ayiti se 1e janvye. — Je mesye yo pèdi nan panye fanm nan ki t ap pase. — Repitasyon restoran an rive jis lòtbò dlo. — Ak vèni a , tab la sanble ak yon mèb tounèf. — Kidnapè yo pran kob ranson an, epi yo touye jounalis la. — Li antre nan lòj la pou li al eseye rad la. — Se pa chak ane, nou gen yon bon rekòt konsa. — Kote Ana? Li al nan sinema ak menaj li. — Gen de lè fò ou pa plenyen devan Leta. — Legliz la gen 2 sèvis le dimanch, youn nan maten, youn nan apremidi. — Premye minis rive sove pòs li a gras a yon senp majorite nan chanm la. — Bòkyè se yon enfeksyon nan chak kwen bouch yon moun. — Yon esklav se yon moun ki ap travay di san li pa touche e ki ap anrichi lòt moun. — Li ap viv nan yon estidyo nan Nouyòk. Li pa gen kote pou li vire kò l. — Misye se yon bakoulou, men li pa yon asasen. — kòsaj vè fonsé sa a pa ale ak jip la. — Sa se yon bouyon, pita m ap mete l opwòp. — Mete dlo nan diven w. — Se yon maladren, li al nan rivyè a jis pou li gade tete debout jenn medam yo. — Yo mete tout rad timoun nan magazen sa a abapri. Domaj ke mwen a gen kòb. — Li mete yon degizman pou li al nan kanaval la. — Li fèk kòmanse pwojè a, ba li yon tan pou li fini l. — Li te mache ak 3 boutey dlo. E li bwè yo anvan li rive. — Yon Filipyen se yon moun ki fèt nan yon youn nan zile ki fòme Filipin. Li se yon azyatik. — Machann nan divize regim nan an pat bannann. — Li kraze tout miray li jwenn sou wout li pou li ka rive kote li ye jodiya. — Mwen wè 2 lapen sou gran chimen an. — Limyè a limen chak swa a 6 zè gras a yon kòmand otomatik. — Se pa wòl mwen pou m entèveni nan koze moun marye. — Yon ti etensèl ka detwi tout yon katye. — Li mete recho griyad la sou lakou a pou fèt babako a. — Li di li se grameryen e li fè tout fot sa yo nan mesaj la. — Li bezwen yon ka ons lwil doliv pou resèt la. — Li konnen li pap tounen, men li achte yon tikè aleretou pou twonpe imigrasyon. — Pa gen anpil Grèk an Ayiti. Mwen youn ki gen yon restoran. — Se pa tout bagay yo di ki modèn ki bon. — Se pa tout tonton makout ki te move moun. — Chimen dekoupe pi kout, men sa pa vle di li pi fasil. — Li vle mwen antre nan koze a, mwen di li se pa biznis mwen. — Ayibobo se yon pyès ki jwe pa aktè yon konpayi yo rele Voltè. — Mwen pap pèdi tan mwen tande koze kremòl prezidan an ak avoka li yo. — Mwen annik ba l adrès la, lal nan kay la dirèk. — Li pile jenjanm yo anvan li mete la nan te a. — Papa te vle rele Abela, men manman pat renmen non. — Nan mitan iseyan Pasifik, gen yon yon zile ki gen 2 pati. Yo rele l Nouvèl Zeland. — San linèt mwen pa ka li lèt fen sa yo. — Li pa pi move elèv nan klas la. — Depite a san yon moun san santiman, ki trayi pati l la pou lajan. — Moun ki etidye sa yo rele jewografi ekonomik ka konnen jan yon rejyon pataje e kouman moun ki rete la mennen aktivite lajan. — Etyopi se yon peyi ki sou kontinan yo rele Afrik la. Kapital la se Adisabeba. — Anpil timoun an ayiti pa janm wè yon sik. — Dam sa a ka entimide w lè li gade w nan je. — Enbenist la poli bwa a anvan li pentire l. — Nan ayewopò a gen yon zòn lib. Ou pa peye enpo lè ou achte nan magazen zòn sa a. — Nan peyi sa a, yon moun ki pa peye taks sou kòb li touche ka pran prizon. — Yo envite m nan yon gwo babako samdi ki ap vini a. — Chak apremidi a lè sa, Jan ak madanm li monte Bisiklèt 2 plas la pou fè yon ti klann nan katye a. — Kounyeya, li gen pye li lib paske tout piti li yo marye. — Li pa gen toudisman. Se sou li sou. — Tren 11 zè a anreta. Yo fèk fè anons la. — Tè a pa esteril, li jis fatige. — Ewo se lajan ki sèvi nan preske tout peyi Ewòp yo. — Li se yon diplomat. Li konn kouman pou rale vini nan enterè l. — Yon legliz ki ap preche Inegalite ant gason ak fanm, pa legliz kote Bondye gen plas li. — Chat la koupi anvan li bondi sou sourit la. — Sa li gen sou kè li a, se yon gwo sekrè. — Kamyon sèvis dijyèn yo ap pase demen. Fò m mete sak fatra yo deyò aswè a. — Li diplome nan lekòl nòmal, men li pa janm antre nan yon klas kòm anseyan. — Li lè li tan pou mwen kite kay la, pou mwen al viv poukont mwen. — Konpayi a toujou rekonpanse moun ki vini ak pi bon inovasyon. — Chen a te gen raj, se sa ki fè you touye l. — Madanm sa pa janm al lopital lè li pral akouche, se toujou yon fanmsaj ki ede li lakay li. — Li granmoun, li gen dwa chanje lide l lè li vle. — Moun kav pat viv poukont yo, yo te konn viv an gwoup. — Doktè yo ap travay pou yo rete blese anndan an anvan yo fè l operasyon. — Lapolis gen enfòmasyon ke Pyewo te patisipe nan kidnapin nan, se sa ki fè y ap swiv li pou wè si li ka mennen yo kote yo sere otaj la. — Ou pa jete vye chodyè pou chodyè nèf (pwovèb). — Swi ray la, li ap mennen w Tomazo. — Mato ak goyin se enstriman chapantye. — Mwen pa renmen tyaka. Men manman m renmen fè l. — Nan peyi Dayiti fèt manman tonbe dènye dimanch mwa me. — Pitit la nan yon lekòl ki lwen lakay li. — Mwen pran pou li paske li bon nan sa li ap fè a. — Li pliye chemizèt yo anvan li mete yo nan tiwa a. — Lese m di w davans ke gen anpil moun ki dèyè travay la. — Li renmen timoun li yo anpil. — Moun yo rasanble sou waf pou yo tann batiman an. — Ayiti ap tann match demen a pou li konnen non advèsè li a. — Vwazen yo rele lapolis pou li pou aksyon brital li te fè sou yon jèn fi. — Gen anpil 8 kalite pwonon. — Se ou kache yon malfektè lakay ou, ou tounen yon konplis nan tout zak krimimèl li te fè yo. — Liv sa pale de yon ajan sekrè angle ki rive demaske yon plan gouvènman Larisi a pou li te fè yon baz nan yon yon peyi afriken. — Lapolis mete lapat sou de mesye kite fè kadejak sou ti fi a. — Pastè a di li pa renmen mizik la. E mwen wè li ap bat mezi ak pye l. — Se yon machin mwen lwe. Se pa pou mwen. — Lalin pa ni yon planèt ni yon etwal. — Bis sa pral toudwat Okay. Li pap rete sou wout. — Ban mwen nimero telefòn ou, pou m rele w. — Yon kamyon chaje machandiz chavire nan mitan Mòn nan. — Janin pran yon pataswèl nan bouch Jaklin. — Moun nan Nò se moun vanyan. — Pou kesyon ranje machin, bòs Jewòm se yon ekspè. — Anvan menm li akouche li angaje yon bòn timoun ki pou okipe ti bebe a. — Li konnen li gen 2 kouzen nan Nouyòk, men li pa janm rankontre yo. — Pap la fè yon diskou devan asanble evèk yo nan Vatikan. — Pou dàm sa a bay tèt li valè fò li desann yon lòt. — Li al eseye touche yon fo chèk. Bank la rele lapolis pou li. — Pi gwo zouti yon enteletyèl, se sèvo li. — Li toujou ap pale de timoun li. Mwen dekouvri li pa gen timoun. — Minis jistis la di yo ap arete kèlkeswa moun ki responsab zak briganday nan kapital la. — Se yon moun odasye yo ap chache pou travay sa a. — Mwen pat janm fè misye konfyans. Sa l fè a montre mwen te gen rezon. — Nas la te tèlman chaje ak pwason e krab, ke pechè yo oblije mande lòt kanmarad yo èd. — Lapolis ap chache tout moun ki te pran pa nan reyinyon kote yo te pran desizyon pou yo touye minis jistis la. — Yè swa mwen fè yon rèv san pye ni tèt. — Se yon gwoup magouyè. Yo toujou pete koken, lè eleksyon an pa ale nan enterè yo. — Misye gen anpil talan. Li bon nan mizik, li se yon gwo jwè foutbòl e li se yon chirijyen. — Manje l toujou bon. Jodiya mwen pa konn sa ki pase l, li desann pantalèt li nan nan kwizin nan. — Pou mete biznis la sou pye, ou bezwen omwen alye. — Nou ap wè ankò demen, si Dye vle. — Lè li tap travay li pat janm vle frekante moun sa yo. Kounyeya, se devant pòt yo li ap dòmi. — Jodiya, mwen sòti menm. Pa menm yon fwa. — Entènet? Nan disnevyèm syèk, yo pat konn fè lizay de mo sa a. — Chanm nan pa klere ase. — Jaklin gen yon dan kont Pyerèt ki te sòti pou li pran menaj li nan men l. — Tora, pou pèp jwif yo, se 5 premye liv nou jwenn nan ansyen testaman a. — Yo delivre jounal la chak jou, sof le dimanch. — Se yon grann li ki elve l. — Lè prezidan an di souflantchou li pou yo fè tout sa yo kapab pou debarase l de depite pongongon an, li bay yo kat blanch pou touye ou fe disparèt. — Yo bay tout esklav nan plantasyon sa a libète yo lè mèt yo a te mouri. Se te testaman mèt la. — Gen yon restoran libanè ki fèk ouvè anba lavil la. Se la m ap mennen Fifi manje aswè a. — Kandida yo bagijonnen mi zòn nan ak foto yo. — Nabikodonozò se yon wa nan ansyen Babilòn ki te fè dapiyanp sou Jerizalèm. — Depi yon semenn, prezidan tounen yon prizonye nan palè a. Li paka sòti. — Jezi ki t ap pale en senbòl di li ap kraze tanp la e rebati l an 3 jou — Chak apremidi, nan menm lè a, li antre nan menm kafe a kote li mande yon byè. — Dat mouche sa a ap fè zak malonèt, yo pa janm arete l. — Mwen pa aksepte pwojè a paske mwen wè li ka tounen yon chay lou pou mwen e gate repitasyon m — Fransè pa lang manman li, men li pale l san fot. — Mesye yo rete jwèt domino pou yo gade dam nan. Sete yon dam anpenpan. — Yo pa pran l nan travay la paske yo wè li sanble ak yon defouke. — Se yon moun ki gen bouch sal. Pa kite sa detaye w. — Tifi rive nan laj kote li ap boujonnen. Li bezwen sipò. — Fò ou ale byen bonè pou jwenn biswit tiwon nan boulanje sa a. — Si ou swiv santye, w ap rive kay Sò Nana. — Lapolis arete 3 tapajè pandan manifestasyon an. — Pwofesè a te pran w ak de bra, lè w te gen pwoblèm e ou pat gen kote pou ou rete. Jodya, se ou ki al denonse li paske li te gen kèk zanmi kominis ki konn vini lakay li. — Siyati w sou papye a se yon konfimasyon ke ou konprann tout yo mande w la e ou dakò pou fè yo. — Li se yon avoka espesyalis nan dwa konstitisyonèl. — Tou sondaj di li ap genyen eleksyon an. — Apre 7 lane, mwen tonbe sou Jan nan yon ri Nouyòk. — Toupatou, sete dola ki te konn pale. Jodiya, Se Ewo, lajan peyi Ewòp yo. — Se yon gwo koutba ti nonm nan bay fanmi an. 2 jou anvan maryaj, li pati san li pa di yo anyen. — Ak doulè nan do l la, Fifi pa ka mete talon wo. Se pou sa li pa vle al nan maryaj la. — Mwen gen yon aspiratè pòtatif nan machin nan. Li mache ak batri. — Misyé anchimè, rete lwen l, paske ou pa janm konn sa li kap fè — Li pa janm manyen manman lajan an. Chak ane, li pran entèrè li rapòte e envesti yon lòt kote. — Eswivit la bezwen chanje. Lam yo kòmanse manje. — Kidnapè yo mare bouch viktim yo ak yon twal tou sal.. — Yon moun ki pa jwif ka mete yon kipa lè li antre nan yon sinagòg pou montre respè li genyen pou kote a e pou jwif ki la a. — Se zonyon a ki fè , etènwe konsa. — Akoz de grèv la, li oblije mache pou li al travay. — Wa maj yo te sòti byen lwen pou yo te vin vizite Jezi lè li te fèk fèt e, konsa, admire mèvèy Bondye. — Papa li se yon jwif, manman l se katolik. Li menm, li di li pa gen relijyon. — Se yon moun ki sispèk tout sa ki etranje. — Jèn yo pa gen avni nan peyi sa a. Anpil nan yo dekouraje e ap chache pati. — Gadkòt meriken tounen yon pakèt ayisyen ki tap eseye pran kantè. — Tout moun gen yon grenn zanno kay òfè. Yon bagay, menm si li pa sekrè, ki pa fè yon fyè de tèt yo. — Yo fèmen libreri a e mete yon magazen jwèt videyo nan plas li. — Se filalang li ap fè m, lè li di li ap prete m kòb la. — Li marye ak yon Kayen, yon nonm ki fèt Okay. — Gen 14 kochon nan pòchri a. — Espekilatè a ap pete peyizan yo ak fo balans li a. — Nou pa anplwaye mo sa yo nan kay la. — Li pale Arab. Men ou ka pale avè l an franse tou. — Arestasyon militan politik fè anpil pale nan peyi a. — Se yon moun entelijan e ki konn peyi a byen, se pou nou enkli l nan gwoup refleksyon an. — Krèm fwomaj gen anpil pwoteyin. — Mè salesyèn yo sa yo fè 3 ve : yo renonse a yon fanmi, a lajan, e pou yo rete pòv tout la vi yo. — Nou pwen moun ki alabri de violans lari a. — Mwen pa jwen anpil dokimansyon soy sijè a, mwen ap oblije chwazi yon lòt. — Li ap pale de fidelite, pandan ke li ap bay mari l zoklo. Se yon ipokrit anplis. — Direktè lekòl la ranvwaye tigason pou gwo malelve li te fè nan klas la. — Dapre lwa Legliz, yon pè pa dwe marye. — Lè ou gen nasyonalite kanadyen, e ou gen yon paspò pou pwouve l, pòt anpil peyi ouvè pou ou. — Bis la fèk pase la a; ou rate li. — Diri ak pwa nwa ak sòs lanbi, se sa mwen pral manje lè m rive lakay. — Mwen gen yon klou ki leve bò figi m. Mwen pap ka al nan maryaj la. — Se yon fent, mwen pa pran ladan. — Lè mwen mande li kouman li ye kote pa l. Li reponn konsa konsa. — Papa m alite. Li gen yon grip avè l. — Babilonn se yon ansyen vil kite nan peyi nou rele jodiya Irak la. — Se yon nonm ki pasyone pou mizik. Li konn jwe 3 enstriman. — Kat elèv nan klas la pa pase ekzamen ofisyél la. — Poukisa nou gen yon depatman tourism? Pou fè pwomosyon peyi a nan aletranje e kreye anbyans pou vizitè. — Li reponn tout kesyon yo ak presizyon. Ou wè li te byen pare. — Ektò se yon zanmi toutbon. Li toujou la lè m bezwen yon zanmi. — Ki kapital Kanada? Otawa. — Fyèl se yon likid ke ou jwenn nan fwa moun. Li ede ak dijesyon. — Mwen pa ta janm panse ke Paskal ta tronpe madanm li. — Jij la deside ke misye gen tout rezon li e ke li responsab. — Kilè ou te wè li? Mwen te wè l yè swa anvan mwen te ale dòmi. — Ang sa a gen swasant degre. — Li chante lè kè l kontan, li chante lè kè l pa kontan. — Ektò tankou yon moun modi. Tout sa li fè nan lavi a fini mal: lekòl, maryaj etc. — Granmoun sa toujou ap bay lòt madichon, sitou lè yo refize yon favè. — Wòklò pa janm vle aksepte blam. — Li gen je mawon. — Li di mari l pa dòlote l, sof pou Sen Valenten. — Anpil moun ki ap pwofetize lafen dimonn se chalatan. — Las Vegas se yon sodòm, yon vil pouri ak peche. — Menm mèt la pa konnen poukisa yo konvoke Tifrè nan direksiyon an. — kò a ak lespri a bezwen yon repo de tanzantan. — Neveu sòti pou li jwèt mètdam lè li pale de envestisman ki ap rapòte l gwo kòb. — Se pa chak jou mwen jwenn yon legim koupe dwèt konsa. — Nan diskisyon an, Pyerèt di li pa kwè nan kout foud. Pou li, lanmou se tankou yon pyebwa. Sa pran tan pou grandi, li bezwen anpil atansyon sitou nan kòmansman. Pafwa menm, li ka menm rive seche nan wout. — Mesye nan katye a al peche maten an. — Ke m ap senyen lè mwen eta peyi a. Li depafini e otorite pa fè anyen pou yo reba l fòs. — Fi a gen 3 filè. Li pa renmen youn nan yo. — Pa gen okenn reyaksyon ofisyèl ki sòti bò kote gouvènman an apre asasina chèf opozisyon an. — Li pa gen yon sechwa cheve lakay li, se sa ki fè li toujou al nan salon pou lave cheve l. — Jano vin travay kanmenm, menm lè li ap soufri ak yon tèt fè mal. — Yo akize tout moun ki ap mache ak pèp la, dirijan popilis. — Biwo avoka a chaje ak dokiman. — Opozisyon a poko pare pou chita pale ak gouvènman an. — Imaj ki nan videyo a degoutan. Moun ki pa gen kouraj pa dwe gade yo. — Jan ak Ektò se bon frenn. — Kote ou bare ak nouvèl tèt chat sa yo? Se pa laverite. — Yon bandi ak zam asasinen yon mèt magazen lavil la. — Sete yon jou lapli mwen te rankontre avè l. — Eske yon moun ki mache nan dòmi soufri de yon maladi mantal? — Mwen pa janm wè andedan palè a. — Pou al Sen mak, ou pase tou pre Akayè Akayè. — Chak jou, bon tan kou move tan, madanm sa a al nan simetyè sou tonm mari li. — Li pat vle aasiste pyès teyat la, paske li pa renmen otè a. — Li gen 2 gason ak 3 pitit fi. — Li panse mwen gen yon baton majik pou m fè lajan. — Li t al sou plaj la pou li te ka bwonze. Lapli a gate plan l. — Pitit sa a toujou pran tan li lè yo voye li al fè yon komisyon. — Li rate bis 11 zè a. — Li defounen pen mayi a alè. — Li renmen yon misye marye an kachèt. Li menm tou li marye. — Li gen gazolin, se sa ki fè ti peyi sa a ka antre antre nan kous deyè zàm kounyeya. — Manke 5 minit pou match la fini. Ekip lokal la ap pèdi. Kèk fanatik andemon komanse voye boutèy sou teren an. — Edikasyon se chimen reyisit. — Te gen yon kouran teyolojik nan Amerik la yo te rele teyoloji liberasyon. — Konpayi pa evolye paske bòs yo refize aksepte lide nèf. — Ou ka fè w pase pou yon moun ou pa ye. Men lè ou kwè tout bon ou se yon moun ki gen anpil kòb e ou pa menm ka manje. Ou gen sa moun save yo rele foli grandè. — Yo anonse yon gwo lapli nan komansman apremidi a. — Lapli pa tonbe anpil nan zòn sa a. — Granmoun nan panse li gen dwa fè van sou timoun, san li pa bezwen mande eskiz. — Li ap rasanble dokiman pou li al enkri nan fakilte medsin. — Se yon bèl kado li ofri madanm li, men se pa sa li t ap tann. — Gouvènman entèdi peta pou fèt la. — Se nan peyi Ostrali ou jwenn bèt yo rele kangouwou a. — Si istwa a estipid, poukisa ou ri? — Li marye 3 fwa, si li te yon bon mari, tout fanm sa yo patap kite li ale. — Te gen kan konsantrasyon tou nan peyi meriken tou pandan 2è gè mondyal la. Sete yon prizon pou Japonè. — Li penyen chou, sa vle di li pral legliz. — Bandi a rale yon kouto sou mwen. Li ta pral egòje si li pat tande sirèn yon machin polis. — "Nan yon moman foli, mwen fè bagay ak Robè" Pola di zanmi li yo. Yo sezi paske yo te panse Robè te yon masisi. — Jan ap bat dlo pou fè bè, kote li pral jwenn tout kòb sa a pou li achte yon bèl kay konsa. — Se 2 pozisyon orizontal ki mande menm responsabilite e gen menm otorite. — Olye li repare aparèy, se disloke li disloke li. — Mwen tèlman pè pou yo pa pran sa mwen di a pou sa l pa ye, mwen vire lang twa fwa anvan mwen pale. — Deniz, di mwen kisa ou genyen? Ou tankou yon moun ki pè. — Si ou pa gen yon gid, ou ka pèdi nan chato a, tèlman li gen koridò. — Se youn nan grann li yo ki leve li, aprè manman li ak papa li te nan ekzil. — Li ranje foto pa dat e pa evenman. — Mari ki pa sou bò madanm yo, pa dwe etone si fi a kite yo pou yon lòt. — Mèt kay la ap viv aletranje. — Jano se yon nèg maton nan literati. — Divòs konn tounen yon batay pwenn fè pa kote 2 moun yo konn rive pèdi. — Mwen wè refleksyon nan glas la. Mwen rive pa renmen sa mwen wè a. — Mwen sezi tande ke Jenifè divòse apre sèlman 6 mwa maryaj. — Li se yon ansyen prizonye, se sa ki fè li pa fasil pou li jwenn yon travay. — Foufou se yon jan de pwason ki chaje ak pikan e ki gonfle lè li santi li an danje. — Direktè a di nan depatman li a, pa gen plas pou anfantiyay. Tout moun fèt pou yo aji an granmoun responsab. — Sou do kay, gen yon tank dlo. — Li ap antrene pou kous la. — Akouchman an byen pase. Li fè yon ti gason. — Moun ki konn obsève aprann byen. — Li mande kèk jou pou li panse anvan li pran yon desizyon. — Li gen yon bèl anatomi. Se sa ki fè moun ap gade l konsa. — Se yon konpayi franse. Li gen yon filyal nan peyi a. — Jandam yo tire anlè pou kraze foul la. — Se yon opinyon. Li pa sanfay. — Li ap chache zotobre parèy li pou envesti nan konpayi a. — Distans ant Pòtoprens e Okap se 250 kilomèt. — Pitit la pa bay anyen nan ekzamen an. — Li pase tout jounen dimanch chita sou twòn li, menm legliz li pa ale. — Mwen pral pase vakans la kay Lepè m, papa manman m. — Epolèt ki nan manch militè a di ke nou an afè ak yon sèjan. — Li toujou fè respè l, paske li pa wont fanmi l e vle toujou gade yo tout nan je. — Ti a gen 14 zan. Li fètil. — Patrik fèt tou soud. Men li aprann pale ak siy. — Mwen chita anfas yon dam ki gen men li poze sou jenou li. — Pa gen reson pou w antre an diskisyon avèk li, si li deja di anyen pap fè li chanje pozisyon li genyen a. — Li soufri de yon depresyon depi akouchman an. — Li konnen byen pwòp li pa dwe fè sa. — Mata pa renmen lè papa l rele choupèt. Li di li twò gran pou sa. — Gwoup kriminèl ap fè presyon sou Komèsan lavil la. Yo mande yo pou yo peye yo pa atake magazen yo. — Si w ap chache trankilite, se pa nan pak nasyonal la w ap jwenn li. — Kire pawas la se yon chanwàn. Li nan konsèy evèk dyosèz la. — Si li t ap koute anbetant sa yo, li pa tap janm pase nan zòn nan. — Legliz la granmoun, men li toujou bèl. — Nan restoran, anvan menm yo pran kòmand nou yo, yon sèvant mete sou tab la yon kobèy chaje ak ti pen byen cho. — Nan fè kapris, piti la pèdi bonbon an. — Yo di onetete pa gen plas nan Leta. Minis la aprann ke pa vre. — Bon espyon konnen kilè pou li mouri poul li. — Moun ki nòs dò yo tounen yon ekzanp pou jèn marye. — Li parèt ensansib ak lapenn lòt moun. Se konsa li ye. Toujou kache emosyon l. — Rad la twò tralala. Li sanble yon degizman. — Beyatris pa wè règ li. Li pè. Li deside al fè yon test gwosès. — Kisa ou renmen li? bibliyotekè a mande li. — Mèt pa kwè nan rezon elèv la mamote a pou li di poukisa li pa remèet devwa a. — Mizè fletri figi tidam nan. — Pou koupe branch pyebwa sa a, ou bezwen yon bon si a chenn. — Mwen antre nan chanm ti gason an. Wa di kote siklòn pase. Sete yon katchouboumbe. — Batiman an rete nan rad pandan 2 zè anvan li apwoche waf la. — Li gen, nan lakou a, yon mal turkey. Li ap chache yon femèl pou mete avè l. — Yon klou antre nan talon-l. La sispann mache pye atè. — Yo mande pou li vini ak yon entèprèt nan randevou a, paske li pa pale angle. — Anpil ansyen pawasyen vin nan fèt patwonal legliz la. — Militè mwen ye. Mwen toujou pare pou m defann peyi m e ale kote yo voye mwen. — Yon milèt se kwazman yon chwal ak yon bourik. — Li tèlman anmèdepapa l, ke li jwenn sa li t ap mande a. — Ti nonm sa a, se yon pwodij. Li komanse jwe ak okès senfonik la depi li te gen 8 lane. — Lapolis dekouvri anba mòn nan kadav yon jenn gason ke yo tchyake nan do. — Yo sèvi al flè solèy pou fè lwil. — Nan peristil la nan fon lakou a, pral gen yon seremoni pou Ginen yo. Se la moun an blan sa yo prale. — Li se po ak zo paske li soufri de anoreksi. — Chéf opozisyon a pase plis pase 9 mwa kache nan ambasad la, pasde gouvènman an pat vle bay yon sofkondwi pou li kite peyi. — Sinema sa a, se kote tout fatra zòn nan rasanble lè dimanch. — Kèk astwonòm di yo deniche yon planèt kote moun ka viv. — Li mennen machin nan nan garaj pou yo ka tcheke fren l. — Se pa moun ki renmen mande èd; lè mande, li vrèman nan bezwen. — Si sechrès sa a pèsiste, n ap pèdi tout rekòt la. — Al wè yon sikolog pa vle di ou fou pou sa. — Li two krispe, li bezwen yon defoulman. Se pou sa mwen mennen nan festival la. — Konbyen paj liv sa-a genyen? — Papa m entène lopital. Chak swa gen youn nan nou ki al fè veye. — Siklòn la kraze yon pakèt kay. Li fè yon bann moun vin sinistre. — LPa gen lopital nan peyi a kote li ka jwenn tretman medikal pou kondisyon li ye a. Li oblije pati pou sa. — Mwen pa kwè nonm sa a ak pitit mwen yo, li gen yon espri malad. — Pirat se volè ki renmen fè dapiyanp sou zafè pa lòt. — Mo sa yo pa rime: Nyès, Pyès e Syès. Men sa yo rime: Deprim e Prim. — Ayiti se yon peyi ki bay kè fè mal. — Ou pa oblije antre nan yon sendika, menm si ou bezwen yo respekte dwa w kòm travayè, ou bezwen sipò yon sendika. — Diskou minis la chaje ak kontradiksyon. — Pou li pa pèdi kay la, li pito vann li pou prèske anyen. — Mwen manje yon mayi moulen ak zaboka. Sa a kore m pandan tout apremidi a. — Ou di ou marye, kote alyans ou? — Septantriyonal ak Twopikana se 2 djaz respektab. Yo tabli nan vil Okap. — Li gen yon pakèt kòb, men kè l pa janm kontan. — Konparèt se yon ti gato ki fèt ak mayi e ki dous. — Jozèf ak Mari se yon Koup ke tout moun respeke nan katye a. — Kwa Wouj se yon enstitisyon entènasyonal ki pwoteje pa yon konvansyon. — Pou yon moman, mwen te panse mwen te pèdi kle kay la. Li te sou tab la. — Nòm nan peyi mizilman sou kesyon rad fi pa menm janm ak anpil lòt peyi. — Kè ak sèvo se ògan ki pi enpòtan nan kò moun. — Mwen te apresye anpil moman ou te ban mwen dimanch la. — Mwen pa sonje ki dènye fwa men te manje kopyez konsa. — Li erityekonpayi papa l yo. — Yon badjougan se yon moun ki ap fè reklam pou yon wougan e ki ap pote kliyan pou li. Se yon ajan. — Lafyèv la ba li latranblay. — Mwen sezi rankontre yon gwoup etidyan Ayisyen nan vil Stòkòl. — Se enterè ke li fè sou kapital, ki pèmèt li viv. — Fèt la preske rive. Anba lavil la ap boudonnen ak aktivite. — Sou presyon e abi lapolis, li te rive depale. Jij la refize kondane sou sa li te di yo. — Se pa janm yon bon lide pou fè tèt ou jistis. — Depi lontan mwen ap di li ke machin bezwen yon aliman. — Rivye La Goslin al dodomeya nan lanmè tou pre Jakmèl. — Moun ki gen opresyon paka viv kote ki gen anpil pousyè. — Mwen te tèlman sezi, mwen te pè pou kè m pat rete. — Gen yon seksyon lavil la kote gen anpil restoran. Gen anpil aktivite leswa nan zòn. — Janèt t al fè vakans nan Karayib la, li tounen ak yon kò bwonze. — Répibliken vle pase lwa yo san yon deba. — Yon bon edikasyon non sèlman meble lespri yon moun, men ka ba li tou bon disiplin pou lavi. — Mwen pa konprann kouman yon moun fè achte yon pantalon ki deja gen twou nan jenou. — Recho elektrik koute pi bon mache ke youn ki sèvi ak gaz. — Plim a rezèvwa papa m gen nan pòch chemiz li a vomi e kite yon gwo tach sou twal la. — Fanmi an peye yon detektiv pou ankete sou fiyanse pitit fi yo a, paske yo pa fè l konfyans. — Se yon avyon militè meriken ki te vini chache prezidan. — Ane a pote fwi pou Janin. Li jwenn yon bon travay, li marye, kounyeya li a tann yon timoun. — Chak chanm kote moun dòmi gen yon kabinèt. — Jaki se badjougan wougan ki anba mòn Ti kalbas la, yo rele Gran Kanson an. — Pandan vakans la, mwen pral aprann monte cheval nan fèm tonton m nan. — Moun pa renmen rele pitit fi yo Silvi. Yo di li se yon non pou granmoun. — Li di zanmi li yo mari l pa janm ba l plezi. — Li gen 14 lane sou tèt li. Li nan move laj. Anpil timoun nan laj sa se wòklò. — Chat la chita sou janm grann ki ta ba l ti chatouy. — Mwen di kou li rive, rele m pou li fè m konnen. — Se yon bon pwofesè. Li aprann byen. — Li pa konn kouman yo ekri "alewè". — Madanm li kwè nan vye eskiz li a. — Nan tan lontan, yon gason ki fèt a Wòm te gen 3 non. Yon non yo ba li lè li fèt. Youn ki di nan ki gwoup sosyal li ye e yon twazyèm ke tout pitit papa l genyen. — Li se yon frè dominiken. Li ap viv nan yon kouvan. — Moun sa te toujou ap fè fèt. Men kounyeya, menm mizik cho yo pa jwe nan kay la. — Li ale fè vakans Okay, e li ansent yon tifi yo rele Simòn. — Jij di pwosè pap ka fèt anvan 6 mwa. Li mande poulage akize a sou kondisyon. — Denye liv li a ap parèt nan yon mwa. — Moun deprime manke enèji. — Anpil moun kanpe devan palè a pou yo tande prezidan an. Sa ki dèyè yo ap eseye bouskile sa ki devan yo. — Prezidan an entoure ak rat modesoufle. Yo ap di bèl pawol devan l. Devan enmi li yo, yo ap denigre l. — Papa m se yon moun pezib. Se sa ki fè anpil moun renmen l e respekte l. — Ti Bòs sove, lè li aprann ke lapolis ap chache l. — Komòd sa a bezwen chanje, bwa yo komanse pouri, tiwa yo pa ka fèmen. — Se yon ti chen kay, li plis la pou dekorasyon ke pou pwoteksyon. — li gen yon figi toumante. Gen yon pwoblèm ki manje l. — Lapolis pran anpil mezi pou pa gen dezòd nan kanaval la. — Li ba li travay la paske yo konnen se yon moun ki ka toujou bese tèt devan yo. — chema an pèmet moun konprann sa ki nan dokiman an. — Tab la branlan. — Yè tout lajounen, nou te gen yon ti farinay lapli, jodiya menm se gwo lapli ak loray. — Li te di m li pa gen tan pou gaspiye avè. Jodiya li regrèt. — Nan anpil endistri se wobo ki fè travay moun te konn fè lontan. — Aprè li fin vann machandiz li yo, li wè li fè yon defisi. — Polisye di misye pou li wete linèt pou li ka wè mitan je li. — Masèl ka non yon gason, konsa tou li ka non yon fi. — Papi pou li, se granpè l. — Jagwa se machin ki koute chè. Kote misye jwenn kòb pou li achte li. — Gen yon kamyonèt chaje ak nèg ak zam ki pase 3 fwa devan lakay la. — Ti bebe a ap dòmi nan bèso l. — Depi 3 jou, nou pa moute chodyè nan kay la. — Ant foutbòl e baskètbòl kiye ou pi renmen? Mwen pi pi renmen foutbòl. — Lè mwen te jèn e mwen pat gen ke, mwen te ka fè sa mwen vle. Koynyeya fò m panse sa ki ap rive timoun yo si ou bagay rive m. — An Ayiti, anpil moun sèvi ak grèp ki fèt an twal pou yo koule kafe. Yo lave l apre chak sèvis. — Zòrèy kouri dlo ka yon siy de yon enfeksyon ki grav. — Kabann vini ak 3 mezi. — Li al chache dlo nan larivyè a ak 2 kantin. — Li frape pye dwat li nan mach eskalye a e tòde gwo zòtèy li. — Li pouse yon gwo soupi epi li di: Tanpi!, mwen paka fè anyen. — Ki laj ou?? Mwen mandel. Li reponn 30 lane. Mwen kwè li pi granmoun ke sa. — Balèn se pi gwo bèt ki ap viv nan lanmè. — Mwen gen pou m al etidye ak kèk zanmi aswè a. — Li parèt yon moun kripya, men li jis pa vle depanse tankou moun fou. — Gen yon mouvman anba lavil la. Anpil magazen kouri fèmen. — Makandal sete chèf yon gwoup eslav mawon. — Sa genyen nan kanè w la, se yon ansyen nimewo. Men nimewo mwen gen kouyeya: 555-9999. — Anpil moun pa satisfè de konklizyon negosyasyon yo. — Mwen pa poukont mwen nan biwo a. Mwen pataje ak 2 lòt kolèg. — Mwen pa rekonèt estil prezidan an nan diskou a. Se pa li ki ekri l. — Fè sa ou vle! Sa pa gade m. — Li pa gen kle pòt la, se sa ki fè li rete deyò a pou li tann ou. — Pa gen gerizon pou tetanòs. Ou ka trete ou jere sentòm ak konplikasyon yo jiskaske efè toksin ki koze tetanòs la pase. — Lè m tande sa ki t ap sòti nan bouch tifi a, mwen di li pèdi inosans li. — De mo sa yo gen menm òtograf, men yo pa pwononse menm jan. — Aprè eksperyans mwen te fè ak bank sa a, mwen refize fè li konfyans ankò. — Chak samdi li al manje deyò ak timoun yo. — Se zanmi lontan ki zanmi tout bon. — Li pèdi yon janm li nan denye gè a. — Antrenè a refòme ekip la. — Mwen te jis ap ranse avèk li. Men li pat wè sa. — Se yon moun ki ap vann machin dezyèm men. Li toujou ap bay kaka poul pou bè. — Tout ki te vin twò piti pou mwen, manman m chire yo pou fè ranyon. — Sispann fè sinema devan mwen an. — Mwen prepare yon tranpe pou grip la. — Depi gen entèdiksyon ap gen kontrebandye, moun ki ap fè kòmès sa yo entèdi yo an kachèt., — Li pa rete sou limyè wouj la. Yo ba l uon kontravansyon pou sa. — Ki pwofesyon papa w. Papa m se yon avoka. — Pòl gen ka. Manman l mouri. — Direktè a di li pa ka kite sekretè a ale. Se yon moun Endispansab. — Kat la ap endike w ki wout pou pran pou rive pi vit. — Mwen pat konnen nèg sa a te gen mès konsa — Li tounen vivan sot nan lagè a, men li rete yon andikape. — Fanfan pa konn di anyen serye. Li toujou ap radote. — Nan lakou granpè m nan, gen yon kalouj kote pijon li yo vin repoze oubyen dòmi. — Se yon moun frajil ki fék pase anba yon divòs. — Paske Janin te aksepte al nan bal avè Jaki yon fwa, Misye panse Janin se boubout li. — Aprè mès la, ap gen yon moman pou adorasyon devan Sen Sakreman an, epi chaplè. — Dènye pitit fi li a marye samdi pase. — Jak pase tout nwit deyò nan chat chawony. — Chak poto legliz la gen yon benitye ki toujou gen dlo beni — Sa li di a dwe touche noutout ki fèt nan peyi. — Li mete rezen sèk nan gato a. Mwen pa renmen l. — Amwa kote ajantri yo ye toujou fèmen a kle. — Non batèm ni se Eloyiz, men yo ba li ti nom jwèt Lòy. — N ap viv nan yon peryòd difisil. — Nan sen legliz katolik yo, Sesil se patwon mizisyen. — Fò Benwa nan swasantèn li. Men figi l pa bay sa. — Pitit Man Pòl la diplome nan Lekòl Nòmal. Li se pwofesè. — Se yon poul. Dèyè li gen 5 ti poulèt. — Tout diskou ak bèl pawòl sa yo se sinema. — Pou desè, yo ofri nou melon. — Chen ak chat se bèt kat, men lou ak tig, 2 bèt ki nan menm fanmi ak yo, se bèt sovaj. — Se yon nonm ki gen yon move renome: Yo di li se yon chat mawon. — Nan kan an, nan mitan apremidi yo toujou ba nou yon soloba. — Prezidan an invite tout Ayisyen, zannana kou pengwen pou yo travay pou byen peyi a. — Anpil moun nan dyaspora ap trimen pou yo soutni fanmi yo an Ayiti. — Yon endou kwè ke tout moun ke yon destine. E anyen paka chanje sa. — Moun Pòtoprens ap fè fas ak yon bann pwoblèm: Salte, Krim, kidnapin, elatriye. — Paradi se ap rekonpans moun ki swiv Bondye, e ki ede pwochen yo sou tè a. — Biwo achitèk la nan trèzyèm etaj. — Mwen pat vrèman bezwen yon machin, pwiske mwen jwenn youn a yon bon pri, mwen pwofite. — Li pase tout matine ap dekole papye nan mi a. Li vle pentire l fwa sa a. — Mwen wè misye nan lari a, li sanble li pèdi bonnanj li.' — Travay sa pran tout tan m. — Nan lakou a, gen 3 pentad, 6 poul, men yon sèl kòk. — Mwen te panse yo pa t ap chwazi m, men direktè gade m e di oumenm tou. — Paleman an adopte yon lwa ki pini moun ki vòle idantite lòt pou fè zak malonèt. — Sete yon ki pat konn pale ak moun li konside anba l. — Li pèdi tout lajan li te envesti a. Se gras ak fanmi e kèk zanmi ki fè li pa rive mache ak yon sèl pantalon. — Gaz koute chè nan peyi sa a. — Pran 2 aspirin pou tèt fè mal la. Men pran yo avèk manje. — Lakay la, se manman m ki pote pantalon. Sa l di se ki pou fèt. — Tonton Nouyèl pa pase bò lakay nou; menm yon popetwèl li pa pote pou ti Chabin. — Sal sinema a te ranpli nèt. Men te gen moun devan pòt ki t ap tann pou yo antre. — Yon gwoup manigestan bloke wout ki pase devan palè a. — Li fè 100 pou 100 nan ekzamen fizik la. — Yo di ke tande moun ki avèg devlope plis pas tande moun ki wè. — Nil, se yon flèv ki nan peyi lejip. — Papa m toujou ap di vwazen yo manke klas paske yo pase sou li san yo pa salye l. — Antatik se yon kontinen ki kouvri ak glas. — Mwen te voye yon kat Nowèl pou ou, eske ou resevwa l? — Li gen yon bèl souri nan foto a. — Se gras a kouraj grenadye nou yo ki fè nou ka di nou endepandan jodiya. — Lari se salon pèp la. — Konferans la, se pou komansman apremidi a. — Tout potanta ki te vin nan seremoni a te gen yon wozèt nan boutonyè vès yo. — Prezidan meriken a rekòmanse pale aprè youn te fache ak lòt pou yon zafè espyonaj. — Chak swa, à 7 tè, awozwa tounan ki sou gazon an kòmanse mache. — Se 2 moun menm san. Menm youn pa antann yo ak lòt. — Reyinyon an, directè a di: "Kòm nou konnen, Jako deside kite konpayi a, sa vle di youn nan nou ka pran plas li a." — Se yon sèl revolisyon Ayiti konnen vrèman. Se sa ki te fèt anvan 1804 la. — Depi li gen nan lotri a, li aji tankou wa pa kouzen li. — Ak tan li fè deyò a, ou paka sòti san manto. — Safte se yon gwo vis ki ka tounen yon peche. — Li pral fè bwat ak katon li achte yo. — Pa gen ekilib nan bidjè a. Depans yo plis pase kòb ki antre. — Lè Bòs Jewòm ap salye yon moun li respekte anpil. li retire chapo devan l e fè yon koubèt. — Madanm nan we Tisentaniz ak Kout baton. — Lè pou li ta pwofite de lajan pansyon, li pati pou peyi san chapo. — Galri a mezire senk pye. — Ou konn poukisa yo chwazi w? Se paske ou se yon tèt kokolo. W ap toujou di wi. — Yo deside nan reyinyon ke sa ki pase a twò sansib pou kite moun deyò konnen l. — Chal rete nan yon zòn trankil kote tout moun konn lòt e ou pa pè pou timoun ou. — Li fèt nan yon vil yo rele Tripoli, sa vle di li se yon Libyen. — Chèz la fè k anpaye. li gentan chaje ak pinèz. — Pika se yon bèt bwa ki sanble ak yon kobay e yon lapen. Li gen yon gwo zòrèy won. — Moun sa yo pa manifestan, yo se piyajè ki pwofite de manifestasyon an pou yo al kase depo manje. — Se sèl yon plonbye ki ka debloke twalèt sa a. — Se yon aksidan ki fè li pase klas la. Li pa janm etidye. — Machin nan gen pwoblèm motè. Li nan garaj. — Travay sa a pa fèt pou mwen. Li twò egzijan. — Jan Samyèl aji a montre li se yon nonm enkonsyan. — Bòs la ap chache ban m degoutans pou m ka kite travay la. — Moun ki ap telegide vyolans nan vil la, rete kache dèyè rido. — Li ouvè pòt machin a distans gras a yon telekòmann. — Chak swa timoun yo sanble nan lakou a pou tande kont. Yo te renmen sa. — Li aji tankou yon mafya. — Li koupe cheve l ra. — Anvan maksis te tounen yon ideyoloji politique, li te senpleman yon filozofi sosyal e ekonomik. — Moun nan peyi Kowet rich. — Tout byen li sere aletranje, konsa li pa peye enpo bó isit la.' — Li mete bout tiyo nan yon eto pou li te ka koupe l. — Nan ekzamen a, yo ba li 3 pwoblèm pou l rezoud. — Koyefisian etidyan ki diplome ane sa a pi wo ke ane pase. — Lanmou mete solèy nan lavi moun. — se lajan an kiankouraje l patisipe nan konkou a. — Li kite valiz la exprè sou tab la, pou li te ka tante Jèta. — Leyon gen yon panchan pou Ana. — Se ak rezen yo fè diven. — Mwen pa jwe kat. Men mwen konn jwe domino. — Plim nan vomi tout lank li nan pòch chemiz blan m nan. — Ou ka manje anana an tranch, konsa tou ou ka fè ji ou konfiti avè l. — Dinozò se yon kalte bèt ki disparèt sou tè a lontan deja. — Jezi te yon galileyen. — Sèl jou mwen ka leve ta se dimanch. — Depi Pòl desann lavil, fò li pase nan libreri yo rele Liv pou tou la pou li tcheke nouvote yo. — Mwen renmen flè men, ak alèji mwen an, mwen blije rete lwen yo. — Yo rele sektè prive, moun ak gwoup moun ki ap fè kòb sou tèt peyi. — Lè li antre nan chanm nan, mwen fè kòmsi m ap dòmi. — Elèv ki rive anreta ap jwenn baryè lekòl la a fèmen. — Li parèt yon pwoblèm san solisyon, men si nou poze yon moman, n ap rive rezoud li. — Granpè prepare tout afè l anvan li mouri. Menm sèkèy li, li te chwazi. — Lè li tonbe nan lari a, se yon bon samariten ki ede l leve. — Li fèk sot ranplase kabann twa plas li a. — Konsèy elektoral la pibliye rezilta eleksyon pou depite yo yè swa byen ta. — Janèt ak Kritòf kòmanse sòti ansanm depi lè yo te nan fakilte ansanm. — Lè ti bebe gen kolik, sa rèd, li pa ka di w anyen. — Mwen rive jwenn sous rivyè a. — Anpatan lese mwen di w ke mwen pa dakò avèk desizyon yo, men piske majorite nan nou deside, mwen koube. — Vwazen yo sezi wè pitit la ak yon minijip. — Li pè bòs li a. Li di se yon moun ki mechan. — Gen adye ki pi di ke lòt. — Nwa se koulè rad dèy nan peyi a. Men gen moun ki pito abiye an mov. — Li deja pran desizyon li, e li pa lese pèsonn moun konvenk li. — W ap gate pitit si w kenbe li tout tan konsa. — Si ou al nan maryaj la san yo pa envite-w, ou ap sanble yon reskiyè. — Fò ou travay sou diksyon w si ou vle yo pran w oserye. — Anpil travayè rete lakay yo poutèt grèv la. — Gen yon mouvman sou fwontyè a. Anpil refijye ap chache antre nan peyi a. — Depi se bagay ou ta bezwen pou yon kay, ou ap jwenn li nan magazen sa a. — Nan anpil peyi mizilman, yon tifi ki ap antre nan laj fèt pou li sibi yon klitoridectomi. — Majistra a konsidere vil la tankou wayòm li. — Moun ki ap tire fisèl yo byen pwoteje dèyè gwo miray yo. Ti malere yo kontwole yo ap tonbe anba bal oubyen pouri nan prizon. — Antre nan konsè a pa lib, men si ou se yon grandèt, w ap peye mwatye pri. — 5 minit apre Woz komanse gen tranche, tèt timoun nan parèt. — Jezi te vini pou moun yo meprize. — Lavalas se yon Pati politik. — Se yon malere! Kote li pral jwenn kob pou li peye yon avoka. — Pati a mande manm li yo yon aktivis ke mwen paka aksepte. — Se pa tout zwezo ki ka vole wo. — Jan dan l yo blan a, e byen ranje, li pa fouti di m se pa yon danti. — Misye gen atitid yon kapitalism, menm si li pa gen 5 kòb. — Antrenè a gen rezon l ki fè li pa chwazi jwè sa a. — Kè li t ap bat fò, li ap soufle anlè; se sa ki fè, yo kouri lopital ak li. — Janin akoupi dèyè lantouray la pou li te tande sa moun yo t ap di san yo pa wè l. — Kay la bezwen repentire. — Pwa li plante yo komanse leve. — Sou plas gen yon siy ki di "pa mache sou gazon an!" — Se moun ki gen anpil kòb ki pale de mache chanj, paske se yo ki ka envesti lajan. — Gouvènman an eseye lite kont kontrebann zam, men twòp gwo zotobre ap pwofite de enpòtasyon ilegal sa yo pou li reyisi. — Nan seremoni a, mwen wè anpil fi kite abiye ak wòb san do. — Bouda, se non yo bay yon mèt ki te rive fonde religion yo rele boudis la. — Li resevwa yon kobèy flè pou fèt li. — Chamo Baktriyann gen 2 bòs sou do yo. Chamo ki gen yon sèl bòs yo rele dwomadè.' — Ou pa gen anpil tan devan w, jis pran yon benyen chat e retire swe yo nan figi w. — Te gen yon chanm nan Katye jeneral lapolis la kote yo konn matirize prizonye politik. — Lapolis dèyè sèvo zak kriminèl ki te fèt yè swa a. Yo konnen kiyès. — Jounalis la ap chache yon entèvyou ak minis jistis la depi 6 mwa. — Yo ap tann adezyon direktè a pou kòmanse pwojè a. — Maryo pa sèlman yon djazmann. Li se yon konpozitè. — 3 mil moun leve kanpe nan Pòtoprens pou mande prezidan an pou li rache manyòk li. — Polisye a te gen yon yon Jilepabal, se sa ki sove l lè malfetè yo te tire sou li. — Okay se twazyèm vil nan peyi Dayiti. — Moun chimerik tankou Chalo, ou rete lwen yo. — La police resevwa yon tiyo de yon moun ki pat vle di non l. — Li fèt 29 septanm. Li rele Michèl. Sa vle di li pote non Michèl-Akanj. — Li pa tande moun. Se sa ki fè sa rive. — Lè ou chita nan graden, ou pa wè aktè yo byen. — Li te gen yon bab kabrit avan li te marye. — Li inosan toujou. Li kwè tonton Nwèl pase nan Chemine pou pote kado yo. — Pandan 5 lane, li mete an rezèv yon senkyèm nan sa li touche pou li te achte yon kay, — Mizik sa a se yon varyasyon de yon pyes klasik yo rele "Se mwen, se ou". — Moun ki sèvi Satan deja ap viv nan pèdisyon. — Li vèf depi 10 zan. Li pa janm chache lòt madanm. — Misye panse li se mèt tout moun. — Demen m ap mennen timoun yo al wè yon teyat kote se maryonèt ki ap jwe. — Sa ou ap fè fè a pa yon karyè , se yon dyòb. — Yon kanivò se yon bèt ki manje vyann sèlman. — Reken renmen manje chendemè. — Se yon chelenn. Li pote premye pri nan yon konkou bèbèl — Si ou te li langay kò Pyè byen pandan rankont la, ou tap wè misye pat alèz. — Si ou paye ak yon chèk, mwen pa bezwen ba w yon resi; souch chèk la kapab sèvi de resi. — Li pran tan ni pou li brase kat yo. — Yo deja vann tout tikè konsè tabou konbo a. — Gen de bagay ou pa fè lè ou se papa pitit. — Lajan ale lakay moun ki gen lajan. — Pou ou vin doktè fò ou etidye byen anatomi kretyen vivan. — Dam sa a al leliz chak maten. — Pou eleksyon pati politik fè mikalaw. Mwen konte 60. — Peche lachè, se sèl peche moun sa yo rekonèt; touye moun pa peche pou yo. — Glas la tonbe. Li pa fè miyèt mòso, men li fann an 2. — Doktè a pa ba li bon espwa. — Koulè vyolèt pa ale avèk li. — Nan chanm li a gen yon abajou bo yon fotèy. Lè li ap li, li limen li. — Patrik leve maten a ak yon tèt fè mal. — Chenèt Franswa a tèlman gran, yon dwèt ka pase ladan. Mesye yo t ap di sa pou yo anmède Franswa. — Se gras a ti demele a, li voye pitit li lekòl e pran swen de fanmi l. — Se souvan yon bakteri ki bay bokè. — Li ap travay di. E madanm nan ap bay li zoklo ak vwazen an. — Mè a fè lareverans devan tabènak la chak fwa li pre l. — Mwen sezi aprann ke Jaki pran nan pa konprann sa a. Mwen panse li te plis lespri pase sa. — Mwen pa gen okenn souvni de evenman sa yo. Mwen te piti lè yo te rive. — Mikayèl chanje adrès. Kounyeya li rete ri Vilat. — Yo te panse solda LONI yo se te redanmtè, yo dekouvri yo se malfetè. — Lè li mande m kote mwen ye, mwen di li mwen toupre a. — Se nan trip moun ou jwenn vè ankilostòm. — Move zèb pa respekte jaden, yo pouse toupatou. — Toma se yon disip ki pat vle kwè Jezi te resisite. — Yon pilon patat pa vreman yon pilon, se yon yon manch ki pèmèt ou kraze patat ou pòmdetè. Yo vin sou tout fòm. — Mwen pa pale pòtigè, men mwen konprann kèk mo. — Ki premye moun ki t al nan lespas? Se yon astwonòt ris yo te rele Youri Alekseyevich Gagarin. — Li tonbe e foule latcha l. — Lè li fini ak entèna a e espesyalizasyon an, li tounen nan peyi l kote li ouvè yon klinik. — Reklam la di pat dantifris sa a netwaye dan byen, e konbat maladi jansiv. — Tchoule kò w pou ba yon lòt moun yon ti plas.' — Misye ap fè banda pou medam yo. — Poko gen remèd pou trete SIDA. — Minis di jounalis la trennen l nan labou pou li di sou li nan atik la. — Apre ekperyans sa a, se tèt mwen sèlman mwen wè. — Kilès nan nou 2 a ou panse yo ap chwazi pou travay la. — Kouman yo rele pwofesè ou a? Eli ki non li. — Minis enteryè a govènman poko ap demilitarize zòn nan ke solda okipe depi 3 mwa. — Mwen pa fè moun sa yo konfyans, paske yo rayisab.' — Gen 2 pòt nan frijidè a. Youn gen lèt, lòt la gen ji. — Apikilti se travay ak myèl pou rive jwenn siwo yo a. — Kèlkeswa sa li mande w, ba li li. — Si ou pran desiziyon sa a, se ipoteke w ap ipoteke la vi w. — Depi lanmò madanm li a, li ap viv nan izolman. Li pa pran kontak ni ak zanmi, ni ak fanmi. — Dapre prediksyon metewolog yo, n ap gen anpil lapli mwa sa a. — Dlo a sal. Kote ou jwenn li. — Depi grann mwen tande mizik sa a, fò li kite tout sa li t ap fè pou li danse. — Nou gen 2 tip de savon likid, youn pou lave rad blan, lòt la pou rad koulè. — Chen an kouche nan nich li. si ou al deranje l, sa ou pran se pa w. — Nan lè sa a, sèl ti boutik nan kwen lari ki ouvri. — Pa gen zwazo yon rele iribi a nan peyi Dayiti, se sitou nan Amerik santral ou jwenn yo. — Se yon kritik. Li pa janm di anyen de bon sou yon moun. — Polèt gen yon ti zafè, li pa rapòte l anpil, men li ede l viv. — Li te prefere mouri tan pou li revele sekre òganizasyon an. — Matant mwen ap pise sou li. Li enkontinan. — Li pote yon sandwich ki fèt ak ton nan lekòl. — Mwen pa renmen koulè tèdoreye sa yo. Yo pa ale ak chanms nan. — Li ap travay kòm resepsyonis nan yon biwo avoka. — Timoun byenelve pa file lang yo bay granmoun. — Yon patizan gouvènman an enfiltre gwoup opozisyon an. — Yo anonse yon move tan pou demen. M ap prese lave tout rad sal mwen yo jodiya seche yo nan lalou a pandan nou solèy la kle je l. — Chal gen yon matirite ki depase laj li. — Li bay cheval la 2 tap nan dèyè l, pou li fè l deplase. — Li se yon manman fanm ki fè gason pè. Se sak fè li pa janm gen menaj. — Mè yo ouvè yon òfelina. Yo resevwa timoun ki pèdi paran yo nan yon tranbleman detè a. — li ta renmen al nan bal la, men li pa gen kavalye. — Bwat la gen 20 konprime. — W ap rekonèt misye fasil, li 2 gwo pèldan. — Sena a se youn nan 2 chanm paleman peyi a. — Lota se yon kalte plak won ki parèt sou po yon moun. Yo ka bay gratèl. — Kaya se yon plant ki bezwen anpil chalè solèy. — De yè li ap plenyen ak doulè nan janm dwat li. — Pou rezoud pwoblèm sa, se nan baz la pou ou ale. — Mwen ap chache you moun pou mwen revann tikè konsè a. — Nan lizay ayisyen, refize yon moun yon ti gout dlo, se yon gwo krim. — Nan peyi Dayiti, anpil fanm rele Mari. — Li anreta paske li te oblije rete yon pon mobil sou rivye a tounen nan plas li. — Lakou a bezwen netwaye. — Li pran anpil prekosyon anvan li kite kay la. — Asirans la di deklarasyon li a se yon fwod. Li pat pèdi tout sa li di yo. — Fòs fènwa ap eseye atake legliz tout jan, tout kote. Men Bondye pa Lepri l ak kenbe legliz nou an fò. — Anpil moun ki wè aksidan mete 2 men nan tèt yo pou yo rele anmwe. — Li vle pase tèt pou yon ekspè nan politik e li pa menm gen yon diplòm inivèsite. — Mwen ta remen pati, men li pa pa gen posibilite pou li peye tikè a. — Raje fin pran lakou a, paske mwen pa gen tan pou netwaye l. — Li sere liv pònografi yo anba kabann li. — Chen polisye a santi kòf machin e kòmanse jape. Se pou sa yo mande l pou li ouvè l. — Chat lakay gen yon kolye pou pis. Sa pwoteje l menm li li sòti deyò. — Depi divòs la, youn tounen yon bèt nwa pou lòt. — Mwen sispèk Patrik nan nan metye a. Mwen jis pa prèv. — Lyonèl se yon kou rèd, li pa konn sa yo rele bay. — Se yon yanyan. Nenpòt bagay fè li kriye. — Se yon ti gason ki tèlman transparan, tout moun konnen lè li ap bay manti. — Gen yon liy moun devan gichè estad. — Dwat bag se 4è dwèt nan men yon moun. Li vini anvan sa yo rele ti dwèt la. — Le te fèk rive Okanada, yo fè m kado yon pè manchon. — Ou mal kalkile. Rezilta a pa koresponn a chif yo, lè ou mete yo youn sou lòt. — Anpil komin nan peyi Dayiti gen yon lise. — Mwen toujou pwofite de tout posibilite. Se sa ko fè mwen kote m ye a. — Nouyòk se kote ou jwenn anpil moun san papye. — 2 mwa apre li akouche, doktè dekouvri ke lèt pase madan Pòl soufri de maladi yo rele lèt pase a. Se anba gwo medikaman li ye kounyeya. — Timoun jodi. Granmoun demen. — Ou bezwen yon mopas pou antre nan biwo a. — Mizik enpòtan nan kilti pèp ayisyen. — Pwojè a jème nan tèt li pandan li t ap benyen. — Sèl ak pwav se premye kondiman nan anpil manje. — Aprè divòs la, li pa pran kontak ak pèsonn moun. Li rete poukont li. — Patrik rete nan yon kay fèk fèt. — Jak se bon zanmi m. Youn ka toujou konte sou lòt. — Si mwen rate 2 antrenman, y ap mete m deyò nan ekip la. — Nou Monreyal depi 3 jou, se yon bèl vil. — Michèl fè nich lótbó a. Li marye, li gen pitit, li achte kay. — Li poko gen laj pou li ale lekòl. — Aprè sechrès dènye sezon an, gouvènman prevwa ka gen yon mankman manje nan peyi a. — Li gen yon bouton sou prent nen l. — Pati a pèdi eleksyon a, paske moun antèt yo pat pale ak baz yo. — Mwen fèmen je m, yo panse m ap dòmi. — Rejim la vrèman ede Natali megri. — Li di se parant timoun yo ki responsab zak briganday sa yo. — Nan kafou a gen yon jèn ki ap vann ti sak dlo. Se pou li ka fè kolèt pou yon klib foutbòl. — Manman tonbe semenn pase a. Li oblije fè yon operasyon ren. — Li kite biwo a bonè akozde yon tèt fè mal. — Li pa ka fèmen bragèt pantalon li, paske zip la gate. — Timoun yo renmen al sou tèt mòn nan an rele byen fò pou tande eko vwa yo. — Achimèd se yon save ki te fèt Lagrès. — Vandredi sen se jou anpil katolik fè jèn. — Mwen di li yon gwo sekrè, li rakonte tout lòt zanmi li yo. Mwen konsidere sa tankou yon vyòl. — Se lè ou malad ou konn valè lasante. — Li ap etidye filozofi, lojik se youn nan 3 klas ki obligatwa yo. — Sete yon katye pezib, jodiya, se yon youn nan katye cho nan lavil la. — Mawomè se yon pwofèt ke mizilman yo venere. — Moun ki met manje nan vant ou, oubyen mete kòb nan pòch, gen pouvwa sou ou. — Li ap lite lontan pou dwa fanm nan peyi dayiti. — Lontan nou pat konn achte diri aletranje. — Papa l deside gen yon long Konvèsasyon avè l pou pale de sa ki pase a. — Manman Rozi bare li ap fè lanmou avèk Giyòm. — Li pa renmen lè yon etranje ap rele l timal. — Yon gladyatè se yon esklav gason ki la pou batay lòt gladyatè oubyen yon bèt sovaj. — Pat gen plòg sou galri a, li sèvi ak yon ralonj pou li te ka jwe radyo a deyò a. — Li di li pa janm nan tete lang avèk bòs. Yo respekte l paske li fè travay li. — Peyi Dayiti dwe gen 30 senatè. Jodiya li pa gen youn. — Sifilis se yon maladi ou pran lè ou antre nan kontak seksyèl ak yon moun ki deja enfekte. — Mwen mete vizitè a chita nan lasal la. — Etidyan yo te atantif nan klas la. Anpil t ap pran nòt. — Mayas ka yon siy de yon maladi. Men pafwa li se yon siy de neglijans nan lijyèn. — Tifi a kout, li renmen ak yon papa gason. — Li pran boutèy byè nan men li, E li pran 2 goje. — Tijo gate renmen ak Jaklin? Mwen pat ap janm panse sa. — Si ou pran chemen pa jaden an, w ap parèt dèyè kay la. — Mwen gen 3 biyè pou match la, men se pou plas nan graden yo ye. — Mwen pa konn sa ki pase m, depi kèk tan, m ap panse a Fifi ke mwen pa wè depi lontan. — Ayiti gen 2 achevèk. Youn rete Okap, lòt la se responsab achidyosèz Pòtoprens la. — Se pa tout bonm yo te lage sou vil la ki te eklate. — Depi kèk tan, peyi sa ap Desale dlo lanmè pou li fè bivab. — Premye djòb li se nan yon izin kote yo fè pyès machin. — Depite a gen yon gwo sekrè. Li konnen sa ta rive nan zòrèy laprès, y ap kloure l sou yon pilori e lavi l ap fini. — Dlo, pliske gas, se yon bagay ki esansyèl nan lavi. — Li se yon elèv. Li ap aprann toujou. — Pou mwen, 2 kandida sa yo se 50 kòb ak 2 gouden. Se enterè moun ki gen lajan yo ap defann. — Li tèlman gen modepas, ke li oblije gen yon ti kanè pou yo sèlman. — Li se yon jounalis Meriken ki tabli nan vil Moskou. — Li pa ansent, se yon fi ki soufri sa yo rele dlo nan vant nan. — Imajine ke lè li te piti, kèk pwofesè te di li te soufri de defisyans entelektyèl; gade jodya, li gen yon pri Nobèl literati. — Womyal? Non sa a di m yon bagay. — Depi li piti, yo pa janm trete l ak respè, se pou sa li fè zak la, avoka akize a di. — Tonton gen yon fèm kote li elve poul ak kodenn. — Balan ki anlè tèt pòt boutik la fè yon bri klengkleng lè yon moun antre. — Li kouri pi vit ke tout lòt moun yo. — Solèy la te kouche vit. Anvan mwen bat je mwen, li te fè nwa. — Misye Robè mache sou pwent pye l pou pa li leve madanm li. — Se nan palè a yo al deniche koupab la. — Tout moun te panse Jeral t ap vin yon avoka. Li chwazi chimen sasèdos. Li òdone yè samdi a. — Se yon kansè nan poumon ki mennen l anba tè. — Pastè di si ou pa antre nan pwotestan ou deja dane. — Lè li vini wa di li bonswa pou mwen. — Sant ou pran an, se sant yon vyann ke vwazen yo ap woti. — Yo pat ka jwenn moun ki te fè zak malonèt la, yo chwazi Patrik, ki gen repitasyon mètdàm, kòm bouk emisè — Nan manifestasyon an te gen anpil polisye san inifòm. — Se moun ki gen lajan ki gen valè nan je l. — Se yon moun ki twò emotif pou travay sa a. — Yo panse peyi a se yon savann kote nenpot moun ka fè sa yo vle. — Li di m ti kado sa a, se yon lòsyè. Gen yon pi gwo ki ap tann ou devan. — Fè yon moun travay e pa peye l, lè li fini, se yon abi. — Kontribisyon mete deyò yon lis gwo komèsan ak endistryèl ki pa peye enpo depi 3 lane. — Yo bare yo ap fè bagay. Sete yon eskandal paske toulede te marye ak lòt moun. — Lanmò Jezi kraze pouvwa Lanmò — Labouyi a dlo lolo. Se pou tibebe. — Ak fredi sa a, ou bezwen mete rad ki cho pou ou sòti. — Li kite monastè a paske li te gen yon womans ak yon fi. — Yo ka atake òdinatè w la si ou pa mete ajou pwogram ki ansyen yo. — Semenm ant Dimanch Ramo e Dimanch Pak rele semenn sent. — Operasyon an defigire aktris la. Moun pa rekonèt li. — Yo di pèsi bay manje bon gou. — Se yon katye nèf. Tout kay yo inifòm, menm koulè penti se menm. — Chak semenn, li ale fè yo rale li pou doulè nan do a. — Mwen pann pantalon mwen pral mete demen a dèyè pòt la. — Anvan menm kandida a fini diskou a, kèk jounalis kòmanse depatchya sa li te di pou montre ke yo pa laverite. — Yon tèmomèt se yon kontè. — Ou bretèl tou nèf, li gen tan manke yon koulis. — Lo sòti maten an san li pa pran dejene. — Pye nonm nan anfle. Li genchik. — Gouvènman an pase yon lwa pou entimide opozisyon an. — Zafè moun pa gade m. — 5 pati politik regwoupe yo pou yo voye yon sèl kandida nan eleksyon an. — Nan politik, demagoji se toujou yon danje. — Kote nan mòn nan ki pa gen kouran. Moun yo pa gen frijidè. Moun la manje anpil ti sale. — Nan Kolize anpil moun te pèdi lavi yo jis pou plezi anprè Wòm nan. — Flè komanse parèt, zwazo ap chante toupatou, sa vle di nou nan sezon yo rele prentan a. — Sèl jan patekwè sa ka montre li gen lajan, se achte bèl machin e depanse pou bèl fanm. — Chofè otobis la di li pap ale pi lwen ke kote li dwe rive a. — Li vin blèm lè li tande nouvèl la. — Misye gen 6 mwa depi li pap travay. — Tablo sou wout la di gen travay ki ap fèt pi devan an. — Fanmi l depanse yon fòtin pou voye l al etidye. Li mare yon bendouk 3 mwa apre. — Gen plis pase 100 moun ki kanpe devan estad la. Yo ap tann gichè yo ouvri pou yo achte tikè pou match aswè a. — Li pa al travay chak jou. Se 3 fwa nan semenn nan sèlman li ale: Lendi, madi ak vandredi. — Si ou pa peye enpo sou kay la alè, yon ka ba w yon kontravansyon. Ou ka menm rive pèdi kay si ou kite kèk ane pase san ou pa janm peye enpo sa a. — Tout moun gen dwa pou yo di sa yo vle, depi yo respekte dwa lot moun. — Si ou vizite Ayiti, pa bliye al Jakmèl. Se yon vil akeyan. — Li achte katefetyè a nan yon fèblantri anba lavil la. — Li te achte mango yo angwo. Li fè yon benefis lè li vann yo andetay. — Ki lè li fè? Li 9 vè edemi. Ou aan reta. — Nan istwa, gen yon vye granmoun ki gen yon baton majik. Li leve l, e sa li bezwen an parèt. — Si ou tande misye w ap di gen afè. Li jis ap pete pi wo pase deyè l. — Chak fwa li desann lavil, li renmen pase devan yon magazen ki ap vann rad dènye modèl yo. Li gade yo ak anvi — Se yon tanbou 2 bouda, li antre nan opozisyon an, men li ap travay pou gouvènman. — Mwen vle chanje fou gaz la pou youn ki mache ak kouran elektrik. — Anvan avyon, se nan bato pasaje moun te konn ak an Frans. — Yon kolon se yon moun ki panse li gen tout dwa pase peyi kote li sòti ap domine moun natifnatal yo. — Kòdonye pa fè rad, se soulye ak sandal yo fè. — Si Jaki panse li ka mete m nan ti soulye m si li mande pou yon ansyen menaj mwen devan madanm m, se li ki ap wont. Madanm mwen konn istwa a deja. — Bòs Jòj se yon bon tayè. Se li ki fè kostim sou men an. — Ekip vizitè a kale ekip nou an, menmsi si nou te jwe pi byen pase l. — Lavèy fèt endepandans la, te gen yon rasanbleman patriyòt sou Plas la. — Kay la frèt lè timoun lekòl. — Gato maryaj la te bèl, men li pat gen bon gou. — yo di misye se yon revolisyonè paske li gen li kalte lide tou nèf. — Aprè lanmò mari, anpil zanmi ak fanmi l ap ankouraje pou li refè vi l. Li refize. — Se nan peyi Dayiti mwen gen rasin mwen. — Se tèt yo sèlman politisyen sa yo wè. — Jyakomo se yon women. Li fèt a Wòm. Men li ap viv a Pari an Frans. — Yon kolposkopi se yon ekzamen jinekolog kote doktè a sèvi ak yon aparèy yo rele koloskop pou li ka wè matris yon fanm. — Kay koule ka tronpe solèy, men li pa ka tronpe lapli (pwovèb). — Mwen wè Pyè ki t ap pale nan zòrèy ak Magali. Jan Magali ap ri ak je l fèmen a, sanble Pyè t ap di kèk ti mo dous. — Mwen aprann ke Chalo fè pati de yon gwoup bandi. — Yon pwofèsè fèt pou li bon ekzanp pou pou klas li. — Magazen yo gen anpil nouvotepou fèt la. — Lyon an kite twoupo nyou yo pase. Li atake sa ki te rete dèyè a. — Apre lapli a, rivyè a charye yon pakèt labou. — Abakouk se yon li nan Labib ki pote non yon pwofèt. Li gen sèlman 3 chapit. — Gen yon move sant nan zòn nan. — Pola mark>anbarase mwen jan li ap gade mwen an. — Yon otis souvan gen yon konpòtman ki parèt dwòl. — Si ou fè l ak tout oumenm, yo ap wè sa e yo ap apresye l. — Li gen 2 telefòn mobil. youn pou travay, lòt la pou zafè pèsonèl li. — Zoranj yo pa sikre. — Yon polisye rete m paske mwen te depase vitès maksimòm nan. Li ban m yon kontravansyon. — Pou kolon a te imilye plis ankò esklav li yo, li te fòse yo mache ak yon kolye chen lè y ap sòti nan lari. — Li gen 3 gwo chen. Se pa sak li achte manje chen. — Jewografi gen anpil branch. Ou espesyalize w nan chak branch yo nan inivèsite. — Si mwen pat kouri lopital ak pitit la jou swa a, li pa t ap sove. — Lè polis la rete nonm e mande l lisans li. Li refize e di polis la li pa nenpòt ki. — Direktè a resevwa mwen tankou yon moun li konnen depi lontan. — Eskout yo ap ranmase bwa pou yo fè yon boukan aswè a. — Rèv ak fantezi se 2 bagay diferan. Rèv ka reyalize. Fantezi se yon nyaj ki disparèt lè ou vin konsyan. — Li retire pitit la nan tete depi le te gen 3 mwa. — Ti gason sa a toujou ap fè pi piti pase li abi, sa k fè li pa goumen ak >mark>pòy li. — Vwazen yo la. Gen yon yon reyon limyè anba pòt ki bay sou lari a. — Yon te jenjanm byen cho ka ede w si ou yon gen gòj fè mal e rim. — Li fè manman li yon gwo sipriz dimanch ki sot pase a; li ba li yon machin. — Si ou pale san ou pa mande pèmisyon, mèt la ap voye w nan direksyon an pou radiyès. — chofè a frennen sèk, lè ti gason an t ap kouri pase devan machin nan; yon refleks ki evite yon lanmò. — Aprè li fin manje, li mande yon kafe fò e byn cho. — Misye a te tèlman sal, tout moun rele lwen l.' — Li te gen yon doulè dèyè kou. Yo masaj soulaje l. — Jaki ap tann yon kout telefòn de konpayi li a. — Kote ou jwenn bòs sa a. Li te yon tèt mato. — Gen anbisyon. Gen foli grandè. Youn pouse w pou travay di pou ou monte nenchèl sosyal la e rive moun ou vle vini a. Lòt la se yon maladi mantal ki fè w kwè ou se yon moun ki genyen sa ou pa genyen, sa ou pap janm genyen. — Pèseverans se yon maryaj ant pasyans e tenasite. — Yon katon jòn se yon premye avètisman ke yon abit bay yon jwè. Sa vle di jwè sa a fèt pou li konpòte l byen pou li li pran yon lòt, paske 2 katon jòn nan menm match la egal yon katon wouj. — Li ekri moun lakay li, pou li yo ke li anvi. — yon minis se yon fonksyonè leta. Yo peye yo ak lajan pèp la. — Apre 3 jou san li pa mete anyen nan vant, li devore tout ki sou tab. — Dènye dimanch mwa jen, se fèt papa. — Li toujou gen repons li anba bouch li. — Depi yè non Ektò ak vini nan lespri m. — Ou wè kloche katedral la toupatou. Se li ki pi wo nan vil la. — Li di m pou m pa bay Madlèn espwa, si m konnen mwen pap marye avè l. — Fwi yo rele kowosòl chaje ak vitamin epi li pa gen anpil kalori. — Fanfa palè a se yon fanfa militè. Tout mizisyen yo se solda. — Magali gen yon bèl jaden flè nan lakou li a. — Li pa sèlman di sa ki te pase. Li detaye bagay aksyon pa aksyon. — Li kouche sou do. L ap gade plafon a. — Lanmò pitit la ravaje Jozèf. — Dwèt ki pi long nan men yon moun rele dwat majè. — Moun pa jwe ak blese anndan, li ka mennen w anba tè. — Majodom di misye a: Padon si mwen reveye, men mwen kwè li lè pou ou leve. — Yo mennen yon adiltè bay Jezi anvan yo te touye ak kout wòch. — Jaklen ap viv, li pa mouri. Men li nan kache. — Ligyèn mande pou ou bwose dan twa fwa pa jou, sitou aprè ou fin manje. — Itlè bay lòd pou touye yon pakèt jwif. Anpil nan yo nan chanm gaz. — Retire grenn pwa nan gous yo se sa nou pase aprèmidi a ap fè. — Mwen pral pare m pou mwen ale legliz. — Li se yon moun sankoutcha, se sa ki fè yo pa kenbe l nan travay la. — Pou lekòl la aksepte pitit la, fò li pran vaksen kont mal mouton. — Yo kouri lopital ak li paske li te pran yon dòz ki pi wo pase sa yo te preskri li a. — Yo di ka gen briganday nan manifestasyon jodiya. — Desalin te yon vanyan gason ki pat pe batay pou nwa parèy. — Depi y1e li ap plenyen ak doulè nan zo chenn do li. — Lè m te gen 19 lane, yo te arete m. Mwen pase 36 mwa nan prizon. — Si w pa pote kòb demen, w ap nan ka paske moun ou dwe yo se mafya. — Jan di li pa marye. Epoutan, li gen yon bag maryaj nan dwèt li. — Li koupe manton l pandan li t ap fè bab li. — Mwen pa gen okenn enterè nan zafè sa. — Atik la gen 10 paragraf. — Mèt magazen yo fèmen pòt paske yo tande manifestan yo ap kraze brize kote yo pase. — Mèt la di pou nou ouvè liv la nan paj swasanndisèt. — 2 moun paka sèvi ak menm razwa a. — Yon kout je de manman m. mwen konprann li lè pou nou ale. — Ak chalè sa a, li mete pantalon kout menm pou li al legliz. — Mwen pa chanje. Mwen jis fè respè m pou evite pwoblèm. — Si se boubout ou ap chache, se pa la a ou ap jwenn youn. — Nwèl se fèt Jezikri, men anpil moun bliye sa. — Li toujou konn di li twò entelijan pou li tonbe viktim de fwod. Li sot pèdi 1000 dola paske li te pran nan youn. — Papa m pa renmen pwa enkoni. Li di li ba l gaz. — Tèt mòn nan kouvri ak bouya. — Li te gen yon chwa ant Montreyal e Nouyòk. Li te prefere ale Montreyal, — Ou paka nye ke ou te di sa. — Depi 2 zè, li ap di mwen titalè. Titalè sa a pap janm rive? — Se nan yon ekzamen jinekolojik konsa, yon decouvri fibwòm yo. — Li al fè vakans, li tounen malad ak lafyèv jòn. — Se volè ki antre san pèmisyon kay moun. — Meriken pa ble ba li yon viza pou vizite manman li malad, paske yo di li se kominis.' — Sa a pa antre nan rityèl lanmès la. — Li rete byen ta pou li te ka tande dènye enfòmasyon yo. — Avyon an te gen pwoblèm lè li te toupre ayewopò a. Pilòt deside fè yon aterisaj fòse avèk éd moun nan tou kontwòl. — Janin se yon dyòl alèlè. Li pap kenbe sekrè a. — Tout timoun renmen krèm. — Li fè travay la tankou yon wobo, san li pa reflechi. — Gen yon siy ki di machin pa kanpe nan akotman an. — Manigans pou jete gouvènman an, se pou sa li nan prizon — Pitit t ap depafini nan men l. Si grann nan pat pran l li te ka mouri. — Li kite konpayi a kòm avoka, e al ouvè yon kabinè prive. — Chèz sa a paka repare. Se pou ou ranplase l. — Mwen frape bap pou bap avèk Janèt nan koulwa a. — Pou kounyeya, mwen pap pran okenn desizyon. Sa pa vle di mwen mwen pap chanje lide pita. — Yo di nonm ka pwofetize sa ki pral rive. — Òkès senfonik ap jwe jodiya nan yon sal tou pre a. Espektak la ap kòmanse a 7 tè diswa. — Seremoni a fèt san wonsiyon, se sa ki fè li te frèt konsa. — Premye menaj li te rele Patrisya. — Lapolis dekouvri nan machin yon depite 3 gwo bwat chaje ak katouch pou zam fann fwa. — Legliz sa dedye a la Vyèj sou nom Pèpetyèl Sekou. — Si ou panse retounen sa ou achte a, fò ou kenbe resi a. — Li te pè, men ou pat santi sa nan vwa l, lè li te leve pou li pale. — Olye lakomin chache resikle fatra vil la, li prefere ensinere yo. — Asyèt la pa fin pwòp li gen tachte savon yo sou li. — Lè tansyon an monte, li konnen, paske li gen pwoblèm respire kòmsi yon moun ap choke. — Mwen manje yon zwit nan yon restoran yèswa. Li pa fè m byen menm. — Farawon! se non ya a yo tele ansyen chèf nnan peyi ejip yo. — Se lide pa Ana a ki bon. — Mwen mande l yon kafe fò, li pote youn ki dlo lolo ban mwen. — Twa dam kouche souvant anba parasòl. — Chak ekip fèt pou li gen yon kapitèn. — Li mache bwate. depi li te blese nan yon janm li pandan lagè a. — Bondye pwomèt moun ki kwè nan Li e ki swi kòmannman Li lavi etènèl aprè yo mouri. — Lontan, Ayisyen te gen yon gran venerasyon pou zansèt yo. — Kouman pou yo pran w oserye si tout la jounen w ap pran pòz enbesil ou. — Sa li di m nan pa kanpe, li fè mwen gen anpil dout. — Janin ap mache di ke pitit Jilyèn nan pa pou Toto ki mari li. — "Eske fi ou pral marye a se yon bon kwizinyè?" se sèl sa manman li mande li. — Mwen pa janm renmen moun ki ap viv an parazit. — Mwen di li si li tonbe sou pyebwa a, li ap kase zo do et li ap domaje pou lavi. — Mwen te nan yon gwo diskisyon ak Donal. Youn di lòt yon serie de mo deplase. Se sa ki fè nou pa zanmi ankò.', — Ti moun yo ak fè devwa yo, pa limen televiziyon an. — Se yon prizon kote yo britalize prizonye. — Mwen pa janm wè tifi sa a ak yon bon liv nan men li, se toujou woman ban mwen. li ap li. — Sekretè jeneral la di depite pa pale nan non pati a. — Granmè lang fransè montre kouman lang sa a difisil. — Ki moun ki ka chanje yon papye 5 goud sa a pou mwen? — ou bezwen konnen ki sa ki ap pase nan bouk la, al pase yon moman kay kwafè ki sou plas legliz la. — Li toujou bezwen konn zafè pa lòt; zafè pa li se mistè. — Lè li aprann sa fi a fè, li kite l san bri san kont. — Mwen toujou mande tèt mwen si laba, dèyè gwo mòn sa a, gen moun. — Li te bay fi a bouden lè li te fè li kwè li tap marye avè l. — Mwen pral pwofite de wikenn nan pou mwen repoze mwen. — Jak se yon moun pasyan toutan li pa santi yo ap abize l. — Li gen yon zanpoud anba pye goch li. — Jèn alekile gen dyalèk pa yo. se tankou yon kòd. — Kouman ou ye frè? li mande mwen. Enben map debat, mwen reponn li. — Benwa se frè Katrin. Katrin se sè Janin. Men Benwa pa frè Janin. — Prezidan sa a wè trayizyon toupatou. — Beatris te gen bon apeti. Li fini ak tout plat li a. — Yo kabinen misye nan atik la. — Mwen resevwa anpil kout fil. Moun ki t ap rele m pou mande nouvèl mwen. — Apre lanmò manman l, Dominik al viv avèk yon matant li. — Se manje restoran a ki ba l vant pase a. — Chak dènye vandredi nan mwa, yo pèmet elèv yo vin lekòl la an sivil. — Pati seksyèl yon fi gen anpiln youn ladan yo se koko. — Lè li minwi nan peyi Dayiti, li 6 zè nan maten an Frans. — Koperativ bay pi gwo enterè ke gwo bank yo. — Li aprann ke moun ki leve l yo pa paran l tout bon. Li se yon timoun adopte. — Chak timoun yo rive nan sous dlo a ak yon kanistè. — Li renmen al chita bò lanmè a e lese ti van an karese. — Jakmèl se yon vil ki antoure ak rivyè. — Nan lise a, direktè a òganize 2 asanble elèv ak pwofesè chak ane. — Anpil moun pa gen telefòn lakay yo ankò. Yo sèvi sèlman ak telefòn mobil. — Li te toujou ap montre virilite li, epi li marye, li pa ka gen pitit. — Pandan tout eprèv la, fanmi yo te avè m. Sete yon gwo konsolation. — Li pè dlo. Li pè menm pwoche bò yon rivyè. — Se yon nonm antete, ou pa ka fè l chanje lide ki nan tèt li a. — Li sòti pabak nan ale a. — Li koupe pen an an 2 moso. — Kontra lwaye a pa enkli kouran elektrik. Se ou ki pou peye pou sa. — Li pa renmen rad la poutèt li gen twòp bouton devan l. — Yon ti vaniy toujou ajoute yon ti gou nan gato. — Gen yon laj ou rive, ou tounen yon zefele. — Testaman di klè kouman pou yo fè separasyon byen yo. — Tout liseyen sòti nan lari pou manifeste. — Ala yon mwenmenm sa a papa. — Ayisyen ki ap viv an Dominikani yo pa lòtbò lanmè, yo lòt bò fwontyè a. — Chanm pou dòmi anwo a. — Lwa sou imigrasyon an jwenn yon lese pase nan sena a maten an. — Se yon Nòvejyen. Li abitye ak gwo fredi. — Li refize aksepte responsablite li nan zafè a. — Li an nan kazino ak 2 mil dola. Li pèdi tout. — Yo di ke anetwale bon pou kolik ak endijesyon. — Olye li pile mayi a, li pito moulen l. — Fè cheve l chak samdi tounen yon pratik pou Miryam.' — Karèm se tan penitans ki ede w prepare Pak. — Chanm yo pa gen saldeben. Nou pat alèz ak sitiyasyon a. — Lasyans paka pwouve tout bagay sou tè a. — Li pap travay, men li ap depanse kòb pasipala. — Gen yon bagay ki ap boulvèse Benwa. Li pa manje, li pale. — Li prete m kòb lwaye a. Konsa li wete m nan dlo paske mwen pat konnen kouman mwen ta pral fè mwa sa a. — Yon chaloup pran touris yo sou waf la pou mennen yo nan bato a. — Tranbleman se yon siy de yon maladi. — Pè pou pran nan pwazon tèlman fò lakay premye minis la, li fè pitit kwizinyè a goute nan tout sa li pral manje. — Yèswa, mwen fè yon move rèv ki boulvèse m tout jounen an. — Pwa nwa gen anpil potasyòm. Se sa yo di. — Mwen pa wè misye depi digdantan. — Marenn Zoun jete l nan lari paske li te panse Zoun t ap pran mari l nan men l. — Sou biwo direktè a gen yon ti klòch. Mwen pa janm konnen poukisa. jiskake li sonnen pou li fè m sispann pale. — Mèt la pa vin jodiya. Se direktè a ki te vin fè klas yo — Ti moun yo byen divèti yo nan pwomnad la. — Lè dife a kòmanse, vwazen an vin frape pòt la pou alame nou. — Se yon liv sou antikominis ke yon ansyen maksis ekri. — Kay li lòtbò lari a, men pou ale la, fò ou w al jis nan kafou a pou travèse lari a. — Chak maten, timoun yo sanble sou plas la pou asiste antrènman rekri yo. — Depi kèk tan misye frèt avèk mwen. Mwen pa konn sa mwen fè li. — Doktè preskri l yon medikaman pou zorèy fè mal la. Se yon antibyotik. — Mwen bese byen ba devan medam yo. — Se yon nonm peng. Pou li bay yon moun yon goud, fò li wè w ap mouri. — Moun kòmanse fete depi lavèy jou fèt mwen. — Anpil moun ap fè lajan sou mizè pèp la. — Anpil bèt sovaj ak 4 pat se kanivò. — Toujou gen aktivite nan zòn ki gen factory. — Pi bon fòtifyan se sa oy jwenn nan manje ak fri e legim. — Laperèz fè tout moun pe bouch yo. — Benwa vin mapotcho. E li refize fè ekzèsis. — Pola gwo vant, lape tann yon tifi. — Li wè yon boul sou tete l. Doktè di se yon kansè. Yo kouri retire l. — Se pa paske yon moun te etidye filozofi pou panse li se yon filozòf pou sa. — Lè papa m tonbe malad, se yon tonton m frè manman m, ki pran swen de fanmi an. — Depite opozisyon yo rete se yon pozisyon pwenn fè pa e refize vote lwa gouvènman an voye ba yo.' — Chiriji plastik se pou moun ki rich. — Apre 3 jou ak yon maldan, Sizèt deside al wè yon dantis. — Sou plaj la, anpil moun te kouche sou vant. — Yè ou di yon bagay. Jodiya ou di m yon lòt. Sispann chanje lide w? — Yo ranvwaye ekzamen yo pou lòt semenn akoz de move tan an. — Apre reyinyon an, bòs te anraje. Tout moun ap mande sa ki pase, men an menm tan tout moun rete lwen l. — Li separe non li te fèt la ak non mari l ak yon tirè. — Li pèdi tout kòb li touche semenn sa a nan jwèt aza. — Pilot la anonse gen yon tibilans sou wout avyon, Li mande pou pasajè yo chita byen dwat e tache senti yo. — Ou jwenn nan Labile non sa a. Japè se youn nan piti Noye yo. — Li pa renouvle abònman jounal. — Anakonda se yon gwo sèpan ki ka manje yon moun antye. Ou jwenn sitou nan kèk rivyè ki nan Amazòn. — Mwen wè yon bèl bouke flè sou tab la. — Li fè tèlman cho, krèm nan tounen dlo nan yon ti kadè. — Machin nan anpàn e map bezwen li pou vwayaj la. — Li di li n pastè paske li resevwa yon apèl de Granmèt la. — Mwen pa konseye al fouye je w nan sakòch fi sa a. — Fè moun pase pa yo se sa gwoup kriminél nan katye a ap fè. — Blan yo tande gen ja lajan nan zòn nan, yo vini ak detektè metal pou chache yo. Tout sa yo jwenn se kèk grenn klou. — Jakmèl se yon vil nan Depatman Sidès. — Li envesti 1000 dola nan ti konpayi a, aprè 2 lane, li soti ak 20.000. — Ou pap janm jwenn yon travay ki byen peye konsa ankò. Ou pèdi yon gwo chans, lè ou refize l la. — Li pliye lèt la e mete nan poch pwatrin li. De tanzantan li manyen pou li asire l ke li la. — Depi nan mache a, li fè yo netwaye pwason an, relire tout kal yo. — Taptap la deja chaje, men chofè a di gen plas yon 2 pasajè. — Akoz de pandemi Kovid la, Jwèt olenpik yo ki te dwe fèt nan peyi Japon an 2020, te ranvwaye. — Mwen gen yon randevou kay doktè maten an, ou ka ban m yon woulib? — Non m se kazimi, men zanm m yo rele m Zi. — Nan istwa Ayiti ou jwenn 2 wa yon lanprè. — Li gen yon gwo chen nan lakou a. Yon volè ap panse anpil anvan li pran chans al volè lakay li. — Se yon tradisyon pou yo montre drapo a 8 tè nan tout kazèn ak pòs polis. — Li kite nan mitan reyinyon, lè li wè ke sete plis yon palab ke yon bwase lide pou solisyon pwoblèm yo. — Dwog la yo jwenn nan machin nan, se yon kou monte. Se yon polisye ki te mete l. — Timoun yo antre sou pwen pye yo e yo pale dousman pou yo pa reveye granmoun yo. — Mwen etone misye poko rive, li toujou rive alè — Li gen kòb, se sa ki fè li ka banbile konsa. — Se nan Gonayiv le premye janvye 1804, zansèt nou yo te fè lemonn konnen ke Ayiti se yon peyi lib e mèt lakay li. — Grèk lontan yo te kwè ke Apolon te yon bondye. — Majorite Kebekwa pale franse. — Yo pa mare poulen an, paske li pap janm ale lwen manman li. — Si ou mete mayo sa a nan machin seche a, li ap tresi. — Si ou te nan plas li, ou t ap tris tou. Nan menm semenn nan yo volè machin li, e li pèdi manman li. — Li rive negosye pri kay la. Yo retire 2% pou pri yo te mande a. — Li genyen m sou kè l paske mwen pat vle prete l yon kòb. — Paske Janin pat vin nan fèt Jaklin la, yo koupe fache avè l. — Mayestwo chwazi Pola pou solo nan denye chan konsè a. — Li lonje kò l sou yon amak ki pandye ant de pye kokoye. — Se yon magazen ki vann souvètman pou fanm sèlman. — Kòdonye sevi ak yon pwenson pou li fè ti twou nan kwi a. — Lè li vin bare menaj li ak yon lòt fi, Janin pèdi tout kontwòl, li pat limenm ankò. Li komanse joure e atake moun yo. — Aprè sèlman de zan an Frans, li rive pale Fransè tankou you moun ki te fèt a Pari. — Manje a pat anpil, menm graton li pa fè. — Chik renmen pye ak men moun. Yo antre anba po a e ponn. — Li gen yon adorasyon pou madanm li. — Se pa tout sa ou dezire ou jwenn. — Nan politik ou paka toujou nan bon bò a. — Anpil jounalis kite peyi a sou tèt. Sa ki pat gen tan al refijye yo nan yon anbasad. — Ou mèt fè mekanisyen sa a konfyans ak machin ou a, li se yon pwofesyonèl. — Nou pap pèdi lespwa nan peyi a. N ap kontinye travay pou li. — Kantin lekòl la ouvè a midi jiska 3zè. — Dlo sa gen sansi. — Se ak pistach yo fè manba. — Gen de eksperyans se yon sèl fwa ou fè l. — Si ou pa pase ekzamen an, ou pap gen yon lòt chans. — Siklòn nan efreyan, nou gen enpresyon li pral leve kay la ak tout sa ki ladan.' — Li mete yon chemiz chifonnen pou li al travay. — Bòs la al dedwanen machandiz li te kòmande yo yo — Mata te nan kwizin nan, ap prepare manje pandan Mari te nan pye Jezi ap tande pawòl li. — Blan yo panse yo gen tout dwa, e lòt yo gen sèlman dwa yo ba yo. — Cham dam sa a se entelijans li. — Minis la kouri pran ekzil anvan li te tounen yon viktim dechoukay pèp la. — Tan an sonm. Lapli pral tonbe. — Li pral pase 3 jou deyò, li mete 5 chemiz denwi nan valiz li. Poukisa? — Mwen wè yon bann ak yon pakèt moun kanpe sou 2 ran, mwen mande sa ki genyen. Se sinistre yo tap bay. — Li chaje ak bon rad nan pandri a, men li kontinye ap mete menm rechany yo. — Gen twòp san nan fim sa a. Li pa bon pou timoun. — Ayisyen ki te viv eksperyans goudougoudou 12 janvye a pap janm bliye. — Nan otèl la, moun ki ap netwaye yo gen yon kle paspatou. — Pitit la ap regrese lekòl. Mwa pase li te 3è, mwa sa a, li 10è nan klas la. — Se premye fwa pitit la met soulye talon, se sa ki fè li ap mache dwòl konsa. — Li gen yon bwat sekrè, pèsonn pa konnen ki bò li mete li. — Li mete yon jip kout. Papa l di li pap sòti konsa. — Mwen pat konn si li te frèt konsa, mwen sòti nan yon chanday. — Chofè taksi pa bay moun woulib. Ou peye l pou monte machin li lè li ap travay. — Si ou pa ka jwenn yon bagay nan kabinèt kwizin nan, chache l nan depo kwizin nan. — Bay, e ou ap jwenn. — Se nan bal la yo rankontre e y ap ploge konsa! — Doktè sèvi ak yon sonn pou li tande batman kè malad la. — Maten li manje 2 ze bouyi ak yon tas kafe. — Li pale de Poli tankou li t ap pale de yon moun. Poli se bourik ki pote machandiz li yo nan mache yon fwa nan yon semenn. — Ki moun kap dirije avyon an. Apa mwen wè tout pilòt ap bay blag ak medam nan premiye klas yo. — Li resevwa yon pakèt echantiyon pafen pa lapòs. — Dènye woman otè sa a manke orijinalite. — Sosyete sa enpoze yon seri de prensip ke mwen paka swiv. — Pasyans se yon vèti, se sa ki fè moun mechan pa gen pasyans. — Apre lanmò papa m, anpil moun mwen pat menm konnen ekri m pou di m Kondoleyans. — Madanm nan sot nan mache a ak yon panyen pwovizyon. — Nouvèl li tap tann nan vini jwenn li alafen. — Mwen te mete chemiz ki gen tout dokman enpòtan mwen yo nan yon bwat. Mwen pa wè l. — Misyon militè LONI a te gen anpil Brezilyen. — Nonm sa a se yon granchire ki pran moun yo nan pa konprann. — Jeral bay tè a. Se nan lantèman a mwen prale la a. — Li pa janm patisipe nan fèt biwo a òganize. — Apre aksidan an, li vin etranj, paske li te pran yon gwo kou nan mwèl tèt li. — Li jwenn yon lot pastan, kous cheval. — Pòtoprens ap pran tan pou li rekanpe aprè bagay 12 janviye 2010 a. — Desanm se mwa ou tande chante Nwèl nan tout radyo. — Yon espèmisid se yon bagay ki touye espèm. — Yo rele Monik pou li vin travay aswè a. Enfimyè defouke la malad. — Se denye son klóch la ki anonse ke lanmès la pral kómanse. — Li poudre pwason ak farin blan anvan li mete l fri. — Yè, yon premye minis pran mayèt gouvènman an. — Depi kèk tan, anpil gason nan peyi a gen sa yo rele jinekosmati. Tete yo pouse tankou pa fanm yo. — Satan se lenmi bon kretyen. — Li renmen kay la, e li ta renmen achte l. Men pa gen bon lekòl alantou l. Akoz de timoun yo, li vle nan yon zòn ki gen bon lekòl. — Se ak lajan dapiyanp yo, malfetè kriminèl yo achte zam. — Si ou pran metwo a ou ap rive pi vit. — Kawotid, se 2 pi gwo atè. Ou jwenn yo bò kou yon moun. E yp pèmèt figi, sèvo ak kou yon moun gen bon jan san. — Li ouvè yon tiwa biwo. Li pran yon revolvè pou li touye tèt li. Li sonje timoun li yo. Li pote revolvè a nan yon pòs polis. — Pa ka gen fanfa sans twonpèt ak tanbourin. — Zanmi li yo avèti l ke Janin se yon ratyèfè ki ap vann li. — Touye poul la, men ka kite l rele. — Li enskri nan 5 inivèsite. Tout aksepte l. — Li di manman li, vle pa vle, li ap marye kanmenm ak ti gason yo pa renmen a. — Mwen te sezi aprann ke li gentan resevwa lèt mwen te voye lendi pase a. — Masèl fèmen bwat la e mare l ak yon kòd. — Alevouzan! Granmoun nan di ti jenn nonm ki te vin mande pou pitit pitit li a. — Nan peyi sa a, yo ankouraje manman bay pitit yo sen jis lè timoun gen 12 mwa. — Yo di m gen anbochay nan konpayi siman an. Mwen pral wè si mwen a jwenn yon travay la. — Moun sa yo se lèt a sitwon. — Vwazin nan pran yon plezi pale Pola mal. — Palè nasyonal la sete fyète Ayisyen anvan tranbleman de tè 2010. — Nan yon sèmon Jezi ban nou 8 beyatitid. — Jan de pantalon sa yo pa alamòd ankò. — Depi separasyon an, yo pa viv nan peyi ankò. — Se nan yon chanm prizon byen lwen peyi Tousen mouri. — Mwen pat al nan antèman Janin, men mwen voye yon kat Kondoleyans pou fanmi l. — Li ateri nan lopital moun fou, paske li fè yon gwo depresyon. — Ti gason ap kouri ak ti frètkach li pandje. Yo ta met pantalon sou li. — Pola se yon otè ki ekri plis pase 40 liv. — Lè mande granmè m sa pigatwa ye, li di se yon kote w al prepare w pou paradi si ou pat fè sa byen lè ou te sou tè a. — Li sèvi ak brikè gaz la pou li limen fou a. — A minwit, anpil timoun nan katye a limen pidetwal yo pou salye ane a ki komanse. — Ti gason madan Estiv tèlman briye lekòl yo ba li yon bous pou li al etidiye aletranje. — Kèk moun sekwe tèt yo lè yo tande pastè a di yo ka antre nan legliz la ak zam. Yo pat ka kwè sa yo tande a. — Yon lòt nonm yo te rele Teyajèn sete yon filozòf. — Yon espyon konnen pou li pa di anyen lè yo arete l, menmsi yo ap fè li pase yon tray. — Aprè kriz kadyak la, papa m change abitid li. Li fè ekzèsis chak jou, li pa manje fridòdòy. — Yo te fè ti gason an tounen yon sak sab nan klas la jiska paran l vin fè deblozay nan lekòl la. — Lontan Legliz pat konn akeyi divòse. Yo te konn refize yo lakominyon. — Machin nan derefize demare, se rale yo rale li pou mennen li nan garaj. — Yo di moun sa yo ap viv nan plasay. E poutan yo pi ini e bay pi bon ekzanp lanmou ke anpil ki marye. — Joslin se yon fanm janti, depi ou pa ranse avè l. — Bandi yo fè vye kay sa a tounen yon sitadèl. — Demen ap yon gwo jou pou konpayi a. Se jou lansman yon pwodwi ke anpil moun ap tann depi lontan. — Li fè tout sa li kapab pou li pa tonbe nan pyèj gouvènman an. — Kote ki gen banbou, toujou fè fre. — Depi tranbleman tè a fin pase, nanpwen kè kontan nan peyi a ankò. — Fouchè zwit, fouchèt salad, tout se fouchèt tab. — Li koumanse liv la, men li rete nan chemen. — Se yon nonm ki pè malonèt. Kidonk li pa pral nan fèt pase li pa resevwa yon envitasyon. — Nan liv lojik sa gen yon chapit sou dediksyon. — Li gen yon gwo mak sou tòs li. Tankou yon moun ki te blese nan yon batay. — Li pale ak yon aksan kebekwa. — Nan sezon kwazman, bèt sovaj vin pi sovaj. — Nan kous la, li te dèyè nèt, epi li kòmanse depase tout lòt siklis yo. Kounyeya li devan. — A pri ou achte kay la, se yon piyay. — Si ou pa koupe grif chat la, li pap bon pou ou, paske chat sa a konn fè sovaj pafwa. — Pa devlope talan Bondye ba ou a, se gaspiye l. — Bijou sa yo se souvni granmè m. — "Ou te manje anvan ou te ale?", manman li mande li. — Bank yo se rapas. Yo pa ban w enterè sou lajan ou gen nan men yo, e yo prete w lajan ak gwo enterè. — Mwen pa mètdàm ase pou m reze moun yo. — Li kraze ravèt la ak yon sandal. — An Swis, anpil pale franse — Integris nan tout sektè pa janm bon. Nan relijyon menm, li ka detwi vi moun. — Bondye tojou gade moun ki fè yo piti devan Li. — Se nan vann dwòg li ranmase fòtin, se sa ki fè yo pa respekte l. — Liv sa demanti tewori savan an. — Medam yo t ap gade ti gason a ki t ap pase. Youn nan yo di: "Yon pouchon ak yon bèl koupyon. Lòt yo pete ri. — Mazochis pa yon filozofi, se yon devyasyon. — Nonm sa a sou tè a toujou, mwen panse li te deja nan peyi san chapo. — Mwen paka pase vi mwen ap reve je klè; fò mwen chache bliye fanm nan. — Tinonm nan al dòmi ta. Maten an li paka leve. — Non sèlman yo agrandi wout la, yo kontinye l jis anba mòn nan. — Li se yon ameriken, men li pa pitit tè a. Se natiralize li natiralize l. — Gen yon dlo ki ap swete nan lari devan lakay la. — Yo te toujou konnen l ak bab, se sa ki fè yo di li parèt dwol ak figi san pwal la. — Sen Domeng se kapital Ladominikani. — Yon souflèt pa bay sèlman ak men. Yon gwo malonèt ka fè yon moun pi mal, paske li anfle kè l e blese ògèy li.. — Li jete po fig la sou twotwa a alòske gen yon bwat fatra tou pre l la. — Zye l plen mak dlo, ou wè li tap kriye. — Ekip lokal la toupizi ekip ki t ap vizite a. — Nan yon nich foumi gen disiplin, travay e respè. chak foumi konn wòl e tout pwoteje manman foumi ke nou rele rèn. — Li achete kay la pou san mil dola, li revann li pou san senkant mil. — Blag ou a san sèl e li pa fè sans. — Ekzèsis fizik ede kò, men li ede sèvo tou. — Papa l rele sou li e di l pou li al mete latcha l yon kote. — Si ou chikin kò w li ap jwenn ou plas pou li chita. — Mwen pa konn kouman w fè? W ap travay, w al lekòl e ou gen 2 timoun. — Nan liv li a, li enkli anpil ide sosyalit. — Mwen reveye ta, paske dòmi twope m. — Mwen gen yon komisyon pou Jak, se sa ki fè m ap chache l konsa. — An siklòn, li fè pwovizyon e achte papye twalèt menm pou yon mwa. — Ak yon sèl kout twonp li. yon elefan ka touye yon cheval. — Bò isit la gason pa ranse ak fanm. Ou ka pran prizon pou sa. — Li se pitit fi yon sè m, sa vle li se nyès mwen. — Ou paka jis pentire plafon mwazi sa a. Fo ou netwaye. Mwn ta men konseye pou refè l nèt. — Kapital peyi Polòy rele Vasovi. — Apre li fin kraze epis yo, li lave manch pilon an. — Se yon nonm ki fè sovaj memn andedan lakay li. Anvan madanm li te kouri kite l, li te konn toufounen. — Li sòti nan yon fanmi respektab. — Gen 3 pitit. Yo pataje byen yo an 3. — Metafizik se yon pati nan filozofi. — Se moun ki gen kouraj ak volonte ki rive lwen. Kòlmòzò souvan rete sou wout. — Angola se yon peyi ki sou kontinan Afriken an. Moun la pale pòtigè. — mwen renmen dènye liv. Ou santi li fè pwogrè nan ekri. — Sijè sa a twò delika pou m diskite l avè w nan telefòn. Se rankontre pou nou rankontre. — Manje twòp grès ka fè w gen plak nan venn. — Depi mwen wè nèg sa a, mwen tresayi nan tout kò mwen, fi a di. — Mwen te wè nonm sa a bò lakay la lòtre jou. — Si ou ale vite, w ap rive alè. — Non! Atheyis pa yon relijyon, paske yon relijyon sipoze yon granmèt envizib ki anwo tout moun ak tout bagay e ki merite respè ak onè. — Yon advèb ka ranfòse sans yon vèb, konsa tou li diminye valè l. — Nan reyinyon an li rakonte tout sa li te fè pandan vwayaj la. — Nan peyi li, li pa anyen; isit la li se gwo espesyalis nan developman. — Pale devan yon piblik fè li nève. — Li di ti nonm si li pa retire kò l devan li a, li ap ba l yon koutpye nan dèyè l. — Jak se yon gwo chabrak nan kanton an. Yo respekte l, e yo pè l. — Lè gen dezòd, gran nèg yo rete lakay yo, byen kalfetre. — Li pa grandi pou laj li. Li dwe manke yon vitamin. — Bò asyèt la te gen 3 fouchèt. Sa ki pi piti a se fouchèt pou salad la. — Li travèse lari a pou li al achte yon yon bagay nan boutik anfas la. — Pwofesè a di travay elèv remèt twò pòv. — Yon bon gèrye pran swen zam li. — Yon gason gen 2 blad dechay. Se yon ti sak ki dèyè blad pipi yon gason. — Nan ton koloni, chak foumi gen yon responsabilite. — Li pwomèt yo limenm ak madanm li ak pran sou do yo ti moun li yo lè yo vin lekòl Pòtoprens. — Depi tranbleman de tè a, li pèdi tèt li. — Li konnen machin nan se yon bogota, li fè m kwè kese yon yon machine pou m ka achte l. — Pou ou kondwi ou bezwen anpil refleks. — Lanmò Jaki montre ke bon moun pa dire, paske li te yon moun vrèman debyen. — Lamarye a te bèl jou nòs la. — Rankont sou rezo sosyal pote souvan desepsyon. — Li di li poko ap tounen nan peyi a, Se pou sa li achte yon tikè ale sèlman. — Ki moun ki prezidan kounyeya? — Se yon lwil ki fèt ak soja. — Bouton yo kite yon pakèt tach nan figi. — Moun yo nan kwè ke gwòt anba mòn se yon zòn tabou. — Lè direktè a mande elèv yo pou vin lekòl jou fèt la, anpil paran di yo pa dakò. — Mwen pap pale de koze sa a avè w. Talè wa antrave m. — Mwen gen pou mwen bwote nan mwa kap vini an. Mwen jwenn yon pi gwo kay. — Tout zanmi Janin yo se moun byenelve. — Nou pa konnen ki moun ki manman l, ki moun ki papa l, ti gason sa a sanble ou pitimi san gadò. — Mwen mande l pou li bridig kò l. Li pa okipe m. Mwen oblije pouse l. — Se premye fwa li kouche sou yon matla dlo. Li pat santi l alèz. — Li ouri lè li wè yo ta pral senyen kochon an. — Pou ou pale yon lang byen fò ou rive panse e menm reve nan lang nan. — Samdi, se jou bese leve. — Yo di se yon moun ekstravagan. Li toujou fè plis ke li genyen. — Apre ou debake de avyon an, fò w pase nan imigrasyon epi nan ladwann. — Tout fi lè w ap granmoun, yo soufri de sa yo rele fredite a. Gason pa ka brannen yo. — Li pa gouye kò l de pi 3 jou. — Grenn ki yo simen sou gran chemen pa donnen. — Syndika pwofesè yo mande yon lòt kontra travay avèk mwens elèv nan yon klas e yon ogmantasyon de 10%. — Li pase ekzamen an. Mwen panse li t ap anonse nouvèl la ak plis antouzyasm. — Pou li siyati a, fò ou pwoche papye a pre je w. — Nan vil sa a , yon pàn kouran ka dire de ou twa jou. — Demen se dèny jou lekòl pou ane a. Apre sa se vakans Nowèl. — Ou jwenn anpil milyadè nan peyi meriken. — Sejan Gwofè te fè pati ploton ki te fiziye 3 ofisye ki t ap eseye jete gouvènman an. — Aleksann se yon ekriven. Li ekri sitou liv woman. — Ou bezwen yon kòd sekrè ak non w pou yo ka rekonèt se ou. — Travay mwen kòmanse a 10 zè e fini a 3 zè. — Yo voye l byen prese, men li rete bò kay vwazin Fifi pou li fè azibe. — Plis pase 100 moun pèdi lavi yo nan yon aksidan tren ki te fèt nan peyi Lend. — Li gen onz mwa depi li nan peyi a. Sa fè preske yon ane. — Si ou bezwen nouvèl la pase vit, lage l nan zorèy Agat. — Yo resi fini bati kay la, apre plis pase 3 lane. — Li pase preske tout vi l laba. Li pa konn peyi a ankò. — Jiyè se mwa ki pi cho nan ane a. — Mwen pa kwè jan bagay yo ye la a, sa ka vini pi mal pase sa. — Vladimi ta renmen atache Ikrèn a Larisi ankò. — Nan la vi a, gen de lè fò ou fleksib. — Adan ak Èv te toutouni. Men, yo pate wont rete konsa (Jenèz 2:25). — Li te yon vanyan gason lè li te al nan lagè a. Lè l tounen, li se yon estwopye. — Chèf lame a mande pou tou solda ak offisye sanzeksepsyon retounen nan kazèn yo pa pita demen. — Li konnen sa li ekri sou mwen an pa laverite. li jis ekri pou denigre m. — Mwen pa fouti leve nan kabann san yo pa ede mwen. — Janwobè se yon Afriken ki fèt nan peyi Ginen. — Konpayi sa a gen monopòl sèvis telefòn nan peyi. Se sa kifè li monte tarif yo lè li vle. — Chak maten gen yon liy devan konsila meriken a; moun ki bezwen viza. — Li di m pou m dekonekte aparèy la, epi rekonekte l aprè 15 minit konsa. — Gouvèman an gen yon pwogram pou li bwaze tout tèt mòn yo. — Li pa wè zanmi sa a lontan, se sa ki fè li bay yon gwo akolad konsa. — San saliv, bouch yon moun t ap toujou sèch. — Mwen te panse apre goudougoudou a anpil moun tap konvèti. — De vin aprè youn, e anvan twa. — Jilyen gen yon mal kochon nan lakou li a. — Manman m di m pran yon soloba paske manje a poko pare. — Se yon gwo revèy ki pou fè pèp la sòti kote li ye a. — Li divòse 2 fwa. Chak divòs yo koute li yon fòtin. — Yonnasyon se yon ansanm de moun ak yon yon gouvénman santral. — Mwen pa renmen tchyaka. Men manman m renmen fè l. — Li fèt ak yon siy nan mitan fwon li. — Kochon foumi manje foumi ak mit bwa. — Pye Woz sa gen anpil pikan. — Li gen yon abse bò lenn li — Sa a pa yon yon chanm prizon, se yon chanm kay. Misye gen tout bagay li bezwen e siveyan yo trete l ak respè. — Se bouboun ki fè ou rekonèt si yon bebe ki fèk fèt se yon fi. — Birèt diven a preske vid. — Direksyon yo klè. Si ou swiv yo byen w ap rive monte kabinè a. — Direktè a di se aprè kou, li aprann de plan an. — Pou al Okap, fò w travèse Latibonit. — Li gen pwoblèm somèy depi aksidan an. Li paka rive dòmi plis pase 4 trè tan nan yon nwit. — Toma toujou ap fè moun ri. — Li kite mari l poutèt abi. — Jiskoboutism se yon konpòtman iresponsab. Nan politik fò gen pale, chita ansanm. — Li antre nan peyi a ak yon fo paspò zanbyen. — Maten an ou te pozitif. Mwen swete ou rete konsa tout jounen an. — Tajmayal se yon bèl palè ki nan peyi Lend. Se yon wa ki te bati l pou madanm li. — Sòs la rans, men li ka manje. — Nan peyi meriken, gen kèk eta ki legalize mariwana. — Li di nonm nan, se mari l sèlman ki te konn fè l eksite. Depi l mouri a, li pa janm rive sou sa ankò. — Moun ki pa gen anyen ap toujou pa gen anyen. — Li entèdi pou fimen nan restoran e kote moun rasanble.' — Pou tayè ranje pantalon a, fò li defouke li. — Tout moun gen yon limit. Eseye depase ka pote desepsyon ak estrès. — Li sibi twa tès anvan yo rive wè sa li genyen. — Ou plis jwenn bèt yo rele elefan a sou kontinan Afrik ak Azi. — Nou ba li kote pou li rete, konsa li ede ak travay nan lakou a, se yon men ale, men vini — Peyi a tèlman piti, li pa parèt sou kat sa a. — Si tout moun ta met men, nou ta ka rebwaze peyi nan 10 zan. — ­Kiyès nan nou ki ka di mwen kote Desalin fèt, pwofesè a mande. — Apre tranblemanntè a, anpil ki te pèdi kay yo t ap vi anba tant. — Li ap okipe yon fanm ki pa menm renmen l. — Kristof bati yon sitadèl. Sete pou te defann wayòm li a. — Se yon grèv jeneral ki te fè prezidan Lesko bay talon l. — Si w ap chache yon bon ekzanp pou jèn yo, se pa nan katye sa a w ap jwenn li. — Li pote yon chapo pou li ka kache >mark>chimen rat yo. — Mèt la divize klas la an ploton. Chak te gen pou yo travay sou yon tèm. — Sou otowout la, ou ka ale sou senkyèm vitès. — Mwen we foto kandida sa a toupatou. — Se yon tab anbwa masif. — Si ou vle koud ak egwi fen sa a, pwoteje dwèt ou ak yon de. — Madanm nan pote yon bokit dlo sou tèt li. — Lesivyè a ap tòde pye pantalon an pou retire gwo dlo yo. — Ti gason sa a toujou gen yon larim ki ap koule nan nen li. — Pandan vwayaj Pari-Nouyòk, pasajè yo te gen dwa a 3 manje. — Mwen Jowòl ap gouye devan yon cha nan kanaval la. — Anvan Jewòm te konvèti, li te konn di li Labib pa itil li anyen. — Se pa tout moun ki ka bwè kafe fò. — Si nou bezwen peyi a avanse, fò nou achte pwodi lokal. Konsa kòb la rete lakay nou. — Lizyè teren an rive jis sou plaj la. — Nan savann nan mwen wè yon ti bourik. Manman l pat lwen. — Lè nonm sa kite katye a, tout moun kontan. Li te toujou ap chache moun kont. — Se yon Meriken yo te rele Benjamen Franklen ki te envante paratonè. — Mwen gade Janpòl fiks nan je e mwen di li: "Pa panse ou ka blofe m!" — Michèl se yon kourèd. Afé pataje a, li pa konn sa menm. — Yon misyonè kretyen pa dwe pè preche pawòl Bondye. — Sa direktè a mande a tw twòp pou pèsonèl la, yo kabre l. — Prezidan an pral oblije viv ansanm ak yon opozisyon ki gen majorite nan Paleman an. — Li pat dijere kritik la menm lè li te jis. — Terèz se non batèm li, men nou pa konnen siyati li. — Salon kay la laj e li gen yon Chemine — Atake moun sa yo se jwe ak dife wi, se ou ki ap boule alafen. — Se moun san lespri sèlman ki pou kwè nan tewori rasis sa a. Malerezman, gen anpil moun san lespri nan peyi sa a. — Jilèt se yon konpayi ki fè lam razwa. — Se yon forè ki pwès. Si ou pa gen yon gid, ou ka pèdi ladan n. — Sivilizasyon babilonyen an te avanse anpil pou tan an. — Yo arete Elyasen. Sanble misye te fè pati de eskadwon lanmò ki sou lod premye senatè depatman an. — Avèk glisyè fatra a ki ouvè sou kwizin nan, mwen pa bezwen desann pou mwen al jete fatra deyò. — Sou tab la te gen twa ti bwat bè. — End se yon peyi kote ou jwenn anpil moun ki rich ak anpil ki pov. — Eske ou resevwa rapò bank pou mwa ki sot pase a? Non, Mwen poko resevwa l. — Gen yon koukou ki ap dòmi sou yon branch pyebwa a. — Pou plante, fo w fouye. — Yo wete tete li pou anpeche kansè li te gen ladan yo a anvayi lòt pati nan kò l. — Li ouvè òdinatè a jis pou li wè si li gen imèl. — Frewo! li rele m. — Emile pa gen bon repitasyon nan vil la. Tout moun panse li se bakoulou. — Mwen ta di w yon ti koze, men ou pale twòp. — Preske tout Ayisyen renmen mango. — Franmason konsidere moun ki pa nan sosyete yo tankou pwofàn. — Doktè a fè yon ekografi pou fanm ansent la pou wè kouman tibebe a ap devlope nan vant li. — Lèt pa gen sans pou moun ki pa konnen. Men moun ki konnen konprann apre yo fin dechifre l. — Tanpèt la fè kon dega Okay. — Depi w pa dako ak prezidan, patizan li yo rele tèt devan nasyon an. — Yon antèn parabolik. gen fòm yon bòl ki plat. Li la pou resevwa enfòmasyon, oubyen voye yo ale. — Anpil Ayisyen pa janm wè yon kastò nan vi yo, paske pa gen bèt sa yo nan peyi a. — Pandan siklòn nan, se nan yon lekòl li refijye li ak tout fanmi l. — Mwen anwe, gòj mwen ap fè mwen mal. — Misye fè m enmi paske mwen pat vin nan maryaj li. — Bètran nan lopital depi yè pou yon enfeksyon nan poumon. — Misye manke brenn si li paka konprann ti sa a. — Nan repons li a, li zigzage pou evite di laverite. — Yon visprezidan vini apre prezidan an. — "Twa mousketè", se yon liv ke Aleksann Dima ekri. — Diktatè renmen plis flatri ke onètete. — Poukisa li ap sanble bwa sèk? Pou li fè yon boukan. — Yo di bòs Jak se yon gangan. se pa possib. Chak dimanch li al lamès e pran lakominyon — Yon prefiks gen sans pa li, men lè ou mete li devan yon mo, li chanje sans mo a. — Malere ki pa respekte lalwa al nan prizon. Men yo aplodi gran nèg ki fè menm jan an. — Asasina prezidan sete yon trajedi ki plonje peyi a nan yon twou. — Siklòn nan detwi tout rekòt kafe a ane sa a. — Nan sitiyasyon sa a, fò ou panse anvan ou ouvè bouch ou. — Madanm li ale, li kite l ak twa ti moun. — Li kouche sou do pou l panse kouman li pral anonse madanm ni nouvèl la. — Machann yo toujou redwi pri yo lè mache a pral fini. — Limyè sanble li pral fini, li pa briye menm jan an ankò. — Mwen se yon eksepsyon nan lekòl la. Yo aksepte san mwen pa panse ekzamen. — Mwa ki pi frèt bò isit se janvye. — Aristòt, Platon, sete 2 gwo filozòf Grèk. — Premye minis la resevwa tout diplomat yo nan lakou primati a. — Patisan li yo di li se yon trèt paske li te kopere ak opozan yo. — Gato a tèlman bon, mwen pral pran yon 2e tranch. — Kilè 2 moun sa yo ap marye? Dat yo fiyanse. — Lend se yon peyi nan Sid kontinan yo rele Azi a. Kapital li se New Delhi. — Poukisa yo rele youn nan dwèt moun, dwèt jouda? Paske se avè l nou sèvi lè nou bezwen montre yon moun ou yon bagay. Nou pwente l sou moun nan ou sou bagay la. — You tire sou li 3 fwa, li pa pran bal yo, li fèt ak kwaf. — Lajwa pa pou malere. — Li pa janm wè yon jinekològ nan vi. E poutan li se manman 3 pitit. — Misye se yon grandizè. Li toujou ap mete pase genyen. — Dye mwen sèvi a pa nan patipri, men li vle pou respekte, renmen menm jan ou dwe respekte e renmen pwochen w. — Abiman an pa ale ak valiz la. — Antatik se sèl kontinen ki pa gen yon vil. Li kouvri ak glas. — Li kite tout byen li te genyen pou dènye pitit li a. — Li pran 10 sou 10 pou ekzamen an. Tout repons li te sanfay. — Li lè pou m leve e kòmansman fè kèk mouvman. Mwen chita twò lontan. — Anpil bon powèt sòti nan vil Jeremi. — Bon papa pa abandonnen pitit yo. — Anpil eritye pa dakò ak jan pataj byen yo fèt la. — Mèt mete valiz la sou biwo a. — Depi lè a rive, mwen ap chape poul mwen. — Denonse dirijan pati a? Pou kèk moun se yon zak ki mande kouraj, men pou lòt, se yon gwo erezi. — Si ou klike sou bouton sa a, ou ka efase tout dokiman an. — Gen yon siy sou sitèn ki di ke sa ki anndan li a ka pran dife fasil. Pou fè atansyon. — Gouvènman fèk achte yon douzenn pou lame peyi a. — Chansrèl se yon lopital ki resevwa fanm sèlman. — Manno gen yon espri koridò. Pa pèdi tan w pale de koze sa a avè l. — Lè mwen te piti, mwen te konn chante desalinyèn nan chak maten. — Li fè pati de de pèp la, men kòm depite li pa travay pou pèp la. — Se yon lwanjè ki toujou ap pale reyisit li. — Se yon dam ki jwe vyolon byen, kidonk li se yon bon vyolonis. — Leyogàn se yon vil nan peyi Dayiti. — Minis la jis parèt nan biwo a maten an. — Nan kan an, gen 2 ou 3 eskout ki responsab pou sanble dife, e 4 lòt ki pou prepare dejene yo. — Lè m gen yon pwoblèm ki ap trakase m, se ap Bondye mwen pale. — Kote ki gen lòd,gen pwogrè. — Anpil jwèt lespri mande entelijans, atansyon pou detay ak konsantrasyon. — Chal al pase fèt la Florida, kote li fè cho. — Li pa janm di moun laj la, men mwen pa ka devine. — Li pati. Li kite chen an nan kay. Bèt la depatchya sofa nan salon an. — Yo di se yon espedisyon yo fè dèyè l ki fè li malad la. Olye yo al wè yon doktè avèl, fanmi al kay yon wougan. — Mo lokatè gen 3 silab: lo-ka-tè. — Jan ou penyen a fè w parèt granmoun. — Li pran chik nan mache pye atè. — Se kote ki fè frèt anpil, tankou nan Nò Kanada, ou jwenn moun pote manto paka. — Sa fè dezyèm fwa li genyen nan lotri. — Manno se pastè nan yon legliz batis. — Se yon polisye rasis ki desann JanPòl jis paske li nwa. — Mari se zanmi Ana depi lè yo te lekòl kay Mè yo. — Ofisyèlman, ajans sa a pa fè pati de leta. Men li gen yon bidjè ki sòti nan kès leta. — Li ap chèche yon sekretè. Li mande m si m konn yon moun ki kalifye pou sa. — Nan savann nan gen yon towo. — Premye fwa mwen wè yon lanp ki mache ak alkòl. — Se nan yon kounouk li rete avec manman l. — Akiponkti se yon teknik ki ede moun kwape estrès ak lòt sentòm. — Doktè a preskri l sipozitwa pou konstipasyon an. — Rad la ta fè l byen si koulè jip la te koresponn ak kosay la. — Nan sal la, gen moun ki di Amèn pou montre yo dakò ak pastè a, gen lot ki jis di wi ak tèt yo. — Bra dwa Jowèl nan yon echap. Li te tonbe e kase yon zo nan avanbra a. — Li al dòmi sou, se sa ki fè li leve an malmakak konsa. — San espyonay, Izrayèl a pa tap kenbe. — Aleksand Petyon, se premye prezidan Dayiti. — Li gen yon konpòtman timoun toujou. Li poko pare pou gwo responsabilite sa a. — Non sèlman li tronpe lanmò nan aksidan, li sòti san yon ti blese. — Lè ou se manman pitit, ou toujou ap viv ak lapè pou pitit ou yo; menm lè ou konnen ou byen. — Jij la di se mwen peye mil goud pou reparasyon. — Mawòk se yon peyi ki nan Nòdès kontinan yo rele Afrik la. Kapital li rele Raba. — Pola di Rini li pap kouche avèk li toutan li pa mete yon bag nan dwèt li. — Li di fanm nan frèt, se ka fè li deside pran yon madanm deyò. — Pak la chaje ak timoun ki ap jwe, granmoun ki ap kouri e jèn ki pran randevou ak menaj yo. — Li pa yon moun ki konn bese tèt devan lòt. — Pwoz se ekri jan ou panse. — Nan mitan gòf la, nou jwen yon zile ki rele Lagonav. — Li te nan tout sa ki pa bon apre divòs la. — Si ou panse ou pral jwe avèk santiman fanm nan, li pap bon pou ou. — Pa gen anyen pwofitab nan jwe domino tout lajounen. — Prezidan konpayi ap plenyen. Li di depans yo vin pi plis aloske kòb li antre yo regrese. — Li panse li te sèl kòk nan Komin nan jiska ke li rankontre ak mèt ke li lè yon nonmen yon jèn lyetnan nan kazèn nan. — Yo mete Michèl deyò nan lekòl kay frè yo poutèt konpòtman agresif li. — Mwen prevwa ke san pral koule pandan divòs la, paske nèg la ak madanm nan pare pou youn dechire lòt. — Makiyaj la fè li parèt pi granmoun pase laj li. — Li sèvi ak tenik estenografi pou li pran rapò bòs li a. — Ekip lokal la chifonnen ekip ki t ap vizite a. Yo ba yo 5 gòl san yo pa pran youn menm. — Syèl la klè, pa gen yon ti nyaj menm. — Oumanke m anpil, li di manman li. — Nan lakou vwazen a, gen yon tranplen. Mwen wè timoun li yo k ap sote sou li. — Lora fèk achte yon machin. — Las Vegas se pi gwo vil Nevada. Men li pa kapital eta sa a. Kapital Nevada se Kasonn [Carson]. — Li avili mari a devan jij la pandan divòs la. — Lè dimanch, nou manje nan asyèt fayens. — Si w pa gen yon tikè aleretou, yo pap kite w pase imigrasyon. — Li gen yon filozofi, se jwi lavi a pandan ou kapab. — Arachnid , se yon kalte ti bèt ki gen 8 pat, 4 de chak kote. Arenyen ak eskòpyon se 2 bèt ki nan klas sa a. — Sikilation a pat bon menm maten nan mitan vil la. — Edip se yon non nan mitoloji grèk la kite tèlman jalou de manman l, li touye papa l. — Depi midi radyo ap anonse ke yo gwo nouvèl pral tonbe. Se te Yon pakèt bri pou anyen. Sete yon nouvèl tout moun te konnen. — Se yon travay monden ki pa mande ni entelijans, ni énèji. — Misye pèdi lòlòy li depi aksidan an. — Yo sansire liv la paske yo di li ap eksite jén yo ki deja paka kontwole tandans sanswél yo. — Li pa fimen sigarèt se ak pip li sèvi. — Li parèt tankou yon abodjò, men li konn byen sa li ap fè. — Matye se premye nan kat levanjil yo. — Teren sa a rich. Tout sa ou plante ladann donnen. — Sou presyon, li mete kaka chat deyò gwoup la deyò. — 5 goud gen 10 de gouden. — Li vle chanje règ jwèt la san li pa avèti pèsonn moun. — M ap siveye faktè a paske m ap tann yon lèt ki ap sot lwen e ki enpòtan anpil. — Polo vin lakay la souvan. M ap mande si li gen yon bagay dèyè tèt li. — Nan tan fredi, manman toujou tranpe pye l nan yon chofpye avan li al domi. — Ou toujou ap lage bagay atè! — Pè a konsakre osti yo nan mitan lamès la. — An li al nan vakans, li debranche tout aparèy nan kay la. — Ekran monitè a bezwen netwaye. — Zwazo fin dechèpiye jaden mayi a. — Li pa gen lòt byen ke kay la. — Si ou se yon kretyen, ou paka di ou pa janm padonen. — Lontan, moun te pito deplase ak chèk vwayaj, olye yo mache ak lajan likid sou yo. Kounyeya yo sèvi ak kat kredi pito. — An Ayiti, anpil nan katye popilè rele site: Site solèy ke yo te rele anvan Site Simòn se youn nan yo. — Galile se yon ti village ou jwenn nan Nò Izrayèl. — Divòs la fè misye mache ak sèl kanson. — Yon depoze yon bouke flè nan sit aksidan an. — An 1915, lame meriken entèveni an Ayiti e okipe l pandan 19 lane. — Pale mal de legliz te konsidere yon erezi. Yo te ka boule w pou sa. — Yon nich myèl se kote gen anpil aktivite. — Gouvènman an ap defann lelit. Mizè pèp la pa di l anyen. — Li te kòmanse pran dwòg lè l te 15 zan. — Prezidan an fè yon diskou an franse, pa gen moun ki konprann li. — jèn sa yo pa respekte granmoun. — Ou ka ajoute sèl si manje a pa sale ase pou ou. — Yo di Izrayèl se pèp Bondye. — Je se setyèm let nan alfabè a. — Nan espas de 2 mwa, mwen fè kòb mwen pat konn fè nan yon ane. — Li deside fè kalewès jodiya. Li merite sa apre yon semenn di nan travay li a. — Gen plis pase 300 espès chatwouy. Yon ti ponyen gen pwazon ki ka touye moun. — Pase farin nan nan paswa pou elimine boul yo. — Yè swa, volè antre nan jaden bannann bòs Acelòm la, yo pran tout blè rejim yo. — Nan chanpyona a, ekip nou an toujou rete antèt avèk 20 pwen. — Chèk sou fwontyè te pi fasil ke mwen te panse. — Li pran san li pou li ekri lèt la paske li pa vle ke yo tòde mo li yo. — Patwon a rabwoure sekretè a devan yon kliyan yo. Se sa ki fè li kite travay la san preavi. — Nan peyi sa a , politisyen yo se premye moun ki pase lwa yo anba pye. — Lontan, ou te ka antre nan yon legliz pou pran azil kont san manman. Se pa menm bagay jodiya. San manman pa respekte menm Legliz. — Li vle fè moun konnen li se yon towo gronde, paske li gen yon zam nan men l. San zam nan, li se yon bòbòy. — Mwen pa bezwen konnen lavi prive pèsonn moun. Sa oa gade m. — Saridon se yon medikaman ki soulaje doulè. — Wougan a trase yon vèvè nan mitan peristil anvan seremoni a. — Gouvènman siye yon pwotokòl ak peyi vwazen an. — Li mete chak tip dokiman nan yon Katab. — Doktè a voye l al fè yon tès pou detekte nivo sik ki nan san l. — Li prete yon kòb nan yon bank. Pou sa li mete kay li a tankou yon garanti/ — Anpil moun al nan mache jodiya. Demen n ap gen yon tanpèt nèj. — Nan anpil fim ameriken ou franse, detektiv yo toujou pote yon manto tranch. — Fanm nan ap plede pale mwen mal ak tout moun nan fanmi m. — Bò letan an, te gen 4 bwafouye. — Jòj travèse lari san li pa gade. Yon machin manke frape l. — Depi 6 mwa, Maslen fè pati de chomeko yo. Tout kote li frape, yo di yo pa bezwen moun. — Machan yo layite tout machandiz yo sou twotwa a ki fèt pou pyeton. — Yo gen yon pwojè yon telekabin ki ap sòti nan pye mòn pou rive jis tèt li. — 2 moun sa yo marye depi 45 lane. Youn toujou gen devosyon pou lòt. — Li leve ak yon migrèn paske li pa dòmi byen yè swa. — Mwen bezwen pran yon jou pou m netwaye amwa a de tout djanni ki ladan l. — Li marye ak yon bon moun. — Se yon timoun anmèdan. Se toujou lè ou okipe pou li vin mande w yon bagay. — Se yon sekrè, mwen di li. Li pwomèt li ap kenbe l. Mwen te kwè l. — Kouman pou m pran Jak oserye, lè li toujou ap pase moun nan betiz e bay blag kote li pase. — Depi lè li te refize pote non mari li aprè maryaj la, mwen te konnen sa pa tap dire. Yo divòse. — Se kleren li bwè, li pa renmen koyak. — Mèt la malad, li pa vini jodiya. Direktè a tounen yon ranplasan. — Sou pant sa a, fò ou chanje vitès bisiklèt la. — Li pa santi li byen maten an. — Pran san w, Mona, tout moun ka fè erè sa a. — Radiyografi a moutre ke zo pous la te vrèman kase. — Ou pa janm konnen! Si ou jwe lotri ou ka genyen. — Mwen voye yon telegraf pou mwen di m ap rive demen. Mwen swete yo resevwa l. — Depi fi sa a leve, li ap babye. — Madanm sa a toujou ap di li fè yon vizyon. — Dezyèm mitan an fini menm jan ak premye a. Eki yo t ap jwe tankou yo pa vle genyen. — Tout Ayisyen konsekan dwe mete yo ansanm pou yo proteje e defann peyi a. — Si ou rive memorize tout chif sa yo , memwa w bon toujou. — Se yo gwo kolizyon. Se yon mirak, pa gen moun mouri. — Si konferans la te kòmanse alè, ou t ap rive anreta. — Fi a refize remarye aprè mari l mouri. Li di li pap bay pitit li bopè. — Zache se yon nonm ki te resevwa Jezi lakay li. — Se premye fwa mwen wè flannè sa a nan katye. Kote li prale? Kote li sòti? — Madanm nan chanje twotwa lè li wè li gwoup mesye t ap vini anfas li. — Dechire ki nan kè li a pap janm geri.' — Si ou pa gen bon zouti, ou pap kapab fè travay la. — Li fèt ak 6 dwèt nan chak men — Li pran gwosè panda vakans la. — Beny lanmè bon pou kò kraze. — Gen yon paskèt bri kap kouri nan lari ke gouvènman pral tonbe. — Ki lang yo pale Latiki? Yo pale lang Tik. — Nan sote kòd, nanpwen moun ki bat janin. — Yon moun gen 10 zòtèy. 5 nan chak pye. — Nan 20 dènye ane sa yo, lemonn evolye plis pase nan 200 lane anvan yo. — Yo jwenn timoun ki te pèdi nan bwa a. — Si ekip la pa chanje taktik, li pap rive lwen nan chanpyona a ane sa a. — Polisye yo ouvri zàm sou manifestan yo. — Mwen pa di ou pou pa kwè nan zanmitay, men fanmi pi enpòtan. — Senatè a ap woule gouvènman an debò. Li pran poz avè l pandan li ap vote kont li. — Nyaj Òt se yon pakèt komèt ki antoure solèy la ak planèl li yo. — Nan chak fanmi, w ap jwenn omwen yon gason ki rele Jan. — Tab la gen yon mak ki pat la yè swa. — Alp se yon seri de mòn ki separe Lafrans ak Itali. — Ou bezwen yon si a meto pou ou koupe tiyo a. — Yon senp majorite se 50% plis youn. — Dlo rivyè a kite wout li e anvayi tout plenn nan. — Apre sa Eliz fè m nan, mwen pap janm padonen l. — Nan chache papa gason li pa janm rive marye. — Menm lè li pa ekri ankò, li kontinye ak resevwa dwa pou liv li deja ekri yo. — Bondye ap pwoteje w Kounyeya e poutoutan. — Lè l te di dam nan li renmen l Kounyeya e poutoutan, sete pawòl anlè. — Zòn nan pa gen kouran de pi 5 jou. — Jij la di mwen gen 2 posibilite. Oubyen remèt lajan a ak enterè, oubyen al nan prizon. — Li rele premye pitit li Dafne. Se yon fi. — Si bato a te sou chimen toubiyon an, tout moun ladan n t ap peri. — Anpil moun konsidere fèy lougawou tankou yon fèy mirak. Sa ki pi bon nan plant ki bay fèy sa a, li ka devlope nan tout tè e li pa bezwen anpil dlo. — Depi m parèt, mwen wè kiyès ki chèf kanbiz la. Li ap anime, li ap ankouraje, li ap ede. E tout moun ap swiv lòd li. — Misye di bòs Jil se yon sangwen se sa ki fè li pat vle ba li lanmen. — Lwa sou imigrasyon fòse anpil moun ki pa gen pèmi rezidans antre nan kache. — Samdi ki ap vini a, mwen pral asiste yon konsè mizik klasik. — Li te di m li pa grangou; epi li manje tout plat yo ba li a e menm double. — Blese a geri men li kite yon mak sou kò li. — Kalewès pa bay. — Asasen an tounen yon jwèt lespripou lapolis. — Se yon zanmi entim depi lè mwen te nan klas primè. — Zoulou se yon gwoup etnik ou jwen nan peyi Sifafrik. — Met izin nan asiyen yon jounalis poutèt li ekri yon atik ki denonse kondisyon travayè li yo. — Li se direktè pwofesè ki te trete l de djèdjè lè li te nan fakilte a. — Li di m pou m mete manje anba ti dife pou m chofe san mwen pa brile l. — Li rive ta nan aswè. Li pat gentan pou fè anyen. — Dèyè fi sa twò gwo. Li pa natirèl. — Pou fèt li, papa l ba li yon gòl pou li al peche pwason. — Tou pre pak la, gen yon pakèt magazen souvni. Men yo vann chè. — Janèt te fè 2 foskouch anvan li te rive fè Ti Pòl. — Moun nan peyi Zayi rele Zayiwa . — Makout la kalòte l devan zanmi l. Li fè sèman li ap fè l peye sa. — Men vizite yon katakonm nan vill Wòm. Se yon repozwa zosman premie kretyen yo. — Pou moun ki pa konnen, sa li ap di yo ka parèt pawòl anlè. Men yo gen sans pou moun ki konnen. — Sa tifi a mete sou popyè konsa. Li fè l sanble yon kaprina. — Jaki malad, li pral kay doktè maten an. — Dyaz la gen 3 saksofonis. Gen youn ladan yo ki malad. Pou sa yo anile konsè a. — Se yon moun ki byenkoni nan bouk la. Depi w rive ou mande pou li y ap monre w kote li rete. — Lwi 16 se dènye Wa Lafrans. — Nan seremoni maryaj, pastè di marye yo pou yo fè anpil efò pou lavi yo pa tounen yon woutin. Paske woutin touye maryaj. — W ap fasil pou rekonèt li, li gen yon mèch cheve blanch devant tèt li. — Poul la bon, men li gen twòp lay. — Li prefere vann machin pou preske anyen, olye li repare domaj yo apre aksisan an. — Pandan li te nan magazen a, lapolis klipse yon sabo sou kawoutchou machin li a. Li oblije kouri al peye kontravansyon li te dwe yo. — Mwen mande l kote li prale, li di m okenn kote, li jis ap fè yon ti mache pou chanje lide nan tèt. — Nan domino, moun ki gen yon doubsis dwe komanse jwèt la. — Depi yè li ap plenyen ak yon doulè sou dopye li. — Li renmen koulè twal la, men li pa renmen kalite a. — Li pa gen sik. Li sèvi ak melas pou li sikre kafe a. — Lè l rive nan ayewopò a li wè l te bliye paspò l. — Polisye frape pòt la. Lè nou ouvri li montre nou baj li pou li idantifye l. — Mwen sezi wè sa timoun sa yo ka fè ak yon jwèt yoyo. — Jodiya sèlman mèkredi, mwen gentan fatige; mwen pa konn kouman mwen pral fini semenn nan. — Kapital peyi Swèd rele Stòkòl. — Yo t'lman kenbe di, anpeche l sòti, li di li santi w tankou yon otaj. — Mwen poze l yon kesyon, li reponn mwen ak yon pwovèb kreyòl. Mwen konprann trapde. — Se chak jedi yo ranmase fatra nan katye sa a.' — Elèv ki anwole nan inivèsite sa a ane sa a, ap peye plis kòb. — Gen yon ti nèj ki ap tonbe. Li kite yon plak sou chimen kote moun pa pase. — Yo di Bòs Jewò se yon wougan ki konvèti. — Si ou te mete yon ti pwav nan sòs, li t ap pi bon. — Li deside kite peyi. Li pral pran kanntè aswè a. — Se chak 6 mwa li achte rad pou pitit la ki ap grandi. — Yon pentagram se yon etwal ki gen 5 pwent. Gen anpil gwoup relijye ki adopte pou senbòl. — Janin bay yon vèsman nan twalèt. Li manje yon bagay ki pa fè li byen. — Lè li antre nan ministè a, li jwenn yon tout voum sou do. Moun antre sòti jan yo vle, fichye gaye toupatou. — Li peye mwatye nan dèt li te pran pou li t al nan inivèsite a. Nan 4 lane, li ap fin peye tout, si plan li a mache. — Ou wè misye te viril lè li te jèn gason. — Klasman tout dokiman kriminèl yo, se travay mwen jodiya. — Anpil arenyen fè twal. Twal sa a se yon pyèj pou lòt tibèt. Men tou, li sèvi pou kenbe yon ti sak kote yo mete ze yo. — Kwis fanm nan ap fè 2 ponyèt mwen. — Nan kabinè a, mwen wè kèk bòl soup. Men, mwen pa wè asyèt. — Mwen rele anmwe lè mwen li kontè dlo a. — Ou wè Jèta sot nan vakans nan yon peyi solèy. Po li vin yon jan fonse. — Se pa ti tò atik la fè minis la. Kounyeya avoka l ap trennen jounalis la devan lajistis. — Polo se yon bon najè, li ale jis sou resif ou wè lòt bòt nan lanmè a alanaj. — Mwen rayi ayewopò. Tout moun prese. Tout moun panse se yo sèlman ki sou tè a. — Apre 10 zè sou wout la, yo deside chache yon motèl kote yo ka pase nwit la. — Kominis se yon ideyoloji ate. — Chak fen semenn, pandan vakans la, nou al sou plaj. — Moun save nan konferans la, depatchya yon tewori sou kansè. — Li rape lajan an nan men mwen. — Premye moun ki te rive fè sik bètrav sete yon alman yo te rele Andre Sigismund Marggraf, — Ozval se yon non ki popilè nan vil sa a. Yon ka gason pote non an. — Menm lè li tap soufri ak tranche a, li refize epidiral la. — se yon lekòl espesyal. Li resevwa timoun soud e aprann yo langaj siy. — Bondye kondane sodomi. — JanPòl te di li t ap pase chache m a midi. Kounyeya li midi edemi. M ap anreta nan randevou a. — Si w bezwen lèt la rive pi vit, se pou w voye l pa avyon. — Li ale kay yon kwafè. Li soti ak yon tèt kokolo. — Nou gen 2 lang ofisyèl: Kreyòl, ki lang manman nou, ak franse a ke nou eritye de kolon franse yo. — Sou 24 ekip ki ap patisipe nan chanpyona a, ekip yo re le Bakadi a vin an ventyèm pozisyon. — Grenn mango nou plante nan jaden ap boujonnen. — Foul la ki fomen nan kwen lari kreye enterè kèk jenn ki tap jwe tou pre a. — Li ka gen repons pou tout bagay, men sa pa vle di sa li di a bon. — Nan vil sa a gen 75% san travail. Majorite se gason. — Pen an vin trò di pou manje l. Men ou kapab fè soup ak li. — Li andemon paske li pa jwenn sa li t ap tann nan. — Li montre plis afeksyon pou chen lakay li ke pou fanmi l. — Li kite pòt la baye. Konsa li ap konnen lè ti nonm nan antre. — Vwazin nan mouri yon mwa apre mari l. Sete yo gwo kou pou timoun li yo, — Lanmè Kaspyan se yon gwo lak dlo sale ki touche 4 peyi: Larisi, Lazebadjan, Tukmenistan, Iran ak Kazakstan. — Patrick mawon. Li dwe anpil moun gwo lajan. — Se pa yon solisyon pratik minis la pwopoze. Anvan tou, pa gen kòb. E se yon solisyon ki mande anpil kòb. — Li antre nan yon sòl pou li ka achte yon machin. Li ap pran dènye men an. — Gen 4 tip saksofòn. Gen saksofòn soprano, alto, tenò e baritòn. — Simityè, nan tèt li, se yon kote ki bay laperèz. — Yon pesimis, li di, pa gen plas li nan gwoup la, paske li pap fè nou avanse. — Asasen an trangle l. Se konsa li mouri. — Mwen pantan sou Jan sou yon plaj Jakmèl. — "Pa janm refize ede yon moun ki bezwen èd ou", se konsèy sa papa m te ban mwen anvan li mouri. — Elèv yo rele ti nonm nan nèg mòn poutèt jan li mache a. — Li fini ak etid medsin yo, li se yon entèn kounyeya. — Sanble gen yon dife pa lwen a. Mwen tande machin papye. — Chak aprèmidi, madanm nan mennen tigason a nan pak pou li al jwe, rankontre timoun parèy li. — Pou gòj fè mal la, yo rekòmande pou m gagari ak dlo sale. — An Ayiti, pa gen yon mache pou teknoloji sa. — Li renmen diri ak zanchwa. — Pou pliye yon moun fò ou gen ototite sou li. — Mwen chita pandan 2 zè ak directè a. Nou pale de yon pwojè ki ka pwofite konpayi a. — Lagè a separe frè ak frè. Manman ak papa, madanm ak mouche. — Yo di nanpwen pwoblèm ki pa gen solisyon, men nou ka pa renmen solisyon an. — Nijeryen a lese tout lòt moun yo dèyè nan maraton an. — Lè machann nan rele w "ti cheri", sa pa vle di anyen. Se tchoule li ap tchoule pou ou achte nan men l. — Tou moun bezwen konnen Kote li rete. — Aksidan an mete yon kabouyay sou wout la. — Moun yo ak sispèk si ou kòmanse poze kesyon ki dwòl. — Akoz de lapli a, elèv yo pase tout tan rekreyasyon an nan jimnazyòm nan. — Jandam nan bay nonm nan yon kout kwòs fizi anvan li arete l. — Marye ak yon moun ou pa renmen ka tounen yon doulè kalvè. — Misye di li razè paske li sot fè yon bann depans, men mwen konnen se pa vre. Li chaje lajan labank.' — Jòj gen yon diplòm nan sosyoloji. — Madanm sa a pat fèt pou li gen timoun. Li toujou ap maltrete pitit li yo. — Se yon sèl foto ke mwen renmen nan albòm sa a. — Sa ou ap fè ak sa. — Gine Bisawo se yon peyi ki sou kontinan yo rele Afrik la. Kapital li se Bisawo. — Lè li te antre an Frans, li pat ka di yon mo franse. Jodiya, li se yon pwofesè Lasòbòn. — Mwen pa kwè medikaman sa efikas ankò. — Antikominis se yon ideyoloji ki opoze kominis ak maksis. — Yo debwaze yon pati nan forè pou fè yon wout. — Ou pa ka pran gwo desizyon politik ak tonton ou palmis. — Mas se twazyèm mwa nan ane a. — Lè depite di moun yo Ayiti pap mouri. Anpil nan foul reponn "Ayibobo!". Lòt jis bat bravo. — Bag la nan yon kofrè. E li bliye kote li mete kofrè a. — Se yon vis fware. Li pa sèvi a anyen. — Penti nan fetay kay la ap dekale. — Li di ke manje diri a gen twòp grès. — Madanm sa a se yon fouyapòt. Kenbe bouch ou avè l. — Li fè anpil efò pou sa pa rive. Se pa fòt li. — Pou ou penyen chou, fòk ou gen chive. — Katye a tankou yon zòn abandone. Tout jèn yo kite l. — Si se sa mwen renmen sélman mwen te konn manje, mwen t ap mouri grangrou. — Sete yon vwayaj ki te long anpil. Sou rive menm dòmi sou wout. — Li tounen sou ban inivèsite pou li mete l ajou — Li rele pou li mande kouman match la ye. Mwen di li ekip nou an ap mennen pa 2 a zewo pou kounyeya — Poukisa li fè sa a? Mwen vrèman pa konprann poukisa li fè sa a. — Li ap defann lagè a paske se pa pitit li ki ap mouri anba zam ak bonm. — Bondye chwazi Moyiz pou mennen pèp li a sou wout delivrans. — Moun sa yo pa marye piti fi ak nenpòt ki moun non. — Tablo sa a se yon kopi, orijinal la nan yon mize an Itali. — Pandan gwo manifestasyon ap fè kont li, prezidan an rete ak tout sanfwa l. — Li pa janm vwayaje san medikaman li yo. — Se yon yon travay ki ka fè yon moun parèt aje apre kèk mwa. — "Vrèman!" li di mwen, mwen pat wè li konsa. — Mwen pa ta janm panse ke Janin ta yon fanm madivin. — Sovè antre tou gri yè swa. Se pou sa live ak tèt fè mal maten an. — Nan ki kontinan ou jwenn Venezuela? Amerik. — Yon manman pa janm gen yon ranplasan. — Sou plaj la, gen kabin kote ou ka al dezabiye w. — Fanm nan deside gate fiyansay la. Fanmi nèg la pat konnen tout rezon ki kondwi a desizyon an, men lè yo vin aprann tout istwa a, yo bay fanm nan rezon nan pla men li. — Yon bann mawon ap viv nan mòn. Se esklav ki kite plantasyon yo e ki ap chache lalibète. — Gen kote sou wout Jakmèl la, ou jwenn falèz adwat, falèz agoch. — Fanmi mwen malere, men nou pa bese tèt devan moun. — Doktè a konsilte 8 pasyan maten an. — Yo fete manman dènye dimanch mwa Me. — Nan lagè yo toujou voye kavalye yo devan. — Yo mande l si li gen yon lyen fanmi ak misye a. — Si ou vle detwi vye bèt malveyan sa yo se pwazon pou mete pou yo. — Gen yon liv nan Labib ki pote non Jozye. Ou jwenn li nan Ansyen Testaman. — Mwen sonje misye lè li te lekòl. Li te parèt yon kòkòb. Gade jodya, se youn nan moun ki pi rich nan peyi a. — Li ap di ke se nan lelit li rete. Men li wont di kote li te fèt. — Mari se boubout Jak. — Depi m parèt devan kay fi a, manman l di m, Abonocho! e papa al chache manchèt li. — Ak tan frèt sa, se sè yon manto paka ki ka pwoteje w tout bon. — Lapli a tonbe ak glas. Lari a glise. — Madanm li al nan yon salon pou yon mizanpli nan cheve l. — Se yon moun ki gen lajan, men ki fè anpil byen. Li fonde yon lopital kote lite fèt la. — Avèk sekrè sa a ou konnen sou minis la, ou ka fè l mache. — Li pa fè efò pou li jwenn yon travay paske li konnen li ka toujou geri bosko l sou fanmi. — Pap la se chèf Vatikan, Eta ki pi piti nan lemond. — Kopye travay yon atis san yo ba li kredi, se vòlè. — Dife a devore kay bwa a.' — Kamyon bwat la te chanje ak madan sara. Yo t ap siveye machandiz yo pandan y ap pale tout koze. — Pou transpò materyo sa yo, nou ap bezwen yon kamyon pa yon kamyonèt. — Se konsa grip la kòmanse, yon gòj fè mal. — Chak fwa li pran medikaman sa a, li rann fyèl li. Doktè a di li pa pran li ankò. — Gen yon bèt yo rele parès. yo gen 3 zon long nan chak pye. — Se li ki ap okipe l de. Men li gen èd de lòt kolèg li yo. — Moun ki ap fè paj pou entènèt sèvi anpil ak chevwon. — Lè li aprann sa yo fè l la, misye mande anraje. — Bèlè se te katye gran nèg lontan, kounyeya, li tounen yon katye popilè. — Li gen yon grenn diri ki pase antravè nan gozye l. — Sen Franswa Dasiz se pawas komin Grangwav. — Si ou pa ranfòse pilye sa a, kay la pap kenbe lontan non. — San siyati madanm ou, dokiman an pa gen valè. — 2 bèl sè sa yo tankou 2 sè tèlman yo antann yo byen. — Bibliyotèk se yon depo enfòmasyon. — Pa gen anpil moun ki fé apikilti nan peyi a. — Pati politik sa a se alye gouvènman an. — Yo arete yon doktè ki te pratike etanazi sou yon pasyan l, menm lè pasyan n ak fanmi l te dakò. — Pou ka fè pli ekonomi, li pliye papye sable a an de. — Tete lonbrik se yon kondisyon ke ou pa wè souvan. Si yon moun pat fèt ak li, fò li pran l oserye. — Marengwen a pa pike m, men li ap boudonnen bò zorèy mwen. — Timoun ki nan dantisyon toujou ap malad. — Fent Jozye a reyisi, tout moun panse li ta pral pase balon bay lateral goch la. Li choute l. Epi gòl. — Gen anpil gwo zotobre ki pote non Jil, Youn ladan yo se Jil Seza, anprè women. — Malad e ajite anpil. Doktè yo deside ogmante dòz medikaman a pou yo ka rive trankilize l. — Antrenè a di jwè yo kòlmòzò pa gen plas yo nan ekip la. — Se pa yon fanm ki ap sakrifye tèt li pou lòt moun. — Ekonomi mache a, se yon sijè li kontwole byen. — Mata te tèlmnan gen pwoblèm nan dènye jou ansent la, yo kouri fè l sezaryèn pou yo pran pitit la. — Nèg mòn pa parese ni pwofitè tankou moun lavil. — Pagen yon moun nwa nan direksyon sendika a. — Kapitalis opoze ak kominis. Youn pwofite yon ti gwoup moun, lòt la di tout moun dwe jwenn. — Li re rete nan yon kay 3 etaj. — Si m te di w sa m panse tout bon, ou t ap fache avè m. — Tout moun nan estad wè fòt la, sof abit la. — Palmis pa leve nan peyi ki fè frèt tankou Kanada. — Nan restoran an, li mande yon woti. — Se yon nonm ki aprann byen bonè nan lavi a ke sou fòs ponyet li li ka konte. — Vantilatè a pa sèvi anyen. Se lè cho a li ap vire. M ap etenn li. — Fi a pase 5 jou ap soufri ak tranche anvan li akouche. — Ouvè pèsyen yo pou reyon solèy la antre nan chanm nan. — Konsila refize bay misye yon viza pou l al kay doktè lòt bò. — Chak semenn gen 4 a 5 bato Kwazyè ki mennen touris Labadi. — San zam nan, li se yon bòbòy ki pap menm k defann defann tèt li. — Jan m wè vant Èsil ak tire a, li gen lè ansent. — Li ekri tout pwojè a pou kont li. — Li di li se mason, et li pa menm gen yon tiwèl. — Nan yon paleman toujou gen dezagreman. — Kolè pa janm rezoud anyen. — Aprè konsiderasyon, mwen deside mwen pap vote pou kandida a ankò. — Lafyèv, doulè nan mis, pa ka dòmi, se yon move siy. Mwenmenm ou menm, mwen t ap wè yon doktè. — Diskou a chaje ak souzantandi. Yo di se yon mesaj li t ap voye bay moun ki toujou ap kritike l yo. — Sa l fè repiye anpil moun. Men pou kèk moun, sa pa di yo anyen. — Mwen sezi tande Loran rele ivòn chou, yo renmen. — Lontan sete lame sèlman ki te gen monopòl zam an Ayiti. — Ti gason a tizonnen kabrit yo pou fòse yo antre nan lakou a. — Ilandè se premye lang ofisyèl an Iland. Dezyèm nan se angle. — Li mete kèk fèy lorye nan kivèt la dlo li. Sa bay dlo a yon bon sant. — Jwa! Se pa sa mwen li sou figi l. — Si ou dezipe pantalon w lè ou ale nan twalèt, fò ou sonje zipe l anvan ou sòti. — Pou kretyen yo, Jezikri se mesi a. — Aleksand Legran se yon chèf militè nan tan lontan kitap mache pran peyi pa lòt moun. — Gen yon bato Kwazyè ki antre nan rad la. — Te gen yon dezamoni ant 2 moun. Yo chak rete sou pozisyon yo. — Peyi a nan lagè. Tout gason ki gen plis pase 18 lane e mwens pass 50 tan dwe enkri nan yon kazèn militè e prepare yo pou yo ale nan batay. — Solèy la woti, paske li pat pase krèm sou po l. — Pami zansèt li yo, li gen yon jeneral, men li gen tou yon gwo volò. — Se yon nonm ki gen yon tanperaman de yon kako. Depi l pa renmen politik yon gouvènman, li leve kont li. — Dapre otopsi a, parenn mwen mouri toufe. — Mwen pa fè moun ki wont de manman yo konfyans. — Dans Labib, Elizabèt se non manman pwofèt JanBatis, Se kousin Mari, manman Jezi. — Aprè tout vye bagay sa yo li fè, li pa menm wont. — Nan laboratwa sa a tout erè ka tounen yon gwo danje. — Nou vin granmoun chak fwa nou respire. — Si ou aksepte favè sa a nan men misye, w ap dwe l tout lavi w. — Si mwen te gen yon machin pou tounen dèyè, mwen tap renmen tounen nan denye ane lekòl mwen. — Nis se yon vil ki nan sid Lafrans. Li pa lwen Monako. — Pou yon ti krik ti krak, li fache. Se yon moun ki ap toujou gen pwoblèm. — Gen danje toulede kote yo. Se prekosyon pou ou toujou pran. — Rèn nan renmen danse, e li renmen moun ki konn danse. — Vwazen yo mete pwazon rat nan lakou yo. — Li sòti entak nan aksidan an.' — Anvan li pase rivyè a, li chankre, se sa ki fè li rive anvan tout moun. — Mwen rele, mwen mande pou Mod Yo di yo pa konn moun ak non sa a. — Tant Mari renmen sèvi moun ki vin yon vè sitwonad. — Granmoun sa a toujou mete fo pwal je. — Li pa manje depi yè, se sa ki fè li tonbe a. Se feblès. — Berejenn ak li pa zanmi, depi li manje l, li gen tchouloulou. — Mwen lwen paran m, nan yon peyi etranje. Mwen santi m tankou yon òfelen. — Cha dimanch, anvan li al legliz, li toujou al fè yon pwomnad sou plaj la. — Ti trip se pati nan aparèy ki okipe l de sa yon moun vale kòm manje. — Si m te konnen se ak nonm sa a ou ta pral marye, mwen tap mete w angad. — Yon tigrès leve pitit li poukont li. — Misye se yon bon dayiva. Li pote anpil koup nan chanpyona naj. — Plis w ap granmoun, plis po w ap vini rèd. — Lè te fèk rankontre l, li te yon ti nonm pwès, san lizay. Mwen sezi wè li tounen yon moun fen, sosyab an ki menm chame yon moun. — M-ap voye kòb la palentremiz Ti Dyo, ki gen pou l al Pòtoprens demen si Dye vle. — Pitit! pa kite granmoun sa a ba ou madichon tande. Li pap bon pou ou. — Nan bibliyotèk la vil la, ou jwenn liv sou tou sijè. — Kè l pa kontan menm. Chagren a parèt sou tout figi l. — Pou achte tafya, ou bezwen yon pyès didantite ki di ou gen plis ase 18 lane sou tèt ou. — Lajan fè anpil moun flechi e bliye prensip yo di yo te kwè ladan yo. — Abèl sete pitit Adan an Èv. Se premye moun yo touye sou tè a dapre Labib. — Nonm sa a gen kòb pou li ta achte yon machin. Men li pito mande woulib pou tout kote li prale. — Ou pat jwenn manje kote ou te ye a? Ki jan ou fè mèg konsa? — Ou rive antre nan fèt la san tikè e san envitasyon, ou se yon dasomann. — Li grate gòj li anvan li kòmanse pale, se yon siy ke sa li pral di pa yon bon nouvèl. — Li pase tout dimanch apremidi a ap prelase sou galri a. — Moun ki chita sou ban dèyè yo te anreta. — Kenya se yon peyi afriken. kapital li rele Nayiwobi. — Se yon chanm dezòdone, mwen pap antre ladan. — Kòd pit sa a pa janm ase. — Mwen tande yon hihan, sa vle di ke yon bourik ki pa lwen. — Jozèf renmen Jaklin, men li pè di li sa. — Laten, se lang yo te konn pale a Wòm nan tan lontan. — Boksè tonbe pandan antrenman an paske li te vle ale nan dènye limit li. — Mwen rive nan dènye limit mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen bay legen. — Penti a se yon biblo nan je kolektè a. Li sere l nan yon kòf. — Twal swa paabsòbe dlo byen. — Li pat ka dòmi yèswa akoz deyon lakranp anba tivant li. — Se yon soulye an kwi, men senmèl li se kawoutchou. — Se yon nonm trankil. Tout moun respekte l e fè l konfyans nan katye a. — Nan bèt ki gen krinyè, ou jwenn chwal ak lyon, — Se sa ki pou rive w, lè ou renmen ke jip: yo ba w pitit ki pa pou ou. — Fanm nan pa konn bouyi dlo, men mari l se yon kòdon ble. — Yo dekouvri twa palmantè ki pa Ayisien.',' — Pòtoprens antoure ak bidonvil. — Li te tèlman move jou sa a, san li pa gade figi moun ki antre nan biwo li a, li di: "Ale w laba!". Se te nouvo direktè konpayi a. — Chovsourit pa yon zwazo menm si li gen zèl e vole. — Pitit la ap pase yon kriz, men paran li ap koute moun ki ap di yo ke se pran yo pran nanm li.' — Anpil politisyen te konn fimen mariwana, men anpil ladan yo pap admèt sa. — Li di pito li mouri tan pou li ale nan prizon. — Kay sa tounen yon prizon pou tifi a. Li paka sòti, li paka resevwa zanmi l. — Karyè sab sa a ede anpil moun nan zòn nan. — Bèt ki pase bò zòrèy ou a se yon vonvon. — Premye fwa li monte avyon, li te yon ti jan nève. — Li manje vyann pandan karèm. Se yon bon katolik. — Se yon desizyon ki montre li se yon gwo egoyis. — Plis yon moun ap granmoun, se plis li ap tresi. — 2 moun sa yo zanmi depi yo te timoun. — Sa a se yon bèl mizik. — Mwen estrese paske mwen gen pou m remèt yon rapò demen, e mwen poko fini l. — Frap sou kès la ak kout tanbou yo kenbe rit mizik la. — Avan mwen te konn papa l, mwen panse li te yon nonm sanzenpòtans. — Se yon seremoni kote sosyete a reknèt yon ti gason rive granmoun. — Gangans dam nan fè tout moun, fi kou gason, kanpe pou gade l. — Nazis se yon ideyoloji ki te pouse Alaman touye yon bann jwif. — Aprè 10 jou, jiri pat ka rive pran yon desizyon. Jij deside pou gen yon lòt pwosè. — Yo fè respirasyon atifisyèl bouch a bouch sou nonm la apre yo fin retire l nan dlo a. — Pilòt yo nan grèv, se sa ki fè avyon pa vole jodiya. — Mwen pase tout jounen a ap reflechisou sa ki pase yè swa a. — Moun yo ak gave kodenn anvan fèt la. — Li di li se yon ate e li pa kwè nan ankenn bondye. — Moun nan katye Janin tankou yon salòp paske li pa pran swen tèt li. — Gangs pran katye a e derasinen mwatye moun ki t ap viv nan zòn nan. — Yon planèt se yon boul ki ap fè laviwonn yon etwal. — Yo konsidere yon moun inosan toutan lajistis pa kondane l. — Mwen panse li t ap pale poukont. Men se nan telefòn li te ye ak yon moun. — Anpil Ayisyen tounen jwiferan nan chache lavi miyò lòt kote. — Yo pran 3 zan pou yo trete dosye a e ban m yon repons. — Si ou vle mwen ale. M ap ale. — Li mete tout dechè vyann yo nan yon sak plastik. — Fanfan pa al lekòl paske li t ap senyen nan nen maten a. — Eske ou konnen ki moun ki senatè w? — Dan si sa a bezwen file. — Si Patrik kite echèk sa dechalbore lespri l. Li pap janm rive lwen. — Li voye je l. Se jis yon jòf. Li pa gen tan wè tout detay yo. — Se yon imaj difòm de reyalite atik la prezante. — Mwen di Natanayèl ke konpòtman anachis sa a ka fè li pran prizon. — Gade nan ki mera ou mete tèt ou. — Malfini an plonje nan lakou a e fè dapiyanp sou yon ti poulèt. — Prezidan an panse li se yon ti bondye, e tout moun kwè nan sa li di. — Direktè a pa respekte l. Kolèg li yo pa fè li konfyans paske li toujou ap fè ti sousou devan chèf. — David lage kò l sou kabann nan; lamenm, li tonbe nan yon gwo somèy. — Netwaye pòchri a se yon travay sal. Men fò gen yon moun ki fè l. — Se yon nonm ki konn andoye kadav.Timoun pè l, paske yo panse li pa yon moun nòmal. — Granmoun nan pran pòz malad li, yon fent pou li fè timoun vin wè l. — Li t ap pi bon pou al chache l oumenm. — Li fèt yon 9 septanm, siy owoskòp li se vyèj. — Si ou bezwen bon mizik jazz, se pou ou ale nan bwat yo rele Ambyans la. Li ouvè vandredi ak samdi swa sélman. — Kay la eklate akoz de yon chapman gaz. — Anbilans la pat byen ekipe, se sa ki fè "Konpè Filo" pat rive vivan nan lopital la. — Yon moun konsekan toujou rekonèt tò l. — Yo renmen di Ayiti se peyi ki pi pòv nan rejyon kote li ye a. — Yo di mwen pou mwen tann yon moman, mwen gen plis pase 45 minit m ap tann. — Eksperyans la pa bay konklizyon nou t ap tann nan. — Yo vann dlo mineralnan boutèy e li chè anpil. — Jezi eskandalize chef farizyen yo lè li di li ap kraze tanp la e rebati l nan 3 jou. Yo pat konpran de ki tanp li t ap pale. — W ap toujou jwenn moun pou ede w nan tan rekòt, moun ou pap janm wè lè w ap sekle. — Nan peyi sa a, li dwe difisil pou yon fanm tout bon. — Patrik se non Sen patwon peyi iland. — Moun ki rele a se yon magouyè ki te vle pran m nan yon pa konprann. — Volè a antre nan kay la paske li te panse tout moun t ap dòmi. Li jwenn yon gwo sipriz. — Fènwa yo pa vle peyi a avanse. — Li poko antre nan sal operasyon an. Li nan faz preparasyon an kounyeya. — Ti gason a ap mache toutouni ak ti kòk li pandje. — Rèl sa a pat yon bon siy. — Tikè a koute douz goud eka. — Tasi se yon bon antrenè. Avèk li, ekip la chanpyon 5 fwa, e fini dezyèm 2 fwa. — Yon chakal se yon bèt sovaj ki sanble ak yon chen. — Zwazo rete nan lè ak 2 zèl li ouvè. Wa di li ap flote. — Lè l li panse li te sòti nan tchouboum nan, li wè pwoblèm li yo te fèk kòmanse. — Nan lame,yo montre solda ki jan pou yo sèvi ak mas gaz. — Se yon rejim ki fè li anfòm konsa a. Li pèdi pwa, tansyon li desann. — Mwen deja li liv sa a. Mwen pa fin renmen l. — peyi soudevelope se souvan yon peyi pòv. — Li ale Jakmèl nan kanaval. — Se yon desizyon ki mande pou ou pran tan w. — Gen mòn ki gen gaz andedan yo. Lè gaz sa yo eklate, nou gen yon vòlkan an aksyon. — Otè sa a ap viv retire. Ou pa wè l nan televizyon, Ou pa wè l nan toune. — Madanm li mete li deyò nan kay la. Li al viv kay manman l. — Restoran an gen yon teras ak kèk geridon. Se pou moun ki fimen. — Li tankou yon moun yo desounen. — Asansè sa rive nan 20è etaj la sèlman. — Tinonm nan twò agresif. mwen pa wè l kòm yon diplomat. — Ak chalè sa a, nou pral manje dèyò anba tonnèl. — Lè li wè li anreta, li fonse ak machin nan. Men yon polisye rete l e fè li pèdi plis tan ankò. — Pati demokrat, pati repiiken, se menm penpenp la. — Ti moun yo ap mache toutouni sou moun. — Atheyis se yon doktrin ki ta vle fè konnen ke pa gen Bondye. — Tèt fèmal, nen bouche, lafyèv, se yon grip ki pran ou wi la a. — Moun konsa, ki ap kreye pwoblèm pou ou, pa ka zanmi w. — Nan plant, pigman an rele klowofil. — Li mete tout rad li retire sou li nan pye kabann nan. — Se dyaspora ki kenbe peyi a ak lajan yo voye bay fanmi yo. — Madanm nan paka bay pitit li manje, men chak ane, nan fèt Sen Jak, fò li fè gwo manje lwa. — Interè a monte 2 pousan (%). — An frans, gen anpil chato. Anpil ladan yo vid, oubyen tounen mize. — Pa janm kwè nan okenn doktrin. — Misye ap mache vann yon medikaman. Li di li geri tout bagay menm Sida, kòmsi se ta yon remèd mirak. — Tanpi pou moun ki pa la. Se yo ki ap pèdi. — Vwazen an te degize pou yo pa rekonèt li. Men vwa l te trayi l. — Ou toujou ap pran mwen pou yon lòt. — Enjenyè a panse ke travay la ka demare demen ak fondasyon kay la. — Yo rankontre chak samdi an sekrè kat yon zanmi. — Gen kèk moun ki kwè Jezikri se yon lejann. Yo pa kwè nan Bondye tout. — Lanmò doktè, se yon kou di pou tout pasyan li yo. Sitou ke li pat malad. — Jij la ba li yon repi. Li sispann santans pou yon ti tan. — Batman se yon ewo yo envante. Li pat janm ekziste. — Yè swa li ale nan yon fèt, li bwè. Maten li rann fyèl li. — Si ou te toujou swiv leson mèt la, ekzamen an t ap fasil pou ou. — Yo di n ap gen yon tan mare demen. — Nan match yè swa a Cap genyen Gonayiv 4 a 1. — Kolize se yon moniman ki nan kè vil Wòm. Yo di li se youn nan 7 mèvèy ki gen nan lemonn. — Li panse li te achte yon tablo Pikaso, li dekouvri sete yon imitasyon. — 1e janvye se date nesans peyi Dayiti. — Ekip sou Bèlè a bimen ekip Kafou a. — Se yè mwen poste lèt la. Li gentan rive. Lapòs mache byen. — Moun ki fèk rele la a fè yon move nimewo. — Pòl gen je sou Madlèn, men li pa vle pèsonn moun konn sa. — Rèv li se pou li vin yon aktris, se pou sa li deside al viv Kalifòni. — Li poze tèt li sou zepol manman li. — Se yon ti bouk ki gen pa gen jèn, paske pa gen lekòl. — Zanmi m nan anonse anpasan ke li pral marye. Mwen sezi. — Li di li deteste nonm nan. Epi mwen wè ap pale nan yon kwen nan yon fèt. — Chak ané li ale Sodo. Li gen yon devosyon ak Vyèj Mirak. — Yè swa yon volè fòse pòt nou an, men chen nou an kouri deyè l. — Yon douzèn plis 2 egal katòz — Konsa, ou deside pa fini etid yo. — Ambasad la resevwa kèk opozan rejim nan kòm refijye, menm gouvénman an di li pap bay sofkondwi pou yo. — Li di li pa gen vi nan peyi sa a. Li pap travay e li antoure ak danje. — Rapò komisyon an gen pou sòti demen. — Mwen gen yon abònman ak mize a. Sa pèmet mwen vizite l nenpòt lè nan ane a. — Pèsonn pa konnen ki wòl misye jwe nan gouvènman an, men li toujou la. — Tout moun konnen misye se yon granpanpan ki pa kanpe sou anyen. — Ratezon gazolin nan fè pri tout bagay monte. — Kote Manzè Matin nan? Pitit sa a pa janm la lè ou bezwen l. — Chak jou se menm rechany la li ap mete. — Sèl pou li kache lawont sa a, se kite peyi a. — Poul l ponn 7 ze. 5 rive kale. — Manno ak Mimoz pral nan peyi Chip pou vwayaj nòs yo. — Li tonbe sou yon pyebwa. Yo kouri kay yon doktè zo avè l. — A laj sa a, timoun aprann vit. — Ayiti enpòte diven ak yon lòt bwason ankò. — Nan Labib, Oze, se yon pwofèt ki te konn denonse pèp Bondye a kite pa rete fidèl e ki te konn ap fè sak pa sa. — Anpil moun save te pote non Antwàn. — Depi lanmò mari l la, Janin ap travèse yon move pas. — Yo di si te byen kiltive plèn sa a, li ta bay tout moun nan zòn manje. — Anpil moun achte biyè yo, pou yo ka patisipe nan tiraj la. — Ou paka vizite Pari san ou pa al mize yo rele Louv la. — Alfabè ebre gen 22 lèt sèlman. Premye lèt la rele alèf, dènye a se tav. — Li di li bouke ak sandwitch. Li te vle manje yon bagay ki fèt nan chodyè. — Moun ki pran medikaman sa a plenyen de yon bann pwoblèm. — Zoranj chaje ak vitamin C. — Pechè yo jwenn kèk ton nan nas yo. — Madanm mwen se moun Gonayiv, mwen se moun Fò Libète. — Mwen kite yon mesaj pou li. Li pa janm reponn mwen. — Li sèvi ak yon Kouto digo pour netwa zèb devan kay la. — Tèlman gen moun ki pral nan nòs la, yo oblige frete yon avyon pou menmen yo. — Pap la se chèf Legliz katolik. — Si ou repare kay la, li ap vin pi pwofitab. Ou ka lwe l pou plis kòb. — Nich sou pye palmis la gen 3 ti zwazo. Manman yo kite yo sèlman pou li al chache manje pou yo. E li pa mize. — Se Nouyòk w ap jwenn biwo santral bank sa. — Gen yon nich foumi dèyè kay la. — Apre 2 lane kòm viskonsil, o nomen l konsil. — Se nan avyon prive minis finans la vwayaje. — Si abit la pat kouri separe yo, li t ap touye lòt la ak klekou a. — Li manke mouri apre li pran yon grann yo di ki ka mete l sou sa. — Mwen rankontre nan Nouyòk yon granmoun ki pale m de eksperyans li nan kan konsantrasyon nazi yo. — Tifi a ap chache yon moun ki ka pran swen de li. Se pa yon li renmen e li renmen li bezwen. — Sa ki te pi frapan nan diskou se lè li di peyi ap byen mache, alòske tout anpil moun yo san travay, — Yo mete l deyò nan lekòl la pou move konpòtman. — Tout papye yo anrèg. — Manje a gen twòp asid, li pa bon lestomak mwen. — Li fèt an Espay, Li se yon Espanyòl. — Souri a di li kontan wè m. — Pola disparèt depi plis pase 3 zan. Ou pat konn sa? — Yo pa sèvi ke pwason nan restoran. — Boksè a manje advèsè li a nan yon bouche. Li voye l atè aprè yon minit. — Moun yo pa vote pou kandida a paske yo te doute de onetete li. — Li pèdi pwa depi li kòmanse fè rejim nan. — Yon filozòf se yon moun ki gen espri kritik sitou si li se yon fanatik Fransè yo te rele Rene Dekat la. — Direktè pa konprann sa yo t ap di pas toulede t ap pale ansanm. — Li gen yon bouton ki leve bò bouch li. — Mwatye elèv nan lekòl la se entèn. — Li kite jalouzi chita sou kè l. Se sa ki fè li ap pale lòt la mal konsa. — Si ou pa sekwe dlo a yon moman, tout kras yo ak poze nan fon bidon an. — Jan parèt djèdjè, men li gen kont lespri li. Li ka vann ou. Li ka achte w. — Nan peyi sa a ou peye enpo sou tout sa ou achte oubyen ou vann. — Manman m toujou gen yon mouchwa nan valiz li lè li ap sòti ak pitit pitit li yo. — Depi komansman vakans, li gen yon rim chalè ki ap sakaje l. — Nan kesyon espò, se bò kote papa li, Pyero pran. — Apre Lachin, Lend se peyi ki gen plis moun. — Yon kretyen fèt pou li evite rankin, men li pa fèt pou bliye mal yo fè l. — Se yon peyi kote anpil magazen fèmen le Vandredi sen. — Pè a fè yon prèch kout jodiya. Wa di li te prese. — Se gras a lwayote yon jeneral pou prezidan an ki fè koudeta a pa reyisi. — Yon sèl kout lang ka detwi repitasyon yon moun serye e onèt. — Apre tout tan sa a ap prepare vanjans la, li toujou pa satisfè. — Mwen panse misye t ap kenbe pawòl li. Mwen te twonpe mwen e sa koute mwen chè. — Si ou bezwen Konfyans mwen, se pou ou pwouve m ou merite l. — Viktò gen move efè sou Zamò. Se sa ki fè paran Zamò voye l al viv kay grann li. — Li sèvi ak siwo mayi paske li pa gen myèl. — Sou tab la te gen yon asyèt chaje tranch melon — Mwen deside fè bèl ak tèt mwen pou fèt mwen. — Mwen konprann alafen poukisa Jozèt pa reponn mwen. Li te tande vye koze sou mwen. — Grann li ba l yon kwiyè absent pou tous la. — Anakawona te Rèn youn nan wayòm Tè Dayiti te genyen anvan Kolon te debake. — Avèk emèl, moun pa voye depèch ankò. — Kapitenn batiman an change wout pou evite tempèt la. — Tranblemanntè 1842 a detwi preske tout vil Okap. — Zansèt nou yo se pyonye nan lit kont esklavaj, ak rasis. — Se Twoubote youn nan marasa yo genyen ki fè ou ka separe yo e idantifye yo chak. — Lapen gen zòrey long. Sa pèmèt yo tande, menm lwen, bèt ki ka atake yo. — Premye ranje a se pou ofisyèl yo. — Li betonen tout lakou a. — Kay sou kote a chanje mèt. Men mwen kote wè vwazen yo. — Ti gason sa -a, se yon ti baka. — Vwazen nan premye etaj la gen yon timoun fèk fèt. Li pase nwit la ap kriye. — Ansèy la di se yon kote yon bay masaj, men lè w antre ou dekouvri yo bay plis pase sa. — Dlo rivyè a wouze tout plantasyon nan zòn. — Le m lòt bò dlo mwen di: Peyi m se Ayiti; lè m an ayiti, peyi m se Jakmèl. — Gen yon sèl magazen lavil la kote ou ka jwenn bon atik kwizin. — Depi tan an tan, gason toujou tonbe pou fi. — Presidan an te panse li te gen depite Okay la nan pòch li. Li dekouvri apre vòt la ke li te twonpe l. — Anvan ou di yon mo deplase, panse ak mal ou pral fè a. — Gwoup yo rele Zoklo a jwe devan yon asistans de 7000 nan estad la. — Desizyona sòti nan konsèy la. Si gen pou blame se tout konsèy la pou blame. — Tout timoun pè l, paske li se yon fiyèt lalo. — Sèl garaj ki ka repare machin nan se Pòtoprens li ye. — Bò bouboun yon fanm ki gen pitit pa sanble ak pa yon tifi. — Menm lè mwen patko bay nouvèl la, li te sispèk sa ki te pase a. — woje netwaye gòj li anvan li komanse pale. — Depi politisyen yo bezwen tronpe pèp la, yo pale franse. — Menm si yon prezidan di li avi, li pa la poutoutan. — Li t ap plenyen de yon maltèt. Grann li ba l yon tas te ki fèt ak fèy atiyayo. — Blan renmen sèvi ak kliche lè y ap pale de nwa. — Li achte mango yo angwo pou li revann yo pa grenn. — Enspektè a viwonnen kay la, men li pa fouti jwenn priz koubèlann la. — Ou wè li jwe badmintonn, Li gen yon pakèt volan nan tiwa biwo l. — Moris Sisto te yon bon lodyansè. — Ayisyen panse ke fèy twa zòm fò, ka anpeche yon fanm vini ansent, lè li pran li an tizàn. — Vè a frajil anpil, si ou lese li tonbe, lape fè miyèt mòso. — Adolesans se yon faz difisil nan lavi anpil jèn timoun. — Sa ou moun bezwen gen lajan si li paka jwi l. — Tout move nouvèl sa yo sòti pou rann mwen fou. — Li renmen travay li a, paske li eksitan, e li aprann yon bagay nèf chak jou. — Si ou koute sa vwazinay ap di, ou ka fè tenten. — Nyou se yon bèt ou jwenn sou tè Lafrik. Yo viv an gwoup. — Ti gason an sòti sou lakou a san pantalon, ak zizi l deyò. — Li gen yon twonboz. Yo oblije entène l lopital pou yo swiv li. — Yo touye chen an paske li te gen ray. — Apre 6 mwa sans travay, li resi jwenn yon demele. — Li tonbe e grafonyen bò dèyè l. — Yon femèl kangouwou gen yon poch sou van. Se la li gade ti kangouwou ki fèk fèt. — Mwen achte televizyon sa pou mwatye pri de sa li te koute semenn pase. Se yon piyay. — Mari se machann tripotay. Se konnen pou li pa konn yon bagay pou li pa simaye l. — Tout chanm nan otèl la gen yon ti kwizin ak yon ti frijidè. — Vòlè bous pat konn ak kimoun li te annafè lè li al eseye rache valiz la nan do ti granmoun nan. — Gen yon nich myèl nan pyebwa anfas la. — Sa yo rele predestinasyon? Se yon doktrin ki vle fè kwè ke chak moun gen yon chemen ki deja trase pou li. — Li pa kwè nan tonton Nwèl ankò. Li konnen se manman l ak papa l ki achte kado Nwèl yo. — Lemonn ka chanje, men pawòl Bondye pap janm chanje. — Mwen lwayal, men mwen pap vann nanm mwen pou pèsonn, pa menm pou manman m. — Nouvèl la gaye toupatou, men pèsonn pa konn kote li sòti. — Se kounyeya li konn sa yo rele tan di. Li gen kòb. Li pa ka achte manje. — Moun yo t ap pyafe devan teyat la. Yo te enpasyan. — Yo abiye menm jan. Mwen te menm panse sete yon inifòm yo te pote. — Malgre la pli a, li rete nan estad jiska lafen match la. — Mande nonm sa yon sèvis se imilye tèt mwen. — Kat etidyan pèmèt ou prete liv nan bibliyotèk inivèsite a e achte manje a ba pri nan kafeterya a. — Jan al travay jodiya. — Li refize di lapolis sa li wè, menm lè li te temwen aksidan an. — Gouvènè a chita sou estrad la ak yon souri nan kwen bouch. Tout moun ki tap pale yo tap flate li. — Li di li pap janmen mete pye lakay nonm sa a. — Batiman an ka pote 50 moun. Men gen plis pase 100 moun abò. — Yo t ap pale de yon koze sekrè, kou yo wè m nan, yo vire pawòl la. — Li di li pa renmen nonm la pou pitit fi li a. Lè yo mande l poukisa, li reponn ke li gen yon sansasyon ke misye a gen anpil sekrè. — Nan je fanmi l, li se yon bon timoun. Se pa sa moun deyì panse. — Depi ou parèt devan pòt kay la, ou pran sant pwason y ap boukannen. — Ou pran pòz nèg ti lespri, pou li ka espyone opozan yo byen. — Se yon peyi ki divize. Se sa ki fè li paka avanse. — Se nan yon liv kwizin li jwenn nan bibliyotèk li jwenn resèt manje a. — Nelyo pa nan peyi a, men li konn tout sa ki ap pase, paske li gen yon bon zanm l ki toujou kenbe l okouran de dènye nouvèl yo. — Avoka a prezante yon petisyon nan non kliyan li. Men jij la di li pa valid. — Tout moun ki t ap pale nan bibliyotèk, yo fè yo sòti. — Ou bliye mete yon pwen pou fini fraz la. — Siveyan mete Fanfan deyò nan mitan ekzamen. Li wè l ap gade sou fèy kanmarad bò kote l la. — Li di li pa santi l byen. Mwen gade l. Te gen yon swe frèt ki t ap koule nan fontenn tèt li. — Peyi sa viv de sinistre. — Madanm li tonbe sou yon lèt damou yon fanm voye a li. — Pou ekzamen an, chak elèv fè pou pote e plim ak 3 kreyon ki byen taye. — Menaj Edris la se yon chelenn. — Vensen pase kòn nan bay Lesko. — Li rekonèt li te fè koken nan jwèt kat la. — Se jis yon ti blese, mete yon ti pansman sou li. — Li konnen byen li pat dwe fè sa li a fè. Li fè l kanmenm. Li koupab. — Gen yon vit ki separe biwo m nan ak sal reyinyon an. Mwen ka wè moun ki andann, men mwen paka tande sa yo ap di. — Li pa rive konprese doulè li devan foul la. — Moun tout koulè, ki ap pale tout lang t ap sòti nan bouch tren an. — Li di-m: "Mwen pa konprann kouman yon moun kapab vejetaryen, se lachè ki nouri chè. — Senti Kwipè se yon pakèt ti kò toupiti e ki frèt anpil ki ap fè lavironndede nan dènye bou sistèm soley la. — Manman fi a di misye: "Ou pèdi wout ou si se nan kay sa a, ou vin chache yon madanm." — Se ak lèt kaye yo fè fwomaj. — Timoun tèlman rete bèkèkè devan sa majisyen an te fe a, yo bliye bat bravo. — An Ayiti, yo sèvi ak fèy langichat pou konbat lafyèv ak lòt enfeksyon. — Li pat renmen ak akèy la. se sa ki fè li pa janm tounen kay zanmi a ankò. — Premye sa li fè lè li achte tè a, se bare l ak yon lantiray. — Se yon ti bourik, yon timoun san lizaj, ki toujou ap frape pye l sou granmoun. — Apre 3 mwa vakans yo, espri l vin wouye. — Li fè sache plastik la tounen yon pwela pou tèt li. — Li fè tèt li pase pou yon moun ki maton nan nan chimi. — Ze a tèlman bon, mwen mande sa yo mete ladan li la. Yo di m yo sèvi ak zepina e fwomaj sèk pou yo fè l. — Se yon ti gason pentad. Mwen pa fè l konfyans. — Nan bouk sa a, chak fanmi gen omwen yon bekàn. — Li ou vle vè yo fele, se pou ou byen vlope yo anvan ou mete yo nan bwat la. — M ap bay misye yon leson. Konsa li pap janm fè sa li te fè m nan ankò. — Se ak yon sèl mak dezodoran li sèvi. — Jounalis la tòde pawòl kandida an pou li fè l di sa li pat di. — Mwen renmen sinema sa a. Ekran an gran e son son yo klè. — Wa a ap chache yon bouwo pou touye kondane yo. Tout moun ki ta ka fè travay la mawon. — Li nan tchouboum paske li pèdi travay. — Depi al nan opera yè swa. Li domi. — Boug te rankontre sou teren dèyè lekòl la pou jwe mab. — Lè marengwen ap vole ou pa konn kilès ki mal kilès ki femèl. pwovèb). — Olye li envesti lajan a yon kote ki ka fè li vini pi plis, li gaspiye l nan fanm ak nan bèl oto. — Intelijans se yon byenfè Bondye. — Sèj resi deside mete bag la nan dwèt Imakila. — Mwen pa yon moun engra, mwen sonje tout sa ou te fè pou mwen ak fanmi m. — Si ou tcheke motè machin nan regilyèman, li pap janm lage atè. — Se yon dikdògòdò ki pa vle moun konnen kote li sòti. — Lafrans te deside aboli tout bon vre lesklavaj an 1848. — Jodi samdi a, papa m leve bonè pou li al lapèch. — Aparèy foto ak fim 35mm, ou pa wè sa ankò. — Prezidan an mande pou yo fiziye tout ofisye ki te patisipe nan konplotay la. — Pou dejene li gen yon kafe ak lèt, 2 tranch pen ak yon pòm. — Li fri poul nan mantèg, se sa ki fè mwen pa manje li. Mwen soufri kolestewòl. — Pandan lagè lendenpandans la, lame ansyen esklav yo montre sa yo vo. — Lè pè a mande kiyès ki kreye nou, tout timoun yo rele ansanm: Bondye! — Li ta pral gen swasanndisèt lè li mouri. — Se gras ak yon echantiyon dechay yo te pran sou fi yo te vyole a ki fè yo rive idantifye nonm ki te fè zak la. — Li rich, li gen yon chalè nan mòn Fisi (Furcy). — Li panse sete yon goumèt chenn annò li te achte. Li dekoiuvri se yon krizokal. — Se pa paske ou konn ede yon moun, pou w panse ke ou ka fè l nenpòt bagay. — Mizik la ap distrè pitit la ki bezwen silans pou li konsantre l. — Se opinyon patrick ki rive domine nan diskisyon an. — Anpil moun kite patisipe nan asasinay prezidan jovnèl la te sòti nan peyi Kolonbi. — Mwen pa wè ki rapòki genyen ant sa ou di a e sa k pase a. — Pou li voye timoun yo lekòl, li blije al pran yon ponya nan men yon rapas. — Lè ou depanse plis ke sa ou genyen, w ap mache sou chemen fayit. — Si ou pa pase, se paske ou pat etidye ase. — Jan apantè divize tè a pa nan avantaj fanmi a. — Li rive lakay li ak dlo nan je, paske k`k timoun te ap fawouche nan lakou lekòl la. — Youn nan travay bòn nan se fè twalèt timoun yo. — Jan vant piti sa a klere a, li sanbli li gen maladi anfle. — Daprè levanjil la, Zache pat yon moun bèlwotè. Li te menm twò kout pou yon granmoun. — Etidyan yo pral antre nan peryòd ekzamen. — Se pa ak tout kè li li mande padon an, se fòse yo fòse l fè l. — Siro myèl la twò pwès. — Konferans la fèt devan yon prezans de plis pase 200 moun. — Se pa trayi li trayi sèlman. Se tankou se yon Kout mato li banm mwen nan tèt. — Li renmen rad la. Li deside al nan vestyè a pou li eseye l. — Nan lakou lekòl la gen 3 pen. — Madlèn ak Wolan pase mizèpou yo leve 3 pitit yo a. Jodiya, yo jwenn rekonpans yo lè yo wè kote timoun yo rive. — Janin kite chen an ap lanbe figi l. Se degoutan. — Moun ki ap fè pwopagand sèvi ak langaj semantik lè yo ap sèvi ak mot ki frape imajinasyon. — Gen de lè, pi bon respons ou ka bay yon moun, se pa reponn li. — Ti gason an pati et li pa janm bay nouvèl li. Manman ak mouri ak chagren pou sa. — Li ap vil nan yon vil yo rele Pòtlann ki nan yon eta nan peyi ameriken ki rele Oregonn. — Bon militè respekte lonè. — Ti moun yo pase tout apremidi a devan yon televizyon. — Li tèlman ri fò, li pipi sou li. — Kouto a paka koupe vyann nan, Fò m file l. — Li gen nan lotri. Kounyeya tout moun ap rele l zanmi ou fanmi. — Ti gason a tèlman fwonte, li joure menm granmoun. — Si ou ap chwazi yon modèl ou swiv, chwazi Frè Bèna. Se yon moun ki toujou la pou lòt. — Nan anpil peyi arab, fi pote yon vwèl sou figi yo, tankou yon mas. — Powèm nan gen 5 kouplè. Chak kouplè yo gen 10 liy. — Se yon chamè ki konn valè yon souri. — Nou pa gen kochon nan lakou a, kouman m fè m tande yon wenwen. — Bòs la tèlman ap sere boulon misye, li oblije kite travay la pou li pa pèdi tèt li. — Ou jou ou genyen. Yon jou ou pèdi. Se lavi! — Gen yon mize espesyal nan vil Lond kote ou jwenn potre an lasi anpil gwo zotobre nan lemonn. — Dèyè aparans tilititi a, li se yon moun senp. — Soulye boyo fè pye moun santi. — Ou panse li tankou tout lòt medam yo? Li pa tankou tout lòt medam yo. — Si ou pa gen anbsyon, ou pap rive lwen. — Mesye yo pyeje ti nèg la lè yo envite li nan fèt la. — Li kite pè paske li pat janm gen vokasyon. — Li renmen al nan mès jèn yo, paske li pi anime ke lót yo. — Anyen nan sa ou di a pa fè l chanje lide l. — Li kite bwat fatra an ouvè. Bèt yo antre ladan e chire tout sak yo. — Li korije tout fòt ki nan atik la anvan li pibliye l. — Moun ki ap travay nan restoran sa a pa gen bon ligyèn. — Li rete chita sou chèz tout apremidi. Li pa bouje. — Franklen kite peyi a pou li al refè vi l yon lòt kote. — Mè yo pase tout vwayaj la ap resite chaplè. — Olye li mennen pitit la kay yon bon doktè, li al kay yon gangan avè l. — Chak 4 lane gen eleksyon pou prezidan. — Li chanje po twò souvan. Mwen pa fè l konfyans. — Lè li leve le maten, premye sa li fè se bwose dan li. — Maryaj fòse. Fi a ansent e paran l te bezwen sove lonè fanmi an. — Moun nan zòn nan leve kont lide gouvènman an pou fè yon chemenfè pase toupre a. Yo di se yon danje pou timoun san pale de bri tren yo pral fè. — Li al viv yon kote izole; menm kontak li pa pran ak fanmi li. — Li mawon, paske li konnen yo dèyè l. — Gen yon lè pou chak bagay, yon lè pou kè w kontan, yon lè pou kriye. Se sa Eklezyas di nou. — Angle se lang ofisyèl plis pase 75 peyi. — Li refize reponn lèt mwen yo. — Li ka fè l, men li pa vle. — Nonm sa toujou ap kontrekare desizyon yo pran nan reyinyon yo. — Kanrantèn vle di izolman pou rezon medikal. — Dezenfekte tab l anvan ou mete nap la sou, mwen wè kaka mouch sou li. — Ekonòm nan te gen anpil pwoblèm pou detaye depans li fè yo pou komite a. — Yo te pase paye anvan yo marye devan yon pè. — Lè ou fin lave bibon an, fò ou bouyi l anvan ou sèvi ak li ankò. — Si li panse mal de mwen — Fi ki gen kouwòn ki gen 3 dyaman an, se rèn angletè a. — 2 marasa sa yo pa gen menm gou, youn renmen mizik klasik, lòt la plis tande konpa. — Moun nan zòn nan gen yon sèl laperèz, lè yo wè machin bandi yo. — Depi 3 jou mwen gen yon lansman bò kòt goch mwen. Sa kòmanse ban m kè sote. — Nan peyi sa a yo pa respekte moun onèt, men yo koube byen ba devan volè an palto. — mwen pran 3 vaksen deja pou Kovid. — Se yon dam ki fè tout bagay ak finès. — Chak vandredi, Pola al nan yon klas dans. Kounyeya se tcha-tcha-tcha li ap aprann. — Si mwen pa pase tèt mwen nan betiz, mwen t ap pèdi tèt mwen nèt. — Yon ouvriye faktori touche mwens pase yon bòn nan peyi sa a. — Travay li se kontwole tout machandiz ki ap sòti nan depo a. — Pou yo evite yon eskandal e lawont, moun yo depeyize tifi a, lè yo aprann li ansent. — Madan Zo gen 2 pitit gason e 3 pitit fi. — Pou laj li, li gen yon bon konstitisiyon. — Doktè preskri kinin pou lafyèv malarya a. — Li gen yon imaj dyalist de peyi. Li wè mas pèp la ki fè efò pou viv, e elit yo ki ap fè tout konnen pou anpeche yo viv. — Gen yon ploton solda kazèn nan ki vin nan mache a. Wa di y ap chache yon moun ou yon bagay. — Kote li gen tranche a, la li akouche. Li pat menm rive lopital. — Vòlè a fonn nan foul la. — Li se moun Okap. Se sa ki fè li pale ak aksan sa a. — Gen yon ferayè ki toujou pase nan zòn nan lè jou fatra. Li ap chache metal moun yo jete. — Lapolis pran tout dispozisyon pou kanaval la pase byen. — Pola gen yon renmen. men sa pa anpeche ke li sòti avèk lòt gason. — Manke inifòm nan gwoup la. Chak moun vle fè sa yo vle. — Mwen poko menm ouve bouch, li di mwen pa gen anyen pou mwen di. — Vwa li sonnen yon lòt jan nan telefòn nan. — Nou toujou lave men nou anvan nou manje. — Nan vil pari, gen yon zòn afriken. — Rido a ale ak dra kabann nan. — Li rabwoure nonm la ki te sèlman ap mande l yon enfòmasyon. — Se yon restoran kote yo sèvi manje pou bouch fen. — Si Gabriyèl ap chache yon vyèj nan nouyòk pou li marye, li ap rete selibatè tout lavi l. — Manifestan kanpe ak wòch nan men yo, pare pou bonbade lapolis. — Madanm sa a pa janm travay nan vi li. Li fèt rich, li marye yon nonm rich. — Jan se yon moun ki poze. Se sa ki fè yo chwazi pou negosyasyon an. — Se minis jistis ke te kondwi delegasyon an. — Li konn anpil sekrè sou pastè, se pou sa li ka fè l chante konsa. — Granmoun chita sou galri ap pale de koze granmoun. Timoun yo ap fè lago. — Mwen pap bay tèt mwen pwoblèm pou chofi bò kou m yo, yo ap disparèt poukont yo. — Si jodiya se madi, apredemen se ap Jedi. — Mwen ja janm manje vyann kanna. Yo di m li bon si li byen prepare. — Se Sèlman pè katolik kite te konn pote trikonn nan peyi sa a. — Patrik kòmanse jwe zilofòn depi li te tou piti.' — Giyòm sòti avèk Janin douz fwa anvan li deside mande l renmen. — Li kouvri liv ak yon plastik transparan. — Depi twa jou, nou pa monte chodyè nan kay la. Se fridòdòy n ap manje. — Yon bon paran toujou ap fatige tèt li pou pitit li. — Li pa bwè. Menm bwè li pa gen lakay li. — Ayisyen fè blag ak tout bagay, menm ak lanmò. — Yon dyamèt se yon liy dwat ki pase nan pwen santral yon sèk. — Li pa benyen maten a, men li fè twalèt li. — Li pa gen yon bon repitasyon kòm antrenè. Yo di li renmen fè jwè li yo mache ès-ès e menm abize kouraj yo. — Li toujou gen yon swetè sou li, menm si li fè cho. — Premye pitit fi li rele Valentin paske li fèt yon 14 fevriye. — Lè yon bann peyizan gwoupe pou yo travay ansanm sou tè youn ladan yo, yo rele sa yon konbit. — Li pa vrèman zanmi w vre, si li ap pouse w nan tanta konsa. — Nan pwen moun ki ap anboche yon kaka kleren. — Se gras a yon vye zanmi ki fè mwen jwenn travay sa a. — Se yon souvni mwen ta renmen efase nan memwa mwen. — Sanzave a bay tinonm nan yon panzou pou li te ka vole 5 dola ki te men l nan. — Se yon blag sal. Pa gen anyen plezan nan li. — Li te vle rele pitit la Ogisten, men manman fi a di non, se Michèl li vle. — Gen yon gwo bato ki mouye nan rad la. — Ekip lokal la tonbe plat atè devan ekip vizitè a. — Se neglijans otorite Leta ki fè peyi a depafini konsa. — Asosyasyon sa a te kreye an 1992. — Nan peyi sa a , ou bezwen yon lisans espesyal pou vann bwason. — Avyon a ap dekole a 2 zè. Men fò ou nan ayewopò a anvan midi. — Li se yon sentoma. Li pa kwè anyen li pa wè. — Jan toujou reflechi anvan li pale. — Medam yo kounyeya renmen kale kò yo, se mòd la sa. — Gouvènman an bezwen mete Mete baboukèt nan bouch laprès ak dekrè li fè sòti yè a. — Li gen pou li komanse nan fakilte a an oktòb, annatandan, li ap jwi vakans li. — Gen yon likidasyon nan magazen an jodiya, se sa ki fè gen liy sa a devan antre a anvan menm yo ouvè. — Yo di lasirèn ka chame yon pechè ak vwa li lè li ap chante. — Li di li marye, men mwen pa wè bag nan dwèt li. — Nou wè gen timoun nan zòn nan, gen 2 marèl ki trase sou beton a. — Ou t ap pase tan w ap jwe, se nòmal pou fini devwa w yo. — Batiman an disparèt dènye liy orizon an. — Depi mwen rive, mwen ap rele w pou mwen fè w konnen. — Timoun fèt pou respekte granmoun. — Se Ayisyen ki lòtbò lanmè ki ap sipòte peyi a. — Se pa jodiya, moun sa yo ap peze pèp la. — Fò m al wè manman m pou fèt la. — Nan klas matematik jodiya, elèv te travay sou koyefisian. — Lanman se yon plant. Moun ki manje grenn li ka gen vomisman ak dyare. — Yo ta vle fè kwè ke chat kaliko pote chans. — Se moun ki chèche ki jwenn. — Li se yon rekritè nan lame. Chak li pase nan tout lekòl pou pale elèv finisan yo de avantaj lame ka ofri yo. — Nan kabinè a, gen minis ki gen plis pase yon pòtfèy. Pa ekzanp, minis lajistis la reponsab ministè Fanm yo tou. — Yon djèt pi rapid pase yon avyon a elis. — Li sevre ti pitit la twò bonè. Li oblije paske fò li tounen travay. — Tout sa li yo se blòf. Mwen pa kwè yon mo. — Ponpye yo te vini ak kamyon ki gen yon Kòd pou rale machin pou yo te ka monte machin ki te tonbe nan ravin nan. — Moun yo ap pwoteste kont lavi chè. — Yon kilowat egal 1000 wat. — Nou rele lapolis lè nou wè yon nonm ki t ap eseye antre san pèmisyon kay vwazen yo ki nan vakans. — Paske li se yon gwo chabrak, li panse li ka fè sa li vle. — Papa l te gason lakou. Limenm, li rive yon doktè. — Li desann nan yon otèl ki bò lanmè e ki gen plaj pa l. — zo do enpòtan anpil. Se li ki fè ou ka kanpe, bese, kouri. — Li tranpe rad blan yo nan dlo cho anvan li lave yo. — Rèv la boulvèse tonton m. Li panse se yon premonisyon. — Gen yon konplotay ki ap fè pou yo mete direktè a atè. — Li pa gen kat kredi, li pa gen kont kouran, tout sa li achte li peye yo kontan. — Dàm sa a abiye tankou yon penda. — Madanm li refize li pran l nan bouda. Li di se pa natirèl. — Chòchòt se pa yon mo ou tande souvan nan yon konvèsasyon. — Si se pat pou jan li entèprete dans banda a, mwen ta bay twoup la 10/10. — Mwen aprann ke se Simon ki pran plas direktè a. — Pa gen moun nan kay la ki konn naje, pisin nan se pou Fè wè. — Desizyon ou pral pran an ka make pou rès lavi w. — Chèf opozisyon an kouri frape pòt anbasad franse a, lè li tande yo dèyè l pou yo arete l. — Doktè a preskri li antibyotik pou lalwèt anfle a. — Chanm ti gason a bezwen yon bon netwayaj. — Aristid retounen nan peyi a twa zan apre kou a. — Se moun ki konn kenbe sekrè, se sa ki fè mwen fè li konfyans. — Molis se tibèt ki gen mou, paske yo pa gen zo. — Nan peyi sa avoka fèt pou mete yon wòb lè yo nan tribinal. — Premye minis nan peyi sa a pa dire. — Yo ap repare wout la, yo deja mete gravwa, demen yo ap asfalte l. — Pwason lalin renmen solèy se sa ki fè ou ka wè yo ap naje anwo dlo lanmè a. — Nazarèt, nan peyi Izrayèl, toujou gen pèleren. — Mesaj prezidan a te viril, mwen ta menm di yon ti jan efreyan. — Pou rekonpanse l pou bon travay li fè lekòl la, papa l menmen l nan al bwè krèm. — Se egoyis li ki fè li rive nan eta li ye. Si l te travay e fè l ak moun, sa patap rive l. — Mwen pa achte boutèy diven ki pa bouche ak yon bouchon lyèj. — Se na sal kote senatè yo te reyini, yo pwayade Seza. — Tout moun konsidere tablo a tankou yon bèl bagay. Mwen pa wè poukisa. — Depite a kite pati ki te soutni li a pou li fonde pa li. — Se ak plim zwa pè ki te fèmen nan monastè yo te konn ekri. — Mwen nouri li, mwen bay kote pou li rete, kounye a li ap mande lajan. — Premye pwoblèm mwen, se jwenn lajan an. — Depi mwen apprann sa li di sou mwen dèyè do m nan, mwen ba li yon bwa long kenbe. — Gen moun ki panse ke kèk pwodwi abaz klowofil bon pou bouton nan figi. — Li ta pral bay ti gason an yon kalòt lè li wè parenn li ki se yon polisye. — Pou pa kite dlo a antre nan bouk la, moun yo bare rivyè a ak sak sab. — Yo di gen yon min lò nan zòn Nò a. — Li pran jak anpil tan pou abitwe avèk tanperiti Monreyal la. — Pitit la pi abitye ak Sizàn, yon bòn timoun nan kay, ke ak manman l. — Ki sans van an? Sid sidès. — Gen twa lekòl piblik nan kanton an. — Nan chemen ou pran an, fò ou tenas pou ou reyisi. — Mwen pa gen dèt anvè pèsonn. — Youn nan efè segondè medikaman sa a se vant mennen. — Fanm nan vekse paske granmoun nan rele l "ti cheri". Se yon feminis. — Se pa touye yon moun sèlman ki krim. — Jozèf se nonm ki te pase pou papa Jezi sou tè a. — Blag ou a san gou, se sa ki fè moun yo pa ri. — Patrik se yon bon mekanisyen. Se sèl limenm ki ka ranje machin nan. — Mwen wè yon karèt ki t ap pran solèy sou sab bò lanmè a. Kou li wè nou li kouri antre nan lanmè a. — Nan savann nan gen yon mal bourik. Se bèt mèt Jewòm. — Après siklòn yè swa a, van yon ti jan kalme. — Egalite pa vrèman ekziste. — Se pa yon tanpèt ki ap vini a, se yon gwo siklòn. — Pèfòmans aktè a resevwa anpil bravo de piblik la e de jounalis yo. — Bòs nan do se yon defo fizik. — Li te oblije lonje kou l pou l te ka wè parad la. — Se gras a yon potanta nan gouvènman an ki fè li jwenn travay nan ministè a. — Li gen yon sèl kredo: kredo, "fè lajan" menm si se sou kadav frè ak sè li yo. — Nan matematik, yon dyamèt vo 2 fwa yon reyon. — Ti gason a ap mache san pantalon, ak yoyo l nan lari. — Li gen 4 mouton, li panse li gen yon twoupo. — Kouman pou m ta fè bliye Ayiti, se yon tè zansèt mwen yo. — Papa m fache. Pèsonn moun pa konn poukisa. — Li di m "Lè yo te akize m nan, ou pat defann mwen. Kounyeya, ou bezwen pou m defann ou. — Yè swa mwen te tankou yon kadav. Mwen dómi jiska 4:00. — Langaj tifi a te twò sale. Mè yo pa kenbe l nan lelòl la. — Frida se yon vèv. Li pèdi mari li ane pase. — Michèl se pa moun ki ap kenbe lòt nan kè, se sa ki fé li toujou zanmi ak Jak. — Li se yon twòp pou tè a ki panse tout moun dwe l respè. — Move zanmi pa zanmi. — Li pa gen menaj. Sen Valanten se yon jou tris pou li. — Li resevwa yon pè zanno pou fèt li. — Florin se yon pwodwi chimik. Senbòl li se lèt F. — Li deja midi. Mwen pa wè si tan an te pase vit konsa. — Mwen mezire lajè pòt la pou m ka wè si frijidè ap ka pase. — Nan lekòl sa a, yo pa kite elèv double klas. Yo mete li deyò si ou pa pase. — Nan restoran sa a, moun yo trete w byen e manje a bon.' — Chak dimanch maten, nou mete tout soulye sou galri a pou chany lan. Se yon woutin. — Tèt kabann detache de rès kabann nan. — Opozan yo deside fè manifestasyon san apwobasyon lapolis. — Yo eseye medicaman an sou malere nan ti peyi pòv yo. — Lè trajedi konsa rive, gouvènman an toujou ap pale mete la. Li pa janm pran desizyon e aksyon pou evite sa rive ankò. — Misye pa kanpe sou anyen, men li renmen pale mete la — Yon san travail gen plis chans pou li fè depresyon ke moun ki ap travay. — Pawòl alanvè sa yo leve tout plim sou do l. — Li di tout sa li souwete pou pitit la ki fini ak etid li, se pou li jwenn yon travay ki byen peye. — Misye gen lè sou ou dwoge, li ap di yon seri de koze san pye ni tèt. — Chat la konnen ki kote pou li al fè bezwen li. — Liv kantik li anba bra l, Bib li nan men! Ou wè Poupèt pral Legliz! — Faktè a pap kite pakè si pa gen yon moun nan kay la pou siyen resepise a. — Li pa rekòmande pou al sou plas alè sa a. — Li pa gen matirite ase pou li marye. — Pannkot se dimanch nou sonje lè Lesprisen te vini sou apòt Jezikri yo. Evenman sa a te rive 50 jou apre Pak. — Li pa aksepte nan lame, paske li parèt efemine pou rekritè yo. — Li refuser kwè ke se dèyè lajan l fi a ye. — Teren a bòne, sa vle li gen mèt. — Se yon liv kont. Mwen li istwa ki ladan yo pou timoun yo chak swa. — Keratin, se yon pwoteyin ke ou jwenn sou po w, nan cheve w oubyen sou zong ou. — Nan zafè ekonomik, yo pale de mas kritik lè yon konpayi rive nan yon pwen kote li pa bezwen èd moun deyò pou li kontinye devlope. — Nan pak zannimo, gen siy toupatou ki di pou bay bèt yo manje ou pwoche twò pre yo. — Lè li pran nouvèl manman l malad, li kite tout sa li t ap fè et antre an tout vitès. — Li retire rad yo sou liy la anvan lapli a koumanse. — Se yon dokiman nil ki pa gen okenn valè pou lajistis. — Yon wousi pa yon manbo. Se yon asistan yon manbo oubyen yon wougan li ye. — Mwen ba li de jou pou repanse desizyon an. — Samdi pou mwen se yon jou demele. Mwen pa gen tan pou m chita. — Mwen tap tann yon diskou ki pi eksitan. Se yon diskou blèm ke mwen tande. — Kay la te gentan fin boule anvan menm ponpye te rive. — Mesanmi! annou pran travay la oserye tande. — Se yon kesyon ki mande anpil refleksyon. — Li mouye anba lapli. — Limyè lalin la pi klere aswe a. Se plenn lin. — Li di li pa bwè tafya, sa li al chache nan ba a. — Fò Pyè ta yon nonm san wont pou li ta mande Janin prete kòb aprè tout move bagay yo li di sou li. — Lè Pyè aprann ke se pat Jòj ki te ekri disètasyon a, li vann li bay pwofesè. — Peyizan yo ap prese finn plante anvan sezon lapli a rive. — Li gen tan anvan li monte avyon an, li deside vizite magazen souvni nan ayewopò a pou li achte kèk pwodwi lokal. — Sak a men a chaje ak blaklenklen. — Boksè a resevwa yon Koutpwen nan tèt. Li tonbe li pa leve. — Li byenpòtan pou laj li. Li gen 90 zan. — Defini mo sa pou mwen. — Kle a devan l. Li ap chèche. — Kongo se non yon peyi. Men se non yon flèv tou ki sou kontinan yo rele Afrik. — Madlèn repouse Izaak ki te mande l renmen. — Rayoul mande yon jij pou li pèmèt li yon ti kanpe pou 6 mwa, nan peye dèt la. Jij la refize demand nan. — Tablp ki pandje dèyè biwo li a se yon pikaso. — Lè li tande loray la, li kouri al retire rad ki te pandje sou liy nan lakou a. — Si ou bay ti gason sa a zoklo, gran frè ap imilye w ak souflèt. — Nan zòn sa, ou jenn anpil endistri. — Se gras ak epay li ki fè li achte kay sa a. Se pa nan lotri li te genyen. — Yo rive demaske moun ki t ap pote ale yo. — Li di li konn wè bononm, men li pa sonje ki kote. — Tanperati a refwadi jodiya apre gwo chalè yé a. — Li t ap eseye fè li pase pou yon moun nan ekip la pou li te ka antre nan match la sa li pa peye. — Nou ap chache yon lokal pou reyinyon dimanch la. — Nan baza sa a, ou achte tout bagay, menm gwòg. — Yap viv san kouran, san dlo, san watè. Yo vrèman pòv. — Chat te pran lang jeral Li pa di anyen pandan reyinyon an. — Se yon klas obligatwa. Si m pa pran l, mwen pap diplome. — Pou yo repare zo zèpòl la ki kase, sa ap mande yon gwo operasyon. — 2 moun paka sèvi ak menm bwòs pou krèm bab. Se lijyèn. — Sa a se yon travay tout moun ka fè, se sa ki fè yo pa peye byen. — Minis defans la se potomitan gouvènman. — Lide chatiman etènèl la fè anpil moun pè. — Anvan Kristòf Kolon, anpil save te panse tè a te plat. — Jan Jèta abiye a, gen lè li gen yon randevou damou. — Yo fè melas ak jis kann. — Moun ki konnen vrèman di ke chokolat blan pa chokolat tout bon. — Bòs Pyè gen yon madougou. Se pou sa li mete pantalon laj sa yo. — Dam nan pase tout jounen an nan jaden flè a. — Anèt etidye sikyatri nan yon inivesite ki Monreyal. Li tounen nan peyi a e ouvè yon klinik ki resevwa moun ki santi yo vle pèdi tèt yo. — Branch pyebwa sa a pral kase. Li two sèk. — Lè li pap travay, li renmen vwayaje ak fanmi li. — Jaklin se yon dyetetisyen. Li ede moun kenbe yon rejim ki ale ak sante yo. — Kesye a fèmen gichè anvan lè. — Ti fi a gen yon bèl ti ne nan tèt li. — Mwen bliye kès kola a nan boutik la. Fò m tounen al chache li. — Se pa yon dokiman ofisyèl. Li pa gen so. Li pa gen siyati. — Yo mete Jeral nan prizon pou 6 mwa poutèt li te bat madanm li. — Se gras a manman vant ke tibebe ki nan vant jwenn manje ak oksijèn yo bezwen pou yo devlope. — Achitèk la fe prezantasyon an ak yon modèl kay la. Moun yo te ka wè, ak detay, kouman kay la ap ye lè li fini. — Lapolis jwenn moun ki te fè krim yo. — Li di m li santi li plis yon Kebekwa ke yon Kanadyen. — Yon asirans se pa yon garanti kont malè, men se yon pwoteksyon anka malè. — Gwo kay nan mòn nan, se yon kouvan. — Li ap soufri, depi yè, ak yon gwo doulè. — Ou ka jwenn literati sou maladi sa a nan yon ansiklopedi. — Depi mwen al wè parenn mwen, fò m sòti ak yon kichòy. — Jaklin ap chache yon fotograf pou maryaj. Tout moun li jwenn deja okipe. — Li gen 64 lane. Li preske gen laj retrèt. — Touche yon fanm san konsantman, se yon krim. — Se yon lach ki ap voye wòch kache men. — Kou tank gaz la rive amwatye vid, fò ou ranpli l. — Chak ane, pou Nwèl, evèk katolik Ayisyen yo toujou fè sòti yon lèt pastoral. — Se yon nonm ki pa janm bliye byenfè yo fè l. — Ti pous se yon belijeran. Li toujou ap chache moun kont e toujou pare pou batay. — Anpil opozan ap viv nan kache paske milisyen gouvènman yo dèyè yo. — Konpayi gen plis pase 900 moun sou Pewòl li. — Ti gason tèlman pay, mwen leve l ak yon sèl men. — Anons la pale de yon gwo lavant nan magazen an. Ou ka achte tout bagay a mwatye pri. — Anvan li akouche, li deside chache yon pedyat pou bebe a. — Mwen satiyèt Janin, li pa bouje, maladi a fè li pèdi tout sansasyon nan kò li. — Mwenmenm ou wè la, ou janm achte figi moun — Nan mab li yo, li gen 3 chelenn. Yo tankou yon biblo pou li. — Ou jwenn flè bannann sitou sou kontinan yo rele Azi a. — Nil se yon rivyè ki pase nan peyi ejip. Se rivyè ki pi long sou tè a. — Se yon moun ki te konn vin lakay la kèk fwa. Men mwen pa wè l depi lontan. — Li se yon bamann nan yon gwo otèl nan kapital la. — Mwen pap janm lage vye fanmi mwen yo. — Mona lisa gen yon bèl souri, men li pa sanble yon moun ki gen kè kontan. — Gen yon lè pou blage. Jodiya se pa yon jou pou sa. — Li di liv la repiyan paske se yon istwa damou. — Jounalis sa a fouye anpil anvan li ekri atik la. — Li resevwa yon twotinèt pou fèt. — Kouman, pa gen nèg vanyan nan peyi sa? — Otobis la kite estasyon a chak jou a menm lè a, pou li ale Okay. — Pa mache pye atè si ou vle evite maladi chik. — Lapli a fèk kòmanse. — Ayisyen pa pè mizé, men yon pa pè travay tou. — Bwa chapant yo kòmanse pouri. Fo nou repare yo vit. — Pati yo antann yo sou tout pwen sof sou youn. — Mikaben mouri sou yon sèn a Pari apre li fin chante. Gen moun ki ta di li mouri nan pye travay li. — Se pa ban nou, yo te ban nou endepandans la. Se zansèt nou yo ki te batay pou li. — Si ou met lajan sa a labank, li ap rapòte de fwa lavalè l nan 5 lanne. — Li ka sanble yon makwali pou ou, men pou li se yon bél moun, paske li pa gade fizik sèlman. — Li se yon kesye nan yon bank. — Elsa te bezwen libète li. Se sa ki fè li kite lakay li pou l al viv ak 2 zanmi lekòl. — Mwen bezwen mezi senti Oryòl pou m ka achte pantalon a pou li. — Mache pandan 15 minit chak jou ka desann estrès la. — Li plante yon ba fè nan mitan lakou li a — Tout moun nan kay la tande sonèt la, youn pa leve al ouvri pòt la. — Pou al Lagonav, fò ou pran yon bato. — Chanm ti gason an sanble ak yon pòchri. Salte, dezòd toupatou. — Pale avè li, eseye konvenk li. — Ramsès II sete yon Farawon ki te dirije epip pandan plis pase 60 lane. — Doktè a di enfimyè a se pou li mete medikaman pa konngout nan sewòm nan. — Chak joudlan, tout ti moun abiye byen chelbè pou yo al swete larezone. — Parenn mwen pa kanpe sou limyè wouj la, Yo ba li yon kontravansyon pou sa. — Depi lontan moun yo ap batay pou yo rekonèt Palestin tankou yon peyi. — Apre 2 zan divòs, zanmi an toujou poko reprann li. Men madanm li gentan remarye. — Li panse ke yo lage yon sò sou li. — Li deja nan malsite, e yo mande l pou li peye plis lajan pou enpo. — Papa l defann li sòti avèk ti gason. Li di misye pa gen bon renome nan zòn nan. — Li bat ze yo a jiskake yo tounen yon mas blan e glise. — Lè yon gason antre nan yon legliz, li dwe retire chapo l kòm yon siy respè. — Moun nan komin nan pat satisfè de travay depite a. Yo ba l yon koutpye nan dèyè l nan dènye eleksyon. — Jòj netwaye kay, li fè lesiv pou li ka fè Mirèy plezi. — Si ou bezwen fè tou plim sou do Sayil leve, pale de Madlèn, ansyen menaj li. — Li panse li te fè kaka nan ekzamen an. Li sezi wè li pase. — Se ou jigolo. Li pap travay. Li ap viv sou kouraj fanm ki pi gran pase l. — Li ap chache yon travay ki reponn a pwofesyon l. Annatandan, li kenbe ak yon ti demele. — Li paka fè anyen pouken li. Se lòt moun ki pou fè tout bagay pou li. Li ap viv yon retouday. — Gazolin la chè, men li pa ra. — Mwen tande yon dam ki di yon lòt: "W ap chache m, o pap jwenn mwen!" — Mwen vini Pòtoprens nan yon move moman. Lè lapli ap tonbe, epi gen manifestasyon toupatou. — Mwen rete 12 vèsman pou m fin peye kay la. — Aprè operasyon nan jenou, li ale nan terapi pou li ka rive pliye l ankò, — Se yon lopital kote yo chatre chen ak chat. — Se lanmò sèlman ki ka fè l mete pye l devan kay Pola. — Li premye nan ekzamen ofisiyèl yo. — Dòktè di l, li gen yon kansè nan poumon. — Li pran yon salad nan men direktè a paske li remèt rapò a anreta. — Li ap ri li pou jan li pale. — Tenm monte ankò. Ou bezwen 30 goud pou ou voye yon lèt aletranje. — Yo detripe bèf la lè yo fin touye l. — Li pa renmen chen, li pito chat — Prezidan an fè yon diskou devan palmantè yo. Li menase yo si yo pa pase lwa sou imigrasyon a. — Ki moun Tche te ye? Se yon revolisyonè kite ede Fidèl Kastwo. — Se yon timoun ki fèb. Li manke vitamin. — Itlè te mechan anpil. Li bati yon pakèt chanm gaz kote solda li yo konn touye jwif yo arete. — Se yon trayizyon lè ou vann sekrè peyi w. — Li vizite tout peyi sou kontinan Ewòp la, eksepte Lagrès. — Lè l fini nan fakilte a, li pral spesyalize nan yon kadyoloji, ki se yon branch lamedsin. — Gwosès Antwanèt l pat fasil, men li akouche san pwoblèm. — Pou Jàn ke li dwe, frè Izidò pa pase grandemen an, li pran chemen pa jaden. — Ou sonje kouman li te yon bonbonfle lè li te lekòl? So ou wè l kounyeya. Li vin mens. — Linèt la nan je li, epi li ap chache l. — Li ta renmen fè boulèt, men li pa gen yon moulen vyann. — Moris Sisto te sèvi ak yon metafò lè li nan Istwa yo rele Oma nan bisantnè, li di "Bouch Gabriyèl tankou yon lantouaj ki manke poto". — Jòj se yon tafyatè. Lè li sou li tounen yon demon. — Patrik se yon nonm ki senp. Jan ou wè l la se konsa li ye. — M deside pa reponn mesaj li yo. — Envesti nan yon konpayi tounèf se pran yon gwo chans. — Li toujou fè bon nòt nan matematik. — Si w ap aji an timoun konsa, pèsonn pap rive pran w oserye, papa m toujou di m. — Ane sa a, li pa rele pèsonn pou swete larezone. — Li al travay nan yon lòt branch pou li ranplase yon moun ki an vakans. — Si w kare kòk sa a ak kòk konpè Pyè a, li ap pèdi. — Pè a bay yon sèmon dlololo maten. — Minis la pa renmen moun deranje li lè li ap pale ak zanmi li nan telefòn. — Oktòb se dizyèm mwa nan lane a. — Konpayi komanse montre sa li vo. Li pa nan laj timoun ankò. — Ou ka rekonèt fasilman moun ki gen lajonis paske po yo tou jòn. — Li konte anpil sou bonis desanm nan pou li fè yon bèl ak tèt li. — Jèta wè m, li fè komsi li pa konnen m. — Drapo Ayisyen gen 2 koulè orizontal: Ble e wouj. — Blan sa yo pa janm met chemizèt anba chemiz yo. — Konbyen fwa mwen di w mwen pa vle tande pawòl sa yo nan bouch ou? — Pran san w, mwen di li, pou ekri redaksyon an, paske si ou tchyake li, w ap gen yon move nòt. — Tifi a ansent. Nouvèl la fè bri nan katye a paske tout moun te panse li ta pral fè mè. — Jan ou desann plat la vit la, m ap mande si ou kraze manje an byen. — Pòl te pedi wout li, Bondye fè li pran bon wout la. — Nemou se yon bon saksofonis. — Jan pa janm rete apre travay, depi lè a rive, li bat dèyè li. — Mwen tou, mwen te panse se yon moun ki pat konn pale. — Se yon fanm ki djanm. Apre lanmò mari l, li pran mayèt konpayi e fè l grandi. — Mwen pa gen okenn respè pou moun ki ap bay manti. — Tout moun nan katye a konnen ke Jozefin se fanm adiltè, mari a pa janm sispèk anyen. — Travay jandàm yo rele Gwo Ponyèt la se Koupe latcha prizonye ki ap fè wondonmon. — Yon kas ble se yon solda yon fòs entènasyonal ke LONI voye nan yon peyi pou mete lapè. — Li move kounyeya. Ba l kèk jou pou li pran tèt li. — Sizo kwafè pi file pase tout lòt sizo yo. — Premye kesyon yo poze l apre aksidan se ki moun ki t ap kondwi. — Lè m ap kondwi sou yon otowout, mwen toujou kite yon gwo espas ant machin mwen an e sa ki devan m nan. — Bitovenn se yon gwo mizisyen ki ekri yon pakè senfoni. — Si ou sòti kounyeya, ou mèt ale nèt, li di m. — Moun ki anvi madanm lòt moun gentan peche nan kè yo. — Poukisa ou poze kesyon sa a, si ou deja konnen repons la? — Jozèt marye ak yon frè, li se bèl sè m. — Pa janm pa gen moun mouri lè etidiyan yo ap manifeste. — Se 3 fwa yo kontwole moun ki pral avyon nan ayewopò sa a. Dènye fwa se nan pòt avyon an. — Si gadyen nou an pat bon nou tap pèdi match la. — Kò yo fè misye mache bwate. — Kote ki gen eksplwatasyon toujou gen vyolans, paske eksplwatasyon se yon fòm vyolans. — Piti la jwenn gerizon gras a Bondye. Doktè te kondane l. — Moun pa jan fin abitwe ak lanmò. — Mwen wè Pyè sou galri li a. Li t ap manje yon fig. — Apenn mwen ouve bouch mwen, li koupe m pou li pale de pwoblèm pèsonèl li. — Li pran kote papa l, se sa ki fè li renmen bwè tafya. — Gen yon sechrès nan diskou minis la. Pa gen enpati e lòt emosyon ki ta montre ke li konprann sa moun ap pase. — Samyèl marye ak Sizèt paske li te panse li t ap ka souse fanmi dam nan ki te gen gwo mwayen. Papa Sizèt gate plan l. — Doktè di l pou evite grès — Apre lamès la, pè kire a envite lòt pè yo nan presbitè a pou yon yon goute. — Se Janette sèl ki ka kwè boulòk sa a. Li nayif. — Mwen gen yon Biyè-senk-dola, kiyès ki ka chanje l pou mwen. — Li gen twòp enterè nan zafè sa a, pou li ta pran yon desizyon san fòs kote. — Lè papa move, li bon pou ou lese l anrepo. — Depi Jan al rete nan katye gran nèg la, li pa vini bò isit la menm ankò. — Yon potanta se yon moun ki non sèlman gen lajan, men li gen pouvwa tou. — Kolye chemiz la twop sal. Fò ou mete li tranpe anvan ou lave li. — Tifi a reponn matant li ak radiyès devan tout moun. — Doktè a di blese nan tèt ka tounen yon danje pou lavi li. — Mwen di li, se pa yon sikològ pou li wè pou pwoblèm vaginis li a, men yon jinekològ. — Rezilta tès san an di li gen kolestewòl li ki wo anpi. — Pou ti sa li ap fè a, pechè latè de bra balanse gen tan pa vle wè l. — Si Jano envesti nan konpayi a, sa vle gen afè. Se pa yon moun ki pran chans ak lajan li. — Li di Bondye ba l yon mesaj pou mwen nan yon vizyon. — Nouvèl la rann ni gaga pandan 2 jou. — Mèt la ouvè yon atlas ki gen kat tout peyi ewòp yo. Li mande m pou mwen montre kote Nòvèj ye. — Li pa sanble yon moun ki gen pitit pitit. Ki laj li? — Tsetse se yon mouch nan kèk peyi afriken. Yo ka touye yon bèt yo pike. — Amiral se pi gwo grad ou ka genyen nan gadkòt. — Lay ka ede moun ki gen kolestewòl twò wo. — Sèl distraksyon tifi nan zòn nan, se jwèt marèl ak jwèt kòd. — Lè l fin rakonte istwa a, li di: "Men ki jan sa te pase." — Ou pa bè soup ak fouchèt, men ou ka manje bannann ak li. — Moun tik pike ka kontakte maladi lim e ka pase li bay lòt. — Jewòm gen sèlman 20 lane e li gentan gen yon Metriz nan sikolji. Se yon jeni. — Si ou pa gen adoken ou pa menm bezwen antre nan magazen sa a. Tout bagay ladan koute chè. — Kandoda a di li gen yon plan en 10 pwen pou fè peyi a evolye. — Timote se yon neyofit nan kwizin. Li rive reyisi premye pla l. — Misye pa fimen men li toujou gen yon bwat alimèt nan pòch li. — Madlèn te yon fanm atiran anvan li te marye. Li neglije tèt li kounyeya. — Ant mango e zaboka, kiyès ou prefere. — Li pase tout reyinyon an ap fè majigridi sou kanè a. — Se timoun ki mete Rad ak volan kounyeya. — Kay la se swe travay granpè m. — Sa fè 2 zan depi mwen pa wè Bènadèt. Sa parèt yon etènite pou mwen. — Anpil jèn gason nan zòn anwole nan lame. Se sèl debouche yo genyen. — Se yon aksidan machin ki rann li enfim. — Zanmi Ivòn yo paka konprann li renmen ak Samson, yon nonm mapotcho pou yo. — Si w ap chache senserite se pa ni nan diskou, ni nan zak politisyen w ap jwenn li. — Lame a di li tojou pare pou lè payi a fè apèl a yo. — Se sa sèlman tinonm nan ap mache fè, kreve ti medam yo nan katye a. — Mwen pa gen sourit lakay mwen, paske mwen gen 2 chat. — Nan lanmès jodiya, levanjil la pale de zak ki pa fè Bondye plezi. — Avèk yon enterè konsa, bank yo ap Plimen kliyan yo. — Chemiz la gen yon dechire nan do. — Zanno kreyol la leve figi Jina. Li fè li parèt yon gran dàm. — Fi a tèlman mechan, li mare piti la nan yon pye kabann. — Jak ak Pyè vin zanmi apre Jak te ede Pyè ki te tonbe. — Le m te piti preske tout kay te gen yon radyo pòtatif. — Doktè a di oksijèn nan san li ba. Se pou sa li gen tèt fè mal anpil konsa a. — Li ap chache yon avoka ki non sèlman maton nan lwa peyi a, men ki gen yon prezans tou. — Se pa yon moun ki dekouraje fasil. — Mwen pa mete moun sou latè beni . Se travay Bondye. — Depi 2 jou nou pa gen kouran, tout sa ki te nan frijidè a gate. — Mwen pa ka jwenn sans mo sa a nan diksiyonè mwen an. — Ou ka divize dis pa 5 ou 2. — Yon idyo konsa, mwen pa konn kouman li fè chèf depatman an. — Sa li mande m nan e sa li pwomèt mwen an parèt twò louch, pou mwen ta aksepte. — Jòj toujou ap wouspete nan klas la. Mèt la fatige voye li nan direksyon a. Li deside voye rele paran Jòj. — Mwen pa janm foure bouch mwen nan sa ki pa gade m. — Kay li pran dife yè swa. Se kay zanmi l li ap viv. — Mwen gen yon randevou a inè, apremidi a. Fò m sòti depi onzè. — Kay ki pentire an ble pal la, se la Jaklin rete. — Rad la ekspoze epòl madanm nan. Se yon wont li antre legliz la avè l. — Mwen bavedevan machin nan. Si m te gen kòb, mwen t ap achte l. — Bòs Pyè gen 4 kòk batay mare sou lakou l la. — Ou ka wè mak blan franse yo nan achitekti kay lavil la. — Se yon metod modèn. Se pa tout moun ki tande pale de li. — Li te antre nan lekòl de dwa pou li fè papa l, ki yon jij, plezi. Jodiya, li se yon pastè. — Ou vle mwen ba w yon sekrè. — Tout fi nan sal sòti apre yo te fin tande blag mizogin komedyen an. — Doktè yo deniche kansè a twò ta. — Ponpye yo rive touye dife a, men apre anpil tan. — Ou bezwen senk galon penti pou pentire tout kay la. — Misye pipi souvan. Sa fè twa fwa maten an li ale. — Tout kay nan peyi Dayiti gen omwen yon kafetyè. — Li ap pran antibyotik pou enfeksyon nan gwo zòtèy la. — Jano di li twò jèn pou li fimen ak kachimbo. Se sigarèt li fimen. — Jounalis la trayi deklarasyon minis la. Lè li chwazi sèlman 2 fraz san rapò pou li te pwouve yon pwen. — Li sonje tan li te pansyonè kay Sè Lasajès yo. — Nèg ki ekri atik sa pran gwo chans. — Nan ekip, pa gen oumenm, limenm, mwenmenm. Gen sèlman noumenm. — Anpil moun panse ke otomobil elektrik ap ranplase yon lè solo yo ki mache ak gaz. — Yo vote yon moun ki pat janm fè politik pou prezidan. — Lè moun Kanada ap mouri ak fredi, pa bò isit la chalè ap touye nou. — Kazidomo pat yon ebete. Li te gen sèlman yon defòmasyon fizik. — Gen yon bann bèf nan savann nan. — Frijidè kay la toujou ranpli le samdi, men rive madi, li parèt preske vid. — Siy sa a di se pou chofè yo rete. Sa vle di se pou frennen, rete, gade adwat agoch anvan yo repati. — Devan li, zanmi li yo di yo renmen Koup li a, men kou li tounen do li, yo kritike li. — Lè yo mande si li gen abitid fè sa li fè a, li di se yon fwa sèlman li te fè l. — Anpil fidèl nan legliz la pral Ayiti pou yon pwogram akonpayman e pou ankouraje yon legliz nan Jakmèl. — Flit se enstriman ki pi ansyen sou tè a, daprè moun ki konn listwa. — Mwen gen 6 mwa depi mwen pa wè manman m. — Pandan prèch la, ou tande yon fidèl ki rele Alelouya! lè pastè di yon bagay ki fè l plezi. — Mwen te konnen tinonm sa a t ap rive avoka. Depi li te piti, li te toujou gen yon repons nan pwent bouch li. — Yo sèvi yon choukwout anvan gwo pla a. — Li pa renmen savon vesèl, li di, paske li wonje bò zong li. — Anpil moun ki soti nan peyi Lend se vejetaryen. — Pa okipe Jewòm. Li se yon moun tèt pa anplas. — Lè li te deside kriye osekou, li te twò ta pou li. — Li te ale pou ale pou yon mwa. Li tou rete. — Li pral nan yon kan vakans, se sa ki fè li achte yon sak kouchay. — Ekip la pat prepare, se sa kifè yo kabinen li konsa. — Avèk machin pou anrejistre ak machin videyo, estenografi vin tounen yon profesyon ki preske disparèt. — Se tankou flanm yo t ap danse nan fwaye chemine a. — Etazini gen 2 gwo Pati politik, yo toujou nan chire pit. — Je w anfle, ou sanble ou tap kriye. Sa k pase menm? — Se yon nonm mechan. Mwen ta ka menm di li se yon nonm dyabolik. — Pòl se yon bwa piwo. Li mezire plis pas 2 mèt nan wotè. — Ou pa bezwen yon divinasyon pou konnen tigason an pap pase lekòl. Li pa etidye. — Nan pak la la, gen yon Fontenn dlo chak 10 mèt. — Mwen di li se pou li wè yon doktè je avèk po je anfle sa a. — Li pa rekòmande pou bay timoun piti seriz paske yo ka gen pwoblèm si yo vale grenn yo. — Jera Goug se yo militan dwa moun konsekan. — Nous gen sis sans. — Libi se yon peyi ki nan zòn Nò kontinan afriken an. — Pap la rete nan vil Vatikan. — Ak yon yon djak ou ka leve yon machin. — Mwen mande l sa li vle pou fèt li. Li reponn pou moun ban m lapè. — Bank pa konn fè kado. Se prete yo konn prete. — Chak li achte yon lit lèt pou timoun. — Kraze repitasyon yon moun san rezon, se travay makfezan. — Nouvèl la kite m ebete. — Yo di se yon Ayisyen ki te fonde Chikago. — li pran dezè pou li fè yon wout ke li te ka fè nan 45 minit. — Lè m rive, mwen wè pòt legliz la fèmen. Se premye fwa sa rive. — Nan legliz sa a, yo ap gave fidèl yo ak move lide. — Pyè viv avèk Natali pand 10 zan anvan yo marye. — Gouvènman an bay pasdwa sèlman a moun ki defann li. — Moun rekonesan toujou kontinye jwenn èd ak favè.' — Li bay yo chak yon kado. — Chak timoun nan klas la gen yon adwaz pou yo ekri. — Plas la chaje ak flannè. Moun ki vin pwomnen. — Lide jete gouvènman an pa kenbe. Sete tankou yon chato sab ke premye vag lanmè kraze. — Pou ou jwenn yon tab nan restoran sa a, fò ou fè rezèvasyon yon semenn anvan. — Li preske midi, talè, timoun yo pral rele mwen. — Machin nan kale nan ren mòn nan. — Lontan, pale de ensinere yon kadav te fè anpil mete men nan tèt yo. — Se yon ansyen elèv ki te rekòmande l. Se sa ki fè yo pran l nan lekòl la. — Li chita bò telefòn nan, li ap tann doktè a rele l pou li ba li rezilta tès laboratwa a. — Depi yè li rete ka Joslen. — Li gen chofi sou tout kò l. — Lè mwen te ba li kado a, mwen te jis vle fè kè li kontan. — Kote mwen wè ti gason, e ak moun mwent te wè l yo, mwen kwè li sou yon move pant. — Si w pa vle nan pwoblèm, se pou w toujou obeyi lalwa. — Katedral la gen yon estati Lavyèj ki gen pase plis ke 600 lane. — Blag sal sa a, se moun san lizay sèlman ki pou bay li. — An Dominikani, yon sèvi ak peso. — Pòl fini lekòl. Kounyeya, li bezwen yon travay. — Pentire lantouray la! Se yon vwazen ki met lide a nan tèt mwen. — Bouden w plen, you kapab pale kounyeya. — Kote mouche sa-a sòti? — Manifestasyon an fini nan dezòd. — Mwen renmen kay la, men mwen pa gen ase kòb pou mwen achte l. — Se yon ti liv ki gen enfòmasyon sou maladi poumon. — Kòk la sèvi ak zepon l pou li atake chat la. — Tant granpè w se gran grantant ou. — Mwen pata janm panm panse ke dam sa a se yon mè jan li abiye a. — Yo mete l deyò nan kay la, paske li pa janm peye alè. — Atè se tankou yon tiyo ki charye san ki chaje ak oksijèn e ki sòti nan kè yon moun pou voye l nan tout pati nan kò a. — Prezidan an mete pase genyen lè li sitiyasyon peyi amelyore depi li pran pouvwa a. — Se nan bouch ou jwenn lang. — Ti gason a vekse dèske yo rele l santi pise e mande pou li vin ak yon grandmoun pou li ka antre nan sinema a. — Mwen Michèl pase ak yon kòk batay anbabra l. Li sanble li pral nan gagè. — Nan lekòl sa a, tout elèv sanzeksepsyon dwe vini lamès chak dimanch ak inifòm. — Li kriye pou anyen. Liemotif. — Anvan yo bay yon moun diplòm medsin nan, li dwe fè 2 ane entèna. — Li di li gen yon do fè mal, li pral lonje pou uon ti moman. — Michel gen tansyon. Fò w prepare l anvan ou ba l nouvèl sa a. — Li aji tankou yon timoun piti. Mwen pa t ap tann sa de li. — Premye minis la refize lage kite sac menm lè tout peyi a kont li. — Se pa yon nonm ki konn flate moun. Li gen diyite. — Gaspa, Melkyò, Baltaza, se konsa yo di 3 wa maj yo te rele. — Sa fè lontan. Mwen pa menm sonje poukisa mwen te fache avèk frè m nan. — Anpil moun konnen Nitche kòm yon filozòg. Men yo pa konnen ke li te yon powèt and yon mizisyen tou. — Dòktè a ba li yon remèd pou kal yo. Se pou li lave tèt anvan li mete li. — Se pa pou sa Bondye te fè w rete anvi. — Yo envite m nan yon sware kay ambasadè a. — Mwen pa konn kisa mwen fè Michèl. Li pa pale avè m. — Bondye mande Abraram pou sakrifye sèl pitit gason li. — Ou ka travése otowout la si ou al pran pon pyeton a. — Mwen paka kwè ke Maryo paka li mizik. Li jwe 3 a 4 enstriman, e li jwe yo byen. — Nan anpil peyi, yap pale de legalise dwòg. — Sak fatra a plen. Li pap ka pran plis. — Sa a se yon travay pou twa moun. — Siklòn fè anpil domaj nan zòn nan. — Gen yon jandàm ki estasyone 24 sou 24 devant chanm lopital prizonye a. — Lè mwen mande li pou li ban mwen 3 rezon poukisa li renmen mwen, li ban mwen 10. — Mwen di li se sèl noumenm, mwenmenm ak ti frè m nan, ki ka pran desizyon pou manman m pandan li nan lopital la. — Timoun yo grandi vit. — Mèsi, poutèt Nou vini. Nou prepare yon bèl fèt pou Nou . — Li dekore salon a ak yon Abdenwèl. Pita li ap komanse mete kado nan pye l. — Li antre depi 3 zè, e li toujou gen rad travay li sou li. — Travay li se manipile kliyan yo, fè yo panse yo bezwen sa li ap vann yo. — Se yon pedagoji ki wè pèsonlaite timoun yo anvan aprantisaj. — Li pase nan lekòl militè, men li pa rive sòti ofisye, paske yo te mete l deyò pou briganday. — Tout rad li sal. Li pa gen tan pou li lavaj. — Manman vle di tandrès. Men li plis pase sa. — Michèl depoze yon plent kont Nicola. — Li m di si mwen digonnen Jowèl, l ap rive fè sa mwen mande l la. Jowèl paka pran presyon. — Li mande mwen pou mwen ranpli boutèy la ra gagann. — Lè tout moun te vire do ban mwen, se zanmi sa a kite akeyi lakay li jiska mwen te reprann mwen. — Mwen plis renmen pen patat ke pen mayi. — Mizik klasik fè li dòmi. — Ou pa fèt pou ou pale nan yon bibliyotèk, men si ou blije pale fòk ou bese vwa w . — Fanm sa a pa fouti di li pat gason, li gen yon pòmdadan. — Li pouse tout lide mwen yo. — Ekip la kalifye pou seri eliminatwa a. — Si yon chen anraje mòde w se kouri al lopital, paske ou ka pran raj la. — Polèt ap pote yon timoun. Li sou 7 mwa. — Anpoul la ap mouri limen. Li sanble li lè pou nou chanje l. — Si Pòl mande m, m ap prete l lajan an. Men mwen pap ofri l. — Li se yon chèf san otorite. — Li panse se yon dekout li t al fè. Yo tou mare l. — Depi granmoun sa pa jwenn sa li bezwen an, li mande pou wè chèf magazen an. — Nimewo dis se boulpik mwen. — Mwen kontan se mwen ou chwazi. Mwen pap fè w wont. — Mwen pa konn kouman bòbòy sa a fè antre nan lame. — Sou chak 2 kay nan zòn sa a, ou jwenn yon antèn parabolik. Se yon katye moun rich. — Yon bon chemiz konsa, ou fè l tounen chifon pou netwaye. — Gen anpil moun nan peyi Pewou ki toujou pale kechwa. — Yèswa, mwen manje yon bòl chili, depi lè a lestomak mwen ap boule m. — Opòtinis, se kle nan biznis.' — Blese a t ap swete. Li t ap bay yon pi jòn. — Lam masiko a bezwen file. — Mete nanm sou ou al pale ak fi a si ou renmen l vre.. — Kwizinyè a fè yon bouyabèz jodiya. Tout moun fè l konpliman tèl li te bon. — Bètran gen yon sèl doulè ki pran l. Yo kouri lopital avè l kote yo jwenn li gen pyè nan ren. — Se excellence, lekòl la ap chache. Se sa ki fè li pa pran tout moun. — Vizit la te yon sipriz pou tout moun. — Mwen panse misye te yon dyolè, men tout sa li di yo se laverite. — Anvan ou gen lisans pou kondwi machin, ou bezwen yon pèmi pou aprann kondwi, epi pase ekzamen pratik la. — Sa pap etone m si ou ta di m misye se yon vòlè, paske li se yon gwo koken. — Sechrès pote yon grangou kanpe nan tout rejyon an. — Blese a gentan enfekte, doktè a di. — Lontan boksè yo te konn antrene ak sak sab. — Pè a di nou tout sa nou gen sou kè nou se pou di li lè nou al konfese. — Te gen yon chase trezò nan lakou lekòl la maten an. Yon elèv jwenn yon mobil tounèf nan yon poubèl. — Sou tab la gen sèl vinèg, men pa gen pwav. — Mwen ta met grangou, mwen pap janm mete manje lwa nan bouch mwen. — Mwen pa janm rete a moun. — Janin te pran yon dyaspora nan yon pa konprann. Li te pran pòz renmen avè l jis pou li te ka pati. Kou li rive lòt bò li al jwenn yon ansyen menaj li. — Prezidan an di li kite pòt la ouvè pou depite nan opozisyon yo sou kesyon bidjè a. — Tifi wont sòti paske li gen yon bouton ki leve nan fwon l. — Chak mouchè sa a pase bò kote m, fò li bwose koud li bò kòt mwen.' — 2 peyi yo pa rive antann yo pandan negosyasyon. — Yo panse li pa pran nan chenn paske malgre tout sa yo di pou fè l move, li kontinye ap souri. Li t ap bouyi andedan. — Lè pitit la wè papa l ki t ap ouvri baryè lakou a, li kouri al rankontre e anbrase l. — Volò a pran tout lajan ki te nan tiwa a. — Papa a pitit la, nou pa di mo sa yo lé nou sou tab. — Emofili se yon maladi san. — Nan kafou sa, ou kapab vire adwat sèlman. — Kiyès ki ranje tab la. Li fè yon bon travay. — Yo di manyòk bon pou moun ki gen tansyon yo ki, e ki soufri dyabèt. — Bisiklèt la vini san yon fouwo pou pye. Mwen oblije ache youn apa. — Sete yon poul mouye lè te lekòl, sa ki ta di li ta vin yon gwo boksè jodya.' — Yon kout volan! E pasajè yo rele. Men yo pa wè ki danje chofè a evite. — Gaza se yon ti mòso tè ki nan Nò peyi Lejip. Se youn nan 2 teritwa kote ou jwenn Palestinyen. — Polo se yon koudi. Li pap patisipe nan kolèk la. — Yo mete m chita nan goch estrad la. — Apre divòs la, li sòti ak mwatye nan byen yo. — Tout misye nan katye a panse ke Mirèy se yon fanm fasil. Men youn paka pwouve sa. — Li pete kriye, lè li aprann nouvèl la. — Mwen te panse se yon bougonnen mwen te tande nan chanm matant. Lè m panche zòrèy mwen byen, mwen konprann se nan telefòn li te ye ak yon moun. — Se pa yon pansman pou mete sou java sa a, se kay dokté pou ale pou yo pran swen l. — Se konsa li ye, kelkeswa sa ou di, li ap kontredi w. — Satan ka pwomèt ou richès, men li ap vle pran sa ki pi enpòtan pou ou a, nanm ou. — Nan katye sa a, ou jwenn 3 leliz pwotestan nan menm ri a. — Vòlò! Li rele. Lè ti gason rache bous la nan men li. — Papa l mouri lè li te tou piti, se yon bopè l ki leve li. — Mwen rele Masèl. Mwen se yon etidyan nan fakilte dedwa. — Chak magazen an gen 2 moun degad. Yo la pou pwoteksyon. — Li pa yon moun ki ap kite lòt jwe nan tèt li. Yo di li se yon wòklò. — Se vakabon ki jwe bakara pou lajan. — Enfimyè a tranbe ti bwa koton an nan alkòl pou l netwaye blese a. — Nèj te tonbe yè swa, lari a tou blan. — Chili se yon peyi Sid Amerik. Kapital li se Santyago. — Menm si yo konnen valiz diplomatik la gen enfòmasyon sou yon kou ki ap prepapre, ofisyèl gouvènman nan ayewopò a pa ka manyen l. — Li te toujou di lè li pran retrèt li, li ap vwayaje. Kounyeya li pa chita lakay li menm. — Li v sa a gen 5 tòm. Mwen li 3 premye yo. — Li mouri san li pa kite yon testaman, se sa kè pitit li yo ap batay konsa e fè avoka fè kòb sou yo. — Boukanye yo se ansyen pirat ki te kite danje lanmè pou yon lavi pezib. — Anvan ou kòmanse pran medikaman an, li byen etikèt ki sou bwat la. — Ak ratezon gazolin la, moun ap achte yon galon pou de fwa lavalè l. — Gouvènman an pa gen mwayen pou li takle pwoblèm lamizè nan peyi a. — La kwa wouj di yo pa gen ase gwoup san A. — Yo ka atake òdinatè w la si ou pou enstale prese prese yon Lojisyèl antiviris. — Lè mwen gade bagay yo yon lòt fwa, mwen wè mwen te gen chans yo pat pran mwen nan travay la. Mwen patap janm tounen lekòl an rive vini yon doktè jodya. — Moun nan bouk la fè kay yo byen bèl pou resevwa prezidan an. — Mwen pat wè Michèl; se lè li ban m yon titap sou zepòl mwen, mwen rann mwen kont li te toupre a. — Li fè l anba kolè. Kounyeya li regrèt. — Bwa kochon se yon plant. Tizàn yo fè ak rasin li ka ede moun ki gen pwoblèm pou respire. — Biwo m nan anfas pa li a. — Klas la gen 30 elèv. — Sou chèz dèyè a te gen 3 moun, e 2 moun te chita bò chofè a. Machin nan te chaje. — Se plezi granmoun kannay sa yo pou yo kare 2 timoun e pou yo parye sou yo. — Anvan ou lave fenèt yo, mwen ta konseye ou retire pousyè yo avèk you epousèt. — Li se yon fenyan. Li pa ka antre nan lame. — Se jodiya li ap vini, sa vle di nenpòt ki lè li ka parèt sou nou. — Li chwe paske li pat etidye. Pou li kache sa, li akize pwofesè yo de patipri. — Yvon se yon moun dwòl. Lè pou li pale, li rete bèbè, lè pou li pe bouch, li pa janm sispann pale. — Li bay legliz yon dizyém nan sa l touche. — Jan konnen ke antanke pastè, gen de bagay li pa ka fè. — Yo di aktris sa a pa janm mete soutyen. Mwen mande si se vre. — Li di li te eseye pran dwòg yon fwa, li pa te renmen l. — Se yon lide ki vini apre ki fè li chanje vot li. — Se nan sousòl la w ap jwen kontè elektrik ak gaz. — Eskout la resevwa yon baj poutèt li te sove yon moun ki tap toufe nan yon restoran. Sa fè yon total de 19 li genyen jiska prezan. — Mwen konnen li ta pral kite kay la, lè mwen wè li komanse sanble tout efè li yo. — Pou derasinen maladi sa a fò tout moun ta vaksinen. — Sa ki ap pase la a, se yon jenosid. W ap touye yon gwoup paske li pa sanble avè yo. — Yo ap prepare vakans sa a depi 3 zan. Yo merite l! — 2 moun ki te nan machin nan jwenn lanmò yo nan aksidan. — Li di li kontre yon baka yè swa. — w ap etènwe. Ou gen pran yon rim. — Nou bezwen gen bon jijman pou n ka rive konprann sa ki ap pase nan peyi a. — Li toujou absteni l nan bwè diven anvan lè li pral kondwi. — Lotòn se yon sezon ki komanse an septanm. Li ka pote jou ki cho e anpil jou ki frèt tou. — Se yon chans si mwen anvi jodiya. — Mwen paka wè moun ki ap chike. Yo banm kè plen. — li ale nan yon bibliyotèk and mande pou li wè anyè telefòn vil nan lane 1977. — Misye pèdi lajan lwaye a nan bòlèt. — Gen 2 bagay yon moun paka konte: Se zetwal nan syèl ak grenn sab bò lanmè. — Gen opinyon, gen laverite. — Li kete travay la apre yon semenn, paske sipèvizè a t ap ban m pwoblèm. — Malgre tout prekosyon li pran pou evite foul la, li rive nan mitan manifestasyon an. — Sete yon peryod toumante nan la vi li. — Li achte yon matla, yo ba l 2 zorye avè l. — Nan gwo tit jounal maten an, nou li: "Presidan an malad grav". — Depi yè, mwen gen yon doulè nan zorey goch la. — Se yon manje pou moun ki bezwen pèdi pwa. — Mwen renmen diri ak chèvrèt. — Afrik se 2è pi gwo kontinan aprè Azi. — Patrik retounen nan inivèsite pou li fè yon doktora. — Anpil Libyen pale franse. — Li se yon timoun, li poko konprann konsekans sa li fè a. — Jounen gwo chalè sa a pa bon pou ti granmoun. — Desalin se yon liberatè ki bay vi li pou Ayiti. — Sete yon aktris sanswél lè li te jèn. Kounyeya, li parèt yon dam respektab. — Masaj la se yon bon terapi, li kÒmanse jwenn yon soulajman ak doulè a. — Manman m fèk mouri nan yon lopital. Mwen pral rele yon ponp finèb pou al pran pran kò a e prepare antèman an. — Sa fanm nan f/e a la, se yon jòf. Li vle pwovoke w. — Tanpri souple! pa foure nommen non m nan koze sa a. — Yon mwa aprè lanmo Wa a, yo kouwonnen premye pitit gason li a ki vin rele Wa Giwòm II. — Peyiba se yon peyi ewopeyen kote anpil tè kote moun rete pi ba ke nivo dlo lanmè a. — Dènye anons gouvènman an se yon riz pou kalme pèp. — Jakmèl atire anpil vizitè pandan jou kanaval yo. — Si ou bezwen yo pran w oserye, se pou ou fè devwa w. — Gen yon lese ale nan jan misye fè travay la. — Moun ki te rekòmande mèt la te garanti m se yon bon avoka. — Se elit a ki ap touye peyi; aloske yo te dwe san ki ap ponpe lavi nan venn li. — Lè Lafrans te gen yon Wa, tout gwo fanmi se gen yon amwari. — Paspò a di li se yon Tanzanyen. — Yon bon jwè pokè, se yon bon blofè. — Li antre nan peyi ak yon viza touris. Pèmi a fini. Kounyeya, li se yon san papye ki nan kache. — Li pran yon bouche nan manje e repouse asyèt la, li pat renmen l. — Relasyon mwen mwnm ak Janèt ale pi lwen ke zanmitay. — Se yon peyi ki tèlman pa kanpe sou anyen. li toujou sou alèt wouj. — Li te vekse lè yo pa ba l pwomosyon an. — Pa gen anyen ki senp, se erè sa a anpil moun fè. — Dapre labib, premye fanm sou tè a te rele Èv. Se te madanm Adan ki te premye gason. — Sete yon renmen pay dife. Kou vakans la fini, menm non li li pa sonje. — Nan lekòl sa a, si ou pa gen bon kondwit, yo ap mete w deyò. — Ayiti ka febli, men li pap mouri pyès. — Devan chemine nan salon a gen yon ekran. Li bare etensèl dife yo. — Li leve nan yon bon fanmi kote yo aprann moun respekte tèt yo e respekte lòt. — Akozde sechrès la, rekòt mayi pa bon menm ane sa a. — Gen yon gwo silans nan sal la, lè Jak parèt. — Se pa premye fwa yo fè lanmou, men jou swa sa a, yo fè l ak pasyon e tandrès. — Danre sa a se nan yon sèl magazen lavil la ke ou ka jwenn li. — Mwen deside repentire kay la. — Lekòl bò isit plis fè elèv aprann pa kè ke ede yo develope lespri kritik yo. — Siklòn nan simen lanmò kote li pase. — Li bay mari l zoklo ak yon ansyen menaj li. — li di: "Bondye gen pou delivre nou anba moun mechan yo". — Tout moun ap mande kiyès ki envite fanm sa a nan f`t la. — Yo di lè lwa monte vwazin nan, li pa limenm ankò. — Eske ou toujou aksepte fè sa mari w di? — Li se yon moun ki renmen lapè. kote ki gen eskonbrit, li pa la. — Kote li aprann fè asyèt konsa a? Li aprann li de papa l ki te yon fèblantye. — Lè mwen pase baryè lekòl la, li te pase 8 tè. Mwen te anreta. — Peyi sa a tèlman pouri, tout sa pou fè se anbatab pou fè l. — Non! li di mwen. Se pa repons sa a mwen t ap tann. — Chak samdi, li al nan kazino. Li renmen jwe lawoulèt. — Mwen pa wè okenn lyen ant sa ou di a e sa ki pase a.' — Li al nan bank la pou ouvè yon kont. Men li pat gen yon pyès didantite sou li. — Li ekri yon liv sou liv sou lavi la. Se yon otobiyografi. — Li lè pou ou chanje bwòs vesèl sa a wi, li sal e li gen limon. — Ou pat kwè m lè te di w misye pa konn pale franse! — Nou te panse pitit la te fin chape anba maladi a. — Dekadans yon sivilizasyon kòmanse lè li panse li dyanm e siperyè tout lòt yo. — Yo anonse yon siklòn, nou mete tout dokiman enpòtan yo sou lamen. — Gen 3 kamyon ponpye ki sot pase la an boulin, genlè gen yon dife tou pre a. — Nou tout se moun, men gen moun ki pa vle rekonèt sa paske yo panse yo plis moun pase tout lòt moun yo. — Blan pa anpil nan peyi sa a. Yo se yon ti gwoup men yo gen anpil pouvwa. — Ou ka sèvi ak yon razwa jetab 2 ou 3 fwa anvan ou jete li. — Lè ou fè yon transfè, yo chaje yon frè de 10% sou kòb w ap voye a. — Pou rive kote ou vle a, ou bezwen non sèlman enèji, men tou anpil brenn. — Li bliye mete fouchèt nan panye manje. Nou blije al achte fouchèt plastik nan yon boutik. — Mwen ta renmen fè pwofesè, men yo di mwen moun sa yo pa touche byen. — Devan machin nan kolboso nan yon aksidan. Men yo ka repare l. — Li manje twòp yèswa e li balonnen maten a. — Se pa premye fwa yon peyi deside boykite jwèt olenpik yo. Meriken te fè an 1980, e Larisi fè menm bagay la an 1984. — Yo di jeneral l si li tounen li ap gen pwoblèm paske pèp rele chalbari dèyè l. — Tout sa ki sou Ivon se pèpè. Depi chosèt jis nan chapo. — Mwen pa konn poukisa n ap peye pou kouran lè nou toujou nan blakawout. — Asirans la ap fè ankèt pou li konnen kiyès ou kisa ki pwovoke aksidan an. — Silven se yon pèfeksyonis, li pa janm fè anyen ademi. — Mwen gen yon Ikrenyen pou vwazen. — Li se madanm deyò yon nonm ki marye e ki gen 3 pitit. — Se yon moun mwen wè pafwa. — Nan tan n ap viv, fò nou toujou sou piga nou, toujou alèt. — Gidon bisiklèt la kwochi. — Se yon kouri ki te kòmanse nan mache a lè machann ak moun ki te vin achte tande bri zam. — Siklòn nan fè tèlman dega, li fè bouk la tounen yon savann. — Gen anpil kote nan Nip kote machin pa rive. — Sete pale anpil mete la. Se sa kandida a ap fè. Kote li prl gen mwayen pou li fè sa li pwomèt yo. — Moza se te yon ti pwodij. Li konpoze premye mizik li lè li te gen sèlman 5 lane sou tèt li. — Yon disip plis pase yon etidyan. Se yon moun ki kwè nan mèt li, e ki ka menm swiv li. — Nonm sa a se yon moun malveyan ki ap travay pou enmi peyi a. — Yo voye sou-direktè al resikle l. — Madanm li mande divòs, paske li di misye gen pwoblèm ejakilasyon. — Yo di direkté a detounen plis pas 40 milyon goud nan lajan Leta Ayisyen. Se sa kifé li achte gwo kay sa a. Yo arete l. — Kafeterya lekòl la ouvè a midi e femen a 3 zè. — Yon ka nan elèv yo pa pare pou ekzamen an. — Magarèt gen 32 zan. Fanmi l ap di li lè li tan pou li marye e fè yon timoun. Magarèt se yon lesbyèn e yo pa konnen. — Pak piblik sa a, se kote zanmoure yo rankontre chak dimanch aprèmidi. — Depi 10 lane li ap viv ak yon gwo sekrè sou konsyans. — Kounyeya, depi tè a fè yon ti sekwe, Ayisyen pran laperèz. — Vil Boston gen plis pase youn kòd rejyonal. — Doktè a di li pa bezwen antibyotik pou trete enfeksyon. Apres yon semenn li ap disparèt pou kont li. — Si se sa ou deside, se afè w. Men mwen pap ka sipòte w. — Yon batonye se yon moun ke tout avoka nan yon zòn chwazi pou reprezante yo. — Obeyilòd polisye yo nan katye sa a, se sèl jan pou rete anvi. — Mwen tande yon lobo deyò a, lè m gade nan fenèt la, mwen wè 2 matlòt ki ap batay. — Li antre nan inivèsite ak soutyen yon yon pwofesè. — Nan fizik nikleyè , yon mas kritik se kantite ki pi piti ou bezwen pou kòmanse yon reyaksyon nan bon kondisyon. — Yon moun ki ap travay plis pase 6 zè afile fèt pou li gen yon ti kanpe nan mitan travay la. Se lalwa. — Yon bon achitèk se yon moun ki gen imajinasyon. — Avèk lame ki nan pouvwa an, nou nan yon diktati militè gwo ponyét. — Li kite kay la paske bèlmè l t ap fè l monte yon mòn pa do. — Nan lantèman mari, Madanm nan kouvri figi ak yon vwal. — Mwen pral nan yon bal aswè a ak yon dam ke m ap file. — Yon samouray se yon gerye japonè ki fè pati de yon klas espesyal. — Biwo a chaje ak papras. — Li penpennen pandan 4 lane yo nan fakilte a, men li rive soti ak diplòm nan. — Gen 3 peyi sou kontinen afriken an ki pote non Ginen: Ginen; Ginen Ekwatoryal, Ginen Bisawo. — Manje a te twò pike. Li ban m zegrè. — Mwen pa konprann kouman ou fè yon bagay estipid konsa. Ou parèt yon moun entelijan. — Jak se yon mèt nan yon lelòl riral. — Fanm sa a te konn trete tout moun ki te konn ap travay ak li de santi pise paske mari l te minis. — Yon fidèl katolik ki al konfese, ap tann pè a padonen l. — Avoka a di kliyan li a pa gen lespri, kidonk li pat konnen kisa li t ap fè. — Nan ladwann nan, yo mande l si li pote bagay ki koute plis pase 1,000 dola. — Sanble se lè ti poul fè dan mwen ap jwenn kòb mwen te prete kouzen jaki a. — Otawa se kapital Kanada. — Pandan li ap lave, mwen menm m ap siye; konsa, yon moman nou fini lave tout vèsèl yo. — Chalmay Peral tonbe viktim de yon kou monte Meriken yo avèk lèd Konze. — Papa m te toujou respekte lalwa lè li te avèk nou sou latè beni . — Pa gen Paleman. Prezidan an pwofite de vid la, pou li mete deyò kèk dekre lwa. — Li leve andemon maten an. Li rele sou tou moun ki pwoche l. — Bato yo rele Titanik frape yon ayisbèg. — Li gen yon gwo lakou ak yon wotond nan mitan. — Gen yon mit ki fè kwè ke gason bay manti plis pase fanm. — Moun ki ankolè paka panse dwat. — Pòl pase tout nwit la ap fete, se sa kifè li ap bay kout tèt nan klas la maten an. — Sou lòt gouvènman yo, lavi a pa te di konsa. — Chalè a ban mwen yon sèl toudisman. — Apre sa ki pase mwa pase, gen ijans kounyeya pou nou aji vit. — Grann ranje layèt yo nan yon amwa. — Dispansè katye a pa ouvè le dimanch. Si ou gen yon ijans, se lopital lavil la pou ou ale. — Pèp la pran lari pou yon ti krik ti krak. — Mwen voye je m sou jounal, yon gwo tit atire atansyon m. — Solda LONI yo vyole anpil jèn timoun nan peyi e kite yon bann pitit san papa lè yo ale. — Fi a pa bezwen makiyaj. Li jis bèl. — Li nan kwizin nan pou li ede kwizinyè a ouvri zwit yo. — Chèf seksyon an mete yon varez ble. — Filozòf yo renmen pale de esans ak ekzistans. Yo di esans vini anvan ekzistans. — Moun ki chanje planche a fè yon bèl travay. — Izrayèl lontan te yon gwoup moun yo rele zelòt e ki te kwè nan vyolans pou yo libere peyi yo de Women yo. — Bouldòg sa a se yon chen mechan. — Li pa gen konsyans de sa li te fè a, avoka a di, men jij pa kwè. — Kremona se yon vil an Itali. Li nan yon pwovens yo rele Lonbad. — Meriken yo te lanse yon operasyon militè pou desann Kastwo. Yo te echwe. — Mwen pap jan panse misye te yon rasis, jis lè mwen apran ke li se yon manm nan yon gwoup ki pa vle wè nwa ak jwif. — Lekòl pa aksepte elèv double klas. Depi ou pa fè mwayèn ou, yo mete w deyò. — Sa fè preske 20 lane depi mwen kite Ayiti. — Ti gason sa a prekos. Li parèt pi gran pou laj li. — Pepsi, Google, se mak fabrik. — Li kòmanse sekle pou li ka plante anvan sezon lapli a. — Ou bezwen yon nenchèl pou rive nan plafon an e chanje limyè yo. — Jaki pase mwatye vi l fèmen nan yon prizon pou yon krim li pat fè. — Okès la ap chache yon flitis. — Mwen pa wè kisa mwen fè ak la vi mwen. — Yon etan pi piti ke yon lak. — Menm ak fo dan yo, se pa tout bagay li ka manje. — Misye ap mache balanse prèt pou tonbe. Li gen lè sou. — Sa se premye plak okès la te fè s`pti. Li gen 5 mizik sou li. — Li pase dènye jou vakans la ap mete lòd nan kay la. — Li ouvri tout fenèt yo paske li fè cho andedan kay la. — Pechè a kite kannòt la bò lanmè a. Men li pa kite zaviwon yo. — Lè jòj gen yon moun sou kè, li make moun sa a malviv, si li tonbe anba men l. — Nan pwen nèg kras konsa. Menm ak fanmi li, li pa pataje. — Rakèt tenis la gen 2 kòd ki kase. Fò m repare l. — Bèt la kite yon pakèt tras, konsa chasè yo jis swiv pis li. — Anvan li te marye, li te konn soufri ak kolik lè li gen règ li. — Kameleyon a kache dèyè fèy vèt la. Fò w gade byen pou wè li paske li pran koulè fèy la. — Chak ane, pou Nwèl, Sant lan toujou bay timoun jwèt. — Lavi di nan Nouyòk desoule anpil Ayisyen. Yo vin wè sa yo te panse a se pa sa. — Lide a sèlman leve yon polemik nan sosyete a. — Paske li ekri 2 ou 3 atik nan yon jounal, li rete tèt li ekriven. — Avèk tanperati ki desann chak swa a, nou oblije fèmen volè fenèt yoanvan nou al dòmi. — Manman l abiye pwòp, ton sou ton. — Li ponyen deyè yon fanm nan yon taptap, se sa ki fè yon arete l. — Sa ou wè nan kwen an an , se yon pèlen. Nou gen sourit nan kay la. — Pòt la te baye, se sa ki fè mwen tande tout sa yo t ap di nan chanm nan. — Patisyon sa a se yon pyès mizik pou 2 twonpèt. — Si ou eseye fè yon konparezon an 2 moun sa yo, w ap wè yo pa sanble nan anyen. — Majisyen an pase yon men bò zorèy li e retire yon pyès 50 kòb. — Si m te fè tankou Ektò, chita sou wozè mwen pandan semès la, mwen pa t ap pase klas la. — Mwen sezi wè yon Fransè ki ap pale kreyòl. — Yo sispann Marino pou 3 jou. Li pa ka jwe match ak ekip li a. — Jan li rakonte evenman yo, ou wè se yon moun ki te viv yo. — Belte dàm nan kite mesye yo bouch louvri. — Li di gen 2 dizèn mango nan panye. Le nou konte yo, nou jwenn sèlman 19 grenn. — Tout moun ap admire Renal ki t ap danse sou pis la ak Janèt. Li se yon bon kavalye. — Lè madanm li aprann li te gen pitit deyò, li trete l de gason bouzen. — Lontan se ti gason sèlman ki te ka anfannkè, kounyèya gen plis tifi anfannkè ke ti gason. — Olye li al kay doktè pou doulè a, li chita ap bwè te. — Se ak yon fistibal ke David leve defi Golyat la, dapre Labib (1 Samuel 17:49). — Yo fèmen pòt a kle pou anpeche moun pantan sou yo. — Si Polo mande m, m ap prete l lajan an, men mwen pap ofri l. — Pwogràm kandida sa montre li gen tandans dyabolik Mwen pap vote pou li. — Sou tab la, gen yon bèl boukè flè krizantèm. — Chak ekip te gen 6 jwè. — Yè li mete 12 kanèt byè nan frijidè a. Rete 5 jodiya. — Mwen vizite MUPANAH, yon mize ki gen anpil enfòmasyon soy zansèt nou yo. — Yon karèt kouri pi vit pase yon tòti. — Maten an yo fè 2 kèt nan legliz la. — Mizik se tout pasyon li. — Yo ap chache yon animatè pou sware a. — Mwen pral vizite yon zanmi m ki entène lopital. — Yo te panse li t ap fòme yon gouvènman poupetwèl, lè yo te fè l premye minis la. Yo te twonpe yo. — Wifout! Mwen fèmen kle a nan machin nan. — Detektiv la pase deklarasyon madanm nan nan paswa, men li toujou paka jwenn yon rezon pou li arete li, men li sispèk se li ki fè krim nan, ou patisipe nan krim. — Lapolis te pare pour minote tout moun ki ta vle koze pwoblèm pandan manifestasyon an. — Jano te depase tout elèv nan klas la. Se sa ki fè yo sote l klas. — Bous fanm sa a toujou chaje. — Li aprann karate pou defann tèt li. — Kolon se non yon nonm yo di ki dekouvri Amerik. Sete yon Italyen. — Yon kap se yon moso tè ki antre nan lanmè. — Kouman volè fè antre nan kay san li pa kraze pòt ou fenèt? — Pou ale Kapwouj, ou bezwen yon machin touteren. — Se yon moun ki gen estil. Li pa abiye nempòt jan. — Pou monte fenèt la, ou bezwen yon dril elektrik, yon mato ak yon nivo. — Estefèn deside toutbon pati, limenm ki te konn di li pap janm kite peyi a. — Mwen rate kòmansman seremoni a. — Lèt manman pwoteje timoun kont anpil maladi. — Lè vakans, anpil timoun lage nan lari a. — Lè te piti, nou konn al achte nan glas nan yon glasyè. Te gen 2 nan bouk la. — Se nan bwafouye a, Kapi al peche. — Ki jan pou nou sòti nan sitiyasion makaron sa a? — Li ouvè fenèt la pou lè ka antre nan chanm nan. — Aprè yon eleksyon, nan yon demokrasi, pati ki pèdi a tounen pati opozisyon, yon antrav pou pati ki genyen an. — Li bay yon repons ki tèlman vag, pèsonn pa konnen sa li vrèman deside. — Na anpil peyi, nou jwenn yon bibliyotèk nasyonal. — 3 peyi sa yo fòme yon triyo pou yo lite kont kontrebann. — Li pa wè kote li mete pè zanno li fèk achte a. — Alimèt ak gaz pa ale ansanm. — Li aprann fè kalkil anvan li ale lekòl. — Manman tifi a bare tifi a nan chanm li ak yon ti vwazen. Yo t ap taye. — Yèswa, mwen fè yon sonj ki boulvèse m anpil lè mwen leve. — Mwen chache tout eskiz pou mwen pa al nan fèt la. Men li ensiste fò m vini. — Yon òtopedis se yon doktè ki trete yon moun ki gen pwoblèm nan zo e nan mis. — Yo dechouke kriminèl la nan katye an. — Mwen pa konn nonm nan, li ap mande enfòmasyon pèsonèl mwen konsa. — Bòs mason mason yo fè yon bon travay nan lakou a. — Li di manman l pat gen kolgat nan saldeben an, se pou sa li pa bwose dan l. — Li deside pran kouraj li ak de men e mande di direktè a li merite yon ogmantasyon. — Depi nég sa a antre nan sal la, tout medàm prese sere telefòn pòtab yo, pas li gen yon repitasyon wa chat. — Se yon istwa li envante. Anyen pa laverite ladan. — Menaj Malèn nan se yon yon gason byen. Men li pa nan travay. — Li pa penyen maten a. Cheve l gaye. — Yo prepare panye manje yo jou anvan pwomnad la. — Li bay Jèta do depi lè li aprann ke se li ki te denonse l la. — Li gen 30 lane depi li dedye vi l bay legliz. — Yon kolye pou pis pa jis sèlman kwape pis, li touye yo. — Li janti. Li toujou pare pou ede lòt. — Fanm nan pote chapo a tankou yon dyadèm. Li panse li se yon prensès. — Fi sa- a fè 3 pèdisyon deja. — Paleman an fèt pou apwouve tout trete. — Si ou pa peye enpo ou pap ka achte yon kay. — Menm si ou wè li ap fè tentennad tout lajounen, misye pa fou pou sa. Afè li lap regle. — Li oblije kouri antre paske bonbonfle t ap pike l sou galri a. — Telefòn li a pa sonnen, se vibre li vibre. — Pisin nan bezwen netwaye. Twòp fèy ap flote sou dlo a. — Gen anpil nan sinema a apremidi a. Anpil nan yo ap kouri pou chalè a, e sal la klimatize. — Magali se yon akouchèz. Li ede nan mwatye akouchman nan kanton an. — Li pote premye pri nan konpetisyon pwezi a. — Depite chanje po. Li te eli kòm sosyalis. Kounyeya li pase nan pati repibliken an. — Mwen deja infòme direktè a ke m ap kite nan yon mwa. — Jan pase sèlman 2 lane Nouyòk, li gen tan amerikanize li. — Prezidan an se chèf pouvwa ekzekitif la. Paleman an reprezante pouvwa lejislatif. — Mango, zaboka, kayimit, tout se fwi, men patat pa nan kategori sa a. — Paske yo pa dakò avèk sa nonm nan ekri nan liv li a, chèf mizilman pibliye yon fatwa kont li. — Do se yon nòt nan mizik, — Patrik se yon moun izole. Sèl zanmi li, se 2 chat li yo. — Pitit la ap pran dwòg sou yo nan kay la, yo pa wè sa. — Moun nan zòn nan ap viv nan mizè kras, men yo respekte tèt yo. — Kasav ak bobori, pa menm, menmsi toulede fèt ak manyòk. Kasav pi plat pase bobori. — Yo di se paske li te sou ki fè li tap te sèvi ak mo rasis pou joure fi a, mwen pa kwè. — Li ap pase men nan diskou a pou amelyore l rann li pi fasil pou konprann. — Sanble te gen yon seren lapli nan nwit la, mwen wè tout fèy bwa yo mouye maten an. — Apre 2 minit bò presipis la, tèt mwen kòmanse vire. — Machin nan bezwen yon bonlavaj. — Kou fi a wè bag maryaj mwen an, li chache yon ekskiz pou li chape poul li. — Kolonel Valme responsab yon brigad nan Akademi militè a. — Tit li la se "Ayiti", ak soutit "Pèdi dwa grandèt li". — Se alamen sèlman ke ou ka lave chemiz sa a.' — Mwen rekonèt ke sa m fè se yon ti bagay devan sa ou fè a. Men mwen fye kanmenm. — Se yon zòn komèsyal. Gen anpil aktivite la jounen. — Lapolis gen pou devwa pou pwoteje tout moun. — Depi gen patipri yon kote, pa gen jistis. — Doktè a mande l pou li fè yon ti mache chak maten. Sa ap ede sikilasyon san l. — Direktè a pa nan tolerans av elèv yo, se sa mwen renmen ak lekòl sa a, e sa ki fè mwen voye pitit mwen ladann. — Nan aljèb gen sa yo rele varyab bouleyan. — Yè swa, Pòl antre sou. — Se yon peyi ki mal dirije. Se sa ki fè li nan et sa a. — Li soufri de yon maladi yo rele pè odinatè Se sa li panike lè li antre nan biwo sa a. — Roni se moun ki konn akeyi lòt. — Lajan prete konn tounen yon pongongon pou yon moun. — Micho gen yon kansè avanse, se tè sèl ki pou geri l. — Tèt mòn Imalaya yo toujou gen nèj. — Se yon ti gwoup nan peyi a ki ap byen mennen. Majorite pèp la ap penpennen pou yo viv. — Ankèt lapolis montre ke minis la pat touye tèt li. Se touye yo touye l. — Li rele lwa vodou yo envisib. — Se yon bon zanmi l, you moun li te fè konfyans ki vann li. — Li toujou tris paske li pa konn pwofite de ti plezi lavi a ofri l chak jou. — Ane sa gen plis ka Dapiyanp ke ane pase. — Lwa sa a benefisye sèlman moun ki gen kòb. — Li mete rad ki pa pwòp yo sou kabann li a olye li al mete yo nan bwat rad sal la. — Li rete tout lavi li bò lanmè e li pa janm aprann naje. — Depite jige atik jounal se yon difamasyon. Li panse trennen jounalis ki ekri l la ak jounal devan yon jij. — Nan Nò gen anpil kav. Yo atire touris. — Manje a san gou. — Se yon moun ki twò je kale pou m fè l konfyans. — Estati sa pa tay reyèl. Li pi wo pase moun li reprezante a. — Yo di Tififi ap travay nan yon kafe sou wout kafou a. — Moun pa preske li pwezi ankò. — Mwen pa pran pa ak moun deregle. — Ou paka zoum foto a plis pase a. — Yon ti mòso andwi ka bay yon manje bon gou. — Yo panse li t ap Koupe déyè ti nonm nan lè li aprann sa li fè. Se konpliman li fè pou li pito. — Paske li pase nan bakaloreya, li panse li finbout. — Pitit la gen yon konpòtman dwòl. Li sanble li ap kache n yon bagay. — Poukisa ou pa mete ji a nan frijidè a? — Reyinyon bay Jano yon chans pou li rekonekte ak kèk ansyen kamarad. — Ak tout moun sa yo ki ap vini nan kay la, n ap bezwen yon pi gwo machin kafe — Papa mwen pat pè pesonn, sof manman mwen. — Li pran m pou yon tèt kale lè li mande m pou m siyen kontra a. — Nan matematik, yon parabòl plis sanble ak yon lèt U ke yon yon V. — Ou konnen lè fi a ap jwi, li rele fò. Gason an li menm plenn. — Gen moun ki bay paske yon gen bon kè; gen moun ki bay paske yo fòse yo. — Mwen antre nan yon leglik katolik kote yo t ap di yon mès an laten. — Chemiz la manke yon bouton nan manch dwat la. — Ti moun lekòl alekile pa konn sa yo rele ankriye ak biva. — Li pile yon kaka bèf. Li fè yon ti mòso bwa tounen yon gratwa pou netwaye anba soulyea. — Gen yon sèl Okès senfonik an Ayiti, se Okès Sen Trinite a. — Li wè yon mirak nan tout bon bagay li pa ka konprann. — Krapo se anfibi, yo ka viv nan dlo e sou tè. — Li resevwa ou pè eski pou Nowèl. — Se yon mètdàm ki toujou ap tire pwofi de moun ki pa konnen. — san konte lang manman l la, li maton nan 3 lòt lang. — Li te Ekakteman midi lè li antre nan biwo a. — Wayal se sandwitch malere. — Lyon se yon bèt sovaj. — Yo kouri lopital avè l paske li te gen lafyèv e li t ap depale. — Pou anpeche penetrasyon dlo nan sousòl la, lè lapli ap tonbe. li sele mi yo. — Li pa yon òfelen, li se yon moun abandone. — Mwen dòmi byen ta yèswa. Mwen t ap gade yon film. — Tout solda kouri al rasanble sou lakou kazèn nan lè yo tande kout klewon a. — Li ap plenyen al yon doulè nan vant. — Se yon moun ki rete kè kal menm devan gwo danje. — Asirans la voye yon moun pou wè dega yo. — Metòd yon save se obsève, panse yon bagay, demontre sa yo panse a ak prèv. — Li ap veye moun lòt bò lari yo. Li sispèk yo ap fè zak malonèt. — Limouzin se yon machin ololoy. — Sakrifis Jezikri a pa gen parèy. — Blese a enfekte, se sa ki eksplike sòs ki ap sot ladann nan. — Match la ap kòmanse a 3 zè pil (3:00). — Mèt faktori voye kèk mannèv ale. Li ranplase pa machin. — Moun sa yo kwè nan doktrin yo rele animis. Yo panse ke pyebwa, rivyè ak tout sa ke ou jwenn nan lanati gen yon nanm, kidonk yo sakre. — Papa m ki konnen de kisa li t ap pale, di m se sèl azaryen ki pou envesti nan konpayi sa a. 2 lane apre, konpayi fè twouboum. — Vil Okap fèk resevwa 4 kamyon ponpye. — Gen mouri nan jwe lawoulèt ris. — Yon mil egal 1.6 kilomèt. — Nan leson mizik jodiya, nou etidye akò ki se yon gwoup nòt. — Gadyen an kase yon dwèt li. — Mwen pa bezwen yon longvi pou m wè gen yon zwazo sou pyebwa a. — Mwen ouvè fenèt la pou fè lè fre antre nan chanm nan. — Si m pa mete m anrèg ak Kontribisyon, yo ka sezi kay la. — Gen yon bèl Abdenwèl sou plas la. — Kisa! li di, mwen pa ka tande w. — Flè yo fennen paske nou pa rouze yo. — Neil Armstrong se premye nonm ki met pye l sou lalin. Mouche se yon blan meriken. — Nan jwèt olenpik, gen yon espò ki rèzèvé pou moun ki konn voye lans byen. — Dirèktè a voye Polo lakay li, paske li monte zepòl li sou mèt la. — Dan l chaje ak plak. Li bezwen wè yon dantis. — Jan achte yon kado pou Janin. — Moun ki rive anreta ap oblije chita sou ban dèyè yo. — Ane pase yon yenn te vo 1,225 goud ayisyen. — Li toujou ap repete menm bagay yo. Alafen, li vin annwiyan. — Tenasite ka yon kalite, konsa tou li ka vin yon feblès. — Misye pa yon moun ki ap kite zòt koupe lalwèt li — Se yon maswife pou fanmi sa a, rive jwenn kòb chak mwa pou peye lwaye a. — Mwen te pansen vwazen sete yon moun serye. Men li pèdi tout respè nan je m lè kòmanse di yon seri de mo sal. — Jaklin amensi. Regim nan sanble li mache. — Li pwomèt mwen li ap kenbe m okouran de sitiyasyon an. — Men pè a t ap tranble lè li leve losti. Se yon siy maladi yo rele Pakennsonn la. — Li di m li te resi konn sa yo rele solitid lè tout timoun te marye e al viv lakay yo. — Li mande pitye. Avoka l di sa li fè a pa yon krim, se yon aksyon politik ki nan pa merite lanmò. Jij la kondane l sou echafo pou laperèz nan nanm moun ki ta gen menm lide avè l. — Menm nan vakans, li pa chanje orè l. Li toujou leve a 6 zè. — Ti limyè bouji a pat ase pou l te klere tout chanm nan. — Nan pansyon an, chak vandredi yo sèvi diri ak pwa enkoni e sòs piskèt. — Sou diktati a, nou te pè ouvri bouch nou. Kounyeya, nou gen demokrasi, nou pa gen anyen pou met ladan. — Konpayi a ap chache yon moun ki wè lwen, men tou ki ap ankouraje travay an ekip. — Mechanste pa janm rapòte yon moun anyen. — Inivèsite fèk asepte plan disètasyon li a. Li gen de zan pou li ekri e prezante li. — Pastè a denonse danse modèn yo. Li di yo devègonde. — Se gras ak vot jenès la, moun ki pa gen plis pase 30 lane, ki fè li pase nan eleksyon an. — Li fè yon sèl goje avèk rès diven an. — Se pa kite li kite travay la, se retrete li retrete. — Sou figi l, ou wè l kontan. — Pè pou pa vin granmoun ka tounen yon maladi mantal e anpeche w viv byen. — Anvan siklòn nan, nou achte chandèl pou si nou ta pèdi elektrisite. — Se pa sèlman Jan ta di, men li mòde lang li anvan li pale e chwazi mo li yo ak swen e pridans. — Tout moun nan Paleman an konnen senatè sa a se yon nonm ki renmen fè komedi. Yo pa toujou pran l oserye. — Majorite mizilman nan lemonn ap viv oubyen soti nan peyi Mwayan Noryan yo. — Edikasyon timoun yo se envestiman l. — Yo kwit pwa tout jan. Ou ka kwit li ak diri, ak mayi. Ou ka fè sos ak li. — Wow! mwen pat janm panse ke gwo mo sa yo ta soti nan bouch li! — Lapenn nan parèt sou figi l. — Li fètilize tè a ak yon angrè ki santi move. — Doktè a pwopoze l e solisyon pou tretman kansè: radyoterapi ou operasyon. Li chwazi radyoterapi. — Ti moun alèkile pa konn sa y rele palaso. — Fè yon timoun criye jis pou plezi, se yon aksyon sadik. — Si sa mwen panse a pa mache, mwen gen yon plan B. — Kontab la di li pa konprann anyen nan kanèt kont konpayi a. Se yon kafouyay. — Japè se yon satelit ki ap fè laviwondede planèt yo rele Satirn nan. — Li al pou separe moun ki t ap batay. Li pran yon kou nan je. — Depi kèk tan mwen ap resevwa lèt de legliz sa a. Yo bezwen konvèti m nan pwotestan. — Lè me te piti, chak vakans, paran m voye m andeyò. — Avoka di kliyan li pou li pe bouch li nan tribinal, pou li pa anpire bagay yo. — Mwen tande yon bouyay deyò a. Sete 2 vakabon ki t ap batay, e moun ki pa gen anyen pou yo fè ki t ap ankouraje yo. — Papa l se yon blan, manman l se yon nwa, li se yon metis. — Janèt di m parenn li ap mouri ak yon kansè nan poumon — Ti gason an twò grand kounyeya pou li al wè yon pedyat. — Sou etajè a, w ap jwenn tout biblo mwen achte lè m ale aletranje. — Jan mwen atache kòd bourik la nan pyebwa a, pèsonn pap ka demare l. Se sa m te panse. — Lora gade piti la ak pitye. — Li ka t ap di laverite. Ou pa janm konnen! — Se patriyach fanmi a. Tout moun respekte l e tande l. — Lalwèt itil. Li anpeche manje w ap vale pa fè wout kwochi e pase nan nen w. — Mwen di machann nan li ap egòje m ak pri li mande m nan. — Katolik te kwè ke Pap la enfayib lè li ap pale de dokrin legliz li a. — Se basèsli ki fè li pa marye premye menaj li. — Li jwe byen. Men pat panse sa de li. — Jera se yon nonm debòde. Lè li vle yon bagay, li rive genyen l. — Doktè a nan vakans, si ou gen yon ijans ou ka wè youn nan konfrè li yo nan klinik la. — Lontan ou te konn peye pou chak mo ki nan yon telegram. — Moumou se rad kay. Ou pa sòti nan li ak sa. — Mwen pa respekte l. Men sa pa vle pou m meprize l pou sa. — Yo arete misye paske li te gen yon makak lakay li. Yo di l makak pa yon zannimo kay. — Anpil moun panse li t ap enpwovize, menm se yon diskou li memorize li t ap resite. — Machin nan tonbe anpàn, pa gen pàn! Garanti a poko fini. Konpayi ap peye reparasyon an. — Labib mansyone ranvwa, demon ki ap toumante moun. — Mwen vizite Atèn 2 fwa deja. — Nan peyi Dayiti jodya ibo se yon dans.' — Li sòti nan yon fanmi tafyatè. Limenm, li pa bwè menm byè. — Ou gen 1 nè pou fini travay la. — Minis la lòtbò nan yon reyinyon ak minis parèy li. — Li konnen sa li ap fè a ilegal, men li fè l kanmenm pou li ka okipe timoun li yo. — Lè yo mande l si li te pran dwòg lè li te jèn. Li reponn Wi, men yon yon sèl fwa sèlman. — Mwen pa manje nan restoran sa a. Se tripay yo sèvi la. — Yon bann jèn gason lavil vin brakonnen nan kanton an. Abitan yo kouri dèyè yo. — Maryaj se avan tou yon pak ant yon fi ak yon gason. — Mwen panse misye te yon Libanè, mwen dekouvri apre ke sete yon Siyen. — Mwen wè yon fokon nan syèl. Antre poul yo nan poulaye a. — Demen, fò nou leve pibonè paske nou gen pou nou pran yon avyon ki ap sòti a 7 tè nan maten pou Miyami. — Li tèlman gen otorite sou mari l, li ka ploye l mete l nan pòch li. — Anyen pap chanje, kèlkeswa moun ki genyen eleksyon. — Chak fwa li panse ak ti gason li a ki ap etidye lòt bò dlo, li gen tèt chaje. — Avyon ki sou pis la ap pèmisyon tou kontwòl la pou yo vole. li. — Li antre nan boutik e li mande yon ti vè tranpe pou 50 kòb. — Si ou depase vitès sa a, polis ka rete w e ba w yon tikè. — Fi a bezwen konnen konbyen kòb mwen fè nan yon mwa anvan li sòti avèk mmwen. — Mwen verifye tout bagay 2 fwa pou m pa lese anyen dèyè. — Gen yon gwo kafouyay sou wout la. — Manman m fè yon soup legim pou ti frè m nan. Li di sa ap remonte l. — Egzekisyon plas la pap fasil. — Joslen ap bay moun nan katye jòf ak yon kostim tounèf. — Kanaval tonbe souvan nan mwa fevrye. — Tou moun ki etidye kesyon an rive ak menm konklizyon. — Katchòp se yon kondiman abaz tomat. — Odinatè vini tout jan e tout gwosè. — Li tèlman aji an souflantchou, menm patwon a meprize l. — Se yon moun ki toujou ap rabese lòt paske li panse li konn tout bagay. — Mesye yo di yon fèt san tafya pa yon fèt. — Manman m di: papa w te bon moun, li te toujou okipe fanmi l e li pat janm ban m matlòt. — Pou anpil fi, menopoz pa yon etap fasil. — Bèl gason sa a se ou li ta wè. — Li mouri yè. Yo poko fikse dat fineray la. — Tout bri sa yo timoun yo fè, ou di ou pa tande. Ou soud? — Se nan jwe foutòl pye atè li pran zobòy sa a. — Papa m renmen lazanya. — Ou wè yo se jèn marye, y ap mache men nan men e ap ri ansanm. — Sa rèd anpil lè lavi a ap ba w souflèt, ou paka rann li kou pou kou. — Si ou bezwen konnen sa yo rele lavi di, se pou al viv nan lakou Nouyòk. — Se nan yon ti fèt mwen te fè konesans ak madanm mwen. — Jan ap viv lòtbò dlo depi plis pase 20 lane. — Jan se yon bon papa, men yon move mari. — Mwen wè yon pakèt moun sanble, mwen pwoche pi prè pou mwen wè kisa ki tap pase. — Yo pa konn ki moun pou chwazi pou parenn piti yo-a: manman vlé yon frè-l, papa vlè yon zanmi-l. — Se kri ou manje leti, men fò ou byen lave fèy yo anvan. — Mwen wè 2 ti chat nan lakou a. — Sete vakans. Mwen ak kèk zanmi deside al travay kòm volontè nan yon òfelina. — Chanm nan te fenwa. Se sa ki fè mwen bite sou mèb yo. — Palmantè yo pa aksepte bidjè pouvwa ekzekitif voye ba li a. — Yo sispann li nan fakilte a pou move kondwit. — Se apre eleksyon yo, depite a montre ki moun li ye. Interè l pase anva pa moun li reprezante yo. — Bòs sa a pa tann menm ak anplwaye yo. — Jaklin ouvè pòt machin nan e chita dèyè volan an. — Se yon sant ki ayeyi moun ki santi yo toupizi. — Mwen tal vizite Lizbòn, ki se kapital Pòtigal ak lekòl mwen an.? — Si mwen patisipe nan pwojè sa, m ap tounen yon konplis, li di m. — Yo ap mete w deyò nan lekòl la, si ou ap plede fè move not konsa, — Se premye gato li fè? Pamal! — Li ban m espwa ke l ap peye m lajan li dwe m nan anvan fen mwa a. — Lontan se teledyòl ki te konn simaye fo nouvèl. Kounyeya, se rezo sosyal yo ki tounen zouti pou sa. — Se pa yon mayèt mwen bezwen, se yon mato. — Li pase de kaporal a adjidan nan kazèn nan. Se li ki pral antrene rekri yo. — Gonayiv se chèflye depatman yo rele Latibonit la. — Anpil bagay ka fè yon moun gen bòkyè, anemi se youn ladan yo. — Kay la sanble gen mit. Mwen wè poudbwa kèk kote. Fò m rele yon ekstèminatè pou kwape yo. — Yo arete Jera paske yo te konfonn li ak yon moun ki te fèk fin fè yon zak malonèt sou yon jèn tifi. — San chen janbe anpil anplwaye leta patap manje a midi, paske yo pa gen mwayen pou yo ale nan gwo restoran. — Li vann kay la pou tibouda pri olye li repare l. — Seyans midi a elimine nan Sine Kapitòl. — Doktè a rekomande l antistamin pou alèji li a. — Diri ak pwa, se manje nasiyonal. — Li kouri antre lakay li lè li tande loray la e wè zeklè yo. — Mwen pa fin konprann sa li t ap di a, men mwen konnen gen yon bagay dèyè pawòl li yo. — Mwen te sezi aprann ke minis la se yon ajan CIA. — Yon moun dwe manje 3 fwa nan jounen. — Mwen pa konn si misye ap blage ou si li ap pale serye. — Fò mwen pase wè makòmè, yo di m li malad. — Li mete yon bèl rad pou fèt li. — Li lè li tan pou mwen kite kay la, pou mwen al viv la kay pa mwen — Jandam nan tòde bra l Timote pou li mete minòt la nan bra l. — Prezidan an te gen yon konferans privée ak Pap la,' — Kawoutchou a manke van. Fò m gonfle l. — Li koupe twal la anbyè. — Bouyon ayisyen pa tankou tout lòt bouyon. Li rich, li chaje ak vitamin. — Pou konpran jagon yo pale nan Nò peyi, fò ou viv nan rejyon an. — Yo vann tout bagay nan magazen sa a, menm pwodwi kosmetik. — Kongo se non yon peyi. Men se non yon flèv tou ki sou kontinan yo rele Afrik. — Li gen yon semenn depi li fè bab li. — Magali ouvè anvlòp la, men li pa retire lèt ki ladan l nan. — Li pran menas chèf mafya a oserye. Se sa ki fè li gen gad de kò tout kote li prale. — Se yon evèk ki selebre lanmès maten an. — Nikotin se yon danje. Li ka touye selil ki nan sèvo yon moun. — Misye se youn nan pi gwo entèprèt Amstrong, yon gran jwè twonpèt. — Depi Mari wè Pòl, fò li souri. — Sou plas , gen yon moun ki ap jwe Akòdeyon. Yon ban moun rasanble pou tande l. — Wobè deside bay bag la, paske li ap granmoun e li bezwen mete lòd nan lavi li. — Se yon atak ki fèt pou teste fòs militè peyi a. — Lè li antre nan yon legliz, li toujou fe yon jenifleksyon nan direksyon Tabènak la. — Se yon fanm djanm yo ap chache pou travay la, pa yon kriyadò ki rele pou yon ti krik ti krak, — Mwen pa di ou ap ban m manti, men, ou pa klè avek mwen. — Yo ka ranplase yon kè atifisyèl. Men sa mande yon lot gwo operasyon. — Pa gen moun ki okipe pòs direktè a depi 6 mwa. — Apre yon jounen travay tankou jodiya, yon beny tyèd ak yon bon liv ap delache m. — Nan legliz sa a, pastè renmen jwe nan tèt fidèl yo, pou yo ka fè tout sa li mande yo. — Li renmen legim chou. — Li sèvi ak yon pilon pou li kraze mayi a. — Zavye pran yon pàn kawoutchou. Li bezwen yon djak pou chanje l. — Yo di fi sa a se yon ekspè nan konpòtman bèt kay sitou chen ak chat. — Li ap voye pwent depi yè, li panse moun pa konprann. — Misye te yon lejann tout moun te respekte lontan. — Mwen louvri kè m ba li. Epi li trayi mwen. — Lapolis dekouvri kachèt bandi yo. — San yon bon tan karès, fi a pap rive satisfè. — Yon adolesan se yon timoun ki pase 12 lane, men poko gen 18 tan. — Tren a te gen yon reta de 30 minit, se sa ki fè mwen pat rive alè nan reyinyon a. — Se fi ki fè timoun ki ka konprann doulè lòt manman. — Timoun yo toujou ede manman yo nan kwizin nan. — Mwen tande pitit la ki ap kriye nan dòmi. Li t ap fè yon move rèv. — Li pote linèt depi li te gen nèf lane. — Machin sa a se yon dekovil, li pa vo anyen. — Televizyon an kòmanse granmoun. Li lè pou m ranplase l. — Nou pat wè yon siy remò sou figi asasen a. — Li ranse avèk tout moun sòf ak Polo. — Lantouraj la make limit 2 teren yo. — Tout klas la pase. Menm elèv ki dènye a fè mwayèn li. — Chèz sa a bwete, li gen yon piye pi long pase lòt twa yo. — Lapolis ak chache yon bandi ke yo di ki kache nan katye a. — Jak pa moun ki bay legen fasil. Li tenas. — Se nan prizon li pran abitid chike a. — Fanmi l pa ka okipe l, yo voye l nan yon san ki okipe yo de ti granmoun. — Yo lage yon pakèt trak politik nan katye a yè swa. Lapolis ap chache moun ki fè sa a. — Yon zwazo mouch ka rete sou plas menm lè li ap bat zèl li. — Nan 3 denye semenn ki sot pase a, li fè 2 vwayaj. — Kote ki gen mang gen anpil pwason. — Pitit yon wa oubyen yon rèn, se yon prens. — Mwen santi ke papa m ak kache m yon sekrè. Li move chak fwa mwen mande la kouman li ye. — Li gen yon paspò yemenit. Kouman fè li pa pale lang yo pale nan peyi sa a? — Kou nou Romewo ap pwoche, nou chanje sijè, paske nou pat vle l konnen de kisa nou t ap pale. — Li marye ak yon mannken, men se kale fanm nan ap kale tèt li. — Fanmi pasyan an pa vle yo mete yon tib sou li, menm si sa ta ka sove l. — Li aprann timoun yo pou yo benyen chak swa anvan yo al kouche. — Mwen sispèk mwen fè yon erè, lè m deside pa reponn envitasyon an. — Pèsonn pa pran jounal sa a oserye, paske li toujou ap rakonte boulòk. — Ki renmen dam nan, men li twò timid pou li rive di l sa. — Anpil moun nan Nò Alaska ap viv nan iglou. — Konpòtman pitit la rann papa l fou. — Sa ou mande m nan se pa yon favè, se yon sakrifis. — Ayiti ak Kiba gen yon bon relasyon. — Gen apeprè 20 moun nan otobis la. — Chanm nan bezwen yon ti kout penso. — Ou al a Wòm, ou pa vizite okenn mize. Kisa ou t al wè menm? — Di m kisa ou te renmen plis nan papa w, lè li te vivan? Mwen te renmen trankilite li. — Ti gason an tèlman inosan, li pa wè si tifi ap ba l jòf. — Lè minis la tande prezidan a bezwen wè l, li pran tranble paske li konnen li te an afé ak yon diktatè sanginè.. — Direktè a entèdi pwofesè yo pou chaplete elèv ki pa konn leson yo. — Anpil moun, fi kou gason, mete foula lè yo ap sòti nan lari nan mwa ki frèt yo. — Yo kòmanse seremoni a ak chan ki nan paj 4. — Pi bon antidepriman se ekzèsis. Medikaman an grenn ka rann ou depandan. — Konpayi a ap chache moun ki diplome nan enfòmatik. — Rad maryaj la fèt ak talatàn e twal swa. — Mwen paka kwè ou envite nonm sa nan kay la. Ou konnen jan mwen rayi li. — Avoka defans a rele yon dénye temwen. — Yo ap tann anpil moun lavil nan bouk la pou fèt la. — Yo jwenn to prizonye yo ti ke chape nan prizon an yèswa. — Se yon peyi ki gen zam nikleyè. Se pou sa vwazen li yo pè l. — Prezidan an pa pale de peyizan yo menm ane sa a. — Nan paleman a, 10 depite te kont pwojè lwa a. — Li di li pa nan klik moun sa yo. — Lanmè Gwolann chage ak ayisbèg. Men li gen anpil bon pwason tankou morue ak aran. — Pale klè! Mwen pa vle tande pawòl a de sans. — Tomism se yon matchyaka ki genyen filozofi Aristòt yo ak doktrin katolik nan tan lontan. — Bòs la konsidere jak tankou yon trezò pou ja li util. — Pitit la mete yon jip ki kout anpil. — Se wòl lame pou li defann peyi a lè li andanje. — Papa fi a trete misye de salopri. — Li ap fann bwa nan lakou a pou dife a. — Grenadye nou yo bat Panama nan chanpyonat Konkakaf la. — Anpil machin ki nan tranpò piblk gen motè dizèl. — Mwen tande krikèt, men mwen paka wè l. — Li jwenn yon ti travay nan kouvan an, li se pòtye. — Sak pou di w? A kote de latè, ka byen gen yon lòt planèt kote gen lavi. — Konpayi a di li si li pa peye fakti a, yo ap konsidere li tankou yon delenkan. — Galwa se yon lang moun nan Peyi Gal pale. — Nan peyi Lend, yo sèvi ak elefan pou pote moun ou machandiz. — Se moun ki gen lajan ki ka fè gaspiyay. — Mango a vèt. Li poko bon pou manje. — Aktik se tout rejyon ki antoure pòl Nò a. Fredi a tèlman rèd nan zòn sa a ke menm dlo lanmè tounen glas. — Janin sòti. Li alewè kouman matant li ye. — Lekòl ap rekomanse an septanm. — Mache lavil nan yon move kondisyon, e sa pa di otorite lavil yo anyen. — Lachte pa yon vis, li se yon andikap e yon feblès. — Anpil moun ki fèt nan peyi Lend pratike Endouyis. — Mwen twò fatige aswè a pou m rele Pola. M ap fè sa demen. — Depi kèk lane, yon gè ap kraze peyi yo rele Yemenn nan. — Tan li pase nan seminè a fòje karaktè et fè l tounen yon moun onèt e disipline. — Se lè w nan pwoblèm ou konnen ki moun ki zanmi w. — Li gen tout resepise yo ki montre ke li toujou peye enpo alè. — Mwen pa wè Fifi depi 20 lane. — Konpayi ap chache yon moun ki gen eksperyans nan kontabilite. — Nou dwe nan ayewopò 2 zè anvan lè pou avyon a pati. — Lè ou monte yon taksi, fè atansyon ak kontè ki devan chofè. Se li ki ap di w konbyen kòb ou pral peye. — Se yon timoun byenelve. Li konnen ki lè pou li pale e ki lè pou li pe bouch li. — Se pa nòmal pou li toujou yon pisannit a laj li. — Mwen pa ka jwenn kat achte pou premye pèfòmans la, map blije rete tann dwzyèm nan. — Ak fi sa a, fè enteresan pap mache. — Mwen konn yon moun ki janm wè yon lasirèn. — Lè yon moun ap baye, li oubyen grangou, oubyen fatige. — Yo sispèk misye fè lajan nan briganday ou nan dwòg, paske li achte yon kay byen chè e peye l kontan. — Nan estasyon tren sa a, ou jwenn moun tout koulè, ki pale tout lang, ki prale tout kote. — Jagwa se yon bèt sovaj ki sanble ak pantè. Ou jwenn li sou kontinan ameriken. — Nan klas la gen trant elèv. — Viktò se yon etidyan nan fakilte medsin. — Pitit li yo voye l nan yon sant pou ti granmoun paske li pa ka fè anyen poukont li, li tounen yon timoun. — Mwen pa wè nan ki lòd yo ranje liv sa yo. Se pa pa otè. Se pa pa sijè. — Kadinal la gen yon kalòt mov. — Li rate ekzamen a paske li pat etidye. — Manifestan yo sakaje anpil magazen lavil la. — Doktè a preskri l yon linèt especial pou korije je vewon a. — Li vire pòch li alanvè, pou li moutre li pa gen anyen. — Faktè a pa pase jodiya. — Se nan baza nan kafou a mwen achte linèt sa a. — Tradiksyon sa a se yon kontresans. Lide otè pat respekte. — Doktè a se yon pilye nan kominote a. — Si ou di koze sa a an piblik, ou ka blese anpil moun. — Mwen te wè mari aw ak yon jenn ti gengenn. ("Bann jouda yo" Tropicana d'Haïti : 40ème anniversaire, vol. 1, track 4). — Jounalis la chire kandida pandan entrevi a. — Depi lè manje l rive, tout sa li wè se lakay li. — Anpil moun nan zòn gen maladi chik. — Mwatye polis Nouyòk se Ilandè. — Depi granmoun sa a ouvè bouch li, se plent ki pou soti.' — Kobra se yon koulèv ki danjere. Lè li pike w, pwazon li lage nan san w nan ka touye w nan 15 minit. Ou mouri toufe. — Shout sa a se yon danje. — Doktè a di, menm ak medikaman yo, li ap pran yon mwa anvan li refè nèt.' — Li di li pa t ap tann reyaksyon vyolan moun nan katye a. Li bliye ke tout bèt jennen mòde. — Li twò timid, terapi an gwoup pap ede l. Men yon rankont ak yon sikològ san lòt moun ka ede l. — Fè sa a pa pase byen ankò, li ap vomi dlo. — Legim nan gen zepina, bwokoli, berejenn e latriye. — Li gen yon laboratwa klandesten nan sousòl kay li a. — Jano pat pran tan pou li fini ekzamen a. Li te etidye. — Avyon ap pati a 3 zè. Men fò abò 30 minit anvan. — Ak tout travay sa yo ke mwen gen pou mwen fè a, mwen pa gen tan pou mwen al frite. — Lè kriz malkadi a pran Leyàn, li tonbe e kòmanse tranble. — Jounal la pibliye yon atik sou koripsyon, premye minis kouri di se move enfòmasyon. — Li di ti gason an si bourik la ap fè rekalsitran, ba li 2 kou baton, epi li ap konprann li. — Yon moun ka gen kansè a nenpòt laj. — Ti Menno ap swiv yon terapi pou li ka geri gwo lapè li genyen: pè travèse lari. — Kiyès ki ap gen twofe pou pi bon jwe ane sa a. — Moun nan fanmi Pòl yo rich, tout kay sou katye se pou yo. — Chak premye janvye, li rele tout fanmi pre ak zanmi li yo pou li swete yo yon bòn ane. — Bisektris sa a fè ang 90 degre an tounen 2 ang de 45 degre chak. — Amos se nom yon pwofèt. Gen yon liv nan Labib ki pote non li. — Pou yon moun marye anvan li gen 18 lane nan peyi sa a, le bezwen konsantman paran l. — Li ap tann rezilta tès la. — Misye leve sou pye goch li. Rete lwen l, pou li pa li pa djayi sou ou. — Pati repibliken, pati demokrat, se menm man parèyman. — Mwen resevwa yon mesaj sou telefòn mwen an ki chaje ak jagon SMS, mwen pa konprann anyen ladan li. — Chen an konn mèt. — Li mete fen ak relasyon an. — Fo w mete page sa a ajou. Enfòmasyon yo granmoun. — Maestro a bat mezi pou mizisyen yo ka jwe ansanm san youn pa ale twò vit ou twò dousman. — Olye yo antere parenn mwenn, yo ensinere l, e, pou respekte dènye volonte l, yo jete sann yo sou yon plaj li te renmen anpil. — Moun ki dou pa ka antre nan lame. — Yo konnen li gen bon kè. Y ap pwofite de li. — Se yon moun fou. pou li pa f`et li mal, yo mete yon kamisòl sou li. — Madanm sa a pa janm ri. — Li sote non 3 moun enpòtan nan diskou. — Sa ap pran plis pase 10 lane anvan envestiman komanse rapote w. Ou bezwen anpil pasyans. — Li sòti nan prizon gras a yon gras prezidan an. — Li divide moun an 2 kan: Moun pa l epi zòt. — Mwen mande kouman li ye? Li reponn mwen, li santi l pibyenke yè. — Se yon sware dans folklorik kote w ap ka danse, banda, kalida, e lòt ankò. — A laj ou, mwen panse ou t ap gen yon konpòtman pi disipline. — Bri ak kouri ke patwon an tape l, se sa ki fè li jwenn pwomosyon an. — Se yon wòklò. Le li gen yon lide nan tèt, li pap chanje l. — Li pa bwè, li pa fimen, li pa pran dwòg; men li renmen ke jip. — Nan tout pale sa yo, nou pa rive touche kè pwoblèm nan — Li sòti anba tanpèt glas la, paske machin li an gen kawotchou ak klou. — Se yon labouyi ki fèt ak poud alawout. — Youn nan responsabilite sekretè a se ekri pwosèvèbal reyinyon — Si ou kage chèz la, w ap tonbe. — Moun yo vle viv, men yo pa vle ede yo e kreye kondisyon pou sa. — Nonm sa a pa di 2 mo pou li pa mete yon lanmèd ladan. Se yon vilgè. — Si ou di bèl wòb sa a se rad kay, mwen ta renmen wè rad ou mete pou al nan fèt. — Ou menm ti gason sa a Ou pa janm konnen. — Si ou pa enkri nan bibliyotèk la, ou pap ka prete liv. — Chapit sou Economi a vini anvan sa ki pale de Poliitik la. — Jij la di Jeral pat gen rezon pou li te atake Jil, li bay jeral tò. — Detektiv la gen kèk tan depi li ap file misye, paske li sispèk li. — Nan biwo direktè a gen yon penti. Dèyè penti a gen yon kofrefò kote ou ka jwenn yon seri de dokiman sansib. — Lè rido a bese, tout moun nan sal kanpe pou yo bat bravo pou aktè yo. — Mwen pa gen okenn dwa nan peyi a, paske mwen pa gen papye. — Mwen pral pase kèk jou vakans Jakmèl, m ap desann kay grann mwen. — Lè ou rete sou yon limyè wouj, pye w fèt pou li sou pedal fren an. — Sourit jaden parèt pi gwo pase sourit kay paske je yo, zòrèy yo pat devan yo pi gran. — Li jwenn yon debouche nan yon faktori, men sa yo peye pa ase pou li viv. — Pandan tout reyinyon an, Viktò pe bouch li. Men li t ap pran nòt. — Pola pale sou lang. Li gen pwoblèm pwononse mo ki gen "s". — Jodiya, mwen resevwa foto fèt la. — Pastè a, nan prèch jodiya, di Labib se liv ki gen repons sou anpil kesyon enpòtan, — Yo pat renmen ti nonm fi a mennen nan kay la. Tout moun tap ba l move jan. — Yo pa aksepte l nan akademi militè a paske ekzamen san yo di misye pa fin gaya pou li vin yon ofisye. — Vaginis se yon pwoblèm fanm. — Anpil moun pè sèkèy. Sa fè yo sonje yo gen pou mouri tou. — Li rele ponpye paske te gen yon sant gaz nan kay la. — Nen pran kou, je kouri dlo [pwovèb]. — Rebèl yo lè te pase nan vil la, Ou siy ravaj yo. — Li gen move karaktè. Li move pou enpòt bagay. — Jaki se yon timoun yo adopte. Kounyeya li bezwen konnen bon paran li yo. — Granmoun nan mouri ak tout dan nan bouch li. — Kouman fè 2 moun sa yo sanble kon sa ? Yo se marasa. — Diktatè konte sou lachte yon pèp pou yo rete sou pouvwa. — Jezi di: "Lè dezoutwa reyini nan non mwen, mwen la avè yo." — Chapantye a rabote plan yo anvan li koupe yo. — Zye siklòn nan yon zile nan Karayib la. — Li ekri yon powèm pou menaj li. Se anivèsè l. — Misye se yon bon opòtinis, depi gen yon zafè yon kote, li la. — Ti blese sa a, si ou pa pran swen l, li ap tounen yon java. — Pou pase de yon kay ak yon lòt san ou pa bezwen travèse lari danje sa a, pran pon pyeton a. — Timoun paka konprann Lapenn granmoun. — Pati kominike la gen kandidad nan tout pòs yo. — Kay fanm, òmòn yo rele Estwojén e Pwojestewòn. Nan kò gason, yo rele testostewòn. — Foto a twò gwo pou voye l pa emèl. Fò w redwi l. — Pati ki nan sant yo reyini nan otèl la pou yo pale de yon estateji elektoral e prezante yon sèl kandida nan eleksyon an. — Radyasyon kabÒn ki sÒti nan faktori sa a rive byen lwen. — Jodiya se jou lekòl, sa boug sa a ap fè nan lari a. — Nan klas la gen 2 elèv ki rele Albè. — Minis la malen, se sa ki fè ou wè li nan tout gouvènman. — Pou fè desen sa a, ou bezwen yon kreyon pwenti. — Jodiya pa yon jou fèt, men prezidan an deside fè l tounen yon jou konje. — Solèy la parèt pi pre tè jodiya, tèlman li fè cho. — Jak se youn nan liv nan nouvo testaman nan Labib la. Li di nou koute Pawòl la pa ase, se pou nou pratike l tou. — Pitit la di premye fraz li jodiya. Li di: "Mwen grangou". — Gen moun ki vagabon, gen lòt ki di vakabon. — Li ap vi ak kè kase depi pitit la kite peyi a al viv nan Nouyòk. — Chanm li an bay sou yon boulva, pou li te ka dòmi, li te blije sèvi ak bouchon zorèy. — Nan kèmès joudlan a, ap gen yon maswife dekore ak anpil bon pri. — Kay la byen izole. Se sa ki fè li konfòtab nan tout sezon. — Madanm li tèlman takle l paske li pat ap travay, li oblije aksepte yon travay ke li pa renmen. — Nou fè demitou paske nou pat ka jwenn kay la. — Mwen pa renmen fim aksyon. — Ana pa okipe, ba li yon travay pou fè. — Dlo ki sot nan tiyo tou jòn. Non sèlman li pa buvable, menm lave ou paka lave avè l. — Gen 100 moun devan konsila a, sèlman 62 nan yo gen yon randevou. — Yo ba li yon zero pour redaksyon a , paske li pa trete sijè jan mèt la te mande l la. — Se yon gwo anbouteyaj, machin yo pa bouje depi 10 minit. — Towonto se yon vil ki nan peyi Kanada, nan pwovens yo rele Ontaryo a. — Li deside anfen tounen lakay. — Grandon an ap fè presyon sou ti peyizan yo pou yo vann tè yo. Yo menm eseye menase yo. — Gouvènman an vle fè yon eleksyon bidon pou li voye moun pa li monte. — Po bouch li sèch, men li pa gen dyòl bokyè. — Yo panse ak divòs anvan menm yo marye. Se sa ki fè yo siyen kontra sa a. — Anfannkè se yon moun ki ap ede pè a ki ap selebre lamès ou lòt seremonie nan legliz. — 2 plis 4 egal 6. — Li se yon moun k ap pale pou anyen. Ou wè sa nan diskou li a ki pa gen ni pye ni tèt. — Depi ou ouvri pòt la, se nan salon an ou ye. Mwen pa renmen sa. — Peyi sa yo ap batay depi 4 lane. Yo resi fè lapè. — Opozisyon an ap bay gouvènman tèt fè mal. — Depi li tounen nan peyi a, li pa pale ak tout moun. — Manman renmen mete lajan li pral pou jounen an anba nap tab la. — Lè li di m li pa konn ki kote li mete kadas pitit la. Mwen pat konprann, paske se pa yon mo anpil moun konnen. Yo plis pale de batistè pou di menm bagay la. — Noumenm Ayisyen, nou fyè de istwa nou. — Li pase tout jounen andedan biwo a. — Yo retire tout bwat fridòdòy na kafeterya lekòl la. — Lè li revni, li pa sonje anyen de aksidan an. — Doktè li a ba li yon rekòmandasyon pou li al wè li doktè kè. — Li refize chita bò kote Jan. — Li chanje machin li a pou yon lòt ki fèk parèt. — Fou a gen 3 fwaye. — Li al nan sinema pou li ka desann kolè a. — Premyèman, mèt la mande nou pou li liv la, epi pou nou ekri otè a yon lèt. — Li gen tachte sou po l. Doktè a di l pa bay tèt li pwoblèm pou sa. — Kati pè di kiyès ki te fè kadejak sou li nan fèt la. — Anvan ou ranpli yon matla dlo, fò ou tcheke pou wè si li pa gen twou. — Mwen pat konnen si Patrik te yon bon najè. — Youn nan dan dèyè m yo ap fè m mal depi yè. Fò mwen al wè yon dantis. — Li fyè de premye pitit gason li an, men li pap janm di sa devan lòt timoun yo. — Yon Kat kredi se yon gwo responsablite. — Amba pachemen an, gen siyati tout fondatè yo. — Anpilelèv rete chita lakay yo a koz de grèv la — Mwen konsidere pawòl chèf lapolis tankou yon menas pou moun pezib nan katye a. — Yo arete nonm li te t ap pase pou yon enpektè pou li te volè ti machann yo. — Kote ou pase nan vil sa a , se salte. — Ala granmoun bòzò, papa! — Li di m li gen yon kichòy pou li pale avè m, men se lè moun pa la. — Misye pa janm anpàn vye blag sal. — Aprè grenn pou pa ansent, esterilè se metod fanm plis itilize pou prevni gwosès. — Milèt sa a ka domaje w si ou kite li ba w yon kou pye. — Gwo kay sa a se yon fabrik kote yon fè soulye. — Ji chadèk la gen yon gou anmè. — Yon ganglion se yon fòm de kis. — Pastè di li fè yon vizyon, kote li wè Bondye mande li pou bati yon lòt legliz. — Patrick ak kondwi vye machin li a. Erezman pa gen anpil machin sou wout paske li se yon tèt mato. — Li pase tout vi l ap travay. Kounyeya li ap jwi retrèt li. — Se yon moun ki pran devwa l oserye. — Li chaje avoka l pou li antre an kontak avèk ak pent la. Li enterese ak dènye twa li a, e pare pou li ba l yon bon pri pou li. — Moun bò isit yo fè kaka nan tout raje a. — Lavi jodiya pa fasil. — Ti gason a tounen nan peyi a ak vis e lide koripsyon li pran nan peyi lòtbò dlo kote li te ye a. — Mezanmi, mwen pat janm konnen mwen ta tonbe nan yon bagay konsa. — Se yon nonm ki gen anpil adrès. — Otèl la gen 2 pisin ak yon sal jimnastik. — Plafon an vit se yon yon metafò pou pale de yon barye ki anpeche yon seri de moun rive kote moun tankou yo pat jann rive. — Li manyen balon a devan kan li a. Se yon penalite kon ekip li a. — Le samdi, manman m toujou fè pen patat. — Levye machin nan sou bak. Atansyon! — Direktè a te vini nan reyinyon avèk yon karapas. Li pat vle tande anyen nan tout sa nou tap di yo. — Ou p ap ka kiltive pomdetè nan zòn nan sa. — Menm lè li pa gen lajan ankò, li kontinye ap viv an gran nèg. — Se yon ekip masèl kòkòb ki t ap jwe sou teren an. Yo pran 6 gòl e yo pa rive bay menm youn. — Lè li te piti, li te renmen al nan mache ak manman l. — Nap sou tab la gen yon mak boule nan mitan . — Depi kèk ane y ap pale de machin ki sanble ak ti avyon ke ou ka telekòmande depi yon baz militè. — Pèpè fè tayè pa viv. Gason ap mete rad dezyèm men ki sòti aletranje. Yo pa bay fè rad ankò. — Madanm sa a gen yon venerasyon pou Lavyèj Mari. — Li di renmen li gen pou madanm li a pa gen fòs kote. — Renonsman a lajan, se youn nan ve moun kal fè mwàn fè. — Nan otèl la, li nan yon chanm ak yon balkon. — Gen yon kalte chovsourit ki souse san bèt ak moun — Li fè jwenn yon ti travay. — Depi fi sa a ouvè bouch li, se mo sal ki sòti. — Li twò degoutan pou mwen ta manje nan men l. — Nan Legliz katolik lontan, moun ki te divòse pat ka resevwa kominyon. — Mwen paka konte sou Natan, se yon moun ki toujou al bay lot koutba. Li pa konn kenbe pwomès. — 6 zè se tan revèy nan kan an. — Li ap etidye pou li vini yon jounalis, li oblije pran yon klas sou semantik. — Poukisa Jak serye konsa? li gen yon bagay ki ap domine l? — Moun ki pa bwè tafya paka banboche, paske se tafya ki fè banbòch, li di. — Zakari se yon jwif e youn nan ti kras moun ki te sòti vivan nan prizon Nazi yo. — Dòmi se tifrè lanmò. — Anpil gwo peyi entèdi moun sèvi ak malatchonn. — Mòmon yo bati yon tanp nan tèt mòn. — Septanm se tan rekòt, tout moun nan bouk okipe. — Ti nonm nan chita sou wozèt li . Li pa chache travay. — Yè swa, mwen rankontre yon bèl Ayisyèn. — Gwoup sa a pa aksepte moun rabbi. — Desizyon pou monte taks yo te pran nan dènye konsèy minis yo. — Li resevwa yon rapèl de kontribisyon ke li poko peye enpo sou kay la. — Moun nan kwizin yo sèvi ak bougon mayi pou yo retire gwo grès nan asyèt yo. Se yon fòm resiklaj. — Se pa fasil pou ou jwenn fonograf kay yon moun. Yo te konn jwe plak mizik ki pa alamòd ankò. — Prezidan dominiken an deside fèmen fwontyè a. Yon desizyon ki tounen kont li. — Odèt ak Klè se de bon zanmi. — Li panse li ka mete m nan pòch, li. Li pa konnen m byen. — Pi gwo enmi l se yon ansyen zanmi, yon moun li te fè anpil konfyans. — Yo arete l, menm yo pa mete minòt nan men l paske se pitit yon potanta. — Machin nan pa ka demare. Li gen yon pwoblèm estatè. — Linèt la vini ak yon fouwo pou pwoteksyon. — Se pa ak bèl pawòl w ap dilye doulè pèp la. — Timoun ki ap leve nan katye cho konnen sa yo rele vyolans. Se sa yo wè chak jou. — Se pa premye fwa mwen tande istwa sa a. — Lè m panse tout sa li di m, nan pwen anyen ki pou fè m fè l konfyans. — Li lè, li tan pou li divòse nonm nan, li soufri twòp nan maryaj la. — Pou antre nan akademi militè fò w pase yon eprèv fizik. — Yon zetwal t ap gide wa maj yo. — Melanje 2 pwodwi sa yo, se yon gwo danje. — 3 minis sèlman te okouran de negosyasyon gouvènman tap mennen ak rebèl yo. — Sa ki ta di ke li ta tounen yon amatè mizik konpa. — Yon nonm yo rele Robenson Kriso chwe sou yon zile ki pat gen moun. — Mèt la ap eksplike yon bagay byen serye, men ti gason a pèdi nan yon rèv. — Li tonbe annanfans. Pitit li yo mete l nan yon sant pou ti granmoun. — Yon mokasen se yon soulye ki lejè anpil e ki pa gen lasèt. — Si ou bezwen wè kote ki gen jamèdodo se nouyòk pou ale. Se yon vil ki pa janm dòmi. — Nan lakou kazèn nan, gen yon kwen ki chaje ak boulèt. Yo te konn sèvi nan kanno ansyen tan yo. — Ak megafòn nan, tout moun sou plas la te ka tande sa kandida a t ap di. — Si ou pa manje, w ap vin fèb. — Pou li ka montre pitit ke li pa kontan ak sa li fè a, li ba li 2 titap sou do men l. — Gen yon moun kap frape nan pòt la. — Li pale de prediksyon apre aksidan a fin rive. Se yon boulòk. Anvan sa li pat janm di anyen sou li. — Jan moun nan biwo a pale anpil, ou al di yo koze sa a. — Mwen panse famasyen a t ap ban yon siwo, se yon poud ki nan yon ti sache li ban mwen. — Se toujou ak yon krik...krak ou kòmanse yon kont. Moun ki pral rakonte l la di krik, moun yo ki prak tande l la reponn krak — Si ou frèt, chita pi pre dife a. W ap chofe pi byen. — Yo dejwe ti gason Mèt Pòl la. Mwen wè l nan lari ap pale poukont li. — Se yon nonm ki travay di, chak swa li antre lakay li ak yon zo kraze. — Madanm li kite l paske li san sen kòb e li refize vann onè li. — Ou bezwen 100 santimèt pou gen yon mèt. — Jan panse li entelijan. — Li kite telefòn nan sonnen plis pase douz fwa anvan li pran li. — A 9 vè, tout timoun fèt pou yon al kouche, men anpil al pran tan pou yo dòmi. — Bòs la pa renmen m. Li ap sakaje m pou m ka kite. — Polisye yo mande èd lòt kanmarad anvan yo antre nan kay la. — Lè sè yo pran nouvèl, youn t ap konsole lòt. Sete yo gwo makònay. — Bòs la ap mate mwen paske li bezwen mwen kite travay. — Fò ou dekape ansyen penti, anvan ou repentire kwizin nan. — Kamyon livrezon fèk rive ak machandiz tounèf. — Pou li bay prèv ke li pat nan peyi a mwa pase a, li montre paspò l ak yon viza. — Biswit leta se sèl zam pèp la te genyen pandan manifestasiyon an. — Jij la mande pou yo libere Damyen. Chèf an prizon refize. — Doktè a toujou bezwen yon enfimyè pou asiste l. — Mwen wè yon afich kote yo ofri 1000 dola pou yon mawon — Anpil fwa, zorèy fè mal se yon siy enfeksyon. — Atansyon! Gade kote ou ap mete pye w! — Li konnen li paka pèmèt li fè tenten nan ekzamen an. — Mwen fèt mwen, matant mwen ban mwen yon bèl chemiz denwi. — Misye lèd, li mechan. Se yon chaloska. — Fi sa a pase 3 mari. — Samdi anvan Nwèl, ap gen yon konkou fanal sou plas la. Se pral yon bèl fèt atistik ak anpil limyè. — Se gason ki gen pwostate. Fi pa gen glann sa a nan kò yo. — Jozèt marye de pi 5 lane, li poko janm fè timoun. Vwazen l yo kòmanse ap bougounen. — Yo ap fè presyon sou depite yo pou yo vote lwa sou enpo a. — Gen anpil fanm nan listwa ki te pote non Katrin : Katrin Medisis se youn nan yo. — Sègo antre vin pase paye ak Polèt pou li ka voye chache l. — Mwen fè l konfyans, li se yon moun serye. — Li bo fi a sou bouch. Sa te fè yon eskandal. — Nan tan Karèm, Legliz katolik mande fidèl li yo pou fè jèn ak abstinans. — Nan estasyon tren an gen yon pakèt bakoulou. Fè atansyon avèk yo. — Mizye twò rize, pou m ta aksepte sa li ap ofri m nan san mwen chache konnen. — Anpil manman panse ke jan madan Pòl abiye a, li se yon tentasyon pou jèn mesye nan katye a. — Konpayi a anplwaye plis pase 200 moun. — Apre divòs la, li repran non jenn fi li. — Elèv yo ap fè grèv jodiya. — Si ou bezwen mouri anvan lè w, ale lopital general nan kanton an. — Ayisiyen se yon pèp ki gen fyèl. — Se yon danje pou ap mande woulib sou otowout chaje sa a. — Maslen parèt alè pou li sove m nan twouboum mwen ta pral tonbe a. Li se yon lanj gadyen Bondye te voye pou mwen. — Ekip Ajantin nan mete Kolonbi plat atè. Yo ba l 6 gòl e yo pa pran youn menm. — Pèpè fè tayè ak kòdonye pa viv. — Tout moun konnen se pa li ki konpozitè mizik la. — Notredam, se non kretyen katolik rele la Vyèj Mari. — Kote ti gason an? — Figi Michèl mare depi yè. Sanble yo fè l yon bagay mal. — Ou te dwe mete yon kwiyè edemi sik nan resèt, ou mete yon sèl kwiyè. Se sa ki eksplike gou fad la. — Pè a refize fè antèman majistra a paske li te swiside tèt li. — Ane pase, li pèdi yon fòtin nan lawoulèt. — Se yon nwit tou nwa, menm limyè yon koukouy nou pat wè. — Katye jeneral lapolis la tou pre a. — Se pa tout moun ki ka gade yon sekrè. — Zanziba se nom yon pakèt zile ki fè pati de peyi yo rele Tanzani a. — Meriken te vle achte Mòl Nikola pou yo tabli yon baz militè. — Koulè l di li se yon san mele. — Se ou ki pou fè bonè ou. — Lè li tonbe a, li grafonyen jenou l. Se pou sa ou wè panseman an. — Se minis intéryè a ki pou fè tout vye travay sal gouvènman an. — Doktè a avèti l ke li ap gen doulè apre operasyon a. Men y ap ba l remèd pou sa. — Pou kwafi sa a, li pase yon demi jounen nan yon salon. — Yo di Zavye se yon timoun soudevelope paske li twò kout e li twò piti pou laj li. — Solisyon final se souvan yon desizyon pou pou fini nèt ak yon gwoup. — Yo mete l deyò nan travay la paske li t ap denonse diskriminasyon kont fanm nan konpayi a. — Li gen yon kay ke li mete nan lwe. Li gen 4 lokatè. — Li achte yon tè depi 2 zan. Kounyeya li kòmanse bati sou ti. — Li gen yon vant mennen depi yè, yo oblije ap ba l sewòm pou li pa fin dezidrate. — Li bay bouden nan travay la. Mwen panse li te pi maton pase sa. — Yon respiratè atifisyèl se yon aparèy ou jwenn nan lopital. Li ede yon moun ki gen pwoblèm respire poukont li. — Lekòl la tounen yon refij pou moun ki pédi kay yo nan siklòn nan. — Janin se yon malpalan ki fè plis ak bouch ke si l te gen yon zam nan men l. — Yon ekografi ka di si yon tibebe ap yon fi oubyen yon gason. — Gen anpil sab nan yon dezè. — Li gade nan twou seri a pou wè si gen moun nan chanm nan. — Li poko gen timoun lekòl. Pitit li a se yon tikatkat. — Tè yo sèk, paske lapli pa tombe depi twa mwa. — Chasè yo pat vle tire sou kaw la, paske yo di moun pa manje zwazo sa a. — Wougan an trase yon vèvè devan potomitan an. — Li ranplase pòt antre a. — Ministè a gen anpil sèvis. — Doktè a di li pou li pa trakase tèt li twòp, paske lafyèv la sanzenpòtans. Li ap pase. — Dyaspora debake nan bouk la pou fèt patwonal la. — Rezon se sa ki separe nou de zannimo. — Si ou chache yon magazen kote yo vann bon mache, pa ale nan Sant komèsyal lavil la. — Shakespeare gen yon pyès yon rele "Yon pakèt bri pou anyen". — Mari Madlèn se te yon bouzen. Men Jezi padone l. Li jis di li kite metye a. — Nan kanton an, gen yon chapèl ki depann de pawas bouk ki toupre a. — Gran frè mwen an se yon entèn nan yon gwo kabinè avoka. — Chen vwazen an pase nwit la ap jape. — Kap se yon jwèt ki pa koute chè. — Gen yon sine nan sant komèsyal la. — Vwa fanm sa a sèlman ka irite l. — Kolonbi se yon peyi nan pati Sid kontinen Amerik la. Kapital li se Bogota. — Minis la panse lòt minis yo ap kraze l devan premye minis la. — Machin sa a koute l de grenn je nan tèt li. — Polo pran tan pou li grandi. Yo te panse li t ap vin yon rasi. — Dyakona se dènye etap pou yon moun ki vle vin pè. — se yon liv ki anbarase gouvènman an paske li mete yon bann sekrè deyò. — Li komanse kòm kadi. Jodiya li se yon gwo jwè golf. — Mwen pral nan yon konsè aswè a, se yon ansanm ki soti Kiba ki ap jwe. — Non li se Beyatris, menm fanmi li rele li Bebe. — Eske yon Tanzanyen se yon Afriken? wi. Paske Tanzani se yon peyi ki an Afrik. — Doktè a di li fibwòm Imakila genyen komanse twò gwo, fo yon retire l. — Li gen yon kansè ki ap manje fwa l. Bondye pa ba l anpil tan pou viv. — Li pa kwè sa li pa wè. Se yon Sen Tomas. — li pa fè la mayòl, men li genyen yon pri. — Lontan se Italyen yo te konn chwazi pou Pap. — Anbilans pa pran kadav. Se moun ki toujou anvi yo pran. — Yon lidè se yon moun ki pa pè pote chanjman kote ki merite chanjman. — Yo te krisifye 2 volè avèk Jezikri, youn adwat, lò la agoch.. — Joslen pran sa Mita di a tankou yon gwo veksasyon. — Senatè a fè kòn li sòti nan tèt li lè jounalis la poze li kesyon sou lajan dwòg yo di li touche. — Se gras a pwoteksyon yon pwofesè, li rive antre nan Lekòl Medsin. — Ekonomis yo ak pale anpil olye yo travay pou yo jwenn yon solisyon sou pwoblèm ki ap fini ak klass mwayèn nan. — Nan bouk sa a, ou jwenn yon bisiklèt nan chak kay. — Chak jou, mwen remèsye Bondye ke fè m ap viv toujou. — Krèk se yon ògàn seksyèl ou jwenn nan antre aparèy jenital yon fi. Li sansib anpil. — Li mete yon levit ki pa ale ak pantalon a. — Li pral kay bouche sou granri a pou li achte yon jigo kabrit. — Yo di misye pran gwo chans. Mwen di li pa riske anyen paske li pa gen anyen pou pèdi. — Nan pak la, te gen yon tinonm ak yon tekekòmand ki t ap telegide yon avyon jwèt. — Jan se yon granmoun tèt kale. — Pola pran bò kote manman l. — Yon mikwòb se yon ti bèt tout zwit ke w paka wè ak je w, men ki ka ba w maladi. — Pòl pa merite tout jouman sa yo. — Li ap tounen demen? Non. apredemen. — Pa Gen Gwo Chanjman nan klasman FIFA Mwa sa a. — Te rete sèlman 2 sigarèt nan pòt sigarèt la. — Ak chalè sa a, se kafe glase sèlman yon moun ka bwè. — Moun ki gen remò, se moun ki konn fè ekzamen konfyans yo. — Tout lajounen Nonm yo rele bòs Pòl la chita sou galri ap tande radyo. Anpil moun ap mande poukisa li pa chache yon djòb ki ka rapòte l. — Aktè yo rete nan koulis la pandan animatè ap prezante pyès la. — Si ou enpasyan, ou pa menm bezwen al nan bank sa a. liy devan gichè yo vrèman long. — Bazilik se yon bèt ke moun pa janm wè, men ke yon di ki ta sanble ak yon gwo zandolit. — Se yon blag ki blèm e ki denigre fanm. — Napwen moun ki konnen li se yon ranmasè fatra. Li toujou abiye byen pwòp lè li pral travay. — Tout moun ap sèvi ap lojisyèl sa a, men eske yo konnen kiyès ki te kreye l. — Pou fèt men, yo fè mwen kado yon sentiwon ak yon bouk an nò. — Mwen renmen ragou, sitou lè li akonpaye ak yon bon diven wouj. — Premye sa ki frape m nan figi misye se je fon li a. — Gen vennkat elèv nan klas la. Nou espere gen gen trent anvan 2 jou. — Yo ap bati yon chenn magazen sou bòdmè a. — Li ap plenyen ak yon doulè nan jansiv li depi kèk tan. — Ou wè se yon piblik chame. Menm apre denye mizik, yo pat ka ale. — Fò mwen mete fatra yo deyò aswè a. Y ap pase pran yo demen maten. — Depi papa mouri a, pa gen kè kontan nan kay la. — Yon dyosèz divide an pawas. — Si ou travay, fòk yo peye w. — Li voye asistan li an nan konferans. — Lè li vini nan vakans la, li te zo ak po, kounyeya men gwosè pòtray li. — Nan peyi ameriken, yon kalkile distans ant 2 vil an mil. Nan peyi kanada se de kilomèt yo pale. — Se yon tip marengwen ki bay malarya. — Se yon azaryen, depi gen yon jwèt pokè yon kote, li la. — Teren an mezire 6 ekta. — Se yon moun ki di wi pou tout bagay. — Pyerèt kout, men li marye ak yon gason disèt wotè. — Li trase yon liy atè a e di mwen: Men kwa manman w men kwa papa w, mwen mache sou li. — Li souri chak fwa li panse ak dam nan. — Panno a di Otowout 40 la fèmen. — Delva telefonnen yon zanmi l pou mande l pou vin chache l nan ayewopò a. — Syèl la te ble san yon nyaj. — Yo mande pou chak elèv ki ap pran ekzamen an vini ak 3 kreyon ak pwent yo byen fèt. — Mwen pat kisa pou m bay Fifi pou fèt li. Yon sè l di m li t ap sanble kòb pou li achte yon braslèt li wè nan yon magazen. Mwen achte l pou li. — Grip la ba li yon doulè nan mis. — Mwen pa renmen mango sa yo. — Chen an leve lè li tande mèt li ap vini. — Izrayèl, nou konnen jodiya se yon eta modèn ki te kreye en 1948. — Se chok aksidan ki pote Franklen ale. — Nan legliz katolik ou pa konfime si ou pa batize e fè premye kominyon w. — Nan konpayi sa a yo ap chache moun ki gen pretansyon e ki wè lwen. — Ak move konpòtman sa a, sa pap etone m si m tande ou pran yon maladi. — Wout la vire kou ou finn pase bouk la. — Mwen di li se pa mwen ki responsab sa ki rive li a, kidonk, se pa sou mwen pou li al lonje dyòl li. — Anpil Dominiken pa renmen Ayisyen. — Tenis nan pye ti nonm sa a koute pi chè pase yon kostim konplè. — Leve timoun koute chè. — Li kanpe nan sant teren pou li pale. — Li se pwen fèb nèg la. Se pa limenm pou pase si w bezwen nèg la resevwa san pèdi tan.' — Matant mwen gen yon moulen vyann yo te ba li pou kado Nwèl, li pa janm sèvi avè l, poukisa ou pa mande l prete l. — Moun pa jwe ak plak nan venn. Ou ka mouri sibit nenpòt lè. — Mwen gen 2 mwa depi mwen ap tann rezilta ekzamen yo. Se tankou mwen nan yonpigatwa. — Diskou a sanble plis ak yon etalaj. Se pa sa moun yo te vle tande. — Timoun yo t ap voye wòch dèyè yon chwèt ki t ap dòmi sou pyebwa a. — Doktè a m pou m ouvè bouch mwen. — Gen yon rat nan travay. Depi kèk tan afè moun ap disparèt. — Ou pat bezwen al kay kwafè pou kale tèt ou konsa. Manman te ka fè l pou ou. — Sipèmache a chaje ak moun ki t ap achte. — Ivèt sòti deyò a pou li al rale nyaj. — Nou kouri nan kachèt anba kay la, lè nou tande sirèn ki anonse yon toubiyon. — Si lajè a menm dimansyon ak longè a, se yon kare. — Etazini se yon konfederasyon de 50 etat. Laswis tou. — Depi l grangou ou konnen. Li mare 4 pli sou fwon l. — Depresyon an fè li lese tonbe tout bagay enpòtan nan la vi li — Si ou kite vyann nan deyò, li ap pouri. — M ap mande m ki moun ki chita dèyè volan a nan peyi sa a. — Konferans sou dwa moun yo atire yon gwo foul. — Nou kounen, otòn nan preske fini paske chak jou li fè plis frèt. — Lontan mwen te konn sakrifye m pou m fè moun plezi, kounyeya, se tèt mwen mwen wè anvan. — Pou reyisi nan zafè, ou bezwen yonbon kat. Sa vle lajan, enlijans e espri inisyativ. — Li di m bonjou, e li ban m yon bo sou chak bò figi m. — Tripotay Pola yo toujou fini par yon: "Mwen di-w sa, men pa site non". — Li vyole 3 elèv li. Se yon malfezan seksyèl. — Gen 137 kilomèt ki separe kapital la, Pòtopren, de Ench ki nan Plato Santral. — Ou jwenn anpil pwodwi dominiken sou mache ayisyen. Se yon wont. — Sodomi pa yon pratik natirèl. — Anpil jèn tifi ki sot andeyò tounen bouzen pou yo ka manje. — Nan peyi Kanada, fevrye se mwa ki pi frèt. — Konprime sa yo bon pou moun ki soufri tansyon. — Lè ou ale kay doktè, fo w pare pou ou retire tout rad sou ou. — Menm lè dòmi a ap pran li e je li ap fèmen, Jera retire soulye li. Se yon jès otomatik. — Sa a se yon tewori. Mwen paka pran desizyon sou teyori. Mwen bezwen prèv. — Bòs pent yo di pou rive pentire plafon wo a, fò nou debarase sal la nèt, paske y ap bezwen yon echafoday. — Mern kite peyi a ak yon kè grenn paske m ap kite dèyè tout bon zanmi m yo ak tout fanmi m. — Yon ti klipsbwa antre nan yon dwat Jaki pnandan li t ap ranje planch yo. — Yo te zanmi. Kounyeya, youn ap detripe lòt. — Mwen mande kouman li ye. Li reponn mwen: "Mwen la!". Sa sa vle di. — Nouvèl ki sòti an Ayiti pa bon menm. — Abit la nan patipri. — Depi li ap fè yoga a, se de yon sèl bagay li ap pale nan kay la, de chakra. Li di nou se kabin enèji ki nan kò nou e ke nou neglije souvan. — Mwen pa moun ou panse mwen ye a. Mwen pi konplike e serye. — Depi konkonm t ap goumen ak berejenn gen mechanste. — Ak divòs la, yo mete yon tirè sou 14 lane maryaj. — Nan travay sa a ou ka tronpe lanmò yon fwa, 2 fwa, men ou pap ka fè sa toutan. — Ochan peyi Dayiti rele Desaliniyèn. — Papa li se yon Swis, manman li se yon Italyen; li fèt an Frans. — Menm lè ou pran tout prekosyon ke ou dwe pran pran, ou ka toujou pran viris la. — Depi w ma gen lajan moun pa respekte w. — Touye lanp la anvan dòmi pran w. — Se istwa yon fi ki te pi bèl ke bèlmè l, e ki soufri de sa. — Polis la arete Jak, men yo pa minote l. — Pandan yon operasyon gason pa kanpe, lapolis mete men sou 6 bandi. — Maryaj la tounen yon peripesi pou Janpyè. — Depi mwa jiyè rive, matant mwen pran baton peleren l pou li ale nan tout fèt patwonal nan peyi a. — Ti zwazo a ap aprann vole. Talè li pral kite nich la. — Legliz te kondane Makyavèl. — Kote yo jwenn kòb pou fè kanaval. Yo di peyi nan defisi. — Pa ka gen bon pratik san tewori. — Apre li fin lave m ak jouman devant yon pakèt moun, li panse mwen ka vin zanmi l. — Yo rekomande moun ki ap vizite peyi sa a, pou yo bwè dlo distiye sèlman. — Koutiryè a double jip la ak yon twal saten. — Nan dine a, yo te sèvi yon berejenn fasi. Li te bon. — Ou ka sèvi ak chou palmis pou fè legim, menm ou sèvi ak lòt chou yo. Ou ka menm fè salad avè l. — Chans pa vrèman egziste. Se travay di ki fè m rive kote mwen ye a. — Polo pase tout match la ap chofe ban yo. — Mwen pa tèlman santi mwen byen. — Kay la gen sal. Li pa gwo, men li pwòp. — Na refektwa lekòl, yo sèvi espegeti jodiya. Nou te gen chwa manje l ak boulèt oubyen vyann rache. — Yo di pou li achte Demilit lwil, li pote twa ka lit. — Vijini di li twò fatoge pou li al bò dife. Li di mari l pou li mennen l al manje deyò. — Avyon a ap vin a 4 trè. — Li tèlman kwè nan tèt li, ke li parèt tankou yon moun frekan. — Tout lajounen, tifi sa devan yon glas. — Mwen wè yon gwo krakman nan mi a. — Se yon foli. A laj li li deside achte yon machin espò. — Gang Tilwi a sène gang Timalis la nan kòridò Demang. Twa jèn gason pèdi lavi yo. — Jij la di Patrik pa fou. Li te konn sa li t ap fè lè li touye zanmi l nan. — Mwen deside pran kanntè pou m kite peyi a. Nenpòt sa ki rive rive!. — Ji se dizyèm let nan alfabè a. — Pou vin pastè nan legliz sa a. fò ou pase 4 lane nan yon seminè. — Anpi pwofèt te sibi pèsekisyon. — Editoyal jounal la kritike senatè yo ki refize pase lwa sou laprès la. — Pou goute, te gen pen mayi, ti bonbon, tablèt e sitwonad. — 350 miligram de medikaman an, se dòz li dwe pran chak jou. — Gen yon estasyon ponpye ki pa lwen nou, se sa ki fè ou toujou sirèn tout lajounen konsa. — Ou kite dlo nan Bwat savon an, se sa ki fè savon an vin mou. — Boksè a blayi nonm anfas la apre s`lman 3 minit. — Polisye a mete jenou l sou kou nonm nan jiskake li toufe l. — Te gen yon nonm yo rele Asteris, li te renmen al nan bwa pou li al chase sangliye. — Anvan avyon an dekole, pilòt la mande tout moun pou atache senti yo e chita dwat. — Li fèt Sen Rafayèl. Sa vle li sòti nan Nò. — Se premye fwa mwen tande yon prezidan tchwipe an piblik. Li pat vle reponn kesyon yon jounalis. — Nan alfabè kreyòl pa gen lèt Q. Lèt C toujou mache ak lèt H. — Si ou achte biyè a nan gichè nan gichè jou evenman a, li ap koute w pi chè. — Si ou te gen bezwen, ou t ap mande, li di m. — Li sote sa ki te ekri deyè paj la. Se sa ki fè li pa fin konprann teks la. — Li konn yon gwo sekrè sou bòs la ki pè pou misye pa mete kaka chat li yo deyò — Mo kwaze se yon jwèt lespri. — Si li te wè nan tèt li sèlman, li pa t ap envesti kòb li, tan li e enèji li nan edikasyon sila ki pòv yo. — Gen yon bann sansi nan peyi a kap gra sou san malere. — Valiz la pap ka pran tout sa ou vle pote nan vwayaj la. — Tròp anbisyon pa bon. — Afriken toujou genyen maraton yo fè chak ane nan vil Boston. — Li pat ka kache emosyon l lè li wè manman kouche san konsyans sou kabann lopital la. — Se pa tout sa yo mande m, mwen aksepte fè. — Janin se yon revandèz. Li achte yon seri de pwodwi an gwo pou li vann yo an detay. — Li fè travay la amwatye. Mwen pa satisfè. — Yo akize misye de yon krim li pat fè. — Li nan yon rejim vejetaryen. Li pa manje vyann. — Erezman se sou dengonn li tonbe, pa sou tèt. Sa te ka pi rèd. — Semenn sent se dènye semenn karèm. — Si ou prezante eskiz ou, yo ka pa pini w. — Ki tip dyabèt ou genyen, tip 1 ou tip 2. — Vilbreken ka toujou sèvi si ou chanje mèch li. — Fi a fè yon gwo plent lè li ap vini. — Pafwa, pou aprann byen, fò ou fè erè. — Sab bò lanmè a blan. Sa atire touris. — Nan diskou a, minis la bite sou mo Anti-konstitisyon. Li pwwononse l anti-konstipasyon. — Jeral pat abiye pou li sòti. Li te gen sou li yon abako, ak yon mayo. — Sikatris nan figi a se mak yon blese lè bandi yo te atake l ak kouto yon jou swa e li te batay ak yo. — Vwa nonm sèlman fè li pèdi lòlòj li. — Jounal la gen yon anvwaye espesyal nan zòn lagè a. — Yo mande pou mwen bay kay la anvan kòmansman mwa a. — Menm lè ou wè li souriyan, li gen gwo pwoblèm. Li konn ki jan pou li kache yo. — Grenn nan ap anpeche maladi pwogrese, men li pap rive geri w. — Li pase nan gichè otomatik pou li retire 100 dola. — Se yon nonm kapab, men li pa gen parenn, se sa ki fè yo pa pran l nan ministè a. — Nan 6 ze li te ponn nan, poul kale 4. — Travay di jodi, reyisit demen. — Li te gen 16 zan lè li te fè premye ti bo li. Sete ak Pyè, mari li jodiya. — Gen yon tach lwil sou kousen machin nan. — Otèl la gen yon sona, yon pisin ak yon teren tenis. — Mwne 3 jou mwen pa benyen, mwen santi m repiyan. — Mwen ta renmen al Miyami, men mwen pa gen viza. — Li machann nan mete sak la a e li antre al chache lajan pou peye l. — M ap chache nimewo yon zanmi ke mwen pa wè depi lontan. — Zong pitit la twò long, se sa ki fè li grafonyen w. — Se yon wout danjere. Li chaje ak koub. — Ki prezidan ki te di rekonesans se siy feblès? Se prezidan Franswa Divalye, yon diktatè Ayisyen. — Konbyen lopital moun fou ki gen nan peyi Dayiti? — Floyeyal se youn nan mwa nan sa yo te rele kalandriye republiken an an Frans. — Lè yo leve maten an, you wè jiman an te mete ba. Poulen a kouche bo kote li. — Li jwenn yon djòb. Se nan yon restoran. — Jan non an di l la, yon sak bil se yon pòch kote bil youn moun al chita. — Moun yo etale machandiz yo sou twotwa. Yo pa kite plas pou pyeton pase. — Ti gason an ban m yon figi inosan, kòm si li pa konn de kisa mwen al pale a. — Kamoken yo tounen yon pongongon pou gouvènman an. — Li paka manje anyen ki gen pistach ou nwa ladan , paske li alèjik avèk bagay sa yo. — Anplis de chofè a, chak anbilans gen 2 travayè lasante ki espesyalize nan premye swen. — Li fèt an Ayiti. Kanada se peyi adoptif li. — Tout klas la t ap benyen nan lanmè a, sof Tijan. — Se nan bòl yo mete soup. — Masèl te tèlman mèg, zo kòt li sòti. — Ati, se yon tit ke yo kreye an 2008. — Bandi yo mande yon ranson pou yo lage otaj yo. — Li pat dakò ak chwa mwen fè a. Men li di si se sa mwen vle, li ap sipòte m. — Kanta pou pou Jan, nan pwen anyen ki pou fè m ale lakay li. — Se yon moun ki pèseveran. Malgre tout baf li pran, li pa janm lage kite sac. — Lontan, yon goud te vo kichòy, jodiya se jis yon moso papye. — Restoran sa sèvi yon pwason gwo sèl niche dwèt — Gouvènman pa ba moun nan bidonvil sèvis yo merite. Epoutan yo peye enpo menm jan ak tout moun. — regwoupman 3 konpayi telefòn yo pa bon ditou pou abòne yo. — Prezidan an di limenm ak premye minis la se marasa. Yo panse menm jan. — Zanbi se yon peyi afriken. — Sitwon bon pou yon pakèt bagay. Li sèvi ak li pou dezenfekte e touye jèm. — Nan foto a, ou wè li patap gade objektif la. — Misye anraj lè li aprann nouvèl la. — Apenn li ta pral fèmen je l, li tande yon bri nan pòt la. — Yon lane apre li fin envesti nan yon konpayo tounèf, li sòti ak yon bèl lanjan. Li fè yon yon pwofi de 500%. — Pou moun ki vle chanje asirans, ap gen yon anwolman nan fen mwa a. — Fanmi l fè tout sakrifis sa pou li, epi se lòt moun ki ap benefisye. — Se yon machin otomakik. Li chanje vitès poukont li. — Mekanisyen an gen bonjan, e li konn metye l. — Mwen pa santi mwen komòd nan mitan tout etranje sa yo.' — Paran yo move lè appran ke lekòl la te bay elèv yo kapòt anvan yo ale nan vakans. — Nan tèt manifestasyon, gen yon nonm ak yon megafòn ki ap pase kòmand. — Mwen mande tèt mwen kouman misye fè vini minis, tout moun konnen li se yon kannay. — Mwen tèlman gen dòmi, menm je m mwen paka ouvè. — Moun ki gen gen lijyèn renmen defounen nen yo. — Poukisa manman w mete yon bwat bikabonat ki ouvè nan frijidè a? Se pou kwape odè. — Anpil metye ki ekziste jodiya ap disparèt nan 10 zan. — Konpayi a bay ou move rannman ane sa a. — Kanada se yon peyi kote li fè frèt anpil. — Jezikri se sèl Mesi a. — Pou rape bwa a, li sèvi ak yon rabo. — Mwen pase yon jounen fyèl pete. Tout sa mwen bezwen aswè a, se lapè. — Moun yo tande yon taw e kòmanse kouri san yo pa konn kote bri a sòti. — Li pran yon kout solèy sou plaj la. — Yon chita sou galri a, yon pafen sitwonèl ak karese nen yo. — Li gen estrès paske li pa ka kontwole sitiyason an. — Mwen sonje Janpyè. Se te yon anmèdan lè li te lekòl. — Sete an jiyè 1969 ke 2 astwonòt meriken te mete pye sou lalin. — Bokal konfiti yo gen etajè pa yo. — Analiz san an pare. Men doktè a di se pou li vini nan klinik la pou diskite rezilta a avè l. — Toujou gen tchòbòy nan Mwayan Noryan. — Lè li te antre nan inivèsite, moun ki pòy li te fèk kòmanse klass segondè yo. — Nan pwen moun ki konnen tout bon vre kouman Lavi aprè lanmò ye. — Li fè yon enfeksyon nan tande li.' — Otowout la chaje. Se komansman vakans Nwèl. — Van siklòn la te tèlman fò, ke moun yo panse se apokalis ki te rive.' — Li gen 3 mwa ansent. Bebe a kòmanse ap bay koutpye. — Anachi, moun pa respekte moun, se sa ou jwenn nan yon sosyete san lwa e san polis. — Tayè a fè kaka nan kostim nan. — Polo se yon moun ki obsèvatè. Li wè tout detay, menm sa ki pa rarèt klè. — Mwen pral pran yon repi. Sa fè 6 zè depi mwen ap travay tankou uon bourik. — Nou chita plis pase 30 minit anvan yon yo vin sèvi nou. — Kabinè avoka sa a gen yon repitasyon reprezante gwo kriminèl. — Li di li pa janm fè pip pou gason. — Pou vakans Nwèl la, tout fanmi an al Òlando. — Se pwotestan yo ye. Se sa ki fè yo di yo pral nan tanp, olye yo di yo pral legliz. — Gen peyi nan Mwayen Noryen kote yon fi paka sòti nan lari san li pa pote yon mouchwa tèt. Yo ka arete l pou sa. — Si ou bezwen tande palab, ale nan Paleman an. — Premye minist la se yon maryonèt nan men elit yo. — Depi mwen kite Itali, mwen pa janm bwè yon bon ekspreso. — Tonè boule m si mwen pa fè misye peye frekansite li fè ak madanm mwen an! — Apantè a plante kèk kalon pou separe 2 tè yo. — Kay la gen 3 sal twalèt, de ladan yon gen jakouzi. — Depi vwazen an achte opalè li yo, li mete mizik li yo byen fò. Moun yo kòmanse plenyen de bri a. — Yon kalif se yon chèf mizilman ke yo konsidere tankou yon represantan pwofèt Mawomè. — Li poko gen laj pou li fè timoun. — Anvan lekol la ouvè, direktè voye tout pwofesè yo nan yon seminè sou pedagoji. — Wilsonn fè Jeta yon pwopozisyon seksyèl Se sa ki eksplike sabò a. — Toma ak jilyen leve maten an ak yon bann bouton so kò yo. Madan Anri di se saranpyon yo genyen. — Ivon pa konprann anyen nan sa mèt la t ap di a. Ou wè sa sou figi l. — Lè w ap mete kouvè sou tab, ou plase fouchèt la agoch, kwiyè ak kouto adwat. — Se pa yon moun ki bliye fasil. Lè ou fè ditò, li fè w paye. — Mwen pap aksepte ankenn responsabilite nan sa ki ap pase yo. — Li vizite plis pase 10 sant pou ti granmoun anvan li rive chwazi youn pou papa li. — Moun ki ale dousman ka pran tan pou yo rive, men yo rive. — Anpil ti machann nan lari chita lakay yo, paske jodiya se yon Jou lapli. — Nouvèl Zeland se premye peyi ki te bay fanm dwa pou yo vote. Sa te rive an 1893. — Dan pou dan, chen manje chen, moun pa respekte moun, se sa nou jwenn nan peyi sa a. — Mwen sezi wè Pola ak Janjan ap danse nan bal la, mwen panse yo te koupe fache. — Plis ou ap granmoun, plis ou gen chans pou ou soufri de yon kriz kadyak. Ou ka pwoteje tèt ou ak manje natirèl e ekzèsis. — Dèye penti nan biwo a, gen yon kòf kote direktè sere lajan ak dokiman enpòtan. — Nèg sa a malenanpil. Lè li wè yo sòti pou yo fè li marye, li gate renmen an. — Jan gen lawoujòl, li pa ka al lekòl. — Anvan televizyon ak òdinatè, sote kòd te yon jwèt popilè. — Mwen gen sèlman 100 goud nan pòch mwen. Mwen pap menm ka pran yon chen janbe ak sa. — Kouman tan an ap ye demen? Yo di li ap fè lapli. — Patrik se yon mitwon nan nan bi gran boulanje anba lavil la. — Avadra sa a pa kanpe sou anyen. Se sa ki fè li pa ka jwenn travay. — Pafwa pou m rive dòmi, mwen pran yon ti tas te kamomiy. — Li nan klas la, men li pèdi. Lap panse ap jwèt. — M ap gade lanmè an, men lespri te byen lwen. — Premye pitit Abraram, dapre Labib, se Ichmayèl, pitit yon bòn yo te rele Aga. — Chak fwa li fè yon erè nan travay la, papa l ba l yon kalòt. — Lontan, anvan 1986, yon Sen kòb ameriken te vo yon 1.25 goud. Jodiya, li preske vo 25 goud. — Li fèt ak yon sèl grenn, se sa ki fè li paka fè pitit. — Nan 10 jou, m ap tounen travay. — Yo te panse ke se rat ki te responsab pès nwa, ki te touye mwatye moun nan kontinan yo rele Ewòp la. — Si ji a twò sikre, koupe ak yon ti dlo. — Anpil medam sou katye a tonbe pou Jak. Se yon tinonm bòzò. — Jandam la mande tout moun ki pa kanpe sou twotwa a pou yo chikin kò yo. — Kakawo se yon grenn. Avè l yon fè chokola. — Li di mwen se mwen ki mete tèt mwen nan petren an, kidonk, se mwen ki pou debouye mwen pou m sòti. — Misye vin anraje lè li aprann nouvèl la. — Ti fi a te kenbe vijinite jiskake li marye. — Mwen konn deniz depi m te toupiti. — Lè w rive an Frans, fò w chanje grinnback ou yo pou ewo [€] — Jwè yo gen antrenman 2 fwa pa semenn. Lendi ak Jedi. — Nan tout medam sa yo, se sou Joslin, Patrik gen je l. — Nan zòn touris yo, opiswa piblik yo pa gratis. — Travay la di, men fò m fè l — Mwen pa konprann kouman yon moun fè manje woti senyen sa a. — Bèta rale kanè nòt e komanse ekri tout sa mwen t ap di. Li se yon jounalist. — Lè li rakonte w sa ki pase l an Dominikani, ou santi lavi a te rèd pou li. — Li ap gen ven tan septanm ki ap vini a. — Pèp pa janm antre nan equation an, se sa yon ansyen konseye prezidan an di lè l t ap pale de bidjè yo. — Jakòb gen 10 zan depi li Okap, ou pa ka di li se yon fèk desann. Li konn vil la pi byen pase w. — Lezòm envite briganday paske yo pè lapè ak silans. — Direktè a di li pa ka mete mazèt sou pwojè a. Li bezwen pwofesyonèl. — Se pa tout moun ki t ap benyen nan lanmè a. Gen anpil jèn ki t ap jwe sa yo rele Volebòl sou plaj la. — Pola se yon fi fasil. Gason serye pa vle pran chans avè l. — Mwen Jòjèt ak Patrik nan yon pozisyon entim. Mwen oblije kouri. — Lagè a fini, se lè pou yo rebati. — Bètran pa marye, men li pap viv poukont li. — Nan peyi lòt bò dlo, yo di mwen ke fi yo pa mete jipon. — Fòk ou fini pwojè a anvan samdi. — Li soufle sou chabon yo pandan 30 segond pou dife a ka byen pran. — Mwen travay twò di pou mwen ta yon gaspiyè. — Si ji a twò sikre, dilye l ak yon ti dlo. — Sa fè mal pou wè granmoun sa a ap kriye. — Men jan avèk pifò moun ki fè nan peyi Laswis, mwen pale omwen 2 lang. — Nouvèl lanmò a te sakaje matant mwen. — Li dekore kay li ap limyè tout koulè ki ap mouri limen. — Aljeri se peyi kote Abdou fèt. — Pou ale nan zile lòtbò a, ou ka pran yon bak. — Depi li pèdi pitit fi li a, de tanzantan, li gen kriz de nè. — Li sòti nan lari a ak yon pantouf fèmen devan. — Yon ti moso pen ki nan vant mwen depi m maten. — Boutèy vid pa fatra. Yo resikle yo bò isit la.' — Si w ap tann nan dènye moman pou ou achte tikè avyon an, li ap koute w chè. — Mwen pase apremidi a ap rache vye zèb nan jaden sou lakou a. — Enfimyè nan sal ijans la triye gwoup malad yo. Sa ki pi mal yo jwenn swen anvan. — Òdinatè a rete konsa li pa mache ankò. — Gen peyi kote etanazi legal. Yo di se yon dwa, — Si w ap chache ekzanp moun debyen, ou pa pran Jan, ou pat bezwen moun debyen. — Li pa peye lwaye a depi 3 mwa. Mèt kay la mande yon jij pou mete l deyè nan kay la. — Mi lantoujay la panche. Si ou pa repare l, li ap tonbe yon jou e ka fè malè. — Depi papa m sou, gen deblozay nan kay la. — Se yon sant kote yo resevwa andikape. — Ane pase, mwen vizite 3 peyi sou kontinan Ewòp la. — Te gen pòtvwa nan chak kwen sou plas la. Sa vle kelkeswa kote ou te kanpe, ou t ap ka tande diskou a. — Li di m se bouch li ki te chape ki fè li manman m sekrè mwen. Mwen pa kwè. — Se yon nonm ki pa manke kouraj. Li ap rive. — Se 2 moun ki pa janm rive antann yo nan anyen. Yo toujou nan konpetisyon. — Siklòn gen lè kòmanse, van a vin pi fò. — 2 matlòt ki t ap batay. Anpil ki tap pase kanpe pou yo asiste espektak la. — Mwen te konnen depi ti gason sa a antre anba lasirèn sa a, li tap marye. — Fim la tèlman raz, li fè dòmi. — 2 moun sa yo toujou makonnen. Se pa sèlman zanmi yo ye. — Moun te viv yon kalamite aprè siklòn nan fin pase. — Li egoyis, li pa remen pataje. — Kou lè a rive, mwen pral fè wout men. — Plak sa a se yon popouri de mizik yo te konn jwe lè m te jèn. — Se yon pant ki di. Machin ki pa gen bon motè paka monte l. — Lè madan Albè wè fi yo di ki se matlòt li a, li mache sou li e kòmanse benyen li ak jouman. — Tonton m al Nouyòk pou li trete zafe li yo limenm. — Tifi ap dòmi tout lajounen depi yon semenn, Se ka endis yon bagay. Mwenmenm ou menm, mwen tap fè li wè yon doktè — Savann nan chaje ak kaka bèf. — Si laprès konnen l, se paske yon moun nan mitan nou pale. — Ou mèt pran pòz sekwa w, tout moun konnen ki moun ou ye e kote ou sòti. — Li pral nan gagè ak kòk batay li a. — Yon bon atis se yon moun ki gen kreyativite e ki ka tradwi l ak zouti li genyen. — Yo nommen Pyè konsil jeneral nan Boston. Li gen lontan li ap chache yon djòb nan yon konsila Ayisyen nan peyi meriken ou Kanada. — Pigman ki fè yon moun gen yon koulè po rele melanin. — Kòm jeneral, se responsabilite li pou li mennen twoup li. — Pandan konsè, moun yo telman renmen dènye chante a yo rele bis. — Se yon difamasyon lè ou atake karaktè yon moun sans rezon ni prèv. — Lè m wè nan ki eta yo mete peyi mwen an, mwen anvi vomi. — Gouvènman an deside fè lagè kont kriminèl ak zam. — Mètrès la ap fè konpliman pou Tijan, paske li toujou pote l byen nan klas la. — Li kite mari li, paske mouche a te pran plezi pou li agrese l menm devan zanmi l ak fanmi l.. — Mwen wè yon akansyèl. Sa vle di lapli ap tonbe yon kote ki pa lwen. — Li bon pou ou tenas, men pa nan tout sitiyasyon. — Misye pa wè l raz ak blag san sans li yo. — Non li se Jak. Menm zanmi li yo rele l Jako. — Mwen ede l yon fwa. Kounyeya, li vle dodomeya sou mwen — Si nen senyen sa a kontinye, m ap blije al wè yon doktè. — Lakay grann mwen gen yon kabann ki gen yon matla pay sou li. — Lontan, tomis se te sèl kouran filozofi moun te aprann nan inivèsite katolik yo. — Se pa tout moun ki ka fè travayfyèl pete sa a. Erezman li byen peye. — Mwen panse se jwe ou t ap jwe lè ou di sa. — Li difisil pou netwaye twotwa a ak tout nèj mouye sa ki ap tonbe a. — Li entèdi pou elèv antre nan sal ekzamen an ak yon mobil. — Klodin se yon etidyan premyè ane nan fakilte etnoloji. — Se yon bon kavalye men li poko pare pou li al nan kous cheval. — Se yon nèg ki san prensip, mwen pa fè li konfyans. — Iranyòm ka poze yon gwo danje pou lasante kreyen vivan, bèt e menm pyebwa. — Li konnen li se yon jwè enpòtan nan ekip, se sa ki fè li ap fè enteresan konsa. — Kwizinyè a retire koupyon poul la anvan li pote vyann nan sou tab la. — Blese a kòmanse anvliman. Fò ou wè yon doktè. — Manman m mete kèk grenn pwa sou kote pou li al plante. — Apre sa li fè m nan, li panse li ka amadwe ak kado e flè. — Lapolis mete deyò foto bandi mawon yo mande popilasyon a èd pou deniche yo. — Ki nimewo ki sòti na lotri a? — Li konn sa li fè. Se sa ki fè li ap dòmi ak yon je louvri, yon je fèmen. — Li sou yon lis estannbay paske li pat gen rezèvasyon. — Lavi koute chè nan peyi sa a. — Fèblantye a sèvi ak tòl pou li fè bokit yo. — Jaden piblik gen yon ale ki divize li en 2. — Se nòmal pou Jolibwa gen kachè. Se yon diplomat. — Ki sa ou tire de reyinyon an? — Ti Pòl nan jaden danfan. Li panse li fin konnen. — Se yon onè pou yon anfannkè lè yo ba l responsab ansanswa. — Yon anachis se yon moun ki refize nòm ak konvansyon keseswa nan politik ou nan sosyete civil la. — Pou kòmanse, separe rad blan de rad koulè yo; aprè tranpe rad blan yo nan dlo savon pandan yon bon moman anvan ou lave yo. — Sal la gen 10 ranje, chak ranje yo gen 25 chèz. — Sekretè a sere bwa papye ak antèt nan yon tiwa ki fèmen ak kle. — Doktè tcheke respirasyon li pou wè si poumon ap mache byen. — Sou wout sa a, ou paka fè plis pase 60 km a lè. Se vitès maksimòm nan. — Nan kesyon teknoloji, se yon yon peyi ki annavans sou tout vwazen li yo. — Mitan liy a 2 blòk de antre estad. — Li antre ta yè swa, e sòti bonè maten an. — Bis la te gen trannsis pasajè lè li kite estasyon. Te gen sèlman 4 plas vid. — Mwen tande yon bri nan lakou vwazen an, mwen ouvè rido a pou m pran yon jòf — Mwen pata ka fè travay sa a. Touye bèf,kale l epi koupe l an mòso. — Se yon wòb ki ap fè zanmi l yo bave. — Abit la bay ekip vizitè a yon kou fran, yon jwè nan lòt ekip la te aji an sovaj. — Li depozit kòt sou yon kont li genyen nan yon koperativ. — Antrenè pouse boksè a nan dènye limit li. — Dyedone se yon kapitèn nan lame. — Ou paka akize yon moun san yon pa gen prèv. — Li sote anlè lè li li lèt la. Sete bon nouvèl. — Li pa ni benyen, ni fè kabann li maten an. — Ou kwè misye ap kapab manje sandwitch a etaj sa a. — Li ap travay sou yonfo non paske li pa legal nan peyi a. — Li wèmò lè li aprann madanm li depanse tout kòb la. — Ti gason plis renmen jwe ke li etidiye. — Jak se yon ilegal, se trabay anba tab li ka fé. — Li se yon abe kounyeya, li poko pè. — Premye solisyon debwazman se ranplase nan peyi a recho bwa ak lot recho, gaz sitou. — Lè kadinal Legliz katolik yo reyini pou yo chwazi yon Pap, yo rele sa yon konklav. — Sa fè de zan, tout zòn sa a se te raje. — Li vle pou moun pran pawòl li yo tankou yon dòg. — Se yon kay, nou wè deja, men nou ta renmen wè l ankò. — Papa ap prepare yon kòktèl pou envite a. — Mwen mande l kisa li ap fè. Li di m li ap rape kawòt. — Enfidelite se sèl rezon Labib admèt divòs. — Ou peyi an dekadans se yon peyi kote y ap fèmen lekòl, pou yo bati prizon. — Polin pa pase konkou an. Se sa ki fè yo pa pran l nan ministè a. — Poukisa, yo rele li Ti jak, tout ti se volè. — Li abiye tankou yon anachis. — Li memorize leson an, men li pa konprann anyen ladann. — Pa gen dlo, paske tiyo a kase nan lari a. — Si ou pa vle sévi ak menm mo an, ou ka ranplase avèk yon sinonim. — Prezantatè a divize patisipan yo an gwoup de 10, e mande chak gwoup pou chwazi yon moderatè. — Machin nan pa vle pati. — Se yon lawon, ki renmen volè touris ak granmoun san defans. — Demen swa ap gen yon ekis lalin. Anpil pa konn sa. — Bri lari te yon gwo distraksyon pou elèv pandan leson an. — Nan anpil avyon gen yon defibrilatè. — Tifi vwazin nan se yon penbèch. Tout gason sou katye a ap pase l nan betiz — Si w pa koute avèk atansiyon, ou pap konprann anyen. — Fim sa a pa bon pour timoun, li gen sèn akoupman. — Yo ap tann mwen remèt tout lajan yo prete m nan nan 3 mwa. — Mwen debouye m jan m kapab. — Misye pa konn bay legen. Mwen kwè li pral kontinye batay la. — Avanbra se pati bra ki komase nan pwayè w e fini nan koud ou. — Li pa vlè pale de sijè sa avè m. Mwen konprann. Se yon sijè ki delika. — Se yon sentèz rapò a li prezante nan reyinyon an. — Se yon volè, men se pa nenpòt volè, se volè machin — Se yon prison, se sa ki fè ou wè Fildefè sa yo sou tèt miray yo. Yo gen kouran tou wi. — Pòl, sispann pichkannen ti sè ou la, matant li di. — Ak ki moun ou t ap pale nan telefòn nan? — Ou ka sévi ak borask, yon pwodwi chimik, pou fè netwayaj. — Se pa yo moun ki ap kite yo viv sou do l. Sa pa vle di li chich pou sa. — Li neve nève a, mwen pa konnen poukisa. — Apre tan cho semenn pase a, fredi a tounen. — Chak swa li kte chanm li andous, pou li al jwenn menaj li. — Yon sangwen se yon machann jèm ak mikwòb. — Rad lamarye te fè anpil moun pale. — Yon sosyolèk, dapre lengwis yo, se yon lang yon gwoup sosyal pale; se tankou yon dyalèk sosyal. — Kouman pral fè okipe fanm sa a, ou ak de po deyè w. — Li pa fè jès la pou enpresyone pèsonn. Li fè l paske se sa pou li te fè nan moman an. — Yo ap tann gwo lapli a pase pou yo repran wout la. — Kadejak se yon gwo krim nan peyi a. Moun ki fè sa ka rive jwenn lanmò. — Se jenou dwat la ki anfle. — Bandi fin pran bouk. Moun pè soti lè li fè nwa kounyeye. — Tout moun eskandalize lè yo aprann sa tifi a te fè. — Larisi se sèl peyi ki tabli sou 2 kontinan: Ewòp ak Lazi. — Mwen pèdi nimewo telefòn Jano a, se sa ki fè mwen pa janm rele li. — Jèn ti gason sa a, pou li al tonbe anba yon awona konsa. — Sete yon nwit nan nyaj, syèl la chaje ak ti limyè zetwal yo. — Sè Jàn pran l ak grap paske Jàn mande l kote li te ye. — Eske ou tande sa mwen tande a? Mwen paka kwè zòrèy mern. — Yo ap chache yon moun ki ka jwe wòl Tousen Louvèti nan yon fim sou la vi li. — Yoleve ansanm. Yo bon zanmi depi yo piti. Jodiya youn pa sou bò lòt. Sa k ta di sa! — Ban mwen pale ak patwon a pou m wè si li ap pèmèt mwen fè sa ou mande a. — Gouvènman an voye moun li nan manifestasyon pou aji an pwovokatè. — Se yon nonm ki pa janm pase plis ke yon lane yon kote. Li toujou nan yon alevini ant Ayiti e Kanada. — Dwanye jwenn 2 pake chaje ak fo lajan nan malèt yon touris. Yo arete l. — Mwen pa rekonèt ankenn moun nan foto a. — Se mwen ki pi piti nan fanmi an e mwen pa gen sè; sa vle se gran frè sèlman mwen genyen. 4 antou. — Yon group paran voye yon lèt tou louvri pou minis ledikasyon nasyonal la. Lèt la parèt nan jounal jodiya. — Si ou bezwen tande koze a nan bon ti mamit, se ak Ektò pou pale, li te la lè yo t ap pran desizyon an. — Li al nan mache ak yon panye vid. Li toun ak youn ki chaje. — Min kreyon li a kase. Li bezwen yon tay pou li refè li. — Se yon gwo salòp. Men li pran pòz inosan l. — Tip san ou rankontre plis se "o negatif". — Li ouvè wobinèt la, lave men li e kite li tou ouvè. — Eske ou ap vini nan fèt la demen? — Medikaman sa a bon pou netwaye sak bil. — Se yon moun ki soup li viv ak tout moun. — Li marye ak Mari pandan 25 lane, pandan tout tan sa a, li pa janm kouche avèk yon lòt fi. — Li pa vle marye. Li li ap mouri selibaté. — Lè Jan enève oubyen agase, li grate bout nen l. Li pa konsyan de jès la. — Li move sou sou tout moun. Wa di li move [menm] sou li. — Li pa al nan klas yè, men li te mande yon zanmi li pou pran nòt pou li. — Lapli a sanblkei li pral rekòmansetonbe. Fò m kouri sòti. — Piramid nan peyi lejip se tonbo wa yo te rele farawon yo. — Dlo mwen pran nan dwoum nan gen yon gou dwòl. — Toujou gen woy-woy nan bal dyaz sa a. — Pa gen moun ki mouri nan aksidan an, men gen twa (3) blese. — Se yon chante lontan. Mwen te konn tande l nan bouch manman m. — Yo sèvi tout kalite bwason nan fèt la. — Granmoun sa a gen yon gwo bouton chen sou nen li, se sa ki fè tout timoun pè li. — Yon trimès de yon peryòd de 3 mwa.. — Nan yon mwa li depanse tout sa li te mete an rezèv. — Avoka a divize byen fanmi an. E li rezève yon pati pou li. — Li poze mwen yon kesyon anbarasan. Mwen chache reponn li menm lè mwen pat alèz. — Dapre kat la, lè nou rive nan entèseksyon an, se pou nou vire agoch. — Twotwa a chaje ak machann. Pa gen plas pou moun pase. — Atiyayo se yon plant ki gen yon fèy ki santi bon. — Li pat aji ak jistis, men li ap tann pou yo trete le ak jistis. — Gen yon bwadchenn nan lakou a. — Tout pwoblèm gen solisyon. Se pran san w chache l. — Li gen bon ten men li pran swen tèt byen tou. — Branch kòmanse gen bouton, flè yo pa lwen parèt. — Ba li yon tan pou li asoupi pozisyon li a. — Anvan yo te envente machin pou koud, se alamen ke yo te konn fè rad. — Depi Danyèl sot an Frans la, li aji an sekwa. — Mwen konnen li gen pou li vini jodiya, mwen pa konn akilè. — si ou wè Katrin kounyeya, li defigire nèt. — Lapolis vle konnen mobil. ki dèyè krim nan. — Misye konnen yo t ap vin arete l, li pran lyann anvan polisye yo rive kote li te ye a. — Nan yon semenn, kandida a resevwa 2 menas lanmò. — Rele timoun yo. Manje a pare. — Trant se yon vil ki nan Nò Itali. Li gen yon bèl katedral. — Li di li gen yon doulè nan bavant li. — Polisye a tòde bra volè a pou li pase l minòt la. — Papa w se yon pastè, kouman ou fè di ou pa kwè nan Bondye? — Li fè alèji avèk berejèn. Depi li manje l, bouton leve sou po li. — Mwen kwè youn nan moun nan ban dèyè yo leve men l. Li sanble li gen yon kesyon. — An fransè, "il" se pwonon maskilen, "elle" se pwonon feminen. — Li rankontre nonm nan bal la e li gentan ap danse ploge avè l. — Pat dantifris la preske fini. — Li tèlman renmen liv ki rele "Alis nan peyi gwo mèvèy" la, li panse bay premye pitit fi li non Alis. — Evèk yo, nan yon yon lèt yo pibliye samdi, di yo pran nòt de enkyetid pèp Bondye an. — Pou ou rive nan chemen ou pran an, fòk ou gen odas, se konsèy sa a yon pwofesè te ban mwen. — Li pase jounen a ap travay di, epi li jwenn tan ak kouraj pou ede nan legliz la le swa. — Se pa tout moun ki ka vin manm klib sa a. Fò ou gen lajan ak koneksyon pou sa. — Nou pa bwè dlo tiyo nan kay sa a. Se manje sèlman nou fè avè l. — Pou nonm sa a tout moun se yon sendenden. Men li pat konn kote lavi a t ap mennen l. — Opozisyon an di si gouvènman pa desann pri gaz la, li ap ba l yon katon wouj. — Li pote m yon move kou, lè li sove ak kòb mwen yo. — Li di li kalòte nonm nan, paske li te manke madanm li respè. — Tann yon ti moman. — Nan pwen moun sou tè a ki imòtèl. Nou tout gen pou ale yon lè. — Depi apre aksidan an, li tande di. — Mwen te fè tout sa mwen kapab pou mwen rive alè. Men anbouteyaj fè m anreta. — Elèv yo mete yo an ran e kwaze bra yo anvan yo antre nan klas la le maten. — Yon mal ous pi sovaj pase yon femèl, paske li dwe pwoteje kote li ap viv la, teritwa l. — Paske li pa peye enpo, gouvènman an sezi Kay li ak machin li yo. — Si se yon jwèt ou ap chache, fanm nan di nonm nan, ou pa byen tonbe. — Gen de lè li bon pou ou anbisye, depi ou pa kite anbisyon an monte nan tèt ou. — Nan peyi sa a, moun vini gen plis valè pase piti tè a. — Nan mitoloji, ou jwenn yon titan yo rele Japè. — Madlèn pat kontante l de joure Maryèt, li fonse sou li e kòmanse bat li. — Tout travayè ki pa nan pòs yo lendi ap revoke. Se iltimatòm chèf izin voye bay sendika yo. — Loran kite lekòl pou li tounen yon djazmann. — Madanm li toujou sipòte l. Sa pa vle li se yon fanm dosil pou sa. — Se pa yon moun ki konn sa yo rele bese je devan lòt moun. — Gen plis pase 300 espès jako, yon zwazo ke jwenn sitou an Amerik di Sid e an Ostrali. — Tout anbisyon misye se pou li vin doktè. — Travay li se triye nouvèl ki pale byen de gouvènman an. — Li gen yon madanm ki ap vire lòlòy li, se sa ki fè li rete ta deyò. Li pa janm prese antre. — Omwen yon fwa nan yon mwa, gen yon aksidan nan entèseksyon an. Li yon limyè wouj. — Tifi a di tigason an ap trakase l. Li deside al lapolis pou li pote plent. — "Jis ale", mwen di li, ou pa bezwen di tout moun ou pral kay Madan Viktò. — Maryo se nonm Janèt. Yo marye depi 10 zan. — Nèg tèt chòv la. Se konsa li pale de mari li ak zanmi li yo. — Pwofesè sa a toujou ap desann elèv, trete yo de kreten. — Elit intèlektyel! Ki elit intèlektyèl? Se yon seri de moun ki gen diplòm e ki panse yo siperyè, san yo pa fè anyen pou ede nan developman peyi. — Se tchanpan yo sèvi nan prizon. — Ou fatigan ak tou koze sa yo. — Li travay chak de (2) wikenn. — Li se yon viktim de kalonad moun nan katye a ki te pran l pou yon volè. — Madan Pyè gen lè esteril, li marye depi twa zan, e li pa gen timoun. — Liv se yon biyografi prezidan meriken an. Se yon jounalis ki ekri l. — Nan sal la te ka gen yon swasantèn moun konsa. — Anvan kous, kontwolè a enpekte sabo tout cheval. — Gen yon laj ou rive, seliba parèt sispèk. — Lonbrik se yon mak kote te gen yon kòd ki pèmèt yon tibebe nan vant jwenn sa li bezwen nan kò manman l pou li devlope. Lè li fèt, yo koupe kòd sa a. — Nan vant, tibebe grandi nan yon sak yo rele sak dlo. — Se tout yon ekip ki travay sou pwojè a. — Pou pwoblèm somèy, gen yon grenn ke ou ka pran, doktè a di li. — Mwen pa malad, men mwen santi m delala. — Mwen travay nan konpayi a pandan 30 lane. Li lè pou m panse pran retrèt mwen. — Ti gason ap mache san pantalon. Tout moun te ka wè gigit li. — Jij la rive a dediksyon sa a apre li tande avoka yo, temwen yo ak analiz dokiman lapolis yo. — Lendi se fèt. Preske tout magazen ak tout bank ap fèmen. — Doktè a ak maladi li, fò li evite manje gra. — Lontan se gason sèlman ki te konn pote manto tranch, kounyeya ou wè yo sou fanm tou. — Apre move eksperyans ak dènye menaj li a, Jozèf fè yon kanpo nan kesyon renmen a. — Gen de lè, pou vole pi wo, se pou pran yon ti tan pou w rekanpe. — Kay la fasil pou ou rekònèt li. Gen yon poto eletrik devan l. — Yo se 2 zanmi, men sou teren a yo se 2 opozan. — Madlèn gen yon kè atifisyèl, se pou nou al dousman ak li. Pa fè li fè move san. — Li mèt pale m mal jan li vle, li pap retire yon pwèlyèm nan mwen ye vrèman, — Peyi ki voye plis sekou apre siklòn nan se Kanada. — Fènan twouse manch li anvan li kòmanse lave lave asyèt yo. — Apre li fin lave vèsèl yo fò li fè manje e netwaye kay la. — Li di jandam nan li pat konnen si lari a te sans inik. Jandam nan mande l kote li te pase lisans li paske gen yon yon siy ki di sa. — Sosyete a nan peyi Dayiti pa dakò ak lide pou yo legalize maryaj fi ak fi, ou gason ak gason. — Se yon ti gwoup ki ap mande pou gouvènman an ale. — Li di m li fatige, li blayi kò pou 30 minit. — Ekonomize kouran, se ekonomize lajan. — Papa tifi a bezwen konnen si mesye a serye, ou si li vle gaspiye pitit li a sèlman. — Li gen yon langag obscure fenwa. Li pa fasil pou konprann li. — Ou kanpe devan televizyon, ou pa yon moun envisib non. — Yo marye jèn, men yo te gen sipò fanmi ak kominote yo. — Manman m ak papa m kite depi 15 lane, men yo pa janm siyen papye divòs. Sa vle di ni youn, ni lòt paka remarye. — Li pa merite plas minis la. Men li gen piston e li fè tout sa prezidan mande. — Lagè ka chanje yon nonm. Mwen wè sa nan papa m. — Li te fè yon gwo yon pa annavan, lè li deside retounen lekòl. — Li pa janm aprann monte bekàn epi li bezwen achte yon motosiklèt. — Mata panse li kapab pouse m fè sa mwen pa vle fè. — Li dèyè yon vès depi yon semenn, li resi jwenn li nan magazen Tipòl la. — Sete yon feneyan lè li te jèn. Mwen te panse li patap rive okenn kote. — Opozisyon a di gouvènman an ap lolo yo pou li ka divize yo pita. — Li fè yon kriz kadyak lè li aprann ke denye pitit fi li a se madivinèz. — Li konsidere mande tankou yon basès. — Nan konpòtman yo, ou wè se yon kalte moun san pitye. — Peyi a pa byen dirije. Se sa ki fè li nan eta sa a. — Tout moun nan biwo a resevwa memo a sòf Pòl. — Mari mete yon ti bout jip, Pyè, tonton li, souke tèt li anvan li mande li : "konsa ou pral soti nan lari a?" — Granmoun nan chita sou galri a, li ap dezabiye tout jèn fi ki ap pase avèk je li. — Mwen pa janm ri moun, paske mwen pa renmen moun ri mwen. — Pa gen okenn lojik nan sa li t ap di. Sete pawòl tafya. — Granmoun nan pa peye lwaye kote li rete. Se leta ki peye pou li. — Se Polo ki mete an sèn dènye pyès teyat Franketyèn pibliye a. — Bandi touye yon avoka. Yon asasina ki fèt devan anpil moun. — Mis la vin lakay la pou repanse malig tonton m nan. — Li voye piti li a sonde m pou konnen si mwen deside achte kay la tout bon vre. — Se yon fanm kite gen lide avanse pou epòk li a. — Yo di Tidyo se piti pèdisyon, manman l ensent li twazan aprè papa l mouri. Ki moun ki kw`w sa? — Li te pran kou sa deja. — Li chanje pil nan revèy la chak 3 mwa. — Se yon asezonman kay. Li gen pèsi, sèl, pwav e lot engredyen li kache. — Mèt la di: Poukiyès devwa sa-a? Li pa gen non. — Li di m li pa ka wè kle machin nan. Mwen mande l si li gade toupatou. — Depi Jiyè li ap rezève kòb pou li achte kado Nwèl. — Li t ap mache di yon seri de bagay ki pa sa sou mwen pou li ka sal non m. Se pou sa mwen trennen l devan tribinal. — Ou paka achte soutyen pou yon fi san ou pa konn gwosè tete l. — Ou bay mo mwen yo sans yo pa genyen. — Gen anpil bon inivèsite nan vil Pari. — Pitit la bon nan matematik. — Nonm nan vole gagè 2 jou anvan maryaj la. — Yè swa li manje yon manje ki indigès e ki rete sou lestomak li tout nwit la sou lestomak li. — Misye gen yon figi sispèk. — Li pè al nan bwa a, paske li di gen anpil koulèv la. — Se nan peyi Kata yo te òganize Mondyal 2022 la. — Se pa ak menas ou ka fè nég sa a pe dyòl li. — Ti gason sa a gade televizyon twòp, se sa ki fè li pa ka bay anyen lekòl. — Machann nan mete mwatye machandiz li yo nan bak la. — Se 2è kay adwat apre limyè a li di. — Li mete bonè douch la pou cheve l pa mouye. — Toulede kote yo panse yo gen rezon, batay la fèk komanse. — Ekip la fè bèk atè. Li pèdi sis (6) a zero. — An 1929, Ayiti siyen avèk Ladomikani yon trete sou fwontyè ki separe 2 peyi yo. — Mwen wè kamyonèt bòs Jewòm nan devan kay la, nou gen pwoblèm ak tiyo yo? — Se yon laboratwa kote y ap teste anpil ide nèf. — Jozèf te bay paran l anpil espwa. Sete yon desepsyon pou yo lè li pa fini lekòl li. — Chwazi mo moun yo renmen tande, se sa ki fè popilarite demagòg sa a. — Kote li jwenn chapo kolon sa a. Nan mitan travayè yo, li sanble ak yon kolon eksplwatè. — Vwayaj la koute chè, mwen pa kwè ke mwen ka ale. — Yon vil marasa se 2 gwo vil ki bati youn akote lòt. — Gen moun, jis jounen jodiya, ki nan esklavay nan kèk peyi. — Limyè vèt vle di pase. Wouj la vle di rete tann. — Kay la gen ravèt, mwen rele yon ekstèminatè pou kwape. — Te gen yon lese frape devan estad an moun ki gen tikè pou match la e sila yo ki pat genyen. — Li se yon aktè ki jwe komedi. — Mwen santi m etoudi, mwen pral fè yon chita. — Kore disid ak Kore dinò, se 2 belijeran. — Nan Legliz katolik, yon sen se yon modèl pou kwayan yo. — Moun yo ap tann yon bon nouvèl, e se yon mesaj efeyan ki rive jwenn yo. — Yon nèg fò konsa ki ggen tout founiti klasik li, pouki sa se pè li al fè? — Labib di dezire madanm vwazen w se yon gwo peche. — Ak pri sa a, mwen kouri achte televizyon an. — Yon gita nòmal gen 6 kòd, men yon gita bas gen 4. — Vandredi sen, rapele nou jou yo te kondane e kloure Jezi sou yon kwa. — Divaliye te panse tabli yon dinasti nan peyi a. Men sa pa pran. — Nan mitoloji grèk, Eko se non yon fanm mistik ki te kondane pou li pat ka pale pou limenm. Sél sa li te ka di se repete denye mo li te tande. — Timoun yo gaspiye papye twalèt la. Maten a mwen ranplase youn e li gentan preske fini. — Premye jou lekòl la, ou fè tout elèv ki te pote minijip tounen lakay yo. — Depi li vire nan riyèl la, li kòmanse klaksonnen machin nan pou li fè wè. — Li pa pase nan akademi, men li rive brigadye jeneral. — Yo di jij la dwat. Li pa gen fòs kote lè li ap jije yon ka. — Li te parèt yon mistè, men mwen rive konprann li. — Chak ane, nan peryòd sa a, li toujou soufri ak alèji. — Pou match final la, te gen 35.000 espektatè nan estad la. — Lasèt soulye w demaré. — Gwòt fenwa sa a chaje ak chovsourit. — Diskou a twò metafizik. Mwen pa konprann anyen nan li. — Pa gen amonizasyon nan travay. Wa di se yon pakèt moun ki pa janm rankontre ki ekri l. — Otobisla pa kanpe sou wout pou pran vwayajè. — Pè a envite fidèl yo pwoche bò lotèl la pou resevwa lakominyon. — M ap remèt ou lajan mwen dwe w la vandredi. — Ak yon kannòt a pedal, ou pa ka ale lwen sou lanmè a. — Apati de kounyeya, tout moun li ap antre nan ministè a fèt pou siyen non l. — Majorite moun nan peyi a pat vote nan dènye eleksyon an. — Yo revoke l nan ministè a, li ap sispann gonfle lestomak li — Apre gwo lapli yèswa a, dlo antre nan sousòl la. Nou pral ponpe li e voye l deyò sou zèb la. — Travay ak detèminasyon, se sa ki fè yon moun rive lwen. — Si ou te bale chak jou, pa tap gen tout pousyè sa. — Langichat, se non yon Ayisyen ki te konn fè moun ri. Bon non li sete Teyodò Bobren. — Konpayi a gen yon sikisal nan tout peyi Amerik Latin yo. — Janin se yon ti moun sansib. li kontrarye pou nenpòt bagay. — Devan bal kriminèl yo, tinonm nan di "pye sa m manje mwen pat ba ou" e zigzage. — Nou ap ouvri seremonie ak yon priyè e im nasyonal nou an. — Sete yon Sentaniz. Se konsa mwen te konnen l. Jodiya li se yon chelèn. — Chank maten, anvan m sòti, mwen tande nouvèl e chache konnen kouman tan an ap ye. — Si mwen antre nan biznis la ki pousantay mwen ap genyen ladann? — Se pa tout remèd pou doulè ki bon. Genyen ki ka fè w senyen andedan. — Li gen lè pèdi tèt, li ap pledi di yon pakèt pawòl de grenn gòch. — Fyèv la tounen sou li, tanperati monte preske 40. — Li leve nan yon fèm, men li pa fèmye pou sa. — Doktè di li li gen katarat nan yon grenn je. Se pou li fè operasyon. — Kamèn ak Klè se zanmi lekòl. Yo te nan menm klas te konn etidye ansanm. — Echèk se yon jwèt ki mande anpil anpil konsantrasyon e entelijans. — Depi li fin pèdi premye pitit li a, tèt li pati. — Se — Yo pase yon lwa ki bay leta pou depòte tout moun ki pa gen papye rezidans yo. — Li se yon chofè kamyon. Li ap travay pou yon konpayi ki distribye mèb nan tout peyi a. — Timoun radi fini mal. — Lè prezidan an antre nan sal la, tout palmantè yo leve, eksepte youn. — li achte 2 kostim an lenn pou pou ivè a. — Mwen gade pwent zòrèy li, li gen yon twou zanno, menm si li pa pote youn. — Li pran pòz idyo pou li evite sèvis militè. — Sa li fè a se yon konpòtman farouche. Konpòtman yon moun ki ka ale lwen nan lide vanjans li genyen. — Li gen yon sak mab. Nan yo gen 5 gwo chelenn. — Jovenel te refize tounen yon prezidan chofe ban pou Mateli, ki te panse li t ap tounen nan palè apre 5 lane. — Minis la pa janm ofisyèlman pran fonksyon. — Li pase 3 mwa ap file dam nan. Lè li ta pral bon, li bay legen. — yo sot enstale kèk lanpadè sou plas devan legliz la. — Ou bezwen 5 galon penti pou pentire tout kay la. — Fi sa a andèy, li toujou abiye ak rad nwa. — Lè chofè a wè premye gout lapli a, li rete pou li kouvri tèt kamyon a ak yon pwela. — Avan li kòmanse pale, li pran tan l pou li gade asanble a, kòmsi li t ap chache yon moun. — Depi yon semenn tinonm sa a ap fè jako pye vèt devan lakay dam nan. Li pa gen kouraj pou li pale avè l. — Prezidan an remanye kabinè a. Gen 5 minis ki ale. — Li prefere fwomaj sèk nan sandwitch. — Si ou chita kote chofè a, fò ou tache senti sekirite w. — Bojwa yo panse yo kapab kalme pèp la ak miyèt ki tonbe sou tab yo — Pye woz la kòmanse gen pous. Talè flè yo pral sòti. — Gouvènman an nasyonalize anpil konpayi prive. — 12 janvye 2010, yon kokenn sekous mete Pòtoprens plat atè. — Se la a mwen te mete kle. — Se yon moun ki gen sans direksyon. Avè l bò kote m nan machin, mwen pap pèdi. — Poubèl la plen, li pa ka pran fatra ankò. — Nan pwen moun ki kwè l lè li di se pandan lin demyèl la li te tonbe ansent. — Yon mwa anvan li marye, Pola deside al kay doktè pou pwoblèm vajinit li a. — Li te chita a cheval sou chèz la. Kou li tande manman ap vini, li kouri leve. — Ou jalou sa Patrick genyen. Men li travay di pou sa. — Reyinyon entènasyonal la sanble yon toudebabèl. Moun ap pale lang mwen anpil lòt pa konprann. — Nan zòn sa a gen anpil ajil. — Mwen pa janm wè pwa pyant, men yo di m li bon pou anpil maladi. — Lèt kri gen anpil bakteri ak lòt mikwòb ki ka fè w malad. — Lavèy fèt la, polis ap toupatou pou kontwole vitès chofè yo. — Se tenasite ki fè li jwenn travay la. — Polèt te vle vin yon mè, men papa di l se doktè pou li fè. Li obeyi. — Yo sèvi ak iranyòm pou anpil bagay. Youn ladan yo se pou fè elektrisite. — Dapre Labib, Jozye sete yon asistan Moyiz. — Doktè a di l maladi a evolye. Fò li entène. — Kote toubiyon a pase, se dega ak kraze brize. — Eske ou simen fimye anvan w plante ou apre ou fin plante? Se sa Zavye, ki pat janm fè jadinaj anvan, mande yon vwazin. — Chak maten li kouri 2 kilomèt, se sa ki fè li anfòm konsa. — Papa m pati al chache travay depi 2 lane. Nou pa janm pran nouvèl li. — Pèsonn pa konn kiyès ki mèt kay sa a. — Mwen pa gade fim laperèz poukont mwen, ou lè mwen pral dòmi aswè. — Li se yon ebenis. Li gen travay lakay li nan yon chòp li genyen nan lakou li a. — Se yon mòd ki fèk parèt. Jèn moun yo gentan adopte l. — Lè bòs pa la, anpil moun pa vle fè travay yo. — Elèv dènye ane yo di elèv premye ane yo se krebete. Yo bliye sa yo te konn pase lè yo te fèk antre lekòl la. — Direktè a se denye moun ki pou pale nan kongrè a, — Mwen ap mande tèt mwen si lèt kaye pa yon yon danje pou sante yon moun. — Nèg la t ap bat tanbou a fò, wa di yon moun ki t ap defoule l. Se apre, yo di m se konsa yo bat tanbou nan seremoni sa yo. — Fi yo ta pral touye ak kout wòch la rele Mari Madlèn. — Apre dine, li renmen chita sou fotèy la e li pandan 90 minit. — Rad te fin sèch. Lapli vini. Kounyeya yo vin detranpe ankò. — Koudi sa a se pran sèlman li konn pran, li pa janm bay. — Li sispèk paske chak fwa madanm nan sòti, li vini ak yon eskiz pou mize li mize deyo a. — Sa li di a se jis yon refleksyon ki pa kanpe sou anyen. — Piram se moun santral nan pyès yo rele "Pèlen tèt" la. — Pa gen anyen ki gratis nèt sou tè a. — Li se yon zetwal nan ekip la. — Pou ou kòmanse trete dlo nan vant, se pou se pou ou sispann bwe alkòl, e manje ki pa gen anpil sèl. — Ak degizman sa a, moun pap konn kiyès li ye. — Lèt la tounen. Li rete deyò twò lontan. — Se yon flannè ki pa kanpe sou anyen. — Li konnen lapli pral tonbe, li sòti san parapli kanmenm. — Nan bwat materyo a, gen yon mato mason. — Plan an pa enfayib, men li ka mache. — Gouvènman an ap pèsekite manm pati opozisyon yo. — 2 Frè sa yo nan yon dezagreman sou doktè ki pou pran swen de papa yo. — Govènman an gen anpil feblès. — Se yon magazen ki vann rad sèlman. — Si mwen pat bay dèyè m 2 tap, mwen pa t ap fini ane lekòl la. — Se yon desizyon ke kabinè minis kenbe pou yo. Se lòd prezidan an ki fè yo konnen ke li pa esansyèl pou pèp okouran. — Mwen konnen li se katolik paske li fè siydekwa anvan li kòmanse se priye — Li se gadyen de ti neve l, paske paran yo lòtbò dlo. — Nan tan di sa a, fò nou rete vijilan. — Bwat sekrè a resi plen. Sa fè 4 lane depi li ap mete kòb ladan li. — Madan Ipolit gen anpil pouvwa sou li. Li ka fè sa li vle ak li. — Yo pa fè manje nan kay la depi 3 jou. — Yon koufran toujou poze yon danje pou ekip la. — Li mache tankou yon tòti; dousman, dousman. — Pantalon mekanisyen an gen 6 pòch plake. — 2 novam se jou moun sonje defen yo. — Yon òmòn se yon pwodwi chimik ke kò yon moun voye nan san l, e ki voye mesaj bay kèk pati nan kò w. — Lè l bezwen m, li lanbe m. Lè l pa bezwen, menm bonjou li pa di m. — Mwen ta byen renmen tounen timoun ankò, si mwen te kabap. — Gwo kabann sa a ap anbarasan nan ti chanm nan. — Solda nan kazèn nan gen 2 omonye militè?, yon pè ak yon pastè. — Mwen sezi wè foto Lwiz nan jounal sa a. Li poze toutouni. — Li fè yon enfeksyon nan gòj. — Anpil moun panse ke labou ki sot nan Lanmè mòt a bon pou doulè ak lòt maladi po. — Li deside chanje tout fenèt sousòl nan kay la anvan li vann li. — Koridò sa a al sòti sou ri ki bò Letan an. — Si w pa pran byen ak panari sa, w ap pèdi gro pous la. — Kouman pou ou vle pou mwen fini travay la alè si w ap deranje mwen toutan konsa. — Doktè se pwofesyonèl ki pi byen peye nan peyi sa. Apre yo se avoka. — Li di m li regrèt sa ki rive m nan, mwen konnen se pa vre. — Fotèy ti granmoun nan chaje ak plim chat. Sa fè m etènwe. — Chak fwa madanm sa a wè m, li mare min li. — Pwofesè a jwenn yon pi save pase l ki dekonstonbre tewori nan liv li a. — Sekretè a sòti sou pewon a pou li al bay yon kout telefòn. Se pèsònèl. — Imaj sa a senbolize lanmou e lapè. — Si se konsa ou ap viv, ou pap abouti a anyen. — Lè fanmi an te gen pwoblèm, zanmi sa a te pote kole ak nou. — Li achte yon balon foutbòl ak lajan li resevwa pou fèt li a. — Nan tan n ap viv la, sèl jan pou pwoteje lavi prive w, se pa al nan Entènèt. — Li rive dezyèm nan eleksyon a. — Mwen pa janm pa wè misye ap travay, kilè li pran repo. — Lè m tande istwa a, tout kò m fè chèdepoul. — Ekri pou li se yon pastan. E li bon ladan l. — Se yon fanm sinik avèk gason. Li pat konsa anvan. Se depi divòs li a li vin konsa. — Yon elev ki fini lekòl fondamental fèt pou li gen li bon vokabilè ki ka fè li di sa li panse klè. — Li di wa a: "Tanpri souple! kite pitit la viv", men Wa deside touye ni li, ni pitit la. — Gen yon Twoup opera ki ap vizite vil la. Yo pral jwe yon pyès ki rele Kamèn. — Chanpyona foutbòl la ak kòmanse lendi. — Y ap bati yon echafo sou plas la. Sa vle di yo pral pandye yon kandane. — Li pa vle fè lakoubèt devan bòs. Se sa ki fè yo bay pwomosyon an. — Jan pa an chimerik, se konsa li toujou ye. Li se yon nonm akaryat. — Li te vle rele pitit la Abèl, men madanm li pat vle. — Li koupe pen an e kite tout mit sou tab la. — Po li tèlman sansib, li toujou ouvè yon parasòl sou tèt li. — Jou Sen Valanten, se jou fi ki pa gen menaj, santi yo manke yon bagay. — Abit la te pèdi kontwòl match la, se ka ki te eksplike bouyay la. — Ou pap ka kouri yon maraton si ou pa anfòm fizikman. — Beliz se yon ti peyi nan Amerik santral. ant Meksik e Gwatemala. — Aprè 2 mwa travay san pran souf, ekip la kanpe pou yon ti repo ak evalyasyon. — Grip la ba li frison. — Plis pase 10,000 moun patisipe nan manifestasyon ki te fèt kont gouvènman an. — Evèk la defwoke anpil pè ki tap fè zak ki eskandalize legliz. — Li resevwa yon anbatab pou travay la. — Li pase tout tan sa a nan peyi Lafrans, e li paka pale franse. — Nou resikle katon. Nou pa jete yo nan fatra. — Li konsidere sa mwen fè a tankou yon kout pwaya nan do. Li pat konnen se sove mwen te sove li. — Li se yon moun ki beni. Tout sa li fè reyisi. — Bagay sa yo pa fè m ni cho ni frèt. — Nan Sen Domeng esklav pat gen dwa. — Li fouye men li nan sakòch li a e retire yon liv sou istwa peyi a. — De lwen, mwen pran misye pou Jak, se lè li rive tou pre m, mwen wè se pat Jak. — Mwen telman pale pou m mete yo angad, mwen vin sanble yon lepè ki ap babye. — Li di li manje vyann paske se chè ki nouri chè. — Nan ka sa a, se pou ou mande tèt ou kisa manman w ak papa w panse. — Nan inosans li, li pat ka wè se manti yo t ap ba li. — Mwen pa janm plase tout lajan nan yon sèl bank. — Liv li a resevwa bon nòt nan men moun ki li l. — Volè voltije baryè a pou li chape lè mèt kay la bare l. — Legliz la preske fin rebati, kounyeya yo ap enstale klòch la. — Nan pwen moun ki kwè nan preteks li bay pou li pa fè travay la. — Li ap file lang li sou machin nan depi 6 mwa. Li resi achte l. — Fè enbesil, se yon taktik misye genyen pou chache konnen. — Ki rete anfas simityè a, li abitye wè antèman. — Semenn sa a, gwo lo lotri a monte plis pase 500 milyon dola. — Li prepare yon digdal manje pou fèt la, mwatye nan moun li te envite yo pa vini. — Lakay mwen, minwi se kouvrefe sa vle nou pa rete deyò pase lè sa a. — Pran lajan an nan bous la. — Anpil moun panse ke lafen an toupre. — Ibo se yon tribi ou ka jwenn nan peyi Nijerya. — Si li vini, wa fè m di m sa. — Chak Eskout fèt pou pote yon goud plen dlo pou pwomenad la. — Ki jan yo rele doktè w la? M ap rele pou ou. — Mwen pa janm wè misye san chosèt. Menm lè li lakay li ak sandal nan pye l. — Gran frè m nan gen 8 lane anplis men. — Se yon kriminèl, tout moun konn sa. Men avoka l di li se yon kannannan pou yo pa voye l nan prizon. — Fanfan se yon mantè pwofesyonèl. — Yo bare Benwa kay Lik. Li t ap eseye volè televizyon nan chanm nan. — Moun pa janm mouri anvè lè w. — Kòf machin nan twò piti pou gwo sak sa a. — Chofaj la pa mache nan kay la. Se tankou ou nan yon glasyè tèlman li frèt. — Mwen wè plan kay, mwen pa renmen kote kwizin nan ye a. — Moun Angletè renmen te plis pase kafe. — Yon ranson se pri yo peye pou libere yon moun oswa pou rachte yon bagay. — Pwofesè a di ti gason a lou. Li pran tan pou li aprann. — Anpil gwo moun save panse ke frenoloji pa vrèman yon syans. Youn ladan yo se yon filozòf Alman yo rele Egèl. — Fidèl Kastwo te yon kominis. — Yon bon detektif pa chita sou sipozisyon, li fouye pou li rive konn verite a. — Li egoyis konsa. Li toujou vle tout pou li. — Mwen pral nan yon veye aswè a. Se yon zanmi m ki mouri. — Yo voye Lyonèl nan azil moun fou paske li t ap di kèk koze dwòl. — Papa gen abitid li jounal samdi maten pandan li ap pran dejene l. — Nan lansyen tan, pou fè kalkil, yo te konn sèvi ak yon tablèt ki rele abake. — Labib tradwi nan preske tout lang ki ekziste sou latè. — Yo konnen sa maryaj ye tout bon apre lin demyèl la. — Mwen di li pa sispann rad yo sou lantouraj la. — Si ou pa retire pi nan blese sa a, li ap enfekte. — Yo trete l de moun san lizay paske li refize fè tout sa sosyete a mande. — Se yon nèg twò serye, se sa ki fè li pa gen anpil zanmi. — Mwen pa konn kouman misye pral fè sa li di. Se yon moun k ap pale pou anyen paske li pa gen lajan. — Li rete an admirasyon devan tablo a. — Mwen toujou di li pou li pa fè tankou papa li: Mache grennen pitit toupatou. — Nich gèp sa a tou pre pak timoun yo, se yon danje. — Mwen pa kite moun pwofite de mwen. — Yo di ou kapab jwenn tout bagay sou Entènèt, mwen pa kwè se vre. — Mwen rayi kawòt, men mwen renmen bwokoli. — Ou gen souf kout. Se pa nòmal. Fò ou wè yon doktè. — Ak move tan an ki pral vini, fò moun gen pwovizyon pou omwen yon semenn. — Gen yon manifestasyon devan paleman an. M ap eseye evite zòn nan. — Pitit sa a twò delika pou travay sa a. — Li kòmanse triye aplikasyon kandida yo. Li mete dekote, tout sa ki parèt entesan yo. — Aganman se yon bèt ki chanje koulè pou li kamoufle tèt li. — Mari sanble li gwòs, gade gwosè vant li. — Yo pran Tousen nan yon pyèj. Yo arete l e pimpe l an Frans. — Ou paka mande li pou li fè yon gwo sakrifis konsa. — Mwen pa renmen kouche sou matla eponj. Li pa fasil pou vire sou li. — Li gen je atawèt. Ou pa janm konnen lè li ap gade w. — Se yon ekzamen woutine ki revele kansè nan tete a. — Pou gwo travay li fè a, mwen retire chapo m devan li. — Pawas la ankouraje moun yo pou yo abone ak bilten legliz ki pibliye sou Entènèt sèlman. — Olye ou mande m pou m eskize m, ou te dwe remèsye m pou sa m fè a. Mwen sove lavi w. — Lè ou gen fanmi ou pa ka travay pou moun pou anyen. — Se sou kadav mwen pou nonm ak tatou sa a pase pou li rive marye ak sèl pitit fi mwen an. — Kote ki gen zwazo boutabak, dlo pa lwen. — Li fè sèman fò li vanje ti sè li a. — Nan batay la, youn grafonyen lòt. — Li toujou pè pou pitit la pa anbarase li devan zanmi li yo. — Nonm sa a gen yon apetit fewòs. Li fini plat li a anvan tout moun e li double. — Si kay la tounen yon pwoblèm, se pou nou vann li e separe kòb la. — Mwen te toujou konnen gen yon espyon nan mitan nou, mwen pat janm panse se ta Jaki. — Si ou bezwen wè kote gen azaryen, se na yon kazino pou ou ale. — Apre yo gate renmen, Sizèt ap mache di tout zanmi li yo ke Jozèf ke yon ti koulout. — Sekretè papa m nan atiran. Mwen renmen ak nan biwo a jis pou m wè l. — Jaki malad kouche depi 2 jou. Maten y ap menmen l al wè yon doktè. — Li bliye bwòs pou krèm bab, li oblije savonnen bab li ak men li. — Bal la fini, se lè pou prezidan an kòmanse travay pou peyi. — Klè poko gen 45 lane, li gentan rete. — Mwen toujou panse misye gen papye bakaloreya. — Pale gouvènman an mal, se mache sou zenglen. — Benen se yon peyi afriken; kapital li se Pòtonovo. — Se yon ransè. Sèl sa li ka fè se distrè moun. — Madan Jozèf sòti nan mache ak yon panye pwovizyon nan chak men li. — Li pase ladwann ak ton valiz plen lajan. Dwanye a pa poze li okenn kesyon. — Yo di bèt gen ensten, moun gen rezon. Se pa vre. Moun gen ensten tou. — Tout sa ki nan twouso maryaj Janin nan, se aletranje yo sòti. Fanmi l gen lajan. — Se yon koken. Mwen pap jwe kat ak li. — Mitan je yon moun ka marron, vèt ou lòt koulè. Yo rele l tou iris ou glè je. — Mwen wè ti nonm nan ak yon mitrayèt nan men l. Li sanble li antre nan yon gwoup kriminèl. — Ou ka sèvi ak fwi yo rele tamaren an tout jan. Men an ayiti yo plis fè pate, siwo, ji e konfiti ak li. — Yo te bon zanmi lontan, jodiya, youn tounen yon jerenons youn pou lòt. — Yo ogmante anvlòp ministè de 10% ane sa a. — Li pale pandan kenz minit, li pa janm antre nan nannan sijè a. — Li soufri de maladi sik, men li kontwole l ak rejim ekzèsis e medikaman. — Li toujou pi poze, apre li fin pale ak papa li. — Kowosòl se yon fwi ki bon. Ou ka fè ji avè l, ou manje jan li ye a. — Ti moun yo ak fè devwa yo, pa limen televizyon an. — Li di mwen ap antre nan sa ki pa gade m. Mwen pa gen dwa pou sa. — Yo kite 13 premye moun yo antre. Li te katòzyèm. Li rete deyò. — Dam nan gen yon tatou papiyon nan bò deyè dwat li. Se kèk zanmi l ki konn sa. — Yo envite m nan 2 reveyon pou Nwèl la, mwen pa konnen nan kiyès pou mwen ale. — Kandida a ap chante gam. Nan pwen anyen nan sa li yo ki laverite ou ki ka rive fèt. — Enpektè depatman komès fèmen magazen an ki t ap vann alkòl san yon lisans. — Se konsèy la ki pran desizyon an. Direktè a paka opoze l. — Yo pran 3 zè tan pou yo penyen lamarye a. — Solèy la pran leve. Se douvanjou. — Se pa tout moun ki ka antre nan fèt la. Fò ou gen envitasyon pou sa. — Li pa sòti deyò depi 2 jou. — Parenn nòs la mande asistan yo pou yo leve vè yo anlè pou 2 moun ki fèk marye yo. — Tout tès medikal yo sòti negatif. Se yon soulajman pou tout fanmi li. — istwa sa a pale de Sandriyon yon tifi bèl mè l t ap maltrete et ki vin tounen yon prensès. — Matant mwen, se grantant timoun mwen yo. — Yon jwif pa janm kite heritaj li pèdi. — Antikris se satan ki pran yon fòm pou twompe moun. — Jerizalèm se yon vil ansyen ki gen anpil enpòtans pou jwif, mizilman ak kretyen. — Mwen te tèlman prese, mwen pat fouti siwolin ji papay la, se vale mwen val li. — Ti gason sa a yenyen pou nenpòt bagay ki pa fè li plezi. — Chak ane gen yon Kous bisiklèt nan peyi Lafrans ki reyini moun toupatou e ki. Yo rele l an franse “Tour de France”. — Gen anpil resèt pou pwa chich. — Se pa yon ki engra. Lè gen rekonesans pou moun ki ede l. — Manje anpil pa vle di byen nouri pou sa. — Mwen di l li paka kite dekourajman pran nanm li konsa; fò li bay dèyè w 2 tap. — Bwouselòz se yon maladi ke moun ka pran de bèt ki gen maladi a. — Se lakay li li akouche. — Li pa janm aprann monte bisiklèt. — Nan lopital la yon mete yon tib sou jeral pou ede l respire. — Se pa yon bon pastè misye ye, se yon moun ki ap mache bay kaka poul pou bè, olye li preche levanjil. — Se premye fwa mwen tande mizik sa a. Li fèk parèt? — Mwen pa ta renmen nan sitiyasyon mesye. — Pou je brile a, famasyen an ban m yon gout pou je, e rekomande pou m wè yon doktè si mwen pa jwenn yon soulajman. — Non jèn fi mmadan Nanfi se Selestin. — Mwen pa janm wè Lisyen san chapo. — Peyi a soufri de yon Karans de politisyen onèt e maton. — Li rale m sou li e komanse pale dousman nan zorèy. Mwen rive pouse li — Yo pase senk jou nan youn nan Zile Fiji yo. — Misye sanble yon moun ki ba benyen depi twa mwa tèlman li sal. — An 2 zan, konpayi a gwosi. Ou jwenn filyal li toupatou kounyeya. — Latòti se la premye boukanye yo te tabli. — Jan gen yon bann lota bò kou li. — Si ou renmen yon moun fò ou toujou vle byen pou li, ede l reyisi. — Nan tan n ap viv la, fò yon moun pwoteje enfòmasyon pèsonèl li. — Pou travay sa a nou bezwen gason enganm. — Demeplè e mètdàm se 2 mo sinonim. — Chosèt blan ak soulye mawon. Sa pa ale. — Oba se yon ansyen jwè seleksyon nasyonal la. — Yo mete l deyò nan peyi paske li tap antre nan politik. — Mwen tande vwa Pola deyò a. — Zwezo ki poze sou pyebwa a se yon jako. — Yon reprezan konpayi ap vin prezante pwodwi ki fèk parèy yo. — Peyi ki gen sous gaz se peyi rich. — Jandam nan pran malandren an nan kolèt anvan li minote li — Se yon travay ki pa rapòte, men mwen renmen l. — Se gason iresponsab ki pa okipe pitit yo. — Pa gen plas pou moun ki fèb nan sosyete sa a. — Tout moun sa ki rive l la, se pinisyon Bondye. — Sou plaj la, fanm yo ap mache ak tout sen yo deyò. — Nou pa rive vrèman dechouke mantalite makout la nan sosyete a. — Mwen gen yon tès demen nan lekòl la. — Kay sa a se yon makrèl, yon kay pèdisyon. — Li tonbe sou kabann nan, se pou sa li gen konkonm sa a nan fontenn tèt, — Lavi yon moun depann pafwa de yon pasyon, yon sèl. — Se gran nèg ki jwe gòf. — Nan je opozisiyon an ou se moun dane si w antre nan gouvènman an. — Se yon bakoulou ki nan palè a. Anyen li di pa laverite. — Moun katye a mande èd lapolis pou debanday gwoup kriminèl yo. — Moun yo move deske gouvènman an monte pri gaz la. — Semenn pase a, mwen te wè yon bèl wòb nan vitrin magazen an. Li disparèt semenn sa a. — Kòmansman Liv Jenèz di nou koun Bondiye te kreye siyèl la ak tè a. — Janin kite kay la. Se konsa sa ye. Nou pap derefize viv pou sa. — Zo kòt yo tache sou vètèb. Chak zo kòt sou yon vètèb. — Pola resi damou fwa sa a: li pa di 2 mo pou li pa nonmen non menaj li a. — Trafik la tounen nòmal apre yo fin remòke machin ki te fè aksidan yo. — Madan m nan pran plezi pou l toupizi timoun ki rete avé l yo — Se yon koulèv rize ki te pran tèt Èv nan jaden Edèn nan. Se sa ki fè se yon gwo jouman pou konpare yon moun ak yon koulèv. — Chak fwa mwen wè l, kè-m sote. — Nou gen 2 planch pou koupe, mem kwizinye a pito koupe vyann yo sou kontwa kwizin nan. — Lajan se you metal ki gen anpil valè. — Li di m: "Pandan ou kanpe a, ou ka pran ti bwa bè nan frijidè a pou mwen". — Li di li pral pran lèz li pandan vakans la. — Jenn nonm nan pa konn sa li ta bay pou li kite peyi a. — Y ap vann yon kleren kremòl nan boutik la. Li bay vomisman. — Istwa a pa dwòl, li pa fè pèsonn moun ri. — Li pèdi tèt, aprè yon sèl ti vè kleren. — Depi m maten, figi misye mare. Li sanble li leve sou move pye li. — Meksiko se kapital peyi Meksik. — Nan restoran an, gen yon gwo tank pwason. Se la yo mete oma yo. — Mwen li tout liv nan serie sa a. — Pou kalme nè li yo, doktè a preskri li yon medikaman. — Li renmen diri ak gonmbo. — Lavi pa yon kado. Fò travay di pou viv li byen chak jou. — Li sot nan mache ak 2 sak pwovizyon byen ranpli. — Apre yon sesyon maraton 9 vè 40 minit, palmantè yo apwouve enonse politik jeneral madan Pierre-Louis a avèk 70 vwa pou, 1 kont ak 8 abstansyon — Kisa ou ka fè ak ajil? Anpil bagay, tablèt pou ekri, vaz ak estati. — Kowet se youn nan peyi ki pwodwi gaz ak lwil petwòl sou tè a. — Se yon konpayi an Chin ki fòje pyès machin sa yo. — Yo desann sou plas la kote yo ap vann poul fri. Se la yo pran soupe yo. — Nan biwo an gen 3 diksyonè. Youn an franse, lot yo an angle ak panyòl — Mwen pa kouraj pou m di JanPòl pou li al wè yon doktè pou dyòl santi a. — Ki kapital Yemenn? Sana se non kapital. — Pa ka gen padon san remò. — Mwen pase devan yon lopital kote yo resevwa pwatrinè. — Chak swa, li gade televizyon pandan 30 minit. — Lapli a ap tonbe de yon semenn, se jodiya li ban nou yon repi. — Li te toujou di ke li pare pou li ale nan lagè pou peyi. Lè lè a rive, li mawon. — Se pa yon kay ki sou tèt mòn nan, Se yon fò. — Lè mari pèdi travay li, li oblije chache yon lòt travay pou ka kenbe fanmi an. — Li marye de pi 10 zan e li pa janm rive ansent. Yo di mwen li ap pran medikaman pou fè timoun kounyeya. — Espyon an touye tèt li lè li wè yo bare l. — Anpil gran nèg gen bòn la kay yo. Pafwa menm plis pase 2. — Apre 3 jou sèlman nan ministè a, Robè fè valiz li san li pa di poukisa li t ap kite. — Nan batay la, youn zoongle lòt nan figi. — Se bri yon bengbang ki reveye m nan dòmi. — Bò kote w, mwen santi mwen byen. — Jan lòt bò a poukont li; li pa gen moun pou pran swen de li. — Li achte twa pè pantalon samdi pase. — Yo kache dèyè kay pou yo fè ti lanmou. — Li al achte yon sak chabon nan men chabonye nan kwen an — Jagon SMS sèvi ak anpil abrevyasyon. — Italyen manje pat sou tout fòm. Men sa yo plis renmen se espageti. — Mwen rankontre Amos jodiya. Mwen pat wè misye depi plis pase 10 zan. — Frekans radyo a fèb, depi ou kite kapital, ou paka kapte li. — Yon jounen gen 1440 minit. — Gouvènman sa a chaje ak gran manjè. — Fanm nan mache ak yon kadans ki fè mesye sispann jwèt la pou yo gade li.' — Li pat konn ki moun nonm nan te ye, lè li fè l gwo malonèt ak yon kout Ale w vouzan! — Akoz de dwa otè li paka mete mizik la sou albòm la. Li pa gen pèmisyon pou sa. — Tentidyòd touye bakteri, se sa k fè yo sèvi avè l pou yo trete blese ki vle tounen maleng. — Sete yon vizit doktè Jan te fè. Li pase, li di bonjou e li ale. Li pat menm chita. — Depi 2 jou lapli ap tombe san rete. — Diskriminasyon parèt sou tout fòm. — Iwondèl yo disparèt depi lè yo komanse koupe pyebwa nan zòn nan. — Anouka se yon fèt jwif ki tonbe nan mwa desanm. — Jèta te bezwen defoule l sou yon moun, mwen kite l pale san m pa entewonp li. — Absalon, se youn nan piti Wa David, dapre Labib. — Ou bay nèg entelijan sa a kòb la. Ou deja pedi li. — Nouvo direktè a komanse pase bale nan depatman. — Li konn an. — Li abiye yon jan pou li ka pwovoke youn nan mesye ki ap travay nan biwo a. — Li mande m si li posib pou li wè m. — Li pran twòp brimad nan men bòs la, se pou sa li deside kite travay la. — Kou mèt la kite klas la, timoun yo kòmanse pyafe. — Sann yo toujou cho, se pou sa li mete yon patat anbayo yo pou boukannen l. — Yon koubèt, se konsa ou salye wa a dapre pwotokòl la. — Vizit prezidan an nan zòn, se yon sansasyon. — Gen yon match volebòl sou plas la. — Kote ou fèt pa enpòtan, se sa ou fè ak lavi w ki konte. — Lè raj misye monte l, li fè sa ki pa sa. — Li rabache travay la. Mwen panse li te pi pwofesyonèl. — Krich la kenbe dlo a fre. — Paratonè pwoteje kay sitou sa ki wo yo kon kout zeklè. — Se Boston Jera al viv. — Jan li abiye a, ou wè se yon nonm sankoutcha. — Plafon an kache fetay kay. — Non, fèt mwen pa dimanch demen an, se lòt dimanch. — Sa a se pa yon travay pou bonbonfle. Yo bezwen yon moun djanm e ki konn travay la. — Jozèf se yon dyak ki ap prepare l pou li vin yon pè katolik. — Kandida a fè yon move kalkil lè li mande prezidan an sipò li. — "Pòtigal? kisa ou tal fè jis Pòtigal?" — Se yon wout ki chaje ak viraj. Se sa ki fè li danjere. — Mwen te tout etone aprann ke non mwen te sou lis moun lapolis ap chache yo. — Maksis ak kapitalis se 2 ide ekonomik e politik opoze. — Kou m komanse wè klòch legliz bouk la, mwen konnen mwen pa lwen lakay mwen. — Mwen tankou yon moun ki nan yon eto, mwen pa ka al okenn kote. — Yo pat resevwa l nan pati a, paske yo konnen ke moun ki chanje fizi yo depòl yon fwa, kapab chanje l yon dezyèm fwa. — Ansyen pèp sa yo te konn sèvi ak flèch pou yo atake lenmi yo. — Li pa yon pitit san papa. Papa l nan peyi lòt bò dlo e okipe l. — Yon dispansè se kote ou jwenn premye swen sante. — Lalin la klere aswè a. — Li ap chache yon kolaboratè ke li ka fè konfyans. — Lame pa fèt pou yanyan. Fò ou djanm pou yo aksepte w. — Li se yon timoun ki pwomèt. Li ka ekri powèm et rezoud gwo pwoblèm matematik. — Bwason sa a gen alkòl ladan, se sa ki fè li eksitan konsa. — Moun lavil sa yo se pwofitè. — Tout klas yo te aliyen devan drapo a. — Polisye a gen yon souflèt nan bouch pou li dirije trafik la. — Gen yon nimewo ou ka rele pou ou mande èd si ou pa gen kote pou ou rete. — Lide maryaj Albè a ap manje Lèlèn. Li toujou damou pou Albè, ansyen menaj li. — Li di li pa renmen ale lavil paske gen twòp bri, twòp moun e twòp volè. — Yon si a chenn nan men yon timoun? se yon gwo danje! — Si ou gen 10, ou mete 7 sou yo, li ap ba ou disèt — Li pran kriz ak filozofi. — Li rayisab menm ak ti frè li. — Fouye anpil anvan ou envesti nan konpayi sa a — Kleyopat se te dènye Farawon Ejip. — Tout moun nan katye a te respekte l jiska ke yo dekouvri sa li t ap fè an kachèt. — Se gras a sanfwa moun nan tou kontwòl ayewopò a ki fè avyon a rive ateri san aksidan e dega. — Li rive twò ta nan restoran an; li pèdi rezèvasyon an. — Pa gen lanmou san pasyon, men pasyon pou yon moun pa vle lanmou pou sa. — Jano lage nèt. Move zanmi ki mete l nan sa. — Chante sa a te popilè ane pase. — Li mete bwat la sou yon balans, pou li mezire pwa li. — Jaki leve sou move pye l, rete lwen l. — Enspektè a mande direktè lekòl la pou li enstale plis opiswa anvan lekòl la louvri. — Madanm nan mete twòp chay sou do bourik, se sa ki fè li pa vle mache. — Li pase 6 mwa ap prepare l regilyèman pou kous la. — Sa m di a se sèlman yon ide; se pa yon lòd. — Kleyopat, dènye Farawon ejip, marye yon Women yo rele Mak Antwàn. — Se yon travay ki peye byen. — Gen ensèk ki itil. Gen lòt ki nwizib e ka menm touye moun. — Misye panse se gwo onè, lè premye minis la envite li nan Kabinè a. — Lamizè ka fè yon moun fè sa li pa ta renmen fè. — Ou antre nan yon famasi e achte grenn Saridon, se yon medikaman san preskripsyon. — Mèt la mande Tijan pou li site 2 peyi nan Karayib la ki pale pangnol? — Misye di li pa kwè nan bay kado Nwèl. Men li pa janm refize youn. — Jiska prezan li se yon moun yo akize, nou poko ka di li se yon koupab. — Dokay la bezwen yon bon reparasyon, li koule. — Sa yo rele yon alchimist. Se yon moun ki panse li ka rive fè sa ki enposib rive posib, tankou chanje vye metal an lò. — Ki koulè ou pi renmen? Wouj oubyen gri? — Pa gen plas nan lame ou nan lapolis pou lach. — Gon pòt la bezwen grese. — Ous blan se you bèt ke ou jwenn nan zòn ki pi glase sou tè a, tankou nan pol nò. — Dlo rivyè a pa bivab. — Dènye fwa Legliz te revize Dwa kanon an sete nan fen ane 1970 yo. — Mwen pa kwè Rozmon se kouzen Natali. Kouzen pa bo kouzen kouzen sou bouch. — Batistè se premye dokiman enpòtan yon moun genyen. — Anpil moun ki fè pati de ajans yo rele sèvis sekrè a, se espyon ou detektif. — Priyè m toujou kòmanse ak yon siydekwa e fini ak yon Amèn. — Ou pap konpran de kisa mèt la pale, paske ou pat etidye. — Doktè voye l al fè yon seri de tès dyagnostik. — Doktè a pa rele m. Sa vle di laboratwa a poko remèt li rezilta tès yo. — Se bon ekip ki fè yon bon konpayi. — Moun nan katye a sispèk ke Wiznè se yon atache. Yo wè ap antre na katye jeneral lapolis la e yon sèjan vin ba l lanmen. — Se yon solisyon matan mwen prepare. Mwen pa konn sa li mete ladan, men li bon pou tous. — Pou ou minis agrikilti, fò ou gen yon diplòm nan agwonomi. — Li eritye tout byen manman li yo. Men li paka jwi yo. — soulye a pa kadre ak wòb la. — Li te anviwon 7 tè nan aswè, lè m kite biwo a. — Ma drapo wouye. Li merite ranplase; sinon li ap kase lè yap monte ou desann drapo a. — Li sòti nan yon fanmi pòv. li travay di pou li rive. — Anpil zansèt nou yo te mouri pou nou te ka gen lendepandans nou. — "Yon sèl dwèt pa manje kalalou", se yon pwovèb ki montre enpòtans tèt ansanm. — Eske Kiba toujou kominis? — Nan mize lavil la, gen yon ekspozisyon eskilti en fè. — Mwen konnen vil la pi byen pase moun ki fèt ou leve ladan li. — San elektrisite 24 sou 24, yon peyi pa ka devlope e atire envestisman. — Rakèt tenis sa a pap dire, se an plastik li fèt. — Chak maten li al tire femèl bèl pou li jwenn lèt pou timoun yo. — Depi Ayisyen pa konprann yon fenomèn, yo pale de bagay pasenesòf. — Li gen yon chiklèt nan bouch li depi plis pase 2 zè. — Pa gen pezantè nan lespas. Se sa ki fè ou ka wè ki astwonot ki ap flote andedan yon kabin. — Jilyen di fèt la raz. Li bat dada l. — Se yon gwo pretansyon lè yon moun pase ke plas li nan paradi deja pare. — Li se moun entelijan ki konprann vit lè ou eksplike l yon bagay. — Nan chak men yon moun, gen yon pous, se dwèt ki pi gwo, men ki kout. — Pou m antre nan tèt nèg, fò ou kòmanse aprann sa li ap fè. — Mesye yo rete jwèt kat la pou yo mete ti fi ki tap pase toutouni ak je yo. — Gwo flèch nan kannòt la, se pou peche gwo pwason. — Limyè nan fetay la fini. — Misye ap woule m depi de jou. Chak fwa mwen rele lakay li, yo di li pa la. — Nou poko menm nan desanm, nèj gentan ap tonbe nan Monreyal. — Li ap travay nan yon chòp ki. — Bandi yo fè katye a tounen yon zòn danje. — Mwen fèt nan yon fanmi nikleyè. Manman m ak papa m te gen sèlman 2 pitit. — Li pap rete nan vil pou lontan, se pou sa li lwe yon kay fètefouni. — Nou pa nan lagè, poukisa gen tank nan lari a? Militè yo sot bay yon koudeta. — Nou aprann ke katrin bezwen yon lòt operasyon. — Ou pata kwè sa, zaboka konside youn nan manje gra yo. — Yèwoswa,Ti gason an antre byen ta. — Kont resèt aswè a montre ke te gen plis moun nan sinema a ke yèswa. — Chen se yon bèt fidèl. Gen ladan yo ki ka mouri pou mèt yo. — Viza bon pou yon ane, men ou ka renouvle l. — Li pa janm al pyès kote san valiz li. — Se yon gwo machin. Ban dèyè a ka pran 4 pasajè. — Lavi nonm s a se yon gwo manti. Sa li montre w la, se pa sa li ap viv vrèman. — Mwen pase plis pase yon lane apre mwen te fin diplome anvan mwen te rive jwenn yon travay. — Ou gen bon nen si ou ka pran sant sa a. — Apre reyinyon, direktè rele nan biwo l. Li di komite analize plan e yo di Sesanèt! — Tout moun konnen sa li fè, men li kontinye ap plede. — Ki tit liv w ap li a? — Yon malfini se toujou yon menace pou moun ki gen poulaye. — Direktè a mete kèk dokiman sou biwo m nan e mande pou gade yo. — Li remesye moun yo nan non tout fanmi li. — Avoka yo di yo pral pote ka devanLakou kasasyon. — Ou ka aprann anpil bon bagay nan Entènèt; konsa tou ou wè e aprann anpil move bagay. — Klitoridectomi make pou lavi anpil jèn fi ki te sibi l. — Li Kòmanse bwè aprè madanm li kite l. — Anvan lapli a, machann yo kouvri machandiz yo ak yon pwela. — Ou bezwen pasyans, enèji, e anpil atansyon pou ou travay nan yon tou kontwòl. Lavi anpil moun depann de ou. — Si w konn Kibò ou sòti, w ap kabab konnen ki kote ou prale. — Anvan m sòti, mwen di ti gason an pou li mete chanm li la anrèg, netwaye e mete tout bagay nan plas yo. — Nanpwen moun ki ta renmen pran nan pwazon. Men pè pou pran nan pwazon misye sa a ale twò lwen. — Jezi te renmen sèvi ak metafò nan parabòl li yo. — Lanmoure al yon kote retire pou yo fè lanmou. — Jaki di li ap pratike abstinans jis li marye. — Chanpyon nan mondial 2004 la se Itali. — Nan maryaj la sèl fanmi l ak kèk entim li envite. — Nonsèlman li pa li lèt li, li pa menm retire l nan anvlòp la.. — Pola gen lè ansent, chak maten li leve avèk yon kè plen. — Se yon bann kriminèl ki ap bay fanmi nan zòn nan dlo nan je. — Depi 2 zan, Ektò al nan peyi san chapo. — David pa janm chita lakay li. — Mwen jwenn yon kay nan yon bon katye. — Yo chante tout 10 kouplè yo. — Wouj se yon koulè cho, se pa tout moun ki renmen pote l. — Ou pete je m, map pete je w tou. Se kifkif. — Lontan ane lekol te konn kòmanse an oktòb an Ayiti, kounyeya, se an septanm li kòmanse. — Zansèt nou yo te fè anpil sakrifis pou nou te ka gen yon peyi ki rele nou "chè mèt, chè mètrès". — Se t ap pi gwo mechanste mwen ta fè si m pa bay Nono travay la. Se li ki pi kalifye. — Kanada, se yon peyi kote li fè frèt anpil. — Mwen wè 2 fi t ap joure. Youn t ap detaye lòt. — Minis finans la se yon aloufa ki ap prese plen pòch li. — Otorite Nouyòk yo dejwe yon konplo pou sote Ayewopò vil la. — Anpil fwa yon group rasis konn eseye fè moun pè ak menas e vyolans. — Se sitou fi ki pote sak a men. Gason pote valiz. — Se demen swa fèt la. Pa aswè a. — Lavi anpil moun sanble ak yon woman. Pa lavi pa m. Li se yon liy dwat, san sipriz, san emosyon. — Li sou do li tout depans maryaj ti nyès li a. — Trafik dwòg nan preske tout peyi se yon krim. — Sekretè a nan konje matènité depi twa mwa. — Gen moun ki panse ke lang krèyol pa gen ase jèvrin pou eksplike lasyans. Yo pa kote ke lot lang yo, pou fè sa, prete anpil nan lot lang tankou grèk. — Se kòb pou yon pwojè laboratwa. Nou paka sèvi avè l pou lòt bagay. — Anba kabann nan chaje ak fatra. — Pou al Pòdepè, fò w travèse anpil rivyè. — Dife a mouri nan chemine a. Tout sa ki rete se sann yo. — Se jiyè, tout elèv nan vakans. — Tanpou li manje mayi a, li pito dòmi grangou. — Gen yon sourit nan kay la kap — Machin nan pase anboulin, sa li pa menm ralanti nan koub. — Yon tas kafe le maten reveye lespri m. — Ou pa oblije aji an vakabon, lè ou nan mitan yo. — Li kite bèl fanm kreyòl nou yo. Li al pran pran yon blan darati. — Se orevwa li di. Sa vle di li ap tounen. — Li tande yon pakèt pale anpil sou filyal la. Li deside alwè. Li pase 2 jou ap obsève. — M ap ede manman fè yon gato. Se pou sa m ap bat ze yo. — Li komanse jounen sou yon move pye. Li rive anreta nan biwo a paske li pat ka jwenn kle machin li. — Anpil gwo peyi gen yon mache kote moun rich ka vann e achte aksyon nan konpayi. — Li kwè nan Bondye. — Li pa rekòmande pou met yon ti bebe kouche sou vant. — Li bèl, li rich, li gen zanmi ki byen. Anpil moun panse li pa kanmarad mwen. Men se pa sa li panse. — Bon timoun lè li te jèn, men li rive Pòtoprens, li tounen yon penda. — Ki mesaj kongrè a ane sa a? — Tèt ti jennonm nan plen pou. — Avèk pwogrè travayè yo fè nan chantye a, kay la ka fini anvan lè. — Parad la pral pase sou granri a. Se pou sa yo bloke l. — Pandan moun pap gade, li chipe 20 dola nan yon kòb ki te sou tab la. — Yo ta di m tifi sa a se yon kaprina, mwen pa kwè. — Ekip la desann pantalonli sou teren. — Pastè a gen odas di fidèl li ke sa ki pa vote pou kandida li a pral nan lanfè. Sa fè anpil moun move. — Li ap pare l pou ekzamen ofisyèl bakaloreya yo. — Men li renmen ti rechany ble sa a. — Avèk atitid lwijanboje sa, ou pap jwenn moun ede w. — Li ekri tout sa ki pase nan tèt li sou yon kanè nòt. — Chak apremidi, li sòti pou li al mache pandan 30 minit. — Mwen prefere griyad pase fritay. Griyad gen mwens grès. — Ou foure move kle a nan seri a. Se sa ki fè pòt la pa ouvri. — Madanm sa a toujou gen woulo nan tèt li. — Se depite japwouv yo sèlman ki bat bravo lè minis la fin pale. — Moun sa yo ap kondane w si ou pa kwè nan sa yo kwè a. — Se kay Vityelo sèlman ou ka jwenn mak diven italyen sa a. — Sa Salomon fè m nan pi mal pase yon kout kouto nan do. — Polo se yon pè defwoke, men li pa abandonnen legliz pou sa. — Li panse tout moun gen yon pri, ki donk tout moun ka vann tèt yo. — Kiryozite bon, lè li fè w avanse. Men tou li ka fè ou gen gwo pwoblèm. — Ou pa gen kote pou w kache, ou mèt al nan ziltik, mafya yo ap rive jwenn ou — Nan nèj, li pa rekomande pou frenen sèk, se ponpe pou ou ponpe sou fren a. — Pou ou pa rate randevou fò tren a ta anreta. — Mwen kite papa m anrepo lè m wè li pat sou pale. — Li ranplase kay pay manman l nan ak yon gwo kay an beton ki gen 8 chanm. — Mwen pa t ap tann konpòtman mizogin sa a de premye minis la. — Anplis de sa li ka ban nou limenm, li di nou li ka fè lòt moun tou vini ede tou. — Kabann nan byen ranje. Sèlman tèt zorye yo pa ale ak dra yo. — Polo se yon teknisyen nan radyoloji. Li ap travay nan laboratwa lopital vil la. — Li kite kay la paske bèlmè l t ap make l malviv. — Tout moun li pa renmen tounen yon enmi. — Gadokot kenbe yon batiman ki te chaje ak moun ki t ap pran kanntè. — Si ou Tayisyen, ou fèt nan yon zile ki nan mitan lanmè yo rele Pasifik la. — Se misye marye li avè li a ki fè li kado kolye sa a. — Chak maten, Jera leve a menm lè a. — Se yon move siy lè djondjon nan yon sousòl. — Pa gen yon machin nan estasyon taksi a, e gen yon bann moun ki ap tann. — Li ale labank pou li pran lajan. — Mwen rele yon sè m pou l ede m mete gout pou je a. — Desanm se dènye mwa nan ane a. — Li ap mache ak men li nan pòch li. Eske se pou chèlbè oubyen pou li kache yon bagay? — Li fè tout sa li kapab pou li kache dezamoni nan fanmi an. — Kè moun gen 2 oreyèt youn adwat, lòt la agoch. — Li se yon cheftèn nan twoup la. — Pwa se yon zepis ki bay manje yon ti gou pike. — Pwofesè a montre elèv yo 3 figi e mande yo pou yo chwazi sa ki se yon triyang. — Pengwen se yon zwazo, men li pa ka vole. Men li bon nan naje. — Yè, li te yon twòp pou tè. Jodiya, li nan prizon. — Tafya fin manje fwa misye. — Li bourike pou li prepare ekzamen final. Li gen rezilta. — Li pa fè pati de okenn pati politik. — Li pare pou li enprime devwa a. Men enprimant la pa gen lenk. — Chouchoun, se pa yon mo sal. Se pati nan kò yon fanm. — Se yon nonm ki pa gen wont nan figi l. Depi li ka vin nan kay sa a aprè sa li fè moun yo. — Misye toujou ap pwomèt sa li pa ka bay. Se yon Gran van ti lapli — Kay la gen 3 saldeben. — Nan peyi rich yo, anpil maryaj fini ak yon divòs. — Eleksyon sa a se yon rapèl ke nou poko gen demokrasi tout bon nan peyi. — Bòs li a ap fè li pase yon tray. — Lèt manman se pi bon lèt pou ti bebe. — Doktè mande pou li mache ak yon badin jis lè jenou fin geri. — Depi li t al foure kò l anba moun sa yo, mwen konnen li t ap pran nan mera. — 9 jèn sou10 pap travay nan peyi sa a. — Mwen leve o pipirit chantan pou mwen ka pran premye okazyon an. — Li toujou vwayaje ak youn ou 2 konektè USB. Pou li ka chaje pòtab li yo. — Ti fi sa a renmen fè bouk nan cheve l. — Gouvènman ki monte a gen yon bann defi devan l. Mwen pa wè kouman li pral leve yo. — Li pat ka dekole je l sou televizyon an. — Li wè volè a nan do, li pat wè figi l. — Chak jou mwen lave, pil rad la pa janm desann. — Poukisa yon moun gen chèdepoul lè li fè frèt? Paske gen kèk zòn nan kò w ki ap reyaji ak sa zorèy ou ap tande ou kò w ap viv. — Chak fwa mwen tande istwa sa a, mwen tresayi. — Ou ka rekonèt moustik yo rele anofèl la nan koulè zèl li ki gen ti tach nwa e blan. — Move nouvèl kouri pi vit pase bon nouvèl. — Nèg ale dèye yon pyebwa pou l pise. — Aktè pa rete marye lontan. — Moun gen pye, bèt gen pat.