Apprenez le créole haïtien : Yon madan papa ap kale po tet Tine

Si vous apprenez le créole haïtien, vous avez probablement cherché sur Internet des vidéos dans lesquelles on peut entendre des Haïtiens parler. Bien que plusieurs vidéos de ce genre soient disponibles, elles sont rarement accompagnées de sous-titres, ce qui peut rendre l’apprentissage de la langue plus difficile.

Afin de corriger ce problème, je vous présente une transcription en créole d’une vidéo. Celle-ci provient d’un comédien haïtien qui s’appelle Ton Tine et la vidéo est intitulée Yon madan papa ap kale po tet Tine. Bon visionnement !

Voir la vidéo

Transcription de la vidéo

Cette transcription a été révisée à des fins de clarté.

Personne 1: Hmm hmm

Personne 1: Gad on vi mesye, lè w pa gen kòb, ou pa anyen, anyen.

Personne 1: A gad koman, gad koman m ap pran plezi m non.

Personne 1: Malere malere atè plat.

Personne 2: Cheri.

Personne 1: O, bebe.

Personne 2: Ou mèt chita, ou mèt chita, ou mèt chita.

Personne 2: Ou genlè pa t Kon si m t ap vini.

Personne 1: M te konnen, men ou vin twò bonè. Ban m di w sa sè. Ou te renmen, ou te konnen m tap renmen ti koulè sa a.

Personne 2: M konnen w renmen ble.

Personne 1: Ale wè.

Personne 2: Kot kòb lan cheri ? Ou rele m la.

Personne 1: Talè, bebe, m te di w sa, bebe.

Personne 2: Non, w konnen m te gen yon bagay m ap fè.

Personne 1: Wè sa, bebe, m te di w sa ankò. M di w, tout fanmi m nèt, ni madanm mwen ni pitit mwen, tout nèt ap viv o Tazini.

Personne 2: Ok, m konnen cheri.

Personne 1: Men m isit pou m fè w viv.

Personne 2: Ok, m konnen. Kote kòb la ?

Personne 1: Li la, cheri.

Personne 2: Ban m wè, men ban m wè l. Ou konnen m te di m gen yon bagay m ap fè, fò m ale.

Personne 1: Ban, ban m di w yon bagay. Ou konnen m anvi.

Personne 2: Ou mèt pale, ou mèt pale, depi w gen kot kòb la.

Personne 1: Li la, li la cheri, li la. Ou pa bezwen pè cheri. Se mwen ki la pou m fè w viv. Monch gad ti zye l wè.

Personne 2: Ban m wè.

Personne 1: Talè cheri, talè. Chita la konsa, pale mwa dsa (parlez-moi d’ça). Talè cheri. Ou pap pran manje ti pe.

Personne 2: Non, ou mèt manje cheri, ou mèt manje. Kontwole kòb la.

Personne 2: Ban m kenbe pou ou.

Personne 1: Sa, sa pou fè ti makèt.

Personne 2: Makèt sèlman ? Kot kòb taksi ?

Personne 1: Sa, e pou taksi.

Personne 2: Ok.

Personne 1: Pale mwa dsa, cheri.

Personne 2: E dlo, dlo, si m swaf dlo ?

Personne 1: Ok, sa a pou bwè dlo.

Personne 2: Si m swaf dlo nan wout la ?

Personne 1: Ou bwè dlo nan wout la cheri. Ou wè sa m di w la ?

Personne 2: E sa yo, cheri ?

Personne 1: Non, sa m konsève. Se lè w gen on pwoblèm ankò pou tcheke m.

Personne 2: Non, ou konnen, bon, tout fanmi w o Tazini, w ap gen w ap gentan gen kòb pou tout bagay ou.

Personne 1: Bon, pa gen pwoblèm. Men kenbe sa, kenbe sa nan men w pou ka manje.

Personne 2: E sa ou kenbe sa ? E ben, ban m sa, ou mèt ban m sa.

Personne 1: A bebe.

Personne 2: E de li ye ou ka kenbe youn.

Personne 1: M ap ba w m ap ba w sa, bebe, gade.

Personne 2: Lè m prale, w ap ban mwen n ?

Personne 1: Lè w prale, eben bebe, an nou fè on tchatcha anndan an non.

Personne 2: Talè, talè, talè. M te di w m prese, m gen yon bagay m pral fè.

Personne 1: O o cheri, ou fèk vini.

Personne 2: M te gentan di w sa.

Personne 1: Bebi, bebi, ou fèk vini bebi. Wouaw bebi, fò w kalkile […]

Personne 2: Ban m ranje kòb yo byen.

Personne 1: An nou fè on ti antre anndan an non, Sou.

Personne 2: Non, m te gentan di w m prese deja, wè li.

Personne 1: Tanpri, Sousou.

Personne 2: Menm telefòn mwen pa gen kat la, fò m al mete kat la sou li.

Personne 1: Ann al fè on ti antre anndan an non, bebe.

Personne 2: Ok.

Personne 1: S’il te plaît.

Personne 2: Ou konnen m te di w m prese a.

Personne 1: A, cheri.

Personne 2: M gen yon bagay m pral fè.

Personne 1: Cheri, s’il vous plaît, cheri, tanpri.

Personne 2: M te gentan di w, m pap rete.

Personne 1: A bebe.

Personne 2: M ap vini. A m di w m ap vini m ap vini talè. M te gentan di w m prese.

Personne 1: Tròp pale anpil bebe. Tròp pale anpil. Se kòb yo w bezwen.

Personne 2: Moun nan chifonnen w pou granmesi, anyen l pa ka fè. Kòb lan m te bezwen, m fin prann, m ale. M plen bagay m pral fè avèk kòb sa jodi a. M al fè rout mwen, m plen bagay pou m fè lakay.

Personne 1: W ale cheri, n a pale.

Personne 1: […] E pa wè wè. Li konnen wi, li konnen. Li konnen e piyay. M pa t konnen m te bon kounye a non mwenm. Chalè, chalè.