Si vous apprenez le créole haïtien, vous avez probablement cherché sur Internet des vidéos dans lesquelles on peut entendre des Haïtiens parler. Bien que plusieurs vidéos de ce genre soient disponibles, elles sont rarement accompagnées de sous-titres, ce qui peut rendre l’apprentissage de la langue plus difficile.
Afin de corriger ce problème, je vous présente une transcription en créole d’une vidéo. Celle-ci provient d’un groupe haïtien qui s’appelle 3 Tripè et la vidéo est intitulée Emosyon. Bon visionnement !
Voir la vidéo
Transcription de la vidéo
Cette transcription a été révisée à des fins de clarté.
Dede: A… Wou
Nonm kout la: O sa k pase w, kè w kontan konsa?
Dede: A kè m kontan pou jis kounye a, ri a ret nan mwen menm toujou…
Nonm wo a: O o
Dede: Ou wè jan w wè m ye la
Nonm wo a: En en
Dede: Se sou Facebook m sot la. Pandan m ap pase, m ap pase, m ap pase paj. Konsa, m al tonbe sou on twoup ki rele Twa Tripè. Ti mesye sa yo tèlman fè m ri, m pise sou mwen wi.
Nonm kout la: Ban m paj la, non papa.
Dede: O o, paj la pa nan men m pou m ba ou l. Se sou Creole Magazine pou m monte sou Facebook wi. Pou ay, like paj la. Non plis tou, j’aime li tou wi. Pa bliye abòne nou tou sou YouTube.
Nonm wo a: Ban m sit la.
Dede: O o, kot sit la w pa ka konnen? Sit la se twa w creolemagazine.com wi, ti gason.
Nonm wo a: O o, bon, m prale.
Nonm kout la: Se tròp tan monchè, mennen nou pou al gade l, papa.
Dede: Nou pral gadey.
Nonm kout la: Nou pral gade l.
Nonm kout la: M pral moutre w, m pral moutre w ki valè bèf m genyen, zanmi m.
Nonm wo a: È vre.
Nonm kout la: Bagay serye nèt.
Nonm wo a: Bagay serye. Ou gen bagay nan men w.
Nonm kout la: A wè, bagay. Bon lèt m ap bwè la, lèt vach. Gade, gade, w wè sa?
Nonm wo a: Wi.
Nonm kout la: Sa fèk met ba la.
Nonm wo a: Ok.
Nonm kout la: Wè li. Ey Dede. Bwòtò. E bagay sa m rayi avè w la wi. Bon, m ap rele w. W ap pran poz ou pa tande m.
Dede: Sa k genyen la menm?
Nonm kout la: Alò, w konnen, ou konnen on dil m gen avè w. M vin moutre misye ki valè pwogrè n ap fè nan bouk la.
Dede: A bon, w konnen.
Nonm wo an: M renmen ti bèf sa wi, m renmen ti bèf sa wi.
Nonm kout la: Non zanmi m, m pa ka ba w ti bèf sa.
Nonm wo an: En?
Nonm kout la: M pa ka ba w ti bèf sa.
Nonm wo an: Ban mwen l non.
Nonm kout la: Non.
Dede: E. Bagay yo pa fèt konsa non. Bagay yo gen yon dijan yo fèt. Ti bèf la, se se se te Yan m ap bay li. M gentan achte l pou li. M fè pri l deja.
Nonm wo an: O bon, ou di m on bèf ou genyen kounye a msye ap?
Nonm kout la: Non, e ben e misye k ap gade e pou nou de an l ye, monchè.
Nonm wo an: An ok ok ok
Nonm kout la: Kot sa w pa konprann la? Non, nou pap ka ba w ti bèf la. Ti bèf la, e ti Martine nou di n ap bay ti bèf la. Ou menm, ou pap ka pran ti bèf.
Dede: (Ap chante) Lè m t ap travay. Kot zanmi te ye o o… lè m ap travay kot zanmi.
Nonm wo an: […] Ban m gen ti bèf la.
Dede: Voye je w nan bò a, nan bò jaden pa w yo. Gade pou wè tout bagay yo al bagay. Ou mèt kase bagay sa yo wi. Ti plant sa, ou mèt al kase yo.
Nonm kout la: Non e ou k pou pran. Ou pa mèt anyen devan bèf la. Gade ou pa wè, e pay sèch ki devan n.
Dede: A, m di w al kase pay sa o. Pase bèf sa yo se mwen k ap ba yo manje. Ou pa menm vin a dlo pou vin devan pou mete devan bèt yo.
Nonm kout la: E ou k pou al ba yo dlo. Men rivyè an la wi.
Dede: Men m pa ka nan bagay konsa ansanm avè w menn. Se pa konsa moun fè zafè.
Dede: (Ap chante)
Nonm wo a: Tande koze.
Dede: (Ap chante)
Nonm wo a: Tande koze.
Dede: Wi
Nonm wo a: E ben m ap achte ti bèf m ap achte ti bèf la nan men w.
Dede: A bon ou p ap travay. Ou bezwen bèf? A kisa ou pral…
Nonm wo a: Bon, m gen fanm k ap okipe m. W pa wè jan m fre.
Dede: An ben, kounye a w mete lide w sou fanm.
Nonm wo a: Kijan?
Dede: Mesye o.
Nonm wo a: O o, a vle di madanm ou e pa on moun li ye tou?
Dede: Kijan
Nonm kout la: […]
Dede: A men, se sou moun, monchè. Ou pa ka vin antre nan bagay mwen. Bèf, pou on bèf avèk madanm mwen, sa e de bagay diferan. Monchè, voye, voye, voye, voye bouch ou nan sa k gade w, tande.
Nonm kout la: Bon, sa w gen la w ap fè kòlè a?
Dede: Non, fò l foure bouch, ou pa vin a on jènom la ap vin derespekte m. Pou l ap antre nan fwaye, mwen menm avèk madanm mwen.
Nonm kout la: Men, nèg la se on ti bèf li vin achte.
Dede: Men, l gen on jan pou l pale avék moun. Fò fò fò k ou korije jèn boulo w lan. Korije jèn tchwal ou a
Nonm kout la: Misye ap pale la. Pa okipe misye, tande. Pa okipe de koze tande.
Nonm wo an: En
Nonm kout la: Wè jan wè l ye la, mande l, eseye mande l pou wè. Di l zèpi mayi madanm li an koman bab li fè blanch nan eta sa?
Nonm wo an: Ou tande wi, Lepè? M pa bezwen repete pou ou tande.
Dede: An, kote w soti a bagay sa w di an? Kisa w di?
Nonm kout la ak Nonm wo a: Bon sa w tande a.
Dede: Kijan w fè konn bagay sa? Ki bò w jwenn ak koze sa?
Nonm kout la: Yo bwòdè, pa gen anyen. M pral eksplike w.
Dede: Enbesil wè si se pat zanmi m ou te ye m t ap goumen avè w pou sa w di m nan wi.
Nonm kout la: E ben al mande madanm ou.
Dede: Bon m pral kote l pou m konnen kote w jwenn ak bagay sa. Pase jan w konnen, m sansib pou fanm mwen. […] M ap jije avè nou, M ap jije avè nou.
Nonm kout la: M te di w m t ap fè l frèt.
Dede: […] Frekan, frekan. Mwen menm, se moun m pa jwe avèk moun mwen menm nan. Sa m tande la…
Madan Dede: Sa w genyen, w pale anpil konsa?
Dede: Non, Yo te konn ap di m te di se manti. Kounye a m bare w […] pa gen manti nan sa.
Madan Dede: Koman sa ou u toujou ap fè jalouzi.
Dede: E pa jalouzi non. M rive anba, M tande Big ap vin di m “O wi, zepi mayi w la, bab li blanch.” E m konnen bab li blanch.
Madan Dede: Talè cheri, talè. ban m eksplike w, ban m eksplike w, talè.
Nonm wo a: Yo w konnen sa w di an pa bon.
Nonm kout la: Sa l ye la zanmi m
Nonm wo a: Bagay pou w al di zèpi a madanm nèg la bab li blanch, menn non, sa pa posib menn. E ben ou jwe nan jwèt nèg la.
Nonm kout la: Non, monchè. Kot sa w pa konprann nan?
Nonm wo a: En, kisa?
Nonm kout la: Se pandan madanm misye t ap sòt nan mache. Ou konn fanm, lè yo tonbe, yo tonbe lèd. Madanm misye tonbe. De pye l leve anlè, epi l tou… m wè bagay la.
Nonm wo an: O, e sa menn? Nèg lan ka al tiye madanm li lakay li la. L ka al tiye l menm.
Nonm kout la: Sa m ba l, regle pou mwen
Nonm wo a: A monchè. W anraje monchè.
Nonm kout la: E kounyè a moun ap goumen.
Dede: En en, misye o, sa w di an se vre wi, cheri. A, ou wè, nan vi sa, se pa tout bagay, on moun ki di w ki verite non. Kounye a, m ap sispann aji avèk emosyon. A kounye a, m manke fè […] an pase sou ou. E pi ou menm tou, fò w sispann mache san kilòt wi. Kilòt m mache pou ou yo, fò w mèy mete yo sou ou tou. Ou tande jan m di w lan. Paske lè on moun di m on bagay, fò m byen etidye pou m wè sa l di a, si l gen on reyalite ladann. Si e bagay tout bon l ap di m.
Vwa naratè a: Mesaj sa konsène tout moun ki emosyonèl. Ann sispann aji ak emosyon. Se pa tout sa je w ba w ki verite. Se pa tout sa w tande tou ki verite. Ann sispann aji ak emosyon pou pi ta pa pi tris. Pou lè sa pase mal, pou pa di “Si m te konnen.” Apre chak aksyon, toujou gen on reyaksyon. Ann sispann aji ak emosyon.